Lamentations (Creole)

Lamentations (Creole)

1

1:1b.LAM.001.001 Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav

1:2b.LAM.001.002 Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l' san rete. Nan tout moun ki te renmen l' yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l'. Tout zanmi l' yo trayi l', yo tout fè l' lènmi koulye a

1:3b.LAM.001.003 Yo depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo. Y'ap kraze yo anba travay di. Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi. Yo pa gen kote pou yo poze kò yo. Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou! Pa gen chape pou yo

1:4b.LAM.001.004 Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pesonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren

1:5b.LAM.001.005 Lènmi l' yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l' yo gen lapè avè l'. Seyè a ap fè l' soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo

1:6b.LAM.001.006 Lavil Jerizalèm pèdi tout prestij li. Chèf li yo tankou kabrit mawon ki pa jwenn zèb pou yo manje. Yo pa gen fòs pou yo kouri chape dèvan moun ki dèyè yo

1:7b.LAM.001.007 Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pesonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l' yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l'

1:8b.LAM.001.008 Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont

1:9b.LAM.001.009 Malpwòpte te sou tout rad li, men li pa t' fè lide kote sa t'ap mennen l'. Li tonbe plat atè. Pesonn pa vin konsole li. Bondye papa m', gade nan ki mizè mwen ye non! Lènmi m' yo mete pye sou kou mwen

1:10b.LAM.001.010 Lènmi l' yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a

1:11b.LAM.001.011 Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz

1:12b.LAM.001.012 Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'

1:13b.LAM.001.013 Li rete anwo, li voye dife sou mwen, yon dife ki boule tout anndan mwen. Li tann pèlen pou mwen, li fè m' tonbe atè, Li kite m' pou kont mwen. San rete m'ap kòde anba soufrans

1:14b.LAM.001.014 Li make tout peche m' yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m'. Yo sitèlman lou, m' pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m' nan men lènmi m' yo. M' pa ka kenbe tèt ak yo

1:15b.LAM.001.015 Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen

1:16b.LAM.001.016 Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò

1:17b.LAM.001.017 Mòn Siyon an lonje men l', men, pa gen pesonn pou ba l' kouraj. Seyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l' toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo

1:18b.LAM.001.018 Men, Seyè a gen rezon l' nan pla men l' paske mwen te refize koute l' lè li t'ap pale m'! Nou tout moun ki toupatou, koute m'! Gade jan m'ap soufri! Yo depòte jenn gason ak jenn fi m' yo

1:19b.LAM.001.019 Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs

1:20b.LAM.001.020 Seyè, gade jan kè m' sere non! Mwen boulvèse. Kè m' ap fè m' mal paske mwen te fè wòklò. Nan lari y'ap ansasinen mwen. Anndan kay menm, se pa pale

1:21b.LAM.001.021 Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a

1:22b.LAM.001.022 Jije yo pou mechanste yo. Pini yo menm jan ou pini m' pou peche m' yo. M'ap plenn anpil. Kè m' ap fann

2

2:1b.LAM.002.001 Bondye sèl Mèt la fè kòlè, li voye yon gwo nwaj nwa kouvri lavil Jerizalèm. Tou sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze l' anba pye l'. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye l' la, li pa chonje l'

2:2b.LAM.002.002 Bondye sèl Mèt la te san pitye, li devaste dènye jaden moun fanmi Jakòb yo. Li fè yon sèl kòlè, li kraze tout fò ki te pwoteje peyi Jida a. Li trennen gouvènman an ansanm ak tout chèf yo nan labou. Li fè yo wont

2:3b.LAM.002.003 Nan gwo kòlè li, li kraze tout fòs kouraj pèp Izrayèl la. Li derefize ede nou lè lènmi atake nou. Li move sou nou, li te tankou yon dife k'ap boule dènye bagay alawonn

2:4b.LAM.002.004 Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou

2:5b.LAM.002.005 Tankou yon lènmi, Bondye sèl Mèt la fini ak pèp Izrayèl la. Li kraze dènye gwo kay li yo, li detwi tout fò li yo. Li fè moun peyi Jida yo rete ap plenn sou plenn

2:6b.LAM.002.006 Li fè tanp lan tounen tankou yon jaden vòlò devaste. Li kraze kote li konn gen randevou ak pèp la. Li fè sispann tout jou fèt, tout jou repo sou mòn Siyon an. Li move ata sou wa ak prèt yo. Yo tout pase anba men l'

2:7b.LAM.002.007 Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li

2:8b.LAM.002.008 Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te soti pou l' kraze miray lavil Siyon an. Li fè plan pou lè l' kraze l', li kraze l' nèt. Miray fò yo ak miray ranpa yo tonbe, yo kraze ansanm

2:9b.LAM.002.009 Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pesonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò

2:10b.LAM.002.010 Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese

2:11b.LAM.002.011 Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la

2:12b.LAM.002.012 Y'ap rele manman yo, Y'ap kriye pou pen ak dlo sikre. Yo tonbe san konesans nan lari a tankou moun ki blese, yo mouri nan bra manman yo

2:13b.LAM.002.013 Aa! Jerizalèm, kisa pou m' di ou la a! Ak ki moun pou m' ta konpare sò ou? Ki jan pou m' ankouraje ou? Pesonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pesonn pa ka fè anyen pou ou ankò

2:14b.LAM.002.014 Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou

2:15b.LAM.002.015 Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a

2:16b.LAM.002.016 Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: -Nou fini avè l'! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a

2:17b.LAM.002.017 Seyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini

2:18b.LAM.002.018 Jerizalèm, ou mèt kite miray ou yo rele nan pye Seyè a. Kite dlo koule nan je ou tankou larivyè, lajounen kou lannwit! Pa pran kanpo menm! Pa kite dlo nan je ou cheche

2:19b.LAM.002.019 Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou

2:20b.LAM.002.020 Gade non, Seyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa! Manman ap manje pitit ki sot nan vant yo, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan

2:21b.LAM.002.021 Jenn gason kou granmoun mouri atè nan mitan lari. Jenn tifi yo ak jenn tigason yo mouri nan lagè! Jou ou fè kòlè a, ou touye moun, ou kraze moun san gad dèyè

2:22b.LAM.002.022 Ou fè moun k'ap fè m' pè yo soti toupatou pou yo vin danse, fè fèt sou do m'. Lè Seyè a move, pesonn pa ka chape, tout moun gen pou mouri. Lènmi m' yo touye ata timoun mwen te renmen yo, timoun mwen te elve yo

3

3:1b.LAM.003.001 Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo

3:2b.LAM.003.002 Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'

3:3b.LAM.003.003 Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete

3:4b.LAM.003.004 Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'

3:5b.LAM.003.005 Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon

3:6b.LAM.003.006 Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo

3:7b.LAM.003.007 Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn

3:8b.LAM.003.008 Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'

3:9b.LAM.003.009 Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite

3:10b.LAM.003.010 Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen

3:11b.LAM.003.011 Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'

3:12b.LAM.003.012 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo

3:13b.LAM.003.013 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'

3:14b.LAM.003.014 Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen

3:15b.LAM.003.015 Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou

3:16b.LAM.003.016 Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch

3:17b.LAM.003.017 Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan

3:18b.LAM.003.018 Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye

3:19b.LAM.003.019 Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale

3:20b.LAM.003.020 Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rach

3:21b.LAM.003.021 Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay

3:22b.LAM.003.022 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou

3:23b.LAM.003.023 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li

3:24b.LAM.003.024 Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'

3:25b.LAM.003.025 Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li

3:26b.LAM.003.026 Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou

3:27b.LAM.003.027 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn

3:28b.LAM.003.028 Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen

3:29b.LAM.003.029 Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou

3:30b.LAM.003.030 Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou

3:31b.LAM.003.031 Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt

3:32b.LAM.003.032 Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil

3:33b.LAM.003.033 Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn

3:34b.LAM.003.034 Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton

3:35b.LAM.003.035 lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou

3:36b.LAM.003.036 lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen

3:37b.LAM.003.037 Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt

3:38b.LAM.003.038 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa

3:39b.LAM.003.039 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè

3:40b.LAM.003.040 Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye

3:41b.LAM.003.041 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'

3:42b.LAM.003.042 Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou

3:43b.LAM.003.043 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou

3:44b.LAM.003.044 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou

3:45b.LAM.003.045 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo

3:46b.LAM.003.046 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou

3:47b.LAM.003.047 N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè

3:48b.LAM.003.048 De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an

3:49b.LAM.003.049 Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann

3:50b.LAM.003.050 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè

3:51b.LAM.003.051 Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo

3:52b.LAM.003.052 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran

3:53b.LAM.003.053 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch

3:54b.LAM.003.054 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran

3:55b.LAM.003.055 Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou

3:56b.LAM.003.056 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou

3:57b.LAM.003.057 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè

3:58b.LAM.003.058 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'

3:59b.LAM.003.059 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen

3:60b.LAM.003.060 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'

3:61b.LAM.003.061 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'

3:62b.LAM.003.062 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan

3:63b.LAM.003.063 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'

3:64b.LAM.003.064 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè

3:65b.LAM.003.065 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo

3:66b.LAM.003.066 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè

4

4:1b.LAM.004.001 Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari

4:2b.LAM.004.002 Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men

4:3b.LAM.004.003 Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo

4:4b.LAM.004.004 Lang ti bebe yo kole nan fon bouch yo sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap rele mande manje. Pa gen pesonn pou ba yo anyen

4:5b.LAM.004.005 Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra

4:6b.LAM.004.006 Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li

4:7b.LAM.004.007 Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo

4:8b.LAM.004.008 Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po

4:9b.LAM.004.009 Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje

4:10b.LAM.004.010 Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou

4:11b.LAM.004.011 Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l' ratè

4:12b.LAM.004.012 Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t' vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm

4:13b.LAM.004.013 Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal

4:14b.LAM.004.014 Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pesonn pa gen dwa manyen rad yo

4:15b.LAM.004.015 Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m'! Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo

4:16b.LAM.004.016 Seyè a pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa. Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo

4:17b.LAM.004.017 Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou

4:18b.LAM.004.018 Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen

4:19b.LAM.004.019 Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a

4:20b.LAM.004.020 Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon

4:21b.LAM.004.021 Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari

4:22b.LAM.004.022 Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal

5

5:1b.LAM.005.001 Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye

5:2b.LAM.005.002 Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo

5:3b.LAM.005.003 Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo

5:4b.LAM.005.004 Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule

5:5b.LAM.005.005 N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo

5:6b.LAM.005.006 Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri

5:7b.LAM.005.007 Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè

5:8b.LAM.005.008 Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo

5:9b.LAM.005.009 Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a

5:10b.LAM.005.010 Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife

5:11b.LAM.005.011 Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo

5:12b.LAM.005.012 Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo

5:13b.LAM.005.013 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa

5:14b.LAM.005.014 Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò

5:15b.LAM.005.015 Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou

5:16b.LAM.005.016 Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou

5:17b.LAM.005.017 Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye

5:18b.LAM.005.018 paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la

5:19b.LAM.005.019 Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba

5:20b.LAM.005.020 Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò

5:21b.LAM.005.021 Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non

5:22b.LAM.005.022 Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Lamentations (Creole). Lamentations (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-905C-E