Exodus (Creole)

Exodus (Creole)

1

1:1b.EXO.001.001 Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l' nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo

1:2b.EXO.001.002 Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida

1:3b.EXO.001.003 Isaka, Zabilon epi Benjamen

1:4b.EXO.001.004 Dann ak Nèftali, Gad ak Asè

1:5b.EXO.001.005 Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la

1:6b.EXO.001.006 Apre sa, Jozèf mouri, tout frè l' yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo

1:7b.EXO.001.007 Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a

1:8b.EXO.001.008 Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t' konn anyen sou Jozèf

1:9b.EXO.001.009 Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou

1:10b.EXO.001.010 Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a

1:11b.EXO.001.011 Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje

1:12b.EXO.001.012 Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t'ap fè pitit, se plis yo t'ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo

1:13b.EXO.001.013 Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav

1:14b.EXO.001.014 Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo

1:15b.EXO.001.015 Lè sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lòt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo

1:16b.EXO.001.016 li di yo: -Lè n'ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv

1:17b.EXO.001.017 Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou

1:18b.EXO.001.018 Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo: -Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou

1:19b.EXO.001.019 Medam yo reponn: -Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouraj sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gen tan akouche

1:20b.EXO.001.020 Bondye te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap vin pi fò

1:21b.EXO.001.021 Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit

1:22b.EXO.001.022 Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv

2

2:1b.EXO.002.001 Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch fanmi an

2:2b.EXO.002.002 Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l' pandan twa mwa

2:3b.EXO.002.003 Men, li pa t' kapab kache l' pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l' byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l'. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l' nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a

2:4b.EXO.002.004 Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l' wè sak tapral rive pitit la

2:5b.EXO.002.005 Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'

2:6b.EXO.002.006 Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l' fè l' mal pou li. Li di: -Se yonn nan timoun ebre yo

2:7b.EXO.002.007 Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: -Eske ou vle m al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou

2:8b.EXO.002.008 Fi Farawon an di li: -Ale non. Ti fi a al chache manman ti pitit la

2:9b.EXO.002.009 Fi farawon an di manman an konsa: -Pran ti pitit sa a, mete l' nan tete pou mwen. m'a peye ou pou sa. Madanm lan pran ti pitit la, li ba l' tete

2:10b.EXO.002.010 Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l' bay fi farawon an ki adopte l' pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: -Se nan dlo mwen wete l'. Se konsa, li rele l' Moyiz

2:11b.EXO.002.011 Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo

2:12b.EXO.002.012 Li voye je l' adwat, li voye je l' agoch, li pa wè pesonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la

2:13b.EXO.002.013 Nan denmen, li soti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: -Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa

2:14b.EXO.002.014 Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a

2:15b.EXO.002.015 Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi

2:16b.EXO.002.016 Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè

2:17b.EXO.002.017 Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè

2:18b.EXO.002.018 Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: -Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a

2:19b.EXO.002.019 Yo reponn li: -Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè

2:20b.EXO.002.020 Reouyèl mande pitit fi li yo: -Kote msye? Poukisa nou kite l' laba a? Al rele l' pou l' vin pran kichòy ak nou

2:21b.EXO.002.021 Moyiz te dakò pou l' te rete lakay nonm sa a. Reouyèl bay Moyiz Sefora, yonn nan pitit fi li yo, pou madanm

2:22b.EXO.002.022 Sefora fè yon ti gason. Lè sa a, Moyiz di: -Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa, li te rele pitit la Gèchon

2:23b.EXO.002.023 Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la

2:24b.EXO.002.024 Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb

2:25b.EXO.002.025 Bondye te wè nan ki sitiyasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l'

3

3:1b.EXO.003.001 Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a

3:2b.EXO.003.002 Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule

3:3b.EXO.003.003 Lè sa a, Moyiz di nan kè l': -Kite m' pwoche pi pre pou m' wè bagay dwòl sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule

3:4b.EXO.003.004 Lè Seyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l' gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l', li di: -Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: -Men mwen wi

3:5b.EXO.003.005 Bondye di: -Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen

3:6b.EXO.003.006 Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye

3:7b.EXO.003.007 Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri

3:8b.EXO.003.008 Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo

3:9b.EXO.003.009 Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo

3:10b.EXO.003.010 Koulye a, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an soti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la soti kite peyi sa a

3:11b.EXO.003.011 Moyiz di Bondye: -Ki moun mwen ye menm pou m' ta penmèt mwen ale bò kot farawon an pou m' fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip

3:12b.EXO.003.012 Bondye di l': -M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la soti kite peyi Lejip, n'a sèvi m' sou mòn sa a

3:13b.EXO.003.013 Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo

3:14b.EXO.003.014 Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo

3:15b.EXO.003.015 Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit

3:16b.EXO.003.016 Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase

3:17b.EXO.003.017 Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo

3:18b.EXO.003.018 Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an

3:19b.EXO.003.019 Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l'

3:20b.EXO.003.020 Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale

3:21b.EXO.003.021 m'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap soti san anyen nan men nou

3:22b.EXO.003.022 Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen

4

4:1b.EXO.004.001 Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen

4:2b.EXO.004.002 Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton

4:3b.EXO.004.003 Seyè a di l': -Jete l' atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri

4:4b.EXO.004.004 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l', li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz

4:5b.EXO.004.005 Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou

4:6b.EXO.004.006 Seyè a di l' ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l', men l' te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp

4:7b.EXO.004.007 Seyè a di l': -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l', men li te menm koulè ak rès kò li

4:8b.EXO.004.008 Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a

4:9b.EXO.004.009 Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san

4:10b.EXO.004.010 Moyiz di Seyè a: -Eskize m' wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare

4:11b.EXO.004.011 Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a

4:12b.EXO.004.012 Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di

4:13b.EXO.004.013 Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito

4:14b.EXO.004.014 Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou

4:15b.EXO.004.015 W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè

4:16b.EXO.004.016 L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di

4:17b.EXO.004.017 Kanta baton sa a, toujou kenbe l' nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo

4:18b.EXO.004.018 Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze

4:19b.EXO.004.019 Antan Moyiz nan peyi Madyan, Seyè a di l': -Koulye a, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri

4:20b.EXO.004.020 Moyiz pran madanm li ak pitit gason l' yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l'

4:21b.EXO.004.021 Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale

4:22b.EXO.004.022 W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen

4:23b.EXO.004.023 Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l' ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan

4:24b.EXO.004.024 Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l'

4:25b.EXO.004.025 Sefora pran yon moso ròch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l' lan, li voye l' jete nan pye Moyiz. Epi li di: -Se yon mari san ou ye pou mwen

4:26b.EXO.004.026 Apre sa, Seyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen

4:27b.EXO.004.027 Seyè a di Arawon: -Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l' nan kou l'

4:28b.EXO.004.028 Moyiz di Arawon tou sa Seyè a te di l' anvan li te voye l' la. Li fè l' konnen tout mirak Seyè a te ba li lòd fè

4:29b.EXO.004.029 Moyiz ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la

4:30b.EXO.004.030 Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la

4:31b.EXO.004.031 Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye

5

5:1b.EXO.005.001 Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a

5:2b.EXO.005.002 Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote

5:3b.EXO.005.003 Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè

5:4b.EXO.005.004 Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou

5:5b.EXO.005.005 Farawon an di ankò: -Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atò, nou ta vle pou yo kite travay yo

5:6b.EXO.005.006 Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayèl ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a

5:7b.EXO.005.007 -Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen

5:8b.EXO.005.008 Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an

5:9b.EXO.005.009 Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gen tan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo

5:10b.EXO.005.010 Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la: -Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò

5:11b.EXO.005.011 Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay

5:12b.EXO.005.012 Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay

5:13b.EXO.005.013 Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la

5:14b.EXO.005.014 Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pa t' bay menm valè brik nou te konn fè anvan an

5:15b.EXO.005.015 Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa

5:16b.EXO.005.016 Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa

5:17b.EXO.005.017 Farawon an reponn yo: -Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n al ofri bèt pou nou touye bay Seyè a

5:18b.EXO.005.018 Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la

5:19b.EXO.005.019 Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitiyasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn

5:20b.EXO.005.020 Antan y'ap soti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo

5:21b.EXO.005.021 Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la

5:22b.EXO.005.022 Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'

5:23b.EXO.005.023 Depi menm lè mwen t al bò kote farawon an pou m' pale avè l' pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la

6

6:1b.EXO.006.001 Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a

6:2b.EXO.006.002 Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a

6:3b.EXO.006.003 Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a

6:4b.EXO.006.004 Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a

6:5b.EXO.006.005 Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a

6:6b.EXO.006.006 Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini

6:7b.EXO.006.007 M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a

6:8b.EXO.006.008 Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt

6:9b.EXO.006.009 Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo

6:10b.EXO.006.010 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa

6:11b.EXO.006.011 -Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l' konsa pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la

6:12b.EXO.006.012 Men, Moyiz di Seyè a: -Ata pèp Izrayèl la pa t' koute m', atò se farawon an ki ta koute m'? Mwen tou pa konn pale

6:13b.EXO.006.013 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip

6:14b.EXO.006.014 Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa

6:15b.EXO.006.015 Apre li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa

6:16b.EXO.006.016 Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an)

6:17b.EXO.006.017 Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi

6:18b.EXO.006.018 Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (133 an)

6:19b.EXO.006.019 Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo

6:20b.EXO.006.020 Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (137 an)

6:21b.EXO.006.021 Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri

6:22b.EXO.006.022 Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri

6:23b.EXO.006.023 Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon

6:24b.EXO.006.024 Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa

6:25b.EXO.006.025 Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo

6:26b.EXO.006.026 Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup

6:27b.EXO.006.027 Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa

6:28b.EXO.006.028 Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l'

6:29b.EXO.006.029 -Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la

6:30b.EXO.006.030 Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Seyè a, li di l': -Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m'

7

7:1b.EXO.007.001 Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt

7:2b.EXO.007.002 W'a di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l'a repete l' bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayèl yo pati kite peyi a

7:3b.EXO.007.003 Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la

7:4b.EXO.007.004 Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip

7:5b.EXO.007.005 Lè m'a frape peyi Lejip, lè m'a fè pitit Izrayèl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyè a vre

7:6b.EXO.007.006 Moyiz ak Arawon te fè tou sa Seyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a

7:7b.EXO.007.007 Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an

7:8b.EXO.007.008 Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa

7:9b.EXO.007.009 -Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l' lan, voye l' atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv

7:10b.EXO.007.010 Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv

7:11b.EXO.007.011 Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou

7:12b.EXO.007.012 Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo

7:13b.EXO.007.013 Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a

7:14b.EXO.007.014 Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale

7:15b.EXO.007.015 Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l' al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l' nan men ou

7:16b.EXO.007.016 W'a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'

7:17b.EXO.007.017 Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san

7:18b.EXO.007.018 Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan li ankò

7:19b.EXO.007.019 Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo

7:20b.EXO.007.020 Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san

7:21b.EXO.007.021 Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a

7:22b.EXO.007.022 Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a

7:23b.EXO.007.023 Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive

7:24b.EXO.007.024 Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pròp pou yo bwè, paske yo pa t' kapab bwè dlo gwo larivyè a

7:25b.EXO.007.025 Apre Seyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase

8

8:1b.EXO.008.001 Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l' kapab fè sèvis pou mwen

8:2b.EXO.008.002 Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou

8:3b.EXO.008.003 Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat

8:4b.EXO.008.004 Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo

8:5b.EXO.008.005 Seyè a di Moyiz: -Di Arawon lonje men li avèk baton l' lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la

8:6b.EXO.008.006 Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a

8:7b.EXO.008.007 Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la

8:8b.EXO.008.008 Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a

8:9b.EXO.008.009 Lè sa a Moyiz di farawon an: -Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m' lapriyè Seyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m' kilè ou vle pou Seyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase

8:10b.EXO.008.010 Farawon an reponn: -W'a fè sa denmen. Moyiz di li: -Sa va pase jan ou di l' la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Seyè a, Bondye nou an

8:11b.EXO.008.011 Krapo yo pral soti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo

8:12b.EXO.008.012 Moyiz ak Arawon soti lakay farawon an. Moyiz lapriyè Seyè a ak tout kè l' pou krapo li te voye sou farawon yo

8:13b.EXO.008.013 Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la: krapo yo mouri toupatou, nan kay, nan lakou, nan jaden

8:14b.EXO.008.014 Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo

8:15b.EXO.008.015 Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a

8:16b.EXO.008.016 Seyè a di Moyiz konsa: -Di Arawon lonje baton l' lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la

8:17b.EXO.008.017 Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la

8:18b.EXO.008.018 Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt

8:19b.EXO.008.019 Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a

8:20b.EXO.008.020 Seyè a di Moyiz ankò: -Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l': men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen

8:21b.EXO.008.021 Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a

8:22b.EXO.008.022 Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a

8:23b.EXO.008.023 m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a

8:24b.EXO.008.024 Seyè a fè sa vre jan l' te di l' la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l' yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la

8:25b.EXO.008.025 Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l' isit la nan peyi a

8:26b.EXO.008.026 Moyiz reponn li: -Li p'ap bon pou nou fè l' konsa, paske moun peyi Lejip yo ka ofiske lè y'a wè ki kalite bèt nou touye pou ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou ofri bagay sa yo devan moun peyi Lejip yo, y'a ka touye nou ak kout ròch

8:27b.EXO.008.027 Se pou nou mache twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an

8:28b.EXO.008.028 Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou

8:29b.EXO.008.029 Moyiz di l' konsa: -Kou m' soti isit la, mwen pral lapriyè Seyè a. Denmen mouchavè yo ap soti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Seyè a

8:30b.EXO.008.030 Moyiz soti lakay farawon an, l' al lapriyè Seyè a

8:31b.EXO.008.031 Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la. Li fè mouchavè yo soti sou farawon an, sou tout moun pa l' yo ansanm ak sou tout pèp la. Li fè yo ale byen lwen. Pa yon mouchavè pa t' rete

8:32b.EXO.008.032 Men, menm jou sa a, farawon an fè tèt di ankò, li pa t' vle kite pèp la ale

9

9:1b.EXO.009.001 Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen

9:2b.EXO.009.002 Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sak pral rive

9:3b.EXO.009.003 M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo

9:4b.EXO.009.004 Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri

9:5b.EXO.009.005 Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a

9:6b.EXO.009.006 Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri

9:7b.EXO.009.007 Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale

9:8b.EXO.009.008 Apre sa, Seyè a di Moyiz ak Arawon: -Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an

9:9b.EXO.009.009 Sann lan pral gaye tankou pousyè pou l' kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè malenng

9:10b.EXO.009.010 Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng

9:11b.EXO.009.011 Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo

9:12b.EXO.009.012 Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la

9:13b.EXO.009.013 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen

9:14b.EXO.009.014 Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè

9:15b.EXO.009.015 Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè

9:16b.EXO.009.016 Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè

9:17b.EXO.009.017 Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale

9:18b.EXO.009.018 Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a

9:19b.EXO.009.019 Koulye a, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri

9:20b.EXO.009.020 Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Seyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay

9:21b.EXO.009.021 Men, gen lòt ki pa t' okipe sa Seyè a te di. Yo kite tout domestik yo ak tout bèt yo deyò

9:22b.EXO.009.022 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden

9:23b.EXO.009.023 Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la

9:24b.EXO.009.024 Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi

9:25b.EXO.009.025 Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa

9:26b.EXO.009.026 Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete

9:27b.EXO.009.027 Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò

9:28b.EXO.009.028 Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò

9:29b.EXO.009.029 Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye

9:30b.EXO.009.030 Men mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Seyè a, Bondye a

9:31b.EXO.009.031 Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri

9:32b.EXO.009.032 Men ble ak pitimi pa t' gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo

9:33b.EXO.009.033 Moyiz soti lakay farawon an, l' al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la sispann, lagrèl la rete. pa t' gen lapli ankò

9:34b.EXO.009.034 Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loraj la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l' yo

9:35b.EXO.009.035 Nan fè tèt di sa a, li pa t' kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Seyè a te fè Moyiz al di l' la

10

10:1b.EXO.010.001 Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo

10:2b.EXO.010.002 Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a

10:3b.EXO.010.003 Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen

10:4b.EXO.010.004 Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m' pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a

10:5b.EXO.010.005 Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo

10:6b.EXO.010.006 Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an

10:7b.EXO.010.007 Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini

10:8b.EXO.010.008 Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale

10:9b.EXO.010.009 Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a

10:10b.EXO.010.010 Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo

10:11b.EXO.010.011 Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l' fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li

10:12b.EXO.010.012 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite

10:13b.EXO.010.013 Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini

10:14b.EXO.010.014 Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò

10:15b.EXO.010.015 Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt

10:16b.EXO.010.016 Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou

10:17b.EXO.010.017 Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'

10:18b.EXO.010.018 Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a

10:19b.EXO.010.019 Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la

10:20b.EXO.010.020 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale

10:21b.EXO.010.021 Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo

10:22b.EXO.010.022 Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou

10:23b.EXO.010.023 Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a

10:24b.EXO.010.024 Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la

10:25b.EXO.010.025 Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an

10:26b.EXO.010.026 Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Seyè a

10:27b.EXO.010.027 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t' vle kite yo ale

10:28b.EXO.010.028 Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou

10:29b.EXO.010.029 Moyiz reponn li: -Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò

11

11:1b.EXO.011.001 Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l' kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò

11:2b.EXO.011.002 Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazen yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò

11:3b.EXO.011.003 Seyè a te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil

11:4b.EXO.011.004 Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo

11:5b.EXO.011.005 Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou

11:6b.EXO.011.006 Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò

11:7b.EXO.011.007 Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la

11:8b.EXO.011.008 Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an

11:9b.EXO.011.009 Seyè a di Moyiz: -Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip

11:10b.EXO.011.010 Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou

12

12:1b.EXO.012.001 Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo

12:2b.EXO.012.002 -Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo

12:3b.EXO.012.003 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay

12:4b.EXO.012.004 Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje

12:5b.EXO.012.005 Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit

12:6b.EXO.012.006 N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa

12:7b.EXO.012.007 N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l' sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la

12:8b.EXO.012.008 Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman

12:9b.EXO.012.009 Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankè ak tout tonbe a

12:10b.EXO.012.010 Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l' nan dife

12:11b.EXO.012.011 Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase

12:12b.EXO.012.012 Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a

12:13b.EXO.012.013 San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou

12:14b.EXO.012.014 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo

12:15b.EXO.012.015 Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la

12:16b.EXO.012.016 Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè ankenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje

12:17b.EXO.012.017 N'a toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo soti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan

12:18b.EXO.012.018 Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje

12:19b.EXO.012.019 Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou

12:20b.EXO.012.020 Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven

12:21b.EXO.012.021 Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou

12:22b.EXO.012.022 Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l' nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l' sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pesonn soti deyò lakay yo jouk li jou

12:23b.EXO.012.023 Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou

12:24b.EXO.012.024 N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo

12:25b.EXO.012.025 Lè n'a antre nan peyi Seyè a pral ban nou an, jan l' te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a

12:26b.EXO.012.026 Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di

12:27b.EXO.012.027 n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a

12:28b.EXO.012.028 Lèfini, yo leve, y' ale, yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la

12:29b.EXO.012.029 Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri

12:30b.EXO.012.030 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò

12:31b.EXO.012.031 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a

12:32b.EXO.012.032 Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen

12:33b.EXO.012.033 Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri

12:34b.EXO.012.034 Se konsa pèp Izrayèl la pran pa t' farin lan san yo pa t' ankò mete ledven ladan l'. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo

12:35b.EXO.012.035 Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad

12:36b.EXO.012.036 Seyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo

12:37b.EXO.012.037 Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil (600,000) moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye

12:38b.EXO.012.038 Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou

12:39b.EXO.012.039 Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon

12:40b.EXO.012.040 Moun pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la

12:41b.EXO.012.041 Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la

12:42b.EXO.012.042 Se te yon jou lannwit. Seyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo soti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit

12:43b.EXO.012.043 Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'

12:44b.EXO.012.044 Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe

12:45b.EXO.012.045 Men, ni moun lòt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fèt la

12:46b.EXO.012.046 Se pou nou manje manje Delivrans lan anndan kay. Vyann lan pa fèt pou soti deyò menm. Ni nou pa fèt pou kraze ankenn zo bèt nou touye yo

12:47b.EXO.012.047 Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt sa a

12:48b.EXO.012.048 Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la

12:49b.EXO.012.049 Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou

12:50b.EXO.012.050 Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a

12:51b.EXO.012.051 Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la

13

13:1b.EXO.013.001 Seyè a di Moyiz konsa

13:2b.EXO.013.002 -Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye

13:3b.EXO.013.003 Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'

13:4b.EXO.013.004 Se jòdi a, se jou sa a, nan mwa Abib la, n'ap soti kite peyi Lejip

13:5b.EXO.013.005 Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a

13:6b.EXO.013.006 Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a

13:7b.EXO.013.007 Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Yo pa dwe jwenn ni pen ki fèt ak ledven, ni ledven menm lakay nou, nan tout peyi a

13:8b.EXO.013.008 Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la

13:9b.EXO.013.009 Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la

13:10b.EXO.013.010 Toujou fè sèvis sa a chak lanne, nan dat mwen te fikse a

13:11b.EXO.013.011 Lè Seyè a va fè nou antre nan peyi moun Kanaran yo, dapre pwomès li te fè nou an, nou menm ansanm ak zansèt nou yo, lè Seyè a va ban nou peyi sa a

13:12b.EXO.013.012 n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye

13:13b.EXO.013.013 Nan plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fè sa, se pou nou kase kou l'. Men, n'a ofri m' bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen

13:14b.EXO.013.014 Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la

13:15b.EXO.013.015 Seyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Seyè a tout premye mal bèt nou yo fe, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'

13:16b.EXO.013.016 Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip

13:17b.EXO.013.017 Lè farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè y'a wè batay yo gen pou yo fè

13:18b.EXO.013.018 Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame

13:19b.EXO.013.019 Moyiz pran zosman Jozèf yo avèk li, paske Jozèf te fè moun pèp Izrayèl yo fè sèman. Li te di yo: Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, se pou nou pati ak zosman mwen soti isit la

13:20b.EXO.013.020 Yo kite Soukòt, yo rive yon kote ki rele Etam, sou lizyè dezè a, yo pase kèk tan la

13:21b.EXO.013.021 Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit

13:22b.EXO.013.022 Lajounen, nwaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a

14

14:1b.EXO.014.001 Bondye pale ak Moyiz, li di l'

14:2b.EXO.014.002 -Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen dèyè, moute tant nou devan Pyakiròt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a

14:3b.EXO.014.003 Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a

14:4b.EXO.014.004 M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a

14:5b.EXO.014.005 Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di l' pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa l' yo chanje lide. Yo di: -Sa nou fè la a? Nou kite yo ale? Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou an

14:6b.EXO.014.006 Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li

14:7b.EXO.014.007 Li pran sisan (600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo

14:8b.EXO.014.008 Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen

14:9b.EXO.014.009 Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiròt anfas Baalsefon

14:10b.EXO.014.010 Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a

14:11b.EXO.014.011 Yo di Moyiz konsa: -Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou soti kite Lejip la

14:12b.EXO.014.012 Eske nou pa t' di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a

14:13b.EXO.014.013 Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò

14:14b.EXO.014.014 Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou

14:15b.EXO.014.015 Seyè a di Moyiz: -Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache

14:16b.EXO.014.016 Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk

14:17b.EXO.014.017 M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen

14:18b.EXO.014.018 Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a

14:19b.EXO.014.019 Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo

14:20b.EXO.014.020 Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan

14:21b.EXO.014.021 Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò

14:22b.EXO.014.022 Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo

14:23b.EXO.014.023 Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo

14:24b.EXO.014.024 Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo

14:25b.EXO.014.025 Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou

14:26b.EXO.014.026 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo

14:27b.EXO.014.027 Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a

14:28b.EXO.014.028 Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape

14:29b.EXO.014.029 Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo

14:30b.EXO.014.030 Sè jou sa a Seyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pèp Izrayèl yo te wè kadav moun peyi Lejip yo sou tout bò lanmè a

14:31b.EXO.014.031 Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la

15

15:1b.EXO.015.001 Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè

15:2b.EXO.015.002 Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa

15:3b.EXO.015.003 Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'

15:4b.EXO.015.004 Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la

15:5b.EXO.015.005 Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou ròch

15:6b.EXO.015.006 Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an

15:7b.EXO.015.007 Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay

15:8b.EXO.015.008 Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a

15:9b.EXO.015.009 Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo

15:10b.EXO.015.010 Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon

15:11b.EXO.015.011 Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou

15:12b.EXO.015.012 Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan

15:13b.EXO.015.013 Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a

15:14b.EXO.015.014 Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo

15:15b.EXO.015.015 Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj

15:16b.EXO.015.016 Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase

15:17b.EXO.015.017 Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè

15:18b.EXO.015.018 Seyè a ap gouvènen pou tout tan

15:19b.EXO.015.019 Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk

15:20b.EXO.015.020 Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse

15:21b.EXO.015.021 Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo

15:22b.EXO.015.022 Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè

15:23b.EXO.015.023 Yo rive yon kote ki rele Mara. Men, yo pa t' kapab bwè dlo ki te la a, paske li te twò anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara

15:24b.EXO.015.024 Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l': -Atò, kisa pou nou bwè koulye a

15:25b.EXO.015.025 Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo

15:26b.EXO.015.026 Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou

15:27b.EXO.015.027 Apre sa, yo rive Elim, yon kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye dat. Yo rete la, yo moute tant yo bò dlo a

16

16:1b.EXO.016.001 Apre sa, tout moun pèp Izrayèl yo pati kite Elim, yo rive nan dezè yo rele Sin lan, ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te pati kite Lejip

16:2b.EXO.016.002 Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a

16:3b.EXO.016.003 Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou

16:4b.EXO.016.004 Seyè a di Moyiz konsa: -Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre

16:5b.EXO.016.005 Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la

16:6b.EXO.016.006 Moyiz ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo: -Aswè a n'a konnen se Seyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip

16:7b.EXO.016.007 Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Seyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen

16:8b.EXO.016.008 Apre sa, Moyiz di yo: -Se Seyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Seyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Seyè a n'ap bougonnen

16:9b.EXO.016.009 Lè sa a Moyiz di Arawon: -Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Seyè a paske li tande jan n'ap plenyen an

16:10b.EXO.016.010 Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la

16:11b.EXO.016.011 Seyè a di Moyiz

16:12b.EXO.016.012 -Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou

16:13b.EXO.016.013 Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a

16:14b.EXO.016.014 Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a

16:15b.EXO.016.015 Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pa t' konn sa l' te ye. Yonn t'ap di lòt: -Sa sa ye sa? Moyiz di yo: -Sa a, se pen Seyè a ban nou pou nou manje

16:16b.EXO.016.016 Men lòd Seyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun

16:17b.EXO.016.017 Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti

16:18b.EXO.016.018 Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje

16:19b.EXO.016.019 Moyiz di yo: -Piga pesonn sere anyen pou denmen

16:20b.EXO.016.020 Men gen moun ki pa t' koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo

16:21b.EXO.016.021 Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn

16:22b.EXO.016.022 Sizyèm jou nan senmenn lan, yo te ranmase de fwa lavalè sa yo te konn ranmase chak jou a. Yo te ranmase sèt ti mamit pou chak moun. Tout chèf fanmi ki te alatèt pèp la vin di Moyiz sa

16:23b.EXO.016.023 Moyiz reponn yo: -Men lòd Seyè a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Seyè a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rès la pou denmen

16:24b.EXO.016.024 Jan Moyiz te ba yo lòd la, yo sere rès la pou denmen. Li pa t' gate, vè pa t' tonbe ladan l'

16:25b.EXO.016.025 Moyiz di yo: -Nou mèt manje rès la jòdi a, paske jòdi a se jou repo yo mete apa pou Seyè a. Jòdi a nou p'ap jwenn anyen deyò a

16:26b.EXO.016.026 Pandan sis premye jou senmenn lan n'a jwenn pou n' ranmase. Men setyèm jou a, jou repo a, nou p'ap jwenn anyen pou nou ranmase

16:27b.EXO.016.027 Setyèm jou a, gen kek moun nan pèp la ki te soti al ranmase manje, men yo pa jwenn anyen

16:28b.EXO.016.028 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Kilè n'a sispann dezobeyi lòd ak kòmandman mwen yo

16:29b.EXO.016.029 Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò

16:30b.EXO.016.030 Se konsa, lè setyèm jou a rive, pèp la pa fè ankenn travay

16:31b.EXO.016.031 Pèp Izrayèl la rele manje a laman. Li te gen fòm grenn pitimi. Li te tou blan, li te gen menm gou ak gato ki fèt ak siwo myèl

16:32b.EXO.016.032 Moyiz di yo: -Men lòd Seyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen laman pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou soti kite peyi Lejip la

16:33b.EXO.016.033 Apre sa Moyiz di Arawon: -Pran yon ti ja, mete twa ti mamit edmi laman ladan l'. Mete l' devan Seyè a pou l' ka rete pou pitit pitit nou yo

16:34b.EXO.016.034 Arawon fè sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li mete ti ja a devan Bwat Kontra a, li sere l' la

16:35b.EXO.016.035 Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran

16:36b.EXO.016.036 Twa ti mamit edmi, se valè twaka yon gwo mamit. Trannsenk ti mamit fè yon gwo bidon

17

17:1b.EXO.017.001 Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè

17:2b.EXO.017.002 Yo leve fè kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyè a konsa

17:3b.EXO.017.003 Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo

17:4b.EXO.017.004 Moyiz menm lapriyè nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fè ak moun sa yo? Yo san lè touye m' ak kout ròch

17:5b.EXO.017.005 Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache

17:6b.EXO.017.006 Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo ròch Orèb la. W'a frape ròch la, dlo va soti ladan l'. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la

17:7b.EXO.017.007 Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pèp Izrayèl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyè a lè yo te mande: Eske Seyè a nan mitan nou, wi ou non

17:8b.EXO.017.008 Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo

17:9b.EXO.017.009 Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen

17:10b.EXO.017.010 Jozye fè tou sa Moyiz te di l' fè. Li soti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our

17:11b.EXO.017.011 Tout tan Moyiz te kenbe men l' yo leve anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men, kou Moyiz bese men l', se moun Amalèk yo ki te pi fò

17:12b.EXO.017.012 Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fè l' mal. Arawon ak Our pran yon ròch, yo mete l' deyè Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche

17:13b.EXO.017.013 Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe

17:14b.EXO.017.014 Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò

17:15b.EXO.017.015 Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'

17:16b.EXO.017.016 Apre sa li di: -Men mwen leve men m' devan fotèy Seyè a, Seyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo

18

18:1b.EXO.018.001 Jetwo te pran nouvèl tou sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo sa a te prèt nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye

18:2b.EXO.018.002 Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Koulye a, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyi

18:3b.EXO.018.003 ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon

18:4b.EXO.018.004 Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè

18:5b.EXO.018.005 Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l' yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l' te moute tant li a, sou mòn Bondye a

18:6b.EXO.018.006 Jetwo voye di Moyiz: -Se mwen menm, Jetwo, bòpè ou, k'ap vin wè ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo

18:7b.EXO.018.007 Moyiz soti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l' pou di li bonjou, epi li bo l'. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la

18:8b.EXO.018.008 Moyiz rakonte bòpè l' tou sa Seyè a te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di l' tout tray yo te pase nan vwayaj la ak ki jan Seyè a te delivre yo

18:9b.EXO.018.009 Jetwo te kontan anpil lè l' tande tout bèl bagay Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l' te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo

18:10b.EXO.018.010 Jetwo di: -Lwanj pou Seyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Seyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo

18:11b.EXO.018.011 Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo

18:12b.EXO.018.012 Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a

18:13b.EXO.018.013 Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t'ap pase devan Moyiz

18:14b.EXO.018.014 Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman

18:15b.EXO.018.015 Moyiz reponn bòpè l' konsa: -Se sa pou m' fè paske pèp la vin kote m' pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans

18:16b.EXO.018.016 Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè

18:17b.EXO.018.017 Bòpè Moyiz la di l' konsa: -Jan w'ap fè l' la pa bon

18:18b.EXO.018.018 W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou

18:19b.EXO.018.019 Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye

18:20b.EXO.018.020 W'a moutre yo lòd Bondye, Seyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè

18:21b.EXO.018.021 Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun

18:22b.EXO.018.022 Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'

18:23b.EXO.018.023 Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze

18:24b.EXO.018.024 Moyiz koute konsèy bòpè l' la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l' fè yo

18:25b.EXO.018.025 Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun

18:26b.EXO.018.026 Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm

18:27b.EXO.018.027 Apre sa, Moyiz kite bòpè l' la pati. Epi Jetwo tounen tounen l' nan peyi l'

19

19:1b.EXO.019.001 Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te soti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a

19:2b.EXO.019.002 Lè yo kite Refidim, yo rive nan dezè Sinayi a. Se la yo moute tant yo, anfas mòn lan

19:3b.EXO.019.003 Moyiz moute sou mòn lan, l' al bò kote Bondye. Seyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l': -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen

19:4b.EXO.019.004 Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen

19:5b.EXO.019.005 Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre

19:6b.EXO.019.006 Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo

19:7b.EXO.019.007 Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Seyè a te ba li lòd di yo

19:8b.EXO.019.008 Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Seyè a repons pèp la

19:9b.EXO.019.009 Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn

19:10b.EXO.019.010 Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo

19:11b.EXO.019.011 Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'

19:12b.EXO.019.012 W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'

19:13b.EXO.019.013 y'a kalonnen l' kout ròch osinon y'a pèse l' ak kout flèch jouk li mouri, san pesonn p'ap bezwen manyen li ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l'. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan

19:14b.EXO.019.014 Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo

19:15b.EXO.019.015 Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm

19:16b.EXO.019.016 Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè

19:17b.EXO.019.017 Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan

19:18b.EXO.019.018 Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs

19:19b.EXO.019.019 Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj

19:20b.EXO.019.020 Seyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li

19:21b.EXO.019.021 Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri

19:22b.EXO.019.022 Ata prèt yo ki ka pwoche bò kote m', se pou yo mete tèt yo nan kondisyon pou sa tou. Si se pa sa, mwen ka touye yo

19:23b.EXO.019.023 Moyiz di Seyè a: -Pèp la p'ap kapab moute sou mòn Sinayi a, paske se ou menm ki defann yo moute, lè ou te di: Trase yon limit toutalantou mòn lan, mete l' apa pou mwen

19:24b.EXO.019.024 Lè sa a Seyè a di Moyiz: -Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m'. Si yo fè sa, m'ap touye yo

19:25b.EXO.019.025 Moyiz desann bò kote pèp la, li di yo tout bagay

20

20:1b.EXO.020.001 Bondye pran pale, li di

20:2b.EXO.020.002 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la

20:3b.EXO.020.003 Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman

20:4b.EXO.020.004 Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a

20:5b.EXO.020.005 Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa

20:6b.EXO.020.006 Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon

20:7b.EXO.020.007 Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li

20:8b.EXO.020.008 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen

20:9b.EXO.020.009 N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè

20:10b.EXO.020.010 Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou

20:11b.EXO.020.011 Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li

20:12b.EXO.020.012 Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an

20:13b.EXO.020.013 Piga nou touye moun

20:14b.EXO.020.014 Piga nou fè adiltè

20:15b.EXO.020.015 Piga nou pran sa ki pa pou nou

20:16b.EXO.020.016 Piga nou bay manti sou frè parèy nou

20:17b.EXO.020.017 Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou

20:18b.EXO.020.018 Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen

20:19b.EXO.020.019 Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri

20:20b.EXO.020.020 Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche

20:21b.EXO.020.021 Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a

20:22b.EXO.020.022 Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m' pale ak nou

20:23b.EXO.020.023 Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'

20:24b.EXO.020.024 N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou

20:25b.EXO.020.025 Si nou fe yon lòtèl ak ròch pou mwen, pa travay ròch n'a pran pou fè l' la. Paske lè ou travay yon ròch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò

20:26b.EXO.020.026 Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lòtèl mwen pou moun pa wè anba rad nou

21

21:1b.EXO.021.001 -Men regleman w'a mete devan moun pèp Izrayèl yo

21:2b.EXO.021.002 Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l' sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gen dwa al fè wout li san l' pa gen anyen pou l' peye ou

21:3b.EXO.021.003 Si li te pou kont li lè l' te vini an, li va ale pou kont li. Si li te gen madanm lè l' te vini an, madanm lan va ale avè l'

21:4b.EXO.021.004 Si se mèt li ki te ba li madanm, epi madanm lan te fè pitit pou li, ni pitit yo, ni manman lan va rete pou mèt la. Msye va al fè wout li pou kont li

21:5b.EXO.021.005 Men, si esklav la di: Mwen renmen mèt mwen, mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen yo, mwen pa vle vin lib ankò

21:6b.EXO.021.006 enben, lè sa a, mèt la va mennen l' devan Bondye. L'a fè l' pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri

21:7b.EXO.021.007 Lè yon nonm vann pitit fi li pou sèvi esklav, pitit fi sa a pa ka lib ankò, jan yo ka fè l' pou gason yo

21:8b.EXO.021.008 Si mèt la te fin dakò pou l' te pran fi a pou madanm, epi si apre sa fi a pa fè l' plezi ankò, msye va fè yon jan pou papa ak manman fi a achte l' nan men li ankò. Men, li pa gen dwa vann li bay yon moun lòt nasyon, paske se trayi l'a trayi fi a lè sa a

21:9b.EXO.021.009 Men, si li te fè lide bay pitit gason l' fi a, se pou l' aji avè l' tankou si se te pròp pitit fi li

21:10b.EXO.021.010 Si li pran yon lòt madanm sou li, li pa gen dwa wete anyen sou sa li dwe l': ni sou manje l', ni sou rad li, epi se pou l' toujou sevi ak li tankou madanm li

21:11b.EXO.021.011 Si li pa fè twa bagay sa yo pou li, madanm lan gen dwa ale fè wout li, san li pa gen anyen pou l' peye mèt la, san bay senk kòb

21:12b.EXO.021.012 Si yon moun leve men l' sou yon lòt, epi li touye l', moun sa a, se pou yo touye l' tou

21:13b.EXO.021.013 Men, si se pa espre li fè, si se Bondye ki fè lòt moun lan tonbe anba men l', m'ap chwazi yon kote pou l' ale kache kò l'

21:14b.EXO.021.014 Men, si yon moun chache yon lòt kont, epi li fè plan pou li touye l', li te mèt al kache bò kote lòtèl mwen an, se pou n al pran l' pou nou touye l'

21:15b.EXO.021.015 Si yon moun leve men l' sou papa l' osinon sou manman l', se pou yo touye l'

21:16b.EXO.021.016 Si yon moun pran yon lòt pa fòs pou l' al vann li osinon pou kenbe l' lakay li, se pou yo touye l'

21:17b.EXO.021.017 Si yon moun bay papa l' osinon manman l' madichon, se pou yo touye l'

21:18b.EXO.021.018 Lè de moun gen kont, si yonn bay lòt yon koutwòch osinon yon koutpwen, epi si sak resevwa kou a pa mouri, men li blije pran kabann, men jan pou sa regle

21:19b.EXO.021.019 Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l' kou a. Tansèlman, l'a gen pou l' peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l' jouk li geri

21:20b.EXO.021.020 Lè yon moun leve men l' sou yon esklav li, kit se gason, kit se fi, pou ba li koutbaton, si esklav la mouri frèt, se pou yo pini mèt la

21:21b.EXO.021.021 Men, si esklav la fè yon jou osinon de jou anvan l' mouri, se pa nesesè pou yo pini mèt la, paske se lajan pa l' li te mete deyò pou l' achte l'

21:22b.EXO.021.022 Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside

21:23b.EXO.021.023 Men, si malè rive fanm lan, y'a fè l' peye lavi pou lavi

21:24b.EXO.021.024 yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye

21:25b.EXO.021.025 boule pou boule, blese pou blese, foule pou foule

21:26b.EXO.021.026 Lè yon moun frape yon esklav li nan je, kit se yon gason, kit se yon fanm, si esklav la pèdi je a, mèt la va ba li libète l' pou dedomajman pou je a

21:27b.EXO.021.027 Si se dan yon esklav li rache, l'a ba li libète li pou dedomajman pou dan an

21:28b.EXO.021.028 Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen

21:29b.EXO.021.029 Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l'

21:30b.EXO.021.030 Men, si yo mande mèt bèf la pou l' peye pou l' ka sove lavi pa l', se pou l' peye tou sa y'a mande l' la

21:31b.EXO.021.031 Si bèf la atake yon ti gason osinon yon ti fi, se menm règleman an ki pou fèt

21:32b.EXO.021.032 Si bèf la atake yon esklav, kit se gason, kit se fi, mèt bèf la va bay mèt esklav la trant pyès an ajan. Bèf la menm, y'a touye l' ak koutwòch

21:33b.EXO.021.033 Si yon moun kite yon pi dekouvri, ou ankò si l'ap fouye yon pi epi li kite l' san kouvèti, si yon bèf osinon yon bourik vin tonbe ladan l'

21:34b.EXO.021.034 se pou mèt pi a peye mèt bèt la sa bèt la vo. Bèt mouri a menm va rete pou mèt pi a

21:35b.EXO.021.035 Si yon moun gen yon bèf ki touye bèf yon lòt moun ak yon koutkòn, de mesye yo va vann bèf vivan an, y'a separe lajan an mwatye pou mwatye. y'a separe vyann bèf ki mouri a tou

21:36b.EXO.021.036 Men, si se pa premye fwa bèf la ap bay koutkòn, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, nan ka sa a, mèt bèf la gen pou peye. L'a bay yon bèf vivan pou bèf ki mouri a. Bèf mouri a menm va rete pou li

22

22:1b.EXO.022.001 Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an

22:2b.EXO.022.002 Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab

22:3b.EXO.022.003 Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a

22:4b.EXO.022.004 Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn

22:5b.EXO.022.005 Si yon moun kite bèt li manje nan jaden yon lòt, osinon nan jaden rezen li, si yon moun kite bèt li lage pou yo fè kont dega nan jaden yon lòt moun, li gen pou l' dedonmaje lòt moun lan. L'a ba li pi bon bagay li gen nan jaden pa l' la osinon nan jaden rezen l' yo

22:6b.EXO.022.006 Si yon dife pran yon kote, li tonbe nan zèb chèch epi li rive boule danre ki nan depo, osinon grenn ki fin keyi, ou ankò yon jaden tou plante, moun ki lakòz dife a va peye yon dedomajman

22:7b.EXO.022.007 Si yon moun pran lajan l' osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l' pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè

22:8b.EXO.022.008 Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan

22:9b.EXO.022.009 Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman

22:10b.EXO.022.010 Si yon moun bay yon frè parèy li gade yon bourik, yon bèf, yon mouton, ou ankò nenpòt ki lòt bèt pou li, si bèt la mouri osinon si malè rive l' ou ankò si piyajè pran l' san pesonn pa wè sa

22:11b.EXO.022.011 lè sa a, y'a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t'ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p'ap gen ankenn dedomajman pou l' bay

22:12b.EXO.022.012 Men si se vòlò yo te vòlò bèt la nan men l', l'a gen pou l' peye mèt la kichòy

22:13b.EXO.022.013 Si se bèt nan bwa ki devore bèt la, l'a pote rès la pou mèt bèt la ka wè ak de je l' se pa manti l'ap ba li. Li p'ap gen anyen pou l' peye pou sa

22:14b.EXO.022.014 Si yon moun prete yon bèt nan men yon frè parèy li, epi malè rive bèt la, osinon li mouri an absans mèt li, se pou l' peye mèt bèt la kichòy

22:15b.EXO.022.015 Men, si mèt la te la lè malè a rive, moun lan pa gen anyen pou l' peye. Si se yon bèt li te lwe, se pri li te lwe l' la ase pou li bay

22:16b.EXO.022.016 Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fiyanse, epi li kouche avè l', li gen pou l' peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l' marye ak jenn fi a

22:17b.EXO.022.017 Men, si papa jenn fi a refize kite l' marye avè l', tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi

22:18b.EXO.022.018 Se pou nou touye tout fanm k'ap fè maji

22:19b.EXO.022.019 Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo

22:20b.EXO.022.020 Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye

22:21b.EXO.022.021 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip

22:22b.EXO.022.022 Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo

22:23b.EXO.022.023 Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m' sekou

22:24b.EXO.022.024 m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou

22:25b.EXO.022.025 Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè

22:26b.EXO.022.026 Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche

22:27b.EXO.022.027 Paske, se sèl rad li gen pou l' mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l' mete sou li pou l' kouvri aswè? Si li rele mande m' sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè

22:28b.EXO.022.028 Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon

22:29b.EXO.022.029 Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo

22:30b.EXO.022.030 N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen

22:31b.EXO.022.031 Se pou nou mache tankou moun k'ap viv apa pou mwen. Pa manje vyann bèt nou jwenn lòt bèt nan bwa devore. Vyann konsa se chen pou nou jete l' bay

23

23:1b.EXO.023.001 Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan

23:2b.EXO.023.002 Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò

23:3b.EXO.023.003 Konsa tou, lè gen pwose, se pa paske yon moun pòv pou nou pran pati pou li

23:4b.EXO.023.004 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bèf li osinon bourik li ki kase kòd, se pou nou mennen l' ba li

23:5b.EXO.023.005 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wè bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fè bourik la kanpe

23:6b.EXO.023.006 Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis

23:7b.EXO.023.007 Evite fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa

23:8b.EXO.023.008 Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li

23:9b.EXO.023.009 Piga nou aji mal ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lè, nou te etranje nan peyi Lejip, kifè nou konnen sa ki rele viv nan lòt peyi

23:10b.EXO.023.010 Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay

23:11b.EXO.023.011 Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo

23:12b.EXO.023.012 N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou

23:13b.EXO.023.013 Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou

23:14b.EXO.023.014 Twa fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen

23:15b.EXO.023.015 N'a fè fèt Pen san ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa Abib la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gen dwa parèt devan m' de men vid

23:16b.EXO.023.016 Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo

23:17b.EXO.023.017 Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a

23:18b.EXO.023.018 Lè n'ap touye yon bèt pou mwen, piga nou ofri san an ansanm ak pen ki fèt ak ledven. Piga nou sere grès bèt la tout lannwit jouk denmen maten

23:19b.EXO.023.019 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li

23:20b.EXO.023.020 Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an

23:21b.EXO.023.021 Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a

23:22b.EXO.023.022 Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou

23:23b.EXO.023.023 Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout

23:24b.EXO.023.024 Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo

23:25b.EXO.023.025 Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou

23:26b.EXO.023.026 Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè foskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun

23:27b.EXO.023.027 M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou

23:28b.EXO.023.028 m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou

23:29b.EXO.023.029 Mwen p'ap fè yo ale tout ansanm yon sèl kou, yon sèl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bèt nan bwa yo pa vin twòp pou nou

23:30b.EXO.023.030 Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou

23:31b.EXO.023.031 M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou

23:32b.EXO.023.032 Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo

23:33b.EXO.023.033 Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou

24

24:1b.EXO.024.001 Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'

24:2b.EXO.024.002 Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, l'a vin bò kote m'. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo

24:3b.EXO.024.003 Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè

24:4b.EXO.024.004 Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe

24:5b.EXO.024.005 Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi

24:6b.EXO.024.006 Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l' nan ganmèl. Lòt mwatye a, li vide l' sou lòtèl la

24:7b.EXO.024.007 Lèfini, li pran liv kontra a, li li l' pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n'a obeyi l'

24:8b.EXO.024.008 Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l' sou pèp la, li di: -San sa a sèvi pou siyen kontra Seyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo

24:9b.EXO.024.009 Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la

24:10b.EXO.024.010 Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l', te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li

24:11b.EXO.024.011 Seyè a pa t' fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè

24:12b.EXO.024.012 Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m'. Rete la. m'a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la

24:13b.EXO.024.013 Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a

24:14b.EXO.024.014 Anvan Moyiz te ale, li di chèf fanmi yo: -Rete tann nou isit la jouk nou tounen. Men Arawon ak Our ap rete ak nou. Si yon moun bezwen regle yon pwoblèm, li mèt al jwenn yo

24:15b.EXO.024.015 Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt

24:16b.EXO.024.016 Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz

24:17b.EXO.024.017 Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan

24:18b.EXO.024.018 Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan

25

25:1b.EXO.025.001 Seyè a pale ak Moyiz, li di l'

25:2b.EXO.025.002 -Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan

25:3b.EXO.025.003 Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv

25:4b.EXO.025.004 bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit

25:5b.EXO.025.005 po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya

25:6b.EXO.025.006 lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a

25:7b.EXO.025.007 pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la

25:8b.EXO.025.008 y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo

25:9b.EXO.025.009 W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modèl mwen pral ba ou a

25:10b.EXO.025.010 y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè

25:11b.EXO.025.011 W'a kouvri l' nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li

25:12b.EXO.025.012 W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò

25:13b.EXO.025.013 W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò

25:14b.EXO.025.014 W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la

25:15b.EXO.025.015 Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo

25:16b.EXO.025.016 Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la

25:17b.EXO.025.017 W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè

25:18b.EXO.025.018 W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a

25:19b.EXO.025.019 yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'

25:20b.EXO.025.020 Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a

25:21b.EXO.025.021 W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen

25:22b.EXO.025.022 Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo

25:23b.EXO.025.023 W'a fè yon tab an bwa zakasya. Desi tab la va mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè

25:24b.EXO.025.024 W'a kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen. W'a mete yon bòdi an lò fè wonn li

25:25b.EXO.025.025 W'a mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi w'a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò

25:26b.EXO.025.026 W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won pou tab la. W'a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a

25:27b.EXO.025.027 W'a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sèvi pou pote tab la

25:28b.EXO.025.028 W'a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la

25:29b.EXO.025.029 W'a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n'ap fè sèvis pou mwen

25:30b.EXO.025.030 Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen

25:31b.EXO.025.031 W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan

25:32b.EXO.025.032 Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò

25:33b.EXO.025.033 Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo

25:34b.EXO.025.034 Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo

25:35b.EXO.025.035 W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo

25:36b.EXO.025.036 Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a

25:37b.EXO.025.037 y'a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan

25:38b.EXO.025.038 N'a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen

25:39b.EXO.025.039 N'a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan

25:40b.EXO.025.040 Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan

26

26:1b.EXO.026.001 N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la

26:2b.EXO.026.002 Chak lèz twal va gen katòz mèt longè, de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè

26:3b.EXO.026.003 N'a koud lèz yo ansanm, senk yon bò, senk yon lòt bò

26:4b.EXO.026.004 Lè w'a fin koud senk premye lèz yo ansanm, w'a fè pasan ak kòdon ble sou tout bòdi senk premye lèz yo. W'a fè menm jan an tou ak senk lòt lèz yo

26:5b.EXO.026.005 W'a fè senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la. W'a fè yo koresponn de pa de

26:6b.EXO.026.006 W'a fè senkant ti kwòk an lò ki va sèvi pou kole de gwoup lèz yo yonn ak lòt pou yo fè yon sèl tant

26:7b.EXO.026.007 W'a fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a

26:8b.EXO.026.008 Chak lèz va gen kenz mèt longè ak de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè

26:9b.EXO.026.009 W'a pran senk ladan yo, w'a koud yo ansanm. Apre sa, w'a pran lòt sis yo, w'a koud yo ansanm tou. W'a pliye sizyèm lèz la an de sou devan tant lan

26:10b.EXO.026.010 W'a mete senkant pasan sou bòdi premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bòdi dènye lèz dezyèm gwoup la

26:11b.EXO.026.011 W'a fè senkant ti kwòk an kwiv, w'a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lèz yo ansanm pou fè yon sèl tant

26:12b.EXO.026.012 Mwatye lèz ki an plis la va bat sou dèyè kay Bondye a pou kouvri l'

26:13b.EXO.026.013 Menm jan an tou, lèz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k'ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bò kay Bondye a pou kouvri l'

26:14b.EXO.026.014 W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a

26:15b.EXO.026.015 W'a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a

26:16b.EXO.026.016 Chak ankadreman va gen kenz pye longè sou vensèt pous lajè

26:17b.EXO.026.017 Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt

26:18b.EXO.026.018 Lè w'ap fè ankadreman yo, w'a fè ven pou bò sid la

26:19b.EXO.026.019 W'a fè karant sipò an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipò anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita

26:20b.EXO.026.020 Konsa tou, w'a fè ven ankadreman pou bò nò

26:21b.EXO.026.021 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman

26:22b.EXO.026.022 W'a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la

26:23b.EXO.026.023 ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a

26:24b.EXO.026.024 Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fè kwen yo

26:25b.EXO.026.025 Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman

26:26b.EXO.026.026 W'a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a

26:27b.EXO.026.027 senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè

26:28b.EXO.026.028 Travès mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout

26:29b.EXO.026.029 W'a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W'a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W'a kouvri travès yo ak lò tou

26:30b.EXO.026.030 W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan

26:31b.EXO.026.031 W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a

26:32b.EXO.026.032 W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. y'a gen kwòk an lò moute sou yo. y'a chita sou kat sipò an ajan

26:33b.EXO.026.033 Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a

26:34b.EXO.026.034 W'a mete kouvèti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nèt pou Bondye a

26:35b.EXO.026.035 W'a mete tab la pa deyò rido a. Mete gwo lanp sèt branch lan sou bò sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bò nò a

26:36b.EXO.026.036 Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a

26:37b.EXO.026.037 Pou kenbe rido a, w'a fè senk poto an bwa zakasya, w'a kouvri yo ak lò, w'a moute ti kwòk an lò sou yo. y'a chita sou senk sipò an kwiv

27

27:1b.EXO.027.001 W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè

27:2b.EXO.027.002 W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv

27:3b.EXO.027.003 Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv

27:4b.EXO.027.004 Pou lòtèl la toujou, w'a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W'a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la

27:5b.EXO.027.005 W'a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la

27:6b.EXO.027.006 W'a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W'a kouvri yo an kwiv

27:7b.EXO.027.007 W'a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y'ap pote l'

27:8b.EXO.027.008 Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan

27:9b.EXO.027.009 W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a

27:10b.EXO.027.010 Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan

27:11b.EXO.027.011 Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan

27:12b.EXO.027.012 Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W'a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò

27:13b.EXO.027.013 Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè

27:14b.EXO.027.014 Sou bò gòch pòt antre a, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò

27:15b.EXO.027.015 Sou bò dwat la tou, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò

27:16b.EXO.027.016 Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a

27:17b.EXO.027.017 Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv

27:18b.EXO.027.018 Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv

27:19b.EXO.027.019 Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv

27:20b.EXO.027.020 W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen

27:21b.EXO.027.021 Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit

28

28:1b.EXO.028.001 W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt

28:2b.EXO.028.002 W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l' ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li

28:3b.EXO.028.003 W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt

28:4b.EXO.028.004 Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt

28:5b.EXO.028.005 Pou fè travay la, atizan yo va sèvi ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen

28:6b.EXO.028.006 y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a fè bèl bodri byen fèt sou li

28:7b.EXO.028.007 Va gen de zèpòlèt, yonn chak bò jile a. Se yo ki pou tache moso devan an ak moso dèyè a ansanm

28:8b.EXO.028.008 Bèl sentiwon byen bwode ki pou kenbe jile a va fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a sou li tou. y'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere

28:9b.EXO.028.009 W'a pran de pyè oniks, w'a grave non branch fanmi douz pitit Izrayèl yo sou yo

28:10b.EXO.028.010 W'a grave non sis sou yon pyè, ak non sis sou lòt la, dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti a

28:11b.EXO.028.011 Avèk ladrès òfèv ki konn grave non sou bag, ou ankò ladrès atizan ki konn fè so, w'a grave non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou de pyè yo, epi w'a moute pyè yo chak sou yon moso lò

28:12b.EXO.028.012 W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo

28:13b.EXO.028.013 W'a pran de moso lò pou moute pyè yo sou yo

28:14b.EXO.028.014 W'a fè de ti chenn ak pi bon kalite lò ki genyen. Chenn yo va trese tankou ti kòdon. W'a tache yo sou moso lò yo

28:15b.EXO.028.015 W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere

28:16b.EXO.028.016 Plastwon an va mezire nèf pous kare kare, l'a double

28:17b.EXO.028.017 W'a moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, va gen yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd

28:18b.EXO.028.018 Nan dezyèm ranje a, va gen yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman

28:19b.EXO.028.019 Nan twazyèm ranje a, va gen yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis

28:20b.EXO.028.020 Nan katriyèm ranje a, va gen yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. y'a moute tout pyè sa yo chak sou yon moso lò

28:21b.EXO.028.021 Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag

28:22b.EXO.028.022 W'a pran pi bon kalite lò ki genyen, w'a fè de ti chenn pou plastwon an. W'a trese yo tankou ti kòdon

28:23b.EXO.028.023 W'a fè de ti bag an lò, w'a tache yo nan de bout anwo plastwon an

28:24b.EXO.028.024 W'a mare de ti chenn yo nan de bag yo

28:25b.EXO.028.025 W'a pran de lòt bout chenn yo, w'a fè yo pase pa devan jile a, w'a tache yo sou de moso lò ki sou zèpòlèt jile a

28:26b.EXO.028.026 W'a fè ankò de lòt bag an lò, w'a tache yo nan de bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a

28:27b.EXO.028.027 W'a fè de lòt bag an lò ankò, w'a tache yo anba zèpòlèt jile a pa devan, toupre kouti a anwo tèt sentiwon bwode a

28:28b.EXO.028.028 y'a mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a

28:29b.EXO.028.029 Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l', sou plastwon an, konsa Seyè a p'ap janm bliye yo

28:30b.EXO.028.030 W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'

28:31b.EXO.028.031 W'a pran twal ble pou fè rad ki ale anba jile a

28:32b.EXO.028.032 Nan mitan rad la, w'a fè yon twou pou l' pase tèt li. W'a mete yon doubli nan ankoli a, tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire

28:33b.EXO.028.033 Sou tout woulèt anba rad la, w'a pran twal ble, violèt ak wouj, w'a fè bodri an fòm grenad ak ti klòch an lò nan mitan yo

28:34b.EXO.028.034 Sou tout woulèt rad la va gen yon grenad, yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, jouk yo fè tout tou rad la

28:35b.EXO.028.035 Se rad sa a Arawon va mete sou li lè li pral fè sèvis. Lè l'ap antre kote yo mete apa pou Bondye a pou l' parèt devan lòtèl Seyè a, ansanm ak lè l'ap soti, y'a tande ti klòch yo ap sonnen. Konsa li p'ap mouri

28:36b.EXO.028.036 W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè so, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a

28:37b.EXO.028.037 W'a mare l' sou devan mouchwa tèt la avèk yon ti kòdon ble

28:38b.EXO.028.038 Arawon va mete l' sou fwon li, konsa Arawon va pran sou tèt li tou sa pèp Izrayèl la va fè ki mal lè y'ap pote ofrann apa yo bay Seyè a. Arawon va toujou pote l' sou fwon li pou ofrann yo ka toujou fè Seyè a plezi

28:39b.EXO.028.039 W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl

28:40b.EXO.028.040 W'a fè rad, sentiwon ak bonnèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo

28:41b.EXO.028.041 Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt

28:42b.EXO.028.042 W'a fè kalson ak twal fen pou yo pou kò yo pa parèt anba rad la. Kalson yo va pran depi nan ren desann wotè jenou yo

28:43b.EXO.028.043 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li

29

29:1b.EXO.029.001 Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo

29:2b.EXO.029.002 W'a pran bon farin frans, w'a fè kèk pen san ledven, kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa t' la. W'a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil

29:3b.EXO.029.003 Mete yo nan yon panyen. Ofri yo ban mwen nan panyen an ansanm ak ti towo a ak de belye mouton yo

29:4b.EXO.029.004 W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo

29:5b.EXO.029.005 Apre sa, w'a pran rad yo, w'a biye Arawon. W'a mete chemiz la, rad la, jile a ak plastwon an sou li. W'a mare sentiwon an nan ren li

29:6b.EXO.029.006 W'a mete mouchwa a nan tèt li. W'a mare plak ki make Apa pou Seyè a, sou mouchwa a

29:7b.EXO.029.007 Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen

29:8b.EXO.029.008 W'a fè pitit li yo pwoche, w'a mete chemiz yo sou yo

29:9b.EXO.029.009 W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye

29:10b.EXO.029.010 Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li

29:11b.EXO.029.011 W'a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a

29:12b.EXO.029.012 W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la

29:13b.EXO.029.013 Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la

29:14b.EXO.029.014 Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen

29:15b.EXO.029.015 W'a pran yonn nan belye mouton yo. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li

29:16b.EXO.029.016 W'a touye l', w'a pran san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la

29:17b.EXO.029.017 W'a dekoupe belye a an divès moso. W'a lave tonbe a ansanm ak pye yo. W'a mete yo anwo moso vyann yo ansanm ak tèt la

29:18b.EXO.029.018 W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li

29:19b.EXO.029.019 Apre sa, pran lòt belye mouton an. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li

29:20b.EXO.029.020 W'a touye l', w'a pran ti gout nan san li, w'a mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon ak sou tete zòrèy dwat pitit gason l' yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. W'a pran rès san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la

29:21b.EXO.029.021 Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt

29:22b.EXO.029.022 Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak tout grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la, paske se yon belye k'ap sèvi nan sèvis pou mete prèt yo apa a

29:23b.EXO.029.023 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, w'a pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil ak yon pen plat

29:24b.EXO.029.024 W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann

29:25b.EXO.029.025 Lèfini, pran manje a nan men yo, boule l' sou lòtèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l' fè Seyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Seyè a ki fèt pou boule nèt nan dife

29:26b.EXO.029.026 Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa

29:27b.EXO.029.027 W'a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa a, w'a mete yo apa pou Seyè a. W'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap wete pou prèt yo

29:28b.EXO.029.028 Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a

29:29b.EXO.029.029 Lè Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y'a mete sou yo lè y'ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y'ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye

29:30b.EXO.029.030 Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Seyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l'a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a

29:31b.EXO.029.031 W'a pran belye mouton ki te sèvi nan sèvis pou mete apa a, w'a fè kwit vyann li yon kote ki apa pou Bondye

29:32b.EXO.029.032 Arawon ak pitit gason l' yo va manje vyann belye a ansanm ak pen ki nan panyen an. y'a rete bò pòt devan Tant Randevou a

29:33b.EXO.029.033 y'a manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t'ap mete yo apa, lè yo t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye

29:34b.EXO.029.034 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w'a boule l' nan dife. Piga pesonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye

29:35b.EXO.029.035 W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen

29:36b.EXO.029.036 Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye

29:37b.EXO.029.037 Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou

29:38b.EXO.029.038 Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye

29:39b.EXO.029.039 W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt

29:40b.EXO.029.040 Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a

29:41b.EXO.029.041 W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li

29:42b.EXO.029.042 Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l' tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Seyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m' pale ak yo

29:43b.EXO.029.043 Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen

29:44b.EXO.029.044 M'ap mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M'ap fè menm bagay la tou pou lòtèl la. M'ap mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt

29:45b.EXO.029.045 M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo

29:46b.EXO.029.046 y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a, se mwen menm ki te fè yo soti kite peyi Lejip pou m' te kapab rete nan mitan yo. Se mwen ki Seyè a, Bondye yo a

30

30:1b.EXO.030.001 W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan

30:2b.EXO.030.002 W'a fè l' kare kare. L'a mezire dizwit pous longè, dizwit pous lajè ak trannsis pous wotè. Kat pwent ki depase yo va fè yon sèl pyès avèk lòtèl la. Se va kòn lòtèl la

30:3b.EXO.030.003 W'a kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. W'a fè yon bòdi an lò tout arebò l'

30:4b.EXO.030.004 W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lòtèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la

30:5b.EXO.030.005 W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò

30:6b.EXO.030.006 W'a mete lòtèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou

30:7b.EXO.030.007 Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo

30:8b.EXO.030.008 L'a boule lansan tou chak swa lè l'ap ranje lanp yo. Se pou yo toujou fè ofrann lansan sa a devan lòtèl Seyè a, chak jou san sote yonn, de pitit an pitit

30:9b.EXO.030.009 Se pa pou nou ofri sou lòtèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri ankenn bwason sou li non plis

30:10b.EXO.030.010 Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a

30:11b.EXO.030.011 Seyè a di Moyiz

30:12b.EXO.030.012 -Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an

30:13b.EXO.030.013 Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a

30:14b.EXO.030.014 Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a

30:15b.EXO.030.015 Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo

30:16b.EXO.030.016 W'a resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l' pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Seyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo

30:17b.EXO.030.017 Seyè a di Moyiz konsa

30:18b.EXO.030.018 -W'a fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l' ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'

30:19b.EXO.030.019 Arawon ak pitit gason l' yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo

30:20b.EXO.030.020 Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis pou ofri Seyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri

30:21b.EXO.030.021 Wi, se pou yo lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon lòd pou Arawon, pou pitit gason l' yo ak pitit pitit k'ap vin apre yo, lòd pou yo toujou swiv, de pitit an pitit

30:22b.EXO.030.022 Seyè a di Moyiz ankò

30:23b.EXO.030.023 -Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl

30:24b.EXO.030.024 ven liv kas. W'a mezire yo dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. W'a pran tou senk ka lwil oliv

30:25b.EXO.030.025 Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye

30:26b.EXO.030.026 W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a

30:27b.EXO.030.027 sou tab la ak tout bagay ki sèvi sou tab la, sou lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi ak li, sou lòtèl lansan an

30:28b.EXO.030.028 sou lòtèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basen lan ak tout pye l'

30:29b.EXO.030.029 Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou

30:30b.EXO.030.030 Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit gason l' yo. Konsa w'a mete yo apa pou yo ka sèvi m' prèt

30:31b.EXO.030.031 W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a, se ak li pou nou sèvi, de pitit an pitit, pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou mwen

30:32b.EXO.030.032 Nou pa dwe sèvi ak lwil sa a sou nenpòt ki moun, ni nou pa fèt pou fè yon lòt lwil ak menm konpozisyon an. Se yon bagay ki apa pou mwen nèt. Nou fèt pou nou konsidere l' pou sa li ye a

30:33b.EXO.030.033 Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la

30:34b.EXO.030.034 Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak

30:35b.EXO.030.035 W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen

30:36b.EXO.030.036 W'a pran ti gout ladan l', w'a pile l' fè l' fè poud. W'a sèvi avèk ti gout dèvan bwat ki gen ròch plat kontra a, nan Tant Randevou a kote pou m' kontre avè ou la. Se pou ou konsidere lansan sa a tankou yon bagay yo mete apa pou mwen ase

30:37b.EXO.030.037 Piga ou sèvi ak menm konpozisyon sa a pou fè lansan pou sèvi pou tèt pa ou. Sa se yon bagay ki rezève pou sèvis Bondye ase

30:38b.EXO.030.038 Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l' odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la

31

31:1b.EXO.031.001 Seyè a pale ak Moyiz, li di l'

31:2b.EXO.031.002 -Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a

31:3b.EXO.031.003 Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè

31:4b.EXO.031.004 pou l' ka fè bèl desen, pou l' travay yo an lò, an ajan ak an kwiv

31:5b.EXO.031.005 pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l' moute yo sou nenpòt bagay, pou l' ka fè desen sou bwa, wi pou l' fè tout kalite bon bagay atizan konn fè

31:6b.EXO.031.006 Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a

31:7b.EXO.031.007 Men sa mwen te mande ou fè: Tant Randevou a, Bwat Kontra a avèk ròch plat yo, kouvèti ki pou ale sou bwat la ansanm ak tout mèb ki pou ale nan tant lan

31:8b.EXO.031.008 tab la ak lanp sèt branch an lò a ansanm avèk tout bagay ki pou sèvi avèk yo, lòtèl pou boule lansan an

31:9b.EXO.031.009 lòtèl pou boule ofrann yo ak tout bagay ki pou sèvi sou lòtèl la, basen lan ak tout pye l' a

31:10b.EXO.031.010 bèl rad seremoni, rad pou Arawon, prèt la, ak pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan tant lan

31:11b.EXO.031.011 lwil pou mete moun apa pou Bondye a ak lansan santi bon pou kote ki apa pou Bondye a. Lè y'ap fè bagay sa yo, se pou yo fè l' jan mwen te di ou la

31:12b.EXO.031.012 Seyè a di Moyiz konsa

31:13b.EXO.031.013 -W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen

31:14b.EXO.031.014 Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a

31:15b.EXO.031.015 N'a fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a, se va yon gwo jou repo, jou n'a mete apa pou Seyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'

31:16b.EXO.031.016 Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan

31:17b.EXO.031.017 Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo

31:18b.EXO.031.018 Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li

32

32:1b.EXO.032.001 Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'

32:2b.EXO.032.002 Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen

32:3b.EXO.032.003 Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon

32:4b.EXO.032.004 Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la

32:5b.EXO.032.005 Lè Arawon wè sa, li bati yon lòtèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: -Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Seyè a

32:6b.EXO.032.006 Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo

32:7b.EXO.032.007 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa

32:8b.EXO.032.008 Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la

32:9b.EXO.032.009 Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di

32:10b.EXO.032.010 Bon, koulye a kite m' al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m' an kòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon

32:11b.EXO.032.011 Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou

32:12b.EXO.032.012 Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a

32:13b.EXO.032.013 Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan

32:14b.EXO.032.014 Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò

32:15b.EXO.032.015 Moyiz pran chemen pou l' tounen. Li desann soti nan mòn lan avèk de ròch plat kontra a nan men l'. Ròch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè

32:16b.EXO.032.016 Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo

32:17b.EXO.032.017 Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an

32:18b.EXO.032.018 Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt

32:19b.EXO.032.019 Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan

32:20b.EXO.032.020 Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a

32:21b.EXO.032.021 Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a

32:22b.EXO.032.022 Arawon reponn li: -Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal

32:23b.EXO.032.023 Se yo menm ki di m' fè bondye pou yo, bondye ki pou mache devan yo, paske yo pa konnen sa ki rive Moyiz, nonm sa a ki te fè yo soti kite Lejip la

32:24b.EXO.032.024 Lè sa a, mwen mande kilès nan mitan yo ki gen lò. Tout moun ki te gen lò sou yo ban mwen l'. Mwen lage lò a nan dife, epi estati ti towo bèf sa a parèt

32:25b.EXO.032.025 Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pa t' anyen ankò devan lènmi yo

32:26b.EXO.032.026 Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li

32:27b.EXO.032.027 Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou

32:28b.EXO.032.028 Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo

32:29b.EXO.032.029 Moyiz di pitit Levi yo: -Jòdi a, avèk san pitit gason nou yo ak san frè nou yo nou fè koule a, nou mete tèt nou apa nèt pou sèvis Seyè a. Se poutèt sa tou, Seyè a pa manke ban nou benediksyon l' jòdi a

32:30b.EXO.032.030 Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an

32:31b.EXO.032.031 Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye

32:32b.EXO.032.032 Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a

32:33b.EXO.032.033 Seyè a reponn Moyiz, li di l': -Moun ki peche kont mwen an, se non l' pou m' efase nan liv mwen an

32:34b.EXO.032.034 Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo

32:35b.EXO.032.035 Seyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l', paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo

33

33:1b.EXO.033.001 Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo

33:2b.EXO.033.002 M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a

33:3b.EXO.033.003 Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la

33:4b.EXO.033.004 Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo

33:5b.EXO.033.005 Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo

33:6b.EXO.033.006 Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo

33:7b.EXO.033.007 Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a

33:8b.EXO.033.008 Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan

33:9b.EXO.033.009 Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz

33:10b.EXO.033.010 Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo

33:11b.EXO.033.011 Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan

33:12b.EXO.033.012 Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil

33:13b.EXO.033.013 Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fè m' konnen lide ou gen nan tèt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi

33:14b.EXO.033.014 Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo

33:15b.EXO.033.015 Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la

33:16b.EXO.033.016 Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo

33:17b.EXO.033.017 Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye

33:18b.EXO.033.018 Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou

33:19b.EXO.033.019 Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye

33:20b.EXO.033.020 Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa

33:21b.EXO.033.021 Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a

33:22b.EXO.033.022 Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou ròch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase

33:23b.EXO.033.023 Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wè ki prale, men ou p'ap wè figi m'

34

34:1b.EXO.034.001 Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo

34:2b.EXO.034.002 Pare ou byen bonè denmen maten. W'a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan

34:3b.EXO.034.003 Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan

34:4b.EXO.034.004 Moyiz taye de ròch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonè, li moute sou mòn Sinayi a ak de ròch plat yo nan men l' jan Seyè a te ba li lòd la

34:5b.EXO.034.005 Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a

34:6b.EXO.034.006 Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li

34:7b.EXO.034.007 L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon

34:8b.EXO.034.008 Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye

34:9b.EXO.034.009 Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou

34:10b.EXO.034.010 Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè

34:11b.EXO.034.011 Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou

34:12b.EXO.034.012 Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou

34:13b.EXO.034.013 Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo

34:14b.EXO.034.014 Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil

34:15b.EXO.034.015 Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo

34:16b.EXO.034.016 Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm

34:17b.EXO.034.017 Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye

34:18b.EXO.034.018 Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip

34:19b.EXO.034.019 Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou

34:20b.EXO.034.020 Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l' vid

34:21b.EXO.034.021 W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt

34:22b.EXO.034.022 W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la

34:23b.EXO.034.023 Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la

34:24b.EXO.034.024 Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo

34:25b.EXO.034.025 Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten

34:26b.EXO.034.026 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'

34:27b.EXO.034.027 Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la

34:28b.EXO.034.028 Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo

34:29b.EXO.034.029 Lè Moyiz desann soti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de ròch plat yo nan men l'. Men, gen yon bagay li pa t' konnen. Lè li t'ap pale ak Seyè a, figi l' te vin klere byen bèl

34:30b.EXO.034.030 Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l' te klere, yo te pè pwoche bò kote l'

34:31b.EXO.034.031 Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo

34:32b.EXO.034.032 Apre sa, tout rès pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Seyè a sou mòn Sinayi a

34:33b.EXO.034.033 Lè Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi li ak yon twal

34:34b.EXO.034.034 Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyè a pou pale avè l', li toujou wete twal la jouk li soti deyò ankò. Lè l' soti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo

34:35b.EXO.034.035 Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a

35

35:1b.EXO.035.001 Moyiz sanble tout pèp Izrayèl la, li di yo: -Men sa Seyè a bay lòd pou nou fè

35:2b.EXO.035.002 N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'

35:3b.EXO.035.003 Ata dife piga nou limen nan ankenn kay jou repo a

35:4b.EXO.035.004 Moyiz pale ak tout pèp Izrayèl la ki te sanble, li di yo: -Men sa Seyè a ban nou lòd fè

35:5b.EXO.035.005 Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv

35:6b.EXO.035.006 bon twal siperyè koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit

35:7b.EXO.035.007 po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya

35:8b.EXO.035.008 lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an

35:9b.EXO.035.009 pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la

35:10b.EXO.035.010 Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a

35:11b.EXO.035.011 kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo

35:12b.EXO.035.012 Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la

35:13b.EXO.035.013 tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou

35:14b.EXO.035.014 gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l' yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo

35:15b.EXO.035.015 lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan

35:16b.EXO.035.016 lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l' yo, basen lan ak tout pye li

35:17b.EXO.035.017 rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a

35:18b.EXO.035.018 dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a

35:19b.EXO.035.019 bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo

35:20b.EXO.035.020 Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo

35:21b.EXO.035.021 Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo

35:22b.EXO.035.022 Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye

35:23b.EXO.035.023 Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini

35:24b.EXO.035.024 Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l'

35:25b.EXO.035.025 Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini

35:26b.EXO.035.026 Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou

35:27b.EXO.035.027 Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la

35:28b.EXO.035.028 ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon

35:29b.EXO.035.029 Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a

35:30b.EXO.035.030 Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a

35:31b.EXO.035.031 Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè a

35:32b.EXO.035.032 pou l' konn fè bèl desen, pou l' fè travay an lò, an ajan ak an kwiv

35:33b.EXO.035.033 pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, epi pou l' konn moute yo, pou l' travay bwa, pou l' ka fè tout kalite travay atizan konn fè

35:34b.EXO.035.034 Bondye ba li don pou l' moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan

35:35b.EXO.035.035 Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay

36

36:1b.EXO.036.001 Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la

36:2b.EXO.036.002 Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo

36:3b.EXO.036.003 Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo

36:4b.EXO.036.004 Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz

36:5b.EXO.036.005 Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a

36:6b.EXO.036.006 Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann

36:7b.EXO.036.007 Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la

36:8b.EXO.036.008 Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'

36:9b.EXO.036.009 Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè

36:10b.EXO.036.010 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo

36:11b.EXO.036.011 Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup

36:12b.EXO.036.012 Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de

36:13b.EXO.036.013 Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a

36:14b.EXO.036.014 Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a

36:15b.EXO.036.015 Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè

36:16b.EXO.036.016 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa

36:17b.EXO.036.017 Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la

36:18b.EXO.036.018 Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant

36:19b.EXO.036.019 Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a

36:20b.EXO.036.020 Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a

36:21b.EXO.036.021 Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè

36:22b.EXO.036.022 Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou

36:23b.EXO.036.023 Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la

36:24b.EXO.036.024 Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman

36:25b.EXO.036.025 Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a

36:26b.EXO.036.026 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman

36:27b.EXO.036.027 Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadrema

36:28b.EXO.036.028 ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a

36:29b.EXO.036.029 Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo

36:30b.EXO.036.030 Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman

36:31b.EXO.036.031 Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a

36:32b.EXO.036.032 senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè

36:33b.EXO.036.033 Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la

36:34b.EXO.036.034 Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou

36:35b.EXO.036.035 Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'

36:36b.EXO.036.036 Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo

36:37b.EXO.036.037 Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'

36:38b.EXO.036.038 Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo

37

37:1b.EXO.037.001 Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè

37:2b.EXO.037.002 Li kouvri l' nèt, andedan kou deyò, ak pi bon kalite lò ki genyen. Li mete yon bòdi an lò fè wonn li

37:3b.EXO.037.003 Li fonn lò pou fè kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò

37:4b.EXO.037.004 Li fè de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nèt ak lò

37:5b.EXO.037.005 Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bò bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle

37:6b.EXO.037.006 Li fè yon kouvèti an bon lò pou bwat la. Kouvèti a te mezire twa pye nèf pous longè ak de pye twa pous lajè

37:7b.EXO.037.007 Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a

37:8b.EXO.037.008 yonn sou bò gòch, lòt la sou bò dwat. Li fè yo tankou si yo te fè yon sèl pyès ak kouvèti a

37:9b.EXO.037.009 Zanj cheriben yo te gen zèl yo louvri anwo tèt yo pou kouvri kouvèti a. Yo te yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a

37:10b.EXO.037.010 Li fè tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè

37:11b.EXO.037.011 Li kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen, li mete yon bòdi an lò fè wonn li

37:12b.EXO.037.012 Li mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò

37:13b.EXO.037.013 Li fè kat gwo bag tou won an lò. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a

37:14b.EXO.037.014 Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sèvi pou pote tab la

37:15b.EXO.037.015 Li fè poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nèt ak lò. Se poto sa yo ki sèvi pou pote tab la

37:16b.EXO.037.016 Li fè tout bagay ki pou ale sou tab la: asyèt, bòl, tas, gode, bagay ki pou sèvi lè y'ap fè sèvis pou Bondye. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen

37:17b.EXO.037.017 Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li

37:18b.EXO.037.018 Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò

37:19b.EXO.037.019 Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo

37:20b.EXO.037.020 Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo

37:21b.EXO.037.021 Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo

37:22b.EXO.037.022 Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout

37:23b.EXO.037.023 Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen

37:24b.EXO.037.024 Li te pran swasannkenz liv bon lò pou fè lanp sèt branch lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak lanp sèt branch lan

37:25b.EXO.037.025 Bezaleyèl fè lòtèl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fè l' kare kare: dizwit pous lajè, dizwit pous longè, trannsis pous wotè. Kat kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la

37:26b.EXO.037.026 Bezaleyèl kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. Apre sa, li mete yon bòdi an lò fè wonn li

37:27b.EXO.037.027 Li fè de bag an lò, li moute yo anba bòdi a sou de kote lòtèl la. Se nan bag sa yo pou yo pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la

37:28b.EXO.037.028 Li fè manch yo an bwa zakasya epi li kouvri yo nèt ak lò

37:29b.EXO.037.029 Bezaleyèl fè lwil ki pou sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fè odè avèk ladrès yo fè yo

38

38:1b.EXO.038.001 Bezaleyèl fè lòtèl pou boule ofrann yo an bwa zakasya. Li fè l' kare kare: Li te mezire sèt pye sis pous longè, sèt pye sis pous lajè, kat pye sis pous wotè

38:2b.EXO.038.002 Li travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv

38:3b.EXO.038.003 Li fè tout bagay ki pou mache ak lòtèl la: recho, pèl, fouchèt, plato pou resevwa sann, kivèt. Li fè tout bagay sa yo an kwiv

38:4b.EXO.038.004 Li fè yon griyaj an kwiv pou lòtèl la, tankou griy pou griye vyann. Li mete griyaj la anba rebò lòtèl la, li fè l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la

38:5b.EXO.038.005 Li fè kat gwo bag tou won an kwiv, li mete yo nan kat pwent griyaj la. Se nan bag sa yo pou yo pase poto ki sèvi manch pou pote lòtèl la

38:6b.EXO.038.006 Apre sa, li fè manch an bwa zakasya, li kouvri yo an kwiv nèt

38:7b.EXO.038.007 Li pase manch yo nan bag won yo sou chak bò lòtèl la, pou yo ka pote lòtèl la. Li fè lòtèl la an planch. Tout anndan lòtèl la te rete vid

38:8b.EXO.038.008 Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l' chita

38:9b.EXO.038.009 Li fè galeri a. Sou bò sid la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè

38:10b.EXO.038.010 Ven ankadreman yo ak ven sipò yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan

38:11b.EXO.038.011 Menm jan an tou, sou bò nò a, li moute yon seri rido ki gen senkant mèt longè avèk ven poto sou ven sipò an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan

38:12b.EXO.038.012 Sou bò lwès la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal ki mezire ven mèt longè, avèk dis poto chita sou dis sipò avèk kwòk poto yo ak trenng yo an ajan

38:13b.EXO.038.013 Sou bò lès la, galeri a te gen swasannkenz pye lajè

38:14b.EXO.038.014 Sou bò gòch espas kote yo antre a, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò

38:15b.EXO.038.015 Sou bò dwat la, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Se konsa sa te fèt chak bò pòt kote yo antre a

38:16b.EXO.038.016 Tout rido yo te fèt ak twal fen blan tise byen sere

38:17b.EXO.038.017 Sipò poto yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo, te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. Tout poto galeri a te mare yonn ak lòt ak trenng an ajan

38:18b.EXO.038.018 Rido ki te fèmen kote yo antre nan tant lan te bwode byen bèl sou tout kò l'. Li te fèt ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Li te gen dis mèt longè, de mèt edmi wotè, tankou rido galeri a

38:19b.EXO.038.019 Kat poto kwen, chita sou kat sipò an kwiv tou, t'ap soutni rido pòt la. Kwòk yo ak trenng yo te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan

38:20b.EXO.038.020 Li fè tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a an kwiv

38:21b.EXO.038.021 Men kantite metal yo te sèvi pou fè tant kote yo mete Bwat Kontra a. Dapre lòd Moyiz te bay, se pitit Levi yo ki te fè lis metal yo, epi se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki t'ap dirije yo nan travay sa a

38:22b.EXO.038.022 Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a, te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a

38:23b.EXO.038.023 Se Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l'. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan

38:24b.EXO.038.024 Tout lò yo te sèvi pou fè travay nan kote ki apa pou Bondye a, se te lò moun yo te ofri bay Bondye. Lò a te peze demil nèfsantrant (2930) liv, dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Seyè a

38:25b.EXO.038.025 Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (10.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a

38:26b.EXO.038.026 Sa se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Seyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an

38:27b.EXO.038.027 Nan dimil swasanndis (10.070) liv ajan yo, dimil (10.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv

38:28b.EXO.038.028 Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak trenng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo

38:29b.EXO.038.029 Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis (7.090) liv kwiv antou

38:30b.EXO.038.030 Yo sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lòtèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lòtèl la

38:31b.EXO.038.031 Yo fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Seyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a

39

39:1b.EXO.039.001 Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz

39:2b.EXO.039.002 Yo fè jile a ak lò, ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen blan tise byen sere

39:3b.EXO.039.003 Yo pran fèy lò, yo bat yo, yo koupe yo an filang, yo travay yo nan twal ble, violèt ak wouj la, ansanm ak nan twal fen blan an. Yo bwode yo byen bèl ak anpil ladrès

39:4b.EXO.039.004 Yo fè zèpòlèt pou jile a. Yo tache yo yonn chak bò jile a pou kenbe moso devan an ak moso dèyè a nan plas yo

39:5b.EXO.039.005 Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz

39:6b.EXO.039.006 Apre sa, yo pran pyè oniks yo, yo moute yo chak sou yon gwo moso lò, yo grave non douz branch fanmi Izrayèl yo tankou lè y'ap grave non moun sou so

39:7b.EXO.039.007 Yo moute pyè yo sou de zèpòlèt jile a, pou yo toujou chonje branch fanmi pep Izrayèl yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la

39:8b.EXO.039.008 Yo fè plastwon an, yo bwode l' byen bèl ak anpil ladrès tankou jile a. Yo fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere

39:9b.EXO.039.009 Yo fè l' kare kare, epi yo double l'. Li te mezire nèf pous kare kare, li te double

39:10b.EXO.039.010 Yo moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, yo mete yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd

39:11b.EXO.039.011 Nan dezyèm ranje a, yo mete yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman

39:12b.EXO.039.012 Nan twazyèm ranje a, yo mete yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis

39:13b.EXO.039.013 Nan katriyèm ranje a, yo mete yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Yo te moute chak pyè sou yon moso lò

39:14b.EXO.039.014 Te gen antou douz pyè ak non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo grave yonn sou chak pyè. Yo te grave yon non sou chak pyè tankou lè òfèv ap grave so sou bag

39:15b.EXO.039.015 Yo fè ti chenn pou plastwon an. Ti chenn yo te trese tankou ti kòdon. Yo te fèt ak pi bon kalite lò ki genyen

39:16b.EXO.039.016 Apre sa, yo fè de moso lò pou moute pyè yo ak de bag an lò. Yo moute de bag yo nan de bout anwo plastwon an

39:17b.EXO.039.017 Yo mare de ti kòdon an lò yo nan de bag yo, nan bout anwo plastwon an

39:18b.EXO.039.018 Yo pran de lòt bout chenn yo, yo fè yo pase sou devan jile a. Yo tache yo sou de moso lò yo ki sou zèpòlèt jile a

39:19b.EXO.039.019 Yo fè de lòt bag an lò, yo tache yo nan bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a

39:20b.EXO.039.020 Yo fè de lòt bag an lò ankò, yo tache yo anba de zèpòlèt jile a, sou devan, toupre kouti a anwo sentiwon jile a

39:21b.EXO.039.021 Yo mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. Yo fè tou sa dapre lòd Seyè a te bay Moyiz

39:22b.EXO.039.022 Apre sa, yo pran twal ble, yo fè rad ki pou ale anba jile a

39:23b.EXO.039.023 Nan mitan rad la, yo fè yon twou pou pase nan tèt prèt la, epi yo mete yon doubli nan ankoli a tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire

39:24b.EXO.039.024 Yo pran twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, yo fè bodri an fòm grenad sou tout woulèt anba rad la

39:25b.EXO.039.025 Yo fè ti klòch an lò, yo mete yo nan espas ki separe grenad yo sou tout woulèt rad la. Ti klòch yo ak grenad yo te fè wonn rad la

39:26b.EXO.039.026 Yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, yon grenad sou tout woulèt rad la pa anba, jouk yo fè tout tou rad pou Arawon mete sou li lè l'ap fè sèvis la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la

39:27b.EXO.039.027 Yo pran twal fen blan, yo fè chemiz pou Arawon ak pou pitit gason l' yo

39:28b.EXO.039.028 Yo pran twal fen blan, yo fè mouchwa tèt la ak ganiti pou bonnèt yo pou moun rekonèt grad yo. Epi yo pran twal fen blan tise byen sere, yo fè kalson yo

39:29b.EXO.039.029 Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la

39:30b.EXO.039.030 Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a, tankou lè y'ap grave so sou bag

39:31b.EXO.039.031 Yo mare l' ak yon ti kòdon ble anwo nèt sou devan mouchwa tèt la, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz

39:32b.EXO.039.032 Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'

39:33b.EXO.039.033 Yo pran tout bagay, yo pote yo bay Moyiz, depi tant lan, kay kote pou Bondye rete a, ak tout bagay ki mache avè li yo, kwòk li yo, ankadreman li yo, trenng li yo, poto li yo ak sipò yo

39:34b.EXO.039.034 twati ki fèt ak po belye tenn tou wouj yo, twati yo fè ak po bazann ak rido pou kache Bwat Kontra a

39:35b.EXO.039.035 bwat ki gen de moso ròch kontra yo, manch li yo ak kouvèti a

39:36b.EXO.039.036 tab la ak tou sa ki pou sèvi ak tab la, pen yo ofri bay Bondye a

39:37b.EXO.039.037 gwo lanp sèt branch fèt an lò a, ti lanp ki pou moute an liy dwat sou li yo, avèk tou sa ki pou sèvi ak lanp sèt branch lan ansanm ak lwil pou lanp yo

39:38b.EXO.039.038 lòtèl fèt an lò a, lwil pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, lansan ki santi bon an ak rido pou fèmen kote pou antre nan tant lan

39:39b.EXO.039.039 lòtèl fèt an kwiv la avèk griyaj an kwiv la, manch yo ak tou sa ki pou sèvi ak lòtèl la, basen lan ak pye l' a

39:40b.EXO.039.040 rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a

39:41b.EXO.039.041 bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo

39:42b.EXO.039.042 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tout travay la jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la

39:43b.EXO.039.043 Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l' jan Seyè a te bay lòd fè l' la. Wi, se konsa yo te fè l'. Lèfini, Moyiz beni yo

40

40:1b.EXO.040.001 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa

40:2b.EXO.040.002 -Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a

40:3b.EXO.040.003 W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a

40:4b.EXO.040.004 Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li

40:5b.EXO.040.005 W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan

40:6b.EXO.040.006 W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a

40:7b.EXO.040.007 W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'

40:8b.EXO.040.008 W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a

40:9b.EXO.040.009 W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt

40:10b.EXO.040.010 W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale

40:11b.EXO.040.011 W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen

40:12b.EXO.040.012 Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen

40:13b.EXO.040.013 W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt

40:14b.EXO.040.014 W'a fè pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo

40:15b.EXO.040.015 W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit

40:16b.EXO.040.016 Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la

40:17b.EXO.040.017 Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan

40:18b.EXO.040.018 Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo

40:19b.EXO.040.019 Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a

40:20b.EXO.040.020 Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la

40:21b.EXO.040.021 Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la

40:22b.EXO.040.022 Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a

40:23b.EXO.040.023 Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la

40:24b.EXO.040.024 Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la

40:25b.EXO.040.025 Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz

40:26b.EXO.040.026 Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a

40:27b.EXO.040.027 Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a

40:28b.EXO.040.028 Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan

40:29b.EXO.040.029 Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a

40:30b.EXO.040.030 Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'

40:31b.EXO.040.031 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan

40:32b.EXO.040.032 Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a

40:33b.EXO.040.033 Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la

40:34b.EXO.040.034 Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan

40:35b.EXO.040.035 Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan

40:36b.EXO.040.036 Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape

40:37b.EXO.040.037 Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve

40:38b.EXO.040.038 Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la


Holder of rights
Multilingual Bible Corpus

Citation Suggestion for this Object
TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Exodus (Creole). Exodus (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9017-B