Colossians (Creole)

Colossians (Creole)

1

1:1b.COL.001.001 Se mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak Timote, frè nou, k'ap ekri lèt sa

1:2b.COL.001.002 voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze

1:3b.COL.001.003 Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou

1:4b.COL.001.004 Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a

1:5b.COL.001.005 Depi premye jou yo te fè nou konnen bon nouvèl la ki yon mesaj ki vre, nou te gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen tout konfyans sa a ak tout renmen sa a nan kè nou

1:6b.COL.001.006 Bon nouvel la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bon nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l' toupatou sou latè

1:7b.COL.001.007 Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m', ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m' nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la

1:8b.COL.001.008 Se li menm ki fè m' konnen renmen Lespri Bondye a ban nou

1:9b.COL.001.009 Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri

1:10b.COL.001.010 Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye

1:11b.COL.001.011 Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans

1:12b.COL.001.012 Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a

1:13b.COL.001.013 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa

1:14b.COL.001.014 Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo

1:15b.COL.001.015 Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye

1:16b.COL.001.016 Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo

1:17b.COL.001.017 Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo

1:18b.COL.001.018 Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay

1:19b.COL.001.019 Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou

1:20b.COL.001.020 Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a

1:21b.COL.001.021 Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou

1:22b.COL.001.022 Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch

1:23b.COL.001.023 Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi

1:24b.COL.001.024 Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li

1:25b.COL.001.025 Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a

1:26b.COL.001.026 pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li

1:27b.COL.001.027 Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a

1:28b.COL.001.028 Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la

1:29b.COL.001.029 Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen

2

2:1b.COL.002.001 Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen

2:2b.COL.002.002 M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la

2:3b.COL.002.003 Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache

2:4b.COL.002.004 Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite

2:5b.COL.002.005 Paske, si mwen pa la avèk nou nan kò m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wè jan nou rete nan lòd, jan nou kenbe fèm nan konfyans nou gen nan Kris la

2:6b.COL.002.006 Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Seyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li

2:7b.COL.002.007 Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi

2:8b.COL.002.008 Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la

2:9b.COL.002.009 Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye

2:10b.COL.002.010 Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa

2:11b.COL.002.011 Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal

2:12b.COL.002.012 Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò

2:13b.COL.002.013 Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo

2:14b.COL.002.014 Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a

2:15b.COL.002.015 Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la

2:16b.COL.002.016 Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo

2:17b.COL.002.017 Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye

2:18b.COL.002.018 Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo

2:19b.COL.002.019 Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la

2:20b.COL.002.020 Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di

2:21b.COL.002.021 pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa

2:22b.COL.002.022 Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo

2:23b.COL.002.023 Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a

3

3:1b.COL.003.001 Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye

3:2b.COL.003.002 Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la

3:3b.COL.003.003 Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye

3:4b.COL.003.004 Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li

3:5b.COL.003.005 Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl)

3:6b.COL.003.006 Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li

3:7b.COL.003.007 Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo

3:8b.COL.003.008 Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou

3:9b.COL.003.009 Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo

3:10b.COL.003.010 Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt

3:11b.COL.003.011 Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout

3:12b.COL.003.012 Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans

3:13b.COL.003.013 Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou

3:14b.COL.003.014 Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt

3:15b.COL.003.015 Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou

3:16b.COL.003.016 Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou

3:17b.COL.003.017 Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li

3:18b.COL.003.018 Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji

3:19b.COL.003.019 Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo

3:20b.COL.003.020 Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi

3:21b.COL.003.021 Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo

3:22b.COL.003.022 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a

3:23b.COL.003.023 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a

3:24b.COL.003.024 Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la

3:25b.COL.003.025 Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun

4

4:1b.COL.004.001 Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la

4:2b.COL.004.002 Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi

4:3b.COL.004.003 Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a

4:4b.COL.004.004 Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a

4:5b.COL.004.005 Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase

4:6b.COL.004.006 Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun

4:7b.COL.004.007 Frè Tichik se yon bon zanmi m', yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m' yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen

4:8b.COL.004.008 Mwen voye l' ban nou tout espre pou l' ka di nou jan mwen ye, pou l' ka remoute kouraj nou

4:9b.COL.004.009 Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit

4:10b.COL.004.010 Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou)

4:11b.COL.004.011 Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj

4:12b.COL.004.012 Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou

4:13b.COL.004.013 Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l' anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo

4:14b.COL.004.014 Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou

4:15b.COL.004.015 Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo

4:16b.COL.004.016 Lè n'a fin li lèt sa a, voye l' bay legliz Lawodise a pou yo ka li l' tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an

4:17b.COL.004.017 Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l' fè nan travay Seyè a, se pou l' fè l' byen

4:18b.COL.004.018 Se mwen menm Pòl, ak men pa m', k'ap ekri nou koulye a: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m' nan prizon an. benediksyon Bondye pou nou tout


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Colossians (Creole). Colossians (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-90AA-5