Psalms (Creole)

Psalms (Creole)

1

1:1b.PSA.001.001 Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz

1:2b.PSA.001.002 men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit

1:3b.PSA.001.003 Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen

1:4b.PSA.001.004 Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye

1:5b.PSA.001.005 Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo

1:6b.PSA.001.006 Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal

2

2:1b.PSA.002.001 Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen

2:2b.PSA.002.002 Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a

2:3b.PSA.002.003 Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete

2:4b.PSA.002.004 Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt

2:5b.PSA.002.005 Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase

2:6b.PSA.002.006 Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an

2:7b.PSA.002.007 Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou

2:8b.PSA.002.008 Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou

2:9b.PSA.002.009 W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze

2:10b.PSA.002.010 Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute

2:11b.PSA.002.011 Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou

2:12b.PSA.002.012 bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li

3

3:1b.PSA.003.001 (3:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (3:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil

3:2b.PSA.003.002 (3:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!3 (3:4) Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo

3:3b.PSA.003.003 [

3:4b.PSA.003.004 (3:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen

3:5b.PSA.003.005 (3:6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen

3:6b.PSA.003.006 (3:7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou

3:7b.PSA.003.007 (3:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo

3:8b.PSA.003.008 (3:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a

4

4:1b.PSA.004.001 (4:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (4:2) Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen

4:2b.PSA.004.002 (4:3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!3 (4:4) Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'

4:3b.PSA.004.003 [

4:4b.PSA.004.004 (4:5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou

4:5b.PSA.004.005 (4:6) Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li

4:6b.PSA.004.006 (4:7) Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou

4:7b.PSA.004.007 (4:8) Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason

4:8b.PSA.004.008 (4:9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'

5

5:1b.PSA.005.001 (5:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (5:2) Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn

5:2b.PSA.005.002 (5:3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè

5:3b.PSA.005.003 (5:4) Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen

5:4b.PSA.005.004 (5:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou

5:5b.PSA.005.005 (5:6) Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste

5:6b.PSA.005.006 (5:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun

5:7b.PSA.005.007 (5:8) Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou

5:8b.PSA.005.008 (5:9) Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè

5:9b.PSA.005.009 (5:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun

5:10b.PSA.005.010 (5:11) Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou

5:11b.PSA.005.011 (5:12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan

5:12b.PSA.005.012 (5:13) Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo

6

6:1b.PSA.006.001 (6:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (6:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè

6:2b.PSA.006.002 (6:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi

6:3b.PSA.006.003 (6:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò

6:4b.PSA.006.004 (6:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri

6:5b.PSA.006.005 (6:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a

6:6b.PSA.006.006 (6:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo

6:7b.PSA.006.007 (6:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo

6:8b.PSA.006.008 (6:9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye

6:9b.PSA.006.009 (6:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li

6:10b.PSA.006.010 (6:11) Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo

7

7:1b.PSA.007.001 (7:1) Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. (7:2) Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo

7:2b.PSA.007.002 (7:3) Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou

7:3b.PSA.007.003 (7:4) Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal

7:4b.PSA.007.004 (7:5) si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon

7:5b.PSA.007.005 (7:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou

7:6b.PSA.007.006 (7:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache

7:7b.PSA.007.007 (7:8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout

7:8b.PSA.007.008 (7:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan

7:9b.PSA.007.009 (7:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo

7:10b.PSA.007.010 (7:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat

7:11b.PSA.007.011 (7:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo

7:12b.PSA.007.012 (7:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li

7:13b.PSA.007.013 (7:14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife

7:14b.PSA.007.014 (7:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti

7:15b.PSA.007.015 (7:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li

7:16b.PSA.007.016 (7:17) Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li

7:17b.PSA.007.017 (7:18) Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la

8

8:1b.PSA.008.001 (8:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. (8:2) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la

8:2b.PSA.008.002 (8:3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo

8:3b.PSA.008.003 (8:4) Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li

8:4b.PSA.008.004 (8:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa

8:5b.PSA.008.005 (8:6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè

8:6b.PSA.008.006 (8:7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo

8:7b.PSA.008.007 (8:8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo

8:8b.PSA.008.008 (8:9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè

8:9b.PSA.008.009 (8:10) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa

9

9:1b.PSA.009.001 (9:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. (9:2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo

9:2b.PSA.009.002 (9:3) Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou

9:3b.PSA.009.003 (9:4) Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri

9:4b.PSA.009.004 (9:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen

9:5b.PSA.009.005 (9:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan

9:6b.PSA.009.006 (9:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò

9:7b.PSA.009.007 (9:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis

9:8b.PSA.009.008 (9:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri

9:9b.PSA.009.009 (9:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray

9:10b.PSA.009.010 (9:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou

9:11b.PSA.009.011 (9:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè

9:12b.PSA.009.012 (9:13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal

9:13b.PSA.009.013 (9:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè

9:14b.PSA.009.014 (9:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'

9:15b.PSA.009.015 (9:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li

9:16b.PSA.009.016 (9:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo

9:17b.PSA.009.017 (9:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou

9:18b.PSA.009.018 (9:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon

9:19b.PSA.009.019 (9:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou

9:20b.PSA.009.020 (9:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye

10

10:1b.PSA.010.001 Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka

10:2b.PSA.010.002 Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan

10:3b.PSA.010.003 Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye

10:4b.PSA.010.004 Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li

10:5b.PSA.010.005 Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo

10:6b.PSA.010.006 L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm

10:7b.PSA.010.007 Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo

10:8b.PSA.010.008 Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans

10:9b.PSA.010.009 Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale

10:10b.PSA.010.010 Li bese, li kwoupi kò l', malere yo tonbe nan men l'

10:11b.PSA.010.011 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'

10:12b.PSA.010.012 Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo

10:13b.PSA.010.013 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen

10:14b.PSA.010.014 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa

10:15b.PSA.010.015 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou

10:16b.PSA.010.016 Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a

10:17b.PSA.010.017 Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj

10:18b.PSA.010.018 W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò

11

11:1b.PSA.011.001 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo

11:2b.PSA.011.002 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo

11:3b.PSA.011.003 Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba

11:4b.PSA.011.004 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè

11:5b.PSA.011.005 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste

11:6b.PSA.011.006 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite

11:7b.PSA.011.007 Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li

12

12:1b.PSA.012.001 (12:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (12:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò

12:2b.PSA.012.002 (12:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt

12:3b.PSA.012.003 (12:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo

12:4b.PSA.012.004 (12:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd

12:5b.PSA.012.005 (12:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan

12:6b.PSA.012.006 (12:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon

12:7b.PSA.012.007 (12:8) Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen

12:8b.PSA.012.008 (12:9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo

13

13:1b.PSA.013.001 (13:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (13:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou

13:2b.PSA.013.002 (13:3) Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo?3 (13:4) Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri

13:3b.PSA.013.003 [

13:4b.PSA.013.004 (13:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan

13:5b.PSA.013.005 (13:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen

13:6b.PSA.013.006 (13:7) M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen

14

14:1b.PSA.014.001 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen

14:2b.PSA.014.002 Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'

14:3b.PSA.014.003 Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo

14:4b.PSA.014.004 Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen

14:5b.PSA.014.005 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo

14:6b.PSA.014.006 Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo

14:7b.PSA.014.007 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan

15

15:1b.PSA.015.001 Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a

15:2b.PSA.015.002 Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li

15:3b.PSA.015.003 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj

15:4b.PSA.015.004 Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè

15:5b.PSA.015.005 Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe

16

16:1b.PSA.016.001 Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon

16:2b.PSA.016.002 Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou

16:3b.PSA.016.003 Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a

16:4b.PSA.016.004 Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo

16:5b.PSA.016.005 Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou

16:6b.PSA.016.006 Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan

16:7b.PSA.016.007 M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè

16:8b.PSA.016.008 Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'

16:9b.PSA.016.009 Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye

16:10b.PSA.016.010 Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè

16:11b.PSA.016.011 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini

17

17:1b.PSA.017.001 Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti

17:2b.PSA.017.002 Se ou menm ki pral fè m' jistis, paske ou wè kote jistis la ye

17:3b.PSA.017.003 Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'

17:4b.PSA.017.004 Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo

17:5b.PSA.017.005 Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale

17:6b.PSA.017.006 M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou

17:7b.PSA.017.007 Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou

17:8b.PSA.017.008 Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou

17:9b.PSA.017.009 Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou

17:10b.PSA.017.010 Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale

17:11b.PSA.017.011 Kote m' fè, yo fann dèyè m'. Yo fin sènen m' nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m' atè

17:12b.PSA.017.012 Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m'. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m'

17:13b.PSA.017.013 Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo

17:14b.PSA.017.014 Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo

17:15b.PSA.017.015 Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen

18

18:1b.PSA.018.001 (18:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (18:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen

18:2b.PSA.018.002 (18:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache

18:3b.PSA.018.003 (18:4) Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a

18:4b.PSA.018.004 (18:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen

18:5b.PSA.018.005 (18:6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'

18:6b.PSA.018.006 (18:7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li

18:7b.PSA.018.007 (18:8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè

18:8b.PSA.018.008 (18:9) Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li

18:9b.PSA.018.009 (18:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li

18:10b.PSA.018.010 (18:11) Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale

18:11b.PSA.018.011 (18:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou

18:12b.PSA.018.012 (18:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan

18:13b.PSA.018.013 (18:14) Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li

18:14b.PSA.018.014 (18:15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè

18:15b.PSA.018.015 (18:16) Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè

18:16b.PSA.018.016 (18:17) Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a

18:17b.PSA.018.017 (18:18) Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'

18:18b.PSA.018.018 (18:19) Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'

18:19b.PSA.018.019 (18:20) Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen

18:20b.PSA.018.020 (18:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan

18:21b.PSA.018.021 (18:22) Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal

18:22b.PSA.018.022 (18:23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo

18:23b.PSA.018.023 (18:24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal

18:24b.PSA.018.024 (18:25) Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan

18:25b.PSA.018.025 (18:26) Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon

18:26b.PSA.018.026 (18:27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen

18:27b.PSA.018.027 (18:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn

18:28b.PSA.018.028 (18:29) Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a

18:29b.PSA.018.029 (18:30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans

18:30b.PSA.018.030 (18:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou

18:31b.PSA.018.031 (18:32) Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?32 (18:33) Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch

18:32b.PSA.018.032 [

18:33b.PSA.018.033 (18:34) Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe

18:34b.PSA.018.034 (18:35) Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen

18:35b.PSA.018.035 (18:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe

18:36b.PSA.018.036 (18:37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye

18:37b.PSA.018.037 (18:38) Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt

18:38b.PSA.018.038 (18:39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo

18:39b.PSA.018.039 (18:40) Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon

18:40b.PSA.018.040 (18:41) Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo

18:41b.PSA.018.041 (18:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo

18:42b.PSA.018.042 (18:43) Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari

18:43b.PSA.018.043 (18:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'

18:44b.PSA.018.044 (18:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi

18:45b.PSA.018.045 (18:46) Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa

18:46b.PSA.018.046 (18:47) Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa

18:47b.PSA.018.047 (18:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen

18:48b.PSA.018.048 (18:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo

18:49b.PSA.018.049 (18:50) Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou

18:50b.PSA.018.050 (18:51) Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan

19

19:1b.PSA.019.001 (19:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (19:2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'

19:2b.PSA.019.002 (19:3) Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a

19:3b.PSA.019.003 (19:4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi

19:4b.PSA.019.004 (19:5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la

19:5b.PSA.019.005 (19:6) Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la

19:6b.PSA.019.006 (19:7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay

19:7b.PSA.019.007 (19:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann

19:8b.PSA.019.008 (19:9) Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun

19:9b.PSA.019.009 (19:10) Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri

19:10b.PSA.019.010 (19:11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl

19:11b.PSA.019.011 (19:12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo

19:12b.PSA.019.012 (19:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen

19:13b.PSA.019.013 (19:14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a

19:14b.PSA.019.014 (19:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi

20

20:1b.PSA.020.001 (20:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (20:2) Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou

20:2b.PSA.020.002 (20:3) Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou

20:3b.PSA.020.003 (20:4) Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li

20:4b.PSA.020.004 (20:5) Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre

20:5b.PSA.020.005 (20:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'

20:6b.PSA.020.006 (20:7) Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li

20:7b.PSA.020.007 (20:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou

20:8b.PSA.020.008 (20:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm

20:9b.PSA.020.009 (20:10) Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou

21

21:1b.PSA.021.001 (21:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (21:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la

21:2b.PSA.021.002 (21:3) Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou

21:3b.PSA.021.003 (21:4) Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li

21:4b.PSA.021.004 (21:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini

21:5b.PSA.021.005 (21:6) Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon

21:6b.PSA.021.006 (21:7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'

21:7b.PSA.021.007 (21:8) Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan

21:8b.PSA.021.008 (21:9) Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo

21:9b.PSA.021.009 (21:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt

21:10b.PSA.021.010 (21:11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm

21:11b.PSA.021.011 (21:12) Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo

21:12b.PSA.021.012 (21:13) L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale

21:13b.PSA.021.013 (21:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa

22

22:1b.PSA.022.001 (22:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (22:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan

22:2b.PSA.022.002 (22:3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi

22:3b.PSA.022.003 (22:4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou

22:4b.PSA.022.004 (22:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo

22:5b.PSA.022.005 (22:6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa

22:6b.PSA.022.006 (22:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz

22:7b.PSA.022.007 (22:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen

22:8b.PSA.022.008 (22:9) Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou

22:9b.PSA.022.009 (22:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete

22:10b.PSA.022.010 (22:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen

22:11b.PSA.022.011 (22:12) Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'

22:12b.PSA.022.012 (22:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la

22:13b.PSA.022.013 (22:14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen

22:14b.PSA.022.014 (22:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi

22:15b.PSA.022.015 (22:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri

22:16b.PSA.022.016 (22:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo

22:17b.PSA.022.017 (22:18) Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'

22:18b.PSA.022.018 (22:19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an

22:19b.PSA.022.019 (22:20) Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou

22:20b.PSA.022.020 (22:21) Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'

22:21b.PSA.022.021 (22:22) Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè

22:22b.PSA.022.022 (22:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm

22:23b.PSA.022.023 (22:24) Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li

22:24b.PSA.022.024 (22:25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn

22:25b.PSA.022.025 (22:26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo

22:26b.PSA.022.026 (22:27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan

22:27b.PSA.022.027 (22:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li

22:28b.PSA.022.028 (22:29) Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon

22:29b.PSA.022.029 (22:30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li

22:30b.PSA.022.030 (22:31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo

22:31b.PSA.022.031 (22:32) Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo

23

23:1b.PSA.023.001 Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen

23:2b.PSA.023.002 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè

23:3b.PSA.023.003 Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li

23:4b.PSA.023.004 Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase

23:5b.PSA.023.005 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen

23:6b.PSA.023.006 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan

24

24:1b.PSA.024.001 Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'

24:2b.PSA.024.002 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo

24:3b.PSA.024.003 Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a

24:4b.PSA.024.004 Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun

24:5b.PSA.024.005 Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras

24:6b.PSA.024.006 Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la

24:7b.PSA.024.007 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre

24:8b.PSA.024.008 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay

24:9b.PSA.024.009 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre

24:10b.PSA.024.010 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a

25

25:1b.PSA.025.001 Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen

25:2b.PSA.025.002 Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz

25:3b.PSA.025.003 Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi

25:4b.PSA.025.004 Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a

25:5b.PSA.025.005 Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen

25:6b.PSA.025.006 Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan

25:7b.PSA.025.007 Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'

25:8b.PSA.025.008 Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv

25:9b.PSA.025.009 Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la

25:10b.PSA.025.010 Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo

25:11b.PSA.025.011 Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil

25:12b.PSA.025.012 Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran

25:13b.PSA.025.013 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo

25:14b.PSA.025.014 Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a

25:15b.PSA.025.015 Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa

25:16b.PSA.025.016 Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs

25:17b.PSA.025.017 Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a

25:18b.PSA.025.018 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo

25:19b.PSA.025.019 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen

25:20b.PSA.025.020 Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache

25:21b.PSA.025.021 Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye

25:22b.PSA.025.022 O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo

26

26:1b.PSA.026.001 Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou

26:2b.PSA.026.002 Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m'

26:3b.PSA.026.003 Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la

26:4b.PSA.026.004 Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit

26:5b.PSA.026.005 Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo

26:6b.PSA.026.006 Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a

26:7b.PSA.026.007 pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo

26:8b.PSA.026.008 Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a

26:9b.PSA.026.009 Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo

26:10b.PSA.026.010 ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun

26:11b.PSA.026.011 Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen

26:12b.PSA.026.012 M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini

27

27:1b.PSA.027.001 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble

27:2b.PSA.027.002 Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe

27:3b.PSA.027.003 Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye

27:4b.PSA.027.004 Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a

27:5b.PSA.027.005 Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'

27:6b.PSA.027.006 Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a

27:7b.PSA.027.007 Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non

27:8b.PSA.027.008 Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè

27:9b.PSA.027.009 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'

27:10b.PSA.027.010 Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen

27:11b.PSA.027.011 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'

27:12b.PSA.027.012 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti

27:13b.PSA.027.013 Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a

27:14b.PSA.027.014 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a

28

28:1b.PSA.028.001 Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere

28:2b.PSA.028.002 Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a

28:3b.PSA.028.003 Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo

28:4b.PSA.028.004 Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite

28:5b.PSA.028.005 Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè

28:6b.PSA.028.006 Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'

28:7b.PSA.028.007 Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li

28:8b.PSA.028.008 Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'

28:9b.PSA.028.009 Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan

29

29:1b.PSA.029.001 Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen

29:2b.PSA.029.002 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a

29:3b.PSA.029.003 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a

29:4b.PSA.029.004 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'

29:5b.PSA.029.005 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo

29:6b.PSA.029.006 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf

29:7b.PSA.029.007 Vwa Seyè a fè zèklè

29:8b.PSA.029.008 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble

29:9b.PSA.029.009 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li

29:10b.PSA.029.010 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan

29:11b.PSA.029.011 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze

30

30:1b.PSA.030.001 (30:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (30:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib

30:2b.PSA.030.002 (30:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen

30:3b.PSA.030.003 (30:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri

30:4b.PSA.030.004 (30:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi

30:5b.PSA.030.005 (30:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan

30:6b.PSA.030.006 (30:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'

30:7b.PSA.030.007 (30:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase

30:8b.PSA.030.008 (30:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou

30:9b.PSA.030.009 (30:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou

30:10b.PSA.030.010 (30:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou

30:11b.PSA.030.011 (30:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt

30:12b.PSA.030.012 (30:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi

31

31:1b.PSA.031.001 (31:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (31:2) Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen

31:2b.PSA.031.002 (31:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'

31:3b.PSA.031.003 (31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a

31:4b.PSA.031.004 (31:5) Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'

31:5b.PSA.031.005 (31:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li

31:6b.PSA.031.006 (31:7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye

31:7b.PSA.031.007 (31:8) M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye

31:8b.PSA.031.008 (31:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'

31:9b.PSA.031.009 (31:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn

31:10b.PSA.031.010 (31:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal

31:11b.PSA.031.011 (31:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen

31:12b.PSA.031.012 (31:13) Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete

31:13b.PSA.031.013 (31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'

31:14b.PSA.031.014 (31:15) Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen

31:15b.PSA.031.015 (31:16) Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo

31:16b.PSA.031.016 (31:17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'

31:17b.PSA.031.017 (31:18) M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik

31:18b.PSA.031.018 (31:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo

31:19b.PSA.031.019 (31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou

31:20b.PSA.031.020 (31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang

31:21b.PSA.031.021 (31:22) Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a

31:22b.PSA.031.022 (31:23) Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou

31:23b.PSA.031.023 (31:24) Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo

31:24b.PSA.031.024 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm

32

32:1b.PSA.032.001 Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo

32:2b.PSA.032.002 Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye

32:3b.PSA.032.003 Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn

32:4b.PSA.032.004 Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè

32:5b.PSA.032.005 Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo

32:6b.PSA.032.006 Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo

32:7b.PSA.032.007 Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'

32:8b.PSA.032.008 Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou

32:9b.PSA.032.009 Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo

32:10b.PSA.032.010 Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo

32:11b.PSA.032.011 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan

33

33:1b.PSA.033.001 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li

33:2b.PSA.033.002 Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li

33:3b.PSA.033.003 Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò

33:4b.PSA.033.004 Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la

33:5b.PSA.033.005 Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè

33:6b.PSA.033.006 Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt

33:7b.PSA.033.007 Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa

33:8b.PSA.033.008 Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li

33:9b.PSA.033.009 Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt

33:10b.PSA.033.010 Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè

33:11b.PSA.033.011 Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt

33:12b.PSA.033.012 Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la

33:13b.PSA.033.013 Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun

33:14b.PSA.033.014 Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a

33:15b.PSA.033.015 Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè

33:16b.PSA.033.016 Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo

33:17b.PSA.033.017 Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn

33:18b.PSA.033.018 Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo

33:19b.PSA.033.019 L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a

33:20b.PSA.033.020 Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou

33:21b.PSA.033.021 Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa

33:22b.PSA.033.022 Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou

34

34:1b.PSA.034.001 (34:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (34:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li

34:2b.PSA.034.002 (34:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan

34:3b.PSA.034.003 (34:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm

34:4b.PSA.034.004 (34:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo

34:5b.PSA.034.005 (34:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont

34:6b.PSA.034.006 (34:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray

34:7b.PSA.034.007 (34:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje

34:8b.PSA.034.008 (34:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li

34:9b.PSA.034.009 (34:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen

34:10b.PSA.034.010 (34:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen

34:11b.PSA.034.011 (34:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a

34:12b.PSA.034.012 (34:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan

34:13b.PSA.034.013 (34:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti

34:14b.PSA.034.014 (34:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun

34:15b.PSA.034.015 (34:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'

34:16b.PSA.034.016 (34:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo

34:17b.PSA.034.017 (34:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray

34:18b.PSA.034.018 (34:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa

34:19b.PSA.034.019 (34:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo

34:20b.PSA.034.020 (34:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze

34:21b.PSA.034.021 (34:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman

34:22b.PSA.034.022 (34:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'

35

35:1b.PSA.035.001 Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo

35:2b.PSA.035.002 Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou

35:3b.PSA.035.003 Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'

35:4b.PSA.035.004 Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo

35:5b.PSA.035.005 Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo

35:6b.PSA.035.006 Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo

35:7b.PSA.035.007 San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'

35:8b.PSA.035.008 Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a

35:9b.PSA.035.009 Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen

35:10b.PSA.035.010 M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo

35:11b.PSA.035.011 Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè

35:12b.PSA.035.012 Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje

35:13b.PSA.035.013 Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo

35:14b.PSA.035.014 menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'

35:15b.PSA.035.015 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf

35:16b.PSA.035.016 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen

35:17b.PSA.035.017 Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo

35:18b.PSA.035.018 M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun

35:19b.PSA.035.019 Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen

35:20b.PSA.035.020 Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a

35:21b.PSA.035.021 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou

35:22b.PSA.035.022 Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa

35:23b.PSA.035.023 Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen

35:24b.PSA.035.024 Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen

35:25b.PSA.035.025 Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'

35:26b.PSA.035.026 Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache

35:27b.PSA.035.027 Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze

35:28b.PSA.035.028 Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen

36

36:1b.PSA.036.001 (36:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (36:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye

36:2b.PSA.036.002 (36:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo

36:3b.PSA.036.003 (36:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko

36:4b.PSA.036.004 (36:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal

36:5b.PSA.036.005 (36:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou

36:6b.PSA.036.006 (36:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo

36:7b.PSA.036.007 (36:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon

36:8b.PSA.036.008 (36:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo

36:9b.PSA.036.009 (36:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè

36:10b.PSA.036.010 (36:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou

36:11b.PSA.036.011 (36:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri

36:12b.PSA.036.012 (36:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò

37

37:1b.PSA.037.001 Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo

37:2b.PSA.037.002 Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon

37:3b.PSA.037.003 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze

37:4b.PSA.037.004 Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen

37:5b.PSA.037.005 Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou

37:6b.PSA.037.006 L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi

37:7b.PSA.037.007 Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo

37:8b.PSA.037.008 Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal

37:9b.PSA.037.009 Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo

37:10b.PSA.037.010 Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo

37:11b.PSA.037.011 Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale

37:12b.PSA.037.012 Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo

37:13b.PSA.037.013 Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan

37:14b.PSA.037.014 Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo

37:15b.PSA.037.015 Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo

37:16b.PSA.037.016 Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal

37:17b.PSA.037.017 Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo

37:18b.PSA.037.018 Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan

37:19b.PSA.037.019 Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a

37:20b.PSA.037.020 Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen

37:21b.PSA.037.021 Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado

37:22b.PSA.037.022 Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a

37:23b.PSA.037.023 Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat

37:24b.PSA.037.024 Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men

37:25b.PSA.037.025 Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite

37:26b.PSA.037.026 Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun

37:27b.PSA.037.027 Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete

37:28b.PSA.037.028 Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt

37:29b.PSA.037.029 Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan

37:30b.PSA.037.030 Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li

37:31b.PSA.037.031 Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite

37:32b.PSA.037.032 Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'

37:33b.PSA.037.033 Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'

37:34b.PSA.037.034 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè

37:35b.PSA.037.035 Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou

37:36b.PSA.037.036 Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò

37:37b.PSA.037.037 Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit

37:38b.PSA.037.038 Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou

37:39b.PSA.037.039 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray

37:40b.PSA.037.040 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon

38

38:1b.PSA.038.001 (38:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (38:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè

38:2b.PSA.038.002 (38:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale

38:3b.PSA.038.003 (38:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal

38:4b.PSA.038.004 (38:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen

38:5b.PSA.038.005 (38:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou

38:6b.PSA.038.006 (38:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je

38:7b.PSA.038.007 (38:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m

38:8b.PSA.038.008 (38:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri

38:9b.PSA.038.009 (38:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri

38:10b.PSA.038.010 (38:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo

38:11b.PSA.038.011 (38:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an

38:12b.PSA.038.012 (38:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen

38:13b.PSA.038.013 (38:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale

38:14b.PSA.038.014 (38:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a

38:15b.PSA.038.015 (38:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen

38:16b.PSA.038.016 (38:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape

38:17b.PSA.038.017 (38:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen

38:18b.PSA.038.018 (38:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè

38:19b.PSA.038.019 (38:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'

38:20b.PSA.038.020 (38:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen

38:21b.PSA.038.021 (38:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè

38:22b.PSA.038.022 (38:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen

39

39:1b.PSA.039.001 (39:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (39:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen

39:2b.PSA.039.002 (39:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd

39:3b.PSA.039.003 (39:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande

39:4b.PSA.039.004 (39:5 -)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a

39:5b.PSA.039.005 (39:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye

39:6b.PSA.039.006 (39:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo

39:7b.PSA.039.007 (39:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou

39:8b.PSA.039.008 (39:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz

39:9b.PSA.039.009 (39:10) M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou

39:10b.PSA.039.010 (39:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo

39:11b.PSA.039.011 (39:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye

39:12b.PSA.039.012 (39:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou

39:13b.PSA.039.013 (39:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri

40

40:1b.PSA.040.001 (40:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (40:2) Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele

40:2b.PSA.040.002 (40:3) Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò

40:3b.PSA.040.003 (40:4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a

40:4b.PSA.040.004 (40:5) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo

40:5b.PSA.040.005 (40:6) Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo

40:6b.PSA.040.006 (40:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche

40:7b.PSA.040.007 (40:8) Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la

40:8b.PSA.040.008 (40:9) Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m

40:9b.PSA.040.009 (40:10) Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen

40:10b.PSA.040.010 (40:11) Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou

40:11b.PSA.040.011 (40:12) Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'

40:12b.PSA.040.012 (40:13) Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen

40:13b.PSA.040.013 (40:14) Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè

40:14b.PSA.040.014 (40:15) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont

40:15b.PSA.040.015 (40:16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont

40:16b.PSA.040.016 (40:17) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa

40:17b.PSA.040.017 (40:18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize

41

41:1b.PSA.041.001 (41:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (41:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray

41:2b.PSA.041.002 (41:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'

41:3b.PSA.041.003 (41:4) Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche

41:4b.PSA.041.004 (41:5) Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou

41:5b.PSA.041.005 (41:6) Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'

41:6b.PSA.041.006 (41:7) Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou

41:7b.PSA.041.007 (41:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen

41:8b.PSA.041.008 (41:9) Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò

41:9b.PSA.041.009 (41:10) Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'

41:10b.PSA.041.010 (41:11) Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite

41:11b.PSA.041.011 (41:12) M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'

41:12b.PSA.041.012 (41:13) Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan

41:13b.PSA.041.013 (41:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre

42

42:1b.PSA.042.001 (42:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (42:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye

42:2b.PSA.042.002 (42:3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?3 (42:4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la

42:3b.PSA.042.003 [

42:4b.PSA.042.004 (42:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi

42:5b.PSA.042.005 (42:6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen

42:6b.PSA.042.006 (42:7) Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou

42:7b.PSA.042.007 (42:8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen

42:8b.PSA.042.008 (42:9) Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen

42:9b.PSA.042.009 (42:10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo

42:10b.PSA.042.010 (42:11) Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la

42:11b.PSA.042.011 (42:12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen

43

43:1b.PSA.043.001 Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste

43:2b.PSA.043.002 Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo

43:3b.PSA.043.003 Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a

43:4b.PSA.043.004 Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan

43:5b.PSA.043.005 Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen

44

44:1b.PSA.044.001 (44:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (44:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan

44:2b.PSA.044.002 (44:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo

44:3b.PSA.044.003 (44:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo

44:4b.PSA.044.004 (44:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans

44:5b.PSA.044.005 (44:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo

44:6b.PSA.044.006 (44:7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'

44:7b.PSA.044.007 (44:8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont

44:8b.PSA.044.008 (44:9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi

44:9b.PSA.044.009 (44:10) Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò

44:10b.PSA.044.010 (44:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz

44:11b.PSA.044.011 (44:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo

44:12b.PSA.044.012 (44:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li

44:13b.PSA.044.013 (44:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib

44:14b.PSA.044.014 (44:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou

44:15b.PSA.044.015 (44:16) -(we vèsè pwochen

44:16b.PSA.044.016 (44:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'

44:17b.PSA.044.017 (44:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an

44:18b.PSA.044.018 (44:19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an

44:19b.PSA.044.019 (44:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la

44:20b.PSA.044.020 (44:21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye

44:21b.PSA.044.021 (44:22) èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun

44:22b.PSA.044.022 (44:23) Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa

44:23b.PSA.044.023 (44:24) Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt

44:24b.PSA.044.024 (44:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou

44:25b.PSA.044.025 (44:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat

44:26b.PSA.044.026 (44:27) Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non

45

45:1b.PSA.045.001 (45:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. (45:2) Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante

45:2b.PSA.045.002 (45:3) Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou

45:3b.PSA.045.003 (45:4) Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou

45:4b.PSA.045.004 (45:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la

45:5b.PSA.045.005 (45:6) Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo

45:6b.PSA.045.006 (45:7) Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la

45:7b.PSA.045.007 (45:8) Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo

45:8b.PSA.045.008 (45:9) Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan

45:9b.PSA.045.009 (45:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi

45:10b.PSA.045.010 (45:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo

45:11b.PSA.045.011 (45:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'

45:12b.PSA.045.012 (45:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou

45:13b.PSA.045.013 (45:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò

45:14b.PSA.045.014 (45:15) Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou

45:15b.PSA.045.015 (45:16) Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a

45:16b.PSA.045.016 (45:17) Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè

45:17b.PSA.045.017 (45:18) Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan

46

46:1b.PSA.046.001 (46:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (46:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray

46:2b.PSA.046.002 (46:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen

46:3b.PSA.046.003 (46:4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè

46:4b.PSA.046.004 (46:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la

46:5b.PSA.046.005 (46:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou

46:6b.PSA.046.006 (46:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble

46:7b.PSA.046.007 (46:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache

46:8b.PSA.046.008 (46:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè

46:9b.PSA.046.009 (46:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt

46:10b.PSA.046.010 (46:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè

46:11b.PSA.046.011 (46:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache

47

47:1b.PSA.047.001 (47:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (47:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan

47:2b.PSA.047.002 (47:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè

47:3b.PSA.047.003 (47:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou

47:4b.PSA.047.004 (47:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo

47:5b.PSA.047.005 (47:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan

47:6b.PSA.047.006 (47:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li

47:7b.PSA.047.007 (47:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li

47:8b.PSA.047.008 (47:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a

47:9b.PSA.047.009 (47:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay

48

48:1b.PSA.048.001 (48:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (48:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a

48:2b.PSA.048.002 (48:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a

48:3b.PSA.048.003 (48:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache

48:4b.PSA.048.004 (48:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan

48:5b.PSA.048.005 (48:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè

48:6b.PSA.048.006 (48:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche

48:7b.PSA.048.007 (48:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè

48:8b.PSA.048.008 (48:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la

48:9b.PSA.048.009 (48:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye

48:10b.PSA.048.010 (48:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis

48:11b.PSA.048.011 (48:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis

48:12b.PSA.048.012 (48:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen

48:13b.PSA.048.013 (48:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konne

48:14b.PSA.048.014 (48:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba

49

49:1b.PSA.049.001 (49:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (49:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè

49:2b.PSA.049.002 (49:3) gran kou piti, rich kou pòv

49:3b.PSA.049.003 (49:4) Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans

49:4b.PSA.049.004 (49:5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik

49:5b.PSA.049.005 (49:6) Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo

49:6b.PSA.049.006 (49:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen

49:7b.PSA.049.007 (49:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo

49:8b.PSA.049.008 (49:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt

49:9b.PSA.049.009 (49:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè

49:10b.PSA.049.010 (49:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun

49:11b.PSA.049.011 (49:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo

49:12b.PSA.049.012 (49:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa

49:13b.PSA.049.013 (49:14) Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou

49:14b.PSA.049.014 (49:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete

49:15b.PSA.049.015 (49:16) Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò

49:16b.PSA.049.016 (49:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li

49:17b.PSA.049.017 (49:18) Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè

49:18b.PSA.049.018 (49:19) Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen

49:19b.PSA.049.019 (49:20) yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò

49:20b.PSA.049.020 (49:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa

50

50:1b.PSA.050.001 Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble

50:2b.PSA.050.002 Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an

50:3b.PSA.050.003 Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega

50:4b.PSA.050.004 Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a

50:5b.PSA.050.005 Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen

50:6b.PSA.050.006 Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij

50:7b.PSA.050.007 Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou

50:8b.PSA.050.008 Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo

50:9b.PSA.050.009 Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou

50:10b.PSA.050.010 Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou

50:11b.PSA.050.011 Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye

50:12b.PSA.050.012 Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye

50:13b.PSA.050.013 Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit

50:14b.PSA.050.014 Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la

50:15b.PSA.050.015 Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen

50:16b.PSA.050.016 Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou

50:17b.PSA.050.017 Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo

50:18b.PSA.050.018 Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo

50:19b.PSA.050.019 Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay

50:20b.PSA.050.020 Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou

50:21b.PSA.050.021 Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou

50:22b.PSA.050.022 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou

50:23b.PSA.050.023 Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo

51

51:1b.PSA.051.001 (51:1) Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a (51:2) lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. (51:3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib

51:2b.PSA.051.002 (51:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan

51:3b.PSA.051.003 (51:5) Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'

51:4b.PSA.051.004 (51:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije

51:5b.PSA.051.005 (51:7) Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'

51:6b.PSA.051.006 (51:8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non

51:7b.PSA.051.007 (51:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton

51:8b.PSA.051.008 (51:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò

51:9b.PSA.051.009 (51:11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo

51:10b.PSA.051.010 (51:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm

51:11b.PSA.051.011 (51:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an

51:12b.PSA.051.012 (51:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan

51:13b.PSA.051.013 (51:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou

51:14b.PSA.051.014 (51:16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè

51:15b.PSA.051.015 (51:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou

51:16b.PSA.051.016 (51:18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo

51:17b.PSA.051.017 (51:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li

51:18b.PSA.051.018 (51:20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo

51:19b.PSA.051.019 (51:21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a

52

52:1b.PSA.052.001 (52:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (52:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (52:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje

52:2b.PSA.052.002 (52:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun

52:3b.PSA.052.003 (52:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite

52:4b.PSA.052.004 (52:6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè

52:5b.PSA.052.005 (52:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo

52:6b.PSA.052.006 (52:8) Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di

52:7b.PSA.052.007 (52:9 -)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal

52:8b.PSA.052.008 (52:10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen

52:9b.PSA.052.009 (52:11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon

53

53:1b.PSA.053.001 (53:1) Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. (53:2) Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen

53:2b.PSA.053.002 (53:3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'

53:3b.PSA.053.003 (53:4) Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo

53:4b.PSA.053.004 (53:5) Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen

53:5b.PSA.053.005 (53:6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo

53:6b.PSA.053.006 (53:7) Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan

54

54:1b.PSA.054.001 (54:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (54:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (54:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou

54:2b.PSA.054.002 (54:4) Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!3 (54:5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye

54:3b.PSA.054.003 [

54:4b.PSA.054.004 (54:6) Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen

54:5b.PSA.054.005 (54:7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li

54:6b.PSA.054.006 (54:8) Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen

54:7b.PSA.054.007 (54:9) Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la

55

55:1b.PSA.055.001 (55:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. (55:2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou

55:2b.PSA.055.002 (55:3) Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn!3 (55:4) Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'

55:3b.PSA.055.003 [

55:4b.PSA.055.004 (55:5) Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri

55:5b.PSA.055.005 (55:6) Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi

55:6b.PSA.055.006 (55:7) Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo

55:7b.PSA.055.007 (55:8) Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a

55:8b.PSA.055.008 (55:9) Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen

55:9b.PSA.055.009 (55:10) Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt

55:10b.PSA.055.010 (55:11) Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans

55:11b.PSA.055.011 (55:12) Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun

55:12b.PSA.055.012 (55:13) Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen

55:13b.PSA.055.013 (55:14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'

55:14b.PSA.055.014 (55:15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo

55:15b.PSA.055.015 (55:16) Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo

55:16b.PSA.055.016 (55:17) Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen

55:17b.PSA.055.017 (55:18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen

55:18b.PSA.055.018 (55:19) L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil

55:19b.PSA.055.019 (55:20) Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye

55:20b.PSA.055.020 (55:21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt

55:21b.PSA.055.021 (55:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa

55:22b.PSA.055.022 (55:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe

55:23b.PSA.055.023 (55:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen

56

56:1b.PSA.056.001 (56:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. (56:2) Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen

56:2b.PSA.056.002 (56:3) Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo

56:3b.PSA.056.003 (56:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen

56:4b.PSA.056.004 (56:5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'

56:5b.PSA.056.005 (56:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal

56:6b.PSA.056.006 (56:7) Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'

56:7b.PSA.056.007 (56:8) Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou

56:8b.PSA.056.008 (56:9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a

56:9b.PSA.056.009 (56:10) Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen

56:10b.PSA.056.010 (56:11) M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a

56:11b.PSA.056.011 (56:12) Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen

56:12b.PSA.056.012 (56:13) O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi

56:13b.PSA.056.013 (56:14) Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo

57

57:1b.PSA.057.001 (57:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (57:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase

57:2b.PSA.057.002 (57:3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an

57:3b.PSA.057.003 (57:4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li

57:4b.PSA.057.004 (57:5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file

57:5b.PSA.057.005 (57:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè

57:6b.PSA.057.006 (57:7) Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li

57:7b.PSA.057.007 (57:8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou

57:8b.PSA.057.008 (57:9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve

57:9b.PSA.057.009 (57:10) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo

57:10b.PSA.057.010 (57:11) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou

57:11b.PSA.057.011 (57:12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè

58

58:1b.PSA.058.001 (58:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (58:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri

58:2b.PSA.058.002 (58:3) Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a

58:3b.PSA.058.003 (58:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt

58:4b.PSA.058.004 (58:5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik

58:5b.PSA.058.005 (58:6) ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa

58:6b.PSA.058.006 (58:7) Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè

58:7b.PSA.058.007 (58:8) Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen

58:8b.PSA.058.008 (58:9) Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri

58:9b.PSA.058.009 (58:10) Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan

58:10b.PSA.058.010 (58:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo

58:11b.PSA.058.011 (58:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè

59

59:1b.PSA.059.001 (59:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. (59:2) Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen

59:2b.PSA.059.002 (59:3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!3 (59:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè

59:3b.PSA.059.003 [

59:4b.PSA.059.004 (59:5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo

59:5b.PSA.059.005 (59:6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou

59:6b.PSA.059.006 (59:7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen

59:7b.PSA.059.007 (59:8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou

59:8b.PSA.059.008 (59:9) Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt

59:9b.PSA.059.009 (59:10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon

59:10b.PSA.059.010 (59:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal

59:11b.PSA.059.011 (59:12) Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen

59:12b.PSA.059.012 (59:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo

59:13b.PSA.059.013 (59:14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè

59:14b.PSA.059.014 (59:15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la

59:15b.PSA.059.015 (59:16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo

59:16b.PSA.059.016 (59:17) Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray

59:17b.PSA.059.017 (59:18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan

60

60:1b.PSA.060.001 (60:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. (60:2) Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (12.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. (60:3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò

60:2b.PSA.060.002 (60:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt

60:3b.PSA.060.003 (60:5) Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire

60:4b.PSA.060.004 (60:6) Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache

60:5b.PSA.060.005 (60:7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans

60:6b.PSA.060.006 (60:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt

60:7b.PSA.060.007 (60:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye

60:8b.PSA.060.008 (60:10) Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li

60:9b.PSA.060.009 (60:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon

60:10b.PSA.060.010 (60:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò

60:11b.PSA.060.011 (60:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch

60:12b.PSA.060.012 (60:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'

61

61:1b.PSA.061.001 (61:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (61:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou

61:2b.PSA.061.002 (61:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a

61:3b.PSA.061.003 (61:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo

61:4b.PSA.061.004 (61:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou

61:5b.PSA.061.005 (61:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan

61:6b.PSA.061.006 (61:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò

61:7b.PSA.061.007 (61:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'

61:8b.PSA.061.008 (61:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a

62

62:1b.PSA.062.001 (62:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (62:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen

62:2b.PSA.062.002 (62:3) Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'

62:3b.PSA.062.003 (62:4) Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe

62:4b.PSA.062.004 (62:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay

62:5b.PSA.062.005 (62:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen

62:6b.PSA.062.006 (62:7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'

62:7b.PSA.062.007 (62:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen

62:8b.PSA.062.008 (62:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou

62:9b.PSA.062.009 (62:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a

62:10b.PSA.062.010 (62:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou

62:11b.PSA.062.011 (62:12) An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete

62:12b.PSA.062.012 (62:13) Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè

63

63:1b.PSA.063.001 (63:1) Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. (63:2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli

63:2b.PSA.063.002 (63:3) Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou

63:3b.PSA.063.003 (63:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou

63:4b.PSA.063.004 (63:5) Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè

63:5b.PSA.063.005 (63:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou

63:6b.PSA.063.006 (63:7) Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile

63:7b.PSA.063.007 (63:8) Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan

63:8b.PSA.063.008 (63:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen

63:9b.PSA.063.009 (63:10) Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a

63:10b.PSA.063.010 (63:11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo

63:11b.PSA.063.011 (63:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo

64

64:1b.PSA.064.001 (64:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (64:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo

64:2b.PSA.064.002 (64:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo

64:3b.PSA.064.003 (64:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon

64:4b.PSA.064.004 (64:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen

64:5b.PSA.064.005 (64:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou

64:6b.PSA.064.006 (64:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè

64:7b.PSA.064.007 (64:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese

64:8b.PSA.064.008 (64:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz

64:9b.PSA.064.009 (64:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè

64:10b.PSA.064.010 (64:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li

65

65:1b.PSA.065.001 (65:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (65:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a

65:2b.PSA.065.002 (65:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,3 (65:4) pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo

65:3b.PSA.065.003 [

65:4b.PSA.065.004 (65:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a

65:5b.PSA.065.005 (65:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou

65:6b.PSA.065.006 (65:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa

65:7b.PSA.065.007 (65:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move

65:8b.PSA.065.008 (65:9) Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan

65:9b.PSA.065.009 (65:10) Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a

65:10b.PSA.065.010 (65:11) Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen

65:11b.PSA.065.011 (65:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite

65:12b.PSA.065.012 (65:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan

65:13b.PSA.065.013 (65:14) Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan

66

66:1b.PSA.066.001 Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye

66:2b.PSA.066.002 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li

66:3b.PSA.066.003 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou

66:4b.PSA.066.004 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè

66:5b.PSA.066.005 Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li

66:6b.PSA.066.006 Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè

66:7b.PSA.066.007 Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo

66:8b.PSA.066.008 Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li

66:9b.PSA.066.009 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise

66:10b.PSA.066.010 Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray

66:11b.PSA.066.011 Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou

66:12b.PSA.066.012 Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou

66:13b.PSA.066.013 M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a

66:14b.PSA.066.014 M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la

66:15b.PSA.066.015 M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit

66:16b.PSA.066.016 vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen

66:17b.PSA.066.017 Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li

66:18b.PSA.066.018 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la

66:19b.PSA.066.019 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè

66:20b.PSA.066.020 Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè

67

67:1b.PSA.067.001 (67:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. (67:2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou

67:2b.PSA.067.002 (67:3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm

67:3b.PSA.067.003 (67:4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou

67:4b.PSA.067.004 (67:5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè

67:5b.PSA.067.005 (67:6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou

67:6b.PSA.067.006 (67:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou

67:7b.PSA.067.007 (67:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li

68

68:1b.PSA.068.001 (68:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. (68:2) Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt

68:2b.PSA.068.002 (68:3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye

68:3b.PSA.068.003 (68:4) Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil

68:4b.PSA.068.004 (68:5) Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou

68:5b.PSA.068.005 (68:6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo

68:6b.PSA.068.006 (68:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon

68:7b.PSA.068.007 (68:8) O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a

68:8b.PSA.068.008 (68:9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la

68:9b.PSA.068.009 (68:10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li

68:10b.PSA.068.010 (68:11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè

68:11b.PSA.068.011 (68:12) Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la

68:12b.PSA.068.012 (68:13 -)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè

68:13b.PSA.068.013 (68:14) Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò

68:14b.PSA.068.014 (68:15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon

68:15b.PSA.068.015 (68:16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an

68:16b.PSA.068.016 (68:17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan

68:17b.PSA.068.017 (68:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a

68:18b.PSA.068.018 (68:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo

68:19b.PSA.068.019 (68:20) Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou

68:20b.PSA.068.020 (68:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a

68:21b.PSA.068.021 (68:22) Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche

68:22b.PSA.068.022 (68:23) Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a

68:23b.PSA.068.023 (68:24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo

68:24b.PSA.068.024 (68:25) Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a

68:25b.PSA.068.025 (68:26) Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren

68:26b.PSA.068.026 (68:27) Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo

68:27b.PSA.068.027 (68:28) Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo

68:28b.PSA.068.028 (68:29) Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an

68:29b.PSA.068.029 (68:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou

68:30b.PSA.068.030 (68:31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!31 (68:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye

68:31b.PSA.068.031 [

68:32b.PSA.068.032 (68:33) Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a,33 (68:34) pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò

68:33b.PSA.068.033 [

68:34b.PSA.068.034 (68:35) L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa

68:35b.PSA.068.035 (68:36) Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi

69

69:1b.PSA.069.001 (69:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. (69:2) Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen

69:2b.PSA.069.002 (69:3) M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen

69:3b.PSA.069.003 (69:4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an

69:4b.PSA.069.004 (69:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran

69:5b.PSA.069.005 (69:6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou

69:6b.PSA.069.006 (69:7) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont

69:7b.PSA.069.007 (69:8) Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'

69:8b.PSA.069.008 (69:9) Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo

69:9b.PSA.069.009 (69:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure

69:10b.PSA.069.010 (69:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa

69:11b.PSA.069.011 (69:12) Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib

69:12b.PSA.069.012 (69:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen

69:13b.PSA.069.013 (69:14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou

69:14b.PSA.069.014 (69:15) Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an

69:15b.PSA.069.015 (69:16) Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen

69:16b.PSA.069.016 (69:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib

69:17b.PSA.069.017 (69:18) Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka

69:18b.PSA.069.018 (69:19) vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo

69:19b.PSA.069.019 (69:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo

69:20b.PSA.069.020 (69:21) Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt

69:21b.PSA.069.021 (69:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen

69:22b.PSA.069.022 (69:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo

69:23b.PSA.069.023 (69:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò

69:24b.PSA.069.024 (69:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo

69:25b.PSA.069.025 (69:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò

69:26b.PSA.069.026 (69:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a

69:27b.PSA.069.027 (69:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo

69:28b.PSA.069.028 (69:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo

69:29b.PSA.069.029 (69:30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò

69:30b.PSA.069.030 (69:31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa

69:31b.PSA.069.031 (69:32) Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn

69:32b.PSA.069.032 (69:33) Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo

69:33b.PSA.069.033 (69:34) Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon

69:34b.PSA.069.034 (69:35) Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye

69:35b.PSA.069.035 (69:36) L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo

69:36b.PSA.069.036 (69:37) Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv

70

70:1b.PSA.070.001 (70:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (70:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè

70:2b.PSA.070.002 (70:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont

70:3b.PSA.070.003 (70:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont

70:4b.PSA.070.004 (70:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa

70:5b.PSA.070.005 (70:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè

71

71:1b.PSA.071.001 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont

71:2b.PSA.071.002 Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou

71:3b.PSA.071.003 Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen

71:4b.PSA.071.004 Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo

71:5b.PSA.071.005 Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason

71:6b.PSA.071.006 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou

71:7b.PSA.071.007 Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou

71:8b.PSA.071.008 Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa

71:9b.PSA.071.009 Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'

71:10b.PSA.071.010 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'

71:11b.PSA.071.011 Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'

71:12b.PSA.071.012 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou

71:13b.PSA.071.013 Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen

71:14b.PSA.071.014 M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan

71:15b.PSA.071.015 M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann

71:16b.PSA.071.016 Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa

71:17b.PSA.071.017 Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo

71:18b.PSA.071.018 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan

71:19b.PSA.071.019 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou

71:20b.PSA.071.020 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a

71:21b.PSA.071.021 W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò

71:22b.PSA.071.022 Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la

71:23b.PSA.071.023 M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'

71:24b.PSA.071.024 Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè

72

72:1b.PSA.072.001 Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la

72:2b.PSA.072.002 Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt

72:3b.PSA.072.003 Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a

72:4b.PSA.072.004 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la

72:5b.PSA.072.005 Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan

72:6b.PSA.072.006 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a

72:7b.PSA.072.007 Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè

72:8b.PSA.072.008 L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a

72:9b.PSA.072.009 Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè

72:10b.PSA.072.010 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li

72:11b.PSA.072.011 Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'

72:12b.PSA.072.012 L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou

72:13b.PSA.072.013 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen

72:14b.PSA.072.014 L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li

72:15b.PSA.072.015 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou

72:16b.PSA.072.016 Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden

72:17b.PSA.072.017 Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a

72:18b.PSA.072.018 Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo

72:19b.PSA.072.019 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn

72:20b.PSA.072.020 Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè

73

73:1b.PSA.073.001 Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo

73:2b.PSA.073.002 Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe

73:3b.PSA.073.003 paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz

73:4b.PSA.073.004 Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra

73:5b.PSA.073.005 Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen

73:6b.PSA.073.006 Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun

73:7b.PSA.073.007 Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo

73:8b.PSA.073.008 Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun

73:9b.PSA.073.009 Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans

73:10b.PSA.073.010 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo

73:11b.PSA.073.011 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen

73:12b.PSA.073.012 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches

73:13b.PSA.073.013 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè

73:14b.PSA.073.014 Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen

73:15b.PSA.073.015 Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo

73:16b.PSA.073.016 Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen

73:17b.PSA.073.017 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini

73:18b.PSA.073.018 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini

73:19b.PSA.073.019 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè

73:20b.PSA.073.020 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa

73:21b.PSA.073.021 Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil

73:22b.PSA.073.022 Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou

73:23b.PSA.073.023 Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe

73:24b.PSA.073.024 Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou

73:25b.PSA.073.025 Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè

73:26b.PSA.073.026 Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen

73:27b.PSA.073.027 Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou

73:28b.PSA.073.028 Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè

74

74:1b.PSA.074.001 Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo

74:2b.PSA.074.002 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a

74:3b.PSA.074.003 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a

74:4b.PSA.074.004 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo

74:5b.PSA.074.005 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak

74:6b.PSA.074.006 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato

74:7b.PSA.074.007 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè

74:8b.PSA.074.008 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a

74:9b.PSA.074.009 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje

74:10b.PSA.074.010 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou

74:11b.PSA.074.011 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze

74:12b.PSA.074.012 Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè

74:13b.PSA.074.013 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo

74:14b.PSA.074.014 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'

74:15b.PSA.074.015 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch

74:16b.PSA.074.016 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo

74:17b.PSA.074.017 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi

74:18b.PSA.074.018 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou

74:19b.PSA.074.019 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt

74:20b.PSA.074.020 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen

74:21b.PSA.074.021 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou

74:22b.PSA.074.022 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen

74:23b.PSA.074.023 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete

75

75:1b.PSA.075.001 (75:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (75:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo

75:2b.PSA.075.002 (75:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt

75:3b.PSA.075.003 (75:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm

75:4b.PSA.075.004 (75:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans

75:5b.PSA.075.005 (75:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la

75:6b.PSA.075.006 (75:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid

75:7b.PSA.075.007 (75:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt

75:8b.PSA.075.008 (75:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak

75:9b.PSA.075.009 (75:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li

75:10b.PSA.075.010 (75:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò

76

76:1b.PSA.076.001 (76:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (76:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl

76:2b.PSA.076.002 (76:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon

76:3b.PSA.076.003 (76:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè

76:4b.PSA.076.004 (76:5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo

76:5b.PSA.076.005 (76:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo

76:6b.PSA.076.006 (76:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt

76:7b.PSA.076.007 (76:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè

76:8b.PSA.076.008 (76:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè

76:9b.PSA.076.009 (76:10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a

76:10b.PSA.076.010 (76:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou

76:11b.PSA.076.011 (76:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la

76:12b.PSA.076.012 (76:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'

77

77:1b.PSA.077.001 (77:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (77:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen

77:2b.PSA.077.002 (77:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon

77:3b.PSA.077.003 (77:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje

77:4b.PSA.077.004 (77:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale

77:5b.PSA.077.005 (77:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo

77:6b.PSA.077.006 (77:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di

77:7b.PSA.077.007 (77:8 -)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò

77:8b.PSA.077.008 (77:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò

77:9b.PSA.077.009 (77:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè

77:10b.PSA.077.010 (77:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò

77:11b.PSA.077.011 (77:12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan

77:12b.PSA.077.012 (77:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo

77:13b.PSA.077.013 (77:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou

77:14b.PSA.077.014 (77:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou

77:15b.PSA.077.015 (77:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo

77:16b.PSA.077.016 (77:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble

77:17b.PSA.077.017 (77:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la

77:18b.PSA.077.018 (77:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble

77:19b.PSA.077.019 (77:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase

77:20b.PSA.077.020 (77:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen

78

78:1b.PSA.078.001 Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di

78:2b.PSA.078.002 Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan

78:3b.PSA.078.003 bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou

78:4b.PSA.078.004 Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy

78:5b.PSA.078.005 Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a

78:6b.PSA.078.006 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'

78:7b.PSA.078.007 Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo

78:8b.PSA.078.008 Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye

78:9b.PSA.078.009 Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare

78:10b.PSA.078.010 Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè

78:11b.PSA.078.011 Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè

78:12b.PSA.078.012 Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an

78:13b.PSA.078.013 Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray

78:14b.PSA.078.014 Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo

78:15b.PSA.078.015 Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè

78:16b.PSA.078.016 Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè

78:17b.PSA.078.017 Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a

78:18b.PSA.078.018 Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a

78:19b.PSA.078.019 Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a

78:20b.PSA.078.020 Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann

78:21b.PSA.078.021 Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo

78:22b.PSA.078.022 paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo

78:23b.PSA.078.023 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la

78:24b.PSA.078.024 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la

78:25b.PSA.078.025 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo

78:26b.PSA.078.026 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid

78:27b.PSA.078.027 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè

78:28b.PSA.078.028 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo

78:29b.PSA.078.029 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi

78:30b.PSA.078.030 Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou

78:31b.PSA.078.031 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la

78:32b.PSA.078.032 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo

78:33b.PSA.078.033 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt

78:34b.PSA.078.034 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li

78:35b.PSA.078.035 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo

78:36b.PSA.078.036 Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch

78:37b.PSA.078.037 Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo

78:38b.PSA.078.038 Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo

78:39b.PSA.078.039 Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle

78:40b.PSA.078.040 Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè

78:41b.PSA.078.041 Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa

78:42b.PSA.078.042 Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo

78:43b.PSA.078.043 lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an

78:44b.PSA.078.044 Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo

78:45b.PSA.078.045 Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo

78:46b.PSA.078.046 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo

78:47b.PSA.078.047 Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi

78:48b.PSA.078.048 Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray

78:49b.PSA.078.049 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo

78:50b.PSA.078.050 Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo

78:51b.PSA.078.051 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan

78:52b.PSA.078.052 Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a

78:53b.PSA.078.053 Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo

78:54b.PSA.078.054 Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a

78:55b.PSA.078.055 Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete

78:56b.PSA.078.056 Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè

78:57b.PSA.078.057 Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape

78:58b.PSA.078.058 Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo

78:59b.PSA.078.059 Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete

78:60b.PSA.078.060 Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a

78:61b.PSA.078.061 Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale

78:62b.PSA.078.062 Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè

78:63b.PSA.078.063 Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo

78:64b.PSA.078.064 Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo

78:65b.PSA.078.065 Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li

78:66b.PSA.078.066 Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan

78:67b.PSA.078.067 Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan

78:68b.PSA.078.068 Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan

78:69b.PSA.078.069 Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan

78:70b.PSA.078.070 Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo

78:71b.PSA.078.071 dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la

78:72b.PSA.078.072 David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès

79

79:1b.PSA.079.001 Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch

79:2b.PSA.079.002 Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje

79:3b.PSA.079.003 Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo

79:4b.PSA.079.004 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib

79:5b.PSA.079.005 Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife

79:6b.PSA.079.006 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo

79:7b.PSA.079.007 Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a

79:8b.PSA.079.008 Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt

79:9b.PSA.079.009 O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou

79:10b.PSA.079.010 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule

79:11b.PSA.079.011 Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non

79:12b.PSA.079.012 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo

79:13b.PSA.079.013 Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou

80

80:1b.PSA.080.001 (80:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (80:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la

80:2b.PSA.080.002 (80:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou

80:3b.PSA.080.003 (80:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre

80:4b.PSA.080.004 (80:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou

80:5b.PSA.080.005 (80:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè

80:6b.PSA.080.006 (80:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib

80:7b.PSA.080.007 (80:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre

80:8b.PSA.080.008 (80:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo

80:9b.PSA.080.009 (80:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a

80:10b.PSA.080.010 (80:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo

80:11b.PSA.080.011 (80:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat

80:12b.PSA.080.012 (80:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo

80:13b.PSA.080.013 (80:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo

80:14b.PSA.080.014 (80:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non

80:15b.PSA.080.015 (80:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a

80:16b.PSA.080.016 (80:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri

80:17b.PSA.080.017 (80:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a

80:18b.PSA.080.018 (80:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou

80:19b.PSA.080.019 (80:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre

81

81:1b.PSA.081.001 (81:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (81:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la

81:2b.PSA.081.002 (81:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo

81:3b.PSA.081.003 (81:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn

81:4b.PSA.081.004 (81:5) Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay

81:5b.PSA.081.005 (81:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa

81:6b.PSA.081.006 (81:7 -)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè

81:7b.PSA.081.007 (81:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a

81:8b.PSA.081.008 (81:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'

81:9b.PSA.081.009 (81:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo

81:10b.PSA.081.010 (81:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen

81:11b.PSA.081.011 (81:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'

81:12b.PSA.081.012 (81:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè

81:13b.PSA.081.013 (81:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen

81:14b.PSA.081.014 (81:15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo

81:15b.PSA.081.015 (81:16) Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan

81:16b.PSA.081.016 (81:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch

82

82:1b.PSA.082.001 Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije

82:2b.PSA.082.002 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo

82:3b.PSA.082.003 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo

82:4b.PSA.082.004 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo

82:5b.PSA.082.005 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò

82:6b.PSA.082.006 Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye

82:7b.PSA.082.007 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf

82:8b.PSA.082.008 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye

83

83:1b.PSA.083.001 (83:1) Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. (83:2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen

83:2b.PSA.083.002 (83:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!3 (83:4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo

83:3b.PSA.083.003 [

83:4b.PSA.083.004 (83:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò

83:5b.PSA.083.005 (83:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou

83:6b.PSA.083.006 (83:7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo

83:7b.PSA.083.007 (83:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò

83:8b.PSA.083.008 (83:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo

83:9b.PSA.083.009 (83:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou

83:10b.PSA.083.010 (83:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a

83:11b.PSA.083.011 (83:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou

83:12b.PSA.083.012 (83:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou

83:13b.PSA.083.013 (83:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale

83:14b.PSA.083.014 (83:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo

83:15b.PSA.083.015 (83:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo

83:16b.PSA.083.016 (83:17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou

83:17b.PSA.083.017 (83:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri

83:18b.PSA.083.018 (83:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè

84

84:1b.PSA.084.001 (84:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. (84:2) Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa

84:2b.PSA.084.002 (84:3) Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an

84:3b.PSA.084.003 (84:4) Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen

84:4b.PSA.084.004 (84:5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou

84:5b.PSA.084.005 (84:6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an

84:6b.PSA.084.006 (84:7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl

84:7b.PSA.084.007 (84:8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an

84:8b.PSA.084.008 (84:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'

84:9b.PSA.084.009 (84:10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an

84:10b.PSA.084.010 (84:11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo

84:11b.PSA.084.011 (84:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay

84:12b.PSA.084.012 (84:13) Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou

85

85:1b.PSA.085.001 (85:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (85:2) Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen

85:2b.PSA.085.002 (85:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo

85:3b.PSA.085.003 (85:4) Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo

85:4b.PSA.085.004 (85:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò

85:5b.PSA.085.005 (85:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò

85:6b.PSA.085.006 (85:7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou

85:7b.PSA.085.007 (85:8) Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non

85:8b.PSA.085.008 (85:9) M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò

85:9b.PSA.085.009 (85:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo

85:10b.PSA.085.010 (85:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò

85:11b.PSA.085.011 (85:12) Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri

85:12b.PSA.085.012 (85:13) Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt

85:13b.PSA.085.013 (85:14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt

86

86:1b.PSA.086.001 Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye

86:2b.PSA.086.002 Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen

86:3b.PSA.086.003 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou

86:4b.PSA.086.004 Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè

86:5b.PSA.086.005 Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou

86:6b.PSA.086.006 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou

86:7b.PSA.086.007 Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen

86:8b.PSA.086.008 Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè

86:9b.PSA.086.009 Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou

86:10b.PSA.086.010 paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye

86:11b.PSA.086.011 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif

86:12b.PSA.086.012 Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa

86:13b.PSA.086.013 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a

86:14b.PSA.086.014 Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye

86:15b.PSA.086.015 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou

86:16b.PSA.086.016 Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou

86:17b.PSA.086.017 Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon

87

87:1b.PSA.087.001 Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a

87:2b.PSA.087.002 Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la

87:3b.PSA.087.003 Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou

87:4b.PSA.087.004 Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt

87:5b.PSA.087.005 Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe

87:6b.PSA.087.006 Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm

87:7b.PSA.087.007 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout

88

88:1b.PSA.088.001 (88:1) Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. (88:2) Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou

88:2b.PSA.088.002 (88:3) Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou

88:3b.PSA.088.003 (88:4) Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri

88:4b.PSA.088.004 (88:5) Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò

88:5b.PSA.088.005 (88:6) Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li

88:6b.PSA.088.006 (88:7) Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon

88:7b.PSA.088.007 (88:8) Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou

88:8b.PSA.088.008 (88:9) Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti

88:9b.PSA.088.009 (88:10) Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou

88:10b.PSA.088.010 (88:11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou

88:11b.PSA.088.011 (88:12) Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou

88:12b.PSA.088.012 (88:13) Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon

88:13b.PSA.088.013 (88:14) Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou

88:14b.PSA.088.014 (88:15) Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen

88:15b.PSA.088.015 (88:16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò

88:16b.PSA.088.016 (88:17) Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'

88:17b.PSA.088.017 (88:18) Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou

88:18b.PSA.088.018 (88:19) Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt

89

89:1b.PSA.089.001 (89:1) Chante Etan, moun peyi Ezra. (89:2) Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou

89:2b.PSA.089.002 (89:3) Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou

89:3b.PSA.089.003 (89:4) Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an

89:4b.PSA.089.004 (89:5) W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan

89:5b.PSA.089.005 (89:6) Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou

89:6b.PSA.089.006 (89:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou

89:7b.PSA.089.007 (89:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou

89:8b.PSA.089.008 (89:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè

89:9b.PSA.089.009 (89:10) Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman

89:10b.PSA.089.010 (89:11) Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo

89:11b.PSA.089.011 (89:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'

89:12b.PSA.089.012 (89:13) Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan

89:13b.PSA.089.013 (89:14) Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn

89:14b.PSA.089.014 (89:15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo

89:15b.PSA.089.015 (89:16) Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi

89:16b.PSA.089.016 (89:17) Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè

89:17b.PSA.089.017 (89:18) Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo

89:18b.PSA.089.018 (89:19) Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou

89:19b.PSA.089.019 (89:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf

89:20b.PSA.089.020 (89:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou

89:21b.PSA.089.021 (89:22) M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen

89:22b.PSA.089.022 (89:23) Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li

89:23b.PSA.089.023 (89:24) M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo

89:24b.PSA.089.024 (89:25) M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay

89:25b.PSA.089.025 (89:26) M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat

89:26b.PSA.089.026 (89:27) L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen

89:27b.PSA.089.027 (89:28) Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè

89:28b.PSA.089.028 (89:29) M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a

89:29b.PSA.089.029 (89:30) M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan

89:30b.PSA.089.030 (89:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,31 (89:32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,32 (89:33) m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal

89:31b.PSA.089.031 [

89:32b.PSA.089.032 [

89:33b.PSA.089.033 (89:34) Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la

89:34b.PSA.089.034 (89:35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl

89:35b.PSA.089.035 (89:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti

89:36b.PSA.089.036 (89:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la

89:37b.PSA.089.037 (89:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la

89:38b.PSA.089.038 (89:39) Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete

89:39b.PSA.089.039 (89:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou

89:40b.PSA.089.040 (89:41) Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt

89:41b.PSA.089.041 (89:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib

89:42b.PSA.089.042 (89:43) Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan

89:43b.PSA.089.043 (89:44) Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè

89:44b.PSA.089.044 (89:45) Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè

89:45b.PSA.089.045 (89:46) Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt

89:46b.PSA.089.046 (89:47) Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife

89:47b.PSA.089.047 (89:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè

89:48b.PSA.089.048 (89:49) Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè

89:49b.PSA.089.049 (89:50) Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo

89:50b.PSA.089.050 (89:51) Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen

89:51b.PSA.089.051 (89:52) Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase

89:52b.PSA.089.052 (89:53) Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn

90

90:1b.PSA.090.001 Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a

90:2b.PSA.090.002 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye

90:3b.PSA.090.003 Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò

90:4b.PSA.090.004 Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit

90:5b.PSA.090.005 Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten

90:6b.PSA.090.006 Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche

90:7b.PSA.090.007 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase

90:8b.PSA.090.008 Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou

90:9b.PSA.090.009 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini

90:10b.PSA.090.010 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou

90:11b.PSA.090.011 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move

90:12b.PSA.090.012 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay

90:13b.PSA.090.013 Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo

90:14b.PSA.090.014 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan

90:15b.PSA.090.015 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè

90:16b.PSA.090.016 Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa

90:17b.PSA.090.017 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè

91

91:1b.PSA.091.001 Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa

91:2b.PSA.091.002 ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen

91:3b.PSA.091.003 Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou

91:4b.PSA.091.004 L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou

91:5b.PSA.091.005 Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen

91:6b.PSA.091.006 Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi

91:7b.PSA.091.007 Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou

91:8b.PSA.091.008 W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite

91:9b.PSA.091.009 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou

91:10b.PSA.091.010 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou

91:11b.PSA.091.011 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase

91:12b.PSA.091.012 Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch

91:13b.PSA.091.013 W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou

91:14b.PSA.091.014 Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen

91:15b.PSA.091.015 Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'

91:16b.PSA.091.016 M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'

92

92:1b.PSA.092.001 (92:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (92:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la

92:2b.PSA.092.002 (92:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou

92:3b.PSA.092.003 (92:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou

92:4b.PSA.092.004 (92:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè

92:5b.PSA.092.005 (92:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou

92:6b.PSA.092.006 (92:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann

92:7b.PSA.092.007 (92:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt

92:8b.PSA.092.008 (92:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan

92:9b.PSA.092.009 (92:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo

92:10b.PSA.092.010 (92:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan

92:11b.PSA.092.011 (92:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele

92:12b.PSA.092.012 (92:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban

92:13b.PSA.092.013 (92:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an

92:14b.PSA.092.014 (92:15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs

92:15b.PSA.092.015 (92:16) Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li

93

93:1b.PSA.093.001 Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'

93:2b.PSA.093.002 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan

93:3b.PSA.093.003 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri

93:4b.PSA.093.004 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri

93:5b.PSA.093.005 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan

94

94:1b.PSA.094.001 Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye

94:2b.PSA.094.002 Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite

94:3b.PSA.094.003 Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann

94:4b.PSA.094.004 Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè

94:5b.PSA.094.005 Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo

94:6b.PSA.094.006 Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a

94:7b.PSA.094.007 Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa

94:8b.PSA.094.008 Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann

94:9b.PSA.094.009 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè

94:10b.PSA.094.010 Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen

94:11b.PSA.094.011 Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen

94:12b.PSA.094.012 Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou

94:13b.PSA.094.013 pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an

94:14b.PSA.094.014 Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo

94:15b.PSA.094.015 Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa

94:16b.PSA.094.016 Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo

94:17b.PSA.094.017 Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri

94:18b.PSA.094.018 Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè

94:19b.PSA.094.019 Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan

94:20b.PSA.094.020 Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa

94:21b.PSA.094.021 Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò

94:22b.PSA.094.022 Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon

94:23b.PSA.094.023 L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo

95

95:1b.PSA.095.001 Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an

95:2b.PSA.095.002 Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li

95:3b.PSA.095.003 Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo

95:4b.PSA.095.004 Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou

95:5b.PSA.095.005 Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'

95:6b.PSA.095.006 Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an

95:7b.PSA.095.007 Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou

95:8b.PSA.095.008 -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa

95:9b.PSA.095.009 Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo

95:10b.PSA.095.010 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo

95:11b.PSA.095.011 Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an

96

96:1b.PSA.096.001 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a

96:2b.PSA.096.002 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou

96:3b.PSA.096.003 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo

96:4b.PSA.096.004 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo

96:5b.PSA.096.005 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la

96:6b.PSA.096.006 Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a

96:7b.PSA.096.007 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen

96:8b.PSA.096.008 Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li

96:9b.PSA.096.009 Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li

96:10b.PSA.096.010 Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri

96:11b.PSA.096.011 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan

96:12b.PSA.096.012 Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan

96:13b.PSA.096.013 lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt

97

97:1b.PSA.097.001 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt

97:2b.PSA.097.002 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri

97:3b.PSA.097.003 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase

97:4b.PSA.097.004 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble

97:5b.PSA.097.005 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a

97:6b.PSA.097.006 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li

97:7b.PSA.097.007 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li

97:8b.PSA.097.008 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè

97:9b.PSA.097.009 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo

97:10b.PSA.097.010 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo

97:11b.PSA.097.011 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan

97:12b.PSA.097.012 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun

98

98:1b.PSA.098.001 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la

98:2b.PSA.098.002 Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras

98:3b.PSA.098.003 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou

98:4b.PSA.098.004 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante

98:5b.PSA.098.005 Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik

98:6b.PSA.098.006 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa

98:7b.PSA.098.007 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante

98:8b.PSA.098.008 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan

98:9b.PSA.098.009 Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite

99

99:1b.PSA.099.001 Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble

99:2b.PSA.099.002 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo

99:3b.PSA.099.003 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye

99:4b.PSA.099.004 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt

99:5b.PSA.099.005 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye

99:6b.PSA.099.006 Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo

99:7b.PSA.099.007 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo

99:8b.PSA.099.008 Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal

99:9b.PSA.099.009 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye

100

100:1b.PSA.100.001 Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan

100:2b.PSA.100.002 Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li

100:3b.PSA.100.003 Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li

100:4b.PSA.100.004 Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi

100:5b.PSA.100.005 Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li

101

101:1b.PSA.101.001 Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè

101:2b.PSA.101.002 M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen

101:3b.PSA.101.003 M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen

101:4b.PSA.101.004 Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan

101:5b.PSA.101.005 M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun

101:6b.PSA.101.006 M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen

101:7b.PSA.101.007 Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen

101:8b.PSA.101.008 Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a

102

102:1b.PSA.102.001 (102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou

102:2b.PSA.102.002 (102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou

102:3b.PSA.102.003 (102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo

102:4b.PSA.102.004 (102:5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje

102:5b.PSA.102.005 (102:6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn

102:6b.PSA.102.006 (102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze

102:7b.PSA.102.007 (102:8) Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay

102:8b.PSA.102.008 (102:9) Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman

102:9b.PSA.102.009 (102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè

102:10b.PSA.102.010 (102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen

102:11b.PSA.102.011 (102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb

102:12b.PSA.102.012 (102:13) Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou

102:13b.PSA.102.013 (102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive

102:14b.PSA.102.014 (102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini

102:15b.PSA.102.015 (102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li

102:16b.PSA.102.016 (102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa

102:17b.PSA.102.017 (102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo

102:18b.PSA.102.018 (102:19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li

102:19b.PSA.102.019 (102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè

102:20b.PSA.102.020 (102:21) pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo

102:21b.PSA.102.021 (102:22) Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm

102:22b.PSA.102.022 (102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a

102:23b.PSA.102.023 (102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'

102:24b.PSA.102.024 (102:25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou

102:25b.PSA.102.025 (102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la

102:26b.PSA.102.026 (102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote

102:27b.PSA.102.027 (102:28) Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri

102:28b.PSA.102.028 (102:29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou

103

103:1b.PSA.103.001 Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen

103:2b.PSA.103.002 Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen

103:3b.PSA.103.003 Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo

103:4b.PSA.103.004 Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen

103:5b.PSA.103.005 Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini

103:6b.PSA.103.006 Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis

103:7b.PSA.103.007 Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo

103:8b.PSA.103.008 Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou

103:9b.PSA.103.009 Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan

103:10b.PSA.103.010 Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou

103:11b.PSA.103.011 Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li

103:12b.PSA.103.012 Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou

103:13b.PSA.103.013 Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li

103:14b.PSA.103.014 Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye

103:15b.PSA.103.015 Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann

103:16b.PSA.103.016 Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a

103:17b.PSA.103.017 Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo

103:18b.PSA.103.018 pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo

103:19b.PSA.103.019 Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay

103:20b.PSA.103.020 Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a

103:21b.PSA.103.021 Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi

103:22b.PSA.103.022 Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi

104

104:1b.PSA.104.001 Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba

104:2b.PSA.104.002 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete

104:3b.PSA.104.003 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale

104:4b.PSA.104.004 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou

104:5b.PSA.104.005 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'

104:6b.PSA.104.006 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo

104:7b.PSA.104.007 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò

104:8b.PSA.104.008 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo

104:9b.PSA.104.009 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò

104:10b.PSA.104.010 Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo

104:11b.PSA.104.011 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo

104:12b.PSA.104.012 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo

104:13b.PSA.104.013 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou

104:14b.PSA.104.014 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje

104:15b.PSA.104.015 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs

104:16b.PSA.104.016 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen

104:17b.PSA.104.017 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo

104:18b.PSA.104.018 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo

104:19b.PSA.104.019 Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche

104:20b.PSA.104.020 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò

104:21b.PSA.104.021 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje

104:22b.PSA.104.022 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo

104:23b.PSA.104.023 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche

104:24b.PSA.104.024 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè

104:25b.PSA.104.025 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti

104:26b.PSA.104.026 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'

104:27b.PSA.104.027 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen

104:28b.PSA.104.028 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo

104:29b.PSA.104.029 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a

104:30b.PSA.104.030 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi

104:31b.PSA.104.031 Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè

104:32b.PSA.104.032 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen

104:33b.PSA.104.033 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la

104:34b.PSA.104.034 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan

104:35b.PSA.104.035 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a

105

105:1b.PSA.105.001 Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè

105:2b.PSA.105.002 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo

105:3b.PSA.105.003 Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt

105:4b.PSA.105.004 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li

105:5b.PSA.105.005 -(we vèsè pwochen

105:6b.PSA.105.006 Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li

105:7b.PSA.105.007 Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè

105:8b.PSA.105.008 -(we vèsè pwochen

105:9b.PSA.105.009 L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan

105:10b.PSA.105.010 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan

105:11b.PSA.105.011 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo

105:12b.PSA.105.012 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a

105:13b.PSA.105.013 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt

105:14b.PSA.105.014 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo

105:15b.PSA.105.015 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen

105:16b.PSA.105.016 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo

105:17b.PSA.105.017 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la

105:18b.PSA.105.018 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li

105:19b.PSA.105.019 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon

105:20b.PSA.105.020 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'

105:21b.PSA.105.021 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a

105:22b.PSA.105.022 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè

105:23b.PSA.105.023 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo

105:24b.PSA.105.024 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo

105:25b.PSA.105.025 Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li

105:26b.PSA.105.026 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi

105:27b.PSA.105.027 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip

105:28b.PSA.105.028 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo

105:29b.PSA.105.029 Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo

105:30b.PSA.105.030 Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a

105:31b.PSA.105.031 Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a

105:32b.PSA.105.032 Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a

105:33b.PSA.105.033 Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè

105:34b.PSA.105.034 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite

105:35b.PSA.105.035 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo

105:36b.PSA.105.036 Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo

105:37b.PSA.105.037 Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm

105:38b.PSA.105.038 Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil

105:39b.PSA.105.039 Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit

105:40b.PSA.105.040 Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo

105:41b.PSA.105.041 Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè

105:42b.PSA.105.042 Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la

105:43b.PSA.105.043 Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan

105:44b.PSA.105.044 Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun

105:45b.PSA.105.045 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a

106

106:1b.PSA.106.001 Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou

106:2b.PSA.106.002 Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li

106:3b.PSA.106.003 Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li

106:4b.PSA.106.004 Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo

106:5b.PSA.106.005 Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo

106:6b.PSA.106.006 Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal

106:7b.PSA.106.007 Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la

106:8b.PSA.106.008 Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa

106:9b.PSA.106.009 Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè

106:10b.PSA.106.010 Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo

106:11b.PSA.106.011 Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape

106:12b.PSA.106.012 Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li

106:13b.PSA.106.013 Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'

106:14b.PSA.106.014 Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo

106:15b.PSA.106.015 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo

106:16b.PSA.106.016 Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a

106:17b.PSA.106.017 Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo

106:18b.PSA.106.018 Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo

106:19b.PSA.106.019 Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a

106:20b.PSA.106.020 Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb

106:21b.PSA.106.021 Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip

106:22b.PSA.106.022 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la

106:23b.PSA.106.023 Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo

106:24b.PSA.106.024 Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye

106:25b.PSA.106.025 Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a

106:26b.PSA.106.026 Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a

106:27b.PSA.106.027 L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje

106:28b.PSA.106.028 Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo

106:29b.PSA.106.029 Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo

106:30b.PSA.106.030 Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri

106:31b.PSA.106.031 Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan

106:32b.PSA.106.032 Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo

106:33b.PSA.106.033 Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè

106:34b.PSA.106.034 Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a

106:35b.PSA.106.035 Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo

106:36b.PSA.106.036 Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo

106:37b.PSA.106.037 Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo

106:38b.PSA.106.038 Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye

106:39b.PSA.106.039 Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye

106:40b.PSA.106.040 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo

106:41b.PSA.106.041 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo

106:42b.PSA.106.042 Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo

106:43b.PSA.106.043 Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche

106:44b.PSA.106.044 Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele

106:45b.PSA.106.045 Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil

106:46b.PSA.106.046 Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo

106:47b.PSA.106.047 Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou

106:48b.PSA.106.048 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a

107

107:1b.PSA.107.001 Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou

107:2b.PSA.107.002 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo

107:3b.PSA.107.003 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid

107:4b.PSA.107.004 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete

107:5b.PSA.107.005 Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò

107:6b.PSA.107.006 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a

107:7b.PSA.107.007 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete

107:8b.PSA.107.008 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun

107:9b.PSA.107.009 Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje

107:10b.PSA.107.010 Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn

107:11b.PSA.107.011 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo

107:12b.PSA.107.012 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men

107:13b.PSA.107.013 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a

107:14b.PSA.107.014 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo

107:15b.PSA.107.015 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun

107:16b.PSA.107.016 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo

107:17b.PSA.107.017 Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal

107:18b.PSA.107.018 Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri

107:19b.PSA.107.019 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a

107:20b.PSA.107.020 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a

107:21b.PSA.107.021 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun

107:22b.PSA.107.022 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan

107:23b.PSA.107.023 Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv

107:24b.PSA.107.024 Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè

107:25b.PSA.107.025 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move

107:26b.PSA.107.026 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo

107:27b.PSA.107.027 Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo

107:28b.PSA.107.028 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a

107:29b.PSA.107.029 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt

107:30b.PSA.107.030 Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t'aprale a

107:31b.PSA.107.031 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun

107:32b.PSA.107.032 Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo

107:33b.PSA.107.033 Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò

107:34b.PSA.107.034 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste

107:35b.PSA.107.035 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk

107:36b.PSA.107.036 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete

107:37b.PSA.107.037 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt

107:38b.PSA.107.038 Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple

107:39b.PSA.107.039 Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè

107:40b.PSA.107.040 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a

107:41b.PSA.107.041 se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini

107:42b.PSA.107.042 Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen

107:43b.PSA.107.043 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè

108

108:1b.PSA.108.001 (108:1) Se yon chante David. (108:2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen

108:2b.PSA.108.002 (108:3) M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!3 (108:4) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo

108:3b.PSA.108.003 [

108:4b.PSA.108.004 (108:5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou

108:5b.PSA.108.005 (108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè

108:6b.PSA.108.006 (108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans

108:7b.PSA.108.007 (108:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt

108:8b.PSA.108.008 (108:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye

108:9b.PSA.108.009 (108:10) Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan

108:10b.PSA.108.010 (108:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon

108:11b.PSA.108.011 (108:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò

108:12b.PSA.108.012 (108:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch

108:13b.PSA.108.013 (108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'

109

109:1b.PSA.109.001 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen

109:2b.PSA.109.002 Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen

109:3b.PSA.109.003 Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen

109:4b.PSA.109.004 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou

109:5b.PSA.109.005 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'

109:6b.PSA.109.006 Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li

109:7b.PSA.109.007 Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche

109:8b.PSA.109.008 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li

109:9b.PSA.109.009 Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv

109:10b.PSA.109.010 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a

109:11b.PSA.109.011 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li

109:12b.PSA.109.012 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite

109:13b.PSA.109.013 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li

109:14b.PSA.109.014 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo

109:15b.PSA.109.015 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè

109:16b.PSA.109.016 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo

109:17b.PSA.109.017 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon

109:18b.PSA.109.018 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'

109:19b.PSA.109.019 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon

109:20b.PSA.109.020 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo

109:21b.PSA.109.021 Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'

109:22b.PSA.109.022 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann

109:23b.PSA.109.023 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale

109:24b.PSA.109.024 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil

109:25b.PSA.109.025 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib

109:26b.PSA.109.026 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè

109:27b.PSA.109.027 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'

109:28b.PSA.109.028 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan

109:29b.PSA.109.029 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo

109:30b.PSA.109.030 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini

109:31b.PSA.109.031 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo

110

110:1b.PSA.110.001 Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou

110:2b.PSA.110.002 Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo

110:3b.PSA.110.003 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a

110:4b.PSA.110.004 Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk

110:5b.PSA.110.005 Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo

110:6b.PSA.110.006 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè

110:7b.PSA.110.007 Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo

111

111:1b.PSA.111.001 Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini

111:2b.PSA.111.002 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo

111:3b.PSA.111.003 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan

111:4b.PSA.111.004 Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè

111:5b.PSA.111.005 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an

111:6b.PSA.111.006 Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo

111:7b.PSA.111.007 L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo

111:8b.PSA.111.008 Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre

111:9b.PSA.111.009 Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li

111:10b.PSA.111.010 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li

112

112:1b.PSA.112.001 Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande

112:2b.PSA.112.002 Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li

112:3b.PSA.112.003 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye

112:4b.PSA.112.004 Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri

112:5b.PSA.112.005 Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis

112:6b.PSA.112.006 Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'

112:7b.PSA.112.007 Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a

112:8b.PSA.112.008 Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo

112:9b.PSA.112.009 Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'

112:10b.PSA.112.010 Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive

113

113:1b.PSA.113.001 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li

113:2b.PSA.113.002 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan

113:3b.PSA.113.003 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a

113:4b.PSA.113.004 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la

113:5b.PSA.113.005 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt

113:6b.PSA.113.006 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a

113:7b.PSA.113.007 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè

113:8b.PSA.113.008 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a

113:9b.PSA.113.009 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a

114

114:1b.PSA.114.001 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo

114:2b.PSA.114.002 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'

114:3b.PSA.114.003 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann

114:4b.PSA.114.004 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton

114:5b.PSA.114.005 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule

114:6b.PSA.114.006 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton

114:7b.PSA.114.007 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la

114:8b.PSA.114.008 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo

115

115:1b.PSA.115.001 Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou

115:2b.PSA.115.002 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an

115:3b.PSA.115.003 Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle

115:4b.PSA.115.004 Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo

115:5b.PSA.115.005 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè

115:6b.PSA.115.006 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant

115:7b.PSA.115.007 Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo

115:8b.PSA.115.008 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo

115:9b.PSA.115.009 Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou

115:10b.PSA.115.010 Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou

115:11b.PSA.115.011 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou

115:12b.PSA.115.012 Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo

115:13b.PSA.115.013 L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran

115:14b.PSA.115.014 Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou

115:15b.PSA.115.015 Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou

115:16b.PSA.115.016 Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo

115:17b.PSA.115.017 Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li

115:18b.PSA.115.018 Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a

116

116:1b.PSA.116.001 Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen

116:2b.PSA.116.002 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'

116:3b.PSA.116.003 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn

116:4b.PSA.116.004 Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non

116:5b.PSA.116.005 Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè

116:6b.PSA.116.006 Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen

116:7b.PSA.116.007 Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen

116:8b.PSA.116.008 Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite

116:9b.PSA.116.009 Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo

116:10b.PSA.116.010 Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen

116:11b.PSA.116.011 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans

116:12b.PSA.116.012 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo

116:13b.PSA.116.013 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi

116:14b.PSA.116.014 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a

116:15b.PSA.116.015 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri

116:16b.PSA.116.016 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo

116:17b.PSA.116.017 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi

116:18b.PSA.116.018 -(we vèsè pwochen

116:19b.PSA.116.019 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a

117

117:1b.PSA.117.001 Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li

117:2b.PSA.117.002 Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a

118

118:1b.PSA.118.001 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou

118:2b.PSA.118.002 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

118:3b.PSA.118.003 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

118:4b.PSA.118.004 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

118:5b.PSA.118.005 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'

118:6b.PSA.118.006 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'

118:7b.PSA.118.007 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo

118:8b.PSA.118.008 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun

118:9b.PSA.118.009 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf

118:10b.PSA.118.010 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt

118:11b.PSA.118.011 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt

118:12b.PSA.118.012 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt

118:13b.PSA.118.013 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou

118:14b.PSA.118.014 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'

118:15b.PSA.118.015 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li

118:16b.PSA.118.016 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li

118:17b.PSA.118.017 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen

118:18b.PSA.118.018 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'

118:19b.PSA.118.019 Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi

118:20b.PSA.118.020 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'

118:21b.PSA.118.021 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'

118:22b.PSA.118.022 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la

118:23b.PSA.118.023 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa

118:24b.PSA.118.024 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan

118:25b.PSA.118.025 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè

118:26b.PSA.118.026 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou

118:27b.PSA.118.027 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la

118:28b.PSA.118.028 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa

118:29b.PSA.118.029 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou

119

119:1b.PSA.119.001 Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a

119:2b.PSA.119.002 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo

119:3b.PSA.119.003 Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo

119:4b.PSA.119.004 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn

119:5b.PSA.119.005 Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande

119:6b.PSA.119.006 Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo

119:7b.PSA.119.007 M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou

119:8b.PSA.119.008 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'

119:9b.PSA.119.009 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a

119:10b.PSA.119.010 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo

119:11b.PSA.119.011 Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou

119:12b.PSA.119.012 Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè

119:13b.PSA.119.013 M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou

119:14b.PSA.119.014 Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè

119:15b.PSA.119.015 M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou

119:16b.PSA.119.016 Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo

119:17b.PSA.119.017 Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè

119:18b.PSA.119.018 Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la

119:19b.PSA.119.019 Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo

119:20b.PSA.119.020 Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside

119:21b.PSA.119.021 Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo

119:22b.PSA.119.022 Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo

119:23b.PSA.119.023 Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a

119:24b.PSA.119.024 Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè

119:25b.PSA.119.025 Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la

119:26b.PSA.119.026 Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè

119:27b.PSA.119.027 Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo

119:28b.PSA.119.028 Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la

119:29b.PSA.119.029 Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou

119:30b.PSA.119.030 Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen

119:31b.PSA.119.031 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont

119:32b.PSA.119.032 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen

119:33b.PSA.119.033 Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba

119:34b.PSA.119.034 Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen

119:35b.PSA.119.035 Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'

119:36b.PSA.119.036 Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan

119:37b.PSA.119.037 Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan

119:38b.PSA.119.038 Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou

119:39b.PSA.119.039 Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon

119:40b.PSA.119.040 Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò

119:41b.PSA.119.041 Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la

119:42b.PSA.119.042 Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou

119:43b.PSA.119.043 Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo

119:44b.PSA.119.044 M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan

119:45b.PSA.119.045 M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo

119:46b.PSA.119.046 M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa

119:47b.PSA.119.047 Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo

119:48b.PSA.119.048 M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a

119:49b.PSA.119.049 Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa

119:50b.PSA.119.050 Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv

119:51b.PSA.119.051 Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou

119:52b.PSA.119.052 Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj

119:53b.PSA.119.053 Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou

119:54b.PSA.119.054 Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen

119:55b.PSA.119.055 Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè

119:56b.PSA.119.056 Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo

119:57b.PSA.119.057 Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo

119:58b.PSA.119.058 M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la

119:59b.PSA.119.059 Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo

119:60b.PSA.119.060 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo

119:61b.PSA.119.061 Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la

119:62b.PSA.119.062 Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri

119:63b.PSA.119.063 Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo

119:64b.PSA.119.064 Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè

119:65b.PSA.119.065 Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la

119:66b.PSA.119.066 Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo

119:67b.PSA.119.067 Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè

119:68b.PSA.119.068 Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè

119:69b.PSA.119.069 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'

119:70b.PSA.119.070 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la

119:71b.PSA.119.071 Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè

119:72b.PSA.119.072 Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè

119:73b.PSA.119.073 Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo

119:74b.PSA.119.074 Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou

119:75b.PSA.119.075 Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou

119:76b.PSA.119.076 Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'

119:77b.PSA.119.077 Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou

119:78b.PSA.119.078 Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo

119:79b.PSA.119.079 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen

119:80b.PSA.119.080 Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont

119:81b.PSA.119.081 Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou

119:82b.PSA.119.082 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'

119:83b.PSA.119.083 Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè

119:84b.PSA.119.084 Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo

119:85b.PSA.119.085 Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a

119:86b.PSA.119.086 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou

119:87b.PSA.119.087 Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo

119:88b.PSA.119.088 Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou

119:89b.PSA.119.089 Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la

119:90b.PSA.119.090 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm

119:91b.PSA.119.091 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye

119:92b.PSA.119.092 Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen

119:93b.PSA.119.093 Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò

119:94b.PSA.119.094 Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo

119:95b.PSA.119.095 Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo

119:96b.PSA.119.096 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan

119:97b.PSA.119.097 Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li

119:98b.PSA.119.098 Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan

119:99b.PSA.119.099 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo

119:100b.PSA.119.100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo

119:101b.PSA.119.101 Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè

119:102b.PSA.119.102 Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay

119:103b.PSA.119.103 Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen

119:104b.PSA.119.104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti

119:105b.PSA.119.105 Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen

119:106b.PSA.119.106 Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou

119:107b.PSA.119.107 Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la

119:108b.PSA.119.108 Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside

119:109b.PSA.119.109 Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou

119:110b.PSA.119.110 Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo

119:111b.PSA.119.111 Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan

119:112b.PSA.119.112 Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri

119:113b.PSA.119.113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou

119:114b.PSA.119.114 Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou

119:115b.PSA.119.115 Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an

119:116b.PSA.119.116 Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan

119:117b.PSA.119.117 Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè

119:118b.PSA.119.118 Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen

119:119b.PSA.119.119 Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo

119:120b.PSA.119.120 M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo

119:121b.PSA.119.121 Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo

119:122b.PSA.119.122 Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen

119:123b.PSA.119.123 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la

119:124b.PSA.119.124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a

119:125b.PSA.119.125 Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo

119:126b.PSA.119.126 Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou

119:127b.PSA.119.127 Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an

119:128b.PSA.119.128 Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti

119:129b.PSA.119.129 Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'

119:130b.PSA.119.130 Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann

119:131b.PSA.119.131 Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo

119:132b.PSA.119.132 Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo

119:133b.PSA.119.133 Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen

119:134b.PSA.119.134 Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo

119:135b.PSA.119.135 Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè

119:136b.PSA.119.136 Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou

119:137b.PSA.119.137 Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan

119:138b.PSA.119.138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre

119:139b.PSA.119.139 Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo

119:140b.PSA.119.140 Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li

119:141b.PSA.119.141 Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo

119:142b.PSA.119.142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite

119:143b.PSA.119.143 Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè

119:144b.PSA.119.144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv

119:145b.PSA.119.145 M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè

119:146b.PSA.119.146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo

119:147b.PSA.119.147 Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye

119:148b.PSA.119.148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo

119:149b.PSA.119.149 Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la

119:150b.PSA.119.150 Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan

119:151b.PSA.119.151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre

119:152b.PSA.119.152 Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan

119:153b.PSA.119.153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou

119:154b.PSA.119.154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la

119:155b.PSA.119.155 Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè

119:156b.PSA.119.156 Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la

119:157b.PSA.119.157 Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote

119:158b.PSA.119.158 Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou

119:159b.PSA.119.159 Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'

119:160b.PSA.119.160 Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan

119:161b.PSA.119.161 Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif

119:162b.PSA.119.162 Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès

119:163b.PSA.119.163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil

119:164b.PSA.119.164 Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri

119:165b.PSA.119.165 Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite

119:166b.PSA.119.166 M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè

119:167b.PSA.119.167 M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo

119:168b.PSA.119.168 M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'

119:169b.PSA.119.169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann

119:170b.PSA.119.170 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'

119:171b.PSA.119.171 Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè

119:172b.PSA.119.172 Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat

119:173b.PSA.119.173 Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo

119:174b.PSA.119.174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou

119:175b.PSA.119.175 Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la

119:176b.PSA.119.176 Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo

120

120:1b.PSA.120.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen

120:2b.PSA.120.002 Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun

120:3b.PSA.120.003 Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis

120:4b.PSA.120.004 Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen

120:5b.PSA.120.005 Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda

120:6b.PSA.120.006 Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze

120:7b.PSA.120.007 Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè

121

121:1b.PSA.121.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou

121:2b.PSA.121.002 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a

121:3b.PSA.121.003 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi

121:4b.PSA.121.004 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi

121:5b.PSA.121.005 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou

121:6b.PSA.121.006 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen

121:7b.PSA.121.007 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou

121:8b.PSA.121.008 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan

122

122:1b.PSA.122.001 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a

122:2b.PSA.122.002 Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm

122:3b.PSA.122.003 Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje

122:4b.PSA.122.004 Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a

122:5b.PSA.122.005 Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la

122:6b.PSA.122.006 Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze

122:7b.PSA.122.007 Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze

122:8b.PSA.122.008 Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la

122:9b.PSA.122.009 Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan

123

123:1b.PSA.123.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen

123:2b.PSA.123.002 Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou

123:3b.PSA.123.003 Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo

123:4b.PSA.123.004 Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo

124

124:1b.PSA.124.001 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa

124:2b.PSA.124.002 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an

124:3b.PSA.124.003 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an

124:4b.PSA.124.004 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou

124:5b.PSA.124.005 Wi, lavalas ta pote nou ale

124:6b.PSA.124.006 Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou

124:7b.PSA.124.007 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale

124:8b.PSA.124.008 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a

125

125:1b.PSA.125.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan

125:2b.PSA.125.002 Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan

125:3b.PSA.125.003 Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal

125:4b.PSA.125.004 Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch

125:5b.PSA.125.005 Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la

126

126:1b.PSA.126.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre

126:2b.PSA.126.002 Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo

126:3b.PSA.126.003 Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil

126:4b.PSA.126.004 Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò

126:5b.PSA.126.005 Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan

126:6b.PSA.126.006 Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo

127

127:1b.PSA.127.001 Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen

127:2b.PSA.127.002 Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi

127:3b.PSA.127.003 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa

127:4b.PSA.127.004 Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn

127:5b.PSA.127.005 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont

128

128:1b.PSA.128.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan

128:2b.PSA.128.002 Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen

128:3b.PSA.128.003 Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou

128:4b.PSA.128.004 Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li

128:5b.PSA.128.005 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri

128:6b.PSA.128.006 Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la

129

129:1b.PSA.129.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn

129:2b.PSA.129.002 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou

129:3b.PSA.129.003 Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante

129:4b.PSA.129.004 Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou

129:5b.PSA.129.005 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak

129:6b.PSA.129.006 Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen

129:7b.PSA.129.007 Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li

129:8b.PSA.129.008 Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a

130

130:1b.PSA.130.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou

130:2b.PSA.130.002 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou

130:3b.PSA.130.003 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou

130:4b.PSA.130.004 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou

130:5b.PSA.130.005 Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di

130:6b.PSA.130.006 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve

130:7b.PSA.130.007 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre

130:8b.PSA.130.008 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo

131

131:1b.PSA.131.001 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann

131:2b.PSA.131.002 Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman

131:3b.PSA.131.003 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan

132

132:1b.PSA.132.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou

132:2b.PSA.132.002 Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di

132:3b.PSA.132.003 -Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen

132:4b.PSA.132.004 mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m'

132:5b.PSA.132.005 toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete

132:6b.PSA.132.006 Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo

132:7b.PSA.132.007 Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'

132:8b.PSA.132.008 Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa

132:9b.PSA.132.009 Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan

132:10b.PSA.132.010 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a

132:11b.PSA.132.011 Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a

132:12b.PSA.132.012 Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a

132:13b.PSA.132.013 Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li

132:14b.PSA.132.014 Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle

132:15b.PSA.132.015 M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo

132:16b.PSA.132.016 M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan

132:17b.PSA.132.017 Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a

132:18b.PSA.132.018 M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere

133

133:1b.PSA.133.001 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm

133:2b.PSA.133.002 Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li

133:3b.PSA.133.003 Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an

134

134:1b.PSA.134.001 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a

134:2b.PSA.134.002 Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a

134:3b.PSA.134.003 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a

135

135:1b.PSA.135.001 Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a

135:2b.PSA.135.002 nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li

135:3b.PSA.135.003 Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou

135:4b.PSA.135.004 Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li

135:5b.PSA.135.005 Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo

135:6b.PSA.135.006 Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè

135:7b.PSA.135.007 Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a

135:8b.PSA.135.008 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip

135:9b.PSA.135.009 Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo

135:10b.PSA.135.010 Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa

135:11b.PSA.135.011 Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo

135:12b.PSA.135.012 Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete

135:13b.PSA.135.013 Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou

135:14b.PSA.135.014 Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo

135:15b.PSA.135.015 Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo

135:16b.PSA.135.016 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè

135:17b.PSA.135.017 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo

135:18b.PSA.135.018 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo

135:19b.PSA.135.019 Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a

135:20b.PSA.135.020 Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li

135:21b.PSA.135.021 Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a

136

136:1b.PSA.136.001 Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:2b.PSA.136.002 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:3b.PSA.136.003 Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:4b.PSA.136.004 Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:5b.PSA.136.005 Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:6b.PSA.136.006 L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:7b.PSA.136.007 Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:8b.PSA.136.008 Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:9b.PSA.136.009 Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:10b.PSA.136.010 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:11b.PSA.136.011 Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:12b.PSA.136.012 Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:13b.PSA.136.013 Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:14b.PSA.136.014 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:15b.PSA.136.015 Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:16b.PSA.136.016 Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:17b.PSA.136.017 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:18b.PSA.136.018 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:19b.PSA.136.019 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:20b.PSA.136.020 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:21b.PSA.136.021 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:22b.PSA.136.022 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:23b.PSA.136.023 Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:24b.PSA.136.024 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:25b.PSA.136.025 Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

136:26b.PSA.136.026 Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou

137

137:1b.PSA.137.001 Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon

137:2b.PSA.137.002 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a

137:3b.PSA.137.003 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non

137:4b.PSA.137.004 Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje

137:5b.PSA.137.005 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou

137:6b.PSA.137.006 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou

137:7b.PSA.137.007 Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè

137:8b.PSA.137.008 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a

137:9b.PSA.137.009 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch

138

138:1b.PSA.138.001 Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou

138:2b.PSA.138.002 M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a

138:3b.PSA.138.003 Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj

138:4b.PSA.138.004 Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou

138:5b.PSA.138.005 Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen

138:6b.PSA.138.006 Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo

138:7b.PSA.138.007 Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou

138:8b.PSA.138.008 W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a

139

139:1b.PSA.139.001 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye

139:2b.PSA.139.002 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen

139:3b.PSA.139.003 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè

139:4b.PSA.139.004 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di

139:5b.PSA.139.005 Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou

139:6b.PSA.139.006 Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo

139:7b.PSA.139.007 Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou

139:8b.PSA.139.008 Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou

139:9b.PSA.139.009 Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè

139:10b.PSA.139.010 l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'

139:11b.PSA.139.011 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri

139:12b.PSA.139.012 Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou

139:13b.PSA.139.013 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'

139:14b.PSA.139.014 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen

139:15b.PSA.139.015 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a

139:16b.PSA.139.016 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo

139:17b.PSA.139.017 Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil

139:18b.PSA.139.018 Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa

139:19b.PSA.139.019 Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo

139:20b.PSA.139.020 Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal

139:21b.PSA.139.021 Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo

139:22b.PSA.139.022 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'

139:23b.PSA.139.023 Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'

139:24b.PSA.139.024 Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an

140

140:1b.PSA.140.001 (140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (140:2) Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non

140:2b.PSA.140.002 (140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife

140:3b.PSA.140.003 (140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik

140:4b.PSA.140.004 (140:5) Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe

140:5b.PSA.140.005 (140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen

140:6b.PSA.140.006 (140:7) Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou

140:7b.PSA.140.007 (140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare

140:8b.PSA.140.008 (140:9) Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive

140:9b.PSA.140.009 (140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo

140:10b.PSA.140.010 (140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti

140:11b.PSA.140.011 (140:12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo

140:12b.PSA.140.012 (140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo

140:13b.PSA.140.013 (140:14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'

141

141:1b.PSA.141.001 Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou

141:2b.PSA.141.002 Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a

141:3b.PSA.141.003 Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen

141:4b.PSA.141.004 Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo

141:5b.PSA.141.005 Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal

141:6b.PSA.141.006 Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite

141:7b.PSA.141.007 Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a

141:8b.PSA.141.008 Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou

141:9b.PSA.141.009 Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo

141:10b.PSA.141.010 Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen

142

142:1b.PSA.142.001 (142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a

142:2b.PSA.142.002 (142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen

142:3b.PSA.142.003 (142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen

142:4b.PSA.142.004 (142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'

142:5b.PSA.142.005 (142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a

142:6b.PSA.142.006 (142:7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'

142:7b.PSA.142.007 (142:8) Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen

143

143:1b.PSA.143.001 Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri

143:2b.PSA.143.002 Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou

143:3b.PSA.143.003 Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan

143:4b.PSA.143.004 Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil

143:5b.PSA.143.005 Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò

143:6b.PSA.143.006 Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli

143:7b.PSA.143.007 Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a

143:8b.PSA.143.008 Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an

143:9b.PSA.143.009 Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m' anba lènmi m' yo

143:10b.PSA.143.010 Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa

143:11b.PSA.143.011 Seyè, poutèt non ou pote a, ban m' lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m' nan tray kote m' ye a

143:12b.PSA.143.012 Ou renmen m' anpil. Fè tout lènmi m' yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m' yo, paske se sèvitè ou mwen ye

144

144:1b.PSA.144.001 Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay

144:2b.PSA.144.002 Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen

144:3b.PSA.144.003 Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo

144:4b.PSA.144.004 Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase

144:5b.PSA.144.005 Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen

144:6b.PSA.144.006 Voye flèch ou yo. Fè lènmi m' yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè

144:7b.PSA.144.007 Rete nan syèl la, lonje men ou pran m'. Rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m' anba men moun lòt nasyon yo

144:8b.PSA.144.008 Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè

144:9b.PSA.144.009 M'ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou

144:10b.PSA.144.010 Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la

144:11b.PSA.144.011 Delivre m' anba bann mechan sa yo ki soti pou touye m', delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè

144:12b.PSA.144.012 Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan

144:13b.PSA.144.013 Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit

144:14b.PSA.144.014 Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo

144:15b.PSA.144.015 Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li

145

145:1b.PSA.145.001 Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan

145:2b.PSA.145.002 Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan

145:3b.PSA.145.003 Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa

145:4b.PSA.145.004 Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo

145:5b.PSA.145.005 M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo

145:6b.PSA.145.006 Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs

145:7b.PSA.145.007 Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri

145:8b.PSA.145.008 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou

145:9b.PSA.145.009 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè

145:10b.PSA.145.010 Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi

145:11b.PSA.145.011 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa

145:12b.PSA.145.012 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite

145:13b.PSA.145.013 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè

145:14b.PSA.145.014 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj

145:15b.PSA.145.015 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje

145:16b.PSA.145.016 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen

145:17b.PSA.145.017 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè

145:18b.PSA.145.018 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo

145:19b.PSA.145.019 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo

145:20b.PSA.145.020 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo

145:21b.PSA.145.021 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan

146

146:1b.PSA.146.001 Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a

146:2b.PSA.146.002 M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv

146:3b.PSA.146.003 Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou

146:4b.PSA.146.004 Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt

146:5b.PSA.146.005 Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li

146:6b.PSA.146.006 Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li

146:7b.PSA.146.007 Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje

146:8b.PSA.146.008 Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li

146:9b.PSA.146.009 Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo

146:10b.PSA.146.010 Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a

147

147:1b.PSA.147.001 Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre

147:2b.PSA.147.002 Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo

147:3b.PSA.147.003 L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo

147:4b.PSA.147.004 Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak

147:5b.PSA.147.005 Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit

147:6b.PSA.147.006 Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè

147:7b.PSA.147.007 Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita

147:8b.PSA.147.008 Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo

147:9b.PSA.147.009 Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele

147:10b.PSA.147.010 Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan

147:11b.PSA.147.011 Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo

147:12b.PSA.147.012 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an

147:13b.PSA.147.013 Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou

147:14b.PSA.147.014 L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje

147:15b.PSA.147.015 Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè

147:16b.PSA.147.016 Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa

147:17b.PSA.147.017 Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye

147:18b.PSA.147.018 Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou

147:19b.PSA.147.019 Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside

147:20b.PSA.147.020 Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a

148

148:1b.PSA.148.001 Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la

148:2b.PSA.148.002 Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li

148:3b.PSA.148.003 Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li

148:4b.PSA.148.004 Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li

148:5b.PSA.148.005 Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt

148:6b.PSA.148.006 Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'

148:7b.PSA.148.007 Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a

148:8b.PSA.148.008 dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè

148:9b.PSA.148.009 gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo

148:10b.PSA.148.010 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl

148:11b.PSA.148.011 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm

148:12b.PSA.148.012 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun

148:13b.PSA.148.013 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a

148:14b.PSA.148.014 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a

149

149:1b.PSA.149.001 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini

149:2b.PSA.149.002 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo

149:3b.PSA.149.003 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li

149:4b.PSA.149.004 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo

149:5b.PSA.149.005 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la

149:6b.PSA.149.006 Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo

149:7b.PSA.149.007 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo

149:8b.PSA.149.008 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè

149:9b.PSA.149.009 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a

150

150:1b.PSA.150.001 Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè

150:2b.PSA.150.002 Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs

150:3b.PSA.150.003 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo

150:4b.PSA.150.004 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen

150:5b.PSA.150.005 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri

150:6b.PSA.150.006 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Psalms (Creole). Psalms (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-904A-2