Jonah (Creole)
1
1:1b.JON.001.001 Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a
1:2b.JON.001.002 li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen
1:3b.JON.001.003 Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a
1:4b.JON.001.004 Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule
1:5b.JON.001.005 Marin yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l' te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l'. Dòmi pote l' ale
1:6b.JON.001.006 Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri
1:7b.JON.001.007 Apre sa, marin yo yon di lòt: -Ann tire osò pou n' konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki soti
1:8b.JON.001.008 Epi yo di l': -Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou soti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou
1:9b.JON.001.009 Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a
1:10b.JON.001.010 Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Seyè a. Marin yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l' konsa: -Sa ou fè konsa, monchè
1:11b.JON.001.011 Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l': -Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal
1:12b.JON.001.012 Jonas reponn yo: -Pran m', lage m' nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a
1:13b.JON.001.013 Marin yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pa t' kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou
1:14b.JON.001.014 Lè yo wè sa, yo rele nan pye Seyè a, yo lapriyè l' konsa: -O Seyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon moun ki inonsan. Paske, se ou menm, Seyè, ki vle l' konsa
1:15b.JON.001.015 Epi yo pran Jonas, yo lage l' nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt
1:16b.JON.001.016 Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'
1:17b.JON.001.017 Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an
2
2:1b.JON.002.001 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di
2:2b.JON.002.002 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen
2:3b.JON.002.003 Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen
2:4b.JON.002.004 Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò
2:5b.JON.002.005 Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen
2:6b.JON.002.006 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò
2:7b.JON.002.007 Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'
2:8b.JON.002.008 Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a
2:9b.JON.002.009 Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou
2:10b.JON.002.010 Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a
3
3:1b.JON.003.001 Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas
3:2b.JON.003.002 li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a
3:3b.JON.003.003 Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la
3:4b.JON.003.004 Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt
3:5b.JON.003.005 Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè
3:6b.JON.003.006 Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife
3:7b.JON.003.007 Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè
3:8b.JON.003.008 Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo
3:9b.JON.003.009 Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri
3:10b.JON.003.010 Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a
4
4:1b.JON.004.001 Jonas pa t' kontan menm lè li wè sa, sa te fè l' fache anpil
4:2b.JON.004.002 Li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: -Aa Seyè! Men sa m' t'ap di a wi, lè m' te nan peyi m' lan. Se sa menm wi, mwen pa t' vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo
4:3b.JON.004.003 Koulye a, Seyè, ou mèt tou touye m' fini ak sa. M' pito mouri pase pou m' viv pou m' wè bagay sa a devan je m'
4:4b.JON.004.004 Seyè a reponn li: -Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa
4:5b.JON.004.005 Jonas kite lavil la, li ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonèl, li chita nan lonbraj anba tonèl la, l'ap tann pou l' wè sa ki pral rive nan lavil la
4:6b.JON.004.006 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l' rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbraj sou tèt li, pou li ka santi l' pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a
4:7b.JON.004.007 Men, nan denmen maten, anvan bajou kase, Bondye fè yon mawoka pike pye masketi a. Pye masketi a mouri
4:8b.JON.004.008 Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa
4:9b.JON.004.009 Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri
4:10b.JON.004.010 Lè sa a, Seyè a reponn li: -An! Ou pran lapenn pou yon ti pye masketi ki pa koute ou anyen. Se pa ou ki te fè l' grandi. Li pran yon sèl nwit pou l' grandi. Apre yon sèl jou, li mouri
4:11b.JON.004.011 Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil (120.000) timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt
- Holder of rights
- Multilingual Bible Corpus
- Citation Suggestion for this Object
- TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Jonah (Creole). Jonah (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9071-5