3 John (Creole)

3 John (Creole)

1

1:1b.3JO.001.001 Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an

1:2b.3JO.001.002 Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou

1:3b.3JO.001.003 Mwen pa t' manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m' jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a

1:4b.3JO.001.004 Pa gen anyen ki pou fè m' pi kontan pase lè m' tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a

1:5b.3JO.001.005 Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l' byen

1:6b.3JO.001.006 Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l' la

1:7b.3JO.001.007 Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye

1:8b.3JO.001.008 Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a

1:9b.3JO.001.009 Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a

1:10b.3JO.001.010 Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la

1:11b.3JO.001.011 Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye

1:12b.3JO.001.012 Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou msye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite

1:13b.3JO.001.013 Mwen gen anpil bagay pou m' ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank

1:14b.3JO.001.014 (14-15) Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas. Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m' yo yon bonjou apa pou mwen

1:15b.3JO.001.015 [


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. 3 John (Creole). 3 John (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-90D1-8