James (Creole)

James (Creole)

1

1:1b.JAM.001.001 Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Seyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout

1:2b.JAM.001.002 Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv

1:3b.JAM.001.003 Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans

1:4b.JAM.001.004 Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen

1:5b.JAM.001.005 Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi

1:6b.JAM.001.006 Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse

1:7b.JAM.001.007 Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Seyè a

1:8b.JAM.001.008 Se yon moun ki pa konnen sa li vle, ki toujou ap chanje lide nan tou sa l'ap fè

1:9b.JAM.001.009 Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li

1:10b.JAM.001.010 Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb

1:11b.JAM.001.011 Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache

1:12b.JAM.001.012 benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo

1:13b.JAM.001.013 Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal

1:14b.JAM.001.014 Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li

1:15b.JAM.001.015 Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò

1:16b.JAM.001.016 Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a

1:17b.JAM.001.017 Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li

1:18b.JAM.001.018 Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l' te vle l' la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye

1:19b.JAM.001.019 Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè

1:20b.JAM.001.020 Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye

1:21b.JAM.001.021 Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou

1:22b.JAM.001.022 Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe

1:23b.JAM.001.023 Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas

1:24b.JAM.001.024 Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble

1:25b.JAM.001.025 Men, moun ki fikse je l' sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l' soti pou l' fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy soti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a

1:26b.JAM.001.026 Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen

1:27b.JAM.001.027 Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou

2

2:1b.JAM.002.001 Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun

2:2b.JAM.002.002 Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li

2:3b.JAM.002.003 Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan

2:4b.JAM.002.004 èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun

2:5b.JAM.002.005 Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo

2:6b.JAM.002.006 Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal

2:7b.JAM.002.007 Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal

2:8b.JAM.002.008 Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen

2:9b.JAM.002.009 Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans

2:10b.JAM.002.010 Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo

2:11b.JAM.002.011 Paske Bondye ki di: Pa fè adiltè, se li menm tou ki di: Pa touye moun. Konsa, menm si ou pa fè adiltè, men ou touye moun, ou dezobeyi lalwa a

2:12b.JAM.002.012 Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a

2:13b.JAM.002.013 Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an

2:14b.JAM.002.014 Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li

2:15b.JAM.002.015 Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou

2:16b.JAM.002.016 si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo

2:17b.JAM.002.017 Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri

2:18b.JAM.002.018 Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen

2:19b.JAM.002.019 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè

2:20b.JAM.002.020 Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen

2:21b.JAM.002.021 Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la

2:22b.JAM.002.022 Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt

2:23b.JAM.002.023 Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye

2:24b.JAM.002.024 Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou

2:25b.JAM.002.025 Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo

2:26b.JAM.002.026 Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri

3

3:1b.JAM.003.001 Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo

3:2b.JAM.003.002 Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou

3:3b.JAM.003.003 Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle

3:4b.JAM.003.004 Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mèt ap pouse l', se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle

3:5b.JAM.003.005 Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa

3:6b.JAM.003.006 Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou

3:7b.JAM.003.007 Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja

3:8b.JAM.003.008 Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun

3:9b.JAM.003.009 Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li

3:10b.JAM.003.010 Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa

3:11b.JAM.003.011 Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan

3:12b.JAM.003.012 Frè m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis

3:13b.JAM.003.013 Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann

3:14b.JAM.003.014 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a

3:15b.JAM.003.015 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la

3:16b.JAM.003.016 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste

3:17b.JAM.003.017 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit

3:18b.JAM.003.018 Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye

4

4:1b.JAM.004.001 Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou

4:2b.JAM.004.002 Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye

4:3b.JAM.004.003 Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman

4:4b.JAM.004.004 Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye

4:5b.JAM.004.005 Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li

4:6b.JAM.004.006 Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li

4:7b.JAM.004.007 Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou

4:8b.JAM.004.008 Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò

4:9b.JAM.004.009 Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn

4:10b.JAM.004.010 Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou

4:11b.JAM.004.011 Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li

4:12b.JAM.004.012 Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye

4:13b.JAM.004.013 Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis

4:14b.JAM.004.014 Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt

4:15b.JAM.004.015 Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa

4:16b.JAM.004.016 Men, koulye a nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa

4:17b.JAM.004.017 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche

5

5:1b.JAM.005.001 Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo

5:2b.JAM.005.002 Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo

5:3b.JAM.005.003 Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a

5:4b.JAM.005.004 Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a

5:5b.JAM.005.005 Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa

5:6b.JAM.005.006 Nou kondannen moun ki inonsan, nou fè touye yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou

5:7b.JAM.005.007 Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an

5:8b.JAM.005.008 Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini

5:9b.JAM.005.009 Frè m' yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la

5:10b.JAM.005.010 Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri

5:11b.JAM.005.011 Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib

5:12b.JAM.005.012 Anvan tout lòt bagay, frè m' yo, men sa ki pi enpòtan: piga nou fè sèman sou syèl la, ni sou latè a, ni sou ankenn lòt bagay. Lè nou di wi, se wi, non, se non. Konsa, nou p'ap tonbe anba jijman Bondye

5:13b.JAM.005.013 Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik

5:14b.JAM.005.014 Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a

5:15b.JAM.005.015 Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li

5:16b.JAM.005.016 Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa

5:17b.JAM.005.017 Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa

5:18b.JAM.005.018 Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt

5:19b.JAM.005.019 Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò

5:20b.JAM.005.020 konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. James (Creole). James (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-90C2-9