Ezekiel (Creole)
1
1:1b.EZE.001.001 Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm lanne an, mwen menm Ezekyèl, mwen t'ap viv ansanm ak moun yo te depòte yo, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn. Jou sa a, syèl la louvri devan je m', mwen wè Bondye nan yon vizyon
1:2b.EZE.001.002 Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l'
1:3b.EZE.001.003 Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li
1:4b.EZE.001.004 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal
1:5b.EZE.001.005 Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun
1:6b.EZE.001.006 Yo chak te gen kat figi ak kat zèl
1:7b.EZE.001.007 Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli
1:8b.EZE.001.008 Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon
1:9b.EZE.001.009 De nan zèl yo te louvri nèt. Bèt yo menm te fè yon kare, pwent zèl yo kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo
1:10b.EZE.001.010 Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè
1:11b.EZE.001.011 Chak bèt te louvri de nan zèl yo, yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl bèt ki te bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo
1:12b.EZE.001.012 Chak bèt t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa, yo te kapab mache ansanm pou y' ale kote Lespri Bondye a pouse yo ale a, san yo pa t' bezwen vire kò yo
1:13b.EZE.001.013 Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'
1:14b.EZE.001.014 Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè
1:15b.EZE.001.015 Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak
1:16b.EZE.001.016 Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo
1:17b.EZE.001.017 paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire
1:18b.EZE.001.018 Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo
1:19b.EZE.001.019 Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou
1:20b.EZE.001.020 Bèt yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa bèt yo fè, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo
1:21b.EZE.001.021 Bèt yo vanse, wou yo vanse tou. Bèt yo rete, wou yo rete tou. Bèt yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo
1:22b.EZE.001.022 Anwo tèt bèt yo, te gen yon bagay won an fòm yon gwo bòl bouch anba, ki te klere tankou kristal
1:23b.EZE.001.023 Se anba gwo bòl la bèt yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl bèt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo
1:24b.EZE.001.024 Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye
1:25b.EZE.001.025 Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a
1:26b.EZE.001.026 Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun
1:27b.EZE.001.027 Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a
1:28b.EZE.001.028 Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale
2
2:1b.EZE.002.001 Li di m' konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou
2:2b.EZE.002.002 Antan l'ap pale konsa a, lespri Bondye antre sou mwen, li mete m' kanpe sou de pye m'. Epi m' tande vwa a ki pran pale ankò
2:3b.EZE.002.003 Li di m' konsa: -Nonm o! M'ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t' vle koute m', yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y' ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè l' nan tan lontan
2:4b.EZE.002.004 Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo
2:5b.EZE.002.005 Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo
2:6b.EZE.002.006 Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di
2:7b.EZE.002.007 Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye
2:8b.EZE.002.008 Nonm o! Koute sa m' pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m' pral ba ou la a
2:9b.EZE.002.009 M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen
2:10b.EZE.002.010 Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil
3
3:1b.EZE.003.001 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo
3:2b.EZE.003.002 Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la
3:3b.EZE.003.003 Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl
3:4b.EZE.003.004 Lèfini, Bondye di m' ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo
3:5b.EZE.003.005 Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou
3:6b.EZE.003.006 Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m' te voye ou, yo ta koute ou
3:7b.EZE.003.007 Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m'. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo
3:8b.EZE.003.008 Koulye a, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo
3:9b.EZE.003.009 M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye
3:10b.EZE.003.010 Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou
3:11b.EZE.003.011 Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo
3:12b.EZE.003.012 Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a
3:13b.EZE.003.013 Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele
3:14b.EZE.003.014 Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere
3:15b.EZE.003.015 Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande
3:16b.EZE.003.016 Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
3:17b.EZE.003.017 -Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen
3:18b.EZE.003.018 Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li
3:19b.EZE.003.019 Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou
3:20b.EZE.003.020 Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li
3:21b.EZE.003.021 Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou
3:22b.EZE.003.022 Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m' konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M'a pale la avè ou
3:23b.EZE.003.023 Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè
3:24b.EZE.003.024 Men, Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m' kanpe sou de pye m'. Li pale avè m', li di m' konsa: -Al fèmen kò ou lakay ou
3:25b.EZE.003.025 Nonm o! Yo pral mete ou anba kòd. Y'ap mare ou byen mare, ou p'ap ka mete pwent pye ou deyò
3:26b.EZE.003.026 Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo
3:27b.EZE.003.027 Apre sa, lè m'a pale avè ou ankò, m'a ba ou lapawòl, epi w'a ba yo mesaj mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m'a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye
4
4:1b.EZE.004.001 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Pran yon brik, mete l' devan ou. Trase desen lavil Jerizalèm sou li
4:2b.EZE.004.002 Apre sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranblè nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la
4:3b.EZE.004.003 Pran yon pwelon fè, mete l' kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l'. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo
4:4b.EZE.004.004 Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun pèp Izrayèl yo sou ou. Ou rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a
4:5b.EZE.004.005 Mwen deside pou yo pase twasankadrevendizan (390) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevendi (390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne
4:6b.EZE.004.006 Apre sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo
4:7b.EZE.004.007 Vire tèt ou, gade lavil Jerizalèm yo sènen an. Lonje dwèt ou sou li. Di sa ki pral rive l'
4:8b.EZE.004.008 M'ap mare ou byen mare, konsa ou p'ap ka vire chanje bò toutotan tout jou pou yo sènen lavil la poko fin pase
4:9b.EZE.004.009 Bon, koulye a ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevendi (390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje
4:10b.EZE.004.010 W'a pran yon moso pen ki peze yon demi (1/2) liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou
4:11b.EZE.004.011 Ou p'ap gen anpil dlo pou ou bwè. W'a pran yon lit dlo konsa chak jou
4:12b.EZE.004.012 W'a pran okabennen moun, w'a fè dife pou kwit pen pou ou manje a devan tout moun
4:13b.EZE.004.013 Seyè a te di ankò: -Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo
4:14b.EZE.004.014 Lè sa a, mwen di: -O non! Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m' piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje
4:15b.EZE.004.015 Lè sa a, Bondye di m' konsa: -Dakò. M'ap kite ou pran kaka bèf pito pase okabennen moun. Ou mèt fè dife avè l' pou kwit pen ou lan
4:16b.EZE.004.016 Epi li di ankò: -Nonm o! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere, yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè
4:17b.EZE.004.017 Yo p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo
5
5:1b.EZE.005.001 Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs
5:2b.EZE.005.002 Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen
5:3b.EZE.005.003 W'a sere yon ponyen cheve, w'a koud li nan woulèt rad ou
5:4b.EZE.005.004 Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la
5:5b.EZE.005.005 Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: -Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l' kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l'
5:6b.EZE.005.006 Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a
5:7b.EZE.005.007 Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m' te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo
5:8b.EZE.005.008 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo
5:9b.EZE.005.009 N'ap fè yon bann bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa m'ap pini lavil Jerizalèm jan mwen poko janm pini l', jan mwen p'ap janm pini l' ankò
5:10b.EZE.005.010 Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou
5:11b.EZE.005.011 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape
5:12b.EZE.005.012 Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe
5:13b.EZE.005.013 M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò
5:14b.EZE.005.014 M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a
5:15b.EZE.005.015 Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa
5:16b.EZE.005.016 M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou
5:17b.EZE.005.017 M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale
6
6:1b.EZE.006.001 Seyè a pale avè m', li di m' konsa
6:2b.EZE.006.002 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a
6:3b.EZE.006.003 W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo
6:4b.EZE.006.004 Y'ap kraze tout lotèl nou yo, y'ap fè lotèl lansan nou yo tounen miyèt moso. M'ap fè yo touye moun nou yo devan vye zidòl yo a
6:5b.EZE.006.005 M'ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m'ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo
6:6b.EZE.006.006 Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt
6:7b.EZE.006.007 Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
6:8b.EZE.006.008 Men, m'ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo
6:9b.EZE.006.009 Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl
6:10b.EZE.006.010 Y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m' te di yo mwen t'ap voye tout malè sa yo sou yo, se pa t' pale mete la m' t'ap fè
6:11b.EZE.006.011 Men sa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: -Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizerikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi
6:12b.EZE.006.012 Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò
6:13b.EZE.006.013 Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen men ki Seyè a
6:14b.EZE.006.014 Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
7
7:1b.EZE.007.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
7:2b.EZE.007.002 -Nonm o! Men mesaj mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, mwen bay pou peyi Izrayèl la: Fini! Se fini tout peyi a nèt pral fini
7:3b.EZE.007.003 Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen
7:4b.EZE.007.004 Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
7:5b.EZE.007.005 Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou
7:6b.EZE.007.006 Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive
7:7b.EZE.007.007 Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri
7:8b.EZE.007.008 Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m' ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p'ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M'ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo
7:9b.EZE.007.009 Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou
7:10b.EZE.007.010 Men jou malè a rive sou nou. Nou pral fini nèt! Baton nan dèyè nou! Lwijanboje yo toupatou
7:11b.EZE.007.011 Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo
7:12b.EZE.007.012 Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a
7:13b.EZE.007.013 Machann yo ap gen tan mouri anvan yo touche lajan pou sa yo te vann lan, paske wè pa wè, vizyon an gen pou rive vre, tout moun gen pou pase. Tout moun te lage kò yo nan fè mechanste san sa pa rapòte yo anyen
7:14b.EZE.007.014 Twonpèt la kònen. Tout bagay fin pare! Men, pesonn p'ap leve al goumen paske chatiman Bondye a pral tonbe sou tout moun ki nan peyi a
7:15b.EZE.007.015 Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo
7:16b.EZE.007.016 Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal
7:17b.EZE.007.017 Bra tout moun pral san fòs, yo p'ap ka kanpe sou janm yo tèlman y'ap pè
7:18b.EZE.007.018 Yo pral mete rad sak sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont, y'ap kale tèt yo nèt
7:19b.EZE.007.019 Y'ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo
7:20b.EZE.007.020 Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo
7:21b.EZE.007.021 M'ap lage tout richès yo nan men moun lòt nasyon k'ap piye yo. Yon bann sanzave ap vòlò tout richès yo, y'ap trennen yo nan labou
7:22b.EZE.007.022 M'ap fèmen je m' pou m' pa wè lè y'ap trennen trezò tanp lan nan labou, lè vòlò va antre nan tanp lan pou yo derespekte l'
7:23b.EZE.007.023 Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize
7:24b.EZE.007.024 M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo
7:25b.EZE.007.025 Tout moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p'ap kapab
7:26b.EZE.007.026 Malè ap tonbe sou yo yonn apre lòt. Yon seri move nouvèl ap vini yonn dèyè lòt. Yo pral mande pwofèt la ki vizyon li fè pou yo. Prèt yo p'ap gen anyen pou moutre pèp la. Granmoun yo p'ap gen konsèy pou ba yo
7:27b.EZE.007.027 Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M'ap pini yo pou sa yo fè, m'ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
8
8:1b.EZE.008.001 Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen
8:2b.EZE.008.002 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Depi nan ren l' desann, kò l' te tankou yon flanm dife. Depi nan ren l' moute, li te klere tankou kwiv byen poli
8:3b.EZE.008.003 Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè
8:4b.EZE.008.004 La, mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m' konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l' nan fon an
8:5b.EZE.008.005 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Vire je ou gade bò nan nò! Mwen vire je m' gade bò nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a
8:6b.EZE.008.006 Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou
8:7b.EZE.008.007 Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la
8:8b.EZE.008.008 Li di m' konsa: -Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la. Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt
8:9b.EZE.008.009 Li di m' konsa: -Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a
8:10b.EZE.008.010 Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi
8:11b.EZE.008.011 Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute
8:12b.EZE.008.012 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a
8:13b.EZE.008.013 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou
8:14b.EZE.008.014 Lè sa a, li mennen m' bò pòtay nò tanp lan, li moutre m' yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rèl lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la
8:15b.EZE.008.015 Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè
8:16b.EZE.008.016 Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve
8:17b.EZE.008.017 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo
8:18b.EZE.008.018 Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè
9
9:1b.EZE.009.001 Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: -Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou
9:2b.EZE.009.002 Lamenm, sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fin tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l'. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la
9:3b.EZE.009.003 Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan
9:4b.EZE.009.004 Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la
9:5b.EZE.009.005 Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape
9:6b.EZE.009.006 Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan
9:7b.EZE.009.007 Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la
9:8b.EZE.009.008 Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm
9:9b.EZE.009.009 Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo
9:10b.EZE.009.010 Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè
9:11b.EZE.009.011 Apre sa, nonm ki te gen rad twal fin tou blan sou li a ak poban lank mare nan ren l' lan tounen. Li fè rapò l' bay Seyè a, li di l' konsa: -Mwen fè tou sa ou te ban m' lòd fè a
10
10:1b.EZE.010.001 Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi
10:2b.EZE.010.002 Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l' konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l' ale vre
10:3b.EZE.010.003 Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan
10:4b.EZE.010.004 Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a
10:5b.EZE.010.005 Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale
10:6b.EZE.010.006 Lè Seyè a te bay nonm ak rad twal fin blan an lòd pou l' te al pran chabon dife nan mitan wou yo ki anba bèt vivan yo, nonm lan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo
10:7b.EZE.010.007 Yonn nan bèt vivan yo lonje men l' nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon dife, li mete yo nan men nonm ak rad twal fin blan an. Nonm lan pran chabon dife yo, li soti
10:8b.EZE.010.008 Lè sa a, mwen wè bèt vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo
10:9b.EZE.010.009 Mwen gade, mwen wè te gen kat wou, yonn bò kote chak bèt vivan yo. Wou yo te klere tankou pyè krizolit
10:10b.EZE.010.010 Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm
10:11b.EZE.010.011 Lè bèt vivan yo ap mache, yo te gen dwa pran nenpòt ki direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale, san yo pa t' bezwen vire
10:12b.EZE.010.012 Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou
10:13b.EZE.010.013 Wou yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon
10:14b.EZE.010.014 Chak gwo bèt vivan yo te gen kat figi. Premye figi gwo bèt vivan yo te tankou tèt yon towo bèf, dezyèm lan tankou tèt yon moun, twazyèm lan tankou tèt yon lyon, katriyèm lan tankou tèt yon malfini
10:15b.EZE.010.015 Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè
10:16b.EZE.010.016 y'ap deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou
10:17b.EZE.010.017 Lè bèt vivan yo rete an plas, wou yo rete an plas tou. Lè bèt vivan yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se gwo bèt vivan yo ki t'ap kontwole wou yo
10:18b.EZE.010.018 Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo
10:19b.EZE.010.019 Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo
10:20b.EZE.010.020 Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba
10:21b.EZE.010.021 Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl
10:22b.EZE.010.022 Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Chak bèt vivan t'ap mache dwat devan yo
11
11:1b.EZE.011.001 Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a
11:2b.EZE.011.002 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Mesye sa yo gen move lide ap travay dèyè tèt yo. Y'ap bay move konsèy nan lavil la
11:3b.EZE.011.003 Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chodyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l'. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a
11:4b.EZE.011.004 Se poutèt sa, nonm o! Men mesaj m'ap ba ou pou ou di sou yo
11:5b.EZE.011.005 Lespri Seyè a desann sou mwen ankò. Seyè a ban m' lòd pou m' bay pèp la mesaj sa a: -Nou menm fanmi Izrayèl la, mwen konnen sa n'ap di, mwen konnen lide nou gen dèyè tèt nou
11:6b.EZE.011.006 Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav
11:7b.EZE.011.007 Konsa, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chodyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la
11:8b.EZE.011.008 Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
11:9b.EZE.011.009 M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a
11:10b.EZE.011.010 N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
11:11b.EZE.011.011 Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chodyè pwoteje vyann ki ladan l'. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou
11:12b.EZE.011.012 Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo
11:13b.EZE.011.013 Antan m'ap bay mesaj la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m' ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: -O Seyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la
11:14b.EZE.011.014 Seyè a pale avè m' ankò, li di
11:15b.EZE.011.015 -Nonm o! Moun ki rete lavil Jerizalèm yo ap pale sou ou, sou frè ou, sou fanmi ou, sou tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. Y'ap di: Moun yo depòte yo twò lwen pou yo ka fè sèvis pou Seyè a, se konsa Seyè a ban nou peyi a pou rele nou pa nou
11:16b.EZE.011.016 Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an
11:17b.EZE.011.017 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo
11:18b.EZE.011.018 Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a
11:19b.EZE.011.019 M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman
11:20b.EZE.011.020 Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo
11:21b.EZE.011.021 Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale
11:22b.EZE.011.022 Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo
11:23b.EZE.011.023 Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a
11:24b.EZE.011.024 Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt
11:25b.EZE.011.025 Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè
12
12:1b.EZE.012.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
12:2b.EZE.012.002 -Nonm o! Se nan mitan yon move ras moun ki gen tèt di ou rete la a. Yo gen je, men yo pa wè anyen. Yo gen zòrèy, men yo pa tande anyen, paske se yon move ras moun wòklò ki gen tèt di yo ye
12:3b.EZE.012.003 Koulye a, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di
12:4b.EZE.012.004 Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap soti tankou moun y'ap depòte yo
12:5b.EZE.012.005 Antan y'ap gade ou, w'a fè yon twou nan miray la, w'a pase soti ladan l' ansanm ak pakèt ou a
12:6b.EZE.012.006 La, devan je yo, w'a mete pakèt la sou zepòl ou, w'a met deyò nan fènwa a. W'a bouche je ou pou ou pa wè kote ou prale. Sa ou pral fè a va sèvi yon siy pou avèti moun pèp Izrayèl yo
12:7b.EZE.012.007 Mwen fè tou sa Seyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l'. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m' nan miray la, mwen soti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m', mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m' ale
12:8b.EZE.012.008 Nan denmen maten, Seyè a pale avè m' ankò, li di m'
12:9b.EZE.012.009 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo, move ras moun tèt di sa yo, va mande ou sa w'ap fè la a
12:10b.EZE.012.010 w'a di yo: Men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye ba yo. Mesaj sa a se va yon avètisman pou chèf lavil Jerizalèm lan ansanm ak pou tout moun pèp Izrayèl ki rete nan lavil la
12:11b.EZE.012.011 W'a di yo tou sa ou te fè a, se tankou yon avètisman pou sa ki pral rive yo. Yo pral fè yo prizonye, y'ap depòte yo
12:12b.EZE.012.012 Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'
12:13b.EZE.012.013 M'ap voye privye mwen dèyè li, m'ap pran l' ladan l'. Lèfini, m'ap mennen l' lavil Babilòn nan peyi moun Kalde yo. Men, l'ap mouri nan peyi sa a san li p'ap janm wè l' ak je l'
12:14b.EZE.012.014 M'ap gaye tout moun ki te avè l' yo, gad pèsonèl li yo ak tout sòlda li yo, y'ap pran kouri nan tout direksyon. Men, m'ap fè lènmi kouri dèyè yo pou touye yo
12:15b.EZE.012.015 Lè m'a fin gaye yo tout nan mitan lòt nasyon yo, lè m'a fin simaye yo nan divès peyi etranje, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
12:16b.EZE.012.016 Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
12:17b.EZE.012.017 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
12:18b.EZE.012.018 -Nonm o! Lè w'ap manje, tranble kou fèy bwa. Bwè dlo ou ak kè sote, ak kè sere
12:19b.EZE.012.019 W'a di moun peyi a men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye bay moun lavil Jerizalèm yo k'ap viv toujou nan peyi a: Y'ap manje ak kè sere, y'ap bwè ak kè sote. Peyi a pral tounen yon savann, p'ap gen anyen ladan l' ankò. Tou sa, akòz mechanste moun k'ap viv ladan l' yo
12:20b.EZE.012.020 Yo pral detwi lavil ki plen moun yo. Peyi a ap tounen yon dezè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
12:21b.EZE.012.021 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
12:22b.EZE.012.022 -Nonm o! Poukisa moun pèp Izrayèl yo ap plede repete pawòl sa a: Jou yo ap pase yonn apre lòt, sa yo te di k'ap rive a pa rive
12:23b.EZE.012.023 Koulye a, di yo men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye ba yo: Mwen pral fè yo sispann repete pawòl sa a. Yo p'ap janm tande l' ankò nan bouch moun pèp Izrayèl yo. Di yo: Men jou a rive. Men sa yo te di ki pou rive a pral rive vre
12:24b.EZE.012.024 Nan mitan pèp Izrayèl la, p'ap gen moun k'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, p'ap gen pwofèt pou bay manti
12:25b.EZE.012.025 Se mwen menm Seyè a ki pral pale ak yo. Sa m'a di a gen pou l' rive, l'ap rive vre. Tande byen, bann moun wòklò, nou p'ap mouri anvan li rive. Non, se p'ap bagay k'ap pran twòp tan pou li rive. Sa mwen pral di a, m'ap fè l' rive vre. Se mwen menm Seyè ki sèl Mèt la ki di sa
12:26b.EZE.012.026 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
12:27b.EZE.012.027 -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo ap di vizyon w'ap fè a poko prèt pou l' rive. Mesaj w'ap bay yo, se pa pou yo, y'a gen tan mouri anvan sa ou di a rive
12:28b.EZE.012.028 Se poutèt sa, w'a di yo: Men sa Seyè a, Bondye sèl mèt la, voye di yo: Mesaj m'ap bay la p'ap pran tan pou l' rive vre. Pawòl m'ap di a pral rive. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa
13
13:1b.EZE.013.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
13:2b.EZE.013.002 -Nonm o! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè. Di yo: Manyè koute pawòl Seyè a
13:3b.EZE.013.003 Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre
13:4b.EZE.013.004 Moun Izrayèl yo, koute: Pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen, se tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze
13:5b.EZE.013.005 Yo pa t' moute lagad kote miray la te make kraze a, ni yo pa t' rebati miray yo. Konsa, moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Seyè a
13:6b.EZE.013.006 Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre
13:7b.EZE.013.007 Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesaj y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesaj Bondye bay. Men, mwen pa t' janm pale ake yo
13:8b.EZE.013.008 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa
13:9b.EZE.013.009 Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la
13:10b.EZE.013.010 Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho
13:11b.EZE.013.011 Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle
13:12b.EZE.013.012 Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la
13:13b.EZE.013.013 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la
13:14b.EZE.013.014 M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a
13:15b.EZE.013.015 Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi l' ak lacho a. Lè m'a fin fè yo sa m' gen pou m' fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi l' ak lacho a
13:16b.EZE.013.016 bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesaj pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa
13:17b.EZE.013.017 Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo
13:18b.EZE.013.018 Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou
13:19b.EZE.013.019 N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou
13:20b.EZE.013.020 Enben! Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd wanga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwezo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y' al fè wout yo
13:21b.EZE.013.021 M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
13:22b.EZE.013.022 Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo
13:23b.EZE.013.023 Enben! Se poutèt sa koulye a, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
14
14:1b.EZE.014.001 Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m' pou m' te fè yo konnen volonte Bondye
14:2b.EZE.014.002 Se konsa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
14:3b.EZE.014.003 -Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy
14:4b.EZE.014.004 Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Seyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo
14:5b.EZE.014.005 Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò
14:6b.EZE.014.006 Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo
14:7b.EZE.014.007 Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la
14:8b.EZE.014.008 M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l' tounen yon egzanp pou yo mete non l' nan chante. M'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
14:9b.EZE.014.009 Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m' sou li pou m' pini l', m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la
14:10b.EZE.014.010 Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an
14:11b.EZE.014.011 Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
14:12b.EZE.014.012 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
14:13b.EZE.014.013 -Nonm o! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men m' sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a
14:14b.EZE.014.014 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
14:15b.EZE.014.015 Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo
14:16b.EZE.014.016 Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t'ap sove. Tout peyi a t'ap tounen yon dezè
14:17b.EZE.014.017 Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt
14:18b.EZE.014.018 Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove
14:19b.EZE.014.019 Si mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m' ta voye yon maladi san renmèd pou m' touye ni moun ni bèt
14:20b.EZE.014.020 epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat
14:21b.EZE.014.021 Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt
14:22b.EZE.014.022 Men, si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m' pa t' gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm
14:23b.EZE.014.023 Wi, lè n'a wè jan moun sa yo t'ap viv ak sa yo t'ap fè, n'a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m' te fè l' la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
15
15:1b.EZE.015.001 Seyè a pale avè m' ankò: Li di m' konsa
15:2b.EZE.015.002 -Nonm o! Kisa bwa pye rezen an genyen ki fè l' pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak
15:3b.EZE.015.003 Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l' pou pandye bagay
15:4b.EZE.015.004 Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l' ankò
15:5b.EZE.015.005 Li pa t' ankò boule a, yo te tou pa ka fè anyen avè l'. Koulye a dife a fin boule l', se pi rèd ankò
15:6b.EZE.015.006 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l' nan dife pou boule l', se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo
15:7b.EZE.015.007 M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
15:8b.EZE.015.008 Yo twonpe m' tankou yon fanm k'ap twonpe mari l'. Se poutèt sa m'ap fè peyi a tounen yon dezè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
16
16:1b.EZE.016.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
16:2b.EZE.016.002 -Nonm o! Fè moun lavil Jerizalèm yo rekonèt tout vye bagay derespektan yo te fè yo
16:3b.EZE.016.003 W'a di moun lavil Jerizalèm yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou se moun peyi Kanaran, se la nou fèt. Papa nou te yon moun peyi Amori, manman nou yon moun peyi Et
16:4b.EZE.016.004 Jou ou soti nan vant manman ou lan, yo pa t' koupe kòd lonbrit ou, yo pa t' lave ou nan dlo pou yo te pwòpte ou, yo pa t' fwote ou ak gwo sèl, yo pa t' menm vlope ou nan moso kòt
16:5b.EZE.016.005 Pesonn pa t' gen pitye pou ou pou yo te rann ou yonn nan ti sèvis sa yo. Lè ou te fèt la, pesonn pa t' vle wè ou, yo voye ou jete nan jaden
16:6b.EZE.016.006 Mwen vin ap pase bò la, mwen wè ou t'ap benyen nan san ou. Atout ou t'ap benyen nan san ou, mwen di mwen p'ap kite ou mouri, se pou ou viv
16:7b.EZE.016.007 Se pou ou grandi tankou yon plant nan jaden. Ou grandi, ou fòme, ou vin yon bèl jenn fi. Tete ou yo te byen kanpe, pwal te pouse sou kò ou. Men, ou te toutouni
16:8b.EZE.016.008 Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa
16:9b.EZE.016.009 Apre sa, mwen pran dlo, mwen lave ou, mwen wete tout san ki te sou kò ou. Mwen basinen ou ak lwil santi bon
16:10b.EZE.016.010 Mwen mete bèl rad bwode sou ou, yon pè soulye fèt ak po bazann nan pye ou, yon bèl moso twal fin blan mare nan ren ou, ak yon chal swa
16:11b.EZE.016.011 Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou
16:12b.EZE.016.012 Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou
16:13b.EZE.016.013 Ou te plen bijou lò ak bijou ajan. Ou te toujou mete bèl rad twal fin ak rad swa byen bwode sou ou. Ou manje pen ki fèt ak pi bon kalite farin ansanm ak siwo myèl ak lwil. Chak jou ou vin pi bèl, jouk ou rive larenn
16:14b.EZE.016.014 Nan tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl ou pa t' ka pi bèl pase sa paske se mwen menm ki te fè ou bèl konsa. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
16:15b.EZE.016.015 Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo
16:16b.EZE.016.016 Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini
16:17b.EZE.016.017 Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo
16:18b.EZE.016.018 Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo
16:19b.EZE.016.019 Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè
16:20b.EZE.016.020 Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa y
16:21b.EZE.016.021 kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo
16:22b.EZE.016.022 Pandan tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan
16:23b.EZE.016.023 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo
16:24b.EZE.016.024 sou tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a
16:25b.EZE.016.025 Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal
16:26b.EZE.016.026 W' al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki gwonèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m' fache
16:27b.EZE.016.027 Se konsa, mwen lonje men m' sou ou pou m' pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pa t' ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo
16:28b.EZE.016.028 Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou
16:29b.EZE.016.029 W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou
16:30b.EZE.016.030 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale
16:31b.EZE.016.031 Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pa t' dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo
16:32b.EZE.016.032 Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'
16:33b.EZE.016.033 Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou
16:34b.EZE.016.034 Ou pa t' tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pesonn pa t' fòse ou fè sa. Yo pa t' peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pa t' tankou lòt jennès yo
16:35b.EZE.016.035 Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di
16:36b.EZE.016.036 Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl
16:37b.EZE.016.037 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo
16:38b.EZE.016.038 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou
16:39b.EZE.016.039 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni
16:40b.EZE.016.040 Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo
16:41b.EZE.016.041 Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado
16:42b.EZE.016.042 Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò
16:43b.EZE.016.043 Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo
16:44b.EZE.016.044 Seyè a di ankò: Koulye a moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap soti tankou manman l'
16:45b.EZE.016.045 Wi, ou se pitit manman ou vre. Li pa t' vle wè ni mari l' ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pa t' vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou
16:46b.EZE.016.046 Gran sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo
16:47b.EZE.016.047 Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo
16:48b.EZE.016.048 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pa t' janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo
16:49b.EZE.016.049 Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite
16:50b.EZE.016.050 Yo kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l' lan
16:51b.EZE.016.051 Lavil Samari menm pa t' fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l'. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou
16:52b.EZE.016.052 Ou pral wont tèt ou pou sa ou fè. Ou sitèlman fè peche ki pi lèd pase sa sè ou yo fè a, ou ba yo rezon, yo parèt inonsan bò kote ou. Wi, se pou ou wont. Se pou ou kache figi ou, paske ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou
16:53b.EZE.016.053 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò
16:54b.EZE.016.054 Ou pral wont tèt ou pou tou sa ou te fè. Yo pral pale ou mal. Sè ou yo pral wè yo pa pi mal pase sa. Sa pral yon konsolasyon pou yo
16:55b.EZE.016.055 Lavil Sodòm ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Lavil Samari ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Ou menm tou, lavil Jerizalèm ak tout ti bouk ou yo, nou pral kanpe ankò jan nou te ye anvan an
16:56b.EZE.016.056 Lè ou te an penpan an, èske ou pa t' konn pase Sodòm nan betiz
16:57b.EZE.016.057 anvan yo te denonse tout mechanste ou yo? Koulye a, se ou menm moun Aram yo, moun Filisti yo ansanm ak lòt moun nan vwazinaj ki pa vle wè ou yo pral pase nan betiz
16:58b.EZE.016.058 Ou pral peye pou tout bagay derespektan ak bagay mwen pa vle wè ou te fè yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa
16:59b.EZE.016.059 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Mwen pral boule avè ou jan ou merite l' la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a
16:60b.EZE.016.060 Men, m'ap chonje kontra mwen te pase avè ou lè ou te jenn lan. M'ap siyen yon lòt kontra avè ou, yon kontra k'ap la pou tout tan
16:61b.EZE.016.061 Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a
16:62b.EZE.016.062 Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a
16:63b.EZE.016.063 M'ap padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa
17
17:1b.EZE.017.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
17:2b.EZE.017.002 -Nonm o! Bay moun pèp Izrayèl yo yon pawoli. Rakonte yo yon parabòl
17:3b.EZE.017.003 Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole li ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd
17:4b.EZE.017.004 Li pran l', li pote l' ale nan yon peyi kote moun se trafik ase y'ap fè la. Li mete l' nan yon lavil kote se kòmèsan ase ki rete la
17:5b.EZE.017.005 Lèfini, li pran yon ti plan nan peyi Izrayèl la, li plante l' nan yon bon venn tè, toupre yon larivyè ki toujou plen dlo, pou l' ka grandi tankou yon pye sikren
17:6b.EZE.017.006 Ti plan an pran, li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo. Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an, men rasin li yo menm desann fon anba tè. Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy
17:7b.EZE.017.007 Te vin gen yon lòt gwo malfini ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li. Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a. Li vire tout branch li yo nan direksyon l' tou. Li te konprann malfini sa a tapral wouze l' pi byen pase jaden kote l' te plante a
17:8b.EZE.017.008 Men, pye rezen an te deja plante nan yon bon venn tè, kote yon kannal ki toujou gen dlo, pou l' te ka fè fèy, pou l' te ka donnen, pou li te ka rive fè yon bèl pye rezen
17:9b.EZE.017.009 Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Eske pye rezen an ap grandi vre? Eske premye malfini an p'ap dechouke l', rache tout grap rezen l' yo, kase tout branch li yo pou yo mouri? Li p'ap bezwen anpil fòs ni yon lame moun pou l' dechouke l'
17:10b.EZE.017.010 Wi, yo te plante l'. Men, èske l'ap grandi? Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li? Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a
17:11b.EZE.017.011 Seyè a pale avè m', li di m' konsa
17:12b.EZE.017.012 -Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn
17:13b.EZE.017.013 Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l', li fè l' sèmante pou l' toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo
17:14b.EZE.017.014 Konsa, li sèten peyi a va rete tou piti anba men l', yo p'ap ka leve tèt devan li, y'a toujou kenbe kontra li te pase ak yo a
17:15b.EZE.017.015 Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'
17:16b.EZE.017.016 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale: Jan nou konnen mwen vivan vre a, wa a pral lavil Babilòn, paske li te kase kontra a, li pa t' respekte kondisyon li te pase ak wa lavil Babilòn lan ki te mete l' la pou gouvènen peyi a
17:17b.EZE.017.017 Farawon an te mèt vini ak yon gwo lame ansanm ak anpil sòlda, li p'ap ka ede l' goumen nan lagè a, lè moun Babilòn yo va vin moute ranblè ak fouye gwo kannal pou yo touye moun san gad dèyè
17:18b.EZE.017.018 Wa peyi Izrayèl la pa respekte pawòl li, li kase kontra a. Malgre angajman li te pran yo, li fè tout bagay sa yo. Sa p'ap pase konsa pou li
17:19b.EZE.017.019 Se poutèt sa, men sa Seyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m'. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m' pini ou pou sa
17:20b.EZE.017.020 M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'
17:21b.EZE.017.021 Tout pi bon sòlda li yo pral mouri nan lagè. Sa ki chape yo, yo pral gaye yo toupatou sou latè. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki pale
17:22b.EZE.017.022 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap koupe boujon tèt yon pye sèd ki byen wo. M'ap kase yon jenn ti boujon nan branch ki pi wo yo. M'ap plante l' sou tèt yon mòn byen wo
17:23b.EZE.017.023 sou tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la. L'ap fè branch, l'ap donnen. L'ap vin fè yon bèl bèl pye sèd. Tout kalite zwezo pral rete ladan l'. Y'ap pare solèy nan lonbraj branch li yo
17:24b.EZE.017.024 Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'
18
18:1b.EZE.018.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
18:2b.EZE.018.002 -Poukisa y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi
18:3b.EZE.018.003 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa: Nou p'ap janm repete pwovèb sa a ankò nan peyi Izrayèl la
18:4b.EZE.018.004 Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri
18:5b.EZE.018.005 Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri
18:6b.EZE.018.006 Li pa moute nan mòn pou l' al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li
18:7b.EZE.018.007 Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo
18:8b.EZE.018.008 Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye
18:9b.EZE.018.009 Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
18:10b.EZE.018.010 Si nonm sa a ta rive fè yon pitit ki soti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou s
18:11b.EZE.018.011 papa l' pa janm fè: l'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl sou tèt mòn yo, l'ap kouri dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li
18:12b.EZE.018.012 l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan
18:13b.EZE.018.013 l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè
18:14b.EZE.018.014 Annou konsidere koulye a ka dezyèm moun sa a ki ta rive fè yon pitit gason. Pitit la wè tout peche papa l' te fè yo. Li wè yo, men li pa fè tankou l'
18:15b.EZE.018.015 Li pa al sou tèt mòn yo ofri manje bay zidòl, li derefize fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Izrayèl yo. Li respekte madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li
18:16b.EZE.018.016 li pa pwofite sou pesonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pesonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo
18:17b.EZE.018.017 Li refize fè moun mechanste, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li p'ap mouri poutèt peche papa l' te fè yo. Sèten l'ap viv
18:18b.EZE.018.018 Papa l' pou bò pa l' te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pesonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal
18:19b.EZE.018.019 N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv
18:20b.EZE.018.020 Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a
18:21b.EZE.018.021 Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv
18:22b.EZE.018.022 Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat
18:23b.EZE.018.023 Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv
18:24b.EZE.018.024 Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal
18:25b.EZE.018.025 Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito
18:26b.EZE.018.026 Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri
18:27b.EZE.018.027 Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'
18:28b.EZE.018.028 Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv
18:29b.EZE.018.029 Men, moun peyi Izrayèl yo ap plede di: Jan Seyè a ap aji a pa bon. Nou kwè se jan m'ap aji a ki pa bon vre? Eske se pa jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito
18:30b.EZE.018.030 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri
18:31b.EZE.018.031 Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa
18:32b.EZE.018.032 Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv
19
19:1b.EZE.019.001 Bondye pale avè m', li di m' konsa: -Koulye a, plenn sò chèf peyi Izrayèl yo
19:2b.EZE.019.002 Men sa ou pral di: Apa yon manman lyon manman ou tè ye! Li kouche nan mitan lyon yo, l'ap okipe pitit li yo
19:3b.EZE.019.003 Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun
19:4b.EZE.019.004 Men, lòt nasyon yo pran nouvèl la. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a. Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo trennen l' ale nan peyi Lejip
19:5b.EZE.019.005 Manman lyon an tann, li tann jouk li pèdi espwa wè l' ankò. Li pran yon lòt nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon
19:6b.EZE.019.006 Li t'ap pwonmennen nan mitan lòt lyon yo, li tounen yon jenn mal lyon. Li aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun
19:7b.EZE.019.007 Li demoli fò yo. Li sakaje lavil yo. Chak fwa li gwonde, moun k'ap viv nan peyi a gen kè sote
19:8b.EZE.019.008 Moun lòt nasyon yo leve dèyè l'. Moun soti toupatou nan pwovens bò kote l' yo, yo vin voye yon privye sou li. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a
19:9b.EZE.019.009 Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo fèmen l' nan yon kaj. Yo mennen l' bay wa Babilòn lan. Yo mete sòlda veye l' pou moun pa janm tande vwa l' ankò nan mòn peyi Izrayèl yo
19:10b.EZE.019.010 Manman ou te tankou yon pye rezen plante bò kannal dlo. Pye rezen an te chaje ak fèy, li t'ap donnen anpil paske li te jwenn kont dlo li
19:11b.EZE.019.011 Li pouse gwo branch. Branch yo tounen baton kòmandman wa. Pye rezen an grandi, li rive depase tèt tout lòt bwa yo. Tout moun t'ap gade jan li te wo, jan li te gen anpil branch
19:12b.EZE.019.012 Men, yo move sou li, yo derasinen l', yo jete l' atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife
19:13b.EZE.019.013 Koulye a, se nan yon dezè li kanpe, nan yon tè sèk san dlo
19:14b.EZE.019.014 Dife pran nan pye rezen an. Li boule ni branch li yo ni donn li yo. Li pa gen gwo branch ankò ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa. Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo
20
20:1b.EZE.020.001 Lè sa a, se te dizyèm jou nan senkyèm mwa setyèm lanne depi yo te depòte pèp la nan peyi Babilòn. De twa chèf fanmi nan pèp Izrayèl la vin jwenn mwen pou m' te ka pale ak Seyè a pou yo. Yo te chita devan m'
20:2b.EZE.020.002 Lè sa a, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
20:3b.EZE.020.003 -Nonm o! Pale ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo. Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou vin chache konnen volonte m', pa vre? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap kite moun mande m' anyen. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
20:4b.EZE.020.004 Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè
20:5b.EZE.020.005 W'a di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la, moun fanmi Jakòb yo, mwen te fè sèman ba yo, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye lè yo te nan peyi Lejip la. Mwen te fè sèman ba yo, mwen te di yo se mwen menm Seyè a ki Bondye yo
20:6b.EZE.020.006 Lè sa a, mwen te fè sèman m' t'ap fè yo soti kite Lejip la, m' t'ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo, yon peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi
20:7b.EZE.020.007 Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Seyè a ki Bondye yo
20:8b.EZE.020.008 Men, yo te kenbe tèt avè m', yo derefize koute m'. Yo yonn pa t' voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m' te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' fache
20:9b.EZE.020.009 Men, mwen pa t' fè l' pou sa pa t' bay pèp peyi kote yo t'ap viv la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou, paske se devan tout pèp sa yo mwen te fè moun Izrayèl yo konnen mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la
20:10b.EZE.020.010 Se konsa, mwen fè yo soti kite peyi Lejip. Mwen mennen yo nan dezè a
20:11b.EZE.020.011 Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo
20:12b.EZE.020.012 Lèfini, mwen ba yo jou repo m' yo pou sa fè yo chonje kontra mwen siyen ak yo, pou yo pa janm bliye se mwen menm, Seyè a, k'ap fè yo viv apa pou Bondye
20:13b.EZE.020.013 Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m'. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' move: m' te ka disparèt yo tout la nan dezè a
20:14b.EZE.020.014 Men, mwen pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou
20:15b.EZE.020.015 Se konsa, mwen fè sèman nan dezè a mwen pa t'ap mennen yo nan peyi mwen te ba yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi
20:16b.EZE.020.016 Mwen te fè sèman sa a paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen te ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl yo
20:17b.EZE.020.017 Men apre sa, kè m' te fè m' mal pou yo, mwen pran desizyon mwen p'ap touye yo. Se konsa, mwen pa t' disparèt yo tout nan dezè a
20:18b.EZE.020.018 Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo
20:19b.EZE.020.019 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou. Swiv prensip pa mwen yo, mache dapre lòd mwen bay yo
20:20b.EZE.020.020 Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m' yo pou fè wè nou kenbe kontra m' te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye nou
20:21b.EZE.020.021 Men, pitit yo kenbe tèt avè m' tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi nan dezè a sa m' ta ka fè yo lè m' fache
20:22b.EZE.020.022 Men, mwen kenbe men m' pou m' pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou
20:23b.EZE.020.023 Men, fwa sa a ankò, mwen fè yon lòt sèman nan dezè a, mwen fè sèman m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo, m'ap simaye nou nan divès peyi etranje
20:24b.EZE.020.024 Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo
20:25b.EZE.020.025 Se konsa, mwen menm bò pa m', mwen ba yo lòd ki pa t' twò bon ak prensip ki pa bay lavi
20:26b.EZE.020.026 Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a
20:27b.EZE.020.027 Koulye a, nonm o, pale ak moun pèp Izrayèl yo! Di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo. La ankò zansèt nou yo te manke m' dega, yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen
20:28b.EZE.020.028 Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo
20:29b.EZE.020.029 Mwen mande yo poukisa tout kay zidòl sa yo kote yo prale a? Depi lè sa a, yo rele kote sa yo Kay Zidòl jouk jòdi a
20:30b.EZE.020.030 Koulye a, di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Poukisa pou n'ap avili tèt nou tankou zansèt nou yo te fè yo, pou n'ap kouri fè sèvis pou zidòl yo
20:31b.EZE.020.031 Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa
20:32b.EZE.020.032 Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive
20:33b.EZE.020.033 Jan nou konnen mwen vivan vre a! Se mwen menm, Seyè Sèl Mèt la, k'ap pale! Se mwen menm k'ap gouvènen nou. M'ap kenbe nou anba ponyèt mwen ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m'
20:34b.EZE.020.034 Anba ponyèt mwen, ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m', m'ap fè nou soti nan mitan lòt pèp yo. M'ap ranmase nou nan mitan tout peyi kote mwen te gaye nou yo
20:35b.EZE.020.035 M'ap mennen nou nan dezè nasyon yo. Se la m'ap jije nou san pesonn lòt p'ap wè
20:36b.EZE.020.036 Lè sa a, m'ap kondannen nou menm jan mwen te kondannen zansèt nou yo nan dezè peyi Lejip la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
20:37b.EZE.020.037 M'ap kontwole nou tankou yon gadò k'ap kontwole mouton l' yo, m'ap fè nou obeyi kontra m' siyen ak nou an
20:38b.EZE.020.038 M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
20:39b.EZE.020.039 Seyè sèl Mèt la di ankò: Koulye a, nou menm moun pèp Izrayèl yo, nou mèt al sèvi zidòl nou yo. Men, m' tou pale nou. Apre sa, se pou n' koute m'. N'a sispann derespekte non mwen ki yon non apa. N'a sispann fè ofrann pou zidòl nou yo
20:40b.EZE.020.040 Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo
20:41b.EZE.020.041 Lè m'a fè nou soti nan mitan lòt pèp yo, lè m'a ranmase nou nan tout peyi kote mwen te gaye nou yo, m'a kontan resevwa nou ansanm ak ofrann bèt n'ap boule pou mwen pou fè m' plezi ak bon sant yo. N'a fè tout lòt nasyon yo konnen se yon Bondye apa mwen ye
20:42b.EZE.020.042 Lè m'a mennen nou tounen nan peyi Izrayèl, peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
20:43b.EZE.020.043 Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè
20:44b.EZE.020.044 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske sa m'ap fè pou nou an se pou respè tèt mwen m'ap fè l'. Se pa sa lenkondite nou ak vye bagay derespektan nou fè yo merite. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
20:45b.EZE.020.045 Seyè a pale avè m' ankò, li di konsa
20:46b.EZE.020.046 -Nonm o! Voye je gade nan direksyon sid la. Denonse sa y'ap fè bò la. Bay mesaj sa a pou gwo rakbwa ki nan zòn Negèv la
20:47b.EZE.020.047 W'a di rakbwa Negèv la: Koute sa Seyè a di. Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Gade rakbwa! Mwen pral limen yon sèl dife ki pral boule dènye pyebwa ou genyen, kit yo vèt, kit yo chèch. Anyen p'ap ka touye dife sa a. L'ap gaye depi nan sid rive nan nò. Tout moun pral santi chalè dife a
20:48b.EZE.020.048 Tout moun pral wè se mwen menm, Seyè a, ki limen dife a. Anyen p'ap ka touye l'
20:49b.EZE.020.049 Lè sa a mwen di: -Aa! Seyè sèl Mèt mwen! Pa fè m' di sa non! Moun deja ap plenyen se an daki ase m'ap pale
21
21:1b.EZE.021.001 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa
21:2b.EZE.021.002 -Nonm o! Vire figi ou gade nan direksyon lavil Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo
21:3b.EZE.021.003 W'a di yo: Men mesaj Seyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou koulye a. Mwen pral rale nepe m' nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move
21:4b.EZE.021.004 Wi, mwen pral touye bon moun kou move moun nan peyi a. Se poutèt sa menm mwen pral rale nepe m' nan djenn li pou touye tout moun depi nan sid rive nan nò
21:5b.EZE.021.005 Tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rale nepe m' nan djenn li. Anyen p'ap ka fè m' mete l' nan plas li ankò
21:6b.EZE.021.006 Men ou menm, nonm o! Se pou ou plenn paske kè ou ap fann, ou dekouraje. Wi, se pou ou plenn pou tout moun ka wè ou
21:7b.EZE.021.007 Lè y'a mande ou poukisa w'ap plenn konsa, w'a di yo: Se paske m' pran nouvèl malè ki pral rive a. Lè l'a rive vre, kè tout moun pral kase, ponyèt yo ap febli, y'ap pèdi tout fòs kouraj yo, yo p'ap ka kanpe sou janm yo. Lè a rive, li deja sou nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
21:8b.EZE.021.008 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
21:9b.EZE.021.009 -Nonm o! Bay mesaj sa a. Di pèp la men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di yo: Nepe a, nepe a! Men y'ap file l'. Men y'ap netwaye li
21:10b.EZE.021.010 Y'ap file l' pou touye moun. Y'ap netwaye li pou fè l' fè zèklè. Pa gen fè fèt ankò, paske pèp mwen an pa okipe avètisman ak pinisyon mwen te ba li
21:11b.EZE.021.011 Wi, y'ap netwaye nepe a. Y'ap pare l' pou moun ka sèvi avè l'. Y'ap file l', y'ap netwaye l' pou yo mete l' nan men bouwo a
21:12b.EZE.021.012 Ou menm, nonm o! Rele kont rele ou! Rele byen fò. Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a, pou tout chèf pèp Izrayèl yo. Yo pral touye yo ansanm ak tout pèp mwen an. Pran lapenn pou yo
21:13b.EZE.021.013 N'ap sonde pèp la. Si yo derefize chanje, tout bagay sa yo ap rive vre! Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
21:14b.EZE.021.014 Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire
21:15b.EZE.021.015 L'ap fè pèp mwen an pèdi tout kouraj li, y'ap tonbe yonn sou lòt. Mwen mete nepe nan tout pòtay yo, yon nepe k'ap bay zèklè, yon nepe ki pare pou touye anpil moun
21:16b.EZE.021.016 Ou menm, nepe file, koupe sou bò dwat, koupe sou bò gòch. Kote ou vire, koupe
21:17b.EZE.021.017 Mwen menm tou, m'ap bat men pou ankouraje. Se pou m' move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale
21:18b.EZE.021.018 Seyè a pale avè m', li di m' konsa
21:19b.EZE.021.019 -Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l'. De chemen yo ap soti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a
21:20b.EZE.021.020 yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a
21:21b.EZE.021.021 Wa Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l' fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo
21:22b.EZE.021.022 Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou
21:23b.EZE.021.023 Moun lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l'. Men, mesaj w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye
21:24b.EZE.021.024 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo
21:25b.EZE.021.025 Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive
21:26b.EZE.021.026 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe
21:27b.EZE.021.027 Kraze, kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l' m'ap lage l'
21:28b.EZE.021.028 -Nonm o! Bay mesaj la! Pale. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa: Nepe a, nepe a pare pou touye! Li byen file pou depatcha. Li byen netwaye pou fè l' fè zèklè
21:29b.EZE.021.029 Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou
21:30b.EZE.021.030 Remete nepe a nan djenn li. Mwen pral jije ou kote yo te kreye ou la, nan peyi kote ou te fèt la
21:31b.EZE.021.031 M'ap fè ou santi jan m' move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun
21:32b.EZE.021.032 Dife pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pesonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale
22
22:1b.EZE.022.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
22:2b.EZE.022.002 -Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo
22:3b.EZE.022.003 W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo
22:4b.EZE.022.004 Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou
22:5b.EZE.022.005 Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd
22:6b.EZE.022.006 Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun
22:7b.EZE.022.007 Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa
22:8b.EZE.022.008 Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo
22:9b.EZE.022.009 Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd
22:10b.EZE.022.010 Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo
22:11b.EZE.022.011 Genyen k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo
22:12b.EZE.022.012 Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
22:13b.EZE.022.013 Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp
22:14b.EZE.022.014 Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'
22:15b.EZE.022.015 M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an
22:16b.EZE.022.016 Akòz tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a
22:17b.EZE.022.017 Seyè a pale ave m' ankò, li di m' konsa
22:18b.EZE.022.018 -Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen
22:19b.EZE.022.019 Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm
22:20b.EZE.022.020 Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn
22:21b.EZE.022.021 Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou
22:22b.EZE.022.022 Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa
22:23b.EZE.022.023 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
22:24b.EZE.022.024 -Nonm o! W'a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon degout lapli
22:25b.EZE.022.025 Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari
22:26b.EZE.022.026 Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm
22:27b.EZE.022.027 Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo
22:28b.EZE.022.028 Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo
22:29b.EZE.022.029 Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon
22:30b.EZE.022.030 Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn
22:31b.EZE.022.031 Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale
23
23:1b.EZE.023.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
23:2b.EZE.023.002 -Nonm o! Vwala te gen de fi, pitit menm manman
23:3b.EZE.023.003 Depi lè yo te jenn ti nègès y' al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa
23:4b.EZE.023.004 Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen
23:5b.EZE.023.005 Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo
23:6b.EZE.023.006 Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo
23:7b.EZE.023.007 Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, li avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo
23:8b.EZE.023.008 Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès
23:9b.EZE.023.009 Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa
23:10b.EZE.023.010 Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa
23:11b.EZE.023.011 Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola
23:12b.EZE.023.012 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason
23:13b.EZE.023.013 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a
23:14b.EZE.023.014 Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo
23:15b.EZE.023.015 Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt
23:16b.EZE.023.016 Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn
23:17b.EZE.023.017 Mesye yo vini, yo fè lamou, yo kouche avè l'. Yo pran kont plezi yo avè l', yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo
23:18b.EZE.023.018 Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a
23:19b.EZE.023.019 Se atò li lage kò l' nan fè jennès. Li vin chonje lè l' te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip
23:20b.EZE.023.020 Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl
23:21b.EZE.023.021 Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason
23:22b.EZE.023.022 Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou
23:23b.EZE.023.023 Tout moun Babilòn yo ak moun peyi Kalde yo, moun lavil Pekòd, moun lavil Choa, moun lavil Koa, ansanm ak tout moun peyi Lasiri yo, mwen pral sanble tout bèl jenn gason yo, grannèg, gwo zotobre, tout chèf, tou sa ki gen gwo grad, bon kavalye ki moute sou chwal yo. Mwen pral sanble yo tout
23:24b.EZE.023.024 Y'ap soti nan nò, y'ap mache sou ou avèk yon gwo lame, anpil cha lagè ak anpil kabwa pwovizyon. Avèk gwo plak fè pou pwoteje yo, kas yo nan tèt yo, yo pral sènen ou toupatou. M' pral lage ou nan men yo pou yo jije ou dapre lwa pa yo
23:25b.EZE.023.025 Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan
23:26b.EZE.023.026 Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou te konn mete sou ou
23:27b.EZE.023.027 M'ap mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò
23:28b.EZE.023.028 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo
23:29b.EZE.023.029 Yo pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondite ou y
23:30b.EZE.023.030 ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo
23:31b.EZE.023.031 Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la
23:32b.EZE.023.032 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Ou pral bwè nan gode sè ou la, yon gode byen fon. Tout moun pral pase ou nan betiz, nan rizib. Gode a plen ra bò
23:33b.EZE.023.033 Li pral fè ou sou. W'ap an mal makak. Se yon gode k'ap fè moun pè, yon gode k'ap fini avè ou, gode Samari, sè ou la
23:34b.EZE.023.034 W'ap bwè tout, w'ap kite l' vid. Lèfini, w'ap kraze l' anba dan ou! Moso yo pral filange tete ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
23:35b.EZE.023.035 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Paske ou te bliye m', ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondite ak dezòd ou te fè yo
23:36b.EZE.023.036 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo
23:37b.EZE.023.037 Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl
23:38b.EZE.023.038 Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo
23:39b.EZE.023.039 Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an
23:40b.EZE.023.040 Sa ki pi rèd ankò, yo voye mesaje al envite gason soti byen lwen vin jwenn yo. Mesye yo vini. De sè yo benyen byen pwòp, yo pentire je yo. Yo mete bijou yo sou yo pou resevwa
23:41b.EZE.023.041 Yo chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li
23:42b.EZE.023.042 Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen soti nan dezè a. Mesye yo mete bèl braslè nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak
23:43b.EZE.023.043 Mwen di nan kè m': Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou
23:44b.EZE.023.044 Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo
23:45b.EZE.023.045 Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun
23:46b.EZE.023.046 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen
23:47b.EZE.023.047 Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo
23:48b.EZE.023.048 Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou
23:49b.EZE.023.049 Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt
24
24:1b.EZE.024.001 Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
24:2b.EZE.024.002 -Nonm o! Ekri dat jòdi a, paske se jòdi a wa peyi Babilòn lan pral sènen lavil Jerizalèm
24:3b.EZE.024.003 Ou pral bay yon pawoli sou move ras moun sa yo ki gen tèt di. W'a di yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Mete yon chodyè sou dife, plen l' dlo
24:4b.EZE.024.004 Mete vyann ladan l', pi bon moso vyann ou konnen: jigo ak zepòl. Mete bon moso zo ladan l' tou
24:5b.EZE.024.005 W'a pran yo nan mouton ki pi gra yo. Mete bon bwa anba chodyè a. Kite dlo a bouyi byen bouyi jouk vyann lan ak zo yo byen kwit
24:6b.EZE.024.006 Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'
24:7b.EZE.024.007 Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l'. San an koule sou wòch
24:8b.EZE.024.008 Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l', pou l' ka mande revanj paske sa fè m' fache anpil
24:9b.EZE.024.009 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa
24:10b.EZE.024.010 Pote bwa an kantite toujou! Limen dife a! Kwit vyann yo byen kwit! Mete zepis ladan l'! Boule zo yo
24:11b.EZE.024.011 Mete chodyè fè a tou vid sou chabon dife yo. Kite l' vin tou wouj. Konsa lawouj la va tonbe, l'a dekale. Chodyè a va vin pwòp ankò pou l' ka sèvi
24:12b.EZE.024.012 Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin soti nèt nan dife a
24:13b.EZE.024.013 Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinaj ou yo. Mwen te soti pou m' te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen
24:14b.EZE.024.014 Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m' fè sa m' te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
24:15b.EZE.024.015 Seyè a pale avè m', li di m' konsa
24:16b.EZE.024.016 -Nonm o! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele, pa kite dlo sot nan je ou
24:17b.EZE.024.017 Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou
24:18b.EZE.024.018 Jou sa a nan maten, mwen t'ap pale ak pèp la. Nan aswè, madanm mwen rete konsa, li mouri. Nan denmen maten, mwen fè jan Seyè a te di m' fè a
24:19b.EZE.024.019 Pèp la mande m': -Eske ou ka di nou poukisa ou fè sa w'ap fè la a
24:20b.EZE.024.020 Mwen reponn yo: -Seyè a te pale avè m', li te di m'
24:21b.EZE.024.021 pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè
24:22b.EZE.024.022 Lè sa a, n'a fè jan nou wè m' fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun
24:23b.EZE.024.023 N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt
24:24b.EZE.024.024 Ezekyèl menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Seyè sèl Mèt la
24:25b.EZE.024.025 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! M'ap wete nan men yo kay byen solid ki te tout pwoteksyon yo a, bèl kay ki te fè kè yo kontan an, kay yo te renmen tankou de grenn je nan tèt yo a, kay yo te fèb anpil pou li a. M'ap wete l' ansanm ak pitit gason ak pitit fi yo
24:26b.EZE.024.026 Jou sa a, yon moun va chape kò l', l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou
24:27b.EZE.024.027 Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
25
25:1b.EZE.025.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
25:2b.EZE.025.002 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè
25:3b.EZE.025.003 W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo
25:4b.EZE.025.004 Se poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo
25:5b.EZE.025.005 M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
25:6b.EZE.025.006 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la
25:7b.EZE.025.007 Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
25:8b.EZE.025.008 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo
25:9b.EZE.025.009 Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim
25:10b.EZE.025.010 M'ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè
25:11b.EZE.025.011 Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
25:12b.EZE.025.012 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a
25:13b.EZE.025.013 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè
25:14b.EZE.025.014 Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m' konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m' konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale
25:15b.EZE.025.015 Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj
25:16b.EZE.025.016 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a
25:17b.EZE.025.017 Se pa ti pini m' pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M' pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
26
26:1b.EZE.026.001 Nan premye jou mwa a nan onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
26:2b.EZE.026.002 -Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò
26:3b.EZE.026.003 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir. Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou. Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè
26:4b.EZE.026.004 Yo pral kraze miray ranpa lavil yo. Y'ap demoli gwo fò won yo. Lèfini, m'ap pote tout pousyè a ale. M'ap kite wòch yo griyen konsa
26:5b.EZE.026.005 Pechè yo pral mete senn cheche sou yo, la kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. Nasyon yo pral piye lavil la
26:6b.EZE.026.006 Yo pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a ak nepe. Lè sa a, lavil Tir va konnen se mwen menm ki Seyè a
26:7b.EZE.026.007 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Mwen pral voye Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir. L'ap soti nan nò avèk chwal, cha lagè, kavalye ak yon gwo lame sòlda
26:8b.EZE.026.008 Li pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a. Li pral fouye gwo kannal, li pral anpile ranblè tout arebò ou. Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou
26:9b.EZE.026.009 Li pral frape sou miray yo avèk gwo poto. Li pral demoli gwo fò won yo ak gwo pens fè
26:10b.EZE.026.010 Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe
26:11b.EZE.026.011 Nou pral tande bri zago chwal li yo nan tout lari yo. L'ap fè yo touye tout moun ak nepe. Bèl gwo poto solid ou yo pral tonbe atè
26:12b.EZE.026.012 Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo. Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y'ap jete yo nan lanmè
26:13b.EZE.026.013 M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò
26:14b.EZE.026.014 Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p'ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
26:15b.EZE.026.015 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l' yo, lè y'a pran masakre moun ladan l', lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble
26:16b.EZE.026.016 Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete
26:17b.EZE.026.017 Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo
26:18b.EZE.026.018 Koulye a, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble lè y'a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo. Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a p'ap konn sa pou yo fè lè y'a wè jan ou fini an
26:19b.EZE.026.019 Paske, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap fè ou tounen yon dezè, tankou lavil kote pa gen moun rete. M'ap fè dlo lanmè a leve dèyè ou, l'ap kouvri ou nèt ale
26:20b.EZE.026.020 M'ap fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M'ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p'ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo
26:21b.EZE.026.021 Mwen pral fè tout moun pè lè yo wè sa ki rive nou. Se konsa n'a fini. Moun va chache nou, men yo p'ap janm jwenn nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
27
27:1b.EZE.027.001 Seyè a pale avè m', li di m' konsa
27:2b.EZE.027.002 -Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir
27:3b.EZE.027.003 W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an
27:4b.EZE.027.004 Fwontyè nou rive jouk nan mitan lanmè. Moun ki bati lavil la te bati l' tankou yon bèl batiman
27:5b.EZE.027.005 Yo te pran bwapen sou mòn Seni fè planch pou sèvi bòday nou yo. Yo pran yon bwa sèd peyi Liban pou fè ma pou nou
27:6b.EZE.027.006 Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an
27:7b.EZE.027.007 Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fin blan bwode ki soti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal violèt, bèl twal wouj ki soti nan lil Elicha
27:8b.EZE.027.008 Se gason ki soti lavil Sidon ak lavil Avad k'ap naje zaviwon pou ou. Men, se moun lavil la menm ki te fò anpil nan lamarin ki te maren sou batiman an
27:9b.EZE.027.009 Se ansyen gwo bòs chapant lavil Gebal ak bon ouvriye yo ki te abò batiman an pou fè reparasyon. Maren tout batiman ki sou lanmè a vin fè trafik lakay ou
27:10b.EZE.027.010 Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a
27:11b.EZE.027.011 Sòlda ki soti lavil Avad ap veye sou tout miray ranpa ou yo. Sòlda ki soti lavil Gamad t'ap fè faksyonnè sou tout gwo fò won ou yo. Yo pandye plak fè pwotèj yo sou tout miray yo. Se moun sa yo ki te fè ou bèl kont bèl ou
27:12b.EZE.027.012 Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo
27:13b.EZE.027.013 Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo
27:14b.EZE.027.014 Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt
27:15b.EZE.027.015 Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa
27:16b.EZE.027.016 Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou
27:17b.EZE.027.017 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis
27:18b.EZE.027.018 Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar
27:19b.EZE.027.019 Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo
27:20b.EZE.027.020 Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo
27:21b.EZE.027.021 Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit
27:22b.EZE.027.022 Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò
27:23b.EZE.027.023 Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou
27:24b.EZE.027.024 Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid
27:25b.EZE.027.025 Gwo batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè
27:26b.EZE.027.026 Moun ki t'ap naje zaviwon yo te mennen ou byen lwen nan fon lanmè. Yon sèl van lès te fè ou koule byen lwen nan mitan lanmè
27:27b.EZE.027.027 Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule
27:28b.EZE.027.028 Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble
27:29b.EZE.027.029 Tout moun ki t'ap naje zaviwon yo desann atè, yo kite batiman yo. Tout maren yo rete atè
27:30b.EZE.027.030 Y'ap kriye pou ou, y'ap plenn sò ou. Y'ap voye pousyè tè sou tèt yo, y'ap woule kò yo nan sann dife, tèlman y'ap nan lapenn
27:31b.EZE.027.031 Yo koupe tout cheve nan tèt yo. Yo mete rad sak sou yo. Sa fè yo mal anpil pou ou. Yo dekouraje, y'ap plenn sò ou
27:32b.EZE.027.032 Nan lapenn yo y'ap chante sou ou. Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je. Y'ap di: Pa te gen tankou lavil Tir ki koulye a koule nan fon lanmè
27:33b.EZE.027.033 Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich
27:34b.EZE.027.034 Koulye a, ou koule nan fon lanmè. Tout machandiz ou yo, tout moun ki t'ap travay pou ou yo disparèt ansanm avè ou nan lanmè
27:35b.EZE.027.035 Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè
27:36b.EZE.027.036 Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt
28
28:1b.EZE.028.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
28:2b.EZE.028.002 -Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye
28:3b.EZE.028.003 Ou met nan tèt ou ou gen plis konprann pase Danèl. Pa gen sekrè ki kache pou ou
28:4b.EZE.028.004 Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou
28:5b.EZE.028.005 Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou
28:6b.EZE.028.006 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye
28:7b.EZE.028.007 Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan
28:8b.EZE.028.008 Yo pral touye ou. Ou pral mouri neye nan mitan lanmè
28:9b.EZE.028.009 Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras
28:10b.EZE.028.010 W'ap mouri tankou moun ki pa konn Bondye. Se moun lòt nasyon yo k'ap touye ou. Mwen fin pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
28:11b.EZE.028.011 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
28:12b.EZE.028.012 -Nonm o! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Te gen yon lè se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun
28:13b.EZE.028.013 Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou
28:14b.EZE.028.014 Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife
28:15b.EZE.028.015 Depi jou Bondye kreye ou la, ou pa t' fè anyen pou yo te fè ou repwòch, jouk jou ou konmanse fè sa ki mal
28:16b.EZE.028.016 Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo
28:17b.EZE.028.017 Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou
28:18b.EZE.028.018 Ou sitèlman fè mechanste ak vis nan kòmès ou yo, ou pa respekte ata tanp ou yo. Mwen mete dife nan lavil ou yo. Yo boule nèt. Tout moun ki t'ap gade ou yo wè ou tounen sann
28:19b.EZE.028.019 Tout moun ki te konnen ou nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Ou fini, ou fini nèt
28:20b.EZE.028.020 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
28:21b.EZE.028.021 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun sa yo ap fè
28:22b.EZE.028.022 W'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou. Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la. Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye
28:23b.EZE.028.023 Mwen pral voye maladi sou yo. San moun pral koule nan tout lari. Lènmi ap soti toupatou vin atake yo. Moun pral mouri nan lavil la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
28:24b.EZE.028.024 Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la
28:25b.EZE.028.025 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m' te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan
28:26b.EZE.028.026 Yo pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo a
29
29:1b.EZE.029.001 Sou douzyèm jou nan dizyèm mwa, dizyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
29:2b.EZE.029.002 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Lejip. Bay mesaj sa a sou farawon an, wa peyi Lejip la, ak sou tout peyi Lejip
29:3b.EZE.029.003 Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'
29:4b.EZE.029.004 Mwen pral kwoke yon zen antravè nan machwè ou. Tout pwason larivyè a pral kole sou ou. Lèfini, m'ap rale ou soti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou
29:5b.EZE.029.005 Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou
29:6b.EZE.029.006 Lè sa a, tout moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Seyè a di ankò: -Moun pèp Izrayèl yo te konte sou ou, men ou pa t' pi solid pase yon baton wozo
29:7b.EZE.029.007 Lè yo apiye sou ou, ou kase nan men yo, ou dechire tout po men yo. Wi, lè yo apiye sou ou, yo tonbe, ren yo kase
29:8b.EZE.029.008 Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou
29:9b.EZE.029.009 Peyi Lejip la pral tounen yon dezè kote moun pa rete, yon pil mazi. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Ou te di se pou ou Nil la ye, se ou ki fè l'
29:10b.EZE.029.010 Enben, mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fwontyè peyi Letiopi
29:11b.EZE.029.011 p'ap rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l'
29:12b.EZE.029.012 M'ap fè peyi Lejip la tounen peyi ki pi devaste sou tout latè. Pandan karant lanne tout lavil peyi Lejip yo pral tounen mazi. Y'ap kraze pi mal pase mazi nenpòt ki lòt lavil ki devaste. Mwen pral depòte moun peyi Lejip yo nan lòt nasyon. M'ap gaye yo nan divès lòt peyi
29:13b.EZE.029.013 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Apre karantan, m'ap pase men pran moun peyi Lejip yo nan mitan lòt nasyon kote mwen te gaye yo a
29:14b.EZE.029.014 m'ap mennen yo tounen lakay yo. M'ap fè yo al rete nan zòn Patwòs la, kote zansèt yo te soti a. Y'ap fòme yon ti peyi tou fèb
29:15b.EZE.029.015 Lè sa a, se va pi piti peyi nan tout peyi sou latè. Li p'ap janm rive donminen ankenn lòt nasyon. L'ap tèlman fèb, li p'ap janm ka fòse ankenn lòt nasyon fè volonte li
29:16b.EZE.029.016 Pèp Izrayèl la p'ap janm bezwen konte sou li ankò. Sa va fè pèp Izrayèl la chonje jan li te gen tò pou l' te fye moun sa yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt la
29:17b.EZE.029.017 Nan premye jou nan premye mwa, vennsetyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
29:18b.EZE.029.018 -Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la
29:19b.EZE.029.019 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Mwen pral bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, peyi Lejip la pou li. Li pral pran tout richès li yo, l'ap mete men sou tou sa li jwenn, l'ap piye peyi a nèt: Se konsa l'a peye sòlda li yo
29:20b.EZE.029.020 Wi, pou tout gwo sèvis li rann mwen yo, m'ap fè l' kado peyi Lejip la. Paske, se pou mwen yo t'ap travay. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa
29:21b.EZE.029.021 Lè sa a, m'ap fè pèp Izrayèl la pran fòs. Ou menm menm, Ezekyèl, m'ap ba ou lizay lapawòl ankò pou tout moun ka tande ou. Konsa, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
30
30:1b.EZE.030.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
30:2b.EZE.030.002 -Nonm o! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Seyè sèl Mèt la voye ou di: -Rele non! Ala yon move jou
30:3b.EZE.030.003 Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo
30:4b.EZE.030.004 Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo
30:5b.EZE.030.005 Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m' lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou
30:6b.EZE.030.006 Men sa Seyè a di ankò: -Tout moun ki t'ap pran defans peyi Lejip la pral mouri. Gwo bèl lame Lejip la pral disparèt. Wi, depi lavil Migdòl nan nò desann lavil Aswan nan sid, yo tout ap mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
30:7b.EZE.030.007 Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt
30:8b.EZE.030.008 Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
30:9b.EZE.030.009 Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m'ap voye mesaje nan bato pou y' al pran tèt moun ki t'ap viv kè pòpòz nan peyi Letiopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive
30:10b.EZE.030.010 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la
30:11b.EZE.030.011 Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a
30:12b.EZE.030.012 Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m'ap lage peyi a nan men ansasen. M'ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa
30:13b.EZE.030.013 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè
30:14b.EZE.030.014 M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a
30:15b.EZE.030.015 M'ap fè moun lavil Sin yo, lavil ki plen gwo ranpa pou defann peyi a, santi jan mwen konn fache. M'ap detwi tout richès lavil Tèb la
30:16b.EZE.030.016 M'ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y'ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la
30:17b.EZE.030.017 Tout jenn gason lavil Eliopolis ak lavil Boubastis yo ap mouri nan lagè. Y'ap depòte tout rès moun yo
30:18b.EZE.030.018 Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo
30:19b.EZE.030.019 Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
30:20b.EZE.030.020 Nan setyèm jou premye mwa, onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
30:21b.EZE.030.021 -Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l' nan fòm pou l' ka pran, pou l' ka gen fòs kenbe nepe nan men l' ankò
30:22b.EZE.030.022 Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M'ap fè nepe a soti tonbe nan men l'
30:23b.EZE.030.023 Mwen pral gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè
30:24b.EZE.030.024 Mwen pral bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, m'ap mete nepe pa m' lan nan men l'. M'ap kase tou de ponyèt farawon yo. Li pral rakle, li pral soufri anpil, li pral mouri devan lènmi l' lan
30:25b.EZE.030.025 Wi, m'ap bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, men m'ap febli ponyèt farawon an. Lè m'a bay wa Babilòn lan nepe pa m' lan, lè l'a lonje l' sou peyi Lejip la, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a
30:26b.EZE.030.026 M'ap gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
31
31:1b.EZE.031.001 Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
31:2b.EZE.031.002 -Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a
31:3b.EZE.031.003 Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo
31:4b.EZE.031.004 Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan
31:5b.EZE.031.005 Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long
31:6b.EZE.031.006 Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita
31:7b.EZE.031.007 Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a
31:8b.EZE.031.008 Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'
31:9b.EZE.031.009 Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'
31:10b.EZE.031.010 Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li
31:11b.EZE.031.011 Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo
31:12b.EZE.031.012 Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li
31:13b.EZE.031.013 Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo
31:14b.EZE.031.014 Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo
31:15b.EZE.031.015 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li
31:16b.EZE.031.016 Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a
31:17b.EZE.031.017 Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo
31:18b.EZE.031.018 Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale
32
32:1b.EZE.032.001 Nan premye jou nan douzyèm mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa
32:2b.EZE.032.002 -Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a
32:3b.EZE.032.003 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Nan mitan anpil nasyon ki va sanble bò kote ou, m'ap voye privye mwen sou ou pou m' pran ou
32:4b.EZE.032.004 M'ap voye ou jete atè, m'ap blayi ou nan mitan jaden yo. M'ap fè tout kalite zwezo ak bèt nan bwa vin manje plen vant yo ak kadav ou
32:5b.EZE.032.005 Mwen pral kouvri tout mòn ak tout fon yo ak kadav ou k'ap dekonpoze
32:6b.EZE.032.006 M'ap wouze tout peyi a ak san ou. M'ap vide san ou sou mòn yo, jouk ravin yo pral plen dlo kò ou
32:7b.EZE.032.007 Lè m'ap disparèt ou a, m'ap kouvri syèl la, m'ap bouche zetwal yo. M'ap kache solèy la dèyè nwaj yo, lalin lan p'ap klere ankò
32:8b.EZE.032.008 Poutèt ou, m'ap tenyen dènye limyè nan syèl la. Pral fènwa nèt sou tout latè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa
32:9b.EZE.032.009 Anpil moun pral gen lespri yo boulvèse lè m' fè nouvèl jan ou fini an gaye nan tout nasyon yo, ata nan peyi ou menm ou pa janm konnen
32:10b.EZE.032.010 M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m' lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou
32:11b.EZE.032.011 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di wa peyi Lejip la: -Nepe wa Babilòn lan pral tonbe sou ou
32:12b.EZE.032.012 Mwen pral fè sòlda peyi ki pi mechan an touye tout pèp ou a ak nepe yo. Yo pral ravaje tout bèl bagay ki te fè ou kontan nan peyi Lejip la. Yo pral touye dènye kras moun nan peyi a
32:13b.EZE.032.013 M'ap touye tout bèt nou yo bò dlo a. p'ap rete yon grenn moun ni yon sèl bèt pou sal dlo yo ankò
32:14b.EZE.032.014 M'ap kite dlo yo poze, m'ap fè larivyè yo koule tou dousman. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa
32:15b.EZE.032.015 Lè m'a fè peyi Lejip la tounen yon dezè, lè m'a devaste tout bagay nan peyi a, lè m'a touye dènye moun ki rete nan peyi a, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
32:16b.EZE.032.016 Men chante y'a chante pou plenn sò peyi Lejip la. Medam lòt nasyon yo va chante l' lè y'ap kriye pou peyi Lejip ansanm ak tout pèp li a. Wi, se chante sa a y'a chante lè y'ap kriye pou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa
32:17b.EZE.032.017 Nan kenzyèm jou premye mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa
32:18b.EZE.032.018 -Nonm o! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye
32:19b.EZE.032.019 Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a
32:20b.EZE.032.020 Moun peyi Lejip yo pral tonbe ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo. Gen yon nepe ki pare pou touye yo tout
32:21b.EZE.032.021 Sòlda ki te pi vanyan yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon ak moun peyi Lejip yo pral resevwa yo nan peyi kote mò yo ye a. Yo pral di: Moun ki pa pote mak kontra Bondye a ap mouri nan lagè, yo desann isit la. Se la yo vin kouche
32:22b.EZE.032.022 Peyi Lasiri a la avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè
32:23b.EZE.032.023 Yo mete tonm yo anba nèt nan peyi kote mò yo ye a. Tout sòlda li yo mouri nan lagè. Tout tonm yo bò kote l'. Se yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè
32:24b.EZE.032.024 Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an
32:25b.EZE.032.025 Wa peyi Elam lan kouche nan mitan moun pa l' yo ki mouri nan lagè. Tonm sòlda li yo bò kote l'. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Sou latè, yo te mache fè tout moun pè yo. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo. Yo desann nan twou san fon an ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo
32:26b.EZE.032.026 Wa peyi Mechèk la ak wa peyi Toubal la tou, ansanm avèk tonm sòlda yo bò kote yo. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè sou latè
32:27b.EZE.032.027 Yo p'ap fè bèl lantèman pou yo tankou pou vanyan sòlda tan lontan yo, ki te desann nan peyi kote mò yo ye a ak tout zam yo sou yo, nepe yo anba tèt yo ak plak fè pwotèj yo anwo kadav yo. Paske yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè yo sou latè
32:28b.EZE.032.028 Se konsa moun peyi Lejip yo pral mouri tankou moun ki pa pote mak kontra Bondye a, y'ap antere yo ansanm ak moun ki te mouri nan lagè yo
32:29b.EZE.032.029 Peyi Edon an la tou ansanm ak tout wa li yo ak chèf li yo. Yon lè yo te vanyan sòlda, men koulye a yo kouche nan peyi kote mò yo ye a ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki te mouri nan lagè
32:30b.EZE.032.030 Tout chèf peyi nan nò yo la tou ansanm ak tout moun peyi Sidon yo. Yo te sitèlman gen fòs, yo te fè moun pè yo. Koulye a, yo desann nan twou san fon an. Yo pote wont mechanste yo anba tè a ak yo. Yo mete yo kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a, epi ki te mouri nan lagè yo
32:31b.EZE.032.031 Se pral yon gwo konsolasyon pou wa peyi Lejip la ansanm ak sòlda li yo, lè y'a wè tout kantite moun ki te mouri nan lagè. Se Seyè sèl Mèt la menm ki di sa
32:32b.EZE.032.032 Atout mwen te fè wa peyi Lejip la mache fè moun pè l' toupatou sou latè, y'ap touye l' ansanm ak tout sòlda li yo. Ni li ni sòlda li yo pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki mouri nan lagè yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
33
33:1b.EZE.033.001 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa
33:2b.EZE.033.002 -Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a
33:3b.EZE.033.003 Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo
33:4b.EZE.033.004 Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li
33:5b.EZE.033.005 Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri
33:6b.EZE.033.006 Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo
33:7b.EZE.033.007 Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen
33:8b.EZE.033.008 Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li
33:9b.EZE.033.009 Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou
33:10b.EZE.033.010 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò
33:11b.EZE.033.011 Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa
33:12b.EZE.033.012 Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a
33:13b.EZE.033.013 Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè
33:14b.EZE.033.014 Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen
33:15b.EZE.033.015 si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv
33:16b.EZE.033.016 M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen
33:17b.EZE.033.017 Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon
33:18b.EZE.033.018 Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa
33:19b.EZE.033.019 Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa
33:20b.EZE.033.020 Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo
33:21b.EZE.033.021 Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi
33:22b.EZE.033.022 Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò
33:23b.EZE.033.023 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
33:24b.EZE.033.024 -Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou
33:25b.EZE.033.025 Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou
33:26b.EZE.033.026 Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou
33:27b.EZE.033.027 W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo
33:28b.EZE.033.028 M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. Fòs pouvwa ki te fè l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo
33:29b.EZE.033.029 Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
33:30b.EZE.033.030 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a
33:31b.EZE.033.031 Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen
33:32b.EZE.033.032 Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè
33:33b.EZE.033.033 Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo
34
34:1b.EZE.034.001 Seyè a pale avè m', li di m' konsa
34:2b.EZE.034.002 -Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen
34:3b.EZE.034.003 Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo
34:4b.EZE.034.004 Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo
34:5b.EZE.034.005 Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo
34:6b.EZE.034.006 Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye
34:7b.EZE.034.007 Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou
34:8b.EZE.034.008 Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo
34:9b.EZE.034.009 Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou
34:10b.EZE.034.010 Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò
34:11b.EZE.034.011 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo
34:12b.EZE.034.012 Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen
34:13b.EZE.034.013 M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a
34:14b.EZE.034.014 M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo
34:15b.EZE.034.015 Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
34:16b.EZE.034.016 Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la
34:17b.EZE.034.017 Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò
34:18b.EZE.034.018 Genyen nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo
34:19b.EZE.034.019 Konsa, rès mouton m' yo blije manje zèb lòt yo te pilonnen anba pye yo. Yo blije bwè rès dlo lòt yo te sal ak pye yo
34:20b.EZE.034.020 Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo
34:21b.EZE.034.021 Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan
34:22b.EZE.034.022 Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou
34:23b.EZE.034.023 M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo
34:24b.EZE.034.024 Se mwen menm, Seyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m' lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa
34:25b.EZE.034.025 M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo
34:26b.EZE.034.026 M'ap fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. M'ap beni yo, m'ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe
34:27b.EZE.034.027 Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
34:28b.EZE.034.028 Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont
34:29b.EZE.034.029 M'ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p'ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p'ap pase yo nan betiz ankò
34:30b.EZE.034.030 Tout moun va konnen se mwen menm Seyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m' lan menm yo ye. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
34:31b.EZE.034.031 Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
35
35:1b.EZE.035.001 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
35:2b.EZE.035.002 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a
35:3b.EZE.035.003 W'a di yo men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Nou menm moun peyi Seyi, m'ap leve dèyè nou tou! Mwen pral lonje men m' sou nou pou m' pini nou. M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'
35:4b.EZE.035.004 M'ap fè tout lavil nou yo tounen mazi. M'ap fè peyi a rete san pesonn ladan l'. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
35:5b.EZE.035.005 Nou pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t'ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo
35:6b.EZE.035.006 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: m'ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p'ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou
35:7b.EZE.035.007 M'ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M'ap touye dènye moun k'ap ale vini nan peyi nou an
35:8b.EZE.035.008 Mwen pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè
35:9b.EZE.035.009 M'ap fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. p'ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
35:10b.EZE.035.010 Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a
35:11b.EZE.035.011 Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pa t' vle wè yo! M'ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm k'ap pini nou pou tou sa nou te fè yo
35:12b.EZE.035.012 Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n' ka devore yo
35:13b.EZE.035.013 Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal
35:14b.EZE.035.014 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Tout moun sou latè pral kontan lè m'a fè peyi nou an tounen yon dez
35:15b.EZE.035.015 menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a
36
36:1b.EZE.036.001 Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou
36:2b.EZE.036.002 Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a
36:3b.EZE.036.003 Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l', pou yo pran l' pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz
36:4b.EZE.036.004 Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz
36:5b.EZE.036.005 Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l' nèt ale a, yo pa t' manke kontan, yo pa t' manke pase nou nan rizib
36:6b.EZE.036.006 Se poutèt sa, men mesaj pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Seyè a voye di: Koulye a mwen move, mwen fache, m'ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t'ap joure nou
36:7b.EZE.036.007 enben wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m' pou m' fè sèman lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la
36:8b.EZE.036.008 Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou
36:9b.EZE.036.009 Paske mwen kanpe la avèk nou. Mwen pral swen nou. Tè jaden nou yo pral raboure, yo pral plante
36:10b.EZE.036.010 Mwen pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo
36:11b.EZE.036.011 Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
36:12b.EZE.036.012 M'ap mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p'ap janm kite pitit li yo mouri ankò
36:13b.EZE.036.013 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Yo te mache di: Peyi a ap manje moun li yo. L'ap touye tout pitit moun ki rete ladan l' yo. Se te vre
36:14b.EZE.036.014 Men, depi jòdi a, peyi a p'ap manje moun li yo ankò, li p'ap touye pitit moun ki rete ladan l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
36:15b.EZE.036.015 M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
36:16b.EZE.036.016 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
36:17b.EZE.036.017 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo te rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan ki mete peyi a nan kondisyon li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t'ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa t' ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen yo pa t' pi bon pase yon fi ki gen lalin li
36:18b.EZE.036.018 Se poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l' pa t' ka fè sèvis pou mwen ankò
36:19b.EZE.036.019 Mwen gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Mwen simaye yo nan tout peyi etranje yo. Mwen pini yo pou jan yo te mennen bak yo mal ak pou tou sa yo te fè
36:20b.EZE.036.020 Nan tout peyi kote yo rive, yo lakòz moun derespekte non mwen ki yon non apa. Yo fè moun ap di sou yo: Men pèp Seyè a wi! Yo blije soti kite peyi li te ba yo a
36:21b.EZE.036.021 Sa te ban m' tèt chaje pou m' te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t'ap derespekte non m' nan tout peyi kote yo pase
36:22b.EZE.036.022 Se poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m' pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l', tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo
36:23b.EZE.036.023 Menm jan nou te trennen non m' nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m' pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m' gen pouvwa, jan m' se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Seyè a
36:24b.EZE.036.024 M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou soti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an
36:25b.EZE.036.025 M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo
36:26b.EZE.036.026 M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou
36:27b.EZE.036.027 M'ap mete Lespri m' nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo
36:28b.EZE.036.028 Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye
36:29b.EZE.036.029 M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò
36:30b.EZE.036.030 M'ap fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p'ap nan grangou, nou p'ap wont ankò devan lòt nasyon yo
36:31b.EZE.036.031 Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t' bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye
36:32b.EZE.036.032 Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Seyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè
36:33b.EZE.036.033 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Jou m'a mete nou nan kondisyon pou sèvi m' lan, lè m'a wete nou anba tout peche nou yo, m'a kite nou al rete nan lavil nou yo, m'a kite nou rebati kay kraze nou yo
36:34b.EZE.036.034 Tout moun k'ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò
36:35b.EZE.036.035 Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non
36:36b.EZE.036.036 Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fwontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'
36:37b.EZE.036.037 Seyè sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m' sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton
36:38b.EZE.036.038 Lavil ki te fin kraze yo pral plen moun tankou lavil Jerizalèm plen mouton yo mennen pou touye pou Bondye lè jou fèt yo. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a
37
37:1b.EZE.037.001 Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman
37:2b.EZE.037.002 Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt
37:3b.EZE.037.003 Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen
37:4b.EZE.037.004 Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a
37:5b.EZE.037.005 Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò
37:6b.EZE.037.006 M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a
37:7b.EZE.037.007 Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt
37:8b.EZE.037.008 Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t' gen souf nan yo
37:9b.EZE.037.009 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò
37:10b.EZE.037.010 Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame
37:11b.EZE.037.011 Bondye di mwen: -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt
37:12b.EZE.037.012 Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la
37:13b.EZE.037.013 Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a
37:14b.EZE.037.014 M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m' te di m'ap fè a, m'ap fè l' vre. Se Seyè a menm ki di sa
37:15b.EZE.037.015 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa
37:16b.EZE.037.016 -Nonm o! Pran yon moso bwa. Ekri sou li: Jida ak moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo. Lèfini, pran yon lòt moso bwa. Ekri sou li: Jozèf osinon Efrayim ak tout moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo
37:17b.EZE.037.017 Pran de moso bwa yo, kole yo bout pou bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou
37:18b.EZE.037.018 Lè moun pèp ou yo va mande ou: Manyè di nou sa sa vle di
37:19b.EZE.037.019 W'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen
37:20b.EZE.037.020 Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo
37:21b.EZE.037.021 Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a
37:22b.EZE.037.022 M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò
37:23b.EZE.037.023 Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pa t' gen dwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m' ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'ap Bondye yo
37:24b.EZE.037.024 Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo
37:25b.EZE.037.025 Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan
37:26b.EZE.037.026 M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo
37:27b.EZE.037.027 Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye
37:28b.EZE.037.028 Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l' te ka viv apa pou mwen
38
38:1b.EZE.038.001 Seyè a pale avè m' ankò. li di m' konsa
38:2b.EZE.038.002 -Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a
38:3b.EZE.038.003 W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou
38:4b.EZE.038.004 M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an
38:5b.EZE.038.005 Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo
38:6b.EZE.038.006 Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon
38:7b.EZE.038.007 Di l' konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l' yo ki sanble bò kote l' pou yo tann lòd mwen yo
38:8b.EZE.038.008 Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje
38:9b.EZE.038.009 L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj
38:10b.EZE.038.010 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou
38:11b.EZE.038.011 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè
38:12b.EZE.038.012 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a
38:13b.EZE.038.013 Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou
38:14b.EZE.038.014 Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman
38:15b.EZE.038.015 W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo
38:16b.EZE.038.016 Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an
38:17b.EZE.038.017 Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m' yo, pou m' te fè yo konnen mwen gen pou m' te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
38:18b.EZE.038.018 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'
38:19b.EZE.038.019 M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la
38:20b.EZE.038.020 Pwenson nan lanmè, zwezo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k'ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y'ap pè m'. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè
38:21b.EZE.038.021 Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo
38:22b.EZE.038.022 M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo
38:23b.EZE.038.023 Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a
39
39:1b.EZE.039.001 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, m' pral leve dèyè ou tou
39:2b.EZE.039.002 M'ap fè ou pran yon lòt direksyon, m'ap fè ou soti nan pwent nò a, m'ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo
39:3b.EZE.039.003 Lè sa a, m'ap kraze bwa banza ki nan men gòch ou a. M'ap fè flèch yo soti tonbe nan men dwat ou
39:4b.EZE.039.004 Ou menm Gòg, ansanm ak tout lame ou la ak tout lòt pèp k'ap mache avè ou yo, nou pral mouri sou mòn peyi Izrayèl la. M'ap kite kadav nou sèvi manje pou malfini karanklou, pou tout kalite zwezo ak bèt nan bwa
39:5b.EZE.039.005 Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale
39:6b.EZE.039.006 M'ap voye yon sèl dife nan peyi Magòg ak nan tout peyi bò lanmè kote moun t'ap viv san bri san kont lan. Tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a
39:7b.EZE.039.007 Mwen pral fè tout moun nan pèp Izrayèl la konnen mwen gen yon non apa. Mwen p'ap kite yo trennen non mwen nan labou ankò. Lè sa a nasyon yo va konnen mwen menm, Seyè a, ki Bondye pèp Izrayèl la, se yon Bondye apa mwen ye
39:8b.EZE.039.008 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Wè pa wè, jou mwen t'ap pale a gen pou rive. Sa se sèten
39:9b.EZE.039.009 Lè sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral soti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y'ap boule yo. Y'ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran sètan pou l' boule
39:10b.EZE.039.010 Yo p'ap bezwen al chache bwa nan jaden pou fè dife, ni yo p'ap bezwen al koupe pyebwa nan rak, paske yo pral gen tout zam sa yo pou yo boule fè dife. Yo pral piye moun ki t'ap piye yo. Yo pral devalize moun ki t'ap devalize yo. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
39:11b.EZE.039.011 Seyè di ankò: -Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l'. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l' Fon lame Gòg la
39:12b.EZE.039.012 Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò
39:13b.EZE.039.013 Tout moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y'ap fè lwanj pou mwen an, y'a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa
39:14b.EZE.039.014 Apre sèt mwa sa yo, y'a chwazi gason pou vwayaje nan tout peyi a al chache kadav ki rete atè a pou yo antere yo. Se travay sa a ase y'a gen pou yo fè. Konsa, y'a mete peyi a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò
39:15b.EZE.039.015 Nan vwayaj y'ap fè nan tout peyi a, chak fwa y'a jwenn yon zosman moun, y'a mete yon mak bò kote l' pou kwòkmò yo ka vin pran l' pou y' al antere l' nan Fon lame Gòg la
39:16b.EZE.039.016 Va gen yon lavil toupre, y'a rele l': Amona Fon lame a. Se konsa peyi a va nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ankò
39:17b.EZE.039.017 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san
39:18b.EZE.039.018 Y'a manje vyann vanyan sòlda yo, y'a bwè san chèf latè yo. Moun sa yo, yo tankou belye mouton, ti mouton, bouk kabrit ak towo chatre byen gra peyi Bazan yo touye pou mwen
39:19b.EZE.039.019 Lè m'a fin touye tout moun sa yo tankou lè y'ap fè ofrann bèt pou mwen, zwezo yo ak bèt nan bwa yo va manje grès vyann mezi yo kapab. Y'a bwè san jouk yo sou
39:20b.EZE.039.020 Sou tab mwen an, y'a manje chwal, kavalye, sòlda ak moun k'ap fè lagè mezi yo kapab. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
39:21b.EZE.039.021 Seyè a di ankò: -M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m'
39:22b.EZE.039.022 Depi lè sa a, jouk byen lontan apre sa, moun pèp Izrayèl yo va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye yo
39:23b.EZE.039.023 Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pa t' kenbe pawòl yo te gen avè m' lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè
39:24b.EZE.039.024 Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo
39:25b.EZE.039.025 Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa
39:26b.EZE.039.026 Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san ankenn danje ni malè, san pesonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pa t' kenbe pawòl yo avè m' pou y' al fè sa ki mal
39:27b.EZE.039.027 M'ap fè pèp mwen an soti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M'ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m'a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye
39:28b.EZE.039.028 Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Koulye a, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè
39:29b.EZE.039.029 Mwen p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m' sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa
40
40:1b.EZE.040.001 Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen. Li pran m', li mennen m' ale
40:2b.EZE.040.002 Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m' nan peyi Izrayèl la. Li mete m' kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m' sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil
40:3b.EZE.040.003 Li fè m' pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l' yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay
40:4b.EZE.040.004 Nonm lan di m' konsa: -Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè
40:5b.EZE.040.005 Sa m' te wè a se te tanp lan. Te gen yon gwo miray ki te fè wonn li nèt. Nonm lan te gen nan men l' yon règ pou mezire ki te gen dis pye longè. Li mezire miray la. Miray la te gen dis pye wotè, dis pye lajè
40:6b.EZE.040.006 Apre sa, li ale nan pòtay ki bay sou solèy leve a. Li moute mach eskalye yo. Lè li rive anwo, li mezire papòt pòtay la. Li jwenn dis pye fondè
40:7b.EZE.040.007 Apre pòtay la, te gen yon gwo koridò avèk sis chanm pou gad yo, twa chak bò. Chak chanm yo te kare kare, dis pye lajè, dis pye longè. Miray ki te separe chanm yo te gen wit pye lajè. Apre chanm yo, koridò a lonje sou dis pye ankò, li te mennen nan yon gwo pyès ki te bay sou Tanp lan
40:8b.EZE.040.008 Li mezire gwo pyès chanm sa a
40:9b.EZE.040.009 Li jwenn li te gen katòz pye longè. Chanm sa a te nan bout koridò a ki te pi pre Tanp lan. Miray la te gen kat pye lajè nan bout sa a
40:10b.EZE.040.010 Te gen twa chanm gad chak bò koridò ki bay sou solèy leve a. Tout chanm yo te menm fòs. Miray ki te separe pyès yo yo yonn ak lòt te gen menm lajè
40:11b.EZE.040.011 Apre sa, nonm lan mezire longè koridò a anba pòtay la. Li jwenn sèz pye. Li mezire lajè koridò a, li jwenn vennde pye
40:12b.EZE.040.012 Devan chak chanm gad yo, te gen yon ti mi tou ba ki te gen vin pous wotè, vin pous lajè. Chanm yo menm te kare kare anndan, dis pye longè, dis pye lajè
40:13b.EZE.040.013 Lèfini, li mezire distans ant miray dèyè yon chanm ale nan miray dèyè chanm ki anfas li lòt bò koridò a, li jwenn karannde pye. Pòt chanm yo te bay fas pou fas
40:14b.EZE.040.014 Gwo chanm ki te nan bout koridò a te louvri sou yon lakou. Li mezire lajè chanm lan, li jwenn trannkat pye
40:15b.EZE.040.015 Li mezire longè koridò a, depi miray pòtay la sou deyò rive nan bout dènye gwo chanm lan, li jwenn katrevenkat pye
40:16b.EZE.040.016 Te gen fennèt ak griyaj nan mi ki bay sou deyò chak chanm yo, ak nan mi ki separe chanm yo. Yo te fè pòtre pye palmis sou fasad miray separasyon yo ki bay sou koridò a
40:17b.EZE.040.017 Nonm lan fè m' pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo
40:18b.EZE.040.018 Gwo lakou a te pi ba pase ti lakou anndan an
40:19b.EZE.040.019 Te gen yon pòtay yon ti jan pi wo ki bay sou lakou anndan an. Nonm lan mezire depi sou pòtay deyò a rive nan pòtay anndan an. Li jwenn sanswasantwit pye
40:20b.EZE.040.020 Lèfini, nonm lan al mezire pòtay kote ou pase antre nan gwo lakou a lè ou soti sou bò nò. Li pran longè l' ak lajè l'
40:21b.EZE.040.021 Twa chanm gad yo ki sou chak bò koridò a, miray ki separe yo a, ak dènye gwo chanm ki bay sou anndan an, yo tout te gen menm mezi ak sa li te jwenn pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Koridò mitan an te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè
40:22b.EZE.040.022 Dènye gwo chanm lan, fennèt yo, ak pòtre pye palmis te tankou sa li jwenn pou pòtay bò solèy leve a. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay nò a. Gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a
40:23b.EZE.040.023 Lòt bò gwo lakou a, devan koridò nò a, te gen yon lòt pòtay ki bay sou ti lakou anndan an, menm jan ak sou bò solèy leve a. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou
40:24b.EZE.040.024 Apre sa, nonm lan mennen m' sou bò sid la. La tou, mwen wè yon lòt pòtay pou antre nan gwo lakou a. Li mezire l', li te tankou lòt pòtay yo
40:25b.EZE.040.025 Te gen fennèt nan chanm gad yo, tankou lòt yo. Koridò pasaj la te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè
40:26b.EZE.040.026 Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay la sou deyò. Dènye gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Te gen pòtre pye palmis sou fasad miray ki bay sou koridò a
40:27b.EZE.040.027 Sou bò sid la tou, te gen yon lòt pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou
40:28b.EZE.040.028 Nonm lan fè m' pase nan pòtay sid la pou m' antre nan ti lakou anndan an. Li mezire koridò a, li te menm fòs ak koridò gwo miray deyò yo
40:29b.EZE.040.029 -(we vèsè pwochen
40:30b.EZE.040.030 Chanm gad yo, gwo chanm lan, ak miray li yo te tankou pou lòt koridò yo. Te gen fennèt nan chanm ki bay sou koridò yo tou. Longè koridò a te katrevenkat pye, lajè l' te karannde pye
40:31b.EZE.040.031 Men, gwo chanm lan te nan bout ki bay sou gwo lakou a. Pòtre pye palmis yo te sou tout fasad miray la sou anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la
40:32b.EZE.040.032 Apre sa, nonm lan fè m' pase nan pòtay bò solèy leve a pou antre nan ti lakou anndan an. Li mezire pòtay la, li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo
40:33b.EZE.040.033 Chanm gad yo, gwo chanm lan, miray anndan li yo, yo tout te tankou pou lòt pòtay yo. Te gen fennèt toutotou koridò a ak nan gwo chanm lan tou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè
40:34b.EZE.040.034 Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray la anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la
40:35b.EZE.040.035 Lèfini, nonm lan mennen m' bò pòtay nò a. Li mezire l', li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo
40:36b.EZE.040.036 Tankou tout lòt yo, li te gen chanm pou gad yo, miray ak pòtre, yon gwo chanm ak fennèt toupatou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè
40:37b.EZE.040.037 Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la
40:38b.EZE.040.038 Nan gwo lakou deyò a te gen yon chanm bò pòtay nò ki mennen nan ti lakou anndan an. Chanm sa a te louvri sou gwo chanm lan ki bay sou gwo lakou a. Se la yo te lave vyann bèt yo te fin touye anvan y' al boule yo nèt sou lotèl la
40:39b.EZE.040.039 Nan gwo chanm sa a, te gen kat tab, de sou chak bò pyès la. Se sou tab sa yo yo te touye bèt yo te ofri pou touye pou Bondye, kit pou yo boule l' nèt, kit pou wete peche yon moun fè, kit pou peye pou sa yon moun fè ki mal
40:40b.EZE.040.040 Sou deyò pyès la tou te gen lòt tab, de chak bò pòtay Nò a
40:41b.EZE.040.041 Antou sa te fè wit tab kote pou yo touye bèt yo ofri bay Bondye, kat anndan gwo chanm lan, kat nan gwo lakou deyò a
40:42b.EZE.040.042 Kat tab ki nan chanm sou kote pòtay la, kote yo pare bèt yo ofri pou boule nèt yo, te fèt an gwo moso wòch taye. Yo te gen vin pous wotè. Anwo tab yo te kare kare, trant pous chak bò. Tout zouti ki sèvi pou touye bèt yo ofri bay Bondye kit pou boule nèt, kit pou lòt sèvis, se sou tab sa yo yo te mete yo
40:43b.EZE.040.043 Yo fouye yon ti kannal twa pous lajè kouri sou rebò anwo tab yo. Se anwo tab sa yo yo mete vyann pou yo ofri nan sèvis yo
40:44b.EZE.040.044 Apre sa, li mennen m' antre nan ti lakou anndan an. Te gen de lòt chanm ki bay sou ti lakou anndan an, yonn bò pòtay nò a ak pòt li louvri sou sid, lòt la bò pòtay sid la ak pòt li louvri sou nò
40:45b.EZE.040.045 Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan
40:46b.EZE.040.046 Lòt chanm ki gen pòt li louvri sou nò a, se pou prèt k'ap sèvi sou lotèl la. Tout prèt yo se moun menm fanmi Zadòk la. Nan tout branch fanmi Levi a, se yo menm ase ki te gen dwa antre devan Seyè a pou sèvi l' nan Tanp lan
40:47b.EZE.040.047 Nonm lan mezire ti lakou anndan an. Li te kare kare. Chak bò te mezire sanswasantwit (168) pye. Kay la menm te moute sou bò solèy kouche a ak lotèl la devan li
40:48b.EZE.040.048 Li fè m' antre nan premye pyès Tanp lan. Li mezire papòt chanm devan an, li jwenn li te gen nèf pye pwofondè ak vennkat pye lajè. Miray bò pòtay la te gen senk pye epesè
40:49b.EZE.040.049 Te gen dis macheskalye pou moute devan pòt premye pyès Tanp lan. Pyès la te mezire vin pye lajè ak trannkat pye fondè. Te gen de gwo poto won, yonn chak bò pòt la
41
41:1b.EZE.041.001 Apre sa, nonm lan fè m' antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l' lan. Li jwenn li te gen dis pye longè
41:2b.EZE.041.002 dizwit pye lajè. Miray ki chak bò yo te gen wit pye epesè. Li mezire chanm lan anndan anndan, li jwenn swasantwit pye longè ak trannkat pye lajè
41:3b.EZE.041.003 Apre sa, li antre nan dènye pyès dèyè nèt la, li mezire papòt ki bay sou li a. Li te gen twa pye pwofondè, dis pye lajè. Miray chak bò yo te gen douz pye epesè
41:4b.EZE.041.004 Li mezire chanm lan. Li te kare kare, trannkat pye chak bò. Chanm sa a te dèyè chanm mitan an. Apre sa, li di m': Isit la se kote yo met apa nèt pou Bondye a
41:5b.EZE.041.005 Nonm lan mezire epesè miray anndan tanp lan, li jwenn dis pye. Sou kote Tanp lan, nan mitan miray anndan an ak miray deyò a, te gen yon seri ti pyès ki te fè wonn li. Chak pyès te kare kare, sèt pye chak bò
41:6b.EZE.041.006 Te gen trant chanm anba. Chak chanm sa yo te gen de lòt anwo yo: trant chanm nan premye etaj la, trant lòt chanm nan dezyèm etaj la. Epesè miray deyò Tanp lan te pi piti nan premye etaj la pase anba. Li te pi piti toujou nan dezyèm etaj la pase nan premye a. Konsa, chanm yo te chita sou miray la san yo pa t' bezwen makònen avè l'
41:7b.EZE.041.007 Lè ou rete deyò w'ap gade, ou wè de miray Tanp lan sanble yo te menm epesè depi anba jouk anwo. Apiye sou miray deyò Tanp lan, te gen de eskalye byen laj pou soti nan chanm anba yo pou moute nan premye etaj la jouk li rive nan dezyèm etaj lan
41:8b.EZE.041.008 Mwen wè te gen yon teras wit pye lajè ki te fè wonn Tanp lan. Li te menm wotè ak pòtay pyès ki sou kote de miray Tanp lan, ki vle di dis pye pi wo pase fondasyon Tanp lan
41:9b.EZE.041.009 Miray deyò pyès sou kote yo te gen wit pye epesè. Se sou teras la yo pase pou antre nan pyès sou kote yo. Ant teras l
41:10b.EZE.041.010 ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan
41:11b.EZE.041.011 Te gen yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò nò a ak yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò sid la. Miray ki te fèmen koulwa a te gen wit pye epesè sou tout longè l'
41:12b.EZE.041.012 Nan fon lakou dèyè Tanp lan, bò solèy kouche, te gen yon gwo kay sansenkant pye lajè, sanswasannsèz pye longè. Miray li yo te nèf pye epesè toutotou
41:13b.EZE.041.013 Nonm lan mezire Tanp lan sou deyò. Li te gen sanswasantwit pye longè. Soti depi dèyè Tanp lan, travèse espas vid la, rive nan dènye bout kay ki bò solèy kouche a, li jwenn sanswasantwit pye tou
41:14b.EZE.041.014 Li mezire tout fasad devan Tanp lan avèk de espas vid chak bò yo, sa ba li sanswasantwit pye tou
41:15b.EZE.041.015 Li mezire longè kay ki bò solèy kouche a, avèk de galeri yo, yonn chak bò. Sa ba li tou sanswasantwit pye
41:16b.EZE.041.016 Premye pyès devan an, pyès mitan an ak pyès dèyè a ki apa nèt pou Bondye a te gen gwo moso planch plake sou tout palisad yo, depi planche a rive nan fennèt yo. Fennèt yo te fèmen ak yon griyay
41:17b.EZE.041.017 Sou tout miray anndan Tanp lan, depi anba rive depase wotè pòt yo, yo te travay planch y
41:18b.EZE.041.018 pou fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. Pòtre yo te fè wonn chanm lan nèt, yon pye palmis, yon zanj cheriben, yonn dèyè lòt. Pòtre zanj yo te gen de figi
41:19b.EZE.041.019 yon figi moun k'ap gade pye palmis ki sou bò sa a, yon figi lyon k'ap gade pye palmis ki sou lòt bò a. Se konsa pòtre yo te ye sou tout miray la nèt
41:20b.EZE.041.020 Depi planche a rive depase wotè pòt yo, sou tout miray la, te gen pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben
41:21b.EZE.041.021 Gwo poto ki te devan Tanp lan te kare kare. Devan premye pyès Tanp lan te gen yon bagay ki te sanbl
41:22b.EZE.041.022 yon lotèl an bwa. Li te gen senk pye wotè. Anwo lotèl la te kare kare, kat pye chak bò. Pye lotèl la ki te nan kat kwen yo, pyès anba a ak kat sou kote yo, tout te fèt an bwa. Nonm lan di m' konsa: Se tab sa a ki kanpe devan prezans Seyè a
41:23b.EZE.041.023 Te gen yon pòt de batan nan bout koridò antre a ki louvri sou pyès mitan an ak yon lòt pòt pi devan ki louvri sou pyès dèyè nèt la
41:24b.EZE.041.024 Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan
41:25b.EZE.041.025 Yo te travay bwa pòt yo tou. Yo te fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben sou tout pòt yo tankou pou miray yo. Yo te mete yon ti twati an bwa ki soti sou deyò devan pòt premye pyès Tanp lan
41:26b.EZE.041.026 Sou miray pyès devan an, te gen fennèt ak griyay. Tout mi yo te dekore ak pòtre pye palmis
42
42:1b.EZE.042.001 Apre sa, nonm lan mennen m' nan gwo lakou deyò a. Li fè m' antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan
42:2b.EZE.042.002 Batisman sa a te gen sanswasantwit pye longè, katrevenkat pye lajè
42:3b.EZE.042.003 Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l' la
42:4b.EZE.042.004 Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo
42:5b.EZE.042.005 Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè
42:6b.EZE.042.006 Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t' gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a
42:7b.EZE.042.007 Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a
42:8b.EZE.042.008 Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasantwit pye
42:9b.EZE.042.009 Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a
42:10b.EZE.042.010 Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan
42:11b.EZE.042.011 Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l', menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo
42:12b.EZE.042.012 Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a
42:13b.EZE.042.013 Lè sa a, nonm lan di m': -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l' padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a
42:14b.EZE.042.014 Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a
42:15b.EZE.042.015 Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li soti avè m' nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan
42:16b.EZE.042.016 Li pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (840) pye
42:17b.EZE.042.017 Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (840) pye tou
42:18b.EZE.042.018 Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (840) pye
42:19b.EZE.042.019 Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (840) pye tou
42:20b.EZE.042.020 Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t' mete apa pou Seyè a
43
43:1b.EZE.043.001 Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a
43:2b.EZE.043.002 Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè
43:3b.EZE.043.003 Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè
43:4b.EZE.043.004 Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan
43:5b.EZE.043.005 Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt
43:6b.EZE.043.006 Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa
43:7b.EZE.043.007 -Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'
43:8b.EZE.043.008 Wa yo te konn moute poto kay yo toupre Tanp mwen an, yo te mete papòt yo toupre papòt Tanp mwen an. Konsa se yon senp ti miray ki te separe yo avè m'. Men, yo lage kò yo nan fè yon bann vye bagay derespektan. Yo trennen non m' nan labou. Se poutèt sa mwen te move sou yo, mwen fini ak yo
43:9b.EZE.043.009 Koulye a, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m'! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan
43:10b.EZE.043.010 Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo
43:11b.EZE.043.011 Si yo wont tou sa yo te konn fè yo, w'a esplike yo plan Tanp lan: jan tout bagay ranje ladan l', kote pou yo pase antre, kote pou yo pase soti, fòm l'ap genyen, ansanm ak tout regleman ak lòd ki bay jan pou yo sèvi ladan l'. Kouche tou sa sou papye devan je yo pou yo ka wè jan tout bagay ranje, pou yo ka konfòme yo. Men lòd mwen bay pou Tanp lan
43:12b.EZE.043.012 Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan
43:13b.EZE.043.013 Men dimansyon lotèl la, dapre sistèm mezi nou sèvi pou mezire Tanp lan. Nan pye lotèl la, yon kannal vin pous pwofondè, vin pous lajè, ak yon rebò sou deyò dis pous wotè
43:14b.EZE.043.014 Lotèl la ap fèt an twa pòsyon. Premye pòsyon an chita sou pye a. L'a gen kat pye wotè. Dezyèm pòsyon an va pi gwo, l'a gen sèt pye wotè sou premye pòsyon an, men longè l' ak lajè l' ap yon ti jan pi piti pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt premye pòsyon an. Konsa tou, longè ak lajè dènye pòsyon an va yon ti jan pi piti pase dezyèm lan pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt dezyèm pòsyon an
43:15b.EZE.043.015 Dènye pòsyon sa a va gen sèt pye wotè tou. Se sou li pou yo boule ofrann yo. Nan kat kwen yo te gen kat kòn, vin pous wotè
43:16b.EZE.043.016 Anwo lotèl la te kare kare, vin pye chak bò
43:17b.EZE.043.017 Pòsyon ki nan mitan an te kare kare tou, vennkat pye chak bò, ak yon ti rebò sou deyò, dis pous wotè. Ti kannal la te vin pous lajè. Macheskalye pou moute devan lotèl la te sou bò solèy leve
43:18b.EZE.043.018 Seyè sèl Mèt la pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! Koute sa m'ap di, men sa mwen bay lòd pou yo fè: Lè n'a fin moute lotèl la, n'a mete l' apa pou mwen. N'a boule vyann bèt n'a ofri pou mwen yo sou li, n'a voye san bèt nou te touye yo sou tout lotèl la. Se konsa n'a mete lotèl la apa pou mwen
43:19b.EZE.043.019 Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo
43:20b.EZE.043.020 N'a pran ti gout nan san an, n'a vide l' sou tèt kat kòn yo nan kat kwen lotèl la, sou kat kwen pòsyon mitan lotèl la ak sou tout rebò a. Se konsa n'a wete tout peche ki te antre nan fè lotèl la, n'a mete l' apa nèt pou sèvis mwen
43:21b.EZE.043.021 N'a pran towo bèf yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche a, n'a boule l' yon lòt kote byen lwen andeyò lakou Tanp lan
43:22b.EZE.043.022 Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a
43:23b.EZE.043.023 Lè n'a fin fè sa, n'a pran nan bann bèt nou yo yon jenn towo ak yon jenn belye mouton, tou de san ankenn enfimite
43:24b.EZE.043.024 N'a mennen yo devan m'. Prèt yo va voye sèl sou yo. Lèfini, y'a boule yo nèt tankou yon ofrann pou mwen
43:25b.EZE.043.025 Chak jou, pandan sèt jou, n'a ofri yon kabrit, yon towo ak yon belye mouton ban mwen pou mande padon pou peche nou yo. Se pou tout bèt sa yo san ankenn enfimite. N'a pran yo nan tout bann bèt nou yo
43:26b.EZE.043.026 Pandan sèt jou, prèt yo va fè seremoni pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se konsa y'a pare l' pou li ka sèvi nan Tanp lan, y'a mete l' apa pou Bondye
43:27b.EZE.043.027 Apre sèt jou sa yo, prèt yo va konmanse ofri sou lotèl la lòt ofrann bèt pou yo boule nèt yo ansanm ak ofrann pèp la pou di Bondye mèsi. Se konsa m'a kontan ak nou. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa
44
44:1b.EZE.044.001 Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou bò solèy leve a. Pòtay la te fèmen
44:2b.EZE.044.002 Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen
44:3b.EZE.044.003 Tansèlman, wa a gen dwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l' nan manje ofrann lan devan m'. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l' antre. Se la l'a soti tou
44:4b.EZE.044.004 Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas
44:5b.EZE.044.005 Epi Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gen dwa antre soti nan Tanp lan, ki moun ki pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan
44:6b.EZE.044.006 Pale ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo
44:7b.EZE.044.007 Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi
44:8b.EZE.044.008 Yo derefize pran reskonsablite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan
44:9b.EZE.044.009 Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen di: Ankenn moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra a nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan, pa menm lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp Izrayèl la
44:10b.EZE.044.010 Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a
44:11b.EZE.044.011 Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la
44:12b.EZE.044.012 Tansèlman, paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a
44:13b.EZE.044.013 Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a
44:14b.EZE.044.014 M'ap ba yo lòt travay pou yo fè nan tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan
44:15b.EZE.044.015 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki soti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gen dwa kanpe devan m' pou ofri m' grès ak san bèt yo touye pou mwen yo
44:16b.EZE.044.016 Se yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan
44:17b.EZE.044.017 Lè y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fin blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo
44:18b.EZE.044.018 Konsa, yo p'ap janm swe. Y'ap mare tèt yo ak gwo mouchwa fèt ak twal fin blan. Y'ap mete pantalon fèt ak twal fin blan san sentiwon
44:19b.EZE.044.019 Anvan yo soti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la
44:20b.EZE.044.020 Prèt yo pa gen dwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo
44:21b.EZE.044.021 Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an
44:22b.EZE.044.022 Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo
44:23b.EZE.044.023 Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen
44:24b.EZE.044.024 Lè yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m' yo, yo pa gen dwa fè ankenn travay
44:25b.EZE.044.025 Prèt yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gen dwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye
44:26b.EZE.044.026 Apre l'a fin fè sèvis pou mete l' nan kondisyon ankò pou sèvi m', se pou l' tann sèt jou
44:27b.EZE.044.027 Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
44:28b.EZE.044.028 Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo
44:29b.EZE.044.029 Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye
44:30b.EZE.044.030 Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou
44:31b.EZE.044.031 Prèt yo pa gen dwa manje ankenn bèt, kit se zwezo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore
45
45:1b.EZE.045.001 Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a
45:2b.EZE.045.002 Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant (840) pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an
45:3b.EZE.045.003 N'a separe pòsyon tè Seyè a an de moso menm gwosè, chak moso va gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè. Se nan premye mwatye a n'a chwazi anplasman pou bati Tanp lan, kay yo mete apa nèt pou Seyè a
45:4b.EZE.045.004 Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan
45:5b.EZE.045.005 Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete
45:6b.EZE.045.006 Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete
45:7b.EZE.045.007 Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la
45:8b.EZE.045.008 Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la
45:9b.EZE.045.009 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa
45:10b.EZE.045.010 Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou
45:11b.EZE.045.011 Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat
45:12b.EZE.045.012 Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina
45:13b.EZE.045.013 Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte
45:14b.EZE.045.014 Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon omè, osinon pou yon kò
45:15b.EZE.045.015 Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan (200) mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a
45:16b.EZE.045.016 Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la
45:17b.EZE.045.017 Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la
45:18b.EZE.045.018 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a
45:19b.EZE.045.019 Prèt la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an
45:20b.EZE.045.020 Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a
45:21b.EZE.045.021 Sou katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven
45:22b.EZE.045.022 Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la
45:23b.EZE.045.023 Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo
45:24b.EZE.045.024 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv
45:25b.EZE.045.025 Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo
46
46:1b.EZE.046.001 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y'a louvri l' jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan
46:2b.EZE.046.002 Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè
46:3b.EZE.046.003 Chak jou repo m' yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la
46:4b.EZE.046.004 Chak jou repo m' yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a
46:5b.EZE.046.005 Avèk chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv
46:6b.EZE.046.006 Pou fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite
46:7b.EZE.046.007 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l' ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri
46:8b.EZE.046.008 Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou
46:9b.EZE.046.009 Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la
46:10b.EZE.046.010 Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo
46:11b.EZE.046.011 Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden
46:12b.EZE.046.012 Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la
46:13b.EZE.046.013 Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou
46:14b.EZE.046.014 Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje
46:15b.EZE.046.015 Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a
46:16b.EZE.046.016 Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li
46:17b.EZE.046.017 Men, si wa a fè yon moun k'ap sèvi l' kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan
46:18b.EZE.046.018 Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li
46:19b.EZE.046.019 Apre sa, nonm lan mennen m' devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m' yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo
46:20b.EZE.046.020 Epi li di m': -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la
46:21b.EZE.046.021 Apre sa, li mennen m' nan gwo lakou deyò a, li fè m' pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen
46:22b.EZE.046.022 Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè
46:23b.EZE.046.023 Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a
46:24b.EZE.046.024 Nonm lan di m': -Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye
47
47:1b.EZE.047.001 Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la
47:2b.EZE.047.002 Nonm lan fè m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay la
47:3b.EZE.047.003 Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan (500) mèt. Rive la, li fè m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye
47:4b.EZE.047.004 Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren
47:5b.EZE.047.005 Li mezire yon lòt senksan (500) mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'
47:6b.EZE.047.006 Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m' tounen sou bò larivyè a
47:7b.EZE.047.007 Lè m' rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a
47:8b.EZE.047.008 Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous
47:9b.EZE.047.009 Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi
47:10b.EZE.047.010 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a
47:11b.EZE.047.011 Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo
47:12b.EZE.047.012 Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd
47:13b.EZE.047.013 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon
47:14b.EZE.047.014 Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo
47:15b.EZE.047.015 Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la
47:16b.EZE.047.016 L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an
47:17b.EZE.047.017 Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat
47:18b.EZE.047.018 Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a
47:19b.EZE.047.019 Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a
47:20b.EZE.047.020 Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat
47:21b.EZE.047.021 N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo
47:22b.EZE.047.022 N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo
47:23b.EZE.047.023 Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa
48
48:1b.EZE.048.001 Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan
48:2b.EZE.048.002 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a
48:3b.EZE.048.003 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a
48:4b.EZE.048.004 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a
48:5b.EZE.048.005 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan
48:6b.EZE.048.006 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan
48:7b.EZE.048.007 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a
48:8b.EZE.048.008 Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan
48:9b.EZE.048.009 Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l' apa nèt pou Seyè a
48:10b.EZE.048.010 Y'a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Seyè a
48:11b.EZE.048.011 Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo
48:12b.EZE.048.012 Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Seyè a
48:13b.EZE.048.013 Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid
48:14b.EZE.048.014 Yo p'ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l' ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l' apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt
48:15b.EZE.048.015 Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'
48:16b.EZE.048.016 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mèt chak bò
48:17b.EZE.048.017 Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè
48:18b.EZE.048.018 Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la
48:19b.EZE.048.019 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a
48:20b.EZE.048.020 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou
48:21b.EZE.048.021 Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'
48:22b.EZE.048.022 Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè
48:23b.EZE.048.023 Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an
48:24b.EZE.048.024 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an
48:25b.EZE.048.025 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a
48:26b.EZE.048.026 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an
48:27b.EZE.048.027 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la
48:28b.EZE.048.028 Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane
48:29b.EZE.048.029 Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo
48:30b.EZE.048.030 Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè
48:31b.EZE.048.031 L'a gen twa pòtay: pòtay Woubenn, pòtay Jida, pòtay Levi
48:32b.EZE.048.032 Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann
48:33b.EZE.048.033 Miray sid la va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon
48:34b.EZE.048.034 Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali
48:35b.EZE.048.035 Tout miray la nèt va mezire dimil katreven (10.080) mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye
- Holder of rights
- Multilingual Bible Corpus
- Citation Suggestion for this Object
- TextGrid Repository (2025). Creole Collection. Ezekiel (Creole). Ezekiel (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. Multilingual Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-905F-B