Proverbs (Creole)

Proverbs (Creole)

1

1:1b.PRO.001.001 Men pwovèb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayèl

1:2b.PRO.001.002 Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo

1:3b.PRO.001.003 Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi

1:4b.PRO.001.004 Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann

1:5b.PRO.001.005 Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen

1:6b.PRO.001.006 konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann

1:7b.PRO.001.007 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann

1:8b.PRO.001.008 Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou

1:9b.PRO.001.009 Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou

1:10b.PRO.001.010 Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou

1:11b.PRO.001.011 Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou

1:12b.PRO.001.012 Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere

1:13b.PRO.001.013 N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran

1:14b.PRO.001.014 W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout

1:15b.PRO.001.015 Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase

1:16b.PRO.001.016 Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò

1:17b.PRO.001.017 Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li

1:18b.PRO.001.018 Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri

1:19b.PRO.001.019 Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò

1:20b.PRO.001.020 Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik

1:21b.PRO.001.021 L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande

1:22b.PRO.001.022 L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann

1:23b.PRO.001.023 Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen

1:24b.PRO.001.024 Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'

1:25b.PRO.001.025 Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou

1:26b.PRO.001.026 Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib

1:27b.PRO.001.027 Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou

1:28b.PRO.001.028 le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen

1:29b.PRO.001.029 Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye

1:30b.PRO.001.030 Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou

1:31b.PRO.001.031 Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo

1:32b.PRO.001.032 Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou

1:33b.PRO.001.033 Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen

2

2:1b.PRO.002.001 Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a

2:2b.PRO.002.002 Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo

2:3b.PRO.002.003 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann

2:4b.PRO.002.004 Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan

2:5b.PRO.002.005 Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye

2:6b.PRO.002.006 Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann

2:7b.PRO.002.007 Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'

2:8b.PRO.002.008 Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li

2:9b.PRO.002.009 Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè

2:10b.PRO.002.010 Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen

2:11b.PRO.002.011 Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou

2:12b.PRO.002.012 Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou

2:13b.PRO.002.013 Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa

2:14b.PRO.002.014 Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè

2:15b.PRO.002.015 Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan

2:16b.PRO.002.016 Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou

2:17b.PRO.002.017 Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye

2:18b.PRO.002.018 Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a

2:19b.PRO.002.019 Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò

2:20b.PRO.002.020 Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi

2:21b.PRO.002.021 Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la

2:22b.PRO.002.022 Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L'ap rache moun k'ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb

3

3:1b.PRO.003.001 Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou

3:2b.PRO.003.002 Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze

3:3b.PRO.003.003 Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo

3:4b.PRO.003.004 Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen

3:5b.PRO.003.005 Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen

3:6b.PRO.003.006 Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran

3:7b.PRO.003.007 Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal

3:8b.PRO.003.008 Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè

3:9b.PRO.003.009 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou

3:10b.PRO.003.010 Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch

3:11b.PRO.003.011 Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje

3:12b.PRO.003.012 Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la

3:13b.PRO.003.013 Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann

3:14b.PRO.003.014 Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò

3:15b.PRO.003.015 Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li

3:16b.PRO.003.016 Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou

3:17b.PRO.003.017 L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè

3:18b.PRO.003.018 Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann

3:19b.PRO.003.019 Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li

3:20b.PRO.003.020 Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè

3:21b.PRO.003.021 Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo

3:22b.PRO.003.022 Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou

3:23b.PRO.003.023 W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen

3:24b.PRO.003.024 Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale

3:25b.PRO.003.025 Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou

3:26b.PRO.003.026 Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen

3:27b.PRO.003.027 Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa

3:28b.PRO.003.028 Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy

3:29b.PRO.003.029 Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal

3:30b.PRO.003.030 Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal

3:31b.PRO.003.031 Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo

3:32b.PRO.003.032 Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo

3:33b.PRO.003.033 Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo

3:34b.PRO.003.034 Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo

3:35b.PRO.003.035 Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont

4

4:1b.PRO.004.001 Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann

4:2b.PRO.004.002 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou

4:3b.PRO.004.003 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen

4:4b.PRO.004.004 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv

4:5b.PRO.004.005 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo

4:6b.PRO.004.006 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou

4:7b.PRO.004.007 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann

4:8b.PRO.004.008 renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou

4:9b.PRO.004.009 Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase

4:10b.PRO.004.010 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan

4:11b.PRO.004.011 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat

4:12b.PRO.004.012 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen

4:13b.PRO.004.013 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou

4:14b.PRO.004.014 Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo

4:15b.PRO.004.015 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou

4:16b.PRO.004.016 Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a

4:17b.PRO.004.017 Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè

4:18b.PRO.004.018 Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt

4:19b.PRO.004.019 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite

4:20b.PRO.004.020 Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen

4:21b.PRO.004.021 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo

4:22b.PRO.004.022 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo

4:23b.PRO.004.023 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv

4:24b.PRO.004.024 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase

4:25b.PRO.004.025 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan

4:26b.PRO.004.026 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou

4:27b.PRO.004.027 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal

5

5:1b.PRO.005.001 Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann

5:2b.PRO.005.002 Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann

5:3b.PRO.005.003 Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo

5:4b.PRO.005.004 Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò

5:5b.PRO.005.005 L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou

5:6b.PRO.005.006 Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale

5:7b.PRO.005.007 Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a

5:8b.PRO.005.008 Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li

5:9b.PRO.005.009 pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou

5:10b.PRO.005.010 Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè

5:11b.PRO.005.011 Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou

5:12b.PRO.005.012 Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen

5:13b.PRO.005.013 Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'

5:14b.PRO.005.014 Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'

5:15b.PRO.005.015 Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete

5:16b.PRO.005.016 Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari

5:17b.PRO.005.017 Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou

5:18b.PRO.005.018 Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan

5:19b.PRO.005.019 L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li

5:20b.PRO.005.020 Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun

5:21b.PRO.005.021 Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou

5:22b.PRO.005.022 Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive

5:23b.PRO.005.023 Y'ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt

6

6:1b.PRO.006.001 Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete

6:2b.PRO.006.002 si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou

6:3b.PRO.006.003 ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout

6:4b.PRO.006.004 Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen

6:5b.PRO.006.005 Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè

6:6b.PRO.006.006 Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi

6:7b.PRO.006.007 Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd

6:8b.PRO.006.008 Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la

6:9b.PRO.006.009 Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi

6:10b.PRO.006.010 W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo

6:11b.PRO.006.011 Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen

6:12b.PRO.006.012 Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou

6:13b.PRO.006.013 Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo

6:14b.PRO.006.014 Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife

6:15b.PRO.006.015 Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò

6:16b.PRO.006.016 Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte

6:17b.PRO.006.017 Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan

6:18b.PRO.006.018 se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal

6:19b.PRO.006.019 se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado

6:20b.PRO.006.020 Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou

6:21b.PRO.006.021 Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye

6:22b.PRO.006.022 Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè

6:23b.PRO.006.023 Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi

6:24b.PRO.006.024 Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd

6:25b.PRO.006.025 Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou

6:26b.PRO.006.026 Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen

6:27b.PRO.006.027 Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule

6:28b.PRO.006.028 Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule

6:29b.PRO.006.029 Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa

6:30b.PRO.006.030 Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa

6:31b.PRO.006.031 Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li

6:32b.PRO.006.032 Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li

6:33b.PRO.006.033 L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a

6:34b.PRO.006.034 Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'

6:35b.PRO.006.035 Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa

7

7:1b.PRO.007.001 Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a

7:2b.PRO.007.002 Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou

7:3b.PRO.007.003 Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'

7:4b.PRO.007.004 Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou

7:5b.PRO.007.005 Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd

7:6b.PRO.007.006 Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a

7:7b.PRO.007.007 Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou

7:8b.PRO.007.008 Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan

7:9b.PRO.007.009 Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa

7:10b.PRO.007.010 Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li

7:11b.PRO.007.011 Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li

7:12b.PRO.007.012 Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou

7:13b.PRO.007.013 Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l'

7:14b.PRO.007.014 Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an

7:15b.PRO.007.015 Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou

7:16b.PRO.007.016 Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen

7:17b.PRO.007.017 Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li

7:18b.PRO.007.018 Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou

7:19b.PRO.007.019 Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen

7:20b.PRO.007.020 Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou

7:21b.PRO.007.021 Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte

7:22b.PRO.007.022 Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèle

7:23b.PRO.007.023 k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje

7:24b.PRO.007.024 Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou

7:25b.PRO.007.025 Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou

7:26b.PRO.007.026 Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo

7:27b.PRO.007.027 Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè

8

8:1b.PRO.008.001 Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande

8:2b.PRO.008.002 Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo

8:3b.PRO.008.003 L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di

8:4b.PRO.008.004 Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande

8:5b.PRO.008.005 Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri

8:6b.PRO.008.006 Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat

8:7b.PRO.008.007 Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti

8:8b.PRO.008.008 Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi

8:9b.PRO.008.009 Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans

8:10b.PRO.008.010 Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò

8:11b.PRO.008.011 Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'

8:12b.PRO.008.012 Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann

8:13b.PRO.008.013 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti

8:14b.PRO.008.014 Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa

8:15b.PRO.008.015 Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis

8:16b.PRO.008.016 Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm

8:17b.PRO.008.017 Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen

8:18b.PRO.008.018 Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen

8:19b.PRO.008.019 Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan

8:20b.PRO.008.020 Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis

8:21b.PRO.008.021 Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès

8:22b.PRO.008.022 Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay

8:23b.PRO.008.023 Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè

8:24b.PRO.008.024 Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo

8:25b.PRO.008.025 Lè m' te fèt la, pa t' ankò gen ankenn mòn menm. Ata ti mòn yo pa t' ankò nan plas yo

8:26b.PRO.008.026 Bondye pa t' ankò fè latè ak jaden. Pa menm premye grenn pousyè tè a pa t' ankò fèt

8:27b.PRO.008.027 Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liy kote syèl la kontre ak latè a

8:28b.PRO.008.028 Mwen te la lè li t'ap mete nwaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a

8:29b.PRO.008.029 Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a

8:30b.PRO.008.030 Mwen te la bò kote l' ap travay avè l'. Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l' plezi. Mwen te toujou kontan travay anba je l'

8:31b.PRO.008.031 Mwen te kontan mache toupatou sou latè. Mwen te pran plezi m' ak lèzòm

8:32b.PRO.008.032 Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè

8:33b.PRO.008.033 Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa

8:34b.PRO.008.034 Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen

8:35b.PRO.008.035 Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye

8:36b.PRO.008.036 Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo

9

9:1b.PRO.009.001 Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto

9:2b.PRO.009.002 Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje

9:3b.PRO.009.003 Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo

9:4b.PRO.009.004 Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo

9:5b.PRO.009.005 Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non

9:6b.PRO.009.006 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans

9:7b.PRO.009.007 Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li

9:8b.PRO.009.008 Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou

9:9b.PRO.009.009 Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li

9:10b.PRO.009.010 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri

9:11b.PRO.009.011 Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne

9:12b.PRO.009.012 Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou

9:13b.PRO.009.013 Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen

9:14b.PRO.009.014 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la

9:15b.PRO.009.015 L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo

9:16b.PRO.009.016 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo

9:17b.PRO.009.017 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou

9:18b.PRO.009.018 Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri

10

10:1b.PRO.010.001 Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn

10:2b.PRO.010.002 Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou

10:3b.PRO.010.003 Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a

10:4b.PRO.010.004 Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich

10:5b.PRO.010.005 Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi

10:6b.PRO.010.006 benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan

10:7b.PRO.010.007 Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman

10:8b.PRO.010.008 Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri

10:9b.PRO.010.009 Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis

10:10b.PRO.010.010 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont

10:11b.PRO.010.011 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan

10:12b.PRO.010.012 Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont

10:13b.PRO.010.013 Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo

10:14b.PRO.010.014 Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen

10:15b.PRO.010.015 Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li

10:16b.PRO.010.016 Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo

10:17b.PRO.010.017 Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo

10:18b.PRO.010.018 Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann

10:19b.PRO.010.019 Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen

10:20b.PRO.010.020 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen

10:21b.PRO.010.021 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann

10:22b.PRO.010.022 benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li

10:23b.PRO.010.023 Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann

10:24b.PRO.010.024 Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'

10:25b.PRO.010.025 Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm

10:26b.PRO.010.026 Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo

10:27b.PRO.010.027 Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo

10:28b.PRO.010.028 Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan

10:29b.PRO.010.029 Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo

10:30b.PRO.010.030 Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a

10:31b.PRO.010.031 Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt

10:32b.PRO.010.032 Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò

11

11:1b.PRO.011.001 Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi

11:2b.PRO.011.002 Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann

11:3b.PRO.011.003 Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye

11:4b.PRO.011.004 Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou

11:5b.PRO.011.005 Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo

11:6b.PRO.011.006 Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a

11:7b.PRO.011.007 Lè yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avè l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l' anyen

11:8b.PRO.011.008 Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive

11:9b.PRO.011.009 Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo

11:10b.PRO.011.010 Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun

11:11b.PRO.011.011 Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo

11:12b.PRO.011.012 Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li

11:13b.PRO.011.013 Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men, moun ki toujou kenbe pawòl yo, kè yo se kòfrefò

11:14b.PRO.011.014 Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove

11:15b.PRO.011.015 Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt

11:16b.PRO.011.016 Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li

11:17b.PRO.011.017 Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò

11:18b.PRO.011.018 Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo

11:19b.PRO.011.019 Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri

11:20b.PRO.011.020 Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo

11:21b.PRO.011.021 Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove

11:22b.PRO.011.022 Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon

11:23b.PRO.011.023 Lè moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi

11:24b.PRO.011.024 Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv

11:25b.PRO.011.025 Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou

11:26b.PRO.011.026 Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache

11:27b.PRO.011.027 Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l'

11:28b.PRO.011.028 Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon

11:29b.PRO.011.029 Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann

11:30b.PRO.011.030 Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun

11:31b.PRO.011.031 Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou

12

12:1b.PRO.012.001 Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann

12:2b.PRO.012.002 Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan

12:3b.PRO.012.003 Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen

12:4b.PRO.012.004 Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo

12:5b.PRO.012.005 Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou

12:6b.PRO.012.006 Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje

12:7b.PRO.012.007 Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la

12:8b.PRO.012.008 Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan

12:9b.PRO.012.009 Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou

12:10b.PRO.012.010 Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray

12:11b.PRO.012.011 Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye

12:12b.PRO.012.012 Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo

12:13b.PRO.012.013 Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa

12:14b.PRO.012.014 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè

12:15b.PRO.012.015 Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo

12:16b.PRO.012.016 Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann

12:17b.PRO.012.017 Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje

12:18b.PRO.012.018 Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd

12:19b.PRO.012.019 Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan

12:20b.PRO.012.020 Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan

12:21b.PRO.012.021 Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou

12:22b.PRO.012.022 Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo

12:23b.PRO.012.023 Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt

12:24b.PRO.012.024 Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun

12:25b.PRO.012.025 Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan

12:26b.PRO.012.026 Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo

12:27b.PRO.012.027 Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li

12:28b.PRO.012.028 Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò

13

13:1b.PRO.013.001 Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'

13:2b.PRO.013.002 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste

13:3b.PRO.013.003 Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo

13:4b.PRO.013.004 Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen

13:5b.PRO.013.005 Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo

13:6b.PRO.013.006 Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt

13:7b.PRO.013.007 Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin

13:8b.PRO.013.008 Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'

13:9b.PRO.013.009 Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri

13:10b.PRO.013.010 Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann

13:11b.PRO.013.011 Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit

13:12b.PRO.013.012 Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou

13:13b.PRO.013.013 Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo

13:14b.PRO.013.014 Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje

13:15b.PRO.013.015 Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di

13:16b.PRO.013.016 Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt

13:17b.PRO.013.017 Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze

13:18b.PRO.013.018 Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo

13:19b.PRO.013.019 Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an

13:20b.PRO.013.020 Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm

13:21b.PRO.013.021 Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans

13:22b.PRO.013.022 Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li

13:23b.PRO.013.023 Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou

13:24b.PRO.013.024 Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'

13:25b.PRO.013.025 Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen

14

14:1b.PRO.014.001 Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li

14:2b.PRO.014.002 Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen

14:3b.PRO.014.003 Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo

14:4b.PRO.014.004 Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt

14:5b.PRO.014.005 Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite

14:6b.PRO.014.006 Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil

14:7b.PRO.014.007 Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen

14:8b.PRO.014.008 Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe

14:9b.PRO.014.009 Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo

14:10b.PRO.014.010 Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou

14:11b.PRO.014.011 Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope

14:12b.PRO.014.012 Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò

14:13b.PRO.014.013 Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere

14:14b.PRO.014.014 Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li

14:15b.PRO.014.015 Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'

14:16b.PRO.014.016 Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon

14:17b.PRO.014.017 Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz

14:18b.PRO.014.018 Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans

14:19b.PRO.014.019 Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo

14:20b.PRO.014.020 Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi

14:21b.PRO.014.021 Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere

14:22b.PRO.014.022 Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou

14:23b.PRO.014.023 Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv

14:24b.PRO.014.024 Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt

14:25b.PRO.014.025 Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo

14:26b.PRO.014.026 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye

14:27b.PRO.014.027 Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje

14:28b.PRO.014.028 Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen

14:29b.PRO.014.029 Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt

14:30b.PRO.014.030 Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo

14:31b.PRO.014.031 Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye

14:32b.PRO.014.032 Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje

14:33b.PRO.014.033 Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen

14:34b.PRO.014.034 Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon

14:35b.PRO.014.035 Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal

15

15:1b.PRO.015.001 Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite

15:2b.PRO.015.002 Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans

15:3b.PRO.015.003 Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan

15:4b.PRO.015.004 Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre

15:5b.PRO.015.005 Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo

15:6b.PRO.015.006 Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo

15:7b.PRO.015.007 Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo

15:8b.PRO.015.008 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'

15:9b.PRO.015.009 Seyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li

15:10b.PRO.015.010 Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri

15:11b.PRO.015.011 Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun

15:12b.PRO.015.012 Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy

15:13b.PRO.015.013 Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou

15:14b.PRO.015.014 Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans

15:15b.PRO.015.015 Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou

15:16b.PRO.015.016 Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje

15:17b.PRO.015.017 Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou

15:18b.PRO.015.018 Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè

15:19b.PRO.015.019 Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'

15:20b.PRO.015.020 Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'

15:21b.PRO.015.021 Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat

15:22b.PRO.015.022 Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen

15:23b.PRO.015.023 Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon

15:24b.PRO.015.024 Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a

15:25b.PRO.015.025 Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo

15:26b.PRO.015.026 Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch

15:27b.PRO.015.027 Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan

15:28b.PRO.015.028 Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl

15:29b.PRO.015.029 Lè mechan yo ap lapriyè, Seyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l' koute sa moun ki mache dwat yo ap di l'

15:30b.PRO.015.030 Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl

15:31b.PRO.015.031 Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann

15:32b.PRO.015.032 Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann

15:33b.PRO.015.033 Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou

16

16:1b.PRO.016.001 Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye

16:2b.PRO.016.002 Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo

16:3b.PRO.016.003 Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè

16:4b.PRO.016.004 Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'

16:5b.PRO.016.005 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa

16:6b.PRO.016.006 Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal

16:7b.PRO.016.007 Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'

16:8b.PRO.016.008 Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal

16:9b.PRO.016.009 Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a

16:10b.PRO.016.010 Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman

16:11b.PRO.016.011 Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès

16:12b.PRO.016.012 Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun

16:13b.PRO.016.013 Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti

16:14b.PRO.016.014 Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan

16:15b.PRO.016.015 Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan

16:16b.PRO.016.016 Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan

16:17b.PRO.016.017 Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal

16:18b.PRO.016.018 Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri

16:19b.PRO.016.019 Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò

16:20b.PRO.016.020 Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a

16:21b.PRO.016.021 Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans

16:22b.PRO.016.022 Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt

16:23b.PRO.016.023 Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz

16:24b.PRO.016.024 Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou

16:25b.PRO.016.025 Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò

16:26b.PRO.016.026 Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch

16:27b.PRO.016.027 Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife

16:28b.PRO.016.028 Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado

16:29b.PRO.016.029 Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon

16:30b.PRO.016.030 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou

16:31b.PRO.016.031 Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan

16:32b.PRO.016.032 Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil

16:33b.PRO.016.033 Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye

17

17:1b.PRO.017.001 Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman

17:2b.PRO.017.002 Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit

17:3b.PRO.017.003 Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun

17:4b.PRO.017.004 Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti

17:5b.PRO.017.005 Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'

17:6b.PRO.017.006 Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit

17:7b.PRO.017.007 Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti

17:8b.PRO.017.008 Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè

17:9b.PRO.017.009 Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado

17:10b.PRO.017.010 Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt

17:11b.PRO.017.011 Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'

17:12b.PRO.017.012 Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute

17:13b.PRO.017.013 Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou

17:14b.PRO.017.014 Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou

17:15b.PRO.017.015 Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo

17:16b.PRO.017.016 Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann

17:17b.PRO.017.017 Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou

17:18b.PRO.017.018 Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun

17:19b.PRO.017.019 Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo

17:20b.PRO.017.020 Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka

17:21b.PRO.017.021 Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan

17:22b.PRO.017.022 Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye

17:23b.PRO.017.023 Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt

17:24b.PRO.017.024 Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle

17:25b.PRO.017.025 Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'

17:26b.PRO.017.026 Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal

17:27b.PRO.017.027 Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann

17:28b.PRO.017.028 Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann

18

18:1b.PRO.018.001 Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy

18:2b.PRO.018.002 Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri

18:3b.PRO.018.003 Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont

18:4b.PRO.018.004 Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan

18:5b.PRO.018.005 Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis

18:6b.PRO.018.006 Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou

18:7b.PRO.018.007 Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li

18:8b.PRO.018.008 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo

18:9b.PRO.018.009 Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt

18:10b.PRO.018.010 Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon

18:11b.PRO.018.011 Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo

18:12b.PRO.018.012 Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou

18:13b.PRO.018.013 Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont

18:14b.PRO.018.014 Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li

18:15b.PRO.018.015 Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou

18:16b.PRO.018.016 Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg

18:17b.PRO.018.017 Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba

18:18b.PRO.018.018 Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon

18:19b.PRO.018.019 Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt

18:20b.PRO.018.020 Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li

18:21b.PRO.018.021 Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn

18:22b.PRO.018.022 Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'

18:23b.PRO.018.023 Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun

18:24b.PRO.018.024 Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè

19

19:1b.PRO.019.001 Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li

19:2b.PRO.019.002 Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm

19:3b.PRO.019.003 Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye

19:4b.PRO.019.004 Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou

19:5b.PRO.019.005 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti

19:6b.PRO.019.006 Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè

19:7b.PRO.019.007 Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou

19:8b.PRO.019.008 Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen

19:9b.PRO.019.009 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri

19:10b.PRO.019.010 Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg

19:11b.PRO.019.011 Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal

19:12b.PRO.019.012 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden

19:13b.PRO.019.013 Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete

19:14b.PRO.019.014 Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa

19:15b.PRO.019.015 Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou

19:16b.PRO.019.016 Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri

19:17b.PRO.019.017 Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa

19:18b.PRO.019.018 Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo

19:19b.PRO.019.019 Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan

19:20b.PRO.019.020 Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri

19:21b.PRO.019.021 Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive

19:22b.PRO.019.022 Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò

19:23b.PRO.019.023 Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou

19:24b.PRO.019.024 Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo

19:25b.PRO.019.025 Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans

19:26b.PRO.019.026 Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li

19:27b.PRO.019.027 Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja

19:28b.PRO.019.028 Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste

19:29b.PRO.019.029 Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann

20

20:1b.PRO.020.001 Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou

20:2b.PRO.020.002 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal

20:3b.PRO.020.003 Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont

20:4b.PRO.020.004 Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'

20:5b.PRO.020.005 Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò

20:6b.PRO.020.006 Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans

20:7b.PRO.020.007 Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo

20:8b.PRO.020.008 Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen

20:9b.PRO.020.009 Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li

20:10b.PRO.020.010 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi

20:11b.PRO.020.011 Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon

20:12b.PRO.020.012 Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande

20:13b.PRO.020.013 Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje

20:14b.PRO.020.014 Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè

20:15b.PRO.020.015 Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè

20:16b.PRO.020.016 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye

20:17b.PRO.020.017 Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan

20:18b.PRO.020.018 Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè

20:19b.PRO.020.019 Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp

20:20b.PRO.020.020 Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan

20:21b.PRO.020.021 Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou

20:22b.PRO.020.022 Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou

20:23b.PRO.020.023 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans

20:24b.PRO.020.024 Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi

20:25b.PRO.020.025 Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita

20:26b.PRO.020.026 Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo

20:27b.PRO.020.027 Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè

20:28b.PRO.020.028 Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri

20:29b.PRO.020.029 Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'

20:30b.PRO.020.030 Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman

21

21:1b.PRO.021.001 Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle

21:2b.PRO.021.002 Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo

21:3b.PRO.021.003 Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li

21:4b.PRO.021.004 Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche

21:5b.PRO.021.005 Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen

21:6b.PRO.021.006 Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache

21:7b.PRO.021.007 Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye

21:8b.PRO.021.008 Moun k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat

21:9b.PRO.021.009 Pito ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont

21:10b.PRO.021.010 Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pesonn

21:11b.PRO.021.011 Lè yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l', li vin gen plis konesans

21:12b.PRO.021.012 Bondye pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo

21:13b.PRO.021.013 Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou

21:14b.PRO.021.014 Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'

21:15b.PRO.021.015 Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase

21:16b.PRO.021.016 Lè yon moun pèdi chemen l' pou l' aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon

21:17b.PRO.021.017 Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan

21:18b.PRO.021.018 Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe

21:19b.PRO.021.019 Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen

21:20b.PRO.021.020 Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo

21:21b.PRO.021.021 Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'

21:22b.PRO.021.022 Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an

21:23b.PRO.021.023 Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm

21:24b.PRO.021.024 Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn

21:25b.PRO.021.025 Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou

21:26b.PRO.021.026 Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè

21:27b.PRO.021.027 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo

21:28b.PRO.021.028 Temwen k'ap bay manti gen pou l' mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di

21:29b.PRO.021.029 Mechan toujou pran pòz radi l'. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè

21:30b.PRO.021.030 Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann

21:31b.PRO.021.031 Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la

22

22:1b.PRO.022.001 Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò

22:2b.PRO.022.002 Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye

22:3b.PRO.022.003 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa

22:4b.PRO.022.004 Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan

22:5b.PRO.022.005 Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo

22:6b.PRO.022.006 Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'

22:7b.PRO.022.007 Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li

22:8b.PRO.022.008 Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt

22:9b.PRO.022.009 Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'

22:10b.PRO.022.010 Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann

22:11b.PRO.022.011 Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè

22:12b.PRO.022.012 Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont

22:13b.PRO.022.013 Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a

22:14b.PRO.022.014 Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a

22:15b.PRO.022.015 Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò

22:16b.PRO.022.016 Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv

22:17b.PRO.022.017 Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a

22:18b.PRO.022.018 L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou

22:19b.PRO.022.019 Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a

22:20b.PRO.022.020 Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo

22:21b.PRO.022.021 Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo

22:22b.PRO.022.022 Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal

22:23b.PRO.022.023 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo

22:24b.PRO.022.024 Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo

22:25b.PRO.022.025 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou

22:26b.PRO.022.026 Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè

22:27b.PRO.022.027 Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou

22:28b.PRO.022.028 Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo

22:29b.PRO.022.029 Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen

23

23:1b.PRO.023.001 Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye

23:2b.PRO.023.002 Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou

23:3b.PRO.023.003 Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou

23:4b.PRO.023.004 Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa

23:5b.PRO.023.005 Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale

23:6b.PRO.023.006 Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou

23:7b.PRO.023.007 Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa

23:8b.PRO.023.008 W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen

23:9b.PRO.023.009 Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li

23:10b.PRO.023.010 Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa

23:11b.PRO.023.011 Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou

23:12b.PRO.023.012 Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale

23:13b.PRO.023.013 Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'

23:14b.PRO.023.014 Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri

23:15b.PRO.023.015 Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan

23:16b.PRO.023.016 M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou

23:17b.PRO.023.017 Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye

23:18b.PRO.023.018 Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan

23:19b.PRO.023.019 Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat

23:20b.PRO.023.020 Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte

23:21b.PRO.023.021 Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè

23:22b.PRO.023.022 Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun

23:23b.PRO.023.023 Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa

23:24b.PRO.023.024 Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan

23:25b.PRO.023.025 Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan

23:26b.PRO.023.026 Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv

23:27b.PRO.023.027 Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis

23:28b.PRO.023.028 Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo

23:29b.PRO.023.029 Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj

23:30b.PRO.023.030 Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe

23:31b.PRO.023.031 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou

23:32b.PRO.023.032 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou

23:33b.PRO.023.033 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale

23:34b.PRO.023.034 W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman

23:35b.PRO.023.035 Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò

24

24:1b.PRO.024.001 Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo

24:2b.PRO.024.002 Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal

24:3b.PRO.024.003 Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm

24:4b.PRO.024.004 Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè

24:5b.PRO.024.005 Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg

24:6b.PRO.024.006 Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la

24:7b.PRO.024.007 Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale

24:8b.PRO.024.008 Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan

24:9b.PRO.024.009 Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz

24:10b.PRO.024.010 Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre

24:11b.PRO.024.011 Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite

24:12b.PRO.024.012 Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè

24:13b.PRO.024.013 Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou

24:14b.PRO.024.014 se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale

24:15b.PRO.024.015 Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a

24:16b.PRO.024.016 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò

24:17b.PRO.024.017 Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite

24:18b.PRO.024.018 Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa

24:19b.PRO.024.019 Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo

24:20b.PRO.024.020 Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri

24:21b.PRO.024.021 Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo

24:22b.PRO.024.022 Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou

24:23b.PRO.024.023 Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman

24:24b.PRO.024.024 Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè

24:25b.PRO.024.025 Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen

24:26b.PRO.024.026 Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi

24:27b.PRO.024.027 Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli

24:28b.PRO.024.028 Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li

24:29b.PRO.024.029 Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a

24:30b.PRO.024.030 Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann

24:31b.PRO.024.031 Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe

24:32b.PRO.024.032 Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson

24:33b.PRO.024.033 Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon

24:34b.PRO.024.034 W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann

25

25:1b.PRO.025.001 Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye

25:2b.PRO.025.002 Bondye konnen lè pou l' kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo

25:3b.PRO.025.003 Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa

25:4b.PRO.025.004 Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt

25:5b.PRO.025.005 Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis

25:6b.PRO.025.006 Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo

25:7b.PRO.025.007 Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la

25:8b.PRO.025.008 Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè

25:9b.PRO.025.009 Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò

25:10b.PRO.025.010 Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non

25:11b.PRO.025.011 Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan

25:12b.PRO.025.012 Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou

25:13b.PRO.025.013 Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li

25:14b.PRO.025.014 Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli

25:15b.PRO.025.015 Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou

25:16b.PRO.025.016 Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi

25:17b.PRO.025.017 Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l' pa rayi ou

25:18b.PRO.025.018 Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou

25:19b.PRO.025.019 Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule

25:20b.PRO.025.020 Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng

25:21b.PRO.025.021 Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè

25:22b.PRO.025.022 Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou

25:23b.PRO.025.023 Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli

25:24b.PRO.025.024 Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan

25:25b.PRO.025.025 Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn

25:26b.PRO.025.026 Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal

25:27b.PRO.025.027 Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp

25:28b.PRO.025.028 Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l' fasil. Y'ap mete men sou ou fasil

26

26:1b.PRO.026.001 Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li

26:2b.PRO.026.002 Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye

26:3b.PRO.026.003 Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann

26:4b.PRO.026.004 Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo

26:5b.PRO.026.005 Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye

26:6b.PRO.026.006 Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li

26:7b.PRO.026.007 Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan

26:8b.PRO.026.008 Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la

26:9b.PRO.026.009 Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li

26:10b.PRO.026.010 Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun

26:11b.PRO.026.011 Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a

26:12b.PRO.026.012 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann

26:13b.PRO.026.013 Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a

26:14b.PRO.026.014 Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo

26:15b.PRO.026.015 Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè

26:16b.PRO.026.016 Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di

26:17b.PRO.026.017 Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen

26:18b.PRO.026.018 -(we vèsè pwochen

26:19b.PRO.026.019 Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun

26:20b.PRO.026.020 Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont

26:21b.PRO.026.021 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife

26:22b.PRO.026.022 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo

26:23b.PRO.026.023 Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri

26:24b.PRO.026.024 Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun

26:25b.PRO.026.025 Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen

26:26b.PRO.026.026 Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo

26:27b.PRO.026.027 Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze

26:28b.PRO.026.028 Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò

27

27:1b.PRO.027.001 Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen

27:2b.PRO.027.002 Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou

27:3b.PRO.027.003 Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache

27:4b.PRO.027.004 Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi

27:5b.PRO.027.005 Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen

27:6b.PRO.027.006 Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou

27:7b.PRO.027.007 Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch

27:8b.PRO.027.008 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li

27:9b.PRO.027.009 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj

27:10b.PRO.027.010 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen

27:11b.PRO.027.011 Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo

27:12b.PRO.027.012 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa

27:13b.PRO.027.013 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye

27:14b.PRO.027.014 Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon

27:15b.PRO.027.015 Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen

27:16b.PRO.027.016 Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou

27:17b.PRO.027.017 Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt

27:18b.PRO.027.018 Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li

27:19b.PRO.027.019 Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye

27:20b.PRO.027.020 Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun

27:21b.PRO.027.021 Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye

27:22b.PRO.027.022 Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt

27:23b.PRO.027.023 Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo

27:24b.PRO.027.024 Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou

27:25b.PRO.027.025 Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo

27:26b.PRO.027.026 Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden

27:27b.PRO.027.027 W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou

28

28:1b.PRO.028.001 Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon

28:2b.PRO.028.002 Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan

28:3b.PRO.028.003 Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt

28:4b.PRO.028.004 Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo

28:5b.PRO.028.005 Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k'ap sèvi Seyè a konprann tout bagay

28:6b.PRO.028.006 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè

28:7b.PRO.028.007 Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'

28:8b.PRO.028.008 Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere

28:9b.PRO.028.009 Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi

28:10b.PRO.028.010 Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans

28:11b.PRO.028.011 Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'

28:12b.PRO.028.012 Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache

28:13b.PRO.028.013 Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo

28:14b.PRO.028.014 Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo

28:15b.PRO.028.015 Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo

28:16b.PRO.028.016 Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan

28:17b.PRO.028.017 Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'

28:18b.PRO.028.018 Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe

28:19b.PRO.028.019 Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv

28:20b.PRO.028.020 Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich

28:21b.PRO.028.021 Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz

28:22b.PRO.028.022 Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan

28:23b.PRO.028.023 Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'

28:24b.PRO.028.024 Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize

28:25b.PRO.028.025 Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen

28:26b.PRO.028.026 Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove

28:27b.PRO.028.027 Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon

28:28b.PRO.028.028 Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò

29

29:1b.PRO.029.001 Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò

29:2b.PRO.029.002 Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn

29:3b.PRO.029.003 W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye

29:4b.PRO.029.004 Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a

29:5b.PRO.029.005 Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo

29:6b.PRO.029.006 Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt

29:7b.PRO.029.007 Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa

29:8b.PRO.029.008 Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache

29:9b.PRO.029.009 Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle

29:10b.PRO.029.010 Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'

29:11b.PRO.029.011 Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li

29:12b.PRO.029.012 Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'

29:13b.PRO.029.013 Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè

29:14b.PRO.029.014 Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan

29:15b.PRO.029.015 Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont

29:16b.PRO.029.016 Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe

29:17b.PRO.029.017 Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan

29:18b.PRO.029.018 Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande

29:19b.PRO.029.019 Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi

29:20b.PRO.029.020 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile

29:21b.PRO.029.021 Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye

29:22b.PRO.029.022 Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen

29:23b.PRO.029.023 Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye

29:24b.PRO.029.024 Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li

29:25b.PRO.029.025 Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen

29:26b.PRO.029.026 Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri

29:27b.PRO.029.027 Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat

30

30:1b.PRO.030.001 Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò

30:2b.PRO.030.002 Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun

30:3b.PRO.030.003 Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye

30:4b.PRO.030.004 Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen

30:5b.PRO.030.005 Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li

30:6b.PRO.030.006 Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye

30:7b.PRO.030.007 Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri

30:8b.PRO.030.008 Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la

30:9b.PRO.030.009 Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz

30:10b.PRO.030.010 Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou

30:11b.PRO.030.011 Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo

30:12b.PRO.030.012 Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen

30:13b.PRO.030.013 Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo

30:14b.PRO.030.014 Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo

30:15b.PRO.030.015 Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont

30:16b.PRO.030.016 Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase

30:17b.PRO.030.017 Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li

30:18b.PRO.030.018 Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa

30:19b.PRO.030.019 Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou

30:20b.PRO.030.020 Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal

30:21b.PRO.030.021 Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte

30:22b.PRO.030.022 Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen

30:23b.PRO.030.023 se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li

30:24b.PRO.030.024 Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen

30:25b.PRO.030.025 Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la

30:26b.PRO.030.026 Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch

30:27b.PRO.030.027 Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann

30:28b.PRO.030.028 Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo

30:29b.PRO.030.029 Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach

30:30b.PRO.030.030 Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn

30:31b.PRO.030.031 Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo

30:32b.PRO.030.032 Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou

30:33b.PRO.030.033 Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont

31

31:1b.PRO.031.001 Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li

31:2b.PRO.031.002 Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou

31:3b.PRO.031.003 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo

31:4b.PRO.031.004 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg

31:5b.PRO.031.005 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo

31:6b.PRO.031.006 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson

31:7b.PRO.031.007 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo

31:8b.PRO.031.008 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo

31:9b.PRO.031.009 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo

31:10b.PRO.031.010 Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò

31:11b.PRO.031.011 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li

31:12b.PRO.031.012 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen

31:13b.PRO.031.013 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'

31:14b.PRO.031.014 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la

31:15b.PRO.031.015 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè

31:16b.PRO.031.016 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li

31:17b.PRO.031.017 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay

31:18b.PRO.031.018 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay

31:19b.PRO.031.019 Li file koton, li koud rad li

31:20b.PRO.031.020 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere

31:21b.PRO.031.021 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo

31:22b.PRO.031.022 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere

31:23b.PRO.031.023 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen

31:24b.PRO.031.024 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann

31:25b.PRO.031.025 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen

31:26b.PRO.031.026 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li

31:27b.PRO.031.027 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè

31:28b.PRO.031.028 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li

31:29b.PRO.031.029 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou

31:30b.PRO.031.030 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a

31:31b.PRO.031.031 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Proverbs (Creole). Proverbs (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-904D-F