John (Creole)

John (Creole)

1

1:1b.JOH.001.001 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou

1:2b.JOH.001.002 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman

1:3b.JOH.001.003 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la

1:4b.JOH.001.004 Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè

1:5b.JOH.001.005 Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t' resevwa li

1:6b.JOH.001.006 Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan

1:7b.JOH.001.007 Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè

1:8b.JOH.001.008 Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a

1:9b.JOH.001.009 Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun

1:10b.JOH.001.010 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li

1:11b.JOH.001.011 Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li

1:12b.JOH.001.012 Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye

1:13b.JOH.001.013 Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo

1:14b.JOH.001.014 Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a

1:15b.JOH.001.015 Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l' te di byen fò: Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen

1:16b.JOH.001.016 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè

1:17b.JOH.001.017 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a

1:18b.JOH.001.018 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye

1:19b.JOH.001.019 Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye

1:20b.JOH.001.020 Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la

1:21b.JOH.001.021 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non

1:22b.JOH.001.022 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n' pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye

1:23b.JOH.001.023 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.

1:24b.JOH.001.024 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo

1:25b.JOH.001.025 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun

1:26b.JOH.001.026 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen

1:27b.JOH.001.027 L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat li

1:28b.JOH.001.028 Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a

1:29b.JOH.001.029 Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè

1:30b.JOH.001.030 Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m' men ki gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen

1:31b.JOH.001.031 Mwen pa t' konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li

1:32b.JOH.001.032 Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li

1:33b.JOH.001.033 Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri

1:34b.JOH.001.034 Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m', se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre

1:35b.JOH.001.035 Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo

1:36b.JOH.001.036 Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a

1:37b.JOH.001.037 De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi

1:38b.JOH.001.038 Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: Sa n'ap chache? Yo mande li: Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.

1:39b.JOH.001.039 Li reponn yo: Vini non, n'a wè. Y' ale vre. Yo wè kote l' te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.

1:40b.JOH.001.040 Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi

1:41b.JOH.001.041 Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la)

1:42b.JOH.001.042 Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l', li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.

1:43b.JOH.001.043 Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen

1:44b.JOH.001.044 (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.

1:45b.JOH.001.045 Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la

1:46b.JOH.001.046 Natanayèl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? Filip reponn li: Vini non, wa wè

1:47b.JOH.001.047 Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l', li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li

1:48b.JOH.001.048 Natanayèl mande li: Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan

1:49b.JOH.001.049 Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la

1:50b.JOH.001.050 Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa

1:51b.JOH.001.051 Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a

2

2:1b.JOH.002.001 De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la

2:2b.JOH.002.002 yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou

2:3b.JOH.002.003 Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non

2:4b.JOH.002.004 Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive

2:5b.JOH.002.005 Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè

2:6b.JOH.002.006 Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa

2:7b.JOH.002.007 Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch

2:8b.JOH.002.008 Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la

2:9b.JOH.002.009 Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a

2:10b.JOH.002.010 li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'

2:11b.JOH.002.011 Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li

2:12b.JOH.002.012 Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l', frè l' yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la

2:13b.JOH.002.013 Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm

2:14b.JOH.002.014 Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan

2:15b.JOH.002.015 Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè

2:16b.JOH.002.016 Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès

2:17b.JOH.002.017 Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen

2:18b.JOH.002.018 Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a

2:19b.JOH.002.019 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou

2:20b.JOH.002.020 Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li

2:21b.JOH.002.021 Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li

2:22b.JOH.002.022 Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo

2:23b.JOH.002.023 Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè

2:24b.JOH.002.024 Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen

2:25b.JOH.002.025 Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo

3

3:1b.JOH.003.001 Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo

3:2b.JOH.003.002 Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li

3:3b.JOH.003.003 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa

3:4b.JOH.003.004 Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò

3:5b.JOH.003.005 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri

3:6b.JOH.003.006 Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye

3:7b.JOH.003.007 Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa

3:8b.JOH.003.008 Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye

3:9b.JOH.003.009 Lè sa a Nikodèm di li: Ki jan sa ka fèt menm

3:10b.JOH.003.010 Jezi reponn li: Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo

3:11b.JOH.003.011 Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a

3:12b.JOH.003.012 Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la

3:13b.JOH.003.013 Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la

3:14b.JOH.003.014 Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou

3:15b.JOH.003.015 Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an

3:16b.JOH.003.016 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an

3:17b.JOH.003.017 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo

3:18b.JOH.003.018 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a

3:19b.JOH.003.019 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal

3:20b.JOH.003.020 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè

3:21b.JOH.003.021 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a

3:22b.JOH.003.022 Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun

3:23b.JOH.003.023 Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l' li te batize yo

3:24b.JOH.003.024 (Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jan Batis nan prizon.

3:25b.JOH.003.025 De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo

3:26b.JOH.003.026 Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li

3:27b.JOH.003.027 Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li

3:28b.JOH.003.028 Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li

3:29b.JOH.003.029 Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a

3:30b.JOH.003.030 Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou

3:31b.JOH.003.031 Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout

3:32b.JOH.003.032 L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li

3:33b.JOH.003.033 Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre

3:34b.JOH.003.034 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi

3:35b.JOH.003.035 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay

3:36b.JOH.003.036 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo

4

4:1b.JOH.004.001 Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou

4:2b.JOH.004.002 (Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.

4:3b.JOH.004.003 Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile

4:4b.JOH.004.004 Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari

4:5b.JOH.004.005 Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan

4:6b.JOH.004.006 Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa

4:7b.JOH.004.007 Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè

4:8b.JOH.004.008 (Disip li yo te ale lavil la achte manje.

4:9b.JOH.004.009 Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.

4:10b.JOH.004.010 Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a

4:11b.JOH.004.011 Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a

4:12b.JOH.004.012 Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb

4:13b.JOH.004.013 Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò

4:14b.JOH.004.014 Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an

4:15b.JOH.004.015 Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo

4:16b.JOH.004.016 Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la

4:17b.JOH.004.017 Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari

4:18b.JOH.004.018 Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti

4:19b.JOH.004.019 Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye

4:20b.JOH.004.020 Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm

4:21b.JOH.004.021 Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a

4:22b.JOH.004.022 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti

4:23b.JOH.004.023 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li

4:24b.JOH.004.024 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la

4:25b.JOH.004.025 Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo

4:26b.JOH.004.026 Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la

4:27b.JOH.004.027 Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li

4:28b.JOH.004.028 Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo

4:29b.JOH.004.029 Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la

4:30b.JOH.004.030 Moun yo soti lavil la, yo vin jwenn Jezi

4:31b.JOH.004.031 Disip yo menm, bò pa yo, t'ap mande Jezi pou l' manje. Yo t'ap di l': Tanpri, Mèt, manje kichòy non

4:32b.JOH.004.032 Men, li reponn yo: Mwen gen pou m' manje yon manje nou pa konnen

4:33b.JOH.004.033 Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: Gen lè yon moun pote manje ba li

4:34b.JOH.004.034 Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a

4:35b.JOH.004.035 Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase

4:36b.JOH.004.036 Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li

4:37b.JOH.004.037 Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase

4:38b.JOH.004.038 Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo

4:39b.JOH.004.039 Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fè

4:40b.JOH.004.040 Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la

4:41b.JOH.004.041 Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo

4:42b.JOH.004.042 Yo di fanm lan konsa: Koulye a nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou rakonte nou an, men tou paske nou tande l' nou menm ak de zòrèy nou. Nou konnen se li menm vre ki vin delivre moun sou latè

4:43b.JOH.004.043 Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile

4:44b.JOH.004.044 Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti

4:45b.JOH.004.045 Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a

4:46b.JOH.004.046 Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm

4:47b.JOH.004.047 Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri

4:48b.JOH.004.048 Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè

4:49b.JOH.004.049 Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri

4:50b.JOH.004.050 Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale

4:51b.JOH.004.051 Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri

4:52b.JOH.004.052 Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe

4:53b.JOH.004.053 Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi

4:54b.JOH.004.054 Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile

5

5:1b.JOH.005.001 Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm

5:2b.JOH.005.002 Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li

5:3b.JOH.005.003 Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi

5:4b.JOH.005.004 Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen

5:5b.JOH.005.005 Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan

5:6b.JOH.005.006 Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri

5:7b.JOH.005.007 Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen

5:8b.JOH.005.008 Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale

5:9b.JOH.005.009 Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo

5:10b.JOH.005.010 Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a

5:11b.JOH.005.011 Li reponn yo: Se moun ki geri m' lan wi ki di m' ranmase nat mwen, mache m' ale

5:12b.JOH.005.012 Lè sa a, yo mande li: Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a

5:13b.JOH.005.013 Men, nonm ki te geri a pa t' konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gen tan pati al fè wout li

5:14b.JOH.005.014 Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou

5:15b.JOH.005.015 Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li

5:16b.JOH.005.016 Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo

5:17b.JOH.005.017 Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay

5:18b.JOH.005.018 Poutèt pawòl sa a, jwif yo t'ap chache pi rèd atò pou yo te touye l'. Li pa t' sèlman fè bagay ki kont lalwa repo a, men li te di yo Bondye se papa li. Lè l' di sa, li te fè tèt li pase pou menm moun ak Bondye

5:19b.JOH.005.019 Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou

5:20b.JOH.005.020 Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi

5:21b.JOH.005.021 Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi

5:22b.JOH.005.022 Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije

5:23b.JOH.005.023 Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis

5:24b.JOH.005.024 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi

5:25b.JOH.005.025 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi

5:26b.JOH.005.026 Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou

5:27b.JOH.005.027 Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a

5:28b.JOH.005.028 Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li

5:29b.JOH.005.029 yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo

5:30b.JOH.005.030 Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle

5:31b.JOH.005.031 Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite

5:32b.JOH.005.032 Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite

5:33b.JOH.005.033 Nou te voye moun bò kot Jan. Li te di nou verite a jan l' ye a

5:34b.JOH.005.034 Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove

5:35b.JOH.005.035 Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a

5:36b.JOH.005.036 Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen

5:37b.JOH.005.037 Papa ki voye m' lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l', ni nou pa janm wè figi li

5:38b.JOH.005.038 Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a

5:39b.JOH.005.039 N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen

5:40b.JOH.005.040 Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an

5:41b.JOH.005.041 Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm

5:42b.JOH.005.042 Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou

5:43b.JOH.005.043 Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li

5:44b.JOH.005.044 Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè

5:45b.JOH.005.045 Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an

5:46b.JOH.005.046 Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou

5:47b.JOH.005.047 Men, nou pa kwè nan sa l' te ekri a. Ki jan pou n' ta fè kwè sa m'ap di nou an

6

6:1b.JOH.006.001 Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou

6:2b.JOH.006.002 Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou

6:3b.JOH.006.003 Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo

6:4b.JOH.006.004 Jou fèt Delivrans jwif yo te vanse rive

6:5b.JOH.006.005 Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l' konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n' achte pou n' bay moun sa yo manje

6:6b.JOH.006.006 (Li t'ap di sa pou l' te wè sa Filip tapral reponn li; li menm li te byen konnen sa l' tapral fè.

6:7b.JOH.006.007 Filip reponn li: Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal

6:8b.JOH.006.008 Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li

6:9b.JOH.006.009 Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo

6:10b.JOH.006.010 Lè sa a, Jezi di yo: Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa

6:11b.JOH.006.011 Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle

6:12b.JOH.006.012 Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye

6:13b.JOH.006.013 Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale

6:14b.JOH.006.014 Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a

6:15b.JOH.006.015 Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li

6:16b.JOH.006.016 Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a

6:17b.JOH.006.017 Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pa t' ankò vin jwenn yo

6:18b.JOH.006.018 Dlo lanmè a te move paske van an te fò

6:19b.JOH.006.019 Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè

6:20b.JOH.006.020 Men, Jezi di yo: Se mwen menm. Nou pa bezwen pè

6:21b.JOH.006.021 Yo te vle pran l' nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gen tan rive kote yo taprale a

6:22b.JOH.006.022 Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pa t' moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo

6:23b.JOH.006.023 Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a

6:24b.JOH.006.024 Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pa t' la, yo moute nan kannòt sa yo, y' al chache l' lavil Kapènawòm

6:25b.JOH.006.025 Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: Mèt, kilè ou gen tan rive isit la

6:26b.JOH.006.026 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m' konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou

6:27b.JOH.006.027 Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li

6:28b.JOH.006.028 Lè sa a, yo mande li: Kisa pou n' fè si nou vle fè travay Bondye

6:29b.JOH.006.029 Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n' fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a

6:30b.JOH.006.030 Yo di li: Ki mirak ou ka fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Kisa ou pral fè

6:31b.JOH.006.031 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje

6:32b.JOH.006.032 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa t' ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m' k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an

6:33b.JOH.006.033 Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi

6:34b.JOH.006.034 Yo di li: Mèt, toujou ban n' nan kalite pen sa a

6:35b.JOH.006.035 Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo

6:36b.JOH.006.036 Men, mwen te di nou sa: nou wè m', men nou pa kwè toujou

6:37b.JOH.006.037 Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò

6:38b.JOH.006.038 Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan

6:39b.JOH.006.039 Men sa moun ki voye m' lan vle: li vle pou m' pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a

6:40b.JOH.006.040 Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a

6:41b.JOH.006.041 Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la

6:42b.JOH.006.042 Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la

6:43b.JOH.006.043 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen ap bougonnen konsa

6:44b.JOH.006.044 Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a

6:45b.JOH.006.045 Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l' moutre yo, y'ap vin jwenn mwen

6:46b.JOH.006.046 Sa pa vle di gen pesonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a

6:47b.JOH.006.047 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an

6:48b.JOH.006.048 Se mwen menm pen ki bay lavi a

6:49b.JOH.006.049 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, atousa yo mouri

6:50b.JOH.006.050 Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri

6:51b.JOH.006.051 Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi

6:52b.JOH.006.052 Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l' pou n' manje

6:53b.JOH.006.053 Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou

6:54b.JOH.006.054 Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a

6:55b.JOH.006.055 Paske kò m', se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon

6:56b.JOH.006.056 Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou

6:57b.JOH.006.057 Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi

6:58b.JOH.006.058 Men pen ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a, paske pen yo a pa t' anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan

6:59b.JOH.006.059 Jezi te di pawòl sa yo antan l' te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay

6:60b.JOH.006.060 Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: Pawòl sa a twò rèd. Ki moun ki ka pran li

6:61b.JOH.006.061 Jezi te gen tan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: Sa ofiske nou, pa vre

6:62b.JOH.006.062 Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an

6:63b.JOH.006.063 Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi

6:64b.JOH.006.064 Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l' la.

6:65b.JOH.006.065 Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li

6:66b.JOH.006.066 Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l' ankò

6:67b.JOH.006.067 Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: Nou menm, nou pa vle ale tou

6:68b.JOH.006.068 Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an

6:69b.JOH.006.069 Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a

6:70b.JOH.006.070 Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab

6:71b.JOH.006.071 Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li

7

7:1b.JOH.007.001 Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li

7:2b.JOH.007.002 Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive

7:3b.JOH.007.003 Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè

7:4b.JOH.007.004 Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou

7:5b.JOH.007.005 (Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.

7:6b.JOH.007.006 Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon

7:7b.JOH.007.007 Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon

7:8b.JOH.007.008 Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m' lan poko rive

7:9b.JOH.007.009 Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile

7:10b.JOH.007.010 Apre frè l' yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pa t' kite pesonn wè li

7:11b.JOH.007.011 Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fèt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa

7:12b.JOH.007.012 Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun

7:13b.JOH.007.013 Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo

7:14b.JOH.007.014 Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale

7:15b.JOH.007.015 Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl

7:16b.JOH.007.016 Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan

7:17b.JOH.007.017 Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale

7:18b.JOH.007.018 Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li

7:19b.JOH.007.019 Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen

7:20b.JOH.007.020 Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a

7:21b.JOH.007.021 Jezi reponn yo: Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa

7:22b.JOH.007.022 Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.

7:23b.JOH.007.023 Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo

7:24b.JOH.007.024 Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat

7:25b.JOH.007.025 Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a

7:26b.JOH.007.026 Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye

7:27b.JOH.007.027 Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bò l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l' soti

7:28b.JOH.007.028 Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li

7:29b.JOH.007.029 Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen

7:30b.JOH.007.030 Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive

7:31b.JOH.007.031 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a

7:32b.JOH.007.032 Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi

7:33b.JOH.007.033 Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan

7:34b.JOH.007.034 N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a

7:35b.JOH.007.035 Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay

7:36b.JOH.007.036 L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm

7:37b.JOH.007.037 Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè

7:38b.JOH.007.038 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la

7:39b.JOH.007.039 (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.

7:40b.JOH.007.040 Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la

7:41b.JOH.007.041 Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile

7:42b.JOH.007.042 Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a

7:43b.JOH.007.043 Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi

7:44b.JOH.007.044 Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li

7:45b.JOH.007.045 Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou

7:46b.JOH.007.046 Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a

7:47b.JOH.007.047 Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou

7:48b.JOH.007.048 Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li

7:49b.JOH.007.049 Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon

7:50b.JOH.007.050 Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa

7:51b.JOH.007.051 Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè

7:52b.JOH.007.052 Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile

7:53b.JOH.007.053 Apre sa, tout moun al lakay yo

8

8:1b.JOH.008.001 Jezi menm ale mòn Oliv

8:2b.JOH.008.002 Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay

8:3b.JOH.008.003 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo

8:4b.JOH.008.004 epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè

8:5b.JOH.008.005 Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa

8:6b.JOH.008.006 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a

8:7b.JOH.008.007 Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la

8:8b.JOH.008.008 Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò

8:9b.JOH.008.009 Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'

8:10b.JOH.008.010 Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou

8:11b.JOH.008.011 Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò

8:12b.JOH.008.012 Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa

8:13b.JOH.008.013 Farizyen yo di li: Apa w'ap pale tèt pa ou byen? Sa w'ap di la a pa gen valè

8:14b.JOH.008.014 Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m' soti, mwen konnen ki bò m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m' soti, ni ki bò m' prale

8:15b.JOH.008.015 Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pesonn

8:16b.JOH.008.016 Mentou, si yon lè mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avèk mwen

8:17b.JOH.008.017 Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre

8:18b.JOH.008.018 Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou

8:19b.JOH.008.019 Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou

8:20b.JOH.008.020 Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pesonn pa t' mete men sou li, paske lè l' pa t' ankò rive

8:21b.JOH.008.021 Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a

8:22b.JOH.008.022 Jwif yo yonn di lòt: Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l' prale a

8:23b.JOH.008.023 Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a

8:24b.JOH.008.024 Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a

8:25b.JOH.008.025 Yo mande li: Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: Sa m' te di nou depi nan konmansman an

8:26b.JOH.008.026 Mwen gen anpil bagay pou m' di sou nou, anpil bagay menm pou m' jije nan nou. Men, moun ki voye m' lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m' pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè

8:27b.JOH.008.027 Yo pa t' konprann se sou Papa a li t'ap pale yo

8:28b.JOH.008.028 Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di

8:29b.JOH.008.029 Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi

8:30b.JOH.008.030 Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li

8:31b.JOH.008.031 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre

8:32b.JOH.008.032 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou

8:33b.JOH.008.033 Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou

8:34b.JOH.008.034 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye

8:35b.JOH.008.035 Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan

8:36b.JOH.008.036 Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon

8:37b.JOH.008.037 Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou

8:38b.JOH.008.038 M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè

8:39b.JOH.008.039 Yo reponn li: Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè

8:40b.JOH.008.040 Gade koulye a, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m' li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa

8:41b.JOH.008.041 Men nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè. Yo reponn li: Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye

8:42b.JOH.008.042 Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen

8:43b.JOH.008.043 Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo

8:44b.JOH.008.044 Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye

8:45b.JOH.008.045 Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen

8:46b.JOH.008.046 Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen

8:47b.JOH.008.047 Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute

8:48b.JOH.008.048 Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lè n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou

8:49b.JOH.008.049 Jezi di yo: Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fè respe Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen

8:50b.JOH.008.050 Mwen p'ap chache lwanj pou tèt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l' pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou

8:51b.JOH.008.051 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri

8:52b.JOH.008.052 Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri

8:53b.JOH.008.053 Abraram ki Abraram zansèt nou, li mouri. Koulye a, ou prèt pou di nou ou pi gran pase li? Pwofèt ki pwofèt yo mouri. Sa ou konprann ou ye menm

8:54b.JOH.008.054 Jezi reponn yo: Si m' t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m', moun nou pretann di ki Bondye nou an

8:55b.JOH.008.055 Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m' ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l' epi m'ap fè tou sa li di m' fè

8:56b.JOH.008.056 Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m' lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l' kontan nèt

8:57b.JOH.008.057 Jwif yo di li: Ou poko gen senkantan, epi w'ap di ou te wè Abraram

8:58b.JOH.008.058 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja

8:59b.JOH.008.059 Lè sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l' yon kote epi li soti nan tanp lan

9

9:1b.JOH.009.001 Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt

9:2b.JOH.009.002 Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa

9:3b.JOH.009.003 Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li

9:4b.JOH.009.004 Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay

9:5b.JOH.009.005 Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè

9:6b.JOH.009.006 Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a

9:7b.JOH.009.007 Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo

9:8b.JOH.009.008 Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l' ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a

9:9b.JOH.009.009 Gen moun ki t'ap di: Se li menm wi. Gen lòt ki t'ap di tou: Non. Se pa li. Men, li sanble l' anpil. Lè sa a nonm lan di yo: Se mwen menm menm

9:10b.JOH.009.010 Yo mande li: Ki jan ou fè wè nan je ou yo

9:11b.JOH.009.011 Li reponn yo: Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m' ak labou a, epi li di m' al lave figi m' nan basen Siloe a. m' ale. Lè m' fin lave figi m', mwen wè m' wè

9:12b.JOH.009.012 Yo mande li: Kote nonm sa a? Li reponn yo: Mwen pa konnen non

9:13b.JOH.009.013 Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l' bay farizyen yo

9:14b.JOH.009.014 Se te yon jou repo Jezi te fè labou a pou louvri je l' yo

9:15b.JOH.009.015 Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sak te pase ki te fè l' ka wè koulye a. Li di yo: Li mete ti kras labou sou je m' yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, koulye a mwen wè

9:16b.JOH.009.016 Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo

9:17b.JOH.009.017 Farizyen yo mande nonm ki te avèg la: Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye? Li reponn: Se yon pwofèt li ye

9:18b.JOH.009.018 Men, jwif yo pa t' vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l' ak manman l' pou poze yo kekzyon

9:19b.JOH.009.019 Yo mande yo: Eske nonm sa a se pitit gason nou an vre? Eske se vre li te fèt avèg? Sak pase l' ki fè li wè koulye a

9:20b.JOH.009.020 Papa a ak manman an reponn yo: Nou konnen se pitit gason nou li ye, li te fèt avèg

9:21b.JOH.009.021 Men, nou pa konnen sak pase l' ki fè l' wè koulye a. Nou pa konnen tou ki moun ki louvri je li. Nou mèt mande li. li ase gran konsa. Li ka reponn li menm

9:22b.JOH.009.022 Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la

9:23b.JOH.009.023 Se poutèt sa papa l' ak manman l' te di: li ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li

9:24b.JOH.009.024 Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal

9:25b.JOH.009.025 Li reponn yo: Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, koulye a mwen wè

9:26b.JOH.009.026 Yo mande li: Men, kisa l' te fè? Ki jan l' te fè pou louvri je ou yo

9:27b.JOH.009.027 Li reponn yo: Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m' redi l' ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li

9:28b.JOH.009.028 Yo joure l', yo di l' konsa: Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz

9:29b.JOH.009.029 Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l' soti

9:30b.JOH.009.030 Nonm lan reponn yo: Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l' soti? Epi, se li menm ki louvri je m' yo

9:31b.JOH.009.031 Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li

9:32b.JOH.009.032 Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè

9:33b.JOH.009.033 Si nonm sa a pa t' soti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen

9:34b.JOH.009.034 Yo reponn li: Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson koulye a? Epi yo mete l' deyò nan sinagòg la

9:35b.JOH.009.035 Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a

9:36b.JOH.009.036 Nonm lan reponn li: Mèt, di m' ki moun li ye pou m' ka kwè nan li

9:37b.JOH.009.037 Jezi reponn li: Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi

9:38b.JOH.009.038 Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi

9:39b.JOH.009.039 Lè sa a, Jezi di: Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg

9:40b.JOH.009.040 Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l': Eske nou menm tou, nou avèg

9:41b.JOH.009.041 Jezi reponn yo: Si nou te avèg, nou pa ta koupab. Men, n'ap plede di nou wè, nou wè. Se poutèt sa nou antò toujou

10

10:1b.JOH.010.001 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè

10:2b.JOH.010.002 Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye

10:3b.JOH.010.003 Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò

10:4b.JOH.010.004 Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li

10:5b.JOH.010.005 Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li

10:6b.JOH.010.006 Jezi di yo parabòl sa a, men yo pa t' konprann sa l' te vle di yo

10:7b.JOH.010.007 Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo

10:8b.JOH.010.008 Tout moun ki te vin anvan m' yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t' koute yo

10:9b.JOH.010.009 Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje

10:10b.JOH.010.010 Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite

10:11b.JOH.010.011 Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo

10:12b.JOH.010.012 Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo

10:13b.JOH.010.013 Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo

10:14b.JOH.010.014 -(we vèsè pwochen

10:15b.JOH.010.015 Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen

10:16b.JOH.010.016 Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò

10:17b.JOH.010.017 Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò

10:18b.JOH.010.018 Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè

10:19b.JOH.010.019 Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo

10:20b.JOH.010.020 Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè

10:21b.JOH.010.021 Gen lòt ki t'ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg

10:22b.JOH.010.022 Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm

10:23b.JOH.010.023 Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan

10:24b.JOH.010.024 Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare

10:25b.JOH.010.025 Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen

10:26b.JOH.010.026 Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo

10:27b.JOH.010.027 Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen

10:28b.JOH.010.028 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen

10:29b.JOH.010.029 Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a

10:30b.JOH.010.030 Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl

10:31b.JOH.010.031 Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li

10:32b.JOH.010.032 Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la

10:33b.JOH.010.033 Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye

10:34b.JOH.010.034 Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye

10:35b.JOH.010.035 Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye

10:36b.JOH.010.036 Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye

10:37b.JOH.010.037 Si m' pa fè travay Papa m' ban m' fè a, nou pa bezwen kwè mwen

10:38b.JOH.010.038 Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a

10:39b.JOH.010.039 Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l', men li chape anba men yo

10:40b.JOH.010.040 Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la

10:41b.JOH.010.041 Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: Jan pa t' fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi

10:42b.JOH.010.042 Anpil moun la te kwè nan Jezi

11

11:1b.JOH.011.001 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la

11:2b.JOH.011.002 (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.

11:3b.JOH.011.003 De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad

11:4b.JOH.011.004 Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a

11:5b.JOH.011.005 Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza

11:6b.JOH.011.006 Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a

11:7b.JOH.011.007 Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide

11:8b.JOH.011.008 Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò

11:9b.JOH.011.009 Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a

11:10b.JOH.011.010 Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li

11:11b.JOH.011.011 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li

11:12b.JOH.011.012 Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri

11:13b.JOH.011.013 Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè

11:14b.JOH.011.014 Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri

11:15b.JOH.011.015 Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li

11:16b.JOH.011.016 Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li

11:17b.JOH.011.017 Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou

11:18b.JOH.011.018 Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis

11:19b.JOH.011.019 Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a

11:20b.JOH.011.020 Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la

11:21b.JOH.011.021 Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non

11:22b.JOH.011.022 Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li

11:23b.JOH.011.023 Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò

11:24b.JOH.011.024 Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve

11:25b.JOH.011.025 Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri

11:26b.JOH.011.026 Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa

11:27b.JOH.011.027 Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a

11:28b.JOH.011.028 Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li

11:29b.JOH.011.029 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi

11:30b.JOH.011.030 (Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.

11:31b.JOH.011.031 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a

11:32b.JOH.011.032 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri

11:33b.JOH.011.033 Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann

11:34b.JOH.011.034 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non

11:35b.JOH.011.035 Jezi kriye

11:36b.JOH.011.036 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non

11:37b.JOH.011.037 Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri

11:38b.JOH.011.038 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li

11:39b.JOH.011.039 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a

11:40b.JOH.011.040 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye

11:41b.JOH.011.041 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen

11:42b.JOH.011.042 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen

11:43b.JOH.011.043 Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò

11:44b.JOH.011.044 Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale

11:45b.JOH.011.045 Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li

11:46b.JOH.011.046 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè

11:47b.JOH.011.047 Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak

11:48b.JOH.011.048 Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an

11:49b.JOH.011.049 Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen

11:50b.JOH.011.050 Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove

11:51b.JOH.011.051 (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a

11:52b.JOH.011.052 Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.

11:53b.JOH.011.053 Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi

11:54b.JOH.011.054 Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l' yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo

11:55b.JOH.011.055 Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye

11:56b.JOH.011.056 Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la

11:57b.JOH.011.057 Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fè yo konnen pou yo ka arete li

12

12:1b.JOH.012.001 Sis jou anvan fèt Delivrans jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te fè leve soti vivan nan lanmò a

12:2b.JOH.012.002 Antan l' te la, yo ofri l' manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi

12:3b.JOH.012.003 Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a

12:4b.JOH.012.004 Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa

12:5b.JOH.012.005 Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a

12:6b.JOH.012.006 Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li

12:7b.JOH.012.007 Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a

12:8b.JOH.012.008 Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan

12:9b.JOH.012.009 Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y' ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve soti vivan nan lanmò a

12:10b.JOH.012.010 Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou

12:11b.JOH.012.011 paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi

12:12b.JOH.012.012 Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm

12:13b.JOH.012.013 Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la

12:14b.JOH.012.014 Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la

12:15b.JOH.012.015 Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik

12:16b.JOH.012.016 Disip yo pa t' konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li

12:17b.JOH.012.017 Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l' te rele Laza pou l' te fè l' soti nan kavo a, lè l' te fè l' leve soti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè

12:18b.JOH.012.018 Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li

12:19b.JOH.012.019 Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li

12:20b.JOH.012.020 Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la

12:21b.JOH.012.021 Y' al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l' konsa: Msye, nou ta renmen wè Jezi

12:22b.JOH.012.022 Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa

12:23b.JOH.012.023 Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a

12:24b.JOH.012.024 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn

12:25b.JOH.012.025 Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an

12:26b.JOH.012.026 Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen

12:27b.JOH.012.027 Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a

12:28b.JOH.012.028 Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò

12:29b.JOH.012.029 Foul moun ki te la yo tande vwa a. Yo t'ap di: Se yon kout loraj! Gen lòt ki t'ap di: Se yon zanj Bondye ki pale avèk li

12:30b.JOH.012.030 Men, Jezi di yo: Se pa pou mwen non vwa a pale, se pou nou menm pou nou ka tande

12:31b.JOH.012.031 Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò

12:32b.JOH.012.032 Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen

12:33b.JOH.012.033 (Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.

12:34b.JOH.012.034 Foul moun yo reponn li: Nan Liv lalwa nou an, nou wè Kris la gen pou l' viv pou tout tan. Ki jan ou ka di se pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a anlè? Kilès ki Moun Bondye voye nan lachè a

12:35b.JOH.012.035 Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale

12:36b.JOH.012.036 Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l' lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l', li al kache byen lwen

12:37b.JOH.012.037 Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li

12:38b.JOH.012.038 Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a

12:39b.JOH.012.039 Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò

12:40b.JOH.012.040 Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo

12:41b.JOH.012.041 Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li

12:42b.JOH.012.042 Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la

12:43b.JOH.012.043 Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye

12:44b.JOH.012.044 Jezi pale byen fò, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m' lan tou

12:45b.JOH.012.045 Moun ki wè m', li wè moun ki voye m' lan tou

12:46b.JOH.012.046 Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa

12:47b.JOH.012.047 Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l' pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo

12:48b.JOH.012.048 Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive

12:49b.JOH.012.049 Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale

12:50b.JOH.012.050 Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l' yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sak fè sa m'ap di a, m'ap di l' jan Papa m' te ban m' lòd la

13

13:1b.JOH.013.001 Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale

13:2b.JOH.013.002 Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi

13:3b.JOH.013.003 Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay

13:4b.JOH.013.004 Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li

13:5b.JOH.013.005 Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan

13:6b.JOH.013.006 Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen

13:7b.JOH.013.007 Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita

13:8b.JOH.013.008 Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò

13:9b.JOH.013.009 Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tèt mwen

13:10b.JOH.013.010 Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l' pwòp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp

13:11b.JOH.013.011 (Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.

13:12b.JOH.013.012 Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a

13:13b.JOH.013.013 Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre

13:14b.JOH.013.014 Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt

13:15b.JOH.013.015 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an

13:16b.JOH.013.016 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la

13:17b.JOH.013.017 Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou

13:18b.JOH.013.018 Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen

13:19b.JOH.013.019 M'ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a

13:20b.JOH.013.020 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan

13:21b.JOH.013.021 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen

13:22b.JOH.013.022 Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale

13:23b.JOH.013.023 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li

13:24b.JOH.013.024 Simon Pyè fè l' siy pou l' mande Jezi ki moun li t'ap pale

13:25b.JOH.013.025 Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: Seyè, kilès sa a

13:26b.JOH.013.026 Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la

13:27b.JOH.013.027 Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit

13:28b.JOH.013.028 (Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa

13:29b.JOH.013.029 Anpil te fè lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l' bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.

13:30b.JOH.013.030 Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fè nwa deyò a

13:31b.JOH.013.031 Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li

13:32b.JOH.013.032 Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa

13:33b.JOH.013.033 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a

13:34b.JOH.013.034 Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an

13:35b.JOH.013.035 Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye

13:36b.JOH.013.036 Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita

13:37b.JOH.013.037 Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou

13:38b.JOH.013.038 Jezi reponn li: Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gen tan di ou pa janm konnen m' an twa fwa

14

14:1b.JOH.014.001 Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou

14:2b.JOH.014.002 Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa

14:3b.JOH.014.003 Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou

14:4b.JOH.014.004 Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a

14:5b.JOH.014.005 Toma di li: Seyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n' pran an

14:6b.JOH.014.006 Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen

14:7b.JOH.014.007 Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou

14:8b.JOH.014.008 Filip di l' konsa: Seyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen

14:9b.JOH.014.009 Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a

14:10b.JOH.014.010 Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li

14:11b.JOH.014.011 Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a

14:12b.JOH.014.012 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a

14:13b.JOH.014.013 Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a

14:14b.JOH.014.014 (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.

14:15b.JOH.014.015 Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo

14:16b.JOH.014.016 M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a

14:17b.JOH.014.017 Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou

14:18b.JOH.014.018 Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò

14:19b.JOH.014.019 Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv

14:20b.JOH.014.020 Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou

14:21b.JOH.014.021 Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen

14:22b.JOH.014.022 Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou

14:23b.JOH.014.023 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li

14:24b.JOH.014.024 Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti

14:25b.JOH.014.025 Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou

14:26b.JOH.014.026 Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou

14:27b.JOH.014.027 M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè

14:28b.JOH.014.028 Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen

14:29b.JOH.014.029 Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè

14:30b.JOH.014.030 Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen

14:31b.JOH.014.031 Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la

15

15:1b.JOH.015.001 Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an

15:2b.JOH.015.002 Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou

15:3b.JOH.015.003 Nou menm, avèk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fè volonte Bondye

15:4b.JOH.015.004 Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen

15:5b.JOH.015.005 Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen

15:6b.JOH.015.006 Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo

15:7b.JOH.015.007 Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li

15:8b.JOH.015.008 Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye

15:9b.JOH.015.009 Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an

15:10b.JOH.015.010 Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou

15:11b.JOH.015.011 Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale

15:12b.JOH.015.012 Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou

15:13b.JOH.015.013 Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo

15:14b.JOH.015.014 Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fè sa m' mande nou fè

15:15b.JOH.015.015 Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen

15:16b.JOH.015.016 Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen

15:17b.JOH.015.017 Wi, men sa m' mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt

15:18b.JOH.015.018 Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou

15:19b.JOH.015.019 Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò

15:20b.JOH.015.020 Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou

15:21b.JOH.015.021 Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m' lan

15:22b.JOH.015.022 Si m' pa t' vini, si m' pa t' pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo

15:23b.JOH.015.023 Moun ki rayi m', li rayi Papa m' tou

15:24b.JOH.015.024 Si m' pa t' fè bagay okenn lòt moun pa t' janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo wè sa m' fè, yo rayi ni mwen ni Papa mwen

15:25b.JOH.015.025 Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fè yo anyen

15:26b.JOH.015.026 Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen

15:27b.JOH.015.027 Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avè m' depi nan konmansman

16

16:1b.JOH.016.001 Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive

16:2b.JOH.016.002 Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa

16:3b.JOH.016.003 Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm

16:4b.JOH.016.004 Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou

16:5b.JOH.016.005 Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale

16:6b.JOH.016.006 Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase

16:7b.JOH.016.007 Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou

16:8b.JOH.016.008 Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye

16:9b.JOH.016.009 Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen

16:10b.JOH.016.010 Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò

16:11b.JOH.016.011 Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja

16:12b.JOH.016.012 Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m' di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a

16:13b.JOH.016.013 Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive

16:14b.JOH.016.014 Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo

16:15b.JOH.016.015 Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo

16:16b.JOH.016.016 Talè konsa nou p'ap wè m'; talè konsa n'a wè m' ankò

16:17b.JOH.016.017 Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa n'a wè m' ankò? Sa l' vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a

16:18b.JOH.016.018 Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l' vle di

16:19b.JOH.016.019 Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an

16:20b.JOH.016.020 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan

16:21b.JOH.016.021 Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè

16:22b.JOH.016.022 Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou

16:23b.JOH.016.023 Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li

16:24b.JOH.016.024 Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale

16:25b.JOH.016.025 Mwen di nou tou sa an parabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale an parabòl ak nou ankò, men m'ap pale nou kareman sou Papa a

16:26b.JOH.016.026 Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou

16:27b.JOH.016.027 paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a

16:28b.JOH.016.028 Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m'ap wete kò m' sou latè a, mwen pral jwenn Papa a

16:29b.JOH.016.029 Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl

16:30b.JOH.016.030 Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye

16:31b.JOH.016.031 Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a

16:32b.JOH.016.032 Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen

16:33b.JOH.016.033 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen

17

17:1b.JOH.017.001 Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou

17:2b.JOH.017.002 Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an

17:3b.JOH.017.003 Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri

17:4b.JOH.017.004 Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè

17:5b.JOH.017.005 Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay

17:6b.JOH.017.006 Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou

17:7b.JOH.017.007 Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti

17:8b.JOH.017.008 Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m' vre

17:9b.JOH.017.009 M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye

17:10b.JOH.017.010 Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo

17:11b.JOH.017.011 Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen

17:12b.JOH.017.012 Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre

17:13b.JOH.017.013 Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale

17:14b.JOH.017.014 Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn

17:15b.JOH.017.015 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan

17:16b.JOH.017.016 Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn

17:17b.JOH.017.017 Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a

17:18b.JOH.017.018 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan

17:19b.JOH.017.019 Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a

17:20b.JOH.017.020 Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la

17:21b.JOH.017.021 M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen

17:22b.JOH.017.022 Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou

17:23b.JOH.017.023 mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan

17:24b.JOH.017.024 Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay

17:25b.JOH.017.025 O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen

17:26b.JOH.017.026 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou

18

18:1b.JOH.018.001 Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo

18:2b.JOH.018.002 Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo

18:3b.JOH.018.003 Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen

18:4b.JOH.018.004 Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache

18:5b.JOH.018.005 Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo

18:6b.JOH.018.006 Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè

18:7b.JOH.018.007 Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la

18:8b.JOH.018.008 Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo

18:9b.JOH.018.009 Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi

18:10b.JOH.018.010 Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.

18:11b.JOH.018.011 Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a

18:12b.JOH.018.012 Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li

18:13b.JOH.018.013 Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a

18:14b.JOH.018.014 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la

18:15b.JOH.018.015 Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la

18:16b.JOH.018.016 Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre

18:17b.JOH.018.017 Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a

18:18b.JOH.018.018 Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou

18:19b.JOH.018.019 Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo

18:20b.JOH.018.020 Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt

18:21b.JOH.018.021 Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di

18:22b.JOH.018.022 Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la

18:23b.JOH.018.023 Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen

18:24b.JOH.018.024 Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la

18:25b.JOH.018.025 Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a

18:26b.JOH.018.026 Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li

18:27b.JOH.018.027 Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante

18:28b.JOH.018.028 Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan

18:29b.JOH.018.029 Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè

18:30b.JOH.018.030 Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou

18:31b.JOH.018.031 Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn

18:32b.JOH.018.032 Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre

18:33b.JOH.018.033 Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye

18:34b.JOH.018.034 Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa

18:35b.JOH.018.035 Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè

18:36b.JOH.018.036 Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè

18:37b.JOH.018.037 Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen

18:38b.JOH.018.038 Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a

18:39b.JOH.018.039 Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou

18:40b.JOH.018.040 Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi

19

19:1b.JOH.019.001 Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat

19:2b.JOH.019.002 Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li

19:3b.JOH.019.003 Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li

19:4b.JOH.019.004 Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a

19:5b.JOH.019.005 Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan

19:6b.JOH.019.006 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm

19:7b.JOH.019.007 Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye

19:8b.JOH.019.008 Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou

19:9b.JOH.019.009 Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li

19:10b.JOH.019.010 Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa

19:11b.JOH.019.011 Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou

19:12b.JOH.019.012 Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye

19:13b.JOH.019.013 Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata)

19:14b.JOH.019.014 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an

19:15b.JOH.019.015 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza

19:16b.JOH.019.016 Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale

19:17b.JOH.019.017 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota)

19:18b.JOH.019.018 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo

19:19b.JOH.019.019 Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo

19:20b.JOH.019.020 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk

19:21b.JOH.019.021 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye

19:22b.JOH.019.022 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt

19:23b.JOH.019.023 Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a

19:24b.JOH.019.024 Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè

19:25b.JOH.019.025 Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a

19:26b.JOH.019.026 Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou

19:27b.JOH.019.027 Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li

19:28b.JOH.019.028 Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf

19:29b.JOH.019.029 Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi

19:30b.JOH.019.030 Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri

19:31b.JOH.019.031 Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo

19:32b.JOH.019.032 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou

19:33b.JOH.019.033 Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo

19:34b.JOH.019.034 Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a

19:35b.JOH.019.035 Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè

19:36b.JOH.019.036 Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li

19:37b.JOH.019.037 Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a

19:38b.JOH.019.038 Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale

19:39b.JOH.019.039 Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil

19:40b.JOH.019.040 Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun

19:41b.JOH.019.041 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li

19:42b.JOH.019.042 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a

20

20:1b.JOH.020.001 Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t' ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a

20:2b.JOH.020.002 Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li

20:3b.JOH.020.003 Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y' al nan kavo a

20:4b.JOH.020.004 Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la t'ap kouri pi vit pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li

20:5b.JOH.020.005 Li bese pou l' gade anndan an. Li wè bann twal fin yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre

20:6b.JOH.020.006 Lè Simon Pyè rive dèyè l', li antre nan kavo a. Li wè bann twal fin yo anpile atè

20:7b.JOH.020.007 ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pa t' menm kote ak bann twal fin yo. Li te vlope apa yon lòt kote

20:8b.JOH.020.008 Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè

20:9b.JOH.020.009 (Disip yo pa t' ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l' te leve soti vivan pami mò yo.

20:10b.JOH.020.010 Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo

20:11b.JOH.020.011 Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l' t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l' gade anndan kavo a

20:12b.JOH.020.012 Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo

20:13b.JOH.020.013 Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li

20:14b.JOH.020.014 Lè l' fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekonèt si se te Jezi

20:15b.JOH.020.015 Jezi mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l', di m' ki bò ou mete li. M'a v al pran li

20:16b.JOH.020.016 Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt)

20:17b.JOH.020.017 Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou

20:18b.JOH.020.018 Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wè Seyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li

20:19b.JOH.020.019 Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout

20:20b.JOH.020.020 Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l' ak bò kòt li. Disip yo pa t' manke kontan lè yo wè Seyè a

20:21b.JOH.020.021 Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou

20:22b.JOH.020.022 Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri

20:23b.JOH.020.023 Moun n'a padone peche yo, y'a resevwa padon vre. Moun n'a refize padone, yo p'ap resevwa padon

20:24b.JOH.020.024 Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pa t' la avèk yo lè Jezi te vini an

20:25b.JOH.020.025 Lòt disip yo di li: Nou wè Seyè a. Men, Toma reponn yo: Si m' pa wè mak klou yo nan pla men l', si m' pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m' pa mete men m' nan bò kòt li, mwen p'ap kwè

20:26b.JOH.020.026 Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout

20:27b.JOH.020.027 Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande

20:28b.JOH.020.028 Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen

20:29b.JOH.020.029 Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m' kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen

20:30b.JOH.020.030 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a

20:31b.JOH.020.031 Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li

21

21:1b.JOH.021.001 Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase

21:2b.JOH.021.002 Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo

21:3b.JOH.021.003 Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen

21:4b.JOH.021.004 Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm

21:5b.JOH.021.005 Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen

21:6b.JOH.021.006 Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason

21:7b.JOH.021.007 Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a

21:8b.JOH.021.008 Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa

21:9b.JOH.021.009 Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou

21:10b.JOH.021.010 Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo

21:11b.JOH.021.011 Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire

21:12b.JOH.021.012 Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a

21:13b.JOH.021.013 Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou

21:14b.JOH.021.014 Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò

21:15b.JOH.021.015 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo

21:16b.JOH.021.016 Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo

21:17b.JOH.021.017 Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo

21:18b.JOH.021.018 Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale

21:19b.JOH.021.019 (Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen

21:20b.JOH.021.020 Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la

21:21b.JOH.021.021 Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li

21:22b.JOH.021.022 Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen

21:23b.JOH.021.023 Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou

21:24b.JOH.021.024 Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite

21:25b.JOH.021.025 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. John (Creole). John (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9092-F