Jeremiah (Creole)

Jeremiah (Creole)

1

1:1b.JER.001.001 Nan liv sa a, nou jwenn sa Jeremi, pitit gason Ilkija a, te di ak sa l' te fè. Li te yonn nan prèt ki te rete lavil Anatòt, nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen an

1:2b.JER.001.002 Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida

1:3b.JER.001.003 Apre sa, Seyè a pale avè l' ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Seyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo

1:4b.JER.001.004 Seyè a pale avè m', li di m' konsa

1:5b.JER.001.005 -Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo

1:6b.JER.001.006 Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale

1:7b.JER.001.007 Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo

1:8b.JER.001.008 Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa

1:9b.JER.001.009 Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou

1:10b.JER.001.010 Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante

1:11b.JER.001.011 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann

1:12b.JER.001.012 Lè sa a, Seyè a di: -Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m' di a rive vre

1:13b.JER.001.013 Apre sa, Seyè a pale avè m' yon lòt fwa ankò, li di m': -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k'ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò

1:14b.JER.001.014 Lè sa a Seyè a fè m' konnen: -Yon gwo malè pral soti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a

1:15b.JER.001.015 Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo

1:16b.JER.001.016 M'a pini moun nan peyi a jan m' te di l' la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y' al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo

1:17b.JER.001.017 Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo

1:18b.JER.001.018 Jòdi a m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a, ak wa l' yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W'ap tankou yon lavil ak gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray fèt an kwiv

1:19b.JER.001.019 Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' delivre ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa

2

2:1b.JER.002.001 Seyè a pale avè m', li di m' konsa

2:2b.JER.002.002 -Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse

2:3b.JER.002.003 Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m' yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

2:4b.JER.002.004 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesaj Seyè a

2:5b.JER.002.005 Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen

2:6b.JER.002.006 Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase

2:7b.JER.002.007 Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l', nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m' degoutans

2:8b.JER.002.008 Prèt yo pa janm mande kote Seyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m' ankò. Chèf yo trayi m'. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo

2:9b.JER.002.009 Se konsa, mwen menm Seyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo

2:10b.JER.002.010 Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa

2:11b.JER.002.011 Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t' bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a

2:12b.JER.002.012 Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l' tranble. Se pou l' rete sezi! Se mwen menm Seyè a ki di sa

2:13b.JER.002.013 Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo

2:14b.JER.002.014 Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa

2:15b.JER.002.015 Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo

2:16b.JER.002.016 Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo

2:17b.JER.002.017 Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an

2:18b.JER.002.018 Koulye a, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat

2:19b.JER.002.019 Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa

2:20b.JER.002.020 Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye

2:21b.JER.002.021 Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M' pa konnen kote ou soti

2:22b.JER.002.022 Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa

2:23b.JER.002.023 Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch

2:24b.JER.002.024 Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li

2:25b.JER.002.025 Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo

2:26b.JER.002.026 Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo

2:27b.JER.002.027 Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou

2:28b.JER.002.028 Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo

2:29b.JER.002.029 Poukisa n'ap plede avè m' konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m'. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

2:30b.JER.002.030 Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo

2:31b.JER.002.031 (Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!32 Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè

2:32b.JER.002.032 [

2:33b.JER.002.033 Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè

2:34b.JER.002.034 Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa

2:35b.JER.002.035 w'ap plede di ou pa antò. Seyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Seyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pa t' dwe fè

2:36b.JER.002.036 Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri

2:37b.JER.002.037 W'a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont. Mwen menm, Seyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p'ap ka fè anyen pou ou

3

3:1b.JER.003.001 Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa

3:2b.JER.003.002 Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo

3:3b.JER.003.003 Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont

3:4b.JER.003.004 Koulye a menm, n'ap vin di m': O wi, se mwen ki papa nou, nou te toujou renmen m' depi lè nou te piti

3:5b.JER.003.005 Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m'. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal

3:6b.JER.003.006 Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye

3:7b.JER.003.007 Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa

3:8b.JER.003.008 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès

3:9b.JER.003.009 Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa

3:10b.JER.003.010 Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

3:11b.JER.003.011 Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'

3:12b.JER.003.012 Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

3:13b.JER.003.013 Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa

3:14b.JER.003.014 Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an

3:15b.JER.003.015 M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou

3:16b.JER.003.016 Apre sa, lè m'a fè n' peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Seyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l' nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt

3:17b.JER.003.017 Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an

3:18b.JER.003.018 Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a

3:19b.JER.003.019 Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò

3:20b.JER.003.020 Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa

3:21b.JER.003.021 Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Seyè a, Bondye yo a

3:22b.JER.003.022 Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou

3:23b.JER.003.023 Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la

3:24b.JER.003.024 Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi

3:25b.JER.003.025 Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè

4

4:1b.JER.004.001 Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje

4:2b.JER.004.002 si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen

4:3b.JER.004.003 Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan

4:4b.JER.004.004 Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'

4:5b.JER.004.005 Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo

4:6b.JER.004.006 Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega

4:7b.JER.004.007 Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo

4:8b.JER.004.008 Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou

4:9b.JER.004.009 Seyè a di konsa: -Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouraj. Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di

4:10b.JER.004.010 Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo

4:11b.JER.004.011 Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn

4:12b.JER.004.012 Men se yon gwo van m'ap fè soti laba a. Koulye a se mwen menm, Seyè a, ki pral ba yo santans yo

4:13b.JER.004.013 Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou

4:14b.JER.004.014 Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou

4:15b.JER.004.015 Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a

4:16b.JER.004.016 Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo

4:17b.JER.004.017 Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa

4:18b.JER.004.018 Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè

4:19b.JER.004.019 Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo

4:20b.JER.004.020 Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo

4:21b.JER.004.021 Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a

4:22b.JER.004.022 Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen

4:23b.JER.004.023 Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè

4:24b.JER.004.024 Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch

4:25b.JER.004.025 Mwen gade, m' pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò

4:26b.JER.004.026 Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil

4:27b.JER.004.027 Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt

4:28b.JER.004.028 Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Seyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l', li p'ap chanje lide

4:29b.JER.004.029 Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò

4:30b.JER.004.030 Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou

4:31b.JER.004.031 Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou

5

5:1b.JER.005.001 Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la

5:2b.JER.005.002 Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun

5:3b.JER.005.003 Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou

5:4b.JER.005.004 Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè

5:5b.JER.005.005 Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito

5:6b.JER.005.006 Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye

5:7b.JER.005.007 Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès

5:8b.JER.005.008 Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo

5:9b.JER.005.009 Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di s

5:10b.JER.005.010 Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye

5:11b.JER.005.011 Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa

5:12b.JER.005.012 Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou

5:13b.JER.005.013 Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l' tonbe

5:14b.JER.005.014 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt

5:15b.JER.005.015 Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di

5:16b.JER.005.016 Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè

5:17b.JER.005.017 Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe

5:18b.JER.005.018 Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt

5:19b.JER.005.019 Lè y'a mande poukisa Seyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou

5:20b.JER.005.020 Seyè a di ankò: -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo. Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen. Di yo konsa

5:21b.JER.005.021 Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande

5:22b.JER.005.022 Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'

5:23b.JER.005.023 Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'

5:24b.JER.005.024 Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne

5:25b.JER.005.025 Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo

5:26b.JER.005.026 Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun

5:27b.JER.005.027 Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa

5:28b.JER.005.028 Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere

5:29b.JER.005.029 Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

5:30b.JER.005.030 Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè

5:31b.JER.005.031 Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini

6

6:1b.JER.006.001 Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou

6:2b.JER.006.002 Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou

6:3b.JER.006.003 Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo

6:4b.JER.006.004 Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l' gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gen tan ap kouche. Konmanse fènwa

6:5b.JER.006.005 Leve non! Ann al atake l' gwo lannwit. Nou pral detwi tout gwo bèl kay li yo

6:6b.JER.006.006 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: -Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti

6:7b.JER.006.007 Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'

6:8b.JER.006.008 Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete

6:9b.JER.006.009 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen

6:10b.JER.006.010 Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande

6:11b.JER.006.011 Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape

6:12b.JER.006.012 Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa

6:13b.JER.006.013 Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan

6:14b.JER.006.014 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache

6:15b.JER.006.015 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

6:16b.JER.006.016 Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa

6:17b.JER.006.017 Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande

6:18b.JER.006.018 Se poutèt sa, Seyè a di ankò: -Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute! Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an

6:19b.JER.006.019 Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a

6:20b.JER.006.020 Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen

6:21b.JER.006.021 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinaj yo pral mouri tou

6:22b.JER.006.022 Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè

6:23b.JER.006.023 Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an

6:24b.JER.006.024 Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche

6:25b.JER.006.025 Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè

6:26b.JER.006.026 Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti

6:27b.JER.006.027 Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo

6:28b.JER.006.028 Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje

6:29b.JER.006.029 Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt

6:30b.JER.006.030 Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete

7

7:1b.JER.007.001 Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa

7:2b.JER.007.002 -Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n' al fè sèvis pou Seyè a, koute sa Seyè a voye di nou

7:3b.JER.007.003 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la

7:4b.JER.007.004 Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la

7:5b.JER.007.005 Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri

7:6b.JER.007.006 Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou

7:7b.JER.007.007 Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan

7:8b.JER.007.008 Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen

7:9b.JER.007.009 Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan

7:10b.JER.007.010 Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè

7:11b.JER.007.011 Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa

7:12b.JER.007.012 Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a

7:13b.JER.007.013 Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn

7:14b.JER.007.014 Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an

7:15b.JER.007.015 M'ap wete nou devan je m', menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen

7:16b.JER.007.016 Seyè a di ankò: -Jeremi monchè, ou pa bezwen lapriyè nan pye m' pou pèp sa a. Ou pa bezwen rele, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Pa vin plede kòz yo bò kote m'. Paske mwen p'ap koute ou

7:17b.JER.007.017 Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm

7:18b.JER.007.018 Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn

7:19b.JER.007.019 Men, se pa mwen y'ap fè mal. Se Seyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont

7:20b.JER.007.020 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen

7:21b.JER.007.021 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout

7:22b.JER.007.022 Lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti peyi Lejip, mwen pa t' ba yo ankenn lòd sou bèt pou yo te boule nan dife pou mwen, ni sou bèt pou yo te touye pou mwen

7:23b.JER.007.023 Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m' lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo

7:24b.JER.007.024 Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal

7:25b.JER.007.025 Depi jou zansèt nou yo te soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou pale ak nou

7:26b.JER.007.026 Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo

7:27b.JER.007.027 Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn

7:28b.JER.007.028 W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Seyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pesonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò

7:29b.JER.007.029 Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete

7:30b.JER.007.030 Moun peyi Jida yo fè sa ki mal devan je m'. Se Seyè a menm ki di sa: Yo pran zidòl yo, yo enstale yo nan kay yo te mete apa pou mwen an. Konsa, li pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò

7:31b.JER.007.031 Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè

7:32b.JER.007.032 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo

7:33b.JER.007.033 Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale

7:34b.JER.007.034 Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l', ou p'ap tande yon moun ap ri. p'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive

8

8:1b.JER.008.001 Men sa Seyè a di ankò: -Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo

8:2b.JER.008.002 Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a

8:3b.JER.008.003 Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa

8:4b.JER.008.004 W'a di yo pou mwen men pawòl ki soti nan bouch Seyè a: Lè yon moun tonbe, èske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l', èske li pa tounen kote l' soti a

8:5b.JER.008.005 Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen

8:6b.JER.008.006 M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo

8:7b.JER.008.007 Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo

8:8b.JER.008.008 Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Seyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l' di sa li pa di

8:9b.JER.008.009 Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a

8:10b.JER.008.010 Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan

8:11b.JER.008.011 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache

8:12b.JER.008.012 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa

8:13b.JER.008.013 Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo

8:14b.JER.008.014 Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n' mouri. Li ban nou pwazon pou n' bwè, paske nou antò devan li

8:15b.JER.008.015 Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè

8:16b.JER.008.016 Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l'. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo

8:17b.JER.008.017 Seyè a di ankò: -Men m'ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p'ap ka chame. Y'ap mòde nou

8:18b.JER.008.018 Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m' ap fann

8:19b.JER.008.019 Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen

8:20b.JER.008.020 Pèp la ap rele: -Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk koulye a

8:21b.JER.008.021 Kè m' ap fann lè m' wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M' pa wè sa pou m' fè ankò! M' dekouraje nèt

8:22b.JER.008.022 Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante

9

9:1b.JER.009.001 Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an

9:2b.JER.009.002 Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye

9:3b.JER.009.003 Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa

9:4b.JER.009.004 Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang

9:5b.JER.009.005 Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste

9:6b.JER.009.006 Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa

9:7b.JER.009.007 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral pase yo nan dife pou m' netwaye yo tankou yo fè l' pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m' bliye m' p'ap fè yo

9:8b.JER.009.008 Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo

9:9b.JER.009.009 Atò pou m' pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Seyè a menm ki di sa

9:10b.JER.009.010 Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale

9:11b.JER.009.011 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo

9:12b.JER.009.012 Mwen mande ki moun gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Seyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l' fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pesonn ladan l' ankò

9:13b.JER.009.013 Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè

9:14b.JER.009.014 Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an

9:15b.JER.009.015 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m' di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè

9:16b.JER.009.016 Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t' janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt

9:17b.JER.009.017 Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini

9:18b.JER.009.018 Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo

9:19b.JER.009.019 Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. -Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo

9:20b.JER.009.020 Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele

9:21b.JER.009.021 Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo

9:22b.JER.009.022 Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo

9:23b.JER.009.023 Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich

9:24b.JER.009.024 Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa

9:25b.JER.009.025 Seyè a di ankò: -Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m' lan sou kò yo, men ki pa konnen m' nan kè yo

9:26b.JER.009.026 moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m' lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m' lan

10

10:1b.JER.010.001 Men, koute sa Seyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo

10:2b.JER.010.002 Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa

10:3b.JER.010.003 Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo

10:4b.JER.010.004 Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe

10:5b.JER.010.005 Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal

10:6b.JER.010.006 Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè

10:7b.JER.010.007 Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou

10:8b.JER.010.008 Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa

10:9b.JER.010.009 Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men

10:10b.JER.010.010 Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte

10:11b.JER.010.011 Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la

10:12b.JER.010.012 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè

10:13b.JER.010.013 Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo

10:14b.JER.010.014 Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo

10:15b.JER.010.015 Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo

10:16b.JER.010.016 Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'

10:17b.JER.010.017 Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou

10:18b.JER.010.018 Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape

10:19b.JER.010.019 Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte

10:20b.JER.010.020 Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo

10:21b.JER.010.021 Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t' kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad

10:22b.JER.010.022 Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete

10:23b.JER.010.023 Seyè, mwen konnen pesonn pa mèt tèt yo, pesonn pa ka kontwole kote yo prale

10:24b.JER.010.024 Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'

10:25b.JER.010.025 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a

11

11:1b.JER.011.001 Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa

11:2b.JER.011.002 -Koute kondisyon nou te pase nan kontra a. W'a pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo

11:3b.JER.011.003 W'a di yo men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a

11:4b.JER.011.004 Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou

11:5b.JER.011.005 Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè

11:6b.JER.011.006 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l'

11:7b.JER.011.007 Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo

11:8b.JER.011.008 Men yo pa tande, zòrèy yo bouche. Mwen te mande yo pou yo te fè tou sa mwen te ba yo lòd fè nan kontra a, men yo derefize. Se konsa mwen pini yo jan m' te di yo sa nan kontra a

11:9b.JER.011.009 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Moun Jida ak moun lavil Jerizalèm moute konplo sou do mwen

11:10b.JER.011.010 Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m' t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a

11:11b.JER.011.011 Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo

11:12b.JER.011.012 Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo

11:13b.JER.011.013 Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la

11:14b.JER.011.014 Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo

11:15b.JER.011.015 Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo

11:16b.JER.011.016 Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo

11:17b.JER.011.017 Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal

11:18b.JER.011.018 Seyè a fè m' konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m' wè jan yo t'ap manniganse sou do m' pou yo pran m'

11:19b.JER.011.019 Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò

11:20b.JER.011.020 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo

11:21b.JER.011.021 Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou

11:22b.JER.011.022 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: M' pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou

11:23b.JER.011.023 Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape

12

12:1b.JER.012.001 Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa

12:2b.JER.012.002 Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou

12:3b.JER.012.003 Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo

12:4b.JER.012.004 Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè

12:5b.JER.012.005 Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann

12:6b.JER.012.006 Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou

12:7b.JER.012.007 Seyè a di ankò: -Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo

12:8b.JER.012.008 Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò

12:9b.JER.012.009 Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a

12:10b.JER.012.010 Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete

12:11b.JER.012.011 Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen

12:12b.JER.012.012 Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze

12:13b.JER.012.013 Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Seyè a move anpil

12:14b.JER.012.014 Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo

12:15b.JER.012.015 Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo

12:16b.JER.012.016 Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen

12:17b.JER.012.017 Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa

13

13:1b.JER.013.001 Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Al achte yon sentiwon lenn, mare l' nan ren ou. Men, piga ou tranpe l' nan dlo

13:2b.JER.013.002 Se konsa m' achte yon sentiwon jan Seyè a te di m' lan. Mwen mare l' nan ren mwen

13:3b.JER.013.003 Apre sa, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa

13:4b.JER.013.004 -Pran sentiwon lenn ou te achte a, sa ki mare nan ren ou lan, ale bò larivyè Lefrat la. W'a kache l' nan yon fant wòch

13:5b.JER.013.005 Mwen leve vre, m' ale bò larivyè Lefrat la, mwen kache l' jan Seyè a te ban m' lòd la

13:6b.JER.013.006 Apre yon bon ti tan, Seyè a di m' konsa: -Leve non! Tounen bò larivyè Lefrat la, al pran sentiwon mwen te ba ou lòd kache a

13:7b.JER.013.007 Se konsa, m' ale bò larivyè Lefrat la, mwen chache, mwen pran sentiwon an kote m' te kache l' la. Men, li te gate, li pa t' vo anyen ankò

13:8b.JER.013.008 Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa

13:9b.JER.013.009 -Men ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo

13:10b.JER.013.010 Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò

13:11b.JER.013.011 Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m', pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m'. Se Seyè a menm ki di sa

13:12b.JER.013.012 W'a di yo pawoli sa a: Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Potich diven fèt pou mete diven ladan l'. Y'a reponn ou: Men wi, tout potich diven fèt pou mete diven ladan l'. Se bagay nou konnen

13:13b.JER.013.013 Lè sa a w'a di yo: Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen pral plen vant tout moun nan peyi a ak diven jouk yo sou, depi wa a ki chita sou fotèy David la, prèt yo, pwofèt yo, jouk dènye moun ki rete lavil Jerizalèm

13:14b.JER.013.014 Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout

13:15b.JER.013.015 Nou menm pèp Izrayèl, Seyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt

13:16b.JER.013.016 Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank

13:17b.JER.013.017 Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo

13:18b.JER.013.018 Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè

13:19b.JER.013.019 Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pesonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò

13:20b.JER.013.020 Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k'ap desann soti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a

13:21b.JER.013.021 Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche

13:22b.JER.013.022 W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou

13:23b.JER.013.023 Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen

13:24b.JER.013.024 Mwen menm, Seyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann

13:25b.JER.013.025 Seyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m', nou t' al mete konfyans nou nan fo bondye

13:26b.JER.013.026 Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni

13:27b.JER.013.027 Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou

14

14:1b.JER.014.001 Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l'

14:2b.JER.014.002 -Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe

14:3b.JER.014.003 Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo

14:4b.JER.014.004 Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt

14:5b.JER.014.005 Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje

14:6b.JER.014.006 Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje

14:7b.JER.014.007 Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou

14:8b.JER.014.008 Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an

14:9b.JER.014.009 Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou

14:10b.JER.014.010 Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè

14:11b.JER.014.011 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a

14:12b.JER.014.012 Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi

14:13b.JER.014.013 Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a

14:14b.JER.014.014 Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di

14:15b.JER.014.015 Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri

14:16b.JER.014.016 Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo

14:17b.JER.014.017 Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri

14:18b.JER.014.018 Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè

14:19b.JER.014.019 Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd

14:20b.JER.014.020 Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou

14:21b.JER.014.021 Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou! Jerizalèm, se la fotèy pouvwa ou la chita. Pa avili l'. Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an

14:22b.JER.014.022 Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo

15

15:1b.JER.015.001 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale

15:2b.JER.015.002 Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo

15:3b.JER.015.003 Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo

15:4b.JER.015.004 M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a

15:5b.JER.015.005 Seyè a di: -Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou

15:6b.JER.015.006 Se nou menm ki voye m' jete. Se Seyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m' sou nou pou m' detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou

15:7b.JER.015.007 Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la

15:8b.JER.015.008 Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote

15:9b.JER.015.009 Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l' fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

15:10b.JER.015.010 Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon

15:11b.JER.015.011 Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon

15:12b.JER.015.012 Pesonn pa ka kraze bout fè k'ap soti nan nò a, fè ki melanje ak kwiv la

15:13b.JER.015.013 Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a

15:14b.JER.015.014 M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m' fè kolè. Tankou yon dife m'ap boule nou

15:15b.JER.015.015 Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa

15:16b.JER.015.016 Lè ou pale avè m', mwen koute tou sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a

15:17b.JER.015.017 Mwen pa pèdi tan m' chita ak moun k'ap bay blag pou m' pran plezi m' ak yo. Ou te pran m' anba ponyèt ou. M' mete kò m' sou kote, paske ou te fè m' fache menm jan avè ou

15:18b.JER.015.018 Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle

15:19b.JER.015.019 Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo

15:20b.JER.015.020 M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa

15:21b.JER.015.021 M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo

16

16:1b.JER.016.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa

16:2b.JER.016.002 -Pinga ou marye pou ou pa gen ni pitit gason ni pitit fi yon kote konsa

16:3b.JER.016.003 Paske se mwen menm Seyè a k'ap di ou sa ki pral rive pitit gason ak pitit fi ki fèt isit la, sa ki pral rive manman ak papa k'ap fè pitit nan peyi a

16:4b.JER.016.004 Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa

16:5b.JER.016.005 Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò

16:6b.JER.016.006 Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo

16:7b.JER.016.007 Pesonn p'ap manje pen ak diven avèk moun ki nan lapenn, avèk moun ki gen lanmò nan fanmi yo. Pesonn p'ap moutre yo nan lapenn ak moun ki pèdi papa yo osinon manman yo

16:8b.JER.016.008 Pa antre nan kay kote y'ap fè fèt non plis. Pa chita sou tab pou manje bwè ak yo

16:9b.JER.016.009 Paske men sa mwen menm, Seyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye

16:10b.JER.016.010 Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Seyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi

16:11b.JER.016.011 Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo

16:12b.JER.016.012 Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'

16:13b.JER.016.013 Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò

16:14b.JER.016.014 Se konsa, men sa Seyè a di: -Yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip

16:15b.JER.016.015 Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a

16:16b.JER.016.016 Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch

16:17b.JER.016.017 Je m' louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal

16:18b.JER.016.018 Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye

16:19b.JER.016.019 Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen

16:20b.JER.016.020 Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon

16:21b.JER.016.021 Se konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann. Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la

17

17:1b.JER.017.001 Seyè a di: -Yo ekri peche moun Jida yo ak yon sizo an fè. Li make nan kè nou ak yon pwent an dyaman. Li grave sou kat kwen lotèl nou yo

17:2b.JER.017.002 pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo

17:3b.JER.017.003 Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a

17:4b.JER.017.004 Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pa t' janm konnen paske nou te fè m' fache. Kòlè m' tankou yon dife ki p'ap janm mouri

17:5b.JER.017.005 Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo

17:6b.JER.017.006 Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen

17:7b.JER.017.007 benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li

17:8b.JER.017.008 L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen

17:9b.JER.017.009 Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm

17:10b.JER.017.010 Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo

17:11b.JER.017.011 Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwezo k'ap kouve ze yo pa t' ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gen tan pèdi tèt yo

17:12b.JER.017.012 Tanp nou an tankou yon bèl fotèy ki kanpe sou tèt mòn lan depi nan konmansman

17:13b.JER.017.013 Seyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Seyè, ou menm ki sous dlo fre a

17:14b.JER.017.014 Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj

17:15b.JER.017.015 Moun yo ap di mwen: Kote sa Seyè a te di a? Se pou l' rive vre

17:16b.JER.017.016 Men, Seyè, mwen pa t' janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pa t' janm mande pou move tan tonbe sou yo! Seyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m' te di

17:17b.JER.017.017 Tanpri, pa kite sa vire mal pou mwen! Jou malè se ou ki tout pwoteksyon m'

17:18b.JER.017.018 Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso

17:19b.JER.017.019 Men sa Seyè a di ankò: -Al kanpe bò Pòtay Pèp la, kote wa Jida yo pase pou antre soti nan lavil la. W'a bay mesaj sa a. Lèfini, al kanpe bò tout lòt pòtay lavil yo, w'a di menm bagay la

17:20b.JER.017.020 W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Seyè a di

17:21b.JER.017.021 Li te di si nou renmen lavi nou, pa pote ankenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo

17:22b.JER.017.022 Pa pote chay soti lakay nou jou repo a. Piga nou fè ankenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Seyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la

17:23b.JER.017.023 Men zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa okipe sa m' te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m'. Yo derefize fè sa m' te di yo fè

17:24b.JER.017.024 Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a

17:25b.JER.017.025 lè sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fotèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm

17:26b.JER.017.026 Moun va soti nan tout lavil peyi Jida yo, nan tout vwazinaj lavil Jerizalèm lan, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo, nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule nèt pou Seyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann grenn jaden yo ak lansan, ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi nan kay Seyè a

17:27b.JER.017.027 Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a

18

18:1b.JER.018.001 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa

18:2b.JER.018.002 -Leve non! Desann kay bòs k'ap fè krich yo. Rive la, m'a ba ou yon mesaj

18:3b.JER.018.003 Mwen desann vre kay bòs k'ap fè krich yo. Mwen wè msye t'ap bay yon krich fòm nan tou a

18:4b.JER.018.004 Depi krich li t'ap fè a pa t' soti byen, li kraze l', li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l' jan li te vle fè l' la

18:5b.JER.018.005 Lè sa a, Seyè a di m' konsa

18:6b.JER.018.006 -Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande

18:7b.JER.018.007 Yon lè mwen pran desizyon pou m' derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m' kraze l', pou m' detwi l'

18:8b.JER.018.008 Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la

18:9b.JER.018.009 Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m' leve yon nasyon osinon pou m' fè gouvènman yon wa kanpe

18:10b.JER.018.010 Men, si nasyon an fè sa ki pa fè m' plezi, si li pa koute m', mwen p'ap fè tout byen mwen te fè lide fè pou li a

18:11b.JER.018.011 Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal

18:12b.JER.018.012 Y'ap reponn ou: Se tan ou w'ap pèdi! N'ap toujou kenbe tèt ak Bondye. N'ap toujou fè tout vye lide ki nan tèt nou

18:13b.JER.018.013 Lè sa a, Seyè a di ankò: -Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade

18:14b.JER.018.014 Eske ou janm wè pa gen lanèj sou wòch nan tèt mòn peyi Liban yo? Eske ou janm wè ti sous dlo fre k'ap desann soti nan mòn yo cheche

18:15b.JER.018.015 Men, pèp mwen an bliye m'. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase

18:16b.JER.018.016 Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo

18:17b.JER.018.017 Se konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo, menm jan van lès gaye pousyè. M'ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo. M' p'ap okipe yo menm

18:18b.JER.018.018 Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a

18:19b.JER.018.019 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -O Seyè! Tande sa m'ap di ou. Koute sa moun ki pa vle wè m' yo ap di sou mwen

18:20b.JER.018.020 Lè yon moun fè ou byen, èske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Chonje jan m' te kanpe devan ou pou m' te pale pou yo, pou m' te mande ou pa fè kòlè sou yo

18:21b.JER.018.021 Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè

18:22b.JER.018.022 Y'ap rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen

18:23b.JER.018.023 Men ou menm, Seyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè la devan je ou. Lè ou an kòlè, regle yo

19

19:1b.JER.019.001 Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou

19:2b.JER.019.002 W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a

19:3b.JER.019.003 Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo

19:4b.JER.019.004 M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan

19:5b.JER.019.005 Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'

19:6b.JER.019.006 Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la

19:7b.JER.019.007 Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa

19:8b.JER.019.008 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l'

19:9b.JER.019.009 Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt

19:10b.JER.019.010 Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo

19:11b.JER.019.011 W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo

19:12b.JER.019.012 Se sa mwen pwomèt pou m' fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l' yo. M'ap fè lavil la tounen tankou Tofèt

19:13b.JER.019.013 Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye

19:14b.JER.019.014 Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Seyè a te voye l' al bay mesaj li a, li al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa

19:15b.JER.019.015 -Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo

20

20:1b.JER.020.001 Pachou, pitit gason Imè a, te tande Jeremi t'ap di tout bagay sa yo. Pachou te yon prèt ki te chèf reskonsab Tanp Seyè a

20:2b.JER.020.002 Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l' nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Seyè a

20:3b.JER.020.003 Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l' konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou

20:4b.JER.020.004 Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo

20:5b.JER.020.005 M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn

20:6b.JER.020.006 Ou menm menm, Pachou, y'ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y'ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w'a mouri, se la y'a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t'ap koute mesaj manti ou t'ap bay yo

20:7b.JER.020.007 Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib

20:8b.JER.020.008 Chak fwa pou m' pale se rele pou m' rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesaj ou, y'ap fè m' wont, y'ap pase m' nan betiz

20:9b.JER.020.009 Men, lè m' di: Mwen p'ap nonmen non Seyè a, mwen p'ap pale nan non l' ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m' k'ap boule tout anndan m'. Mwen fè sa m' kapab pou enpoze l' soti. Malgre sa, li soti soti l'

20:10b.JER.020.010 Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l' bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y'ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l'. Lè sa a, n'a met men sou li, n'a tire revanj nou

20:11b.JER.020.011 Men, Seyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m' yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo. Se va yon wont pesonn p'ap janm bliye

20:12b.JER.020.012 Seyè ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri. Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo. Se pou m' wè ou tire revanj ou sou yo, paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen

20:13b.JER.020.013 Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo

20:14b.JER.020.014 Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m' te fè m' lan

20:15b.JER.020.015 Madichon pou moun ki t' al fè papa m' konnen li gen yon pitit gason epi ki te fè kè l' kontan lè sa a

20:16b.JER.020.016 Se pou nonm sa a tankou moun lavil Seyè a detwi pou tout tan an yo. Nan maten, se pou l' tande rèl moun ki nan lapenn. Vè midi, l'a tande siyal lagè

20:17b.JER.020.017 Paske li pa t' touye m' anvan m' te fèt la, pou vant manman m' te tou sèvi m' kavo: li ta rete ansent mwen pou tout tan

20:18b.JER.020.018 Poukisa m' te fèt atò? Pou m' te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m' te ka mouri nan lawont

21

21:1b.JER.021.001 Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis

21:2b.JER.021.002 Yo di l': -Tanpri, pale ak Seyè a pou nou, paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Seyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nèbikadneza vire do l' al fè wout li

21:3b.JER.021.003 Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: -Men sa n' aval di wa Sedesyas pou mwen

21:4b.JER.021.004 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nèbikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la

21:5b.JER.021.005 Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouraj mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè

21:6b.JER.021.006 Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri

21:7b.JER.021.007 Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè

21:8b.JER.021.008 Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò

21:9b.JER.021.009 Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la

21:10b.JER.021.010 Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè

21:11b.JER.021.011 Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a: -Koute pawòl Seyè a

21:12b.JER.021.012 Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste

21:13b.JER.021.013 Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a

21:14b.JER.021.014 Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

22

22:1b.JER.022.001 Seyè a pale ak Jeremi, li di l': -Desann ale kay wa peyi Jida a

22:2b.JER.022.002 pou ba l' mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fotèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre soti nan pòtay lavil la, koute sa Seyè a di nou

22:3b.JER.022.003 Mwen menm Seyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la

22:4b.JER.022.004 Si tout bon vre nou fè jan m' mande nou fè la a, n'a toujou gen yonn nan moun fanmi David yo pou wa. Li menm ansanm ak chèf li yo ak tout pèp la va toujou antre soti nan pòtay palè a sou cha ak sou chwal yo

22:5b.JER.022.005 Men, si nou pa koute m', m'ap fè nou sèman: palè sa a gen pou kraze. Se mwen menm Seyè a ki di sa

22:6b.JER.022.006 Men sa Seyè a di sou kay wa peyi Jida a: -Pou mwen, palè a bèl tankou peyi Galarad, tankou tèt mòn peyi Liban yo. Men, mwen p'ap pè fè l' tounen yon dezè, yon lavil kote moun pa rete

22:7b.JER.022.007 M'ap chwazi moun ak rach pou m' voye detwi nou. Yo pral koupe tout bèl bwa sèd nou yo, y'ap voye yo jete nan dife

22:8b.JER.022.008 Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Seyè a fè gwo lavil sa a sa

22:9b.JER.022.009 Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè Bondye yo a te siyen ak yo a. Y' al adore lòt bondye yo, yo fè sèvis pou yo

22:10b.JER.022.010 Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l' te fèt la ankò

22:11b.JER.022.011 Paske men mesaj Seyè a bay sou Chaloum, pitit Jozyas, ki te vin wa peyi Jida nan plas papa l': Li pati kite isit la, li p'ap janm tounen

22:12b.JER.022.012 Paske kote yo depòte l' la, se la li pral mouri. Li p'ap janm wè peyi a ankò

22:13b.JER.022.013 Madichon pou moun k'ap bati gwo kay avèk lajan lenjistis, k'ap mete chanmòt sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay gratis pou yo, yo pa peye yo lajan yo

22:14b.JER.022.014 Madichon pou moun k'ap plede di: mwen pral bati yon gwo kay ak chanm byen laj nan chanmòt yo. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bwa sèd, yo pentire yo tou wouj

22:15b.JER.022.015 Eske w'ap yon pi bon wa paske ou bati kay ou ak bwa sèd pou li pi bèl pase pa lòt moun? Papa ou te manje, li te bwè tankou tout moun. Men, li te fè sa ki dwat, li pa t' fè lenjistis. Tout zafè l' te mache byen

22:16b.JER.022.016 Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Seyè a

22:17b.JER.022.017 Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa

22:18b.JER.022.018 Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo

22:19b.JER.022.019 Y'ap antere l' tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l' jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm

22:20b.JER.022.020 Nou menm moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Moab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo

22:21b.JER.022.021 Mwen menm, Seyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m'. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou

22:22b.JER.022.022 Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo

22:23b.JER.022.023 Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki soti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche

22:24b.JER.022.024 Men sa Seyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a: -Mwen fè sèman sou vi mwen, menm si ou te bag letanp ki nan men dwat mwen an, m'ap rache ou nan dwèt mwen

22:25b.JER.022.025 M'ap lage ou nan men moun ki soti pou touye ou yo, nan men moun ou pè yo. M'ap lage ou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men moun Kalde yo

22:26b.JER.022.026 Mwen pral voye ni ou menm, ni manman ou ki fè ou la, nan peyi etranje. Nou pral nan yon peyi kote nou pa t' fèt. Se la ni ou menm ni li menm pral mouri

22:27b.JER.022.027 N'ap anvi tounen vin wè peyi sa a. Men, nou p'ap janm ka tounen

22:28b.JER.022.028 Moun yo rele Jekonya a, èske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pesonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pa t' janm konnen

22:29b.JER.022.029 O latè, latè, latè! Koute sa Seyè a di

22:30b.JER.022.030 Nonm sa a kondannen pou l' pèdi tout pitit li yo, pou l' pa janm wè zafè l' mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fotèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò

23

23:1b.JER.023.001 Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa

23:2b.JER.023.002 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

23:3b.JER.023.003 M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple

23:4b.JER.023.004 M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Seyè a ki di sa

23:5b.JER.023.005 Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a

23:6b.JER.023.006 Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou

23:7b.JER.023.007 Seyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip

23:8b.JER.023.008 Lè sa a y'a di: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a

23:9b.JER.023.009 Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon

23:10b.JER.023.010 Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouraj yo pou fè sa ki pa dwat

23:11b.JER.023.011 Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm

23:12b.JER.023.012 Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m' pini yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

23:13b.JER.023.013 Mwen wè pwofèt lavil Samari yo ap fè bagay ki pa fè m' plezi. Y'ap bay mesaj nan non Baal. Yo fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pèdi chemen l'

23:14b.JER.023.014 Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo

23:15b.JER.023.015 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal

23:16b.JER.023.016 Men sa Seyè a di moun Jerizalèm yo: -Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesaj. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèl la. Sa yo di a pa soti nan mwen

23:17b.JER.023.017 Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou

23:18b.JER.023.018 Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Seyè a t'ap fè plan travay li. Yo yonn pa t' wè, yo yonn pa t' tande sa Seyè a te di. Yo yonn pa t' louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di

23:19b.JER.023.019 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo

23:20b.JER.023.020 Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen

23:21b.JER.023.021 Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen

23:22b.JER.023.022 Si yo te la lè m' t'ap fè plan travay mwen an, yo ta fè pèp la konnen mesaj mwen voye ba yo a, yo ta fè pèp la kite vye chemen y'ap swiv la, yo ta fè l' sispann fè sa ki mal

23:23b.JER.023.023 Seyè a di: Mwen se yon Bondye ki toupatou. Mwen pa rete yon sèl kote ase

23:24b.JER.023.024 Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa

23:25b.JER.023.025 Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv

23:26b.JER.023.026 Kilè y'a sispann, pwofèt sa yo k'ap bay manti, k'ap bay mesaj ki pa vre, k'ap twonpe pèp la ak pawòl manti ki nan bouch yo

23:27b.JER.023.027 Yo konprann yo ka fè pèp la bliye m' ak bann rèv y'ap plede rakonte yo, menm jan zansèt yo te bliye m' pou y' al dèyè Baal

23:28b.JER.023.028 Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa

23:29b.JER.023.029 Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa

23:30b.JER.023.030 Se poutèt sa mwen pral regle ak pwofèt yo k'ap pran pawòl yonn nan bouch lòt, pou fè l' pase pou mesaj mwen

23:31b.JER.023.031 Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap bay pawòl pa yo pou mesaj y'ap bay nan non mwen

23:32b.JER.023.032 Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale

23:33b.JER.023.033 Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa

23:34b.JER.023.034 Lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt va pale mal sou chay Seyè a bay pote a, m'ap pini l' ansanm ak tout fanmi li

23:35b.JER.023.035 Okontrè, chak moun gen pou mande zanmi yo ak fanmi yo kisa Seyè a reponn, kisa li di ki pral rive

23:36b.JER.023.036 Konsa, piga nou pale sou chay Seyè a bay ankò paske m'ap fè mesaj mwen an tounen yon chay tout bon pou nou. Nou pran pawòl Bondye vivan an, pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, pawòl Bondye nou an, nou vire l' lanvè

23:37b.JER.023.037 Jeremi, mande pwofèt yo ki repons Seyè a bay? Kisa Seyè a di ki pral rive

23:38b.JER.023.038 Si yo reponn: Men chay Seyè a bay, lè sa a w'a di yo, men sa Seyè a di: Paske nou di: Men chay Seyè a bay, atout mwen te ban nou lòd pa di sa

23:39b.JER.023.039 m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo

23:40b.JER.023.040 M'ap fè nou wont yon wont ki p'ap janm fini, yon wont moun p'ap janm bliye

24

24:1b.JER.024.001 Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn

24:2b.JER.024.002 Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon

24:3b.JER.024.003 Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon

24:4b.JER.024.004 Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa

24:5b.JER.024.005 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo

24:6b.JER.024.006 M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò

24:7b.JER.024.007 M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo

24:8b.JER.024.008 Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip

24:9b.JER.024.009 Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo

24:10b.JER.024.010 Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a

25

25:1b.JER.025.001 Seyè a te bay Jeremi yon mesaj sou pèp peyi Jida a, nan katriyèm lanne rèy wa Jojakim, pitit Jozyas, nan peyi Jida. Lè sa a, Nèbikadneza te nan premye lanne li depi li te wa peyi Babilòn

25:2b.JER.025.002 Men mesaj pwofèt Jeremi te bay tout pèp peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo

25:3b.JER.025.003 -Depi trèzyèm lanne rèy wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Seyè a ap pale avè m', venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m'

25:4b.JER.025.004 Seyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l' yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo

25:5b.JER.025.005 Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Seyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an

25:6b.JER.025.006 Pwofèt yo di nou: Pa kouri dèyè lòt bondye, pa fè sèvis pou yo, pa mete ajenou devan yo. Pa sèvi zidòl nou fè ak men nou pou Seyè a pa fache. Konsa, si nou obeyi Seyè a li p'ap pini nou

25:7b.JER.025.007 Men, se Seyè a menm ki di sa, nou derefize koute l'. Nou fè l' fache ak zidòl nou fè ak men nou. Se konsa nou rale malè sou tèt nou

25:8b.JER.025.008 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Paske nou pa koute m' lè m' pale nou

25:9b.JER.025.009 mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan

25:10b.JER.025.010 M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp

25:11b.JER.025.011 Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinaj yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan

25:12b.JER.025.012 Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan

25:13b.JER.025.013 M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a

25:14b.JER.025.014 Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè

25:15b.JER.025.015 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè

25:16b.JER.025.016 Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo

25:17b.JER.025.017 Se konsa, mwen pran gode a nan men Seyè a, mwen pote l' bay tout moun nan tout peyi kote Seyè a te voye m' lan, mwen fè yo bwè ladan l'

25:18b.JER.025.018 Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a

25:19b.JER.025.019 Men moun mwen fè bwè nan gode a tou: Farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak sòlda li yo, chèf li yo ak tout pèp li a

25:20b.JER.025.020 tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd

25:21b.JER.025.021 moun peyi Edon, moun peyi Moab ak moun Amon yo

25:22b.JER.025.022 tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a

25:23b.JER.025.023 moun lavil Dedan, moun lavil Teman ak moun lavil Bouz, ansanm ak tout moun ki koupe cheve nan tèt yo kout

25:24b.JER.025.024 tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a

25:25b.JER.025.025 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo ak tout wa Medi yo

25:26b.JER.025.026 tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou

25:27b.JER.025.027 Apre sa, Seyè a di m' konsa: W'a di yo men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a

25:28b.JER.025.028 Si yo ta rive refize pran gode a nan men ou pou yo pa bwè ladan l', w'a di yo: Seyè ki gen tout pouvwa a di wè pa wè se pou yo bwè l'

25:29b.JER.025.029 Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa

25:30b.JER.025.030 Ou menm, Jeremi, se pou ou fè yo konnen tou sa mwen di ou. W'a di yo: -Seyè a rete anwo nan syèl la, l'ap gwonde. Li rete nan kay ki apa pou li a, l'ap pale byen fò. L'ap gwonde anwo pèp li a. L'ap rele tankou moun k'ap kraze rezen. Li move sou tout moun ki rete sou latè

25:31b.JER.025.031 Bri a rive nan zòrèy moun toupatou sou latè. Seyè a gen yon kont pou l' regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L'ap fè touye tout moun ki antò. Se Seyè a menm ki di sa

25:32b.JER.025.032 Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè

25:33b.JER.025.033 Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Seyè a pral touye. P'ap gen pesonn pou kriye pou yo, pesonn pou ranmase yo atè a, pesonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a

25:34b.JER.025.034 Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè

25:35b.JER.025.035 P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon

25:36b.JER.025.036 Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Seyè a pral ravaje peyi yo

25:37b.JER.025.037 Tout bèl peyi yo pral tounen mazi, paske Seyè a move anpil

25:38b.JER.025.038 Tankou yon lyon ki kouri kite twou li, tout moun ap mete deyò. Peyi a pral tounen yon dezè apre lagè san manman sa a, apre gwo kòlè Seyè a

26

26:1b.JER.026.001 Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò

26:2b.JER.026.002 Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen

26:3b.JER.026.003 Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide

26:4b.JER.026.004 Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou

26:5b.JER.026.005 Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m' yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo

26:6b.JER.026.006 Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon

26:7b.JER.026.007 Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesaj sa a nan lakou Tanp lan

26:8b.JER.026.008 Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a

26:9b.JER.026.009 Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l'? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a

26:10b.JER.026.010 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y' al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la

26:11b.JER.026.011 Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: -Nonm sa a merite pou yo touye l' paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l' ak pwòp zòrèy nou

26:12b.JER.026.012 Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la

26:13b.JER.026.013 Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an

26:14b.JER.026.014 Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m', sa nou kwè nou dwe fè a

26:15b.JER.026.015 Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo

26:16b.JER.026.016 Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou

26:17b.JER.026.017 Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo

26:18b.JER.026.018 -Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a

26:19b.JER.026.019 Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen

26:20b.JER.026.020 Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida

26:21b.JER.026.021 Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip

26:22b.JER.026.022 Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye

26:23b.JER.026.023 Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo

26:24b.JER.026.024 Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'

27

27:1b.JER.027.001 Sedesyas, pitit Jozyas la, te gen katran depi li fèk moute wa nan peyi Jida, lè Seyè a pale ak Jeremi ankò

27:2b.JER.027.002 Seyè a di l' konsa: -Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou

27:3b.JER.027.003 Lèfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Moab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm

27:4b.JER.027.004 W'a ba yo chak yon misyon pou mèt yo. W'a di yo men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ba yo pou mèt yo

27:5b.JER.027.005 -Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle

27:6b.JER.027.006 Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'

27:7b.JER.027.007 Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou

27:8b.JER.027.008 Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li

27:9b.JER.027.009 Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan

27:10b.JER.027.010 Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri

27:11b.JER.027.011 Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyè a ki di sa

27:12b.JER.027.012 Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv

27:13b.JER.027.013 Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan

27:14b.JER.027.014 Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay

27:15b.JER.027.015 Se Seyè a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l' pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyò, m'ap fè nou mouri, ni nou ni pwofèt k'ap ban nou manti yo

27:16b.JER.027.016 Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay

27:17b.JER.027.017 Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi

27:18b.JER.027.018 Si yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyè a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn

27:19b.JER.027.019 Seyè a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou

27:20b.JER.027.020 Se bagay sa yo Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo

27:21b.JER.027.021 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Seyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm

27:22b.JER.027.022 Y'ap pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m' fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

28

28:1b.JER.028.001 Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen

28:2b.JER.028.002 -Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan

28:3b.JER.028.003 Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo

28:4b.JER.028.004 M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an

28:5b.JER.028.005 Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Seyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya

28:6b.JER.028.006 Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn

28:7b.JER.028.007 Tansèlman, koute byen sa m'ap di ou, ou menm ansanm ak pèp la

28:8b.JER.028.008 Pwofèt ki te vini anvan m' yo ak anvan ou tou te fè konnen lagè, grangou ak move maladi pral tonbe sou anpil gwo peyi, sou anpil gran wa ak tout pèp yo

28:9b.JER.028.009 Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Seyè a ki te voye l'

28:10b.JER.028.010 Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso

28:11b.JER.028.011 Apre sa, li pran pale ankò devan tout pèp la. Li di konsa: -Men mesaj Seyè a: Nan dezan, jou pou jou, se konsa mwen pral kraze pouvwa Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Mwen pral kraze jouk bèf li te mete sou zepòl tout nasyon yo. Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li

28:12b.JER.028.012 Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa

28:13b.JER.028.013 -Ale pale ak Ananya. W'a di l' men sa Seyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l' ak yon jouk bèf fèt an fè

28:14b.JER.028.014 Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la di: M'ap mete yon jouk fè sou zepòl tout nasyon sa yo pou yo sèvi Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Ata bèt nan bwa va soumèt devan l'

28:15b.JER.028.015 Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la

28:16b.JER.028.016 Se sa ki fè men sa Seyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l' te kenbe tèt ak Seyè a

28:17b.JER.028.017 Menm lanne an vre, nan setyèm mwa a, pwofèt Ananya mouri

29

29:1b.JER.029.001 Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte

29:2b.JER.029.002 Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo

29:3b.JER.029.003 Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la

29:4b.JER.029.004 -Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn

29:5b.JER.029.005 Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje

29:6b.JER.029.006 Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri

29:7b.JER.029.007 Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l' mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou

29:8b.JER.029.008 Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè

29:9b.JER.029.009 Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

29:10b.JER.029.010 Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò

29:11b.JER.029.011 Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan

29:12b.JER.029.012 Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou

29:13b.JER.029.013 N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou

29:14b.JER.029.014 Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa

29:15b.JER.029.015 Seyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn

29:16b.JER.029.016 Enben, men sa Seyè a di sou wa ki chita sou fotèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pa t' depòte ansanm ak nou yo

29:17b.JER.029.017 Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje

29:18b.JER.029.018 M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon

29:19b.JER.029.019 Tou sa va rive yo paske yo pa t' vle koute sa m' t'ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t' sispann voye pwofèt yo, sèvitè m' yo, ba yo, yo pa janm vle koute

29:20b.JER.029.020 Men, nou menm Seyè a te pran lavil Jerizalèm pou l' depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Seyè a ap di nou

29:21b.JER.029.021 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout

29:22b.JER.029.022 Apre sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Seyè a fè ou sa l' te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan

29:23b.JER.029.023 Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa

29:24b.JER.029.024 Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam

29:25b.JER.029.025 paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo

29:26b.JER.029.026 -Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo

29:27b.JER.029.027 Poukisa ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la

29:28b.JER.029.028 Men koulye a li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitiyasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje

29:29b.JER.029.029 Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi

29:30b.JER.029.030 Lè sa a, Seyè a bay Jeremi lòd sa a

29:31b.JER.029.031 -Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti

29:32b.JER.029.032 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a

30

30:1b.JER.030.001 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi

30:2b.JER.030.002 -Se mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap pale avè ou. Ekri nan yon liv tou sa mwen te di ou

30:3b.JER.030.003 Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò

30:4b.JER.030.004 Men mesaj Seyè a voye bay moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo

30:5b.JER.030.005 Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tèt anba, yo pa konn sa pou yo fè

30:6b.JER.030.006 Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale

30:7b.JER.030.007 Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'

30:8b.JER.030.008 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò

30:9b.JER.030.009 Se mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit David m'a mete wa sou yo

30:10b.JER.030.010 Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò

30:11b.JER.030.011 M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou

30:12b.JER.030.012 Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri

30:13b.JER.030.013 Pa gen pesonn pou defann kòz ou. Se vre, yo konn geri malenng. Men, pou malenng pa ou la, pa gen renmèd

30:14b.JER.030.014 Tout moun ki t'ap fè lamou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m' te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste

30:15b.JER.030.015 Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fè anpil gwo mechanste kifè mwen pini ou konsa

30:16b.JER.030.016 Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo

30:17b.JER.030.017 Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa

30:18b.JER.030.018 Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an

30:19b.JER.030.019 Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò

30:20b.JER.030.020 Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fè peyi a kanpe byen fèm ankò devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo

30:21b.JER.030.021 Se yonn nan nou ki va chèf nan peyi a. Wi, se nan mitan nou yon chèf va soti pou gouvènen nou. L'a vin jwenn mwen lè m'a rele l'. Paske pesonn p'ap pran chans vin jwenn mwen si mwen pa rele l'. Se Seyè a ki di sa

30:22b.JER.030.022 Lè sa a, se pèp mwen y'a ye ankò, mwen menm m'a Bondye yo

30:23b.JER.030.023 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo

30:24b.JER.030.024 Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen

31

31:1b.JER.031.001 Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen

31:2b.JER.031.002 Nan dezè a mwen te aji ak bon kè ak moun ki te chape anba lanmò nan lagè. Moun Izrayèl yo pral resi viv ak kè poze

31:3b.JER.031.003 Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou

31:4b.JER.031.004 Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankò. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò. Nou pral danse ak kè kontan

31:5b.JER.031.005 Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte

31:6b.JER.031.006 Wi, lè sa a moun k'ap veye yo va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò: Annou wè! Ann moute mòn Siyon, bò kot Seyè a, Bondye nou an

31:7b.JER.031.007 Seyè a di ankò: -Chante ak kè kontan pou pèp Izrayèl la! Pi gwo nasyon pase l' nanpwen. Fè yo tande jan n'ap chante pou Bondye. Seyè a delivre pèp li a. Li delivre sa ki te rete nan pèp Izrayèl la

31:8b.JER.031.008 Wi, se mwen menm, Seyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen

31:9b.JER.031.009 Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'

31:10b.JER.031.010 Seyè a di ankò: -Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l' nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Seyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l'

31:11b.JER.031.011 Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo

31:12b.JER.031.012 Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen

31:13b.JER.031.013 Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan

31:14b.JER.031.014 M'ap fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo. Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:15b.JER.031.015 Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri

31:16b.JER.031.016 Men sa Seyè a di ankò: -Sispann rèl ou yo, Rachèl. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi. Y'ap tounen soti nan peyi lènmi yo

31:17b.JER.031.017 Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:18b.JER.031.018 Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an

31:19b.JER.031.019 Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou

31:20b.JER.031.020 Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:21b.JER.031.021 Mete mak sou tout wout la, plante jalon sou tout chemen an. Jwenn chemen ou te pran lè ou taprale a. Tounen non, nou menm moun pèp Izrayèl yo, tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo

31:22b.JER.031.022 Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason

31:23b.JER.031.023 Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a

31:24b.JER.031.024 Se sou mòn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latè yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou

31:25b.JER.031.025 Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo

31:26b.JER.031.026 Lè sa a, pèp la va di: M' al dòmi. Lè m' leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen

31:27b.JER.031.027 Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:28b.JER.031.028 Menm jan mwen te pran san m' pou m' te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m' pou m' rebati yo, pou m' replante yo. Se Seyè a menm ki di sa

31:29b.JER.031.029 Lè sa a, pesonn p'ap di ankò: Papa ak manman te manje rezen vèt, se dan timoun yo ki gasi

31:30b.JER.031.030 Moun ki manje rezen vèt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fè ki mal

31:31b.JER.031.031 Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo

31:32b.JER.031.032 Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:33b.JER.031.033 Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen

31:34b.JER.031.034 Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:35b.JER.031.035 Seyè a mete solèy la pou l' klere lajounen. Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit. Li eksite lanmè a, li fè l' move. Se li menm ki Seyè ki gen tout pouvwa a: Se konsa yo rele l'

31:36b.JER.031.036 Toutotan prensip sa yo va kenbe, se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa

31:37b.JER.031.037 Si yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la, si yo ka rive konnen fondasyon latè a, konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal. Se Seyè a menm ki di sa

31:38b.JER.031.038 Men sa Seyè a di ankò: -Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Seyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an

31:39b.JER.031.039 Limit lavil la va konmanse la, l'a pran direksyon ti mòn Garèb la sou bò lwès, l'a vire bò Goa

31:40b.JER.031.040 Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki soti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò

32

32:1b.JER.032.001 Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn

32:2b.JER.032.002 Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l' nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a

32:3b.JER.032.003 Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l' repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l'

32:4b.JER.032.004 Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l' nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je

32:5b.JER.032.005 Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l'. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa

32:6b.JER.032.006 Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Seyè a te pale avè l'. Seyè a te di l' konsa

32:7b.JER.032.007 -Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gen dwa achte l'

32:8b.JER.032.008 Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'

32:9b.JER.032.009 M' achte jaden an nan men Anamèl, pitit tonton m' lan, mwen peze lajan pou m' ba li a. Lajan an te rive disèt pyès an ajan

32:10b.JER.032.010 Apre sa, mwen siyen de papye tè yo, mwen mete so m' sou yonn. Mwen fè temwen yo siyen tou, mwen fè kontwole pèz lajan an nan balans

32:11b.JER.032.011 Apre sa, mwen pran de papye tè yo. Sa ki te sele a te gen kontra lavant lan jan lalwa mande l' la. Lòt papye a te rete tou louvri

32:12b.JER.032.012 Mwen renmèt papye tè yo bay Bawouk, pitit gason Nerija, pitit pitit Makseja, devan Anamèl, kouzen m' lan, devan lòt temwen ki te siyen papye tè yo, devan tout moun peyi Jida ki te la nan lakou gad palè a

32:13b.JER.032.013 Devan yo tout, mwen di Bawouk konsa

32:14b.JER.032.014 -Men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay. Pran de papye tè sa yo, sa ki sele a ak sa ki tou louvri a, mete yo nan yon ti kannari pou yo ka konsève pandan lontan

32:15b.JER.032.015 Paske yon lè yo va achte kay, jaden ak pye rezen nan peyi a ankò. Se Seyè a menm ki di sa

32:16b.JER.032.016 Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Seyè a, mwen di l'

32:17b.JER.032.017 -Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou

32:18b.JER.032.018 Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a

32:19b.JER.032.019 Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo

32:20b.JER.032.020 Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, koulye a yo konnen ou toupatou

32:21b.JER.032.021 Ou fè nou soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouraj ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè

32:22b.JER.032.022 Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t'ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo

32:23b.JER.032.023 Yo rive nan peyi a, yo pran l' pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a

32:24b.JER.032.024 Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre

32:25b.JER.032.025 Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Seyè Bondye, ou ban m' lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen

32:26b.JER.032.026 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa

32:27b.JER.032.027 -Mwen menm Seyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m' fè

32:28b.JER.032.028 Se poutèt sa, mwen menm mwen di ou: m'ap lage lavil sa a nan men moun Babilòn yo, nan men Nèbikadneza, wa yo a! Y'ap pran lavil la

32:29b.JER.032.029 Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l'. Y'ap mete dife, y'ap boule l'. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m' fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye

32:30b.JER.032.030 Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y'ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y'ap fè m' fache ase ak tou sa y'ap fè a. Se Seyè a menm ki di sa

32:31b.JER.032.031 Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l' la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m' fè, se move san l'ap fè m' fè. Kifè koulye a, mwen pa ka wè l' devan je m' ankò

32:32b.JER.032.032 Akòz tou sa moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo te fè ki mal, m' about ak yo tout, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun lavil Jerizalèm yo

32:33b.JER.032.033 Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pa t' janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pa t' vle koute m', yo pa vle aprann

32:34b.JER.032.034 Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò

32:35b.JER.032.035 Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche

32:36b.JER.032.036 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Koulye a mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan

32:37b.JER.032.037 Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote

32:38b.JER.032.038 Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò

32:39b.JER.032.039 Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo

32:40b.JER.032.040 M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò

32:41b.JER.032.041 M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a

32:42b.JER.032.042 Seyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m'ap ba yo

32:43b.JER.032.043 W'ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l'. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò

32:44b.JER.032.044 Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinaj lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jerizalè

33

33:1b.JER.033.001 Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Seyè a pale avè l' ankò. Li di l'

33:2b.JER.033.002 -Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe l' nan plas li. Se mwen menm yo rele Seyè a. Men sa mwen di

33:3b.JER.033.003 Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen

33:4b.JER.033.004 Wi, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l'

33:5b.JER.033.005 Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste

33:6b.JER.033.006 Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje

33:7b.JER.033.007 M'ap fè peyi Izrayèl ak peyi Jida kanpe ankò. Zafè yo pral mache tankou nan tan lontan

33:8b.JER.033.008 M'ap mete yo nan kondisyon pou yo sèvi m', m'ap wete tout peche yo te fè kont mwen yo. M'ap padonnen tou sa yo te fè ki mal lè yo t'ap fè wòklò avè m' lan

33:9b.JER.033.009 Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi

33:10b.JER.033.010 Seyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l'. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ank

33:11b.JER.033.011 vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan tanp Seyè a. Y'a di: Lwanj pou Seyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l' te ye anvan an. Se Seyè a ki di sa

33:12b.JER.033.012 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje

33:13b.JER.033.013 Nan lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinaj Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Seyè a menm ki di sa

33:14b.JER.033.014 Seyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo

33:15b.JER.033.015 Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri

33:16b.JER.033.016 Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an

33:17b.JER.033.017 Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la

33:18b.JER.033.018 Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou

33:19b.JER.033.019 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l'

33:20b.JER.033.020 -Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non

33:21b.JER.033.021 Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m' lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fotèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m' yo. Kontra sa yo p'ap janm kase

33:22b.JER.033.022 Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè

33:23b.JER.033.023 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l'

33:24b.JER.033.024 -Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò

33:25b.JER.033.025 Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache

33:26b.JER.033.026 Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò

34

34:1b.JER.034.001 Yon lòt jou, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Li te gen avè l' tout lame pa l' la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li

34:2b.JER.034.002 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'

34:3b.JER.034.003 Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn

34:4b.JER.034.004 Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesaj Seyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè

34:5b.JER.034.005 W'ap mouri mouri ou nan kabann ou. Lè sa a, y'a boule lansan pou ou menm jan yo te konn boule lansan pou zansèt ou yo ki te wa anvan ou. Y'a rele pou ou, y'a di: Ki lapenn sa a? Wa a mouri! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Se mwen ki bay mesaj sa a

34:6b.JER.034.006 Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesaj sa a lavil Jerizalèm

34:7b.JER.034.007 Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje

34:8b.JER.034.008 Men nan ki sikonstans Seyè a te pale ak Jeremi ankò. Wa Sedesyas te siyen yon kontra ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm pou yo te ba

34:9b.JER.034.009 tout moun menm ras ak yo, fanm kou gason, ki te esklav lakay yo libète yo. Konsa, pesonn nan moun Jida yo pa t'ap gen yon frè parèy yo k'ap sèvi yo esklav

34:10b.JER.034.010 Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre

34:11b.JER.034.011 Men apre sa, yo chanje lide, yo pran moun yo te bay libète yo, fanm kou gason, yo fòse yo tounen sèvi yo esklav ankò

34:12b.JER.034.012 Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa

34:13b.JER.034.013 -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo

34:14b.JER.034.014 Lè yon ebre parèy nou vann tèt li ban nou pou l' sèvi nou esklav, apre sizan li pase ap sèvi nou, sou setyèm lanne a se pou nou ba li libète l'. Se pou nou kite l' ale. Men, zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa t' okipe sa m' te di yo

34:15b.JER.034.015 Men nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pa t' fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an

34:16b.JER.034.016 Apre sa, nou chanje lide, nou pa respekte m'. Nou tout nou fè esklav nou te bay libète yo tounen lakay nou, fanm kou gason, nou fòse yo vin sèvi nou esklav ankò

34:17b.JER.034.017 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi

34:18b.JER.034.018 M'ap mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou

34:19b.JER.034.019 Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m' lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou

34:20b.JER.034.020 M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa

34:21b.JER.034.021 M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale

34:22b.JER.034.022 M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l', y'ap mete dife ladan l'. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

35

35:1b.JER.035.001 Seyè a pale ak Jeremi ankò, lè sa a se Jojakim, pitit Jozyas, ki te wa peyi Jida. Li di l' konsa

35:2b.JER.035.002 -Al jwenn moun branch fanmi Rekab yo. Pale ak yo. Fè yo vini ak ou nan yonn nan pyès chanm Tanp lan. Lè y'a rive la, w'a ba yo diven bwè

35:3b.JER.035.003 Se konsa Jeremi al chache tout branch fanmi Rekab yo, depi Jazanya, pitit gason Imeja, ki te pitit Abasinya, ansanm ak tout frè l' yo ak tout pitit gason yo

35:4b.JER.035.004 Li mennen yo nan tanp lan. Li fè yo antre nan pyès chanm yo te bay patizan pwofèt Anan, pitit Igdalya a. Pyès chanm sa a te kole kole ak chanm chèf tanp yo, li te anwo pyès chanm ki pou Maseya, pitit gason Chaloum lan, prèt ki te reskonsab veye pòtay tanp lan

35:5b.JER.035.005 Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: -Bwè diven non

35:6b.JER.035.006 Men yo reponn li: -Nou pa bwè diven non. Paske zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab la, te ban nou lòd sa yo: Pa janm bwè diven, ni nou, ni pitit nou yo

35:7b.JER.035.007 Pa janm bati kay, pa janm travay latè, pa janm plante rezen, pa janm achte bagay konsa non plis. N'a pase tout lavi nou anba tant. Konsa, n'a rete lontan nan peyi ki pa pou nou an

35:8b.JER.035.008 Nou toujou obeyi lòd zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab, te ban nou. Nou pa janm bwè diven nan vi nou, ni nou menm, ni madanm nou, ni pitit gason ak pitit fi nou yo

35:9b.JER.035.009 Nou pa bati kay pou nou rete. Nou pa gen pye rezen. Nou pa gen jaden pou n' plante

35:10b.JER.035.010 Se anba tant nou rete. Konsa, nou toujou fè tou sa Jonadab, zansèt nou, te ban nou lòd fè a

35:11b.JER.035.011 Men, lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, anvayi peyi a, nou yonn di lòt: Ann antre lavil Jerizalèm pou nou chape anba lame moun Babilòn yo ak lame moun peyi Siri yo. Se konsa nou vin rete lavil Jerizalèm

35:12b.JER.035.012 Lè sa a Seyè a pale ak Jeremi

35:13b.JER.035.013 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di l': -Ale jwenn moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo, w'a di yo: Poukisa yo pa pran leson sou moun Rekab yo, pou yo fè sa mwen di yo fè. Se mwen menm Seyè a k'ap mande yo sa

35:14b.JER.035.014 Jonadab, pitit Rekab la, te bay lòd pou pitit li yo pa janm bwè diven. Jouk jounen jòdi a yo pa janm bwè diven. Yo swiv lòd zansèt yo te ba yo a. Men nou menm, mwen pa janm sispann avèti nou. Nou pa janm koute m'

35:15b.JER.035.015 Mwen pa janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m'

35:16b.JER.035.016 Pitit Jonadab yo te fè tou sa zansèt yo te mande yo fè, men nou menm moun Jida yo, nou pa vle koute m'

35:17b.JER.035.017 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m'. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen

35:18b.JER.035.018 Apre sa, Jeremi di moun Rekab yo: -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te swiv lòd zansèt nou, Jonadab, te ban nou an. Nou te fè tou sa li te mande nou fè, tout lòd li te ban nou yo

35:19b.JER.035.019 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Va toujou gen yon gason nan fanmi Jonadab, pitit Rekab la, pou sèvi mwen

36

36:1b.JER.036.001 Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Seyè a te di Jeremi

36:2b.JER.036.002 -Pran yon woulo papye. W'a kouche sou li tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida a ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou rèy wa Jozyas rive jouk jòdi a

36:3b.JER.036.003 Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo

36:4b.JER.036.004 Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l' tout mesaj Seyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la

36:5b.JER.036.005 Apre sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo: -Yo defann mwen antre nan tanp Seyè a. Mwen pa ka mete pye m' la

36:6b.JER.036.006 Men ou menm, ou prale nan tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesaj Seyè a te bay yo. Ou pral li l' byen fò pou tout moun ki nan tanp lan ka tande, pou moun ki soti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou

36:7b.JER.036.007 Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Seyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la

36:8b.JER.036.008 Bawouk, pitit Nerija a, fè tou sa Jeremi te ba li lòd fè a. Li kanpe nan mitan Tanp lan, li li mesaj Seyè yo ki te nan liv la

36:9b.JER.036.009 Se te nan nevyèm mwa senkyèm lanne rèy Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te soti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Seyè a gras

36:10b.JER.036.010 Lè sa a, Bawouk pran liv mesaj Jeremi yo, li li l' nan tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Seyè a

36:11b.JER.036.011 Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesaj Seyè yo ki te ekri nan liv la

36:12b.JER.036.012 Apre sa, li ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo

36:13b.JER.036.013 Miche di yo tou sa li te sot tande Bawouk ap li nan zòrèy pèp la

36:14b.JER.036.014 Lè sa a, gwo chèf yo voye Jeoudi bò kot Bawouk. Jeoudi sa a, se te pitit Netanya, pitit pitit Chelemya, pitit pitit pitit Kouchi. li al di Bawouk pou li pote woulo liv li te li nan zòrèy pèp la bay chèf yo. Bawouk pote woulo liv la ba yo

36:15b.JER.036.015 Yo di l' konsa: -Chita la, li l' pou nou tande. Bawouk li liv la pou yo

36:16b.JER.036.016 Lè yo tande tou sa ki te nan liv la, yo vin pè. Yonn pran gade lòt, epi yo di: -Se pou n' al fè wa a konnen bagay sa yo

36:17b.JER.036.017 Lèfini, yo mande Bawouk: -Mangè di nou ki jan ou te fè ka ekri tout bagay sa yo. Se Jeremi ki te dikte ou yo

36:18b.JER.036.018 Bawouk reponn yo: -Se Jeremi menm ki te dikte tout mesaj sa yo. Mwen menm, mwen kouche yo sou woulo liv la ak lank

36:19b.JER.036.019 Lè sa a, chèf yo di Bawouk: -Al kache tande, ou menm ansanm ak Jeremi. Pa kite pyès moun konnen kote nou ye

36:20b.JER.036.020 Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y' ale nan lakou palè a, y' al rapòte wa a tout bagay

36:21b.JER.036.021 Lè sa a atò, wa a voye Jeoudi al chache woulo liv la lakay Elichama, sekretè a. Jeoudi pote liv la vini. Li tanmen li li byen fò pou wa a ansanm ak lòt chèf ki te kanpe bò wa a

36:22b.JER.036.022 Se te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen

36:23b.JER.036.023 Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolonn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la

36:24b.JER.036.024 Men, ni wa a ni chèf li yo pa t' gen kè kase, ni yo pa t' fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la

36:25b.JER.036.025 Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pa t' boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo

36:26b.JER.036.026 Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo

36:27b.JER.036.027 Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesaj Jeremi te dikte Bawouk la, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l' konsa

36:28b.JER.036.028 -Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a

36:29b.JER.036.029 Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Seyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l' vini pou l' kraze peyi a, pou l' touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l'

36:30b.JER.036.030 Se poutèt sa, koulye a, men mesaj mwen menm Seyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: p'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fotèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit

36:31b.JER.036.031 M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pa t' koute m' lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a

36:32b.JER.036.032 Se konsa Jeremi pran yon lòt woulo liv. Li bay Bawouk, sekretè li a, pitit Nerija a. Bawouk menm ekri tou sa Jeremi te di l'. Li ekri tout mesaj ki te nan premye woulo liv wa Jojakim te boule a, ansanm ak anpil lòt mesaj menm jan ak premye yo

37

37:1b.JER.037.001 Nèbikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim

37:2b.JER.037.002 Men, ni Sedesyas, ni chèf li yo, ni ankenn lòt moun nan peyi a pa te vle tande mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi pou yo

37:3b.JER.037.003 Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kot pwofèt Jeremi pou mande l' lapriyè Seyè a, Bondye yo a, pou yo tout

37:4b.JER.037.004 Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l' te vle nan mitan pèp la

37:5b.JER.037.005 Lame moun Babilòn yo te sènen lavil Jerizalèm. Lè yo pran nouvèl lame farawon an te travèse fwontyè peyi Lejip la, yo wete kò yo devan lavil Jerizalèm

37:6b.JER.037.006 Lè sa a, Seyè a pale ak pwofèt Jeremi. Li di l': -Men repons w'a voye bay Sedesyas

37:7b.JER.037.007 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m' lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip

37:8b.JER.037.008 Lè sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l', y'ap boule l'

37:9b.JER.037.009 Se mwen menm Seyè a ki di sa: Pa twonpe tèt nou. Pa konprann moun Babilòn yo pati ale nèt, yo gen pou yo tounen

37:10b.JER.037.010 Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè

37:11b.JER.037.011 Lè sa a, lame moun Babilòn yo te wete kò yo devan Jerizalèm, paske yo te pran nouvèl mouvman lame farawon an

37:12b.JER.037.012 Jeremi te vle fè yon ti soti andeyò lavil la pou li ale nan peyi moun Benjamen yo. Li tapral resevwa pòsyon pa l' nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe

37:13b.JER.037.013 Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l' konsa: -Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo

37:14b.JER.037.014 Jeremi reponn li: -Non, monchè! Mwen pa pral rann tèt mwen kras bay moun Babilòn yo. Men Jirija pa koute l' menm. Li boukle Jeremi, li mennen l' bay chèf yo

37:15b.JER.037.015 Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen msye lakay Jonatan, sekretè tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon

37:16b.JER.037.016 Yo mete Jeremi nan yon kacho anba tanp lan. Yo kite l' pase kèk tan la

37:17b.JER.037.017 Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan

37:18b.JER.037.018 Apre sa Jeremi mande wa a: -Sa mwen fè ou, sa m' fè chèf ou yo, sa m' fè pèp la pou ou mete m' nan prizon

37:19b.JER.037.019 Kisa ki rive pwofèt ou yo ki te di ou wa lavil Babilòn lan pa t'ap vin atake ni ou menm ni peyi a

37:20b.JER.037.020 Koulye a, monwa, mèt mwen, tanpri, koute sa m'ap mande ou. Tanpri souple, pa voye m' tounen nan prizon kay Jonatan, sekretè a. Si ou fè sa, nanpwen rechap pou mwen

37:21b.JER.037.021 Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo

38

38:1b.JER.038.001 Chefatya, pitit Matan, Gedalya, pitit Pachou, Jeoukal, pitit Chelemya, ak Pachou, pitit Malkya, te vin konnen Jeremi t'ap pale ak pèp la. Li t'ap di yo konsa

38:2b.JER.038.002 -Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo

38:3b.JER.038.003 Wi, men sa Seyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo

38:4b.JER.038.004 Chèf yo al di wa a: -Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouraj. Nonm sa a pa soti pou l' ede pèp la. Se mal ase li vle pou li

38:5b.JER.038.005 Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen

38:6b.JER.038.006 Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a

38:7b.JER.038.007 Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an

38:8b.JER.038.008 Ebèdmelèk soti nan palè a, li ale bò pòtay la, li di wa a konsa

38:9b.JER.038.009 -Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò

38:10b.JER.038.010 Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk lòd pou li pran trant lòt moun avè l' pou li wete Jeremi nan sitèn lan anvan l' mouri

38:11b.JER.038.011 Se konsa Ebelmelèk pran moun yo avè l', li antre nan palè a, li ale yon kote ki anba pyès depo richès wa a, li pran yon bann moso twal chire ak vye rad, li mare yo nan kòd, li file yo desann bay Jeremi nan sitèn lan

38:12b.JER.038.012 Epi li di Jeremi konsa: -Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou. Jeremi fè sa vre

38:13b.JER.038.013 Epi yo rale l' moute soti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo

38:14b.JER.038.014 Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l' ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Seyè a. Wa a di l' konsa: -Mwen gen yon bagay m' bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m' anyen

38:15b.JER.038.015 Jeremi reponn li: -Ala, si mwen pale ou kare, w'ap fè yo touye m'. Si m' ba ou yon konsèy, ou p'ap koute m'

38:16b.JER.038.016 Wa Sedesyas rele Jeremi sou kote, li fè l' sèman. Li di l' konsa: -Mwen pran Bondye vivan an, Bondye ki ban nou lavi a, pou temwen, mwen p'ap fè touye ou, ni mwen p'ap lage ou nan men moun ki vle touye ou yo

38:17b.JER.038.017 Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou

38:18b.JER.038.018 Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo

38:19b.JER.038.019 Wa Sedesyas reponn: -Ou konnen sa m' pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m' nan men yo pou yo maltrete m'

38:20b.JER.038.020 Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri

38:21b.JER.038.021 Si ou derefize al rann tèt ou, men sa ki pral rive ou, dapre sa Seyè a fè m' wè

38:22b.JER.038.022 Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l' fè sa yo vle. Koulye a, bra msye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l' pou kont li

38:23b.JER.038.023 Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a

38:24b.JER.038.024 Sedesyas di Jeremi konsa: -Pa kite pesonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri

38:25b.JER.038.025 Si chèf yo rive konnen mwen te pale avè ou, y'ap vin jwenn ou, y'ap mande ou sa ou te di m' ak sa m' te reponn ou. Y'ap pwomèt yo p'ap touye ou si ou pa kache yo anyen

38:26b.JER.038.026 Lè sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l' pa voye m' tounen nan prizon lakay Jonatan pou m' pa mouri la

38:27b.JER.038.027 Tout chèf yo vini jwenn Jeremi vre. Yo mande l' yon bann pawòl. Jeremi reponn yo jan wa a te di l' la. Pa t' gen anyen chèf yo te ka fè paske pesonn pa t' tande koze Jeremi te gen ak wa a

38:28b.JER.038.028 Jeremi rete nan lakou gad palè yo jouk jou yo pran lavil Jerizalèm

39

39:1b.JER.039.001 Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou

39:2b.JER.039.002 Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a

39:3b.JER.039.003 Lè sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo

39:4b.JER.039.004 Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an

39:5b.JER.039.005 Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas

39:6b.JER.039.006 Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou

39:7b.JER.039.007 Apre sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l' ak de chenn kwiv pou yo mennen l' Babilòn

39:8b.JER.039.008 Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm

39:9b.JER.039.009 Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn

39:10b.JER.039.010 Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay

39:11b.JER.039.011 Men Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi

39:12b.JER.039.012 -Chache kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l' anyen. Okontrè, tout sa l'a mande, w'a ba li l'

39:13b.JER.039.013 Se konsa Neboucharadan, chèf lagad la, Nebouchasban, chèf nèg konfyans yo, Negal-Sarezè, chèf konseye yo, ansanm ak tout lòt chèf wa Babilòn y

39:14b.JER.039.014 voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l' rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la

39:15b.JER.039.015 Antan Jeremi te nan prizon nan lakou gad palè yo, Seyè a te pale avè l' pou di l' konsa

39:16b.JER.039.016 -Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letiopi a. W'a di li men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay

39:17b.JER.039.017 Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo

39:18b.JER.039.018 Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Seyè a ki di sa

40

40:1b.JER.040.001 Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn

40:2b.JER.040.002 Chèf lagad la pran Jeremi sou kote, li di l' konsa: -Seyè a, Bondye ou la, te di li t'ap fè malè sa a tonbe sou peyi a

40:3b.JER.040.003 Koulye a sa li te di li t'ap fè a, li fè l'. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Seyè a, yo pa t' vle koute l'

40:4b.JER.040.004 Atòkile, m'ap wete chenn ki nan ponyèt ou yo, m'ap lage ou. Si ou vle vini ak mwen lavil Babilòn, ou mèt vini, m'a pran swen ou. Men, si ou pa vle tou, ou pa blije vini. Tout peyi a devan ou, ou mèt ale kote ou vle

40:5b.JER.040.005 Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale

40:6b.JER.040.006 Jeremi al jwenn Gedalya, pitit Akikam lan, lavil Mispa. Li rete la avè l' ansanm ak moun yo te kite nan peyi a

40:7b.JER.040.007 Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun

40:8b.JER.040.008 Se konsa, Izmayèl, pitit Netanya, Jokanan ak Jonatan, pitit Karejak, Seraya, pitit Tannoumèt, pitit Efayi yo, moun lavil Netofa, ansanm ak Jezanya, pitit Makat, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo

40:9b.JER.040.009 Gedalya di yo konsa: -Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou

40:10b.JER.040.010 Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo

40:11b.JER.040.011 Konsa tou, tout jwif ki te nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon ak nan tout lòt peyi vin konnen wa Babilòn lan te penmèt kèk jwif rete nan peyi Jida, li te mete Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, chèf sou yo tout

40:12b.JER.040.012 Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite

40:13b.JER.040.013 Yon jou, Jokanan, pitit Karejak, ansanm ak tout lòt chèf lame ki te andeyò yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa

40:14b.JER.040.014 Yo di l' konsa: -Ou pa konnen Baalis, wa peyi Amon an, voye Izmayèl, pitit Netanya a, pou touye ou? Men Gedalya pa t' vle kwè yo

40:15b.JER.040.015 Lè sa a, Jokanan al jwenn Gedalya an kachèt lavil Mispa, li di l' konsa: -Eske ou vle m' al touye Izmayèl pou ou? Pesonn p'ap konn anyen. Poukisa pou ou kite l' ansasinen ou? Si li touye ou, sa pral lakòz tout jwif ki te sanble bò kote ou yo pral gaye ankò. Sa pral lakòz ti ponyen moun ki rete nan peyi Jida a rive disparèt

40:16b.JER.040.016 Men, Gedalya reponn: -Pa fè sa, monchè! Sa w'ap di sou Izmayèl la pa vre

41

41:1b.JER.041.001 Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya

41:2b.JER.041.002 Izmayèl leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a

41:3b.JER.041.003 Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou

41:4b.JER.041.004 Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t' ankò gaye

41:5b.JER.041.005 Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan

41:6b.JER.041.006 Izmayèl kite Mispa, li soti al kontre yo, de ran dlo nan je l'. Lè li rive sou yo li di konsa: -Vini non, ann al kay Gedalya

41:7b.JER.041.007 Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l' yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn

41:8b.JER.041.008 Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t' touye sa yo ansanm ak lòt yo

41:9b.JER.041.009 Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l' la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo

41:10b.JER.041.010 Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo

41:11b.JER.041.011 Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l' yo vin konnen tout mechanste Izmayèl, pitit Netanya a, te fè

41:12b.JER.041.012 Yo pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l'. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an

41:13b.JER.041.013 Lè moun Izmayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l' yo, yo te kontan

41:14b.JER.041.014 Lè sa a, tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan

41:15b.JER.041.015 Izmayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l' yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an

41:16b.JER.041.016 Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l' yo pran sou kont yo tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Izmayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l' gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon

41:17b.JER.041.017 Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Leji

41:18b.JER.041.018 paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a

42

42:1b.JER.042.001 Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y' al bò kot pwofèt Jeremi

42:2b.JER.042.002 yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye

42:3b.JER.042.003 Mande Seyè a, Bondye ou la, pou l' fè nou konnen ki chimen pou n' pran, kisa pou n' fè

42:4b.JER.042.004 Jeremi reponn yo: -Dakò. Mwen pral lapriyè Seyè a, Bondye nou an, jan nou mande m' lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Seyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen

42:5b.JER.042.005 Yo di Jeremi konsa: -Si nou pa fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va di ou pou nou fè, se pou Seyè a kanpe pou l' akize nou. Lè sa a, l'a gen rezon l' nan pla men l'

42:6b.JER.042.006 Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Seyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l'

42:7b.JER.042.007 Dis jou apre, Seyè a bay Jeremi repons lan

42:8b.JER.042.008 Jeremi rele Jokanan, pitit Karejak la, ak tout lòt chèf lame ki te avè l' yo ansanm ak tout pèp la, gran kou piti

42:9b.JER.042.009 Li di yo: -Nou te voye m' al lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou m' te mande l' kichòy pou nou. Men repons li bay

42:10b.JER.042.010 Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m' gwo lapenn

42:11b.JER.042.011 Koulye a, nou pa bezwen tranble devan wa Babilòn lan. Nou pa bezwen pè l'. Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale ak nou. Mwen la avèk nou pou sove nou, pou delivre nou anba men l'

42:12b.JER.042.012 Paske mwen gen bon kè, m'a fè l' gen pitye pou nou, l'a kite nou tounen lakay nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa

42:13b.JER.042.013 Jeremi di yo ankò: -Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, fè nou konnen, si nou di: Non, nou p'ap rete nan peyi a

42:14b.JER.042.014 Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n' al viv

42:15b.JER.042.015 Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Seyè a di nou: Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou soti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete

42:16b.JER.042.016 enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip

42:17b.JER.042.017 Tout moun ki soti vre pou y' ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an

42:18b.JER.042.018 Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò

42:19b.JER.042.019 Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a

42:20b.JER.042.020 Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'

42:21b.JER.042.021 Jòdi a, mwen fè nou konnen repons li, men nou pa vle koute anyen nan sa li voye m' di nou an

42:22b.JER.042.022 Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a

43

43:1b.JER.043.001 Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a

43:2b.JER.043.002 Azarya, pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa: -Manti! Seyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip

43:3b.JER.043.003 Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn

43:4b.JER.043.004 Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a

43:5b.JER.043.005 Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a

43:6b.JER.043.006 fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou

43:7b.JER.043.007 Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès

43:8b.JER.043.008 Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa

43:9b.JER.043.009 -Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'

43:10b.JER.043.010 Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo

43:11b.JER.043.011 Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo

43:12b.JER.043.012 L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen

43:13b.JER.043.013 L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo

44

44:1b.JER.044.001 Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs

44:2b.JER.044.002 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo

44:3b.JER.044.003 Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen

44:4b.JER.044.004 Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'

44:5b.JER.044.005 Men yo pa t' koute m'. Pawòl la antre nan yon zòrèy li soti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo

44:6b.JER.044.006 Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a

44:7b.JER.044.007 Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape

44:8b.JER.044.008 Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon

44:9b.JER.044.009 Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm

44:10b.JER.044.010 Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo

44:11b.JER.044.011 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a

44:12b.JER.044.012 M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz

44:13b.JER.044.013 M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo

44:14b.JER.044.014 Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo

44:15b.JER.044.015 Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi

44:16b.JER.044.016 -Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a

44:17b.JER.044.017 N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm

44:18b.JER.044.018 Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou

44:19b.JER.044.019 Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè

44:20b.JER.044.020 Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l' repons sa yo, li di yo konsa

44:21b.JER.044.021 -Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Seyè a pa t' konn sa, osinon li bliye sa

44:22b.JER.044.022 Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a

44:23b.JER.044.023 Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a

44:24b.JER.044.024 Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a

44:25b.JER.044.025 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la

44:26b.JER.044.026 Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an

44:27b.JER.044.027 M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò

44:28b.JER.044.028 Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm

44:29b.JER.044.029 Se mwen menm Seyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre

44:30b.JER.044.030 Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou

45

45:1b.JER.045.001 Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa

45:2b.JER.045.002 -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk

45:3b.JER.045.003 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm

45:4b.JER.045.004 Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè

45:5b.JER.045.005 Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou

46

46:1b.JER.046.001 Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo

46:2b.JER.046.002 Mesaj sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida

46:3b.JER.046.003 Ofisye lame Lejip la ap bay lòd: -Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou! Annavan pou batay la

46:4b.JER.046.004 Sele chwal yo. Kavalye, moute sou yo. Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou. File pwent frenn nou yo. Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou

46:5b.JER.046.005 Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè

46:6b.JER.046.006 Sa ki kouri yo p'ap sove, vanyan sòlda yo p'ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe

46:7b.JER.046.007 Kilès sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou

46:8b.JER.046.008 Se peyi Lejip k'ap gonfle kò l' konsa, tankou dlo larivyè Nil, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou. Lejip te di: M'ap gonfle, m'ap kouvri tout latè. M'ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo

46:9b.JER.046.009 Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza

46:10b.JER.046.010 Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l' yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat

46:11b.JER.046.011 Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou

46:12b.JER.046.012 Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an. Toupatou sou latè yo tande rèl nou. Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt, y'ap tonbe atè ansanm

46:13b.JER.046.013 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la

46:14b.JER.046.014 -Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou

46:15b.JER.046.015 Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt? Se Seyè a ki lage l' atè

46:16b.JER.046.016 Li fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt. Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou! Ann chape anba nepe lènmi yo

46:17b.JER.046.017 Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l': Paladò. Li kite lè a pase

46:18b.JER.046.018 Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a

46:19b.JER.046.019 Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'

46:20b.JER.046.020 Peyi Lejip te tankou yon bèl gazèl. Men, yon tanwouan soti nan nò vin atake l'

46:21b.JER.046.021 Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo

46:22b.JER.046.022 Peyi Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun, l'ap kouri ale lè lame lènmi l' yo ap pwoche. Y'ap atake l' ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa

46:23b.JER.046.023 Yo mete tout gwo rakbwa yo atè, rakbwa kote moun pa t' ka antre a. Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo. Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt. Se Seyè a menm ki di sa

46:24b.JER.046.024 Moun Lejip yo wont, pèp ki soti nan nò a kraze yo

46:25b.JER.046.025 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li

46:26b.JER.046.026 M'ap lage yo nan men moun ki soti pou touye yo a, nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ak lame moun pa l' yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Seyè a ki di sa

46:27b.JER.046.027 Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò

46:28b.JER.046.028 Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou

47

47:1b.JER.047.001 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza

47:2b.JER.047.002 Seyè a di konsa: -Gade! Bò nan nò, dlo yo ap gonfle, y'ap fè yon gwo lavalas k'ap desann, y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l'. Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo. Moun ap rele, y'ap plenn. Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn

47:3b.JER.047.003 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje

47:4b.JER.047.004 Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la

47:5b.JER.047.005 Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilè rès moun nan fon Filisti a va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo

47:6b.JER.047.006 Adye! Kilè nepe Seyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la

47:7b.JER.047.007 Men, ki jan pou li fè poze lè Seyè a ba li lòd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l' ale

48

48:1b.JER.048.001 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Moab la: -Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l' ratè

48:2b.JER.048.002 Peyi Moab la pèdi pouvwa li. Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Moab. Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè! Yo fè lavil Madmèn pe bouch li. Yon gwo lame ap mache pran l'

48:3b.JER.048.003 Moun lavil Owonayim yo ap rele: Men y'ap ravaje nou! Y'ap fè malè sou nou

48:4b.JER.048.004 Yo kraze peyi Moab. Tout pitit li yo ap rele

48:5b.JER.048.005 Se dlo nan je y'ap moute lavil Loukit. Sou tout wout pou desann Owonayim, se gwo rèl pou malè ki rive yo

48:6b.JER.048.006 Y'ap rele: Kouri non, sove lavi nou! Al kache tankou bourik mawon nan dezè a

48:7b.JER.048.007 Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo

48:8b.JER.048.008 Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa

48:9b.JER.048.009 Pare yon mab pou mete sou tonm Moab. Talè konsa yo pral detwi l' nèt. Tout lavil peyi Moab yo fin kraze. P'ap gen yon moun rete la ankò

48:10b.JER.048.010 Madichon pou moun ki pote neglijans nan fè travay Seyè a! Madichon pou moun ki derefize touye nan lagè a

48:11b.JER.048.011 Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante

48:12b.JER.048.012 Men lè a rive koulye a, se Seyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Moab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso

48:13b.JER.048.013 Moun peyi Moab yo pral wont Kemòch, bondye yo a, menm jan moun fanmi Izrayèl yo te wont bondye lavil Betèl ki te tout konfyans yo a

48:14b.JER.048.014 Ki jan nou ka fè di: Nou se vanyan gason, sòlda brave danje ki konn fè lagè

48:15b.JER.048.015 Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa

48:16b.JER.048.016 Jou pou yo fini ak Moab la ap pwoche. Malè ki pral tonbe sou Moab la pa lwen rive

48:17b.JER.048.017 Nou menm, vwazen l' yo, plenn sò li! Nou tout ki te konnen jan l' te ye a, nou mèt di: Gade jan yo kraze gwo pouvwa li a! Bèl baton kòmandman ki te nan men l' lan disparèt

48:18b.JER.048.018 Nou menm k'ap viv lavil Dibon, desann sou bèl fotèy premye klas nou an. Mete dèyè nou atè nan pousyè a. Paske moun ki te fini ak Moab la ap vin pou nou. L'ap kraze tout gwo fò nou yo

48:19b.JER.048.019 Nou menm k'ap viv lavil Awoyè. Rete sou bò wout la tann. Mande moun k'ap kouri met deyò yo sa ki pase

48:20b.JER.048.020 Y'a reponn ou: Peyi Moab tonbe! Plenn sò li, pete rèl pou li: Yo fè l' wont! Fè tout moun ki rete bò ravin Anon an konnen yo ravaje peyi Moab la

48:21b.JER.048.021 Jou jijman an rive pou lavil yo ki sou platon an: Olon, Jasa ak Mefat

48:22b.JER.048.022 Didon, Nebo ak Bèt-Diblatayim

48:23b.JER.048.023 Kiryatayim, Bèt-Gamoul, Bèt Meyon

48:24b.JER.048.024 Keriyòt, Bozra. Jijman rive sou tout lavil peyi Moab yo, kit sa ki toupre, kit sa ki byen lwen

48:25b.JER.048.025 Yo kraze lògèy moun Moab yo. Yo kraze kouraj yo. Se mwen menm Seyè a ki pale

48:26b.JER.048.026 Seyè a di ankò: -Fè lavil Moab sou, paske li te kenbe tèt avè m'. Se pou Moab woule nan vonmi l'. Li menm tou, se pou yo pase l' nan rizib

48:27b.JER.048.027 Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib. Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò kifè chak fwa n'ap pale sou yo, n'ap souke tèt nou, n'ap di podjab pou yo

48:28b.JER.048.028 Nou menm moun Moab, kite lavil nou yo, al rete nan twou wòch. Fè tankou ranmye ki fè nich yo nan twou bò falèz

48:29b.JER.048.029 Moun Moab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lògèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun

48:30b.JER.048.030 Men mwen menm Seyè a, mwen konnen yo te kwè twòp nan tèt yo. Bèl diskou yo t'ap fè yo se te pawòl nan bouch. Tou sa y'ap fè pa vo anyen

48:31b.JER.048.031 Se konsa, m'ap plenn sò moun Moab yo, m'ap rele pou tout peyi Moab yo, pou moun lavil Ki-Erès yo

48:32b.JER.048.032 M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo

48:33b.JER.048.033 Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman

48:34b.JER.048.034 Moun Esbon yo ap rele. Yo tande rèl yo jouk lavil Elealè, jouk lavil Jaaz, depi lavil Zoa jouk lavil Owonayim ak Eglat-Chelichya. Ata ti dlo Nimrim lan gen pou l' cheche

48:35b.JER.048.035 M'ap disparèt moun lavil Moab yo. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo, moun k'ap boule lansan pou bondye yo

48:36b.JER.048.036 Se poutèt sa, kè m' ap fè m' mal anpil pou moun Moab yo, pou moun Ki-Erès yo. M'ap plenn sò yo tankou moun k'ap jwe fif nan lantèman. Paske yo pèdi tou sa yo te genyen

48:37b.JER.048.037 Yo tout, yo kale tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo, yo kòche tout men yo ak kouto, yo mare sak nan ren yo

48:38b.JER.048.038 Sou teras anwo tout kay peyi Moab yo, sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn. Mwen kraze peyi Moab tankou yon kannari pesonn pa bezwen ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa

48:39b.JER.048.039 Yo fini ak peyi Moab! Plenn sò li. Moab pèdi pye, li wont. Tout nasyon ki nan vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib, yo tout sezi wè sa ki rive l'

48:40b.JER.048.040 Men sa Seyè a di ankò: -Tankou yon malfini, yon lènmi ap plane ak zèl li yo gran louvri sou Moab

48:41b.JER.048.041 Li pran tout lavil yo, li mete men sou tout fò yo. Jou sa a, vanyan sòlda lame Moab yo te pè tankou yon fanm ki gen tranche

48:42b.JER.048.042 Y'ap fini ak peyi Moab la, y'ap touye dènye moun ladan l', paske li te kenbe tèt ak Seyè a

48:43b.JER.048.043 Nou menm moun Moab yo, yo pral ban nou sezisman, y'ap fouye twou pou nou tonbe, y'ap pare pèlen pou nou. Se Seyè a menm ki di sa

48:44b.JER.048.044 Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou. Lè y'a kouri soti nan twou a, y'ap pran nan pèlen. Paske dat Seyè a te fikse pou li pini Moab la rive sou li. Se Seyè a menm ki di sa

48:45b.JER.048.045 Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke. Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon, lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an: men yo jwenn li ap boule. Dife a gaye, li rive jouk sou fwontyè a, li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo

48:46b.JER.048.046 Sa fè lapenn pou moun Moab yo! Tout moun ki t'ap sèvi Kèmòch yo fini. Yo pran pitit gason ak pitit fi yo, yo fè yo prizonye, yo depòte yo

48:47b.JER.048.047 Men nan jou k'ap vin apre yo, m'ap mete peyi Moab la kanpe ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Se tou sa ki pral rive moun Moab yo

49

49:1b.JER.049.001 Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo

49:2b.JER.049.002 Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a

49:3b.JER.049.003 Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo

49:4b.JER.049.004 Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou

49:5b.JER.049.005 Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P'ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò

49:6b.JER.049.006 Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa

49:7b.JER.049.007 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo

49:8b.JER.049.008 Nou menm moun lavil Dedan, vire do nou, kouri ale! Fè twou pou kache kò nou! Mwen pral fini ak moun Ezaou yo, paske lè pou m' regle ak yo a rive

49:9b.JER.049.009 Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen

49:10b.JER.049.010 Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezaou yo toutouni. Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo. Konsa, nanpwen kache pou yo ankò. Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinaj yo pral disparèt

49:11b.JER.049.011 Pa gen pesonn k'ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m'. M'a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen

49:12b.JER.049.012 Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m' pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou

49:13b.JER.049.013 Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan

49:14b.JER.049.014 Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y' al goumen avè l'

49:15b.JER.049.015 Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p'ap respekte nou

49:16b.JER.049.016 Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa

49:17b.JER.049.017 Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè

49:18b.JER.049.018 Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa

49:19b.JER.049.019 Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'

49:20b.JER.049.020 Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo

49:21b.JER.049.021 Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo

49:22b.JER.049.022 Tankou malfini k'ap plonje ak zèl li yo gran louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon yo pral pè tankou fanm ki gen tranche

49:23b.JER.049.023 Men sa Seyè a di sou peyi Damas la: -Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Tankou lanmè, yo boulvèse, yo pa ka rete an plas

49:24b.JER.049.024 Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche

49:25b.JER.049.025 Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l'

49:26b.JER.049.026 Jou sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa

49:27b.JER.049.027 M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la

49:28b.JER.049.028 Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo

49:29b.JER.049.029 Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè

49:30b.JER.049.030 Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l' kraze nou. Li soti pou l' fini ak nou

49:31b.JER.049.031 Men sa Seyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo t' alèz san ankenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san ankenn pwoteksyon

49:32b.JER.049.032 Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun sa yo ki koupe cheve yo kout. Kote yo pase m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

49:33b.JER.049.033 M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pesonn p'ap rete ladan l' ankò. Ankenn moun p'ap viv la

49:34b.JER.049.034 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida

49:35b.JER.049.035 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a

49:36b.JER.049.036 M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. p'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo

49:37b.JER.049.037 M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki soti pou touye yo. M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo, m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo

49:38b.JER.049.038 M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fotèy mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa

49:39b.JER.049.039 Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa

50

50:1b.JER.050.001 Men mesaj Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a

50:2b.JER.050.002 -Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo

50:3b.JER.050.003 Paske yon nasyon ap soti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l' tounen yon dezè. p'ap gen pesonn ladan l'. Bèt kou moun ap kouri met deyò

50:4b.JER.050.004 Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a

50:5b.JER.050.005 Y'ap mande chemen pou y' al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Seyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye

50:6b.JER.050.006 Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo

50:7b.JER.050.007 Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Seyè a ki te ka rann yo jistis, kont Seyè a ki te tout espwa zansèt yo

50:8b.JER.050.008 Nou menm pèp Izrayèl la, kouri kite lavil Babilòn! Mete deyò nan peyi moun Kalde yo! Se nou menm ki pou pati an premye kite peyi a

50:9b.JER.050.009 Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a

50:10b.JER.050.010 Y'ap piye lavil Babilòn. Wi, tout moun k'ap piye l' yo ap pran pot ale jouk yo pa konn kote pou yo mete ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa

50:11b.JER.050.011 Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen

50:12b.JER.050.012 Men, peyi nou an, lavil kote nou moun lan, pral wont. Yo pral trennen yo nan labou. Nan tout nasyon yo, Babilòn pral dèyè nèt. L'ap tounen yon dezè, san dlo, san yon pyebwa

50:13b.JER.050.013 Paske Seyè a pral move sou li. p'ap gen pesonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l'

50:14b.JER.050.014 Nou menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn. Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li, paske li fè peche kont Seyè a

50:15b.JER.050.015 Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a

50:16b.JER.050.016 Pa kite pesonn pou plante jaden! Pa kite pesonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo

50:17b.JER.050.017 Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo

50:18b.JER.050.018 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Mwen pral regle wa Babilòn lan ansanm ak tout peyi li a, menm jan mwen te regle wa peyi Lasiri a

50:19b.JER.050.019 Apre sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l'. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad

50:20b.JER.050.020 Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Seyè a ki di sa

50:21b.JER.050.021 Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a

50:22b.JER.050.022 Nan tout peyi a, se lagè k'ap fèt! Se kraze brize nèt ale

50:23b.JER.050.023 Lavil Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Koulye a, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l' tounen yon dezè san moun ladan l' nan mitan tout nasyon yo

50:24b.JER.050.024 Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l' san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te soti pou goumen avè m'

50:25b.JER.050.025 Seyè a louvri depo zam li yo. Li fè kòlè, li mete yo deyò, paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, mwen gen yon travay pou m' fè ak moun Babilòn yo

50:26b.JER.050.026 Soti toupatou sou latè, vin atake l'! Louvri tout depo pwovizyon l' yo! Anpile tou sa nou jwenn, boule tout pou Seyè a. Pa kite anyen

50:27b.JER.050.027 Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive

50:28b.JER.050.028 Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Seyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè tanp li a

50:29b.JER.050.029 Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa

50:30b.JER.050.030 Se poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l' yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa

50:31b.JER.050.031 Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m' pini ou lan rive sou ou

50:32b.JER.050.032 Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pesonn p'ap ka fè l' kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule

50:33b.JER.050.033 Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo

50:34b.JER.050.034 Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote

50:35b.JER.050.035 Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo

50:36b.JER.050.036 Lanmò pou divinò li yo! Se yon bann egare yo ye. Lanmò pou sòlda li yo! Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè

50:37b.JER.050.037 Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo vin tankou fanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo

50:38b.JER.050.038 Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo

50:39b.JER.050.039 Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba

50:40b.JER.050.040 Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa

50:41b.JER.050.041 Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè

50:42b.JER.050.042 Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn

50:43b.JER.050.043 Wa Babilòn lan pran nouvèl la. Li santi de bra l' kase. Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche

50:44b.JER.050.044 Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'

50:45b.JER.050.045 Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo

50:46b.JER.050.046 Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo

51

51:1b.JER.051.001 Seyè a di konsa: -Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l' ansanm ak tout moun li yo

51:2b.JER.051.002 Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l' tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap soti toupatou vin tonbe sou li

51:3b.JER.051.003 Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye

51:4b.JER.051.004 Nan tout peyi Babilòn lan moun ap tonbe mouri. Nan tout lari flèch ap pèse yo pak an pak

51:5b.JER.051.005 Paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa

51:6b.JER.051.006 Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan

51:7b.JER.051.007 Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale

51:8b.JER.051.008 Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri

51:9b.JER.051.009 Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo

51:10b.JER.051.010 Pèp Izrayèl la di: Seyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Seyè a, Bondye nou an, fè

51:11b.JER.051.011 Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch

51:12b.JER.051.012 Leve drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonnè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo. Seyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo

51:13b.JER.051.013 Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a

51:14b.JER.051.014 Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman sou tèt li: li pral mennen anpil moun vin atake Babilòn, y'ap tankou yon bann krikèt. Yo pral rele, yo pral chante dèske yo kraze ou

51:15b.JER.051.015 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè

51:16b.JER.051.016 Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo

51:17b.JER.051.017 Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo

51:18b.JER.051.018 Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo

51:19b.JER.051.019 Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'

51:20b.JER.051.020 Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo

51:21b.JER.051.021 Se avè ou mwen te kraze chwal yo ak tout kavalye yo. Se avè ou mwen te kraze cha lagè yo ak tout moun ki t'ap mennen yo

51:22b.JER.051.022 Se avè ou mwen te kraze fanm kou gason, granmoun kou timoun, jenn gason kou jenn fi

51:23b.JER.051.023 Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo

51:24b.JER.051.024 Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo

51:25b.JER.051.025 Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife

51:26b.JER.051.026 Yo p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa

51:27b.JER.051.027 Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt

51:28b.JER.051.028 Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo

51:29b.JER.051.029 Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò

51:30b.JER.051.030 Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo

51:31b.JER.051.031 Mesaje sou mesaje ap kouri brid sou kou al di wa Babilòn lan lènmi anvayi lavil li a nèt

51:32b.JER.051.032 Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye

51:33b.JER.051.033 Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi

51:34b.JER.051.034 Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete

51:35b.JER.051.035 Moun ki rete sou mòn Siyon yo di: Se pou lavil Babilòn peye tout lapenn ak mechanste li fè nou. Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di: Se pou moun peyi Kalde yo peye pou tout san nou yo fè koule a

51:36b.JER.051.036 Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo

51:37b.JER.051.037 Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt

51:38b.JER.051.038 Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap griyen dan yo tankou jenn lyon

51:39b.JER.051.039 Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò

51:40b.JER.051.040 M'ap fè mennen yo labatwa tankou yo mennen mouton, belye mouton ak bouk kabrit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa

51:41b.JER.051.041 Seyè a di konsa: -Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l' tounen yon dezè nan mitan nasyon yo

51:42b.JER.051.042 Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la

51:43b.JER.051.043 Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis

51:44b.JER.051.044 M'ap regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l' rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l' ankò. Miray lavil Babilòn yo tonbe

51:45b.JER.051.045 Nou menm moun pèp Izrayèl yo, kouri wete kò nou la! Chape kò nou pou nou pa pase tou, paske Seyè a move anpil sou lavil Babilòn

51:46b.JER.051.046 Pa dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak lanne yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè yo di se mechanste k'ap fèt nan peyi a, yon lòt lè yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pran pouvwa a

51:47b.JER.051.047 Men jou yo rive pou m' regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l'

51:48b.JER.051.048 Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap soti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Seyè a menm ki di sa

51:49b.JER.051.049 Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la

51:50b.JER.051.050 Seyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: -Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm

51:51b.JER.051.051 Nou di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou. Lawont fè nou bouche figi nou, paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo nan kote ki apa nèt pou Seyè a nan tanp lan

51:52b.JER.051.052 Enben, men sa Seyè a di ankò: Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo. Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn

51:53b.JER.051.053 Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa

51:54b.JER.051.054 Seyè a di ankò: -Yon sèl rèl pete lavil Babilòn. Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a

51:55b.JER.051.055 Se mwen menm Seyè a k'ap detwi lavil Babilòn. Mwen fè l' pe bouch li. Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move, m'ap fè l' sispann rele

51:56b.JER.051.056 Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè

51:57b.JER.051.057 M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a

51:58b.JER.051.058 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife

51:59b.JER.051.059 Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja

51:60b.JER.051.060 Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la

51:61b.JER.051.061 Jeremi di Seraja konsa: -Lè w'a rive lavil Babilòn, pa bliye se pou ou li tou sa ki ekri nan liv la

51:62b.JER.051.062 Apre sa w'a di: Seyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l' ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan

51:63b.JER.051.063 Lè w'a fin li liv sa a, w'a mare l' sou yon wòch, w'a voye l' jete nan mitan larivyè Lefrat

51:64b.JER.051.064 Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Seyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini

52

52:1b.JER.052.001 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna

52:2b.JER.052.002 Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakim

52:3b.JER.052.003 Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo, jouk jou li wete yo devan je l'. Sedesyas te pran lezam kont Nèbikadneza, wa Babilòn lan

52:4b.JER.052.004 Se konsa, sou dezyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan pye miray yo. Yo sènen l' nèt

52:5b.JER.052.005 Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedeisas la

52:6b.JER.052.006 Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò

52:7b.JER.052.007 Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo

52:8b.JER.052.008 Men, lame moun Babilòn yo rapouswiv wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'

52:9b.JER.052.009 Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li

52:10b.JER.052.010 Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a. Li fè koupe kou tout chèf peyi Jida yo tou

52:11b.JER.052.011 Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn. Yo mete Sedesyas nan prizon, li rete la jouk li mouri

52:12b.JER.052.012 Sou dizyèm jou senkyèm mwa nan disnevyèm lanne rèy Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm

52:13b.JER.052.013 Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo

52:14b.JER.052.014 Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè

52:15b.JER.052.015 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs atizan ki te rete nan lavil la

52:16b.JER.052.016 Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pa t' gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe

52:17b.JER.052.017 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan tanp Seyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basen kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn

52:18b.JER.052.018 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan

52:19b.JER.052.019 Chèf lagad la pran dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: kivèt yo, recho yo, gode yo, plat pou resevwa sann yo, lanp sèt branch yo, bòl yo ak tas yo

52:20b.JER.052.020 de gwo poto yo, gwo basen lan ak douz estati towo ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo

52:21b.JER.052.021 De poto yo te parèy yonn ak lòt: yo chak te gen vennsèt pye wotè, se yon kòd dizwit pye longè ki pou ta fè wonn yo chak. Poto yo te vid nan mitan. Rebò yo te gen twa pous epesè

52:22b.JER.052.022 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt, ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy

52:23b.JER.052.023 Sou wonn tèt poto yo te gen san grenad antou, men antan ou anba ou te ka wè katrevensèz grenad sèlman

52:24b.JER.052.024 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye

52:25b.JER.052.025 Nan lavil la, li pran chèf ki te alatèt lame a ansanm ak sèt lòt otorite ki te toujou avèk wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou

52:26b.JER.052.026 Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla

52:27b.JER.052.027 Wa a fè bat yo, lèfini li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun peyi Jida yo byen lwen peyi yo

52:28b.JER.052.028 Men kantite moun wa Nèbikadneza te depòte: Nan setyèm lanne rèy li a, li depòte twamil venntwa (3.023) moun peyi Jida

52:29b.JER.052.029 Nan dizwityèm lanne rèy li a, li depòte witsantrannde (832) moun lavil Jerizalèm

52:30b.JER.052.030 Nan venntwazyèm lanne rèy li a, Neboucharadan, chèf lagad la, te pran sètsankarannsenk (745) moun. Antou sa te fè katmil sisan (4.600) moun yo te depòte

52:31b.JER.052.031 Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'

52:32b.JER.052.032 Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo

52:33b.JER.052.033 Li wete rad prizonye ki te sou Jojakim lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' jouk Jojakim mouri

52:34b.JER.052.034 Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Jeremiah (Creole). Jeremiah (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9059-1