Job (Creole)

Job (Creole)

1

1:1b.JOB.001.001 Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen

1:2b.JOB.001.002 Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi

1:3b.JOB.001.003 Li te gen sètmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tèt bèf, senksan (500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a

1:4b.JOB.001.004 Pitit gason Jòb yo te konn reyini yonn lakay lòt pou fè gwo resepsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sè yo vin manje, vin bwè ansanm ak yo tou

1:5b.JOB.001.005 Chak lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l': Ou pa janm konnen. Pitit gason m' yo ka fè peche, yo ka di sa yo pa t' dwe di sou Bondye, san yo pa fè espre

1:6b.JOB.001.006 Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo

1:7b.JOB.001.007 Seyè a mande l' konsa: -Kote ou soti? Satan reponn: -M' sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade

1:8b.JOB.001.008 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen

1:9b.JOB.001.009 Satan reponn li: -Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a

1:10b.JOB.001.010 Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a

1:11b.JOB.001.011 Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m' garanti ou, l'ap di sa l' pa t' dwe di sou ou nan figi ou

1:12b.JOB.001.012 Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale

1:13b.JOB.001.013 Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resepsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven

1:14b.JOB.001.014 Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l' konsa: -Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre

1:15b.JOB.001.015 lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa

1:16b.JOB.001.016 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa

1:17b.JOB.001.017 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y' ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa

1:18b.JOB.001.018 Msye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: -Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan

1:19b.JOB.001.019 lè yon sèl gwo van tanpèt leve soti nan dezè a. Li kraze kay la, li touye tout moun. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa

1:20b.JOB.001.020 Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li

1:21b.JOB.001.021 Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a

1:22b.JOB.001.022 Malgre tout malè sa yo ki te rive l', Jòb pa t' fè ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa t' dwe di sou Bondye

2

2:1b.JOB.002.001 Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo

2:2b.JOB.002.002 Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade

2:3b.JOB.002.003 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'

2:4b.JOB.002.004 Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri

2:5b.JOB.002.005 Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou

2:6b.JOB.002.006 Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen

2:7b.JOB.002.007 Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li

2:8b.JOB.002.008 Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'

2:9b.JOB.002.009 Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini

2:10b.JOB.002.010 Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye

2:11b.JOB.002.011 Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj

2:12b.JOB.002.012 Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn

2:13b.JOB.002.013 Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri

3

3:1b.JOB.003.001 Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la

3:2b.JOB.003.002 Li di konsa

3:3b.JOB.003.003 -Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan

3:4b.JOB.003.004 Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'

3:5b.JOB.003.005 Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt

3:6b.JOB.003.006 Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò

3:7b.JOB.003.007 Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri

3:8b.JOB.003.008 Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an

3:9b.JOB.003.009 Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve

3:10b.JOB.003.010 Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo

3:11b.JOB.003.011 Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa

3:12b.JOB.003.012 Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete

3:13b.JOB.003.013 Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze

3:14b.JOB.003.014 ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè

3:15b.JOB.003.015 Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan

3:16b.JOB.003.016 Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri

3:17b.JOB.003.017 Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo

3:18b.JOB.003.018 Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo

3:19b.JOB.003.019 Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò

3:20b.JOB.003.020 Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi

3:21b.JOB.003.021 Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès

3:22b.JOB.003.022 Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè

3:23b.JOB.003.023 Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase

3:24b.JOB.003.024 Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule

3:25b.JOB.003.025 Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen

3:26b.JOB.003.026 Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka

4

4:1b.JOB.004.001 Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa

4:2b.JOB.004.002 -Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale

4:3b.JOB.004.003 Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb

4:4b.JOB.004.004 Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò

4:5b.JOB.004.005 Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale

4:6b.JOB.004.006 W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje

4:7b.JOB.004.007 Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat

4:8b.JOB.004.008 M'ap di sa m' wè ak je m': Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k'ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte

4:9b.JOB.004.009 Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt

4:10b.JOB.004.010 Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo

4:11b.JOB.004.011 Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa

4:12b.JOB.004.012 Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di

4:13b.JOB.004.013 Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè

4:14b.JOB.004.014 Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m'. Tout zo nan kò m' ap krake

4:15b.JOB.004.015 Yon souf pase bò figi m', tout cheve nan tèt mwen kanpe

4:16b.JOB.004.016 Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa t' rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m'. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di

4:17b.JOB.004.017 Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la

4:18b.JOB.004.018 Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo

4:19b.JOB.004.019 Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa

4:20b.JOB.004.020 Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa

4:21b.JOB.004.021 Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann

5

5:1b.JOB.005.001 Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale

5:2b.JOB.005.002 Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo

5:3b.JOB.005.003 Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo

5:4b.JOB.005.004 Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal

5:5b.JOB.005.005 Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo

5:6b.JOB.005.006 Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans

5:7b.JOB.005.007 Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri

5:8b.JOB.005.008 Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'

5:9b.JOB.005.009 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte

5:10b.JOB.005.010 Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden

5:11b.JOB.005.011 Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo

5:12b.JOB.005.012 Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo

5:13b.JOB.005.013 Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè

5:14b.JOB.005.014 Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit

5:15b.JOB.005.015 Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo

5:16b.JOB.005.016 Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo

5:17b.JOB.005.017 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt

5:18b.JOB.005.018 Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou

5:19b.JOB.005.019 Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou

5:20b.JOB.005.020 Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou

5:21b.JOB.005.021 L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche

5:22b.JOB.005.022 W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa

5:23b.JOB.005.023 Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou

5:24b.JOB.005.024 Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan

5:25b.JOB.005.025 W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden

5:26b.JOB.005.026 Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri

5:27b.JOB.005.027 Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a

6

6:1b.JOB.006.001 Jòb pran lapawòl, li di konsa

6:2b.JOB.006.002 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans

6:3b.JOB.006.003 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a

6:4b.JOB.006.004 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase

6:5b.JOB.006.005 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'

6:6b.JOB.006.006 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch

6:7b.JOB.006.007 Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen

6:8b.JOB.006.008 Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan

6:9b.JOB.006.009 Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen

6:10b.JOB.006.010 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay

6:11b.JOB.006.011 Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè

6:12b.JOB.006.012 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye

6:13b.JOB.006.013 Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou

6:14b.JOB.006.014 Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye

6:15b.JOB.006.015 Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe

6:16b.JOB.006.016 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas

6:17b.JOB.006.017 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt

6:18b.JOB.006.018 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri

6:19b.JOB.006.019 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo

6:20b.JOB.006.020 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè

6:21b.JOB.006.021 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè

6:22b.JOB.006.022 Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen

6:23b.JOB.006.023 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri

6:24b.JOB.006.024 Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou

6:25b.JOB.006.025 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a

6:26b.JOB.006.026 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa

6:27b.JOB.006.027 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou

6:28b.JOB.006.028 Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti

6:29b.JOB.006.029 Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann

6:30b.JOB.006.030 Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal

7

7:1b.JOB.007.001 Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen

7:2b.JOB.007.002 Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li

7:3b.JOB.007.003 Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri

7:4b.JOB.007.004 M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve

7:5b.JOB.007.005 Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim

7:6b.JOB.007.006 Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò

7:7b.JOB.007.007 Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò

7:8b.JOB.007.008 Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen

7:9b.JOB.007.009 Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò

7:10b.JOB.007.010 Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'

7:11b.JOB.007.011 Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'

7:12b.JOB.007.012 Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè

7:13b.JOB.007.013 M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman

7:14b.JOB.007.014 Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble

7:15b.JOB.007.015 Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo

7:16b.JOB.007.016 Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout

7:17b.JOB.007.017 Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa

7:18b.JOB.007.018 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo

7:19b.JOB.007.019 Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'

7:20b.JOB.007.020 Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou

7:21b.JOB.007.021 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò

8

8:1b.JOB.008.001 Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa

8:2b.JOB.008.002 -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch

8:3b.JOB.008.003 Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat

8:4b.JOB.008.004 Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a

8:5b.JOB.008.005 Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a

8:6b.JOB.008.006 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen

8:7b.JOB.008.007 Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a

8:8b.JOB.008.008 Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo

8:9b.JOB.008.009 Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a

8:10b.JOB.008.010 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou

8:11b.JOB.008.011 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo

8:12b.JOB.008.012 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm

8:13b.JOB.008.013 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan

8:14b.JOB.008.014 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri

8:15b.JOB.008.015 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'

8:16b.JOB.008.016 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo

8:17b.JOB.008.017 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv

8:18b.JOB.008.018 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a

8:19b.JOB.008.019 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li

8:20b.JOB.008.020 Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo

8:21b.JOB.008.021 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li

8:22b.JOB.008.022 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt

9

9:1b.JOB.009.001 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa

9:2b.JOB.009.002 -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye

9:3b.JOB.009.003 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm

9:4b.JOB.009.004 Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa

9:5b.JOB.009.005 Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen

9:6b.JOB.009.006 Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo

9:7b.JOB.009.007 Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit

9:8b.JOB.009.008 Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle

9:9b.JOB.009.009 Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo

9:10b.JOB.009.010 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte

9:11b.JOB.009.011 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale

9:12b.JOB.009.012 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a

9:13b.JOB.009.013 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li

9:14b.JOB.009.014 Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'

9:15b.JOB.009.015 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'

9:16b.JOB.009.016 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'

9:17b.JOB.009.017 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen

9:18b.JOB.009.018 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt

9:19b.JOB.009.019 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li

9:20b.JOB.009.020 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò

9:21b.JOB.009.021 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò

9:22b.JOB.009.022 Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou

9:23b.JOB.009.023 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa

9:24b.JOB.009.024 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'

9:25b.JOB.009.025 Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan

9:26b.JOB.009.026 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul

9:27b.JOB.009.027 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri

9:28b.JOB.009.028 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan

9:29b.JOB.009.029 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè

9:30b.JOB.009.030 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'

9:31b.JOB.009.031 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen

9:32b.JOB.009.032 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis

9:33b.JOB.009.033 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'

9:34b.JOB.009.034 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè

9:35b.JOB.009.035 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'

10

10:1b.JOB.010.001 M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen

10:2b.JOB.010.002 M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa

10:3b.JOB.010.003 Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo

10:4b.JOB.010.004 Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la

10:5b.JOB.010.005 Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la

10:6b.JOB.010.006 W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal

10:7b.JOB.010.007 Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou

10:8b.JOB.010.008 Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò

10:9b.JOB.010.009 Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè

10:10b.JOB.010.010 Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen

10:11b.JOB.010.011 Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po

10:12b.JOB.010.012 Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri

10:13b.JOB.010.013 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen

10:14b.JOB.010.014 Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen

10:15b.JOB.010.015 Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou

10:16b.JOB.010.016 Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn

10:17b.JOB.010.017 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt

10:18b.JOB.010.018 Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'

10:19b.JOB.010.019 Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt

10:20b.JOB.010.020 Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non

10:21b.JOB.010.021 Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a

10:22b.JOB.010.022 nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit

11

11:1b.JOB.011.001 Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa

11:2b.JOB.011.002 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon

11:3b.JOB.011.003 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont

11:4b.JOB.011.004 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye

11:5b.JOB.011.005 Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou

11:6b.JOB.011.006 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè

11:7b.JOB.011.007 Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a

11:8b.JOB.011.008 Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la

11:9b.JOB.011.009 Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a

11:10b.JOB.011.010 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non

11:11b.JOB.011.011 Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè

11:12b.JOB.011.012 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte

11:13b.JOB.011.013 Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye

11:14b.JOB.011.014 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou

11:15b.JOB.011.015 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen

11:16b.JOB.011.016 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò

11:17b.JOB.011.017 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou

11:18b.JOB.011.018 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze

11:19b.JOB.011.019 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou

11:20b.JOB.011.020 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann

12

12:1b.JOB.012.001 Jòb pran lapawòl, li di

12:2b.JOB.012.002 -Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba

12:3b.JOB.012.003 Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'

12:4b.JOB.012.004 Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'

12:5b.JOB.012.005 Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit

12:6b.JOB.012.006 Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo

12:7b.JOB.012.007 Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou

12:8b.JOB.012.008 Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen

12:9b.JOB.012.009 Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li

12:10b.JOB.012.010 Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li

12:11b.JOB.012.011 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch

12:12b.JOB.012.012 Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann

12:13b.JOB.012.013 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle

12:14b.JOB.012.014 Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'

12:15b.JOB.012.015 Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou

12:16b.JOB.012.016 Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye

12:17b.JOB.012.017 Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou

12:18b.JOB.012.018 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon

12:19b.JOB.012.019 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè

12:20b.JOB.012.020 Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale

12:21b.JOB.012.021 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo

12:22b.JOB.012.022 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè

12:23b.JOB.012.023 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt

12:24b.JOB.012.024 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale

12:25b.JOB.012.025 Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou

13

13:1b.JOB.013.001 Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann

13:2b.JOB.013.002 Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou

13:3b.JOB.013.003 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen

13:4b.JOB.013.004 Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun

13:5b.JOB.013.005 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann

13:6b.JOB.013.006 Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen

13:7b.JOB.013.007 Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa

13:8b.JOB.013.008 Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase

13:9b.JOB.013.009 Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun

13:10b.JOB.013.010 Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal

13:11b.JOB.013.011 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou

13:12b.JOB.013.012 Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab

13:13b.JOB.013.013 Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive

13:14b.JOB.013.014 Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'

13:15b.JOB.013.015 Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'

13:16b.JOB.013.016 Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye

13:17b.JOB.013.017 Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen

13:18b.JOB.013.018 M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'

13:19b.JOB.013.019 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'

13:20b.JOB.013.020 De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò

13:21b.JOB.013.021 Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a

13:22b.JOB.013.022 Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen

13:23b.JOB.013.023 Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal

13:24b.JOB.013.024 Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye

13:25b.JOB.013.025 Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale

13:26b.JOB.013.026 W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason

13:27b.JOB.013.027 Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'

13:28b.JOB.013.028 M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje

14

14:1b.JOB.014.001 Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka

14:2b.JOB.014.002 Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase

14:3b.JOB.014.003 Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'

14:4b.JOB.014.004 Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun

14:5b.JOB.014.005 Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje

14:6b.JOB.014.006 Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo

14:7b.JOB.014.007 Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri

14:8b.JOB.014.008 Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch

14:9b.JOB.014.009 depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl

14:10b.JOB.014.010 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè

14:11b.JOB.014.011 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule

14:12b.JOB.014.012 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a

14:13b.JOB.014.013 Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò

14:14b.JOB.014.014 Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò

14:15b.JOB.014.015 Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan

14:16b.JOB.014.016 Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal

14:17b.JOB.014.017 Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete

14:18b.JOB.014.018 Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann

14:19b.JOB.014.019 Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun

14:20b.JOB.014.020 Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale

14:21b.JOB.014.021 Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen

14:22b.JOB.014.022 Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen

15

15:1b.JOB.015.001 Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa

15:2b.JOB.015.002 -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè

15:3b.JOB.015.003 Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen

15:4b.JOB.015.004 Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye

15:5b.JOB.015.005 Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay

15:6b.JOB.015.006 Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou

15:7b.JOB.015.007 Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo

15:8b.JOB.015.008 Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun

15:9b.JOB.015.009 Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann

15:10b.JOB.015.010 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou

15:11b.JOB.015.011 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a

15:12b.JOB.015.012 Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou

15:13b.JOB.015.013 W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'

15:14b.JOB.015.014 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye

15:15b.JOB.015.015 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'

15:16b.JOB.015.016 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo

15:17b.JOB.015.017 Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè

15:18b.JOB.015.018 Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'

15:19b.JOB.015.019 Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo

15:20b.JOB.015.020 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan

15:21b.JOB.015.021 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo

15:22b.JOB.015.022 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo

15:23b.JOB.015.023 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo

15:24b.JOB.015.024 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay

15:25b.JOB.015.025 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye

15:26b.JOB.015.026 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye

15:27b.JOB.015.027 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès

15:28b.JOB.015.028 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi

15:29b.JOB.015.029 Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt

15:30b.JOB.015.030 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale

15:31b.JOB.015.031 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen

15:32b.JOB.015.032 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò

15:33b.JOB.015.033 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'

15:34b.JOB.015.034 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè

15:35b.JOB.015.035 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe

16

16:1b.JOB.016.001 Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa

16:2b.JOB.016.002 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo

16:3b.JOB.016.003 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun

16:4b.JOB.016.004 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou

16:5b.JOB.016.005 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje

16:6b.JOB.016.006 Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga

16:7b.JOB.016.007 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'

16:8b.JOB.016.008 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'

16:9b.JOB.016.009 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'

16:10b.JOB.016.010 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt

16:11b.JOB.016.011 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo

16:12b.JOB.016.012 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li

16:13b.JOB.016.013 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò

16:14b.JOB.016.014 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè

16:15b.JOB.016.015 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn

16:16b.JOB.016.016 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa

16:17b.JOB.016.017 Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'

16:18b.JOB.016.018 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye

16:19b.JOB.016.019 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen

16:20b.JOB.016.020 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye

16:21b.JOB.016.021 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'

16:22b.JOB.016.022 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an

17

17:1b.JOB.017.001 Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon

17:2b.JOB.017.002 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi

17:3b.JOB.017.003 Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo

17:4b.JOB.017.004 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen

17:5b.JOB.017.005 Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li

17:6b.JOB.017.006 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'

17:7b.JOB.017.007 Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè

17:8b.JOB.017.008 Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye

17:9b.JOB.017.009 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo

17:10b.JOB.017.010 Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann

17:11b.JOB.017.011 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò

17:12b.JOB.017.012 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen

17:13b.JOB.017.013 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'

17:14b.JOB.017.014 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'

17:15b.JOB.017.015 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò

17:16b.JOB.017.016 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'

18

18:1b.JOB.018.001 Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa

18:2b.JOB.018.002 -Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou

18:3b.JOB.018.003 Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo

18:4b.JOB.018.004 Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi

18:5b.JOB.018.005 Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò

18:6b.JOB.018.006 Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen

18:7b.JOB.018.007 Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'

18:8b.JOB.018.008 Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'

18:9b.JOB.018.009 Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere

18:10b.JOB.018.010 Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li

18:11b.JOB.018.011 Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'

18:12b.JOB.018.012 Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li

18:13b.JOB.018.013 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'

18:14b.JOB.018.014 Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò

18:15b.JOB.018.015 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf

18:16b.JOB.018.016 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen

18:17b.JOB.018.017 p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a

18:18b.JOB.018.018 Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo

18:19b.JOB.018.019 Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'

18:20b.JOB.018.020 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini

18:21b.JOB.018.021 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo

19

19:1b.JOB.019.001 Jòb pran lapawòl, li di konsa

19:2b.JOB.019.002 -Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo

19:3b.JOB.019.003 Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a

19:4b.JOB.019.004 Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal

19:5b.JOB.019.005 Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a

19:6b.JOB.019.006 Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen

19:7b.JOB.019.007 Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen

19:8b.JOB.019.008 Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen

19:9b.JOB.019.009 Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'

19:10b.JOB.019.010 Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen

19:11b.JOB.019.011 Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi

19:12b.JOB.019.012 Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen

19:13b.JOB.019.013 Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen

19:14b.JOB.019.014 Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'

19:15b.JOB.019.015 Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'

19:16b.JOB.019.016 Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'

19:17b.JOB.019.017 Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'

19:18b.JOB.019.018 Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten

19:19b.JOB.019.019 Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'

19:20b.JOB.019.020 Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen

19:21b.JOB.019.021 Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen

19:22b.JOB.019.022 Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou

19:23b.JOB.019.023 Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye

19:24b.JOB.019.024 pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make

19:25b.JOB.019.025 Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen

19:26b.JOB.019.026 Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'

19:27b.JOB.019.027 Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann

19:28b.JOB.019.028 paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'

19:29b.JOB.019.029 Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon

20

20:1b.JOB.020.001 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa

20:2b.JOB.020.002 -Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou

20:3b.JOB.020.003 Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou

20:4b.JOB.020.004 Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a

20:5b.JOB.020.005 mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan

20:6b.JOB.020.006 Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo

20:7b.JOB.020.007 y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase

20:8b.JOB.020.008 Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò

20:9b.JOB.020.009 Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase

20:10b.JOB.020.010 Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs

20:11b.JOB.020.011 Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo

20:12b.JOB.020.012 Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li

20:13b.JOB.020.013 Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan

20:14b.JOB.020.014 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon

20:15b.JOB.020.015 Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li

20:16b.JOB.020.016 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'

20:17b.JOB.020.017 Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas

20:18b.JOB.020.018 L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo

20:19b.JOB.020.019 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati

20:20b.JOB.020.020 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'

20:21b.JOB.020.021 Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan

20:22b.JOB.020.022 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li

20:23b.JOB.020.023 Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li

20:24b.JOB.020.024 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak

20:25b.JOB.020.025 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas

20:26b.JOB.020.026 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li

20:27b.JOB.020.027 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'

20:28b.JOB.020.028 Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li

20:29b.JOB.020.029 Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye

21

21:1b.JOB.021.001 Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa

21:2b.JOB.021.002 -Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a

21:3b.JOB.021.003 Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou

21:4b.JOB.021.004 Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò

21:5b.JOB.021.005 Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch

21:6b.JOB.021.006 Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble

21:7b.JOB.021.007 Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen

21:8b.JOB.021.008 Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo

21:9b.JOB.021.009 Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje

21:10b.JOB.021.010 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte

21:11b.JOB.021.011 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit

21:12b.JOB.021.012 Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo

21:13b.JOB.021.013 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze

21:14b.JOB.021.014 Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la

21:15b.JOB.021.015 Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'

21:16b.JOB.021.016 Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non

21:17b.JOB.021.017 Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo

21:18b.JOB.021.018 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi

21:19b.JOB.021.019 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson

21:20b.JOB.021.020 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous

21:21b.JOB.021.021 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la

21:22b.JOB.021.022 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè

21:23b.JOB.021.023 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje

21:24b.JOB.021.024 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl

21:25b.JOB.021.025 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè

21:26b.JOB.021.026 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan

21:27b.JOB.021.027 Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a

21:28b.JOB.021.028 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la

21:29b.JOB.021.029 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay

21:30b.JOB.021.030 Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo

21:31b.JOB.021.031 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a

21:32b.JOB.021.032 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo

21:33b.JOB.021.033 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo

21:34b.JOB.021.034 Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti

22

22:1b.JOB.022.001 Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa

22:2b.JOB.022.002 -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil

22:3b.JOB.022.003 Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat

22:4b.JOB.022.004 Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li

22:5b.JOB.022.005 Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste

22:6b.JOB.022.006 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni

22:7b.JOB.022.007 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen

22:8b.JOB.022.008 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou

22:9b.JOB.022.009 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo

22:10b.JOB.022.010 Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase

22:11b.JOB.022.011 Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou

22:12b.JOB.022.012 Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo

22:13b.JOB.022.013 Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè

22:14b.JOB.022.014 Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache

22:15b.JOB.022.015 Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an

22:16b.JOB.022.016 Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase

22:17b.JOB.022.017 Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou

22:18b.JOB.022.018 Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa

22:19b.JOB.022.019 Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib

22:20b.JOB.022.020 Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen

22:21b.JOB.022.021 Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont

22:22b.JOB.022.022 Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou

22:23b.JOB.022.023 Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou

22:24b.JOB.022.024 Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè

22:25b.JOB.022.025 Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou

22:26b.JOB.022.026 Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade

22:27b.JOB.022.027 Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo

22:28b.JOB.022.028 Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou

22:29b.JOB.022.029 Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li

22:30b.JOB.022.030 L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen

23

23:1b.JOB.023.001 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa

23:2b.JOB.023.002 -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'

23:3b.JOB.023.003 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a

23:4b.JOB.023.004 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen

23:5b.JOB.023.005 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'

23:6b.JOB.023.006 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase

23:7b.JOB.023.007 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan

23:8b.JOB.023.008 M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou

23:9b.JOB.023.009 Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi

23:10b.JOB.023.010 Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife

23:11b.JOB.023.011 M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch

23:12b.JOB.023.012 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen

23:13b.JOB.023.013 Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a

23:14b.JOB.023.014 L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo

23:15b.JOB.023.015 Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'

23:16b.JOB.023.016 Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a

23:17b.JOB.023.017 Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout

24

24:1b.JOB.024.001 Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis

24:2b.JOB.024.002 Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo

24:3b.JOB.024.003 Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li

24:4b.JOB.024.004 Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache

24:5b.JOB.024.005 Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale

24:6b.JOB.024.006 Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo

24:7b.JOB.024.007 Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt

24:8b.JOB.024.008 Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli

24:9b.JOB.024.009 Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo

24:10b.JOB.024.010 Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou

24:11b.JOB.024.011 Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo

24:12b.JOB.024.012 Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo

24:13b.JOB.024.013 Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè

24:14b.JOB.024.014 Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò

24:15b.JOB.024.015 Mouche marye k'ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l' pou pesonn pa wè l'

24:16b.JOB.024.016 Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy

24:17b.JOB.024.017 Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a

24:18b.JOB.024.018 Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo

24:19b.JOB.024.019 Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k'ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a

24:20b.JOB.024.020 Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete

24:21b.JOB.024.021 Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo

24:22b.JOB.024.022 Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri

24:23b.JOB.024.023 Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè

24:24b.JOB.024.024 Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe

24:25b.JOB.024.025 Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m' di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen

25

25:1b.JOB.025.001 Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa

25:2b.JOB.025.002 -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze

25:3b.JOB.025.003 Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere

25:4b.JOB.025.004 Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li

25:5b.JOB.025.005 Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li

25:6b.JOB.025.006 Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye

26

26:1b.JOB.026.001 Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa

26:2b.JOB.026.002 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs

26:3b.JOB.026.003 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou

26:4b.JOB.026.004 Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou

26:5b.JOB.026.005 Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a

26:6b.JOB.026.006 Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'

26:7b.JOB.026.007 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'

26:8b.JOB.026.008 Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo

26:9b.JOB.026.009 Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj

26:10b.JOB.026.010 Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa

26:11b.JOB.026.011 Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè

26:12b.JOB.026.012 Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la

26:13b.JOB.026.013 Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a

26:14b.JOB.026.014 Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè

27

27:1b.JOB.027.001 Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa

27:2b.JOB.027.002 -Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a

27:3b.JOB.027.003 toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou

27:4b.JOB.027.004 mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti

27:5b.JOB.027.005 Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen

27:6b.JOB.027.006 Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont

27:7b.JOB.027.007 Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo

27:8b.JOB.027.008 Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li

27:9b.JOB.027.009 Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo

27:10b.JOB.027.010 Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan

27:11b.JOB.027.011 Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a

27:12b.JOB.027.012 Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen

27:13b.JOB.027.013 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la

27:14b.JOB.027.014 Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje

27:15b.JOB.027.015 Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo

27:16b.JOB.027.016 Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen

27:17b.JOB.027.017 se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete

27:18b.JOB.027.018 Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden

27:19b.JOB.027.019 Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen

27:20b.JOB.027.020 Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale

27:21b.JOB.027.021 Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a

27:22b.JOB.027.022 Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'

27:23b.JOB.027.023 Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'

28

28:1b.JOB.028.001 Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò

28:2b.JOB.028.002 Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv

28:3b.JOB.028.003 Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la

28:4b.JOB.028.004 Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo

28:5b.JOB.028.005 Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde

28:6b.JOB.028.006 Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò

28:7b.JOB.028.007 Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'

28:8b.JOB.028.008 Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la

28:9b.JOB.028.009 Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo

28:10b.JOB.028.010 Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè

28:11b.JOB.028.011 Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache

28:12b.JOB.028.012 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm

28:13b.JOB.028.013 Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè

28:14b.JOB.028.014 Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li

28:15b.JOB.028.015 Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'

28:16b.JOB.028.016 Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la

28:17b.JOB.028.017 Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò

28:18b.JOB.028.018 Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi

28:19b.JOB.028.019 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann

28:20b.JOB.028.020 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm

28:21b.JOB.028.021 Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la

28:22b.JOB.028.022 Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'

28:23b.JOB.028.023 Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete

28:24b.JOB.028.024 Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la

28:25b.JOB.028.025 Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a

28:26b.JOB.028.026 lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde

28:27b.JOB.028.027 se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde

28:28b.JOB.028.028 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri

29

29:1b.JOB.029.001 Jòb tanmen pale ankò, li di

29:2b.JOB.029.002 -Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an

29:3b.JOB.029.003 Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a

29:4b.JOB.029.004 Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen

29:5b.JOB.029.005 Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo

29:6b.JOB.029.006 Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch

29:7b.JOB.029.007 Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo

29:8b.JOB.029.008 wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen

29:9b.JOB.029.009 Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo

29:10b.JOB.029.010 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo

29:11b.JOB.029.011 Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'

29:12b.JOB.029.012 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou

29:13b.JOB.029.013 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan

29:14b.JOB.029.014 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri

29:15b.JOB.029.015 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo

29:16b.JOB.029.016 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo

29:17b.JOB.029.017 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo

29:18b.JOB.029.018 Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze

29:19b.JOB.029.019 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze

29:20b.JOB.029.020 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen

29:21b.JOB.029.021 Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay

29:22b.JOB.029.022 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò

29:23b.JOB.029.023 Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di

29:24b.JOB.029.024 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo

29:25b.JOB.029.025 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon

30

30:1b.JOB.030.001 Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton

30:2b.JOB.030.002 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj

30:3b.JOB.030.003 Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete

30:4b.JOB.030.004 Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase

30:5b.JOB.030.005 Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè

30:6b.JOB.030.006 Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo

30:7b.JOB.030.007 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan

30:8b.JOB.030.008 Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a

30:9b.JOB.030.009 Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'

30:10b.JOB.030.010 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'

30:11b.JOB.030.011 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li

30:12b.JOB.030.012 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'

30:13b.JOB.030.013 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa

30:14b.JOB.030.014 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo

30:15b.JOB.030.015 Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt

30:16b.JOB.030.016 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'

30:17b.JOB.030.017 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete

30:18b.JOB.030.018 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen

30:19b.JOB.030.019 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife

30:20b.JOB.030.020 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm

30:21b.JOB.030.021 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou

30:22b.JOB.030.022 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'

30:23b.JOB.030.023 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan

30:24b.JOB.030.024 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon

30:25b.JOB.030.025 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo

30:26b.JOB.030.026 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'

30:27b.JOB.030.027 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd

30:28b.JOB.030.028 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou

30:29b.JOB.030.029 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize

30:30b.JOB.030.030 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo

30:31b.JOB.030.031 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande

31

31:1b.JOB.031.001 Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide

31:2b.JOB.031.002 Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou

31:3b.JOB.031.003 Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste

31:4b.JOB.031.004 Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'

31:5b.JOB.031.005 Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun

31:6b.JOB.031.006 Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat

31:7b.JOB.031.007 Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal

31:8b.JOB.031.008 se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'

31:9b.JOB.031.009 Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye

31:10b.JOB.031.010 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'

31:11b.JOB.031.011 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'

31:12b.JOB.031.012 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen

31:13b.JOB.031.013 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a

31:14b.JOB.031.014 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li

31:15b.JOB.031.015 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout

31:16b.JOB.031.016 Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite

31:17b.JOB.031.017 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen

31:18b.JOB.031.018 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo

31:19b.JOB.031.019 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra

31:20b.JOB.031.020 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe

31:21b.JOB.031.021 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal

31:22b.JOB.031.022 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase

31:23b.JOB.031.023 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'

31:24b.JOB.031.024 Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'

31:25b.JOB.031.025 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen

31:26b.JOB.031.026 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la

31:27b.JOB.031.027 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt

31:28b.JOB.031.028 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a

31:29b.JOB.031.029 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo

31:30b.JOB.031.030 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo

31:31b.JOB.031.031 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen

31:32b.JOB.031.032 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo

31:33b.JOB.031.033 Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt

31:34b.JOB.031.034 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen

31:35b.JOB.031.035 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen

31:36b.JOB.031.036 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn

31:37b.JOB.031.037 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'

31:38b.JOB.031.038 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont

31:39b.JOB.031.039 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen

31:40b.JOB.031.040 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale

32

32:1b.JOB.032.001 Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò

32:2b.JOB.032.002 Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò

32:3b.JOB.032.003 Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a

32:4b.JOB.032.004 Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'

32:5b.JOB.032.005 Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè

32:6b.JOB.032.006 Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a

32:7b.JOB.032.007 Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò

32:8b.JOB.032.008 Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann

32:9b.JOB.032.009 Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat

32:10b.JOB.032.010 Koulye a, mwen ta renmen nou koute m'. Kite m' di nou sa m' konnen sou koze a

32:11b.JOB.032.011 Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di

32:12b.JOB.032.012 Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye

32:13b.JOB.032.013 Pa vin di m' nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab

32:14b.JOB.032.014 Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan

32:15b.JOB.032.015 Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò

32:16b.JOB.032.016 Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou

32:17b.JOB.032.017 Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m' konnen nan koze a

32:18b.JOB.032.018 Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe

32:19b.JOB.032.019 Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a

32:20b.JOB.032.020 Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou

32:21b.JOB.032.021 Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a

32:22b.JOB.032.022 Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula

33

33:1b.JOB.033.001 Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'

33:2b.JOB.033.002 M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen

33:3b.JOB.033.003 M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale

33:4b.JOB.033.004 Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi

33:5b.JOB.033.005 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'

33:6b.JOB.033.006 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou

33:7b.JOB.033.007 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen

33:8b.JOB.033.008 Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di

33:9b.JOB.033.009 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen

33:10b.JOB.033.010 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'

33:11b.JOB.033.011 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè

33:12b.JOB.033.012 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun

33:13b.JOB.033.013 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'

33:14b.JOB.033.014 Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di

33:15b.JOB.033.015 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon

33:16b.JOB.033.016 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo

33:17b.JOB.033.017 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo

33:18b.JOB.033.018 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo

33:19b.JOB.033.019 Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo

33:20b.JOB.033.020 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou

33:21b.JOB.033.021 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen

33:22b.JOB.033.022 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen

33:23b.JOB.033.023 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo

33:24b.JOB.033.024 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li

33:25b.JOB.033.025 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn

33:26b.JOB.033.026 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun

33:27b.JOB.033.027 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a

33:28b.JOB.033.028 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò

33:29b.JOB.033.029 Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm

33:30b.JOB.033.030 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan

33:31b.JOB.033.031 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale

33:32b.JOB.033.032 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon

33:33b.JOB.033.033 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann

34

34:1b.JOB.034.001 Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa

34:2b.JOB.034.002 -Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou

34:3b.JOB.034.003 Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou

34:4b.JOB.034.004 Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a

34:5b.JOB.034.005 Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis

34:6b.JOB.034.006 Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal

34:7b.JOB.034.007 Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè

34:8b.JOB.034.008 Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo

34:9b.JOB.034.009 Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye

34:10b.JOB.034.010 Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri

34:11b.JOB.034.011 Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo

34:12b.JOB.034.012 Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki

34:13b.JOB.034.013 Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li

34:14b.JOB.034.014 -(we vèsè pwochen

34:15b.JOB.034.015 Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò

34:16b.JOB.034.016 Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di

34:17b.JOB.034.017 Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen

34:18b.JOB.034.018 Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste

34:19b.JOB.034.019 Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout

34:20b.JOB.034.020 Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li

34:21b.JOB.034.021 L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo

34:22b.JOB.034.022 Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè

34:23b.JOB.034.023 Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo

34:24b.JOB.034.024 Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo

34:25b.JOB.034.025 Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'

34:26b.JOB.034.026 Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè

34:27b.JOB.034.027 Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo

34:28b.JOB.034.028 Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo

34:29b.JOB.034.029 Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi

34:30b.JOB.034.030 Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la

34:31b.JOB.034.031 Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò

34:32b.JOB.034.032 Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò

34:33b.JOB.034.033 Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou

34:34b.JOB.034.034 Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa

34:35b.JOB.034.035 Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt

34:36b.JOB.034.036 Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'

34:37b.JOB.034.037 Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans

35

35:1b.JOB.035.001 Eliyou pran lapawòl ankò, li di

35:2b.JOB.035.002 -Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye

35:3b.JOB.035.003 lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen

35:4b.JOB.035.004 Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo

35:5b.JOB.035.005 Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou

35:6b.JOB.035.006 Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen

35:7b.JOB.035.007 Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a

35:8b.JOB.035.008 Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat

35:9b.JOB.035.009 Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele

35:10b.JOB.035.010 Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj

35:11b.JOB.035.011 Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la

35:12b.JOB.035.012 Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy

35:13b.JOB.035.013 Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè

35:14b.JOB.035.014 Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li

35:15b.JOB.035.015 Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen

35:16b.JOB.035.016 Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di

36

36:1b.JOB.036.001 Eliyou pran pale ankò, li di konsa

36:2b.JOB.036.002 -Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye

36:3b.JOB.036.003 Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon

36:4b.JOB.036.004 Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a

36:5b.JOB.036.005 Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann

36:6b.JOB.036.006 Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri

36:7b.JOB.036.007 Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo

36:8b.JOB.036.008 Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo

36:9b.JOB.036.009 Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche

36:10b.JOB.036.010 Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal

36:11b.JOB.036.011 Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi

36:12b.JOB.036.012 Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen

36:13b.JOB.036.013 Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou

36:14b.JOB.036.014 Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd

36:15b.JOB.036.015 Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo

36:16b.JOB.036.016 Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje

36:17b.JOB.036.017 Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la

36:18b.JOB.036.018 Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado

36:19b.JOB.036.019 Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la

36:20b.JOB.036.020 Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo

36:21b.JOB.036.021 Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa

36:22b.JOB.036.022 Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'

36:23b.JOB.036.023 Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal

36:24b.JOB.036.024 Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la

36:25b.JOB.036.025 Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade

36:26b.JOB.036.026 Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la

36:27b.JOB.036.027 Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli

36:28b.JOB.036.028 Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè

36:29b.JOB.036.029 Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a

36:30b.JOB.036.030 Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo

36:31b.JOB.036.031 Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite

36:32b.JOB.036.032 Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a

36:33b.JOB.036.033 Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini

37

37:1b.JOB.037.001 Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache

37:2b.JOB.037.002 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde

37:3b.JOB.037.003 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè

37:4b.JOB.037.004 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw

37:5b.JOB.037.005 Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann

37:6b.JOB.037.006 Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe

37:7b.JOB.037.007 Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'

37:8b.JOB.037.008 Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich

37:9b.JOB.037.009 Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò

37:10b.JOB.037.010 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas

37:11b.JOB.037.011 Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen

37:12b.JOB.037.012 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè

37:13b.JOB.037.013 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou

37:14b.JOB.037.014 Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen

37:15b.JOB.037.015 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo

37:16b.JOB.037.016 Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès

37:17b.JOB.037.017 Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou

37:18b.JOB.037.018 Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè

37:19b.JOB.037.019 Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'

37:20b.JOB.037.020 Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'

37:21b.JOB.037.021 Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò

37:22b.JOB.037.022 Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè

37:23b.JOB.037.023 Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan

37:24b.JOB.037.024 Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann

38

38:1b.JOB.038.001 Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa

38:2b.JOB.038.002 -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen

38:3b.JOB.038.003 Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen

38:4b.JOB.038.004 Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay

38:5b.JOB.038.005 Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa

38:6b.JOB.038.006 Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la

38:7b.JOB.038.007 Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo

38:8b.JOB.038.008 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a

38:9b.JOB.038.009 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo

38:10b.JOB.038.010 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li

38:11b.JOB.038.011 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo

38:12b.JOB.038.012 Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase

38:13b.JOB.038.013 Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo

38:14b.JOB.038.014 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li

38:15b.JOB.038.015 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a

38:16b.JOB.038.016 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a

38:17b.JOB.038.017 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an

38:18b.JOB.038.018 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen

38:19b.JOB.038.019 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete

38:20b.JOB.038.020 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo

38:21b.JOB.038.021 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou

38:22b.JOB.038.022 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la

38:23b.JOB.038.023 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt

38:24b.JOB.038.024 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè

38:25b.JOB.038.025 Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la

38:26b.JOB.038.026 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete

38:27b.JOB.038.027 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann

38:28b.JOB.038.028 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze

38:29b.JOB.038.029 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'

38:30b.JOB.038.030 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch

38:31b.JOB.038.031 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm

38:32b.JOB.038.032 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran

38:33b.JOB.038.033 Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè

38:34b.JOB.038.034 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou

38:35b.JOB.038.035 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou

38:36b.JOB.038.036 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe

38:37b.JOB.038.037 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli

38:38b.JOB.038.038 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm

38:39b.JOB.038.039 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo

38:40b.JOB.038.040 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a

38:41b.JOB.038.041 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje

39

39:1b.JOB.039.001 Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba

39:2b.JOB.039.002 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt

39:3b.JOB.039.003 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a

39:4b.JOB.039.004 Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen

39:5b.JOB.039.005 Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann

39:6b.JOB.039.006 Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a

39:7b.JOB.039.007 Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay

39:8b.JOB.039.008 Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo

39:9b.JOB.039.009 Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou

39:10b.JOB.039.010 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo

39:11b.JOB.039.011 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou

39:12b.JOB.039.012 Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi

39:13b.JOB.039.013 Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy

39:14b.JOB.039.014 Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale

39:15b.JOB.039.015 Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye

39:16b.JOB.039.016 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi

39:17b.JOB.039.017 Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm

39:18b.JOB.039.018 Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'

39:19b.JOB.039.019 Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo

39:20b.JOB.039.020 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè

39:21b.JOB.039.021 Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè

39:22b.JOB.039.022 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak

39:23b.JOB.039.023 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè

39:24b.JOB.039.024 Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas

39:25b.JOB.039.025 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò

39:26b.JOB.039.026 Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid

39:27b.JOB.039.027 Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo

39:28b.JOB.039.028 Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'

39:29b.JOB.039.029 Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li

39:30b.JOB.039.030 Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye

40

40:1b.JOB.040.001 Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa

40:2b.JOB.040.002 -Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a

40:3b.JOB.040.003 Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa

40:4b.JOB.040.004 -Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen

40:5b.JOB.040.005 Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò

40:6b.JOB.040.006 Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l'

40:7b.JOB.040.007 -Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen

40:8b.JOB.040.008 Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon

40:9b.JOB.040.009 Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'

40:10b.JOB.040.010 Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou

40:11b.JOB.040.011 Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo

40:12b.JOB.040.012 Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a

40:13b.JOB.040.013 Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a

40:14b.JOB.040.014 Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo

40:15b.JOB.040.015 Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf

40:16b.JOB.040.016 Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li

40:17b.JOB.040.017 Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul

40:18b.JOB.040.018 Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè

40:19b.JOB.040.019 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba

40:20b.JOB.040.020 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo

40:21b.JOB.040.021 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo

40:22b.JOB.040.022 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'

40:23b.JOB.040.023 Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz

40:24b.JOB.040.024 Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa

41

41:1b.JOB.041.001 Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd

41:2b.JOB.041.002 Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen

41:3b.JOB.041.003 Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou

41:4b.JOB.041.004 Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan

41:5b.JOB.041.005 Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'

41:6b.JOB.041.006 Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann

41:7b.JOB.041.007 Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn

41:8b.JOB.041.008 Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou

41:9b.JOB.041.009 Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè

41:10b.JOB.041.010 Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'

41:11b.JOB.041.011 Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa

41:12b.JOB.041.012 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'

41:13b.JOB.041.013 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li

41:14b.JOB.041.014 Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri

41:15b.JOB.041.015 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch

41:16b.JOB.041.016 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase

41:17b.JOB.041.017 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo

41:18b.JOB.041.018 Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve

41:19b.JOB.041.019 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'

41:20b.JOB.041.020 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife

41:21b.JOB.041.021 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li

41:22b.JOB.041.022 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase

41:23b.JOB.041.023 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch

41:24b.JOB.041.024 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen

41:25b.JOB.041.025 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè

41:26b.JOB.041.026 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen

41:27b.JOB.041.027 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi

41:28b.JOB.041.028 Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li

41:29b.JOB.041.029 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li

41:30b.JOB.041.030 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden

41:31b.JOB.041.031 Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè

41:32b.JOB.041.032 Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen

41:33b.JOB.041.033 Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen

41:34b.JOB.041.034 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo

42

42:1b.JOB.042.001 Men sa Jòb reponn Seyè a

42:2b.JOB.042.002 -Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè

42:3b.JOB.042.003 Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen

42:4b.JOB.042.004 Ou te mande m' pou m' koute sa w'ap di m', pou m' pare pou m' reponn ou

42:5b.JOB.042.005 Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen

42:6b.JOB.042.006 Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon

42:7b.JOB.042.007 Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan

42:8b.JOB.042.008 Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la

42:9b.JOB.042.009 Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a

42:10b.JOB.042.010 Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an

42:11b.JOB.042.011 Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò

42:12b.JOB.042.012 Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (14.000) mouton, simil (6.000) chamo, demil (2.000) tèt bèf ak mil (1000) manman bourik

42:13b.JOB.042.013 Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi

42:14b.JOB.042.014 Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn apouk

42:15b.JOB.042.015 Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo

42:16b.JOB.042.016 Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon

42:17b.JOB.042.017 Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Job (Creole). Job (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9047-5