Habakkuk (Creole)

Habakkuk (Creole)

1

1:1b.HAB.001.001 Men mesaj Bondye te bay pwofèt Abakouk nan yon vizyon

1:2b.HAB.001.002 Seyè! Konbe tan ankò pou m' pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m'? Konbe tan ankò pou m' pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo

1:3b.HAB.001.003 Poukisa w'ap fè m' wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo? Se piyay ak mechanste ase ki devan je m'! Toupatou se goumen, se kont

1:4b.HAB.001.004 Lalwa a la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan yo ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè

1:5b.HAB.001.005 Seyè a pale ak pèp li a, li di: -Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon travay devan je nou. Si se moun ki ta vin di nou sa, nou pa ta kwè

1:6b.HAB.001.006 M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo

1:7b.HAB.001.007 Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pesonn. Yo pa pran lòd nan men pesonn. Yo fè sa yo pi pito

1:8b.HAB.001.008 Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul

1:9b.HAB.001.009 Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè

1:10b.HAB.001.010 Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo

1:11b.HAB.001.011 Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y' al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè

1:12b.HAB.001.012 Seyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m', Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Seyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m'! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou

1:13b.HAB.001.013 Ou twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di anyen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo

1:14b.HAB.001.014 Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt

1:15b.HAB.001.015 Moun Babilòn yo pran moun nan zen tankou pwason. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini, yo kontan, y'ap fè fèt

1:16b.HAB.001.016 Se sak fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje

1:17b.HAB.001.017 Eske yo pral toujou sèvi ak nepe yo san rete, pou yo touye moun lòt nasyon san yo pa gen pitye pou yo

2

2:1b.HAB.002.001 Mwen moute sou fò a pou m' veye. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a, m'ap tann pou m' wè sa Seyè a pral di m', ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen plenyen ba li a

2:2b.HAB.002.002 Men repons Seyè a ban mwen. Li di m' konsa: -Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave l' byen grave sou wòch plat pou moun ka li l' fasil

2:3b.HAB.002.003 Ekri l' paske se poko lè pou sa m' pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l' rive. Li gen pou l' rive vre. Si li pran reta pou l' rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l' rive lè pou l' rive a

2:4b.HAB.002.004 Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p'ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye

2:5b.HAB.002.005 Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo

2:6b.HAB.002.006 Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li

2:7b.HAB.002.007 Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen

2:8b.HAB.002.008 Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou

2:9b.HAB.002.009 Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo

2:10b.HAB.002.010 Se wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal

2:11b.HAB.002.011 Ata wòch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travès kay yo ap fè menm bagay la tou

2:12b.HAB.002.012 Madichon pou moun k'ap touye moun, k'ap fè lenjistis pou bati lavil yo

2:13b.HAB.002.013 Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa

2:14b.HAB.002.014 Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a

2:15b.HAB.002.015 Madichon pou moun k'ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun

2:16b.HAB.002.016 Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito

2:17b.HAB.002.017 Yo te koupe tout gwo rakbwa peyi Liban an. Koulye a, se yo yo pral koupe voye jete. Yo te touye tout bèt li yo. Koulye a, bèt li yo pral fè yo kouri al kache. Tou sa pral rive yo paske yo te touye anpil moun, yo te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ladan yo pase anpil mati anba men yo

2:18b.HAB.002.018 Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo

2:19b.HAB.002.019 Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l': Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l': Kanpe non! Eske bout bwa ak moso ròch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi

2:20b.HAB.002.020 Seyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li

3

3:1b.HAB.003.001 Men lapriyè pwofèt Abakouk te fè pou li plenyen sò li bay Bondye

3:2b.HAB.003.002 -Seyè! Mwen tande tou sa ou te di. M' sezi, m'ap tranble nan tout kò m'. Seyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, koulye a, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou

3:3b.HAB.003.003 Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè

3:4b.HAB.003.004 Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li

3:5b.HAB.003.005 Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'

3:6b.HAB.003.006 Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'

3:7b.HAB.003.007 Mwen wè moun peyi Letiopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè

3:8b.HAB.003.008 Eske se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Seyè? Eske se sou lanmè a ou fache? Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa, kifè ou moute sou nwaj yo tankou sou chwal ou, tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a

3:9b.HAB.003.009 Ou kenbe banza ou tou pare nan men ou. Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen. Zèklè ou yo fann tè a louvri

3:10b.HAB.003.010 Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo

3:11b.HAB.003.011 Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò

3:12b.HAB.003.012 Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou

3:13b.HAB.003.013 Ou soti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt

3:14b.HAB.003.014 Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a

3:15b.HAB.003.015 Ou foule lanmè a anba pye chwal ou yo. Ou fè dlo lanmè a kimen

3:16b.HAB.003.016 Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo

3:17b.HAB.003.017 Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo

3:18b.HAB.003.018 mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan

3:19b.HAB.003.019 Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Habakkuk (Creole). Habakkuk (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-907A-C