Romans (Creole)
1
1:1b.ROM.001.001 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm
1:2b.ROM.001.002 Depi lontan Bondye te pwomèt bon nouvèl sa a pa bouch pwofèt li yo, nan Liv Sentespri te fè yo ekri a
1:3b.ROM.001.003 Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David
1:4b.ROM.001.004 Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò
1:5b.ROM.001.005 Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li
1:6b.ROM.001.006 Nou menm kretyen ki nan lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou n' antre nan fanmi Jezikri a
1:7b.ROM.001.007 Se sak fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze
1:8b.ROM.001.008 Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye
1:9b.ROM.001.009 Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse bon nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou
1:10b.ROM.001.010 se san rete m'ap lapriyè pou nou; m'ap mande Bondye pou l' kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li
1:11b.ROM.001.011 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm
1:12b.ROM.001.012 Mwen vle di pito, pou m' ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a
1:13b.ROM.001.013 Frè m' yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk koulye a
1:14b.ROM.001.014 Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li
1:15b.ROM.001.015 Se poutèt sa, m' anvi vin anonse bon nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm
1:16b.ROM.001.016 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou
1:17b.ROM.001.017 Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi
1:18b.ROM.001.018 Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li
1:19b.ROM.001.019 Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo
1:20b.ROM.001.020 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm
1:21b.ROM.001.021 Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo
1:22b.ROM.001.022 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou
1:23b.ROM.001.023 Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant
1:24b.ROM.001.024 Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo
1:25b.ROM.001.025 Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn
1:26b.ROM.001.026 Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon
1:27b.ROM.001.027 Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a
1:28b.ROM.001.028 Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè
1:29b.ROM.001.029 Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa
1:30b.ROM.001.030 Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo
1:31b.ROM.001.031 Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun
1:32b.ROM.001.032 Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou
2
2:1b.ROM.002.001 Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo
2:2b.ROM.002.002 Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a
2:3b.ROM.002.003 Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a
2:4b.ROM.002.004 Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa
2:5b.ROM.002.005 Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri
2:6b.ROM.002.006 Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè
2:7b.ROM.002.007 Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an
2:8b.ROM.002.008 Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo
2:9b.ROM.002.009 Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo
2:10b.ROM.002.010 Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo
2:11b.ROM.002.011 Paske, Bondye pa gade sou figi moun
2:12b.ROM.002.012 Tout moun ki pa t' konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a
2:13b.ROM.002.013 Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande
2:14b.ROM.002.014 Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a
2:15b.ROM.002.015 Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè
2:16b.ROM.002.016 Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt
2:17b.ROM.002.017 Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kò ou sou lalwa a. W'ap vante tèt ou dèske ou konn Bondye
2:18b.ROM.002.018 Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen
2:19b.ROM.002.019 Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa
2:20b.ROM.002.020 yon pwofesè lekòl pou timoun; ou kwè ou ka moutre moun ki pa konnen anyen yo anpil bagay. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a
2:21b.ROM.002.021 Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou
2:22b.ROM.002.022 W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap dèfann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo
2:23b.ROM.002.023 Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a
2:24b.ROM.002.024 Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa
2:25b.ROM.002.025 Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pa t' janm sikonsi
2:26b.ROM.002.026 Lè yon moun lòt nasyon ki pa sikonsi fè sa lalwa a mande, èske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi
2:27b.ROM.002.027 Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a
2:28b.ROM.002.028 Se pa moun ki gen aparans jwif ki jwif tout bon. Se pa sikonsizyon ki kite mak nan kò moun ki sikonsizyon tout bon an
2:29b.ROM.002.029 Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye
3
3:1b.ROM.003.001 Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li
3:2b.ROM.003.002 Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo
3:3b.ROM.003.003 Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou
3:4b.ROM.003.004 O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou
3:5b.ROM.003.005 Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m' wi, m'ap pale tankou moun.
3:6b.ROM.003.006 Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun
3:7b.ROM.003.007 Bon, si lè m' bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l' ta jije m' tankou yon moun ki fè sa ki mal
3:8b.ROM.003.008 Poukisa nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon
3:9b.ROM.003.009 Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a
3:10b.ROM.003.010 Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn
3:11b.ROM.003.011 Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye
3:12b.ROM.003.012 Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl
3:13b.ROM.003.013 Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik
3:14b.ROM.003.014 Bouch yo plen madichon ak jouman
3:15b.ROM.003.015 Ti krik ti krak, se fè san koule
3:16b.ROM.003.016 Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè
3:17b.ROM.003.017 Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun
3:18b.ROM.003.018 Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye
3:19b.ROM.003.019 Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye
3:20b.ROM.003.020 Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon
3:21b.ROM.003.021 Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou
3:22b.ROM.003.022 Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm
3:23b.ROM.003.023 Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a
3:24b.ROM.003.024 Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo
3:25b.ROM.003.025 Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè
3:26b.ROM.003.026 Men koulye a, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras
3:27b.ROM.003.027 Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans
3:28b.ROM.003.028 Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l' gras, se pa paske li fè sa lalwa mande
3:29b.ROM.003.029 Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou
3:30b.ROM.003.030 Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li
3:31b.ROM.003.031 Bon. Jan nou pale a, èske konfyans nan Bondye fè lalwa a pèdi valè li? Men non, okontrè, nou kanpe lalwa a pi rèd
4
4:1b.ROM.004.001 Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn
4:2b.ROM.004.002 Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l' gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye
4:3b.ROM.004.003 Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l' gras
4:4b.ROM.004.004 Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l' fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li
4:5b.ROM.004.005 Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l' yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li
4:6b.ROM.004.006 Se sa David te vle di, lè l' deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l' fè, se moun konsa ki beni
4:7b.ROM.004.007 Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè
4:8b.ROM.004.008 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l' kont pou sa li fè ki mal
4:9b.ROM.004.009 Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fèk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l' gras
4:10b.ROM.004.010 Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pa t' nan apre. Se te anvan li te sikonsi
4:11b.ROM.004.011 Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras
4:12b.ROM.004.012 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi
4:13b.ROM.004.013 Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l' te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pa t' fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sak fè Bondye te fè l' gras
4:14b.ROM.004.014 Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò; pwomès li a pèdi tout valè li
4:15b.ROM.004.015 Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa
4:16b.ROM.004.016 Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout
4:17b.ROM.004.017 jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la
4:18b.ROM.004.018 Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil
4:19b.ROM.004.019 Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò
4:20b.ROM.004.020 Non, li pa t' pèdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye
4:21b.ROM.004.021 Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fè sa l' te pwomèt la
4:22b.ROM.004.022 Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l' gras
4:23b.ROM.004.023 Men, se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Li fè li gras
4:24b.ROM.004.024 Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an
4:25b.ROM.004.025 Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras
5
5:1b.ROM.005.001 Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an
5:2b.ROM.005.002 Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li
5:3b.ROM.005.003 Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri
5:4b.ROM.005.004 Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa
5:5b.ROM.005.005 Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li
5:6b.ROM.005.006 Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a
5:7b.ROM.005.007 Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen
5:8b.ROM.005.008 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou
5:9b.ROM.005.009 Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye
5:10b.ROM.005.010 Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou
5:11b.ROM.005.011 Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a
5:12b.ROM.005.012 Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche
5:13b.ROM.005.013 Peche te deja sou latè lontan anvan Lalwa Moyiz la. Men, paske pa t' gen lalwa, Bondye te fèmen je l' sou peche
5:14b.ROM.005.014 Men, soti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pa t' fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an
5:15b.ROM.005.015 Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou
5:16b.ROM.005.016 Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras
5:17b.ROM.005.017 Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la
5:18b.ROM.005.018 Se sak fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi
5:19b.ROM.005.019 Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun fè peche, konsa tou obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras
5:20b.ROM.005.020 Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo
5:21b.ROM.005.021 Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an
6
6:1b.ROM.006.001 Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou
6:2b.ROM.006.002 Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche
6:3b.ROM.006.003 Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li
6:4b.ROM.006.004 Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi
6:5b.ROM.006.005 Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou
6:6b.ROM.006.006 Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò
6:7b.ROM.006.007 Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a
6:8b.ROM.006.008 Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li
6:9b.ROM.006.009 Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li
6:10b.ROM.006.010 Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv
6:11b.ROM.006.011 Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri
6:12b.ROM.006.012 Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè
6:13b.ROM.006.013 Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen
6:14b.ROM.006.014 Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye
6:15b.ROM.006.015 Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non
6:16b.ROM.006.016 Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye
6:17b.ROM.006.017 Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou
6:18b.ROM.006.018 Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye
6:19b.ROM.006.019 M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li
6:20b.ROM.006.020 Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen
6:21b.ROM.006.021 Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò
6:22b.ROM.006.022 Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an
6:23b.ROM.006.023 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini
7
7:1b.ROM.007.001 Frè m' yo, mwen sèten nou konnen sa m' pral di nou la a deja, paske nou konn lalwa a: Se toutotan yon moun ap viv lalwa gen pouvwa sou li
7:2b.ROM.007.002 M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a
7:3b.ROM.007.003 Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè
7:4b.ROM.007.004 Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye
7:5b.ROM.007.005 Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò
7:6b.ROM.007.006 Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la
7:7b.ROM.007.007 Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou
7:8b.ROM.007.008 Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri
7:9b.ROM.007.009 Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m' te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò
7:10b.ROM.007.010 Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m' lavi a, se li menm ki ban m' lanmò
7:11b.ROM.007.011 Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m' ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an
7:12b.ROM.007.012 Men, lalwa a se yon bagay ki soti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon
7:13b.ROM.007.013 Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l' fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou
7:14b.ROM.007.014 Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m', li fè m' tounen esklav li
7:15b.ROM.007.015 Lè m' fè yon bagay, mwen pa konprann sa m' fè a. Paske, sa m' ta vle fè a, se pa sa m' fè. Epi sa m' pa vle fè a, se li mwen fè
7:16b.ROM.007.016 Si sa m' pa t' vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon
7:17b.ROM.007.017 Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li
7:18b.ROM.007.018 Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li
7:19b.ROM.007.019 Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a
7:20b.ROM.007.020 Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li
7:21b.ROM.007.021 Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè
7:22b.ROM.007.022 Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a
7:23b.ROM.007.023 Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen
7:24b.ROM.007.024 Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò
7:25b.ROM.007.025 Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a
8
8:1b.ROM.008.001 Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri
8:2b.ROM.008.002 Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò
8:3b.ROM.008.003 Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a
8:4b.ROM.008.004 Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a
8:5b.ROM.008.005 Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a
8:6b.ROM.008.006 Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze
8:7b.ROM.008.007 Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm
8:8b.ROM.008.008 Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi
8:9b.ROM.008.009 Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la
8:10b.ROM.008.010 Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye
8:11b.ROM.008.011 Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou
8:12b.ROM.008.012 Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a
8:13b.ROM.008.013 Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv
8:14b.ROM.008.014 Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye
8:15b.ROM.008.015 Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa
8:16b.ROM.008.016 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye
8:17b.ROM.008.017 Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou
8:18b.ROM.008.018 Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo
8:19b.ROM.008.019 Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt
8:20b.ROM.008.020 Paske, tout kreyasyon an te tonbe pa fòs anba pouvwa bagay ki pa vo anyen an. Se pa paske li te vle l', men se akòz moun ki te vle l' konsa a. Men, li te toujou gen espwa
8:21b.ROM.008.021 yon lè la delivre anba esklavaj pouvwa k'ap gate l' la, pou l' ka jwi bèl libète pitit Bondye yo
8:22b.ROM.008.022 Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche
8:23b.ROM.008.023 Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n'ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo
8:24b.ROM.008.024 Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja
8:25b.ROM.008.025 Men, si n'ap tann sa nou pa wè, n'ap tann li avèk pasyans
8:26b.ROM.008.026 Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike
8:27b.ROM.008.027 Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye
8:28b.ROM.008.028 Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele
8:29b.ROM.008.029 Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè
8:30b.ROM.008.030 Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou
8:31b.ROM.008.031 Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou
8:32b.ROM.008.032 Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi
8:33b.ROM.008.033 Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras
8:34b.ROM.008.034 Ki moun ki kab kondannen yo? Pesonn. Paske Jezikri te mouri. Sak pi rèd ankò, li leve soti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou
8:35b.ROM.008.035 Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la
8:36b.ROM.008.036 Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa
8:37b.ROM.008.037 Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an
8:38b.ROM.008.038 Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita
8:39b.ROM.008.039 ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an
9
9:1b.ROM.009.001 Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti
9:2b.ROM.009.002 Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan
9:3b.ROM.009.003 Mwen ta pito wè m' tonbe anba madichon Bondye, mwen ta pito pèdi renmen Kris la gen pou mwen an si sa te ka sèvi pou byen frè m' yo, moun menm ras avè mwen yo
9:4b.ROM.009.004 Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo
9:5b.ROM.009.005 Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn
9:6b.ROM.009.006 Lè m' di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a
9:7b.ROM.009.007 Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo
9:8b.ROM.009.008 Sa vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li
9:9b.ROM.009.009 Men ki jan Bondye te fè pwomès la: Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gen tan gen yon pitit gason
9:10b.ROM.009.010 Gen lòt pawòl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fè de pitit gason pou yon sèl papa, Izarak granpapa nou
9:11b.ROM.009.011 -(we vèsè pwochen
9:12b.ROM.009.012 Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a
9:13b.ROM.009.013 Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou
9:14b.ROM.009.014 Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non
9:15b.ROM.009.015 Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m' pou moun mwen vle
9:16b.ROM.009.016 Se sak fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib
9:17b.ROM.009.017 Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè
9:18b.ROM.009.018 Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li
9:19b.ROM.009.019 Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye
9:20b.ROM.009.020 Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'
9:21b.ROM.009.021 Moun k'ap bat tè pou fè krich la gen dwa fè sa l' vle ak tè a. Avèk menm pa t' labou a, li ka fè de kalite krich: yon bèl krich byen chè ak yon krich bon mache
9:22b.ROM.009.022 Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri
9:23b.ROM.009.023 Li te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo
9:24b.ROM.009.024 Lè m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou
9:25b.ROM.009.025 Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pa t' pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen
9:26b.ROM.009.026 Tout kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye. se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an
9:27b.ROM.009.027 Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l' menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove
9:28b.ROM.009.028 Paske, Mèt la gen pou l' fè tou sa l' te di a nèt, epi byen vit ankò, sou tout latè
9:29b.ROM.009.029 Tankou menm pwofèt Ezayi sa a te di anvan: Si Mèt ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk pitit pitit pou nou, nou ta pase tankou Sodòm, nou ta menm jan ak Gomò
9:30b.ROM.009.030 Kisa n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pa t' jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li
9:31b.ROM.009.031 Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a
9:32b.ROM.009.032 Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a
9:33b.ROM.009.033 jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont
10
10:1b.ROM.010.001 Frè m' yo, jan m' ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo
10:2b.ROM.010.002 Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann
10:3b.ROM.010.003 Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la
10:4b.ROM.010.004 Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras
10:5b.ROM.010.005 Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l' ladan li
10:6b.ROM.010.006 Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann soti ladan li.
10:7b.ROM.010.007 Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve soti vivan pami mò yo.
10:8b.ROM.010.008 Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n'ap anonse a
10:9b.ROM.010.009 Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove
10:10b.ROM.010.010 Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li
10:11b.ROM.010.011 dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont
10:12b.ROM.010.012 Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite
10:13b.ROM.010.013 Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans
10:14b.ROM.010.014 Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li
10:15b.ROM.010.015 si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini
10:16b.ROM.010.016 Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la
10:17b.ROM.010.017 Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse
10:18b.ROM.010.018 Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè
10:19b.ROM.010.019 Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pa t' konprann sa? Pou kòmanse, men repons Moyiz bay: M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann
10:20b.ROM.010.020 Ezayi menm pouse radiyès li pi lwen toujou lè l' di: Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen
10:21b.ROM.010.021 Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m'ap lonje men m' bay yon pèp ki rebèl, k'ap fè wòklò
11
11:1b.ROM.011.001 Koulye a, m'ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen
11:2b.ROM.011.002 Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan Liv la, kote y'ap rakonte ki jan Eli t'ap pote plent bay Bondye pou pèp Izrayèl la
11:3b.ROM.011.003 Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo; se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m' tou
11:4b.ROM.011.004 Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal
11:5b.ROM.011.005 Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo
11:6b.ROM.011.006 Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo fave sa a; men se paske Bondye te vle fè l' pou yo. Si se pa t' konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò
11:7b.ROM.011.007 Bon. Kisa n'a di koulye a? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pa t' jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di
11:8b.ROM.011.008 dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè; yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a
11:9b.ROM.011.009 David, bò pa l', di tou: Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l', pou yo resevwa chatiman yo
11:10b.ROM.011.010 Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan
11:11b.ROM.011.011 Koulye a, m'ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo
11:12b.ROM.011.012 Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre
11:13b.ROM.011.013 Koulye a, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m' di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a
11:14b.ROM.011.014 Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m' ka delivre kèk nan yo
11:15b.ROM.011.015 Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisak va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo
11:16b.ROM.011.016 Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou
11:17b.ROM.011.017 Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifè koulye a, se ou menm k'ap pwofite lèt rasin k'ap nouri pye oliv kay la
11:18b.ROM.011.018 Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito
11:19b.ROM.011.019 Lè sa a wa di m': Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m' nan plas yo
11:20b.ROM.011.020 Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye; ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou
11:21b.ROM.011.021 Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman
11:22b.ROM.011.022 Sa fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lòt branch yo
11:23b.ROM.011.023 Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò
11:24b.ROM.011.024 Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv mawon yo koupe. Atout ou mawon an, yo grefe ou sou pye oliv kay la. Men jwif yo menm, se branch pye oliv kay la menm yo ye. L'ap pi fasil toujou pou grefe yo ankò sou pyebwa pa yo a
11:25b.ROM.011.025 Frè m' yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre
11:26b.ROM.011.026 Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap soti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen
11:27b.ROM.011.027 Men kontra m' pral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo
11:28b.ROM.011.028 Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo
11:29b.ROM.011.029 Sa Bondye fè kado, li bay li nèt; li p'ap chanje lide lè l' fin rele yon moun
11:30b.ROM.011.030 Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, koulye a nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li
11:31b.ROM.011.031 Konsa tou, koulye a jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo
11:32b.ROM.011.032 Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l' ka gen pitye pou tout moun ansanm
11:33b.ROM.011.033 O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la
11:34b.ROM.011.034 Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy
11:35b.ROM.011.035 Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa
11:36b.ROM.011.036 Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn
12
12:1b.ROM.012.001 Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon
12:2b.ROM.012.002 Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale
12:3b.ROM.012.003 Poutèt favè Bondye fè m' lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa
12:4b.ROM.012.004 Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l' apa
12:5b.ROM.012.005 Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò
12:6b.ROM.012.006 Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an
12:7b.ROM.012.007 Si yon lòt resevwa don pou l' fè yon travay, se pou l' fè travay la. Moun ki resevwa don pou l' moutre lòt anpil bagay, se sa pou l' fè
12:8b.ROM.012.008 Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan
12:9b.ROM.012.009 Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen
12:10b.ROM.012.010 Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan
12:11b.ROM.012.011 Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la
12:12b.ROM.012.012 Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè
12:13b.ROM.012.013 Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen
12:14b.ROM.012.014 Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo
12:15b.ROM.012.015 Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye
12:16b.ROM.012.016 Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa
12:17b.ROM.012.017 Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun
12:18b.ROM.012.018 Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li
12:19b.ROM.012.019 Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa
12:20b.ROM.012.020 Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje
12:21b.ROM.012.021 Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n' kraze sa ki mal
13
13:1b.ROM.013.001 Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo
13:2b.ROM.013.002 Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y'ap rale yon jijman sou tèt pa yo
13:3b.ROM.013.003 Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo
13:4b.ROM.013.004 Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal
13:5b.ROM.013.005 Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen
13:6b.ROM.013.006 Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen
13:7b.ROM.013.007 Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte
13:8b.ROM.013.008 Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande
13:9b.ROM.013.009 Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou
13:10b.ROM.013.010 Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sak fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè
13:11b.ROM.013.011 Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan
13:12b.ROM.013.012 Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun
13:13b.ROM.013.013 Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi
13:14b.ROM.013.014 Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè
14
14:1b.ROM.014.001 Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen
14:2b.ROM.014.002 Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase
14:3b.ROM.014.003 Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a
14:4b.ROM.014.004 Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li
14:5b.ROM.014.005 M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo
14:6b.ROM.014.006 Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi
14:7b.ROM.014.007 Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Seyè a
14:8b.ROM.014.008 si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye
14:9b.ROM.014.009 Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo
14:10b.ROM.014.010 Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a
14:11b.ROM.014.011 Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye
14:12b.ROM.014.012 Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo
14:13b.ROM.014.013 Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche
14:14b.ROM.014.014 Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li
14:15b.ROM.014.015 Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou
14:16b.ROM.014.016 Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal
14:17b.ROM.014.017 Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo
14:18b.ROM.014.018 Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa
14:19b.ROM.014.019 Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye
14:20b.ROM.014.020 Piga kraze travay Bondye a poutèt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche
14:21b.ROM.014.021 Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche
14:22b.ROM.014.022 Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l' pou tèt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l' koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè
14:23b.ROM.014.023 Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lè l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche
15
15:1b.ROM.015.001 Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman
15:2b.ROM.015.002 Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye
15:3b.ROM.015.003 Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure
15:4b.ROM.015.004 Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye
15:5b.ROM.015.005 Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri
15:6b.ROM.015.006 Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an
15:7b.ROM.015.007 Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye
15:8b.ROM.015.008 Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li
15:9b.ROM.015.009 Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou
15:10b.ROM.015.010 Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a
15:11b.ROM.015.011 Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li
15:12b.ROM.015.012 Ezayi di tou: Li gen pou l' vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li
15:13b.ROM.015.013 Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a
15:14b.ROM.015.014 Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy
15:15b.ROM.015.015 Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan
15:16b.ROM.015.016 pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a
15:17b.ROM.015.017 Se pou sa, mwen gen dwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye
15:18b.ROM.015.018 -(we vèsè pwochen
15:19b.ROM.015.019 Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou
15:20b.ROM.015.020 Men, lanbisyon m' se te pou m' fè konnen bon nouvèl la sèlman kote moun pa t' ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m' pa t' bati sou fondasyon lòt moun te poze
15:21b.ROM.015.021 jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pa t' ankò konnen l' yo va wè. Moun ki pa t' ankò tande nonmen non l' yo va konprann
15:22b.ROM.015.022 Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou
15:23b.ROM.015.023 Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou
15:24b.ROM.015.024 Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou
15:25b.ROM.015.025 Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis
15:26b.ROM.015.026 Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm
15:27b.ROM.015.027 Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo
15:28b.ROM.015.028 Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout
15:29b.ROM.015.029 Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive
15:30b.ROM.015.030 Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen
15:31b.ROM.015.031 Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a
15:32b.ROM.015.032 Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou
15:33b.ROM.015.033 Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn
16
16:1b.ROM.016.001 Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a
16:2b.ROM.016.002 Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou
16:3b.ROM.016.003 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a
16:4b.ROM.016.004 Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou
16:5b.ROM.016.005 Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi
16:6b.ROM.016.006 Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou
16:7b.ROM.016.007 Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen
16:8b.ROM.016.008 Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou
16:9b.ROM.016.009 Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an
16:10b.ROM.016.010 Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou
16:11b.ROM.016.011 Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou
16:12b.ROM.016.012 Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou
16:13b.ROM.016.013 Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou
16:14b.ROM.016.014 Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou
16:15b.ROM.016.015 Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou
16:16b.ROM.016.016 Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou
16:17b.ROM.016.017 M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo
16:18b.ROM.016.018 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo
16:19b.ROM.016.019 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal
16:20b.ROM.016.020 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou
16:21b.ROM.016.021 Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou
16:22b.ROM.016.022 Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la
16:23b.ROM.016.023 Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou
16:24b.ROM.016.024 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout
16:25b.ROM.016.025 Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan
16:26b.ROM.016.026 Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye
16:27b.ROM.016.027 Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn
- Holder of rights
- Multilingual Bible Corpus
- Citation Suggestion for this Object
- TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Romans (Creole). Romans (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9098-9