Acts (Creole)
1
1:1b.ACT.001.001 Teofil monchè: Nan premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te moutre pèp la, depi nan konmans man
1:2b.ACT.001.002 jouk jou li moute nan syèl la. Anvan l' te moute a, li te pale ak moun li te chwazi pou sèvi apòt. Avèk pouvwa Sentespri sou li, li ba yo lòd sa pou yo fè
1:3b.ACT.001.003 Apre lanmò li, li te parèt plizyè fwa devan yo. Li te ba yo divès prèv li te vivan ankò. Pandan karant jou, li fè yo wè l', li pale yo sou peyi kote Bondye wa a
1:4b.ACT.001.004 Yon jou yo t'ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t'ap pale nou an
1:5b.ACT.001.005 Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a
1:6b.ACT.001.006 Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l' ankò
1:7b.ACT.001.007 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li
1:8b.ACT.001.008 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè
1:9b.ACT.001.009 Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo
1:10b.ACT.001.010 Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo
1:11b.ACT.001.011 Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la
1:12b.ACT.001.012 Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa
1:13b.ACT.001.013 Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la
1:14b.ACT.001.014 Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou
1:15b.ACT.001.015 Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di
1:16b.ACT.001.016 Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo
1:17b.ACT.001.017 Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an
1:18b.ACT.001.018 (Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò
1:19b.ACT.001.019 Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akeldama, ki vle di: jaden san an.
1:20b.ACT.001.020 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pesonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la
1:21b.ACT.001.021 Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Seyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Seyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a
1:22b.ACT.001.022 depi lè Jan te batize l' la jouk jou li te kite nou an pou l' moute nan syèl la
1:23b.ACT.001.023 Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas
1:24b.ACT.001.024 Apre sa, yo lapriyè konsa: Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo
1:25b.ACT.001.025 pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou li al kote ki te pou li a
1:26b.ACT.001.026 Apre sa, yo tire osò: se Matyas ki soti. Se konsa yo mete l' ansanm ak onz apòt yo
2
2:1b.ACT.002.001 Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a
2:2b.ACT.002.002 Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a
2:3b.ACT.002.003 Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak
2:4b.ACT.002.004 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale
2:5b.ACT.002.005 Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè
2:6b.ACT.002.006 Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak
2:7b.ACT.002.007 Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye
2:8b.ACT.002.008 Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou
2:9b.ACT.002.009 Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi
2:10b.ACT.002.010 Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki soti lavil Wòm
2:11b.ACT.002.011 Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki soti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè
2:12b.ACT.002.012 Yo tout te sezi, yo pa t' konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di
2:13b.ACT.002.013 Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou
2:14b.ACT.002.014 Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a
2:15b.ACT.002.015 Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman
2:16b.ACT.002.016 Men, sa pwofèt Joèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a
2:17b.ACT.002.017 Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv
2:18b.ACT.002.018 Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye
2:19b.ACT.002.019 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen
2:20b.ACT.002.020 Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou
2:21b.ACT.002.021 Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre
2:22b.ACT.002.022 Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen
2:23b.ACT.002.023 Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa
2:24b.ACT.002.024 Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li
2:25b.ACT.002.025 Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'
2:26b.ACT.002.026 Se poutèt sa kè m' kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m'ap poze l' avèk espwa nan Bondye
2:27b.ACT.002.027 Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè
2:28b.ACT.002.028 Ou fè m' konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen
2:29b.ACT.002.029 Frè m' yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l'. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a
2:30b.ACT.002.030 Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li
2:31b.ACT.002.031 David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti
2:32b.ACT.002.032 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a
2:33b.ACT.002.033 Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a
2:34b.ACT.002.034 Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen
2:35b.ACT.002.035 jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou
2:36b.ACT.002.036 Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Seyè, se li menm Bondye fè Kris la
2:37b.ACT.002.037 Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè
2:38b.ACT.002.038 Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a
2:39b.ACT.002.039 Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li
2:40b.ACT.002.040 Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo
2:41b.ACT.002.041 Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo
2:42b.ACT.002.042 Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè
2:43b.ACT.002.043 Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè
2:44b.ACT.002.044 Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm
2:45b.ACT.002.045 Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun
2:46b.ACT.002.046 Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon
2:47b.ACT.002.047 Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la
3
3:1b.ACT.003.001 Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè
3:2b.ACT.003.002 Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite
3:3b.ACT.003.003 Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy
3:4b.ACT.003.004 Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou
3:5b.ACT.003.005 Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy
3:6b.ACT.003.006 Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache
3:7b.ACT.003.007 Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm
3:8b.ACT.003.008 Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye
3:9b.ACT.003.009 Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye
3:10b.ACT.003.010 Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la
3:11b.ACT.003.011 Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an
3:12b.ACT.003.012 Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye
3:13b.ACT.003.013 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li
3:14b.ACT.003.014 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l' jete, nou te pito mande Pilat pou l' te lage yon ansasen ban nou
3:15b.ACT.003.015 Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo
3:16b.ACT.003.016 Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la
3:17b.ACT.003.017 Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi
3:18b.ACT.003.018 Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre
3:19b.ACT.003.019 Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo
3:20b.ACT.003.020 Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an
3:21b.ACT.003.021 Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l' te fè nou konnen l' lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan
3:22b.ACT.003.022 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou
3:23b.ACT.003.023 Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li
3:24b.ACT.003.024 Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a
3:25b.ACT.003.025 Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon
3:26b.ACT.003.026 Se konsa Bondye fè sèvitè l' la parèt, li voye l' ban nou anvan pou l' beni nou, pou l' fè nou tout kite mechanste nou yo
4
4:1b.ACT.004.001 Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive
4:2b.ACT.004.002 Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve soti vivan nan lanmò
4:3b.ACT.004.003 Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche
4:4b.ACT.004.004 Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil (5.000) moun konsa ki te kwè
4:5b.ACT.004.005 Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm
4:6b.ACT.004.006 Ladan yo te gen: An, granprèt la, Kayif, Jan, Aleksann ansanm ak fanmi granprèt la
4:7b.ACT.004.007 Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: Kote n' pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa
4:8b.ACT.004.008 Lè sa a, Pyè vin anba pouvwa Sentespri, li di yo: Mesye chèf pèp la ak chèf fanmi yo
4:9b.ACT.004.009 Jòdi a y'ap poze nou keksyon sou yon byen nou fè pou yon enfim, y'ap mande nou ki jan nonm sa a fè geri
4:10b.ACT.004.010 Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye
4:11b.ACT.004.011 Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la
4:12b.ACT.004.012 Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou
4:13b.ACT.004.013 Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi
4:14b.ACT.004.014 Men, yo pa t' jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kot Pyè ak Jan
4:15b.ACT.004.015 Yo mande apòt yo pou yo soti nan pyès kote Gran Konsèy la te reyini an, epi yo pran diskite bagay la yonn ak lòt
4:16b.ACT.004.016 Yo t'ap di konsa: Kisa pou n' fè ak mesye sa yo? Paske, tout moun nan Jerizalèm konnen byen pwòp se yo ki te fè gwo mirak sa a. Nou pa ka di se pa vre
4:17b.ACT.004.017 Men, pou nouvèl la pa gaye plis nan pèp la, n'ap kraponnen yo, n'ap defann yo pale ak pesonn nan non Jezi
4:18b.ACT.004.018 Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi
4:19b.ACT.004.019 Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye
4:20b.ACT.004.020 Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande
4:21b.ACT.004.021 Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa t' kapab fè yo anyen paske tout pèp la t'ap fè lwanj Bondye pou sa ki te rive a
4:22b.ACT.004.022 Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase
4:23b.ACT.004.023 Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di
4:24b.ACT.004.024 Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo
4:25b.ACT.004.025 Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l' te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa
4:26b.ACT.004.026 Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a
4:27b.ACT.004.027 Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a
4:28b.ACT.004.028 Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la
4:29b.ACT.004.029 Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon
4:30b.ACT.004.030 Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a
4:31b.ACT.004.031 Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon
4:32b.ACT.004.032 Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun
4:33b.ACT.004.033 Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout
4:34b.ACT.004.034 Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan a
4:35b.ACT.004.035 renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo
4:36b.ACT.004.036 Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a
4:37b.ACT.004.037 Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo
5
5:1b.ACT.005.001 Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen
5:2b.ACT.005.002 Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la
5:3b.ACT.005.003 Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou
5:4b.ACT.005.004 Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe
5:5b.ACT.005.005 Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil
5:6b.ACT.005.006 Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li
5:7b.ACT.005.007 Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre
5:8b.ACT.005.008 Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a
5:9b.ACT.005.009 Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou
5:10b.ACT.005.010 Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li
5:11b.ACT.005.011 Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil
5:12b.ACT.005.012 Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an
5:13b.ACT.005.013 Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo
5:14b.ACT.005.014 Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a
5:15b.ACT.005.015 Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo
5:16b.ACT.005.016 Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri
5:17b.ACT.005.017 Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li
5:18b.ACT.005.018 Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon
5:19b.ACT.005.019 Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo
5:20b.ACT.005.020 Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a
5:21b.ACT.005.021 Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y' al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l' yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an
5:22b.ACT.005.022 Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di
5:23b.ACT.005.023 Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pesonn anndan an
5:24b.ACT.005.024 Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive
5:25b.ACT.005.025 Men, yon moun vin rive, li di yo: Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la
5:26b.ACT.005.026 Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch
5:27b.ACT.005.027 Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon
5:28b.ACT.005.028 Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan
5:29b.ACT.005.029 Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun
5:30b.ACT.005.030 Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a
5:31b.ACT.005.031 Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo
5:32b.ACT.005.032 Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo
5:33b.ACT.005.033 Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo
5:34b.ACT.005.034 Men, te gen yon farizyen nan mitan yo ki te rele Gamalyèl. Se te yon dirèktè lalwa tout pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Konsèy la, li mande pou fè apòt yo soti yon ti moman
5:35b.ACT.005.035 Apre sa, li di: Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo
5:36b.ACT.005.036 Sa pa gen lontan, yon nonm yo rele Tedas te parèt. Li te pran pòz grannèg li. Li jwenn katsan (400) moun konsa ki te mete tèt ansanm avè li. Yo touye l', epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an tonbe
5:37b.ACT.005.037 Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou
5:38b.ACT.005.038 Pou koulye a, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a soti nan lèzòm, li gen pou l' disparèt
5:39b.ACT.005.039 Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl
5:40b.ACT.005.040 Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo
5:41b.ACT.005.041 Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi
5:42b.ACT.005.042 Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a
6
6:1b.ACT.006.001 Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a
6:2b.ACT.006.002 Douz apòt yo sanble tout disip yo, yo di: Li pa ta bon pou n' neglije predikasyon pawòl Bondye a pou n' al okipe sèvis manje a
6:3b.ACT.006.003 Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt gason pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo. N'a ba yo fè sèvis sa a
6:4b.ACT.006.004 Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a
6:5b.ACT.006.005 Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo
6:6b.ACT.006.006 Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo
6:7b.ACT.006.007 Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la
6:8b.ACT.006.008 Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la
6:9b.ACT.006.009 Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn
6:10b.ACT.006.010 Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li
6:11b.ACT.006.011 Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye
6:12b.ACT.006.012 Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la
6:13b.ACT.006.013 Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la
6:14b.ACT.006.014 Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo
6:15b.ACT.006.015 Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye
7
7:1b.ACT.007.001 Granprèt la mande Etyèn: Eske se vre
7:2b.ACT.007.002 Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan
7:3b.ACT.007.003 Bondye di l' konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l'. Ale nan peyi m'a moutre ou la
7:4b.ACT.007.004 Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l' kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv koulye a
7:5b.ACT.007.005 Lè sa a, Bondye pa t' bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l' peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pa t' gen pitit
7:6b.ACT.007.006 Men sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo gen pou y' al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an)
7:7b.ACT.007.007 Men, Bondye di l' ankò: Se mwen menm k'ap peni nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a soti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m' isit la
7:8b.ACT.007.008 Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la
7:9b.ACT.007.009 Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf
7:10b.ACT.007.010 Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou
7:11b.ACT.007.011 Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje
7:12b.ACT.007.012 Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa
7:13b.ACT.007.013 Dezyèm fwa y' ale a, Jozèf fè frè l' yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo
7:14b.ACT.007.014 Jozèf voye chache Jakòb, papa l', ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou
7:15b.ACT.007.015 Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo
7:16b.ACT.007.016 Yo pote kò yo Sichèm, yo antere yo la, nan twou wòch Abraram te achte nan men eritye Emò yo, lavil Sichèm
7:17b.ACT.007.017 Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la
7:18b.ACT.007.018 Yon lòt wa ki pa t' konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a
7:19b.ACT.007.019 Wa sa a twonpe pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo: li fòse yo kite tibebe ki fenk fèt yo deyò pou yo mouri
7:20b.ACT.007.020 Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l' pandan twa mwa lakay papa li pou ba l' tete
7:21b.ACT.007.021 Men, lè yo te lage l' deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l': li elve l' tankou pitit pa li
7:22b.ACT.007.022 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l' te pale ak sa l' t'ap fè, yo te wè msye te fò anpil
7:23b.ACT.007.023 Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l' yo, moun pèp Izrayèl yo
7:24b.ACT.007.024 Lè l' rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l' yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li
7:25b.ACT.007.025 Li te kwè frè l' yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l' pou delivre yo a. Men, yo pa t' konprann sa
7:26b.ACT.007.026 Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa
7:27b.ACT.007.027 Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l' konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou
7:28b.ACT.007.028 Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a
7:29b.ACT.007.029 Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, li al viv nan peyi Madyan. Antan l' te la, li fè de pitit gason
7:30b.ACT.007.030 Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a
7:31b.ACT.007.031 Moyiz te sezi lè l' wè aparisyon sa a. Antan l' t'ap pwoche pou gade l' pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di
7:32b.ACT.007.032 Se mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l' pou l' gade
7:33b.ACT.007.033 Lè sa a Bondye di l' ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye
7:34b.ACT.007.034 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan li ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Koulye a, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip
7:35b.ACT.007.035 Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a
7:36b.ACT.007.036 Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan
7:37b.ACT.007.037 Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan: se va yonn nan frè nou yo
7:38b.ACT.007.038 Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a; li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l' sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou
7:39b.ACT.007.039 Men, zansèt nou yo pa t' vle obeyi l'; yo mete l' sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip
7:40b.ACT.007.040 Yo di Arawon: Fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou soti kite peyi Lejip la
7:41b.ACT.007.041 Lè sa a, yo fè yon estati an fòm yon ti towo bèf, epi yo touye bèt ofri bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a
7:42b.ACT.007.042 Men, Bondye vire do l' ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pase nan gwo dezè a
7:43b.ACT.007.043 Non, se pa t' pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidòl Molòk la, ansanm ak pòtre zetwal Refan, bondye nou an, bann zidòl nou te fè ak men nou pou n' adore! Se poutèt sa, m'ap voye nou jouk lòt bò Babilòn
7:44b.ACT.007.044 Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fè l' la, dapre modèl li te moutre Moyiz la
7:45b.ACT.007.045 Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l' avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David
7:46b.ACT.007.046 David te jwenn favè Bondye, li te mande l' pèmisyon pou l' te fè yon kay pou Bondye Jakòb la
7:47b.ACT.007.047 Men se Salomon ki te bati kay la pou li
7:48b.ACT.007.048 Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di
7:49b.ACT.007.049 Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'
7:50b.ACT.007.050 Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo
7:51b.ACT.007.051 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo
7:52b.ACT.007.052 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye
7:53b.ACT.007.053 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li
7:54b.ACT.007.054 Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè
7:55b.ACT.007.055 Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye
7:56b.ACT.007.056 Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye
7:57b.ACT.007.057 Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm
7:58b.ACT.007.058 Yo trennen l' deyò lavil la. Yo touye l' ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl
7:59b.ACT.007.059 Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen
7:60b.ACT.007.060 Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri
8
8:1b.ACT.008.001 Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm
8:2b.ACT.008.002 Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li
8:3b.ACT.008.003 Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon
8:4b.ACT.008.004 Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou
8:5b.ACT.008.005 Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo
8:6b.ACT.008.006 Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè
8:7b.ACT.008.007 Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou
8:8b.ACT.008.008 Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la
8:9b.ACT.008.009 Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg
8:10b.ACT.008.010 Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li
8:11b.ACT.008.011 Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo
8:12b.ACT.008.012 Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm
8:13b.ACT.008.013 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè
8:14b.ACT.008.014 Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo
8:15b.ACT.008.015 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri
8:16b.ACT.008.016 paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman
8:17b.ACT.008.017 Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri
8:18b.ACT.008.018 Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan
8:19b.ACT.008.019 Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou
8:20b.ACT.008.020 Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan
8:21b.ACT.008.021 Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye
8:22b.ACT.008.022 Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a
8:23b.ACT.008.023 Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou
8:24b.ACT.008.024 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen
8:25b.ACT.008.025 Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari
8:26b.ACT.008.026 Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.
8:27b.ACT.008.027 Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye
8:28b.ACT.008.028 Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a
8:29b.ACT.008.029 Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a
8:30b.ACT.008.030 Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a
8:31b.ACT.008.031 Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li
8:32b.ACT.008.032 Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen
8:33b.ACT.008.033 Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt
8:34b.ACT.008.034 Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun
8:35b.ACT.008.035 Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a
8:36b.ACT.008.036 Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm
8:37b.ACT.008.037 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a
8:38b.ACT.008.038 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li
8:39b.ACT.008.039 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan
8:40b.ACT.008.040 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare
9
9:1b.ACT.009.001 Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la
9:2b.ACT.009.002 Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm
9:3b.ACT.009.003 Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a
9:4b.ACT.009.004 Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa
9:5b.ACT.009.005 Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a
9:6b.ACT.009.006 Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè
9:7b.ACT.009.007 Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn
9:8b.ACT.009.008 Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas
9:9b.ACT.009.009 Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè
9:10b.ACT.009.010 Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyè a parèt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyè
9:11b.ACT.009.011 Seyè a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l' ye a
9:12b.ACT.009.012 li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l' kapab wè ankò
9:13b.ACT.009.013 Ananyas reponn: Seyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm
9:14b.ACT.009.014 Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l' pouvwa sa a
9:15b.ACT.009.015 Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la
9:16b.ACT.009.016 Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen
9:17b.ACT.009.017 Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri
9:18b.ACT.009.018 Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm
9:19b.ACT.009.019 Apre sa, li manje epi l' vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo
9:20b.ACT.009.020 Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye
9:21b.ACT.009.021 Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo
9:22b.ACT.009.022 Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm
9:23b.ACT.009.023 Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li
9:24b.ACT.009.024 Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li
9:25b.ACT.009.025 Lè sa a, patizan Sòl yo pran l' nan mitan lannwit, yo mete l' nan yon panyen, yo file l' desann lòt bò miray lavil la
9:26b.ACT.009.026 Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre
9:27b.ACT.009.027 Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon
9:28b.ACT.009.028 Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a
9:29b.ACT.009.029 Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li
9:30b.ACT.009.030 Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fè l' pati pou Tas
9:31b.ACT.009.031 Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou
9:32b.ACT.009.032 Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida
9:33b.ACT.009.033 li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize
9:34b.ACT.009.034 Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe
9:35b.ACT.009.035 Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye
9:36b.ACT.009.036 Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil
9:37b.ACT.009.037 Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la
9:38b.ACT.009.038 Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou
9:39b.ACT.009.039 Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo
9:40b.ACT.009.040 Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita
9:41b.ACT.009.041 Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan
9:42b.ACT.009.042 Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a
9:43b.ACT.009.043 Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon
10
10:1b.ACT.010.001 Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an
10:2b.ACT.010.002 Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l', yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye
10:3b.ACT.010.003 Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy
10:4b.ACT.010.004 Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou
10:5b.ACT.010.005 Koulye a, voye moun lavil Jope, fè y' al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè)
10:6b.ACT.010.006 Li fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a
10:7b.ACT.010.007 Fini zanj Bondye a fin pale, li ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l' ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou
10:8b.ACT.010.008 Li rakonte yo tou sak te pase. Lèfini, li voye yo Jope
10:9b.ACT.010.009 Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou li al lapriyè
10:10b.ACT.010.010 Grangou bare l', li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon
10:11b.ACT.010.011 Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann soti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè
10:12b.ACT.010.012 Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwezo ladan li
10:13b.ACT.010.013 Li tande yon vwa ki di l' konsa: Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje
10:14b.ACT.010.014 Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye
10:15b.ACT.010.015 Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon
10:16b.ACT.010.016 An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la
10:17b.ACT.010.017 Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la
10:18b.ACT.010.018 Yo rele moun, epi yo mande: Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li
10:19b.ACT.010.019 Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l' te bay vizyon an, lè Sentespri di li: Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou
10:20b.ACT.010.020 Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo
10:21b.ACT.010.021 Pyè desann, li al jwenn mesye yo, epi l' di yo: Se mwen menm n'ap chache a. Kisak mennen nou isit la
10:22b.ACT.010.022 Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la
10:23b.ACT.010.023 Pyè fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l' tou
10:24b.ACT.010.024 Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l' ansanm ak kèk bon zanmi l' li te envite lakay li
10:25b.ACT.010.025 Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li
10:26b.ACT.010.026 Men, Pyè fè l' leve, li di l' konsa: Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou
10:27b.ACT.010.027 Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble
10:28b.ACT.010.028 Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye
10:29b.ACT.010.029 Se poutèt sa, voye ou voye rele m' lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Koulye a, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m' lan
10:30b.ACT.010.030 Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen
10:31b.ACT.010.031 Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo
10:32b.ACT.010.032 Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye
10:33b.ACT.010.033 Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Koulye a, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou
10:34b.ACT.010.034 Pyè pran lapawòl, li di: Wi, koulye a, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun
10:35b.ACT.010.035 Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li
10:36b.ACT.010.036 Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze
10:37b.ACT.010.037 Nou konnen sak te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo kòmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a
10:38b.ACT.010.038 Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li
10:39b.ACT.010.039 Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l', yo te kloure l' sou kwa a
10:40b.ACT.010.040 Men sou twa jou, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan
10:41b.ACT.010.041 Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò
10:42b.ACT.010.042 Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja
10:43b.ACT.010.043 Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a
10:44b.ACT.010.044 Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la
10:45b.ACT.010.045 Frè ki te soti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l' an kantite
10:46b.ACT.010.046 Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di
10:47b.ACT.010.047 Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Koulye a, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou
10:48b.ACT.010.048 Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo
11
11:1b.ACT.011.001 Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou
11:2b.ACT.011.002 Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li
11:3b.ACT.011.003 Yo di l' konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo
11:4b.ACT.011.004 Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo
11:5b.ACT.011.005 Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m' fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen
11:6b.ACT.011.006 Lè m' gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwezo
11:7b.ACT.011.007 Epi m' tande yon vwa ki di m' konsa: Leve non, Pyè, touye, manje
11:8b.ACT.011.008 Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen
11:9b.ACT.011.009 Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', pa di l' pa bon pou yo
11:10b.ACT.011.010 An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la
11:11b.ACT.011.011 Menm lè a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m' te ye a. Yo te voye yo chache mwen
11:12b.ACT.011.012 Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy
11:13b.ACT.011.013 Kònèy rakonte nou ki jan l' te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè)
11:14b.ACT.011.014 Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou
11:15b.ACT.011.015 Mwen te kòmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a
11:16b.ACT.011.016 Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batèm nan Sentespri a
11:17b.ACT.011.017 Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n' te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fè tèt ak Bondye
11:18b.ACT.011.018 Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou
11:19b.ACT.011.019 Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiòch. Men, yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman
11:20b.ACT.011.020 Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a
11:21b.ACT.011.021 Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye
11:22b.ACT.011.022 Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch
11:23b.ACT.011.023 Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje
11:24b.ACT.011.024 Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l' anba pouvwa l' tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Seyè a
11:25b.ACT.011.025 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, li al chache Sòl
11:26b.ACT.011.026 Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen
11:27b.ACT.011.027 Lè sa a, kèk pwofèt soti Jerizalèm rive Antiòch
11:28b.ACT.011.028 Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.
11:29b.ACT.011.029 Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide
11:30b.ACT.011.030 Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide
12
12:1b.ACT.012.001 Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la
12:2b.ACT.012.002 Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe
12:3b.ACT.012.003 Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an
12:4b.ACT.012.004 Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo
12:5b.ACT.012.005 Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete
12:6b.ACT.012.006 Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an
12:7b.ACT.012.007 Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe
12:8b.ACT.012.008 Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen
12:9b.ACT.012.009 Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve
12:10b.ACT.012.010 Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè
12:11b.ACT.012.011 Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an
12:12b.ACT.012.012 Lè l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè
12:13b.ACT.012.013 Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn
12:14b.ACT.012.014 Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi
12:15b.ACT.012.015 Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li
12:16b.ACT.012.016 Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l', yo pa t' manke sezi
12:17b.ACT.012.017 Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote
12:18b.ACT.012.018 Lè l' fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase
12:19b.ACT.012.019 Ewòd fè chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan
12:20b.ACT.012.020 Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon
12:21b.ACT.012.021 Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo
12:22b.ACT.012.022 Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye
12:23b.ACT.012.023 Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri
12:24b.ACT.012.024 Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans
12:25b.ACT.012.025 Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo
13
13:1b.ACT.013.001 Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl
13:2b.ACT.013.002 Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a
13:3b.ACT.013.003 Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale
13:4b.ACT.013.004 Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip
13:5b.ACT.013.005 Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo
13:6b.ACT.013.006 Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li
13:7b.ACT.013.007 Li te bon zanmi ak Sèjiyis Polis, chèf lil la. Sèjiyis Polis la te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye a
13:8b.ACT.013.008 Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè
13:9b.ACT.013.009 Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an
13:10b.ACT.013.010 li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè
13:11b.ACT.013.011 Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li
13:12b.ACT.013.012 Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a
13:13b.ACT.013.013 Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y' al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm
13:14b.ACT.013.014 Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive lavil Antiòch nan peyi Pisidi. Jou repo a, yo antre nan sinagòg la, yo chita
13:15b.ACT.013.015 Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: Frè m' yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale koulye a
13:16b.ACT.013.016 Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l', epi li di: Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen
13:17b.ACT.013.017 Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi a
13:18b.ACT.013.018 Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a
13:19b.ACT.013.019 Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo
13:20b.ACT.013.020 pou katsansenkant (450) lanne. Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl
13:21b.ACT.013.021 Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan
13:22b.ACT.013.022 Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m' plezi. Li va fè tou sa m' vle l' fè
13:23b.ACT.013.023 Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l' te pwomèt la
13:24b.ACT.013.024 Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm
13:25b.ACT.013.025 Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l' lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li
13:26b.ACT.013.026 Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou
13:27b.ACT.013.027 Paske, moun lavil Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa t' konnen ki moun Jezi te ye. Yo pa t' konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak jou repo. Men, se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo rive vre lè yo te kondannen Jezi
13:28b.ACT.013.028 Atout yo pa t' jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l' merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li
13:29b.ACT.013.029 Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l' nan yon kavo
13:30b.ACT.013.030 Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò
13:31b.ACT.013.031 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la
13:32b.ACT.013.032 Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo
13:33b.ACT.013.033 li fè l' pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou
13:34b.ACT.013.034 Bondye te fè konnen li t'ap fè l' soti vivan nan lanmò pou l' pa t' janm tounen pouriti ankò. Se sa l' te fè konnen, lè l' te di: M'a ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo
13:35b.ACT.013.035 Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè
13:36b.ACT.013.036 Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè
13:37b.ACT.013.037 Men, moun Bondye te leve soti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè
13:38b.ACT.013.038 -(we vèsè pwochen
13:39b.ACT.013.039 Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo
13:40b.ACT.013.040 Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou
13:41b.ACT.013.041 Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li
13:42b.ACT.013.042 Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò
13:43b.ACT.013.043 Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye
13:44b.ACT.013.044 Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a
13:45b.ACT.013.045 Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li
13:46b.ACT.013.046 Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo
13:47b.ACT.013.047 Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans
13:48b.ACT.013.048 Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè
13:49b.ACT.013.049 Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a
13:50b.ACT.013.050 Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a
13:51b.ACT.013.051 Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y' ale lavil Ikoniòm
13:52b.ACT.013.052 Nan Antiòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo
14
14:1b.ACT.014.001 Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè
14:2b.ACT.014.002 Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas
14:3b.ACT.014.003 Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre
14:4b.ACT.014.004 Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo
14:5b.ACT.014.005 Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch
14:6b.ACT.014.006 Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo
14:7b.ACT.014.007 Yo t'ap anonse bon nouvèl la la tou
14:8b.ACT.014.008 Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pa t' janm mache menm
14:9b.ACT.014.009 Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l' sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri
14:10b.ACT.014.010 Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache
14:11b.ACT.014.011 Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou
14:12b.ACT.014.012 Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale
14:13b.ACT.014.013 Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas
14:14b.ACT.014.014 Lè apòt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò, yo t'ap di
14:15b.ACT.014.015 Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo
14:16b.ACT.014.016 Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo
14:17b.ACT.014.017 Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil
14:18b.ACT.014.018 Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa t' ti traka anvan apòt yo te resi rive anpeche moun yo fè ofrann bèt yo
14:19b.ACT.014.019 Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri
14:20b.ACT.014.020 Men, lè disip yo vin sanble bò kote l', li leve kanpe, epi l' tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y' al lavil Dèb
14:21b.ACT.014.021 Pòl ak Banabas anonse bon nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniòm, Antiòch (ki nan peyi Pisidi)
14:22b.ACT.014.022 Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a
14:23b.ACT.014.023 Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a
14:24b.ACT.014.024 Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili
14:25b.ACT.014.025 Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali
14:26b.ACT.014.026 Antan yo la, yo pran batiman pou Antiòch. Se la nan menm Antiòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l' pou yo te al fè tout travay yo sot fè a
14:27b.ACT.014.027 Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou
14:28b.ACT.014.028 Apre sa, yo rete lontan avèk disip Antiòch yo
15
15:1b.ACT.015.001 Kèk mesye soti nan peyi Jide rive lavil Antiòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l' la
15:2b.ACT.015.002 Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo
15:3b.ACT.015.003 Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa
15:4b.ACT.015.004 Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li
15:5b.ACT.015.005 Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: Se pou n' sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n' mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou
15:6b.ACT.015.006 Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen keksyon an
15:7b.ACT.015.007 Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye
15:8b.ACT.015.008 Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an
15:9b.ACT.015.009 Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li
15:10b.ACT.015.010 Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote
15:11b.ACT.015.011 Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l' delivre nou, menm jan li fè l' pou yo tou
15:12b.ACT.015.012 Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo
15:13b.ACT.015.013 Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: Frè m' yo, koute mwen
15:14b.ACT.015.014 Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li
15:15b.ACT.015.015 Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la
15:16b.ACT.015.016 Apre sa, m'a retounen. Se Bondye k'ap pale. M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò
15:17b.ACT.015.017 Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen
15:18b.ACT.015.018 Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan
15:19b.ACT.015.019 Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye
15:20b.ACT.015.020 Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san
15:21b.ACT.015.021 Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l' pou yo nan sinagòg yo
15:22b.ACT.015.022 Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antiòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil
15:23b.ACT.015.023 Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi
15:24b.ACT.015.024 Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa
15:25b.ACT.015.025 Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil
15:26b.ACT.015.026 ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Seyè nou an
15:27b.ACT.015.027 Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesaj la ak pwòp bouch yo
15:28b.ACT.015.028 Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan keksyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sa n' dwe mete
15:29b.ACT.015.029 Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou
15:30b.ACT.015.030 Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antiòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la
15:31b.ACT.015.031 Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo
15:32b.ACT.015.032 Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs
15:33b.ACT.015.033 Yo pase kèk tan nan lavil Antiòch. Apre sa, frè yo swate yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo
15:34b.ACT.015.034 Men, Silas te pran desizyon pou l' te rete
15:35b.ACT.015.035 Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antiòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Seyè a
15:36b.ACT.015.036 Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye
15:37b.ACT.015.037 Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo
15:38b.ACT.015.038 Men, Pòl pa t' kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l', paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pa t' rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini
15:39b.ACT.015.039 Lè sa a, yon diskisyon byen cho leve ant Pòl ak Banabas, tèlman yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran yon batiman, y' ale lil Chip
15:40b.ACT.015.040 Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l' favè l', li pati
15:41b.ACT.015.041 Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye
16
16:1b.ACT.016.001 Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès
16:2b.ACT.016.002 Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote
16:3b.ACT.016.003 Pòl te vle mennen l' avèk li. Li pran l', li sikonsi l' paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk
16:4b.ACT.016.004 Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an
16:5b.ACT.016.005 Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou
16:6b.ACT.016.006 Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete
16:7b.ACT.016.007 Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pa t' pèmèt yo fè sa
16:8b.ACT.016.008 Yo pase nan Mizi san rete, yo desann lavil Twoas
16:9b.ACT.016.009 Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou
16:10b.ACT.016.010 Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a
16:11b.ACT.016.011 Nou pran batiman lavil Twoas, nou fè vwal tou dwat pou lil Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neapolis
16:12b.ACT.016.012 Antan nou la, n' al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedwan lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a
16:13b.ACT.016.013 Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo
16:14b.ACT.016.014 Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di
16:15b.ACT.016.015 Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li
16:16b.ACT.016.016 Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan
16:17b.ACT.016.017 Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans
16:18b.ACT.016.018 Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li
16:19b.ACT.016.019 Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo
16:20b.ACT.016.020 Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye
16:21b.ACT.016.021 Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo
16:22b.ACT.016.022 Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt
16:23b.ACT.016.023 Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen
16:24b.ACT.016.024 Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp
16:25b.ACT.016.025 Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute
16:26b.ACT.016.026 Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase
16:27b.ACT.016.027 Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove
16:28b.ACT.016.028 Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la
16:29b.ACT.016.029 Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè
16:30b.ACT.016.030 Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre
16:31b.ACT.016.031 Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou
16:32b.ACT.016.032 Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li
16:33b.ACT.016.033 Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li
16:34b.ACT.016.034 Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye
16:35b.ACT.016.035 Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo
16:36b.ACT.016.036 Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze
16:37b.ACT.016.037 Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò
16:38b.ACT.016.038 Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè
16:39b.ACT.016.039 Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la
16:40b.ACT.016.040 Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale
17
17:1b.ACT.017.001 Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg
17:2b.ACT.017.002 Jan l' te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo
17:3b.ACT.017.003 Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la
17:4b.ACT.017.004 Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou
17:5b.ACT.017.005 Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la
17:6b.ACT.017.006 Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, koulye a yo rive jouk isit la
17:7b.ACT.017.007 Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi
17:8b.ACT.017.008 Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chèf yo ankòlè anpil avèk pawòl sa a
17:9b.ACT.017.009 Jazon ak lòt frè yo te blije fè yon depo lajan pou chèf yo te ka lage yo
17:10b.ACT.017.010 Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y' al nan sinagòg jwif yo
17:11b.ACT.017.011 Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre
17:12b.ACT.017.012 Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè
17:13b.ACT.017.013 Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo
17:14b.ACT.017.014 Lè frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere
17:15b.ACT.017.015 Moun ki t'ap kondi Pòl yo mennen l' jouk lavil Atèn. Apre sa, yo tounen Bere. Pòl menm te voye lòd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit
17:16b.ACT.017.016 Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l' anpil lè l' wè ki jan lavil la te plen zidòl
17:17b.ACT.017.017 Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la
17:18b.ACT.017.018 Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò
17:19b.ACT.017.019 Lè sa a, yo pran l', yo mennen l' nan Aewopaj la. Epi yo di li: Nou ta renmen konnen tout bagay nèf sa yo w'ap montre moun yo la a
17:20b.ACT.017.020 W'ap di yon bann bagay dwòl nan zòrèy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di
17:21b.ACT.017.021 (Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fèk parèt.
17:22b.ACT.017.022 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Aewopaj la, li di: Nou menm moun Atèn, mwen wè nou se moun ki renmen relijyon anpil
17:23b.ACT.017.023 Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fè nou konnen la a
17:24b.ACT.017.024 Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo
17:25b.ACT.017.025 Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay
17:26b.ACT.017.026 Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete
17:27b.ACT.017.027 Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa
17:28b.ACT.017.028 Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li
17:29b.ACT.017.029 Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè yon pòtre ki soti nan tèt yo
17:30b.ACT.017.030 Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li
17:31b.ACT.017.031 Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò
17:32b.ACT.017.032 Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lòt jou
17:33b.ACT.017.033 Se konsa Pòl soti nan mitan yo
17:34b.ACT.017.034 Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kèk lòt ankò
18
18:1b.ACT.018.001 Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent
18:2b.ACT.018.002 Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fèk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo
18:3b.ACT.018.003 epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal
18:4b.ACT.018.004 Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès
18:5b.ACT.018.005 Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan
18:6b.ACT.018.006 Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo
18:7b.ACT.018.007 Konsa li soti, li ale lakay Titris Jistis. Se te yon nonm ki pa t' jwif men ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagòg la
18:8b.ACT.018.008 Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm
18:9b.ACT.018.009 Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki di li: Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou
18:10b.ACT.018.010 Mwen la avèk ou. Pesonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la
18:11b.ACT.018.011 Konsa, Pòl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawòl Bondye a
18:12b.ACT.018.012 Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la
18:13b.ACT.018.013 epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tèt moun pou fè yo sèvi Bondye yon jan ki kont lalwa
18:14b.ACT.018.014 Pòl tapral pale, lè Galyon di jwif yo konsa: Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fè, mwen ta pèdi tan m' koute nou
18:15b.ACT.018.015 Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafè ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon
18:16b.ACT.018.016 Epi li mete tout moun deyò nan tribinal la
18:17b.ACT.018.017 Lè sa a, jwif yo mete men sou Sostèn, chèf sinagòg la, yo bat li byen bat devan tribinal la. Men, Galyon pa okipe yo menm
18:18b.ACT.018.018 Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve
18:19b.ACT.018.019 Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo
18:20b.ACT.018.020 Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle
18:21b.ACT.018.021 Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz
18:22b.ACT.018.022 Lè l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalèm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiòch
18:23b.ACT.018.023 Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye
18:24b.ACT.018.024 Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo
18:25b.ACT.018.025 Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen
18:26b.ACT.018.026 Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk
18:27b.ACT.018.027 Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou
18:28b.ACT.018.028 Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la
19
19:1b.ACT.019.001 Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la
19:2b.ACT.019.002 Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri
19:3b.ACT.019.003 Lè sa a, Pòl mande yo: Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: Batèm Jan an
19:4b.ACT.019.004 Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi
19:5b.ACT.019.005 Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi
19:6b.ACT.019.006 Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye
19:7b.ACT.019.007 Te gen douz gason konsa antou
19:8b.ACT.019.008 Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo
19:9b.ACT.019.009 Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la
19:10b.ACT.019.010 Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Seyè a
19:11b.ACT.019.011 Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak
19:12b.ACT.019.012 Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò
19:13b.ACT.019.013 Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti
19:14b.ACT.019.014 (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.
19:15b.ACT.019.015 Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye
19:16b.ACT.019.016 Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout kò yo an san
19:17b.ACT.019.017 Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Seyè Jezi a
19:18b.ACT.019.018 Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik
19:19b.ACT.019.019 Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou
19:20b.ACT.019.020 Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li
19:21b.ACT.019.021 Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou
19:22b.ACT.019.022 Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sèvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi
19:23b.ACT.019.023 Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a
19:24b.ACT.019.024 Te gen yon òfèv yo te rele Demetriyis, ki te konn fè ti modèl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fè yo. Travay sa a te rapòte ouvriye l' yo anpil
19:25b.ACT.019.025 Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv
19:26b.ACT.019.026 Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a
19:27b.ACT.019.027 Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen
19:28b.ACT.019.028 Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès
19:29b.ACT.019.029 Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la
19:30b.ACT.019.030 Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l' non
19:31b.ACT.019.031 Te gen de twa chèf nan peyi Lazi a ki te zanmi l', yo voye bò kote l', yo mande l' pou l' pa parèt tèt li nan teyat la
19:32b.ACT.019.032 Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble
19:33b.ACT.019.033 Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l' pran defans jwif yo devan pèp la
19:34b.ACT.019.034 Men, lè yo rekonnèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès
19:35b.ACT.019.035 Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa: Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la
19:36b.ACT.019.036 Pesonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n' mete tèt nou an plas pou n' pa fè anyen san nou pa kalkile byen
19:37b.ACT.019.037 Bon. Mesye sa yo nou mennen isit la, se pa vòlò yo vòlò nan tanp yo, ni se pa pale yo pale mal sou Atemis, bondye fanm nou an
19:38b.ACT.019.038 Si Demetriyis ak ouvriye l' yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y' al pote plent
19:39b.ACT.019.039 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa
19:40b.ACT.019.040 Avèk sa ki pase jòdi a, yo kapab al pote plent pou nou, yo kapab al di n'ap fè revolisyon. Pa gen okenn rezon pou tout dezòd sa a. Nou p'ap kapab bay okenn esplikasyon pou sa
19:41b.ACT.019.041 Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo
20
20:1b.ACT.020.001 Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan
20:2b.ACT.020.002 Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrès
20:3b.ACT.020.003 Rive la, li ret pase twa mwa. Li tapral pran yon batiman pou peyi Siri lè l' vin konnen jwif yo t'ap pare yon pèlen tann li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwan ankò
20:4b.ACT.020.004 Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi
20:5b.ACT.020.005 Yo tout te pran devan, y' al tann nou Twoas
20:6b.ACT.020.006 Nou menm, apre fèt Pen san ledven yo, nou anbake sou yon batiman lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twoas. Nou rete pase tout yon senmenn la
20:7b.ACT.020.007 Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou
20:8b.ACT.020.008 Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li
20:9b.ACT.020.009 Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt
20:10b.ACT.020.010 Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri
20:11b.ACT.020.011 Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati
20:12b.ACT.020.012 Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun
20:13b.ACT.020.013 Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye
20:14b.ACT.020.014 Lè l' vin jwenn nou Asòs, nou pran l' abò a, epi n' ale Mitilèn
20:15b.ACT.020.015 Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè
20:16b.ACT.020.016 Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la
20:17b.ACT.020.017 Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li
20:18b.ACT.020.018 Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi
20:19b.ACT.020.019 Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo
20:20b.ACT.020.020 Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou
20:21b.ACT.020.021 Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi
20:22b.ACT.020.022 Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a
20:23b.ACT.020.023 Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen
20:24b.ACT.020.024 Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an
20:25b.ACT.020.025 Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m' ankò
20:26b.ACT.020.026 Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab
20:27b.ACT.020.027 Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m' pa kache nou anyen
20:28b.ACT.020.028 Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a
20:29b.ACT.020.029 Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton
20:30b.ACT.020.030 Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo
20:31b.ACT.020.031 Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen
20:32b.ACT.020.032 Koulye a m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesaj favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li
20:33b.ACT.020.033 Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun
20:34b.ACT.020.034 Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen
20:35b.ACT.020.035 Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa
20:36b.ACT.020.036 Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè
20:37b.ACT.020.037 Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou
20:38b.ACT.020.038 Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l' ankò. Apre sa, yo kondi l' mennen jouk sou batiman an
21
21:1b.ACT.021.001 Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara
21:2b.ACT.021.002 La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati
21:3b.ACT.021.003 Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la
21:4b.ACT.021.004 Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm
21:5b.ACT.021.005 Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè
21:6b.ACT.021.006 Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo
21:7b.ACT.021.007 Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo
21:8b.ACT.021.008 Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo
21:9b.ACT.021.009 Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye
21:10b.ACT.021.010 Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide
21:11b.ACT.021.011 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo
21:12b.ACT.021.012 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm
21:13b.ACT.021.013 Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm
21:14b.ACT.021.014 Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt
21:15b.ACT.021.015 Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm
21:16b.ACT.021.016 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant
21:17b.ACT.021.017 Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan
21:18b.ACT.021.018 Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la
21:19b.ACT.021.019 Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo
21:20b.ACT.021.020 Lè yo fin tande l', yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou
21:21b.ACT.021.021 Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo
21:22b.ACT.021.022 Sa pou n' fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la
21:23b.ACT.021.023 Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve
21:24b.ACT.021.024 Ou pral avèk yo, wa patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Wa fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pa t' vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la
21:25b.ACT.021.025 Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè
21:26b.ACT.021.026 Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la
21:27b.ACT.021.027 Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li
21:28b.ACT.021.028 Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye
21:29b.ACT.021.029 (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l' antre nan tanp lan tou.
21:30b.ACT.021.030 Tout lavil la te tèt anba, moun kouri soti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l' deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan
21:31b.ACT.021.031 Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba
21:32b.ACT.021.032 Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl
21:33b.ACT.021.033 Kòmandan an pwoche bò kot Pòl, li fè yo arete l', li bay lòd pou yo mare l' ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l' te fè
21:34b.ACT.021.034 Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan
21:35b.ACT.021.035 Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l' anlè pou yo te sa pase avè l', sitèlman moun yo te ankòlè
21:36b.ACT.021.036 Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: Touye li
21:37b.ACT.021.037 Yo tapral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: Kouman? Apa ou pale grèk
21:38b.ACT.021.038 Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a
21:39b.ACT.021.039 Pòl reponn li: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m' pale ak pèp la
21:40b.ACT.021.040 Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa
22
22:1b.ACT.022.001 Frèm yo, grandèt mwen yo, koute sa m' pral di nou koulye a pou defann tèt mwen
22:2b.ACT.022.002 Lè yo tande l' ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo
22:3b.ACT.022.003 Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye
22:4b.ACT.022.004 Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon
22:5b.ACT.022.005 Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo
22:6b.ACT.022.006 Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m' rete konsa yon gwo limyè soti nan syèl la, li klere tout kote m' te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa
22:7b.ACT.022.007 Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa
22:8b.ACT.022.008 Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a
22:9b.ACT.022.009 Moun ki te la avè m' yo te wè limyè a tou, men yo pa t' tande vwa ki t'ap pale avè m' lan
22:10b.ACT.022.010 Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m' fè, Seyè? Seyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè
22:11b.ACT.022.011 Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m' ki mennen m' Damas
22:12b.ACT.022.012 Nan Damas te gen yon nonm yo rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan Lalwa nou an mande l' la. Tout jwif Damas yo te konsidere l' anpil
22:13b.ACT.022.013 Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m', epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li
22:14b.ACT.022.014 Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li
22:15b.ACT.022.015 Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande
22:16b.ACT.022.016 Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave
22:17b.ACT.022.017 Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m' te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon
22:18b.ACT.022.018 Mwen wè Seyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an
22:19b.ACT.022.019 Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat
22:20b.ACT.022.020 Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo
22:21b.ACT.022.021 Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo
22:22b.ACT.022.022 Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò
22:23b.ACT.022.023 Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè
22:24b.ACT.022.024 Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa
22:25b.ACT.022.025 Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal
22:26b.ACT.022.026 Lè l' tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi
22:27b.ACT.022.027 Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: Di mwen, èske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: Wi
22:28b.ACT.022.028 Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women
22:29b.ACT.022.029 Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn
22:30b.ACT.022.030 Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo
23
23:1b.ACT.023.001 Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a
23:2b.ACT.023.002 Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt
23:3b.ACT.023.003 Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan
23:4b.ACT.023.004 Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a
23:5b.ACT.023.005 Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal
23:6b.ACT.023.006 Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou
23:7b.ACT.023.007 Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan
23:8b.ACT.023.008 (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.
23:9b.ACT.023.009 Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li
23:10b.ACT.023.010 Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan
23:11b.ACT.023.011 Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm
23:12b.ACT.023.012 Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl
23:13b.ACT.023.013 Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a
23:14b.ACT.023.014 Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl
23:15b.ACT.023.015 Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit
23:16b.ACT.023.016 Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. li al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl
23:17b.ACT.023.017 Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li
23:18b.ACT.023.018 Ofisye a pran jenn gason an avè l', li mennen l' bay kòmandan an, li di: Prizonye yo rele Pòl la rele m', li mande m' pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy
23:19b.ACT.023.019 Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l' sou kote, li mande li: Kisa ou gen pou di mwen
23:20b.ACT.023.020 Li reponn: Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka msye pi byen
23:21b.ACT.023.021 Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Koulye a yo fin pare nèt, se respons ou ase y'ap tann
23:22b.ACT.023.022 Kòmandan an di l' konsa: Pa kite pesonn konnen ou te vin di m' sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li
23:23b.ACT.023.023 Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan (200) sòlda, swasanndis kavalye ak desan (200) zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè
23:24b.ACT.023.024 Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l' ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè
23:25b.ACT.023.025 Epi li ekri lèt sa a
23:26b.ACT.023.026 Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l' pou chèf li, gouvènè Feliks
23:27b.ACT.023.027 Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo tapral touye l' lè m' vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m' yo, mwen delivre li
23:28b.ACT.023.028 Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa
23:29b.ACT.023.029 Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a
23:30b.ACT.023.030 Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou
23:31b.ACT.023.031 Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm
23:32b.ACT.023.032 Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl
23:33b.ACT.023.033 Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li
23:34b.ACT.023.034 Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l' vin konnen se moun Silisi li ye, li di li
23:35b.ACT.023.035 Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la
24
24:1b.ACT.024.001 Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl
24:2b.ACT.024.002 Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tetilis kòmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa: Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann
24:3b.ACT.024.003 Pou tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou
24:4b.ACT.024.004 Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n' di ou la a. Nou p'ap pale anpil
24:5b.ACT.024.005 Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye
24:6b.ACT.024.006 Li menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l'. Nou te vle jije l' dapre Lalwa nou an
24:7b.ACT.024.007 Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou
24:8b.ACT.024.008 Apre sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l' yo lòd pou yo vin parèt devan ou. Si ou poze nonm sa a keksyon, wa wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè
24:9b.ACT.024.009 Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre
24:10b.ACT.024.010 Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou
24:11b.ACT.024.011 Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou m' al fè sèvis pou Bondye
24:12b.ACT.024.012 Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pesonn nan tanp lan, yo pa bare m' ap moute tèt pesonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la
24:13b.ACT.024.013 Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a
24:14b.ACT.024.014 Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo
24:15b.ACT.024.015 Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l' tou; yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve soti vivan nan lanmò
24:16b.ACT.024.016 Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun
24:17b.ACT.024.017 Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m' tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye
24:18b.ACT.024.018 Men sa m' t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m', pa te gen kras dezòd
24:19b.ACT.024.019 Men, te gen kèk jwif ki te soti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m', si yo te gen kichòy kont mwen
24:20b.ACT.024.020 Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m' te kanpe devan Gran Konsèy la
24:21b.ACT.024.021 Men sèl pawòl mwen te di byen fò lè m' te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m' an jijman devan nou jòdi a
24:22b.ACT.024.022 Feliks ki te okouran tout bagay sou chemen Bondye a, ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo konsa: Lè kòmandan Lizyas va vini, m'a pran yon desizyon sou zafè sa a
24:23b.ACT.024.023 Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l' pa lage l', men pou l' ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l' yo rann li ti sèvis
24:24b.ACT.024.024 Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l' di sou konfyans nan Jezikri a
24:25b.ACT.024.025 Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò
24:26b.ACT.024.026 Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l' vin koze avèk li
24:27b.ACT.024.027 Dezan pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks
25
25:1b.ACT.025.001 Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, li ale lavil Jerizalèm
25:2b.ACT.025.002 Chèf prèt yo ansanm ak jwif ki te grannèg nan lavil la vin pote plent ba li pou Pòl
25:3b.ACT.025.003 Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la
25:4b.ACT.025.004 Men, Festis reponn yo: Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m', mwen pral tounen Sezare talè konsa
25:5b.ACT.025.005 Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m', y'a akize l' laba a
25:6b.ACT.025.006 Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, li al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl
25:7b.ACT.025.007 Lè Pòl rive, jwif ki te soti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l', yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t' kapab bay okenn prèv
25:8b.ACT.025.008 Men sa Pòl di pou defann tèt li: Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza
25:9b.ACT.025.009 Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m' sou zafè sa a
25:10b.ACT.025.010 Pòl reponn li: Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp
25:11b.ACT.025.011 Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen
25:12b.ACT.025.012 Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l' di: Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza
25:13b.ACT.025.013 Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou
25:14b.ACT.025.014 Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitiyasyon Pòl la bay wa a, li di li: Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la
25:15b.ACT.025.015 Lè m' te al Jerizalèm chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li, yo mande m' pou m' kondannen li
25:16b.ACT.025.016 Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l' konsa san yo pa mete l' fasafas ak moun k'ap akize l' yo anvan. Se pou l' gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo
25:17b.ACT.025.017 Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pa t' pèdi tan mwen. Nan denmen m' al chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan
25:18b.ACT.025.018 Moun ki t'ap akize l' yo vin parèt tou, men yo pa t' bay okenn move zak li te fè, jan m' te kwè a
25:19b.ACT.025.019 Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l' sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò
25:20b.ACT.025.020 Mwen pa t' konn sa pou m' te fè ankò pou m' te pran enfòmasyon sou keksyon sa yo. Mwen mande Pòl si l' pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l' sou zafè sa a la
25:21b.ACT.025.021 Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l' nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l' jouk m'a ka voye l' bay Seza
25:22b.ACT.025.022 Agripa di Festis konsa: Mwen ta renmen tande nonm sa a. Festis reponn li: Denmen wa tande li
25:23b.ACT.025.023 Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini
25:24b.ACT.025.024 Apre sa, Festis di: Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m' plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l' mouri deja
25:25b.ACT.025.025 Mwen menm, pou tèt pa m', mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l' bay Seza
25:26b.ACT.025.026 Mwen pa gen anyen ki sèten pou m' ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l' konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m' ekri lè n'a fin poze l' keksyon
25:27b.ACT.025.027 Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè
26
26:1b.ACT.026.001 Agripa di Pòl: Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l', epi li fè defans li konsa
26:2b.ACT.026.002 Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m' defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen
26:3b.ACT.026.003 Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite keksyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen
26:4b.ACT.026.004 Tout jwif yo konnen ki jan m' mennen tèt mwen depi lè m' te jenn gason, ki jan m' t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm
26:5b.ACT.026.005 Yo konnen m' depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwayaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an
26:6b.ACT.026.006 Koulye a, yo rele m' an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo
26:7b.ACT.026.007 Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa
26:8b.ACT.026.008 Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri
26:9b.ACT.026.009 Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m' te fè sa m' kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la
26:10b.ACT.026.010 Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale
26:11b.ACT.026.011 Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pa t' vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje
26:12b.ACT.026.012 Se konsa, mwen tapral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen
26:13b.ACT.026.013 Antan m' te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki soti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m' te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m' yo
26:14b.ACT.026.014 Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li
26:15b.ACT.026.015 Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi l' di m': Mwen se Jezi w'ap pèsekite a
26:16b.ACT.026.016 Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa
26:17b.ACT.026.017 M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo
26:18b.ACT.026.018 pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a
26:19b.ACT.026.019 Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobèyi vizyon ki te soti nan syèl la vin jwenn mwen
26:20b.ACT.026.020 Mwen kòmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesaj la. Apre sa, m' ale nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon
26:21b.ACT.026.021 Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen
26:22b.ACT.026.022 Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive
26:23b.ACT.026.023 Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a
26:24b.ACT.026.024 Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou
26:25b.ACT.026.025 Pòl reponn li: Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans
26:26b.ACT.026.026 Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt
26:27b.ACT.026.027 Wa Agripa, èske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè
26:28b.ACT.026.028 Agripa di Pòl: Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m' kretyen
26:29b.ACT.026.029 Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo
26:30b.ACT.026.030 Wa a, gwouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve
26:31b.ACT.026.031 Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò
26:32b.ACT.026.032 Agripa di Festis konsa: Si nonm sa a pa t' mande pou Seza tande l', ou ta ka lage l' wi
27
27:1b.ACT.027.001 Lè yo deside pou fè n' pati nan batiman pou peyi Itali, yo renmèt Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye nan men Jiliyis, kòmandan yon batayon lame Wòm lan yo te rele Batayon Seza
27:2b.ACT.027.002 Nou anbake sou yon batiman ki te soti lavil Adramit ki tapral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedwan, te avèk nou
27:3b.ACT.027.003 Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l' pèmisyon pou li al wè zanmi l' yo pou li al chache sa l' te bezwen
27:4b.ACT.027.004 Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat lil Chip, nou lonje kòt la sou anwo, paske van an te kontrè pou nou lòt bò a
27:5b.ACT.027.005 Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi
27:6b.ACT.027.006 Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te soti lavil Aleksandri tapral an Itali. Li fè nou anbake sou li
27:7b.ACT.027.007 Pandan plizyè jou nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa t' ban nou chans pou n' al pi lwen nan k'ap sa a. Nou te blije desann, pase devan k'ap Salmone, vire anba lil Krèt
27:8b.ACT.027.008 Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze
27:9b.ACT.027.009 Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje
27:10b.ACT.027.010 Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou
27:11b.ACT.027.011 Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl
27:12b.ACT.027.012 Pò a pa t' bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Finiks, yon lòt pò nan lil Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon siwa nòwa. Konsa, yo ta ka pase sezon fredi a la
27:13b.ACT.027.013 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la
27:14b.ACT.027.014 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la
27:15b.ACT.027.015 Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale
27:16b.ACT.027.016 Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a
27:17b.ACT.027.017 Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou
27:18b.ACT.027.018 Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo
27:19b.ACT.027.019 Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo
27:20b.ACT.027.020 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove
27:21b.ACT.027.021 Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo
27:22b.ACT.027.022 Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi
27:23b.ACT.027.023 Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m'
27:24b.ACT.027.024 li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo
27:25b.ACT.027.025 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan
27:26b.ACT.027.026 Men, nou pral chwe sou yon zile
27:27b.ACT.027.027 Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè
27:28b.ACT.027.028 Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase
27:29b.ACT.027.029 Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve
27:30b.ACT.027.030 Marin yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an
27:31b.ACT.027.031 Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove
27:32b.ACT.027.032 Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l' ale
27:33b.ACT.027.033 Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann
27:34b.ACT.027.034 Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l' pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi
27:35b.ACT.027.035 Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje
27:36b.ACT.027.036 Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje
27:37b.ACT.027.037 Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an
27:38b.ACT.027.038 Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an
27:39b.ACT.027.039 Lè solèy leve, marin yo pa t' rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la
27:40b.ACT.027.040 Yo demare lank yo, yo lage yo nan lanmè. Yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay la. Yo moute fòk la pou van an pouse batiman an tou dwat devan yo. Yo mete k'ap sou plaj la
27:41b.ACT.027.041 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li
27:42b.ACT.027.042 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pa t' naje sove
27:43b.ACT.027.043 Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y' al atè
27:44b.ACT.027.044 Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè
28
28:1b.ACT.028.001 Se lè nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt
28:2b.ACT.028.002 Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou
28:3b.ACT.028.003 Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li
28:4b.ACT.028.004 Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou
28:5b.ACT.028.005 Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò
28:6b.ACT.028.006 Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye
28:7b.ACT.028.007 Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou
28:8b.ACT.028.008 Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li
28:9b.ACT.028.009 Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri
28:10b.ACT.028.010 Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la
28:11b.ACT.028.011 Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa
28:12b.ACT.028.012 Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou
28:13b.ACT.028.013 Lè nou pati, nou lonje kòt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swèt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzòl
28:14b.ACT.028.014 La, nou jwenn kèk frè ki mande pou n' pase sèt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wòm
28:15b.ACT.028.015 Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouraj
28:16b.ACT.028.016 Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li
28:17b.ACT.028.017 Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo
28:18b.ACT.028.018 Lè women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fè m' merite lanmò
28:19b.ACT.028.019 Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo
28:20b.ACT.028.020 Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a
28:21b.ACT.028.021 Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lèt soti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa soti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou
28:22b.ACT.028.022 Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a
28:23b.ACT.028.023 Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye
28:24b.ACT.028.024 Gen ladan yo ki te kwè sa l' t'ap di yo. Men, gen lòt ki pa t' vle kwè menm
28:25b.ACT.028.025 Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di
28:26b.ACT.028.026 Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè
28:27b.ACT.028.027 Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa
28:28b.ACT.028.028 Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li
28:29b.ACT.028.029 Lè l' te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt
28:30b.ACT.028.030 Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li
28:31b.ACT.028.031 Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont
- Holder of rights
- Multilingual Bible Corpus
- Citation Suggestion for this Object
- TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Acts (Creole). Acts (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9095-C