1 Samuel (Creole)

1 Samuel (Creole)

1

1:1b.1SA.001.001 Te gen yon nonm, moun branch fanmi Efrayim, ki te rele Elkana. Li te rete lavil Rama nan mòn peyi Efrayim. Se te pitit Jewokam, pitit pitit Eliyou, nan fanmi Tokou, nan branch fanmi Zouf la

1:2b.1SA.001.002 Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pa t' gen pitit

1:3b.1SA.001.003 Chak lanne, Elkana soti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l' al fè sèvis pou Seyè ki gen tout pou vwa a, pou l' touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Seyè a lavil Silo

1:4b.1SA.001.004 Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Seyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo

1:5b.1SA.001.005 Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l' anpil, atout Seyè a pa t' ba li pitit

1:6b.1SA.001.006 Penina menm te toujou ap giyonnen Ana pou fè l' wont, paske Seyè a pa t' ba li pitit

1:7b.1SA.001.007 Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Seyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l' fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen

1:8b.1SA.001.008 Elkana, mari li, di l' konsa: -Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m', se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason

1:9b.1SA.001.009 Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Seyè a

1:10b.1SA.001.010 Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Seyè a, dlo t'ap koule nan je l'

1:11b.1SA.001.011 Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li

1:12b.1SA.001.012 Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Seyè a, Eli t'ap gade bouch li

1:13b.1SA.001.013 Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l'. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pa t' ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou

1:14b.1SA.001.014 Li di l' konsa: -Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Soti al desoule ou yon lòt kote

1:15b.1SA.001.015 Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m' bay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen

1:16b.1SA.001.016 Tanpri, mèt! Pa pran m' pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m'

1:17b.1SA.001.017 Lè sa a, Eli reponn li: -Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l' ba ou sa ou mande l' la

1:18b.1SA.001.018 Ana reponn li: -M' espere ou p'ap janm bliye m'! Epi li leve, l' al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pa t' menm moun lan ankò

1:19b.1SA.001.019 Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande l' la

1:20b.1SA.001.020 Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou l' akouche, li fè yon pitit gason. Li rele l' Samyèl, paske li te di: Mwen te mande Seyè a li

1:21b.1SA.001.021 Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Seyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Seyè a

1:22b.1SA.001.022 Men Ana pa t' ale. Li di mari l' konsa: -Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l' nan Tanp Seyè a kote li pral rete pou tout tan

1:23b.1SA.001.023 Elkana, mari li, di l': -Fè sa ou wè ki pi bon an. Rete non jouk w'a fin sevre l'. Tansèlman, se pou Seyè a fè sa li te di a rive vre. Se konsa Ana rete pou l' pran swen ti bebe a jouk li sevre l'

1:24b.1SA.001.024 Apre li fin sevre pitit la, li mennen l' lavil Silo. Li te pran avè l' yon ti towo bèf twazan, yon barik farin, yon sak an po bèt plen diven. Li mennen ti gason an nan tanp Seyè a, lavil Silo, atout li te tou piti toujou

1:25b.1SA.001.025 Yo touye ti towo a, epi yo mennen ti gason an bay Eli

1:26b.1SA.001.026 Ana di l': -Eskize m' wi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Seyè a

1:27b.1SA.001.027 Mwen te mande l' pou l' te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m' te mande l' la

1:28b.1SA.001.028 Se konsa m' vin mete l' apa pou l' ka viv pou Seyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Seyè a la nan tanp lan

2

2:1b.1SA.002.001 Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen

2:2b.1SA.002.002 Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an

2:3b.1SA.002.003 Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè

2:4b.1SA.002.004 L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouraj

2:5b.1SA.002.005 Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen

2:6b.1SA.002.006 Seyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò

2:7b.1SA.002.007 Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò

2:8b.1SA.002.008 Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la

2:9b.1SA.002.009 L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen

2:10b.1SA.002.010 Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a

2:11b.1SA.002.011 Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l' te sèvi Seyè a sou zòd Eli, prèt la

2:12b.1SA.002.012 Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste

2:13b.1SA.002.013 ni yo pa t' aji jan prèt yo fèt pou aji ak pèp la. Chak fwa yon nonm t'ap touye bèt pou ofri bay Bondye, domestik prèt la vini avèk yon gwo fouchèt twa dan nan men l'. Antan vyann lan ap kwit nan dife a

2:14b.1SA.002.014 li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la

2:15b.1SA.002.015 Sa ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bèt yo te touye a konsa: -Ban m' moso vyann pou prèt la fè woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre

2:16b.1SA.002.016 Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l': -Non! Ban mwen l' koulye a. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l' ak fòs pa m'

2:17b.1SA.002.017 Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyè a, paske yo pa t' respekte ofrann yo te fè pou Seyè a

2:18b.1SA.002.018 Ti Samyèl menm t'ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a

2:19b.1SA.002.019 Chak lanne manman l' te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l' ba li lè li moute ak mari l' pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a

2:20b.1SA.002.020 Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: -M'ap lapriyè Seyè a pou l' ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Seyè a. Apre sa yo tounen lakay yo

2:21b.1SA.002.021 Seyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Seyè a

2:22b.1SA.002.022 Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a

2:23b.1SA.002.023 Lè sa a, li di yo konsa: -Poukisa n'ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pèp la

2:24b.1SA.002.024 Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm

2:25b.1SA.002.025 Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo

2:26b.1SA.002.026 Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi

2:27b.1SA.002.027 Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye

2:28b.1SA.002.028 Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la

2:29b.1SA.002.029 Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen

2:30b.1SA.002.030 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa

2:31b.1SA.002.031 Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun

2:32b.1SA.002.032 Lespri ou pral boulvèse lè w'a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pesonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun

2:33b.1SA.002.033 M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m' prèt. Men, l'ap pèdi de grenn je l' yo, epi lapenn ap fini avè l'. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon

2:34b.1SA.002.034 Lè w'a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m' te di a se vre

2:35b.1SA.002.035 Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fè tou sa m'a vle l' fè, tou sa mwen ta renmen wè l' fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a

2:36b.1SA.002.036 Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l' yon ti lajan ak yon ti manje, l'a lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l' ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l' manje

3

3:1b.1SA.003.001 Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Seyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pa t' fasil pou Seyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Seyè a te fè moun wè l'

3:2b.1SA.003.002 Je Eli yo te fin bese, li pa t' ka wè ladan yo ankò. Yon jou lannwit, Eli te kouche nan chanm li ap dòmi

3:3b.1SA.003.003 Samyèl menm te kouche nan Tanp Seyè a, nan pyès kote Bwat Kontra Bondye a te ye a. Lanp lan te limen toujou

3:4b.1SA.003.004 Seyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: -Men mwen wi

3:5b.1SA.003.005 Epi li leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! M' tande ou rele m'! Eli reponn li: -Mwen pa rele ou non! Tounen nan kabann ou. Samyèl ale, li kouche

3:6b.1SA.003.006 Seyè a rele l' ankò. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! Mwen tande ou rele m'! Men, Eli reponn li: -Pitit mwen, mwen pa rele ou. Al kouche tande

3:7b.1SA.003.007 Samyèl pa t' ankò konnen Seyè a paske Seyè a pa t' ankò janm pale avè l' anvan sa

3:8b.1SA.003.008 Seyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, epi li di l': -Mwen tande ou rele m'. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Seyè a ki t'ap rele ti gason an

3:9b.1SA.003.009 Li di Samyèl konsa: -Al kouche tande! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a reponn: Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou! Samyèl ale, li kouche nan kabann li

3:10b.1SA.003.010 Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou

3:11b.1SA.003.011 Seyè a di l' konsa: -Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi

3:12b.1SA.003.012 Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l' yo pral rive vre san manke yonn

3:13b.1SA.003.013 Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen

3:14b.1SA.003.014 Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen ankenn bèt yo ka touye ni ankenn ofrann ki ka fè m' padonnen peche yo fè a

3:15b.1SA.003.015 Samyèl rete nan kabann li jouk denmen maten. Li leve granmaten, li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Men, li te pè al rakonte Eli vizyon li te fè a

3:16b.1SA.003.016 Men Eli rele l': -Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: -Men mwen wi

3:17b.1SA.003.017 Eli mande l': -Kisa Seyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m' anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m' anyen nan sa li di ou la

3:18b.1SA.003.018 Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon

3:19b.1SA.003.019 Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre

3:20b.1SA.003.020 Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k'ap pale pawòl Seyè a

3:21b.1SA.003.021 Seyè a menm te toujou ap parèt lavil Silo, paske se la li te konn fè Samyèl wè li, se la li te konn pale ak li

4

4:1b.1SA.004.001 Chak fwa Samyèl te pale tout pèp la te koute l'. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pou y' al goumen ak moun Filisti yo. Konsa, yo moute kan yo bò lavil Ebenezè. Moun Filisti yo menm moute kan pa yo lavil Afèk

4:2b.1SA.004.002 Moun Filisti yo pran pozisyon anfas moun Izrayèl yo pou yo goumen. Epi batay la konmanse. Moun Filisti yo bat moun Izrayèl yo byen bat, yo touye katmil (4000) moun konsa nan plenn kote yo t'ap goumen an

4:3b.1SA.004.003 Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo

4:4b.1SA.004.004 Se konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l' vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a

4:5b.1SA.004.005 Lè Bwat Kontra Seyè a rive nan kan an, tout moun Izrayèl yo bay yon sèl gwo rèl, tè a tranble

4:6b.1SA.004.006 Moun Filisti yo tande rèl la, yo di: -Pouki tout gwo rèl sa a nan kan moun Izrayèl yo? Lè yo vin konnen se Bwat Kontra Seyè a ki te rive nan kan an

4:7b.1SA.004.007 yo vin pè, yo t'ap di: -Bondye moun sa yo rive nan kan yo a. Nou nan ka, devenn pa nou! Bagay konsa pa janm rive nou anvan sa

4:8b.1SA.004.008 Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a

4:9b.1SA.004.009 Se pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n' goumen tankou vanyan gason

4:10b.1SA.004.010 Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (30000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la

4:11b.1SA.004.011 Moun Filisti yo te sezi Bwat Kontra Bondye a epi tou de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te mouri

4:12b.1SA.004.012 Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn

4:13b.1SA.004.013 Eli menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l' pa t' poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè

4:14b.1SA.004.014 Eli tande bri a, li mande: -Pouki tout bri sa a? Nonm lan kouri pote nouvèl la bay Eli

4:15b.1SA.004.015 Eli te gen katrevendizwitan sou tèt li, li pa t' wè menm nan je l' ankò

4:16b.1SA.004.016 Nonm lan di Eli konsa: -Mwen fèk soti kote yo t'ap goumen an, mwen chape kò m' nan batay la vin isit la. Eli di l': -Ki jan sa pase, pitit mwen

4:17b.1SA.004.017 Mesaje a reponn, li di l' konsa: -Moun Izrayèl yo kouri pou moun Filisti yo ki touye anpil moun nan pèp la. De pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, mouri. Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a

4:18b.1SA.004.018 Nonmen nonm lan nonmen Bwat Kontra a, Eli sot tonbe sou chèz la, li blayi atè devan pòtay la. Li te fin granmoun epi li te gwo anpil. Nwa kou l' kase sèk, li mouri. Li te pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la

4:19b.1SA.004.019 Bèlfi Eli a, madanm Fineas, te ansent, li t'ap tann jou pou l' akouche. Lè li tande yo te pran Bwat Kontra Bondye a, epi bòpè l' ansanm ak mari l' te mouri, lamenm tranche pran l', li akouche

4:20b.1SA.004.020 Men, medam ki te la avè l' yo wè l'ap mouri, yo di l' konsa: -Pran kouraj, machè! Ou fè yon pitit gason. Men li pa reponn anyen, li pa okipe yo

4:21b.1SA.004.021 Li rele ti gason an Ikabòd, epi li di: -Pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a. Li t'ap di sa akòz Bwat Kontra Bondye yo te sezi a

4:22b.1SA.004.022 Li t'ap di: -Wi, avèk Bwat Kontra Bondye yo pran an, pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a

5

5:1b.1SA.005.001 Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l' ale lavil Asdòd

5:2b.1SA.005.002 Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an

5:3b.1SA.005.003 Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò

5:4b.1SA.005.004 Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete

5:5b.1SA.005.005 Se poutèt sa, jouk koulye a, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li

5:6b.1SA.005.006 Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la

5:7b.1SA.005.007 Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou

5:8b.1SA.005.008 Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat

5:9b.1SA.005.009 Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun

5:10b.1SA.005.010 Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la

5:11b.1SA.005.011 Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo

5:12b.1SA.005.012 Sa ki pa t' mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou

6

6:1b.1SA.006.001 Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a

6:2b.1SA.006.002 Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li

6:3b.1SA.006.003 Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa

6:4b.1SA.006.004 Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo

6:5b.1SA.006.005 N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an

6:6b.1SA.006.006 Poukisa pou n'ap fè tèt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lè Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t' kite moun yo al fè wout yo

6:7b.1SA.006.007 Nou pral pare yon kabwa tou nèf ak de manman bèf ki gen pitit dèyè yo epi ki pa janm sèvi pou fè ankenn travay anvan sa. N'a mare yo nan kabwa a, men n'a fè ti bèf dèyè manman yo tounen lakay

6:8b.1SA.006.008 N'a pran Bwat Kontra Seyè a, n'a mete l' sou kabwa a. N'a pran sa n'ap bay pou sèvi pou peye pou sa nou fè a, n'a mete yo nan yon ti bwat sou kote l'. N'a mete kabwa a sou wout la, n'a kite l' ale pou kont li

6:9b.1SA.006.009 N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou

6:10b.1SA.006.010 Moun yo fè sa yo te di yo fè a. Yo pran de manman bèf ki te gen pitit dèyè yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bèf ki te dèyè manman yo lakay

6:11b.1SA.006.011 Yo mete Bwat Kontra a sou kabwa a ansanm ak ti bwat ki te gen ti sourit an lò yo ak pòtre bouton yo

6:12b.1SA.006.012 Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t'ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t'ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch

6:13b.1SA.006.013 Moun lavil Bèt-Chemèch yo t'ap ranmase ble nan plenn lan. Lè yo leve je yo, yo wè Bwat Kontra a, yo pran rele sitèlman yo te kontan

6:14b.1SA.006.014 Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a

6:15b.1SA.006.015 Apre sa, moun Levi yo desann Bwat Kontra Seyè a ansanm ak ti bwat ki te gen bagay an lò yo. Yo mete yo sou gwo wòch la. Jou sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo ofri lòt bèt tou pou boule nèt nan dife ansanm ak lòt ofrann pou Seyè a

6:16b.1SA.006.016 Lè senk chèf moun Filisti yo wè sa, yo tounen lavil Ekwon menm jou a

6:17b.1SA.006.017 Moun Filisti yo te voye senk bouton lò bay Seyè a pou sa te sèvi pou peye pou sa yo te fè a: yonn pou Asdòd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon

6:18b.1SA.006.018 Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t'ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a

6:19b.1SA.006.019 Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo

6:20b.1SA.006.020 Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou

6:21b.1SA.006.021 Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou

7

7:1b.1SA.007.001 Se konsa moun lavil Kiriyat Jearim yo vin pran Bwat Kontra Seyè a. Yo mete l' lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Seyè a

7:2b.1SA.007.002 Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Seyè a pou mande l' sekou

7:3b.1SA.007.003 Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo

7:4b.1SA.007.004 Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Seyè a sèlman

7:5b.1SA.007.005 Apre sa, Samyèl di yo: -Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Seyè a la pou nou

7:6b.1SA.007.006 Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la

7:7b.1SA.007.007 Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè

7:8b.1SA.007.008 Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo

7:9b.1SA.007.009 Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a

7:10b.1SA.007.010 Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la

7:11b.1SA.007.011 Moun Izrayèl yo soti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bètka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat

7:12b.1SA.007.012 Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou

7:13b.1SA.007.013 Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Seyè a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyèl te vivan

7:14b.1SA.007.014 Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pa t' gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo

7:15b.1SA.007.015 Samyèl gouvènen pèp Izrayèl la jouk li mouri

7:16b.1SA.007.016 Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt

7:17b.1SA.007.017 Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama

8

8:1b.1SA.008.001 Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l' yo pou gouvènen pèp Izrayèl la

8:2b.1SA.008.002 Pi gran an te rele Joèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen

8:3b.1SA.008.003 Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri

8:4b.1SA.008.004 Lè sa a, tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y' al jwenn Samyèl lavil Rama

8:5b.1SA.008.005 Epi yo di l': -Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo

8:6b.1SA.008.006 Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a

8:7b.1SA.008.007 Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò

8:8b.1SA.008.008 Depi lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fè m'. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sèvi lòt bondye. Se menm bagay la y'ap fè ou jòdi a tou

8:9b.1SA.008.009 Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo

8:10b.1SA.008.010 Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'

8:11b.1SA.008.011 Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li

8:12b.1SA.008.012 L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (1000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo

8:13b.1SA.008.013 L'ap pran pitit fi nou yo pou fè odè, pou fè manje ak pou fè pen pou li

8:14b.1SA.008.014 L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo

8:15b.1SA.008.015 L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li

8:16b.1SA.008.016 L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li

8:17b.1SA.008.017 L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li

8:18b.1SA.008.018 Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lè sa a, Seyè a p'ap okipe nou

8:19b.1SA.008.019 Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou

8:20b.1SA.008.020 pou nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou

8:21b.1SA.008.021 Samyèl tande tou sa pèp la t'ap di. L' ale rapòte yo bay Seyè a

8:22b.1SA.008.022 Lè sa a, Seyè a reponn li: -Ou mèt fè sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvènen yo. Epi Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Tout moun mèt tounen lakay yo

9

9:1b.1SA.009.001 Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyèl, pitit pitit Zewò ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannèg

9:2b.1SA.009.002 Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bèl gason byen kanpe. pa t' gen moun nan pèp Izrayèl la ki te pi bèl pase l'. Li te pi wo pase yo tout

9:3b.1SA.009.003 Kich te gen kèk manman bourik ki te pèdi. Li di Sayil konsa: -Pran yonn nan domestik yo avè ou, al bouske manman bourik yo pou mwen

9:4b.1SA.009.004 Yo mache nan tout mòn Efrayim yo ak nan tout peyi Chalicha a, men yo pa jwenn bourik yo. Y' ale nan tout peyi Chaalim lan, yo pa jwenn yo. Y' ale nan tout peyi Benjamen an, yo pa jwenn yo

9:5b.1SA.009.005 Lè yo rive nan peyi Souf, Sayil di domestik ki te avè l' la: -Ann tounen lakay pou papa m' pa gen tèt chaje pou nou jouk pou l' ta rive bliye bourik li yo

9:6b.1SA.009.006 Domestik la reponn li: -Gen yon bon sèvitè Bondye nan lavil sa a. Se yon nonm tout moun respekte paske tou sa li di rive vre. Ann al jwenn li. Ou pa janm konnen, li ka di nou kote pou n' ale pou n' jwenn bourik yo

9:7b.1SA.009.007 Sayil di domestik la: -Dakò! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankò nan ralfò nou. Nou pa gen anyen pou n' fè sèvitè Bondye a kado

9:8b.1SA.009.008 Domestik la reponn li: -Mwen gen yon ti pyès ajan sou mwen, m'a ba li l'. L'a di nou kote n'a jwenn yo

9:9b.1SA.009.009 Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo

9:10b.1SA.009.010 Sayil di domestik li a: -Sa ou di a bon wi! Ann ale! Se konsa y' ale nan lavil kote sèvitè Bondye a te ye

9:11b.1SA.009.011 Pandan yo t'ap moute ti pant ki mennen lavil la, yo kontre ak kèk jenn fi ki t'ap soti lavil la pou y' al nan dlo. Yo mande medam yo: -Eske divinò a la nan lavil la

9:12b.1SA.009.012 Jenn fi yo reponn: -Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fè vit, li fenk rive lavil la, paske jòdi a se jou pou moun yo al touye bèt pou Bondye sou lotèl ki sou ti mòn lan

9:13b.1SA.009.013 Rive n'a rive lavil la, n'a jwenn li anvan l' al manje sou ti mòn lan. Pèp la p'ap manje toutotan li pa rive, paske se li ki pou beni ofrann bèt la anvan. Lè li fini, moun yo envite yo va manje. Prese ale koulye a pou nou ka jwenn li

9:14b.1SA.009.014 Se konsa yo moute ale lavil la. Antan yo t'ap antre lavil la, yo wè Samyèl ki t'ap vin devan yo, sou wout pou l' al sou mòn lan

9:15b.1SA.009.015 Men, lavèy jou Sayil rive lavil la, Seyè a te fè Samyèl yon revelasyon. Li te di l' konsa

9:16b.1SA.009.016 -Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou

9:17b.1SA.009.017 Lè Samyèl wè Sayil, Seyè a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an

9:18b.1SA.009.018 Sayil mache sou Samyèl ki te toupre pòtay la. Li mande l': -Tanpri, moutre m' kay divinò a

9:19b.1SA.009.019 Samyèl reponn li: -Se mwen menm divinò a! Pran devan m', moute sou mòn lan. W'a manje avè m' jòdi a. Denmen maten, m'a reponn tout keksyon ou gen sou kè ou. Apre sa, m'a kite ou al fè wout ou

9:20b.1SA.009.020 Kanta manman bourik ou te pèdi depi twa jou yo, ou pa bezwen bat kò ou, paske yo jwenn yo deja. Men, ki moun pèp Izrayèl la ap chache li menm? Se pa ou menm ak tout fanmi papa ou yo

9:21b.1SA.009.021 Sayil reponn li: -Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m' lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m' tout bagay sa yo

9:22b.1SA.009.022 Samyèl pran Sayil ansanm ak domestik li a, li fè yo antre nan gwo pyès kay la, li fè yo chita nan premye plas bò tab la ansanm ak tout envite yo. Te gen trant gason konsa yo te envite

9:23b.1SA.009.023 Epi Samyèl di chèf kizin lan: -Pote moso vyann mwen te ba ou mete apa pou mwen an

9:24b.1SA.009.024 Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l' la, li mete l' devan Sayil. Samyèl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fè mete l' apa lè mwen t'ap envite pèp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a

9:25b.1SA.009.025 Apre sa, yo desann soti sou mòn lan, y' al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la

9:26b.1SA.009.026 Nan denmen yo leve byen bonè. Lè bajou kase, Samyèl rele Sayil sou teras la: -Leve non. Mwen pral voye ou ale lakay ou. Sayil leve, epi yo tou de yo soti nan lari a ansanm

9:27b.1SA.009.027 Lè yo rive sou limit lavil la, Samyèl di Sayil konsa: -Di domestik ou a pran devan nou. Domestik la pran devan, epi Samyèl di Sayil ankò: -Ou menm, rete la yon ti moman pou m' ka fè ou konnen sa Seyè a di

10

10:1b.1SA.010.001 Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a

10:2b.1SA.010.002 Lè w'a kite m' jòdi a, w'a jwenn de mesye toupre tonm Rachèl la lavil Sèlza, nan lizyè peyi moun Benjamen yo. Y'a di ou bourik ou t'ap bouske yo, yo jwenn yo. Men, koulye a papa ou bliye bourik li yo, se pou ou li gen tèt chaje. L'ap mande: Kisa mwen pral fè pou pitit gason m' lan

10:3b.1SA.010.003 Lèfini, w'a mache pi devan jouk w'a rive bò pye bwadchenn Tabò a. Lè w'a rive la, w'a kontre ak twa nèg k'ap moute lavil Betèl pou y' al ofri bèt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyèm lan va gen twa pen nan men l', twazyèm lan va gen yon veso fèt an po bèt plen diven

10:4b.1SA.010.004 Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo

10:5b.1SA.010.005 Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye

10:6b.1SA.010.006 Lespri Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesaj ki soti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankò

10:7b.1SA.010.007 Lè bagay sa yo va rive, w'a fè tou sa ki vin pou fèt paske se Bondye k'ap avè ou

10:8b.1SA.010.008 Apre sa, w'a pran devan m', w'a desann lavil Gilgal kote m'a vin jwenn ou pita pou m' ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lèfini, w'a tann sèt jou anvan m'a vin jwenn ou ankò pou m' di ou sa pou ou fè

10:9b.1SA.010.009 Vire Sayil vire pou l' kite Samyèl, Bondye fè Sayil tounen yon lòt moun nèt. Jou sa a tout pawòl Samyèl te di l' yo rive vre

10:10b.1SA.010.010 Lè Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l'. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesaj tankou yo

10:11b.1SA.010.011 Tout moun ki te konnen l' anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesaj ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt: -Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil gen lè pwofèt tou

10:12b.1SA.010.012 Yon moun lavil Gibeya ki te la mande: -Lòt mesye pwofèt yo, ki moun ki papa yo? Se konsa moun te konmanse ap di: Gen lè menm Sayil pwofèt tou

10:13b.1SA.010.013 Lè Sayil fin danse, lè li te fin bay mesaj, li moute sou ti mòn lan bò lotèl la

10:14b.1SA.010.014 Tonton Sayil la mande l' ansanm ak domestik li a: -Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l' lan: -Mwen t' al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n' al kote Samyèl

10:15b.1SA.010.015 Tonton Sayil la mande l': -Rakonte m' sa li di ou

10:16b.1SA.010.016 Sayil reponn li: -Li di m' yo jwenn bourik yo deja. Men, li pa di tonton l' sa Samyèl te di l' sou koze wa a

10:17b.1SA.010.017 Samyèl reyini pèp Izrayèl la pou fè yon gwo sèvis pou Bondye lavil Mispa

10:18b.1SA.010.018 Li di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la di: Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lòt nasyon ki t'ap peze nou yo

10:19b.1SA.010.019 Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li

10:20b.1SA.010.020 Lè sa a, Samyèl fè tout pèp Izrayèl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Seyè a chwazi branch fanmi Benjamen an

10:21b.1SA.010.021 Apre sa, Samyèl fè tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lòt. Seyè a chwazi fanmi Matri a. Lè sa a, li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Seyè a, Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l', men yo pa t' ka jwenn li

10:22b.1SA.010.022 Y' al mande Seyè a si pa gen lòt moun ankò. Seyè a reponn: -Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo

10:23b.1SA.010.023 Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fè l' kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout

10:24b.1SA.010.024 Samyèl di pèp la: -Men moun Seyè a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa Sayil

10:25b.1SA.010.025 Apre sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Seyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo

10:26b.1SA.010.026 Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y' ale ansanm ak Sayil

10:27b.1SA.010.027 Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann

11

11:1b.1SA.011.001 Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf

11:2b.1SA.011.002 Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont

11:3b.1SA.011.003 Chèf lavil Jabès la di li: -Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pesonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou

11:4b.1SA.011.004 Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesaj la, tout moun pete rele byen fò

11:5b.1SA.011.005 Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabès yo te vin di yo

11:6b.1SA.011.006 Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè

11:7b.1SA.011.007 Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil

11:8b.1SA.011.008 Sayil sanble yo bò lavil Bezèk pou l' pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (300.000) sòlda ki te moun pèp Izrayèl ak trantmil (30.000) ki te moun fanmi Jida

11:9b.1SA.011.009 Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabès yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil

11:10b.1SA.011.010 Yo voye di Nakach: -Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou

11:11b.1SA.011.011 Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn

11:12b.1SA.011.012 Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo

11:13b.1SA.011.013 Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la

11:14b.1SA.011.014 Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a

11:15b.1SA.011.015 Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal

12

12:1b.1SA.012.001 Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Nou wè mwen fè tou sa nou te mande m' fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou

12:2b.1SA.012.002 Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou

12:3b.1SA.012.003 Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an

12:4b.1SA.012.004 Pèp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn

12:5b.1SA.012.005 Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen

12:6b.1SA.012.006 Samyèl di yo: -Seyè a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip la

12:7b.1SA.012.007 Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo

12:8b.1SA.012.008 Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi li. Lè moun peyi Lejip yo pran maltrete zansèt nou yo, zansèt nou yo rele mande Seyè a sekou. Lè sa a, Seyè a voye Moyiz ak Arawon ki fè yo soti kite peyi Lejip la epi ki mennen yo vin rete isit la

12:9b.1SA.012.009 Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo

12:10b.1SA.012.010 Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou

12:11b.1SA.012.011 Lè sa a, Seyè a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze

12:12b.1SA.012.012 Epi lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou

12:13b.1SA.012.013 Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyè a ban nou li

12:14b.1SA.012.014 Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè

12:15b.1SA.012.015 Men, si nou pa koute sa Seyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an

12:16b.1SA.012.016 Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Seyè a pral fè devan je nou

12:17b.1SA.012.017 Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou

12:18b.1SA.012.018 Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl

12:19b.1SA.012.019 Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou

12:20b.1SA.012.020 Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l' ak tout kè nou

12:21b.1SA.012.021 Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen

12:22b.1SA.012.022 Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'

12:23b.1SA.012.023 Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a

12:24b.1SA.012.024 Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou

12:25b.1SA.012.025 Mentou, si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri

13

13:1b.1SA.013.001 Sayil te majè lè yo te fè l' wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la

13:2b.1SA.013.002 Sayil chwazi twamil (3000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo

13:3b.1SA.013.003 Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a

13:4b.1SA.013.004 Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'

13:5b.1SA.013.005 Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (30.000) cha lagè, simil (6000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn

13:6b.1SA.013.006 Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè

13:7b.1SA.013.007 Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè

13:8b.1SA.013.008 Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil

13:9b.1SA.013.009 Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a

13:10b.1SA.013.010 Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou

13:11b.1SA.013.011 Samyèl di li: -Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: -Mwen wè pèp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la

13:12b.1SA.013.012 Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a

13:13b.1SA.013.013 Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba

13:14b.1SA.013.014 Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a

13:15b.1SA.013.015 Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan (600) sòlda konsa

13:16b.1SA.013.016 Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas

13:17b.1SA.013.017 Sòlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fè twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la

13:18b.1SA.013.018 Yon lòt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bètowon, ak yon lòt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyè a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezè a

13:19b.1SA.013.019 Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè

13:20b.1SA.013.020 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fè dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo

13:21b.1SA.013.021 Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyès ajan pou file chak dan rach epi pou fè pwent frenn yo, de ti pyès ajan pou fè dan chari yo ak pwent wou yo

13:22b.1SA.013.022 Se sa ki fè, lè jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avèk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fè. Sèl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak

13:23b.1SA.013.023 Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la

14

14:1b.1SA.014.001 Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'

14:2b.1SA.014.002 Sayil menm te moute kan li anba pye grenad Migwon an, sou lizyè peyi Gibeya a. Li te gen sisan (600) sòlda konsa avè l'

14:3b.1SA.014.003 Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se te pitit Akitoub, pitit frè Ikabòd la. Yo te pitit Fineas ki li menm te pitit Eli, ki te prèt Seyè a lavil Silo. Sòlda yo pa t' konnen Jonatan te pati

14:4b.1SA.014.004 Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene

14:5b.1SA.014.005 Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba

14:6b.1SA.014.006 Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil

14:7b.1SA.014.007 Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou

14:8b.1SA.014.008 Jonatan di l': -Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou

14:9b.1SA.014.009 Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo

14:10b.1SA.014.010 Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Seyè a gen tan lage yo nan men nou

14:11b.1SA.014.011 Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di: -Gade! Men kèk ebre k'ap soti nan twou kote yo te kache

14:12b.1SA.014.012 Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la

14:13b.1SA.014.013 Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'

14:14b.1SA.014.014 Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye vin sòlda konsa, sou yon ti teren ki pa t' menm mezire yon ka (1/4) kawo tè

14:15b.1SA.014.015 Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a

14:16b.1SA.014.016 Faksyonnè Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou

14:17b.1SA.014.017 Sayil di moun ki te avè l' yo: -Konte sòlda yo! Gade kilès ki pa la! Yo konte, yo pa jwenn ni Jonatan ni jenn gason ki te konn pote zam li yo

14:18b.1SA.014.018 Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la

14:19b.1SA.014.019 Pandan Sayil t'ap pale ak prèt la, kouri a te vin pi rèd nan mitan moun Filisti yo. Sayil di prèt la konsa: -Rete sou sa ou fè

14:20b.1SA.014.020 Li leve ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt

14:21b.1SA.014.021 Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan

14:22b.1SA.014.022 Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo

14:23b.1SA.014.023 Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou

14:24b.1SA.014.024 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a

14:25b.1SA.014.025 Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl

14:26b.1SA.014.026 Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pesonn pa goute menm ladan l' paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo

14:27b.1SA.014.027 Men, Jonatan pa t' konnen papa l' te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l' lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l' nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò

14:28b.1SA.014.028 Men, yonn nan mesye yo di li: -Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a

14:29b.1SA.014.029 Jonatan reponn li: -Sa papa m' fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m' santi m' gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl

14:30b.1SA.014.030 Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, koulye a èske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo

14:31b.1SA.014.031 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou

14:32b.1SA.014.032 Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l'

14:33b.1SA.014.033 Y' al di Sayil konsa: -Gade! Men pèp la ap peche kont Seyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l'. Sayil di konsa: -Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen

14:34b.1SA.014.034 Apre sa, li bay lòd sa a: -Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Seyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la

14:35b.1SA.014.035 Sayil bati yon lotèl pou Seyè a. Se te premye lotèl li te bati

14:36b.1SA.014.036 Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa

14:37b.1SA.014.037 Sayil mande Seyè a: -Eske se pou m' desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la? Men Seyè a pa reponn li jou sa a

14:38b.1SA.014.038 Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo: -Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a

14:39b.1SA.014.039 Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen

14:40b.1SA.014.040 Epi li di tout pèp Izrayèl la: -Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m' lan, m'ap kanpe bò la. Pèp la di Sayil: -Fè sa ou wè ki bon

14:41b.1SA.014.041 Sayil di Seyè a: -Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo. Seyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa

14:42b.1SA.014.042 Sayil di: -Koulye a, ant Jonatan avè m', di kilès nan nou de a ki koupab. Seyè a fè konnen se Jonatan

14:43b.1SA.014.043 Lè sa a, Sayil mande Jonatan: -Kisa ou fè? Jonatan reponn: -Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m' lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m' mouri

14:44b.1SA.014.044 Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou

14:45b.1SA.014.045 Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri

14:46b.1SA.014.046 Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo

14:47b.1SA.014.047 Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo

14:48b.1SA.014.048 Li te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l' yo

14:49b.1SA.014.049 Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal

14:50b.1SA.014.050 Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil

14:51b.1SA.014.051 Kich, papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl

14:52b.1SA.014.052 Sayil pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouraj, li te mete l' nan lame li a

15

15:1b.1SA.015.001 Samyèl di Sayil: -Se mwen menm Seyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Koulye a, koute pawòl Seyè a

15:2b.1SA.015.002 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip

15:3b.1SA.015.003 Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik

15:4b.1SA.015.004 Sayil rele tout sòlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil (200.000) sòlda apye ki te moun Izrayèl ak dimil (10.000) sòlda ki te moun Jida

15:5b.1SA.015.005 Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L' al kache kò li nan yon ravin chèch

15:6b.1SA.015.006 Apre sa, li voye avèti moun Kayen yo: -Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo

15:7b.1SA.015.007 Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip

15:8b.1SA.015.008 Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye

15:9b.1SA.015.009 Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye

15:10b.1SA.015.010 Seyè a pale ak Samyèl, li di l' konsa

15:11b.1SA.015.011 -Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a

15:12b.1SA.015.012 Nan denmen maten, bonè bonè, li soti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil t' ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal

15:13b.1SA.015.013 Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l' bonjou: -Se pou Seyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m' lòd fè

15:14b.1SA.015.014 Samyèl mande l': -Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa

15:15b.1SA.015.015 Sayil reponn li: -Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Seyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye

15:16b.1SA.015.016 Samyèl di l' konsa: -Pe bouch ou, tande! Kite m' di ou sa Seyè a te vin di m' lannwit lan. Sayil di li: -Pale non

15:17b.1SA.015.017 Samyèl di li: -Atout yon lè ou te rekonèt ou pa t' anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la

15:18b.1SA.015.018 Li voye ou ale avèk lòd espre pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout

15:19b.1SA.015.019 Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi

15:20b.1SA.015.020 Sayil reponn Samyèl li di li: -Mwen fè tou sa Seyè a te di m' fè! Mwen mache dapre lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè l'. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo tankou yon ofrann pou Bondye

15:21b.1SA.015.021 Men sòlda mwen yo pa t' touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Seyè a, Bondye ou la

15:22b.1SA.015.022 Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a

15:23b.1SA.015.023 Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò

15:24b.1SA.015.024 Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a

15:25b.1SA.015.025 Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a

15:26b.1SA.015.026 Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou

15:27b.1SA.015.027 Samyèl fè sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire

15:28b.1SA.015.028 Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou

15:29b.1SA.015.029 Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl

15:30b.1SA.015.030 Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la

15:31b.1SA.015.031 Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Seyè a

15:32b.1SA.015.032 Apre sa, Samyèl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmò

15:33b.1SA.015.033 Samyèl di li: -Avèk nepe ou, ou te fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotèl Seyè a lavil Gilgal

15:34b.1SA.015.034 Lèfini, Samyèl desann lavil Rama. Sayil menm moute al lakay li lavil Gibeya

15:35b.1SA.015.035 Depi lè sa a, Samyèl pa janm wè wa Sayil ankò jouk li mouri. Men, sa te fè l' lapenn anpil pou Sayil. Seyè a menm te règrèt deske li te fè Sayil wa pèp Izrayèl la

16

16:1b.1SA.016.001 Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa

16:2b.1SA.016.002 Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a

16:3b.1SA.016.003 W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'

16:4b.1SA.016.004 Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la

16:5b.1SA.016.005 Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou

16:6b.1SA.016.006 Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l': -Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Seyè a chwazi

16:7b.1SA.016.007 Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun

16:8b.1SA.016.008 Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l' yo, li mennen l' bay Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi

16:9b.1SA.016.009 Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi

16:10b.1SA.016.010 Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo

16:11b.1SA.016.011 Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini

16:12b.1SA.016.012 Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li

16:13b.1SA.016.013 Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama

16:14b.1SA.016.014 Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'

16:15b.1SA.016.015 Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou

16:16b.1SA.016.016 Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman

16:17b.1SA.016.017 Sayil di moun k'ap sèvi l' yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen

16:18b.1SA.016.018 Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li

16:19b.1SA.016.019 Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen

16:20b.1SA.016.020 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a

16:21b.1SA.016.021 Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l' pou sèvi l'. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l' pou pote zam li yo

16:22b.1SA.016.022 Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil

16:23b.1SA.016.023 Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò

17

17:1b.1SA.017.001 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka

17:2b.1SA.017.002 Sayil vini ansanm ak moun Izrayèl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kò yo anfas moun Filisti yo pou y' al goumen ak yo

17:3b.1SA.017.003 Moun Filisti yo te sou yon ti mòn yon bò, moun pèp Izrayèl yo te sou yon lòt ti mòn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo

17:4b.1SA.017.004 Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè

17:5b.1SA.017.005 Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti

17:6b.1SA.017.006 Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li

17:7b.1SA.017.007 Bwa gwo frenn ki te nan men l' lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze vin liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l' avèk plak pwotèj li a

17:8b.1SA.017.008 Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa: -Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l' vin kare avè m'

17:9b.1SA.017.009 Si l' rive bat mwen pou l' touye m', moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m' touye l', se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo

17:10b.1SA.017.010 Li di yo ankò: -Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M' pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m'

17:11b.1SA.017.011 Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble

17:12b.1SA.017.012 David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun

17:13b.1SA.017.013 Twa premye pitit gason l' yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama

17:14b.1SA.017.014 David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil

17:15b.1SA.017.015 Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l' al okipe mouton papa l' yo

17:16b.1SA.017.016 Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay

17:17b.1SA.017.017 Yon jou, Izayi di David konsa: -Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an

17:18b.1SA.017.018 Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m' sèten ou wè yo an sante

17:19b.1SA.017.019 Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo

17:20b.1SA.017.020 Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo

17:21b.1SA.017.021 Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la

17:22b.1SA.017.022 David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo

17:23b.1SA.017.023 Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, soti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l' te konn fè l' anvan an. David tande sa Golyat t'ap di

17:24b.1SA.017.024 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè

17:25b.1SA.017.025 Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl

17:26b.1SA.017.026 David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la

17:27b.1SA.017.027 Mesye yo di l' tou sa y'a fè pou moun ki va touye Golyat la

17:28b.1SA.017.028 Eliyab, pi gran nan frè David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade

17:29b.1SA.017.029 David reponn li: -Kisa m' fè, mezanmi! Yon senp ti keksyon m'ap mande moun yo la a wi

17:30b.1SA.017.030 Li vire bò yon lòt moun, li mande l' menm keksyon an. Chak fwa, moun yo fè l' menm repons la

17:31b.1SA.017.031 Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l'

17:32b.1SA.017.032 David di Sayil: -Monwa, pesonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l'

17:33b.1SA.017.033 Sayil di David konsa: -Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l' jenn gason

17:34b.1SA.017.034 David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo

17:35b.1SA.017.035 mwen kouri dèyè l', m' atake l', mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l' vire sou mwen, mwen pran l' nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l'

17:36b.1SA.017.036 Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'

17:37b.1SA.017.037 David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou

17:38b.1SA.017.038 Sayil pran pwòp rad lagè pa l' yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li

17:39b.1SA.017.039 David pase nepe Sayil la nan ren l', anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l' mache, li pa t' kapab, paske li pa t' konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: -Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li

17:40b.1SA.017.040 Lèfini, li pran baton l' nan men l', li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l', li mache sou Golyat

17:41b.1SA.017.041 Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David

17:42b.1SA.017.042 Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l'

17:43b.1SA.017.043 Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David

17:44b.1SA.017.044 Apre sa, li di ankò: -Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m' bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje

17:45b.1SA.017.045 David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou

17:46b.1SA.017.046 Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye

17:47b.1SA.017.047 Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la

17:48b.1SA.017.048 Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo

17:49b.1SA.017.049 Li foure men l' nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l', li mete l' nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè

17:50b.1SA.017.050 Se konsa David te bat sòlda Filisti a avèk yon fistibal ak yon wòch. Li vide sòlda Filisti a atè, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'

17:51b.1SA.017.051 David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò

17:52b.1SA.017.052 Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon

17:53b.1SA.017.053 Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo

17:54b.1SA.017.054 David pran tèt Golyat, li pote l' lavil Jerizalèm, men li kenbe zam sòlda Filisti a lakay li

17:55b.1SA.017.055 Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: -Abnè, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnè reponn li: -Monwa, mwen fè sèman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'

17:56b.1SA.017.056 Wa a di li: -Al chache konnen pitit ki moun li ye

17:57b.1SA.017.057 Apre David fin touye sòlda Filisti a, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Abnè pran l', li mennen l' devan Sayil. David te kenbe tèt sòlda Filisti a nan men l' toujou

17:58b.1SA.017.058 Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm

18

18:1b.1SA.018.001 Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li

18:2b.1SA.018.002 Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò

18:3b.1SA.018.003 Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li

18:4b.1SA.018.004 Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'

18:5b.1SA.018.005 Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi

18:6b.1SA.018.006 Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògˆn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan

18:7b.1SA.018.007 Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil

18:8b.1SA.018.008 Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (10.000), mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l' wa

18:9b.1SA.018.009 Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je

18:10b.1SA.018.010 Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'

18:11b.1SA.018.011 Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan

18:12b.1SA.018.012 Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a

18:13b.1SA.018.013 Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chèf sou mil sòlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen

18:14b.1SA.018.014 Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li

18:15b.1SA.018.015 Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pè l' pi rèd

18:16b.1SA.018.016 Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a

18:17b.1SA.018.017 Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm

18:18b.1SA.018.018 David di Sayil: -Kisa m' ye? Kisa m'ap fè pou m' viv? Kisa fanmi papa m' ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m' marye ak pitit fi wa a

18:19b.1SA.018.019 Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola

18:20b.1SA.018.020 Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y' al di Sayil sa, bagay la te fè l' plezi

18:21b.1SA.018.021 Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen

18:22b.1SA.018.022 Li pale sou kote ak moun pa l' yo, li ba yo lòd pou y' al jwenn David an prive pou yo di l': Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l' yo renmen ou. Se yon bon lè koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a

18:23b.1SA.018.023 Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'

18:24b.1SA.018.024 Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a

18:25b.1SA.018.025 Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo

18:26b.1SA.018.026 Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la

18:27b.1SA.018.027 David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David

18:28b.1SA.018.028 Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou

18:29b.1SA.018.029 Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri

18:30b.1SA.018.030 Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil

19

19:1b.1SA.019.001 Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil

19:2b.1SA.019.002 Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm

19:3b.1SA.019.003 Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fè ou konnen

19:4b.1SA.019.004 Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou

19:5b.1SA.019.005 Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen

19:6b.1SA.019.006 Sayil koute Jonatan, li fè sèman, li di l': -Mwen fè sèman devan Seyè a ki vivan, yo p'ap touye David

19:7b.1SA.019.007 Jonatan rele David, li rapòte l' tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an

19:8b.1SA.019.008 Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li

19:9b.1SA.019.009 Yon jou Seyè a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik

19:10b.1SA.019.010 Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kò l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kò l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit

19:11b.1SA.019.011 Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avèti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri

19:12b.1SA.019.012 Li fè David soti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l'

19:13b.1SA.019.013 Lè sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l' kouche sou kabann lan, li pran yon zòrye fèt ak plim kabrit, li mete l' nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra

19:14b.1SA.019.014 Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad

19:15b.1SA.019.015 Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y' al wè David ak je yo. Li di yo: -Mennen l' isit ban mwen ak tout kabann li an pou m' fè touye l'

19:16b.1SA.019.016 Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a

19:17b.1SA.019.017 Sayil di Mikal konsa: -Poukisa ou woule m' konsa? Ou kite lènmi mwen an chape. Mikal reponn li: -Li te di m' si m' pa kite l' chape, l'ap touye m'

19:18b.1SA.019.018 David menm kouri chape kò l', l' al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fè l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y' ale rete lavil Najòt

19:19b.1SA.019.019 Y' al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a

19:20b.1SA.019.020 Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo

19:21b.1SA.019.021 Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo

19:22b.1SA.019.022 Lè sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najòt nan zòn Rama a

19:23b.1SA.019.023 Li pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a

19:24b.1SA.019.024 Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou

20

20:1b.1SA.020.001 David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa

20:2b.1SA.020.002 Jonatan reponn li: -Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m' pa fè anyen san li pa di m'. Pa gen rezon pou l' ta kache m' sa. Se pa vre, monchè

20:3b.1SA.020.003 Men David sèmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kè l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fè a pou sa pa fè l' lapenn. M'ap fè ou sèman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen

20:4b.1SA.020.004 Jonatan di l': -Sa ou vle m' fè pou ou

20:5b.1SA.020.005 David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè

20:6b.1SA.020.006 Si papa ou wè mwen pa la epi li mande pou mwen, w'a di l' mwen te mande ou pèmisyon pou m' kouri rive lakay mwen, lavil Betleyèm, paske se lè pou yo fè sèvis ofrann bèt pou yo fè chak lanne pou tout fanmi mwen

20:7b.1SA.020.007 Si li di li dakò, w'a konnen mwen sove. Men, si li fè kolè, w'a konnen li soti vre pou li touye m'

20:8b.1SA.020.008 Tanpri, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap mande ou yon favè, paske se Seyè a, Bondye menm, ki te fè ou mare zanmi avè m'. Pa kite anyen rive m'. Si m' antò, se ou menm ki pou touye m'. Pa kite m' rive devan papa ou

20:9b.1SA.020.009 Jonatan di li: -Wete sa nan lide ou, monchè! Si mwen vin konnen papa m' soti vre pou touye ou, m'ap avèti ou

20:10b.1SA.020.010 David di li: -Ki moun ki va fè m' konnen si papa ou reponn ou mal

20:11b.1SA.020.011 Jonatan di li: -Ann al deyò nan jaden yo. Epi yo tou de soti, y' al nan jaden yo

20:12b.1SA.020.012 Lèfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen ankenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou

20:13b.1SA.020.013 Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Seyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m'

20:14b.1SA.020.014 Bon, koulye a menm, si lè sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m' devan Bondye a. Pa lage m'

20:15b.1SA.020.015 Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Seyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè

20:16b.1SA.020.016 piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l', se pou Bondye pini ou

20:17b.1SA.020.017 Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l', paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li

20:18b.1SA.020.018 Apre sa, Jonatan di David: -Denmen se fèt lalin nouvèl la, y'ap wè ou pa la, paske plas ou ap rete vid

20:19b.1SA.020.019 Apre denmen y'ap wè ou pa la menm. Lè sa a, w'a desann, w'a ale kote ou te kache dènye fwa a. W'a rete kache dèyè pil wòch Ezèl la

20:20b.1SA.020.020 Mwen menm, m'a tire twa flèch nan direksyon pil wòch la, tankou se pil wòch la menm m'ap vize

20:21b.1SA.020.021 Lèfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l' al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l': Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gen tan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Seyè a, anyen p'ap rive ou

20:22b.1SA.020.022 Men, si mwen di domestik la: flèch yo tonbe bò lòt bò, yo depase kote ou ye a, leve met deyò, paske se Seyè a menm k'ap voye ou ale

20:23b.1SA.020.023 Pou pwomès nou fè yonn bay lòt la, Seyè a ap fè n'ap kenbe l' pou tout tan

20:24b.1SA.020.024 Se konsa David t' al kache kò li nan jaden yo. Lè fèt lalin nouvèl la rive, wa Sayil vin chita bò tab la pou l' manje

20:25b.1SA.020.025 Li te chita nan plas li, sou fotèy bò miray la. Jonatan te chita bò tab la tou anfas wa a. Abnè menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid

20:26b.1SA.020.026 Jou sa a, Sayil pa t' di anyen, paske li t'ap di nan kè l': Se yon bagay ki dwe rive l'. Li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Sèten, li pa nan kondisyon vre pou l' sèvi Bondye

20:27b.1SA.020.027 Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a

20:28b.1SA.020.028 Jonatan reponn li: -Li te mande m' pèmisyon pou l' al lavil Betleyèm

20:29b.1SA.020.029 Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a

20:30b.1SA.020.030 Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou

20:31b.1SA.020.031 Men, m' fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri

20:32b.1SA.020.032 Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fè

20:33b.1SA.020.033 Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre

20:34b.1SA.020.034 Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal

20:35b.1SA.020.035 Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l'

20:36b.1SA.020.036 Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l' depase ti gason an

20:37b.1SA.020.037 Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l' konsa: -Flèch la pi devan an toujou

20:38b.1SA.020.038 Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l' tounen bay mèt li

20:39b.1SA.020.039 Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen

20:40b.1SA.020.040 Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li

20:41b.1SA.020.041 Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan

20:42b.1SA.020.042 Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la

21

21:1b.1SA.021.001 David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk soti vin kontre l', li te tou ap tranble. Li di l' konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou

21:2b.1SA.021.002 David reponn li: -Wa a voye m' regle yon bagay pou li. Li di m' pa kite pesonn konnen sa li voye m' fè a. Pou moun ki avè m' yo, mwen ba yo randevou yon kote

21:3b.1SA.021.003 Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m' senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen

21:4b.1SA.021.004 Prèt la di l': -Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kèk jou

21:5b.1SA.021.005 David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal

21:6b.1SA.021.006 Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre

21:7b.1SA.021.007 Men jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l' te ofri pou Seyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo

21:8b.1SA.021.008 David di Akimelèk ankò: -Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m' lòd pou m' te pati prese prese, mwen pa t' gen tan pran ni nepe mwen, ni ankenn lòt zam

21:9b.1SA.021.009 Akimelèk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l', ou mèt pran l'. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l'

21:10b.1SA.021.010 Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l' ale lakay Akich, wa lavil Gat la

21:11b.1SA.021.011 Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil

21:12b.1SA.021.012 Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la

21:13b.1SA.021.013 Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li

21:14b.1SA.021.014 Lè sa a, Akich di moun li yo: -Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l' ban mwen

21:15b.1SA.021.015 Mwen pa gen kont moun fou avè m' deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an

22

22:1b.1SA.022.001 David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la

22:2b.1SA.022.002 Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan (400) gason konsa antou

22:3b.1SA.022.003 David kite kote l' te ye a, l' ale lavil Mispa nan peyi Moab. Epi li di wa Moab la: -Tanpri, kite papa m' ak manman m' vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fè avè m'

22:4b.1SA.022.004 Se konsa David mennen papa l' ak manman l' lakay wa Moab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la

22:5b.1SA.022.005 Yon pwofèt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwòt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erèt la

22:6b.1SA.022.006 Sayil menm te lavil Gibeya, chita anba pye tonmaren ki sou mòn lan, avèk frenn li nan men l'. Tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo te kanpe la bò kote l'. Li te pran nouvèl moun te vin konnen kote David ak mesye l' yo te ye

22:7b.1SA.022.007 Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a

22:8b.1SA.022.008 Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'

22:9b.1SA.022.009 Doèg, moun peyi Edon an ki te chèf tout moun k'ap travay ak Sayil yo, di l' konsa: -Mwen te wè David, pitit gason Izayi a lè li t' ale lavil Nòb, lakay Akimelèk, pitit gason Akitoub la

22:10b.1SA.022.010 Akimelèk te pale ak Seyè a pou David. Apre sa, li bay David kèk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sòlda Filisti a

22:11b.1SA.022.011 Se konsa, wa a voye rele Akimelèk, prèt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prèt tou nan lavil Nòb. Yo tout moute kay wa a

22:12b.1SA.022.012 Sayil di Akimelèk: -W'ap tande m', pitit gason Akitoub la? Akimelèk reponn li: -M'ap tande ou wi, monwa

22:13b.1SA.022.013 Sayil mande l': -Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyè a pou li? Koulye a, men li leve dèyè m', l'ap chache okazyon pou li touye m'

22:14b.1SA.022.014 Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'

22:15b.1SA.022.015 Se pa jòdi a premye fwa mwen pale ak Seyè a pou li, mande Bondye padon. Monwa, ou pa bezwen akize ni mwen ni pesonn nan fanmi m' n'ap fè konplo sou ou. Mwen pa konn anyen sou koze sa a, monwa

22:16b.1SA.022.016 Wa a di l' konsa: -Akimelèk, yo pral touye ou, ou menm ansanm ak tout fanmi ou yo

22:17b.1SA.022.017 Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo

22:18b.1SA.022.018 Lè sa a, Sayil di Doèg: -Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prèt Seyè a

22:19b.1SA.022.019 Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout

22:20b.1SA.022.020 Sèl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelèk yo, te resi chape kò l'. Li kouri l' al jwenn David

22:21b.1SA.022.021 Li rakonte David ki jan Sayil te masakre tout prèt Seyè yo

22:22b.1SA.022.022 David di l' konsa: -Depi mwen te wè Doèg, nèg peyi Edon an, la, mwen te konnen li pa t'ap pa di Sayil sa. Se mwen menm ki reskonsab lanmò tout fanmi ou yo

22:23b.1SA.022.023 Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou

23

23:1b.1SA.023.001 Yon jou, David vin konnen moun Filisti yo t' al atake lavil Keyila, yo t'ap vòlò tout grenn jaden moun yo te gen sou glasi yo

23:2b.1SA.023.002 Lè sa a, David al mande Seyè a: -Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo? Seyè a di David: -Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila

23:3b.1SA.023.003 Men, moun David yo di l' konsa: -Kote nou ye bò isit la nan peyi Jida, nou te pè kont kò nou deja. Sa pral pi rèd pou nou si se pou n' al lavil Keyila pou n' goumen ak lame moun Filisti yo

23:4b.1SA.023.004 David tounen al pale ak Seyè a ankò. Seyè a reponn li: -Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou

23:5b.1SA.023.005 Se konsa, David mache sou lavil Keyila avèk tout moun ki te avè l' yo. Li atake moun Filisti yo. Li touye anpil nan yo, epi li pran tout zannimo yo. Se konsa David te delivre moun lavil Keyila yo

23:6b.1SA.023.006 Lè Abyata, pitit gason Akimelèk la, te sove al jwenn David, li te desann lavil Keyila avèk Bwat Kontra Bondye a nan men l'

23:7b.1SA.023.007 Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di: -Bondye lage l' nan men m' koulye a. Gade ki jan David al fèmen kò l' nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pòtay byen solid

23:8b.1SA.023.008 Se konsa Sayil fè rele tout lame li a pou y' al goumen, pou yo mache sou lavil Keyila, pou yo sènen David ansanm ak tout moun ki te avè l' yo

23:9b.1SA.023.009 Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l', li rele Abyata, prèt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini

23:10b.1SA.023.010 Epi David di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, mwen tande yo di Sayil pare pou l' antre lavil Keyila, pou l' kraze l' nèt e se dèyè m' li ye

23:11b.1SA.023.011 Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men l'? Eske se tout bon Sayil ap desann jan yo di m' li an? O Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, di m' si se vre? Seyè a reponn: -Sayil ap desann vre

23:12b.1SA.023.012 David di li: -Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men Sayil? Seyè a reponn: -Y'ap fè l' vre

23:13b.1SA.023.013 Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Yo te sisan (600) konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lè Sayil vin konnen David te chape soti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankò

23:14b.1SA.023.014 David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil

23:15b.1SA.023.015 Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te soti pou touye l'. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la

23:16b.1SA.023.016 Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li

23:17b.1SA.023.017 Li t'ap di l' konsa: -David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou

23:18b.1SA.023.018 De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li

23:19b.1SA.023.019 Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a

23:20b.1SA.023.020 Nenpòt kilè ou fè lide desann lakay nou, ou mèt desann, n'a mete men sou li pou nou ba ou li

23:21b.1SA.023.021 Sayil reponn yo: -Se pou Seyè a beni nou pou sa n'ap fè pou mwen la a

23:22b.1SA.023.022 Ale non. Ale wè si se vre. Se pou nou chache konnen byen kote li fè, ki moun ki wè l' la. Paske yo di m' li malen anpil

23:23b.1SA.023.023 Chache konnen tout kote li kab kache. Epi lè n'a sèten tout bon, n'a tounen vin jwenn mwen. Lè sa a, m'a desann avèk nou. Si li la toujou nan peyi a, m' aval chache l', menm si m' dwe fouye nan tout rakwen peyi Jida a

23:24b.1SA.023.024 Se konsa moun Zif yo leve, yo pran devan wa a, yo pati pou peyi yo. David menm ansanm ak moun li yo te nan dezè Maon an, nan fon ki nan pòsyon sid dezè a

23:25b.1SA.023.025 Sayil ak moun pa l' yo mete chache David. Men David vin konn sa. Li desann nan Pas Galèt la, ki nan dezè Maon an. Epi li rete la. Lè Sayil vin konn sa, li desann dèyè David nan dezè Maon an

23:26b.1SA.023.026 Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li

23:27b.1SA.023.027 Lè sa a, yon mesaje vin jwenn Sayil, li di l' konsa: -Tounen touswit, paske men moun Filisti yo ap anvayi peyi a

23:28b.1SA.023.028 Sayil sispann kouri dèyè David, l' al mache kontre moun Filisti yo. Se poutèt sa yo rele ravin sa a Galèt Separasyon

23:29b.1SA.023.029 David menm ale nan falèz Angedi yo, li rete kache la

24

24:1b.1SA.024.001 Lè Sayil tounen soti fè lagè ak moun Filisti yo, yo vin di l' David te nan dezè Angedi a

24:2b.1SA.024.002 Sayil pran twamil (3000) sòlda nan pèp Izrayèl la, sa ki te fò anpil nan fè lagè. Epi li pati al chache David ak mesye l' yo sou solèy leve Wòch Kabrit mawon yo

24:3b.1SA.024.003 Li rive devan yon gwòt ki te toupre yon pak mouton bò wout la. Li antre nan gwòt la al fè bezwen li. David menm te kache nan fon gwòt la ansanm ak mesye l' yo

24:4b.1SA.024.004 Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa

24:5b.1SA.024.005 Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a

24:6b.1SA.024.006 Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa

24:7b.1SA.024.007 David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwòt la, li mache al fè wout li

24:8b.1SA.024.008 Lè sa a, David soti dèyè l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè

24:9b.1SA.024.009 Epi li di: -Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou

24:10b.1SA.024.010 Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Seyè a te lage ou nan men m' anndan gwòt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mèt mwen, paske se Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa

24:11b.1SA.024.011 Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'

24:12b.1SA.024.012 Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou

24:13b.1SA.024.013 Jan pwovèb granmoun lontan yo di: Se moun mechan ki fè mechanste! Men mwen p'ap leve men m' sou ou

24:14b.1SA.024.014 Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis

24:15b.1SA.024.015 Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou

24:16b.1SA.024.016 Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye

24:17b.1SA.024.017 Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou

24:18b.1SA.024.018 Jòdi a ankò, ou fè m' wè se byen ou vle fè pou mwen paske, atout Seyè a lage m' nan men ou, ou pa touye m'

24:19b.1SA.024.019 Lè yon moun jwenn okazyon pou l' mete men l' sou lènmi l', èske l'ap kite l' al fè wout li san li pa fè l' anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a

24:20b.1SA.024.020 Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm

24:21b.1SA.024.021 Men tanpri, pwomèt mwen, nan non Seyè a, ou p'ap touye pitit mwen yo lè m'a mouri, pou non m' pa disparèt nan fanmi papa m'

24:22b.1SA.024.022 David pwomèt Sayil li p'ap fè sa. Apre sa, Sayil al lakay li. David menm tounen nan kachèt li ansanm ak mesye pa l' yo

25

25:1b.1SA.025.001 Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an

25:2b.1SA.025.002 Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil (3.000) tèt mouton ak mil (1000) tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo

25:3b.1SA.025.003 Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo

25:4b.1SA.025.004 Antan David nan dezè a, li vin konnen Nabal t'ap taye lenn mouton l' yo

25:5b.1SA.025.005 Li voye dis jenn gason bò kote l'. Li di yo konsa: -Moute lavil Kamèl, ale lakay Nabal, n'a di l' mwen voye bonjou pou li

25:6b.1SA.025.006 Men sa n'a di l': David, frè ou, voye bonjou pou ou ak pou tout moun lakay ou. Li swete tout bagay ap mache byen lakay ou

25:7b.1SA.025.007 Li tande ou ap taye lenn mouton ou yo. Li voye di ou lè gadò mouton ou yo te avèk nou, nou pa t' janm fè yo anyen. Yo pa janm pèdi anyen pandan tout tan yo te nan zòn Kamèl la

25:8b.1SA.025.008 Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan

25:9b.1SA.025.009 Mesye David yo rive vre, yo bay Nabal komisyon an nan non David. Epi yo rete tann

25:10b.1SA.025.010 Apre yon ti tan, Nabal reponn yo: -David? Pitit gason Izayi a? Mwen pa konnen l' non. Atò, koulye peyi a plen yon bann domestik ki sove kite lakay mèt yo

25:11b.1SA.025.011 Anhan! Pou m' pran pen ak dlo lakay mwen ak vyann bèt nou fè touye pou gadò mouton m' yo, pou m' bay yon bann moun mwen pa konnen kote yo soti

25:12b.1SA.025.012 Mesye yo tounen al jwenn David. Lè yo rive, yo rapòte ba li tou sa Nabal te di

25:13b.1SA.025.013 David di yo: -Pran nepe nou, pase yo nan ren nou. Yo tout pase nepe yo nan ren yo. David tou. Lèfini, katsan (400) nan mesye yo ale avèk David. Lòt desan yo (200) rete dèyè ak pwovizyon yo

25:14b.1SA.025.014 Yonn nan domestik Nabal yo al avèti Abigayèl, madanm Nabal, li di l': -David te voye kèk mesaje soti nan dezè a avèk bèl bonjou pou mèt nou an. Men li menm, li pale mal ak yo

25:15b.1SA.025.015 Men, mesye sa yo te bon pou nou: Yo pa t' janm chache nou kont. Nou pa t' janm pèdi anyen pandan tout tan nou te la ansanm ak yo nan savann lan

25:16b.1SA.025.016 Yo te pwoteje nou lajounen kou lannwit pandan tout tan nou te la nan mitan yo ap pran swen bann mouton nou yo

25:17b.1SA.025.017 Koulye a, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l'. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li

25:18b.1SA.025.018 Abigayèl prese pran desan (200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (200) gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik

25:19b.1SA.025.019 Lèfini, li di domestik li yo: -Nou mèt pran devan, mwen menm mwen dèyè. Men li pa di Nabal, mari l' anyen

25:20b.1SA.025.020 Abigayèl te moute sou yon bourik. Li t'ap desann yon ti mòn lè li rive nan yon koub, li tonbe bab pou bab ak David ki t'ap mache sou li ansanm ak mesye l' yo. Yo kontre

25:21b.1SA.025.021 David t'ap di nan kè li: -Sa m' te bezwen pwoteje tou sa nonm sa a te genyen nan dezè a fè? Li pa janm pèdi anyen nan sa ki te pou li. Epi se konsa l'ap peye m' pou tout byen mwen fè pou li yo

25:22b.1SA.025.022 Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si anvan denmen maten mwen pa touye dènye moun lakay li, granmoun kou timoun

25:23b.1SA.025.023 Wè Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l' ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè

25:24b.1SA.025.024 Apre sa, li lage kò l' nan pye David, li di l' konsa: -Tanpri, chèf mwen, ban m' pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou

25:25b.1SA.025.025 Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo

25:26b.1SA.025.026 Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal

25:27b.1SA.025.027 Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo

25:28b.1SA.025.028 Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou

25:29b.1SA.025.029 Si yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Seyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l' tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal

25:30b.1SA.025.030 Konsa, lè Seyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la

25:31b.1SA.025.031 wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'

25:32b.1SA.025.032 David di Abigayèl konsa: -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m'

25:33b.1SA.025.033 Kite m' di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou deske jòdi a ou vin kenbe men m' pou m' pa mete san moun deyò, pou m' pa tire revanj mwen mwen menm

25:34b.1SA.025.034 Seyè a pa kite m' fè ou anyen. Men tou, si ou pa t' prese vin kontre avè m', mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, anvan denmen maten tout gason fanmi Nabal yo, ata ti gason piti yo, t'ap pèdi lavi yo

25:35b.1SA.025.035 Abigayèl renmèt David tou sa li te pote, epi David di l': -Tounen lakay ou ak kè poze! Mwen koute tou sa ou di m' la a. Ou pa bezwen bat kò ou

25:36b.1SA.025.036 Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten

25:37b.1SA.025.037 Nan maten, lè Nabal fin desoule, madanm li rakonte l' tout bagay. Msye fè yon kriz kè, li vin paralize nan tout kò l'

25:38b.1SA.025.038 Dis jou apre sa, Seyè a frape Nabal, Nabal mouri

25:39b.1SA.025.039 Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: -Lwanj pou Seyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m' lan, li kenbe men m' pou m' pa fè sa ki mal. Seyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l' pou madanm

25:40b.1SA.025.040 Moun David yo al jwenn Abigayèl lavil Kamèl. Yo pale avè l', yo di l' konsa: -David voye nou bò kote ou pou nou mennen ou ba li pou l' sa marye avè ou

25:41b.1SA.025.041 Abigayèl leve, li lage kò l' ajenou, li bese tèt li atè epi li di: -Se domestik li mwen ye, mwen tou pare pou m' lave pye moun pa l' yo

25:42b.1SA.025.042 Abigayèl leve byen vit, li moute bourik li. Li pran senk jenn fi ki t'ap sèvi avè l' lakay li. Li pati ak mesaje David yo. Se konsa li vin madanm David

25:43b.1SA.025.043 David te deja marye ak Akinoam, moun lavil Jizreyèl. Li vin pran Abigayèl koulye a, sa te fè l' de madanm

25:44b.1SA.025.044 Sayil menm bò pa l' te pran Mikal, pitit fi li a ki te madanm David, li marye l' ak Palti, pitit gason Layis, moun lavil Galim

26

26:1b.1SA.026.001 Moun ki rete nan dezè Zif yo al jwenn Sayil lavil Gibeya, yo di l': -Men David kache sou ti mòn Akila a, sou limit dezè peyi Jida a

26:2b.1SA.026.002 Sayil pati lamenm avèk twamil (3000) sòlda nan pi bon sòlda peyi Izrayèl la. Li desann nan dezè Zif la al dèyè David

26:3b.1SA.026.003 Li moute kan li sou ti mòn Akila a, toupre wout la, sou limit dezè a. David menm te nan dezè a toujou. Lè li vin konnen Sayil te vin dèyè l' nan dezè a

26:4b.1SA.026.004 li voye kèk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezè a

26:5b.1SA.026.005 David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'

26:6b.1SA.026.006 David pale ak Akimelèk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frè Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilès nan nou de a ki ta vle desann avè m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avè ou

26:7b.1SA.026.007 Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wè Sayil kouche ap dòmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tè a bò tèt li. Abnè ak tout rès sòlda yo te kouche bò kote l' ap dòmi tou

26:8b.1SA.026.008 Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa

26:9b.1SA.026.009 Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a

26:10b.1SA.026.010 Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè

26:11b.1SA.026.011 Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale

26:12b.1SA.026.012 David pran frenn lan ak krich dlo ki te bò tèt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wè sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dòmi an. Yo te dòmi nèt ale, paske Seyè a te fè yon gwo dòmi pran yo

26:13b.1SA.026.013 Lè sa a, David janbe lòt bò fon an, li kanpe sou tèt ti mòn lan, byen lwen ak yon bèl distans nan mitan li ak lame a

26:14b.1SA.026.014 Li pran rele sòlda yo ak Abnè, pitit gason Nè a, li di yo konsa: -Abnè o! Eske ou tande mwen? Abnè reponn: -Kilès k'ap rele nan zòrèy wa a konsa

26:15b.1SA.026.015 David di li: -Se pa gason ou ye? Ki moun ki ka koresponn avè ou nan peyi Izrayèl la? Poukisa ou pa pwoteje wa a, mèt ou, pi byen? Talè a, gen yon moun ki antre nan kan an ak lide pou l' te touye wa a

26:16b.1SA.026.016 Li pa bon non sa ou fè a. Ou manke sou travay ou, Abnè. Mwen fè sèman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mèt nou, wa Seyè a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bò tèt li a

26:17b.1SA.026.017 Sayil rekonèt vwa David, li di: -David, pitit mwen, se ou menm pa vre? David di li: -Se mwen wi, monwa

26:18b.1SA.026.018 Apre sa, li di ankò: -Chèmèt mwen, poukisa w'ap pousib mwen konsa, mwen menm k'ap sèvi ou la? Kisa m' fè? Ki krim mwen fè

26:19b.1SA.026.019 Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye

26:20b.1SA.026.020 Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye

26:21b.1SA.026.021 Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm

26:22b.1SA.026.022 David reponn li: -Monwa, men frenn ou an. Fè yonn nan moun ou yo janbe vin chache l'

26:23b.1SA.026.023 Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a

26:24b.1SA.026.024 Menm jan mwen te gen respè pou ou jòdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyè a pou l' fè menm bagay la pou mwen tou, lèfini pou l' wete m' nan tout tèt chaje sa yo

26:25b.1SA.026.025 Sayil di David: -Se pou Bondye beni ou, pitit gason mwen! Se pou tou sa w'ap fè mache byen! Apre sa, David al fè wout li, Sayil menm tounen lakay li

27

27:1b.1SA.027.001 David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò

27:2b.1SA.027.002 David leve ansanm ak sisan (600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat

27:3b.1SA.027.003 David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl

27:4b.1SA.027.004 Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li

27:5b.1SA.027.005 David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la

27:6b.1SA.027.006 Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo

27:7b.1SA.027.007 David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo

27:8b.1SA.027.008 Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip

27:9b.1SA.027.009 Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich

27:10b.1SA.027.010 Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo

27:11b.1SA.027.011 Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a

27:12b.1SA.027.012 Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'

28

28:1b.1SA.028.001 Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen

28:2b.1SA.028.002 David reponn li: -Se moun ou mwen ye. Ou pral wè sa m' ka fè. Akich di li: -Bon! Apre sa, m'ap fè ou gad kò mwen pou tout tan

28:3b.1SA.028.003 Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo

28:4b.1SA.028.004 Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l' sou mòn Gilboa

28:5b.1SA.028.005 Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li soti pè, kè l' pran bat byen fò

28:6b.1SA.028.006 Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo

28:7b.1SA.028.007 Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò

28:8b.1SA.028.008 Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'

28:9b.1SA.028.009 Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'

28:10b.1SA.028.010 Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: -Devan Seyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a

28:11b.1SA.028.011 Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyèl pou mwen

28:12b.1SA.028.012 Lè madanm lan wè Samyèl, li pete rele, li di Sayil: -Poukisa ou twonpe m' konsa? Ou se wa Sayil

28:13b.1SA.028.013 Wa a di l': -Ou pa bezwen pè. Kisa ou wè? Fanm lan di Sayil: -Mwen wè yon lespri k'ap moute soti anba tè a

28:14b.1SA.028.014 Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè

28:15b.1SA.028.015 Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè

28:16b.1SA.028.016 Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa

28:17b.1SA.028.017 Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito

28:18b.1SA.028.018 Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a

28:19b.1SA.028.019 Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo

28:20b.1SA.028.020 Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l' la a. Li te fèb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten

28:21b.1SA.028.021 Fanm lan al jwenn Sayil atè a, li wè jan Sayil t'ap tranble tèlman li te pè. Li di l' konsa: -Tanpri, mèt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fè sa ou te mande m' fè a

28:22b.1SA.028.022 Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fè sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fòs ankò pou ou ka al fè wout ou

28:23b.1SA.028.023 Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avè l' yo ansanm ak fanm lan pale avè l', yo fè l' tande rezon. Bout pou bout, li dakò, li leve sot atè a, li chita sou kabann lan

28:24b.1SA.028.024 Fanm lan te gen yon ti bèf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fè pat avè l', li kwit kèk ti pen san ledven

28:25b.1SA.028.025 Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lèfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati

29

29:1b.1SA.029.001 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la

29:2b.1SA.029.002 Senk chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t'ap mache dèyè nèt avèk mesye l' yo ansanm ak Akich

29:3b.1SA.029.003 Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a

29:4b.1SA.029.004 Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bèl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankò ak mèt li

29:5b.1SA.029.005 Lèfini, fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil

29:6b.1SA.029.006 Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wè ou la avè m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans

29:7b.1SA.029.007 Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande

29:8b.1SA.029.008 David reponn li: -Men, mèt mwen, kisa m' fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo

29:9b.1SA.029.009 Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la

29:10b.1SA.029.010 Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou

29:11b.1SA.029.011 Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l' yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl

30

30:1b.1SA.030.001 De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l' yo. Moun Amalèk yo te gen tan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt

30:2b.1SA.030.002 Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo

30:3b.1SA.030.003 Lè David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout

30:4b.1SA.030.004 David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò

30:5b.1SA.030.005 Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl

30:6b.1SA.030.006 David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj

30:7b.1SA.030.007 David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David

30:8b.1SA.030.008 David pale ak Seyè a, li di li: -Eske se pou m' ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyè a di li: -Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo

30:9b.1SA.030.009 Se konsa David pati avèk sisan (600) mesye ki te avè l' yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la

30:10b.1SA.030.010 David menm kontinye sou wout li avèk katsan (400) moun. Lòt desan (200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a

30:11b.1SA.030.011 Mesye ki t' ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè

30:12b.1SA.030.012 Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwè dlo

30:13b.1SA.030.013 David mande l': -Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: -Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m' dèyè, paske mwen te malad

30:14b.1SA.030.014 Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag

30:15b.1SA.030.015 David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a

30:16b.1SA.030.016 Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo

30:17b.1SA.030.017 Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale

30:18b.1SA.030.018 David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou

30:19b.1SA.030.019 David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen

30:20b.1SA.030.020 Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bèt yo devan, yo t'ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la

30:21b.1SA.030.021 David t'ap tounen, li rive bò desan (200) mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou

30:22b.1SA.030.022 Men, pami mesye ki t' ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak vòryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fè wout yo

30:23b.1SA.030.023 Men David di yo konsa: -Frè m' yo, nou pa ka fè sa ak sa Seyè a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou

30:24b.1SA.030.024 Pesonn pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen

30:25b.1SA.030.025 Se konsa depi jou sa a, David fè prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jòdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayèl

30:26b.1SA.030.026 Lè David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Seyè yo

30:27b.1SA.030.027 Li voye bay moun lavil Betèl, bay moun lavil Rama nan zòn Negèv la, bay moun lavil Yati

30:28b.1SA.030.028 bay moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa

30:29b.1SA.030.029 bay moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyèl yo ak nan lavil moun Kayen yo

30:30b.1SA.030.030 bay moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak

30:31b.1SA.030.031 bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l' yo te pase

31

31:1b.1SA.031.001 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò

31:2b.1SA.031.002 Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt

31:3b.1SA.031.003 Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble

31:4b.1SA.031.004 Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li

31:5b.1SA.031.005 Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil

31:6b.1SA.031.006 Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri

31:7b.1SA.031.007 Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo

31:8b.1SA.031.008 Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a

31:9b.1SA.031.009 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la

31:10b.1SA.031.010 Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an

31:11b.1SA.031.011 Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil

31:12b.1SA.031.012 tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l' yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo

31:13b.1SA.031.013 Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. 1 Samuel (Creole). 1 Samuel (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-902C-4