1 Corinthians (Creole)
1
1:1b.1CO.001.001 Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi Jezikri apòt, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak Sostèn, frè nou
1:2b.1CO.001.002 pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou
1:3b.1CO.001.003 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze
1:4b.1CO.001.004 Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l' fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri
1:5b.1CO.001.005 Pandan n'ap viv ansanm ak Kris la, Bondye fè nou rich nèt, li ban nou tout kalite kado: kado sa yo penmèt nou preche pawòl la tout jan epi yo ban nou anpil konesans
1:6b.1CO.001.006 Bon Nouvèl ki pale sou Kris la fin pran rasin nèt nan mitan nou
1:7b.1CO.001.007 Se sak fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Seyè nou an, pral parèt la
1:8b.1CO.001.008 Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive
1:9b.1CO.001.009 Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Seyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li
1:10b.1CO.001.010 Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl
1:11b.1CO.001.011 Mwen di nou sa, frè m' yo, paske m' vin konnen nan bouch kèk moun nan fanmi Kloe a, te gen gwo kont pete nan mitan nou
1:12b.1CO.001.012 Men sa m' vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la
1:13b.1CO.001.013 Nan kondisyon sa a, Kris la gen lè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize nou
1:14b.1CO.001.014 Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pa t' batize nou yonn, an wetan Krispis ak Gayis
1:15b.1CO.001.015 Konsa, pesonn pa ka di yo te batize nan non Pòl
1:16b.1CO.001.016 (Mwen t'ap bliye sa: mwen te batize Estefanas ak moun lakay li yo tou. Men, mwen pa chonje m' te batize pesonn lòt ankò.
1:17b.1CO.001.017 Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen
1:18b.1CO.001.018 Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye
1:19b.1CO.001.019 Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete
1:20b.1CO.001.020 Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou
1:21b.1CO.001.021 Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a
1:22b.1CO.001.022 Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann
1:23b.1CO.001.023 Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou
1:24b.1CO.001.024 Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a
1:25b.1CO.001.025 Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm
1:26b.1CO.001.026 Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi
1:27b.1CO.001.027 Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont
1:28b.1CO.001.028 Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn
1:29b.1CO.001.029 Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye
1:30b.1CO.001.030 Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou
1:31b.1CO.001.031 Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li
2
2:1b.1CO.002.001 Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a
2:2b.1CO.002.002 Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a
2:3b.1CO.002.003 Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè
2:4b.1CO.002.004 Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè
2:5b.1CO.002.005 Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye
2:6b.1CO.002.006 Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt
2:7b.1CO.002.007 Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou
2:8b.1CO.002.008 Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a
2:9b.1CO.002.009 Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li
2:10b.1CO.002.010 Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye
2:11b.1CO.002.011 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye
2:12b.1CO.002.012 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou
2:13b.1CO.002.013 Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a
2:14b.1CO.002.014 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo
2:15b.1CO.002.015 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li
2:16b.1CO.002.016 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la
3
3:1b.1CO.003.001 Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la
3:2b.1CO.003.002 Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare
3:3b.1CO.003.003 Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv
3:4b.1CO.003.004 Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n'ap pale
3:5b.1CO.003.005 Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè
3:6b.1CO.003.006 Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse
3:7b.1CO.003.007 Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse
3:8b.1CO.003.008 Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè
3:9b.1CO.003.009 Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati
3:10b.1CO.003.010 Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati
3:11b.1CO.003.011 Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt
3:12b.1CO.003.012 Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay
3:13b.1CO.003.013 Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo
3:14b.1CO.003.014 Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li
3:15b.1CO.003.015 Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule
3:16b.1CO.003.016 Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou
3:17b.1CO.003.017 Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a
3:18b.1CO.003.018 Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon
3:19b.1CO.003.019 Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan
3:20b.1CO.003.020 Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen
3:21b.1CO.003.021 Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye
3:22b.1CO.003.022 Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou
3:23b.1CO.003.023 Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye
4
4:1b.1CO.004.001 Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache
4:2b.1CO.004.002 Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye
4:3b.1CO.004.003 Pou mwen menm, nou te mèt jije m', lèzòm te mèt jije m' nan tribinal yo, sa pa di m' anyen. Mwen menm, poutèt pa m', mwen pa jije tèt mwen non plis
4:4b.1CO.004.004 Konsyans mwen pa repwoche m' anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Seyè a ki sèl jij mwen
4:5b.1CO.004.005 Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye
4:6b.1CO.004.006 Frè m' yo, nan tout bagay sa yo, si m' pran egzanp sou mwen ak Apolòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n' ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pesonn pran pati pou yon moun kont yon lòt
4:7b.1CO.004.007 Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li
4:8b.1CO.004.008 Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou
4:9b.1CO.004.009 Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè
4:10b.1CO.004.010 Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale
4:11b.1CO.004.011 Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete
4:12b.1CO.004.012 N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou
4:13b.1CO.004.013 Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè
4:14b.1CO.004.014 Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil
4:15b.1CO.004.015 Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou
4:16b.1CO.004.016 Tanpri, pran egzanp sou mwen
4:17b.1CO.004.017 Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo
4:18b.1CO.004.018 Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou
4:19b.1CO.004.019 Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a
4:20b.1CO.004.020 Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la
4:21b.1CO.004.021 Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz l
5
5:1b.1CO.005.001 Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li
5:2b.1CO.005.002 Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou
5:3b.1CO.005.003 Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m', men mwen la nan lespri m'. Pou tèt pa m', nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m' te la avèk nou
5:4b.1CO.005.004 Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an
5:5b.1CO.005.005 Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive
5:6b.1CO.005.006 Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve
5:7b.1CO.005.007 Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la
5:8b.1CO.005.008 Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo
5:9b.1CO.005.009 Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite
5:10b.1CO.005.010 Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt
5:11b.1CO.005.011 Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa
5:12b.1CO.005.012 Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo
5:13b.1CO.005.013 Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou
6
6:1b.1CO.006.001 Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li
6:2b.1CO.006.002 Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa
6:3b.1CO.006.003 Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije
6:4b.1CO.006.004 Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou
6:5b.1CO.006.005 Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt
6:6b.1CO.006.006 kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou
6:7b.1CO.006.007 Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito
6:8b.1CO.006.008 Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la
6:9b.1CO.006.009 Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason
6:10b.1CO.006.010 moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a
6:11b.1CO.006.011 Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an
6:12b.1CO.006.012 Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye
6:13b.1CO.006.013 Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye
6:14b.1CO.006.014 Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li
6:15b.1CO.006.015 Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib
6:16b.1CO.006.016 Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò
6:17b.1CO.006.017 Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li
6:18b.1CO.006.018 Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li
6:19b.1CO.006.019 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò
6:20b.1CO.006.020 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye
7
7:1b.1CO.007.001 Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye
7:2b.1CO.007.002 Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo
7:3b.1CO.007.003 Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li
7:4b.1CO.007.004 Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye
7:5b.1CO.007.005 Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan
7:6b.1CO.007.006 Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon
7:7b.1CO.007.007 Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado
7:8b.1CO.007.008 Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo
7:9b.1CO.007.009 Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou
7:10b.1CO.007.010 Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li
7:11b.1CO.007.011 Si li rive kite avè l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò
7:12b.1CO.007.012 Pou lòt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l' kontinye viv avè l', mari a pa gen dwa mete l' deyò
7:13b.1CO.007.013 Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l' kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a
7:14b.1CO.007.014 Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo
7:15b.1CO.007.015 Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze
7:16b.1CO.007.016 Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou
7:17b.1CO.007.017 Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo
7:18b.1CO.007.018 Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pa t' sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen fè yo sikonsi li
7:19b.1CO.007.019 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo
7:20b.1CO.007.020 Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a
7:21b.1CO.007.021 Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa chaje tèt ou pou sa. Men, si chans pou ou ou ka vin lib, pwofite chans lan
7:22b.1CO.007.022 Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l', se yon moun lib sou kont Seyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l', se esklav Kris la li ye
7:23b.1CO.007.023 Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun
7:24b.1CO.007.024 Frè m' yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a
7:25b.1CO.007.025 Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an
7:26b.1CO.007.026 Jan tan an difisil koulye a, men lide m' fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l' ye a
7:27b.1CO.007.027 Si l' gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l' poko marye, li pa bezwen chache yon madanm
7:28b.1CO.007.028 Si l' ta vle marye tou, li mèt; li p'ap fè ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo
7:29b.1CO.007.029 Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye
7:30b.1CO.007.030 Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t' pou yo
7:31b.1CO.007.031 Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye koulye a nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò
7:32b.1CO.007.032 Mwen pa ta renmen wè nou gen ankenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafè Seyè a sèlman. L'ap chache fè Seyè a plezi
7:33b.1CO.007.033 Yon moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi
7:34b.1CO.007.034 Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, sè zafè Seyè a sèlman y'ap okipe, paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men, sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi
7:35b.1CO.007.035 Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m' ap sèvi Seyè a san dezanpare
7:36b.1CO.007.036 Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankò, si l' wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l' vle l' la. Li pa fè ankenn peche pou sa
7:37b.1CO.007.037 Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l' pa marye, si l' kapab kontwole volonte l', si li deside nan tèt li se sa pou l' fè, enben, li fè byen si l' pa marye ak jenn fi a
7:38b.1CO.007.038 Konsa, jenn gason ki marye ak fiyanse l' la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou
7:39b.1CO.007.039 Yon fanm marye gen angajman ak mari l' toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la
7:40b.1CO.007.040 Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen
8
8:1b.1CO.008.001 Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon
8:2b.1CO.008.002 Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an
8:3b.1CO.008.003 Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li
8:4b.1CO.008.004 Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen
8:5b.1CO.008.005 Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre)
8:6b.1CO.008.006 pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou
8:7b.1CO.008.007 Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a
8:8b.1CO.008.008 Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite
8:9b.1CO.008.009 Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche
8:10b.1CO.008.010 Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl
8:11b.1CO.008.011 Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a
8:12b.1CO.008.012 Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche
8:13b.1CO.008.013 Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche
9
9:1b.1CO.009.001 Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye
9:2b.1CO.009.002 Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye
9:3b.1CO.009.003 Lè moun ap kritike m', men ki jan mwen defann tèt mwen
9:4b.1CO.009.004 Mwen mande yo: Eske m' pa gen dwa pou yo ban m' manje, pou yo ban m' bwè pou travay mwen
9:5b.1CO.009.005 Eske m' pa gen dwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Seyè yo ansanm ak Sefas, pou m' mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m' prale
9:6b.1CO.009.006 Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv
9:7b.1CO.009.007 Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo
9:8b.1CO.009.008 Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou
9:9b.1CO.009.009 Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò
9:10b.1CO.009.010 Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a
9:11b.1CO.009.011 Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo
9:12b.1CO.009.012 Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la
9:13b.1CO.009.013 Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a
9:14b.1CO.009.014 Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la
9:15b.1CO.009.015 Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen
9:16b.1CO.009.016 Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la
9:17b.1CO.009.017 Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen
9:18b.1CO.009.018 Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la
9:19b.1CO.009.019 Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la
9:20b.1CO.009.020 Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la
9:21b.1CO.009.021 Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la
9:22b.1CO.009.022 Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib
9:23b.1CO.009.023 Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo
9:24b.1CO.009.024 Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la
9:25b.1CO.009.025 Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan
9:26b.1CO.009.026 Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li
9:27b.1CO.009.027 Mwen aji di ak kò m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè
10
10:1b.1CO.010.001 Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la
10:2b.1CO.010.002 Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm
10:3b.1CO.010.003 Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a
10:4b.1CO.010.004 Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm
10:5b.1CO.010.005 Atousa, anpil ladan yo pa t' fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a
10:6b.1CO.010.006 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan
10:7b.1CO.010.007 Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo
10:8b.1CO.010.008 Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou
10:9b.1CO.010.009 Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri
10:10b.1CO.010.010 Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout
10:11b.1CO.010.011 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive
10:12b.1CO.010.012 Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe
10:13b.1CO.010.013 Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li
10:14b.1CO.010.014 Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo
10:15b.1CO.010.015 M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a
10:16b.1CO.010.016 Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun
10:17b.1CO.010.017 Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun
10:18b.1CO.010.018 Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la
10:19b.1CO.010.019 Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè
10:20b.1CO.010.020 Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo
10:21b.1CO.010.021 Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo
10:22b.1CO.010.022 Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li
10:23b.1CO.010.023 Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye
10:24b.1CO.010.024 Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou
10:25b.1CO.010.025 Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble
10:26b.1CO.010.026 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'
10:27b.1CO.010.027 Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble
10:28b.1CO.010.028 Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse
10:29b.1CO.010.029 Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè
10:30b.1CO.010.030 Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa
10:31b.1CO.010.031 Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye
10:32b.1CO.010.032 Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche
10:33b.1CO.010.033 Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove
11
11:1b.1CO.011.001 Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la
11:2b.1CO.011.002 Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou
11:3b.1CO.011.003 Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la
11:4b.1CO.011.004 Si yon gason kite chapo l' nan tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la
11:5b.1CO.011.005 Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale
11:6b.1CO.011.006 Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou
11:7b.1CO.011.007 Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè
11:8b.1CO.011.008 Paske, se pa t' avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm
11:9b.1CO.011.009 Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan
11:10b.1CO.011.010 Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li
11:11b.1CO.011.011 Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm
11:12b.1CO.011.012 Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye
11:13b.1CO.011.013 Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye
11:14b.1CO.011.014 Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont
11:15b.1CO.011.015 Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sèvi l' tankou yon vwal sou tèt li
11:16b.1CO.011.016 Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis
11:17b.1CO.011.017 Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen
11:18b.1CO.011.018 Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt
11:19b.1CO.011.019 (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.
11:20b.1CO.011.020 Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje
11:21b.1CO.011.021 Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè
11:22b.1CO.011.022 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa
11:23b.1CO.011.023 Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen
11:24b.1CO.011.024 lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen
11:25b.1CO.011.025 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen
11:26b.1CO.011.026 Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an
11:27b.1CO.011.027 Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an
11:28b.1CO.011.028 Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a
11:29b.1CO.011.029 Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a
11:30b.1CO.011.030 Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja
11:31b.1CO.011.031 Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a
11:32b.1CO.011.032 Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo
11:33b.1CO.011.033 Se sak fè, frè m' yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt
11:34b.1CO.011.034 Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou
12
12:1b.1CO.012.001 Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo
12:2b.1CO.012.002 Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale
12:3b.1CO.012.003 Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a
12:4b.1CO.012.004 Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout
12:5b.1CO.012.005 Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi
12:6b.1CO.012.006 Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt
12:7b.1CO.012.007 Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun
12:8b.1CO.012.008 Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans
12:9b.1CO.012.009 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad
12:10b.1CO.012.010 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di
12:11b.1CO.012.011 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle
12:12b.1CO.012.012 Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm
12:13b.1CO.012.013 Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a
12:14b.1CO.012.014 Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò
12:15b.1CO.012.015 Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre
12:16b.1CO.012.016 Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre
12:17b.1CO.012.017 Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant
12:18b.1CO.012.018 Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle
12:19b.1CO.012.019 Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm
12:20b.1CO.012.020 Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò
12:21b.1CO.012.021 Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou
12:22b.1CO.012.022 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè
12:23b.1CO.012.023 Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa
12:24b.1CO.012.024 Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo
12:25b.1CO.012.025 Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an
12:26b.1CO.012.026 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li
12:27b.1CO.012.027 Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a
12:28b.1CO.012.028 Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang
12:29b.1CO.012.029 Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak
12:30b.1CO.012.030 Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la
12:31b.1CO.012.031 Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li
13
13:1b.1CO.013.001 Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen
13:2b.1CO.013.002 Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen
13:3b.1CO.013.003 Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen
13:4b.1CO.013.004 Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy
13:5b.1CO.013.005 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè
13:6b.1CO.013.006 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre
13:7b.1CO.013.007 Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans
13:8b.1CO.013.008 renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt
13:9b.1CO.013.009 Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt
13:10b.1CO.013.010 Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt
13:11b.1CO.013.011 Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè
13:12b.1CO.013.012 Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an
13:13b.1CO.013.013 Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran
14
14:1b.1CO.014.001 Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesaj ki soti nan Bondye yo
14:2b.1CO.014.002 Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun
14:3b.1CO.014.003 Okontrè, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo
14:4b.1CO.014.004 Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs
14:5b.1CO.014.005 Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou
14:6b.1CO.014.006 M'ap mande nou kichòy, frè m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou
14:7b.1CO.014.007 Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè
14:8b.1CO.014.008 Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo soti klè, ki sòlda ki pral pare kò l' pou li al goumen
14:9b.1CO.014.009 Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesaj w'ap bay an langaj la pa klè? Se pou van w'ap pale
14:10b.1CO.014.010 Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans
14:11b.1CO.014.011 Men, si m' pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m' lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li
14:12b.1CO.014.012 Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki soti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n' chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans
14:13b.1CO.014.013 Se sak fè, lè yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo
14:14b.1CO.014.014 Lè m'ap lapriyè nan langaj, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay
14:15b.1CO.014.015 Kisa m' pral fè koulye a? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou
14:16b.1CO.014.016 Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn "amèn" lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a
14:17b.1CO.014.017 Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite
14:18b.1CO.014.018 Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langaj pase nou tout
14:19b.1CO.014.019 Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj
14:20b.1CO.014.020 Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay
14:21b.1CO.014.021 Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen
14:22b.1CO.014.022 Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la
14:23b.1CO.014.023 Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye
14:24b.1CO.014.024 Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li
14:25b.1CO.014.025 Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou
14:26b.1CO.014.026 Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa
14:27b.1CO.014.027 Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a
14:28b.1CO.014.028 Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye
14:29b.1CO.014.029 Pou moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawòl. Tout lòt yo va jije sa y'ap di a
14:30b.1CO.014.030 Men, si yon moun nan asanble a resevwa yon revelasyon nan men Bondye, se pou moun k'ap pale a pe bouch li
14:31b.1CO.014.031 Nou tout kapab bay mesaj ki soti nan Bondye, yonn apre lòt. Konsa, tout moun va aprann kichòy, tout moun va ankouraje
14:32b.1CO.014.032 Moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an
14:33b.1CO.014.033 Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a
14:34b.1CO.014.034 fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo
14:35b.1CO.014.035 Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a
14:36b.1CO.014.036 Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li
14:37b.1CO.014.037 Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a
14:38b.1CO.014.038 Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò
14:39b.1CO.014.039 Konsa, frè m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj
14:40b.1CO.014.040 Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen
15
15:1b.1CO.015.001 Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm
15:2b.1CO.015.002 Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye
15:3b.1CO.015.003 Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la
15:4b.1CO.015.004 Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou
15:5b.1CO.015.005 Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l' tou
15:6b.1CO.015.006 Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou
15:7b.1CO.015.007 Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l' ankò
15:8b.1CO.015.008 Apre tout moun sa yo, li te fè m' wè l' tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm
15:9b.1CO.015.009 Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apòt, pou jan m' te pèsekite legliz Bondye a
15:10b.1CO.015.010 Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa
15:11b.1CO.015.011 Se sak fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m' sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè
15:12b.1CO.015.012 Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò
15:13b.1CO.015.013 Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò
15:14b.1CO.015.014 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m' anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè
15:15b.1CO.015.015 Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve soti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve
15:16b.1CO.015.016 Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò
15:17b.1CO.015.017 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo
15:18b.1CO.015.018 Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou
15:19b.1CO.015.019 Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè
15:20b.1CO.015.020 Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò
15:21b.1CO.015.021 Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò
15:22b.1CO.015.022 Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò
15:23b.1CO.015.023 Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò
15:24b.1CO.015.024 Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a
15:25b.1CO.015.025 Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li
15:26b.1CO.015.026 Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye
15:27b.1CO.015.027 Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la
15:28b.1CO.015.028 Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay
15:29b.1CO.015.029 Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo
15:30b.1CO.015.030 Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa
15:31b.1CO.015.031 Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an
15:32b.1CO.015.032 Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri
15:33b.1CO.015.033 Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon
15:34b.1CO.015.034 Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm
15:35b.1CO.015.035 Men, yon moun va mande m': Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen
15:36b.1CO.015.036 Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan
15:37b.1CO.015.037 Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm
15:38b.1CO.015.038 Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo
15:39b.1CO.015.039 Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò
15:40b.1CO.015.040 Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a
15:41b.1CO.015.041 Limyè solèy la gen bèlte pa l', lalin lan gen bèlte pa l', zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo
15:42b.1CO.015.042 Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri
15:43b.1CO.015.043 Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs
15:44b.1CO.015.044 Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou
15:45b.1CO.015.045 Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi
15:46b.1CO.015.046 Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre
15:47b.1CO.015.047 Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti
15:48b.1CO.015.048 Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la
15:49b.1CO.015.049 Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la
15:50b.1CO.015.050 Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri
15:51b.1CO.015.051 M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè
15:52b.1CO.015.052 anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm
15:53b.1CO.015.053 Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri
15:54b.1CO.015.054 Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt
15:55b.1CO.015.055 Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan
15:56b.1CO.015.056 Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li
15:57b.1CO.015.057 Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an
15:58b.1CO.015.058 Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi
16
16:1b.1CO.016.001 Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè
16:2b.1CO.016.002 Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an
16:3b.1CO.016.003 Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon
16:4b.1CO.016.004 Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen
16:5b.1CO.016.005 M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan
16:6b.1CO.016.006 Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a
16:7b.1CO.016.007 Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle
16:8b.1CO.016.008 Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt
16:9b.1CO.016.009 Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen
16:10b.1CO.016.010 Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a
16:11b.1CO.016.011 Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo
16:12b.1CO.016.012 Kanta frè Apolòs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab
16:13b.1CO.016.013 Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb
16:14b.1CO.016.014 Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou
16:15b.1CO.016.015 Frè m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a
16:16b.1CO.016.016 Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou
16:17b.1CO.016.017 Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen
16:18b.1CO.016.018 Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo
16:19b.1CO.016.019 Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a
16:20b.1CO.016.020 Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye
16:21b.1CO.016.021 M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout
16:22b.1CO.016.022 Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non
16:23b.1CO.016.023 Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou
16:24b.1CO.016.024 Mwen renmen nou tout nan Jezikri
- Holder of rights
- Multilingual Bible Corpus
- Citation Suggestion for this Object
- TextGrid Repository (2025). Creole Collection. 1 Corinthians (Creole). 1 Corinthians (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-909B-6