1

Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòk
Enòk te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd
Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk
Lemèk te papa Noe, Noe te papa Sèm, Kam ak Jafè
Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras
Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama
Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim
Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo
Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan
Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè
Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo
moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti
Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo
Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo
moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo
moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo
Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo
Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè
Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan
Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak
Adoram, Ouzal, Dikla
Ebal, Abimayèl, Seba
Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye
Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak
Ebè, Pelèg, Reou
Sewoug, Nakò, Tera
ak Abram ki te rele Abraram tou
Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl
Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam
Michma, Douma, Masa, Adad, Tema
Jetou, Nafich ak Kedma
Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan
Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye
Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl
Men non pitit Ezaou yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore
Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk
Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza
Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan
Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna
Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana
Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran
Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran
Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba
Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li
Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li
Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit
Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li
Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li
Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li
Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l' te pitit fi Mezarab
Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezaou yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt
Olibama, Ela, Pinon
Kenaz, Teman, Mibza
Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa

2

Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon
Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè
Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'
Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak
Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul
Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada
Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a
Etan te papa Azarya
Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi
Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma
Salma te papa Boz
Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi
Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l', Abinadab, dezyèm pitit gason l', Chimeya, twazyèm pitit gason l'
Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason l
ak David, setyèm pitit gason l'
De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl
Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa
Kalèb, pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeriòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon
Lè Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our
Our te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl
Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub
Segoub te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad
Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l' zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad
Lè Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l'. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa
Jerakmeyèl, premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija
Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam
Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè
Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou
Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib
Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason
Apayim te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi
Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason
Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye
Chechan pa t' gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara
Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l'. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi
Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad
Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd
Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya
Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa
Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum
Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama
Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon
Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema
Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi
Chamayi te papa Maon ki te papa Betsou
Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l': Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou
Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf
Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana
Apre sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa
Tout moun sa yo te nan fanmi Kalèb. Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim
Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè
Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo
ak moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te soti nan branch fanmi moun sa yo tou
Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo
Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo

3

Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'
Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'
Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'
Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan
Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon
Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt
Noga, Nefèg, Jafya
Elichama, Elyada, Elifelèt
David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama
Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa
Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas
Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam
Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase
Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas
Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum
Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas
Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl
Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya
Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit
Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd
Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya
Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat
Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam
Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani

4

Men non lòt pitit gason Jida te gen: Perèz, Ezwon, Kami, Our ak Chobal
Chobal te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansèt moun ki rete lavil Zora
Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni
Penwèl, yon lòt pitit Our, te papa Gedò. Ezè, yon lòt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madan Kalèb. Se branch fanmi l' lan ki te bati lavil Betleyèm
Achou, ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara
Nara te fè kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari
Ela te fè twa pitit gason pou li: Zerèt, Soa ak Etnan
Kòz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansèt tout branch fanmi Arèl, pitit gason Awoum
Te gen yon moun yo te rele Jabez. Nan tout fanmi l', se li menm yo te pi respekte. Manman l' te rele l' konsa, paske li te soufri anpil lè li t'ap fè l'
Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a
Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton
Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka
Kenaz te gen de pitit gason: Otnyèl ak Seraja. Otnyèl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi
Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansèt moun ki rete nan fon Bòs Atizan yo. Tout moun sa yo te bòs nan metye yo
Kalèb, pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tèt pa l': Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz
Jealelèl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyèl
Esdras te gen kat pitit gason: Jetè, Merèd, Efè ak Jalou. Merèd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fè yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merèd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko, ak Jekoutiyèl, papa Zanoa
Odija marye ak sè Naam lan. Se pitit yo ki zansèt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa
Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzoèt
Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fin nan lavil Bètachbea yo
Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Moab, lèfini yo tounen vin rete lavil Betleyèm, dapre sa moun lontan yo ap repete
Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a
Simeyon te gen senk pitit gason: Nemwèl, Jamen, Jarib, Zera ak Sayil
Sayil te papa Chaloum, Chaloum te papa Mibsam, Mibsam te papa Michma
Michma te papa Amwèl, Amwèl te papa Zakou, Zakou te papa Chimeyi
Chimeyi te gen sèz pitit gason ak sis pitit fi. Men lòt frè l' yo pa t' fè anpil pitit. Se konsa branch fanmi Simeyon an pa t' rive gen menm kantite moun ak branch fanmi Jida a
Rive sou rèy wa David, moun branch fanmi Simeyon yo te rete nan lavil sa yo: Becheba, Molada, Azachwal
Bila, Ezèm, Tolad
Betwèl, Oma, Zikla
Bètmakabòt, Azasousim, Bètbireyi ak Charayim
Yo te rete nan senk lòt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan
ak tout ti bouk ki nan vwazinaj yo, rive lavil Balat, nan direksyon sid. Tou sa se kote yo t'ap viv ak liv rejis fanmi yo
Men moun ki te chèf branch fanmi Simeyon yo: Mechobab, Jamlèk, Jocha, pitit gason Amazya, ak Joèl, Jeou, pitit gason Jozibyas ki te pitit Seraja, pitit pitit Asiyèl
Elioenayi, Jakoba, Jekoaja, Asaya, Adyèl, Jezimyèl, Benaja
Ziza, pitit gason Chifi, ki te pitit gason Alon. Alon sa a te pitit Jedaja. Jedaja menm te pitit Chimri ki te pitit Chemaja
Tout moun nou sot nonmen la yo te chèf nan fanmi yo. Branch fanmi an t'ap peple toujou
Y' al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedò, sou bò solèy leve nan fon kote lavil la ye a
La, yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pa t' gen bri ni dezòd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan
Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida, moun nou sot bay non yo la a rive lavil Gedò, yo touye moun fanmi Kam yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. Yo detwi tout lavil la ak ti joupa moun yo. Yo pran plas moun yo nan peyi a, paske te gen anpil bon patiraj pou mouton ak kabrit yo
Senksan (500) lòt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mòn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chèf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyèl
Lè yo rive, yo touye rès moun Amalèk yo. Depi lè sa a se la yo rete jouk jounen jòdi a

5

Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit
Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la
Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami
Joèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi
Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal
Baal te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte
Men lis lòt chèf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari
Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò
Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve
Sou rèy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad
Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve
Joèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan
Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè
Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz
Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo
Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an
Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo
Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (44.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè
Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab
Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo
Yo pran senkantmil (50.000) chamo, desansenkantmil (250.000) mouton ak kabrit, demil (2.000) bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil (100.000) prizonye
Yo touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l' pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo
Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil
Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo
Men, pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y' al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo
Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a

6

Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari
Keyat te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl
Amram te gen de pitit gason, Arawon ak Moyiz ak yon pitit fi yo te rele Miryam. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama
Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa
Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi
Ouzi te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajòt
Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub
Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz
Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan
Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan
Azarya te papa Amarya, Amarya te papa Achitoub
Achitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Chaloum
Chaloum te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya
Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak
Wa Nèbikadneza te depòte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm yo, jan Bondye te vle l' la
Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari
Men non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi
Keyat te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl
Merari te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansèt yo
Gèchon te papa Libni, Libni te papa Jakat, Jakat te papa Zima
Zima te papa Joak, Joak te papa Ido, Ido te papa Zerak, Zerak te papa Jeatrayi
Keyat te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi
Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi
Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryèl, Ouryèl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil
Elkana te gen de pitit gason: Amasayi ak Akimòt
Akimòt te papa Elkana, Elkana te papa Zofayi, Zofayi te papa Naat
Naat te papa Eliyab, Eliyab te papa Jeworam, Jeworam te papa Elkana. Elkana te papa Samyèl
Samyèl te gen de pitit gason: Joèl, pi gran an ak Abija, dezyèm lan
Merari bò pa l' te papa Makli, Makli te papa Libni, Libni te papa Chimeyi, Chimeyi te papa Ouza
Ouza te papa Chimeya, Chimeya te papa Agija, Agija te papa Asaja
Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'
Se yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm. Yo te fè travay yo yonn apre lòt dapre regleman yo te ba yo
Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl
ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyèl, ki li menm te pitit Toak
ki li menm te pitit Zouf, ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Maat, ki li menm te pitit Amasayi
ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Joèl, ki li menm te pitit Azarya, ki li menm te pitit Sofoni
ki li menm te pitit Tat, ki li menm te pitit Asi, ki li menm te pitit Ebyasaf, ki li menm te pitit Kore
ki li menm te pitit Jizeya, ki li menm te pitit Keyat, ki li menm te pitit Levi, ki li menm te pitit Izrayèl
Asaf, dezyèm sanba a, te kanpe sou bò dwat Eyman. Asaf te pitit Berekya, ki li menm te pitit Chimeya
ki li menm te pitit Mikayèl, ki li menm te pitit Baseja, ki li menm te pitit Malkija
ki li menm te pitit Etni, ki li menm te pitit Zerak, ki li menm te pitit Adaja
ki li menm te pitit Etan, ki li menm te pitit Zima, ki li menm te pitit Chimeyi
ki li menm te pitit Jakat, ki li menm te pitit Gèchon, ki li menm te pitit Levi
Etan ki soti nan branch fanmi Merari a te twazyèm sanba a ki te sou bò gòch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk
ki li menm te pitit Asabija, ki limenm te pitit Amazya, ki li menm te pitit Ilkija
ki li menm te pitit Amasi, ki li menm te pitit Bani, ki li menm te pitit Chemè
ki li menm te pitit Mali, ki li menm te pitit Mouchi, ki li menm te pitit Merari, ki li menm te pitit Levi
Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Seyè a
Se Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bèt yo te ofri sou lotèl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotèl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sèvis nan kay yo mete apa nèt pou Seyè a, pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la, dapre tout regleman Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay
Men fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa
Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja
Zeraja te papa Merajòt, Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub
Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz
Men kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zòn ki te pou yo. Lè yo fè tiraj osò, se branch fanmi Keyat yo ki soti an premye avè
Ebwon, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, ansanm ak tout savann pou bèt yo
Yo bay Kalèb, pitit Jefoune a, tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo
Men lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bèt yo, Libna ak tout savann pou bèt yo, Jati ak tout savann pou bèt yo, Estemoa ak tout savann pou bèt yo
Ilenn ak tout savann pou bèt yo, Debi ak tout savann pou bèt yo
Achan ak tout savann pou bèt yo, Bètchemèch ak tout savann pou bèt yo
Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa
Yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, pou branch fanmi Dann lan ak pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, yo bay rès moun nan fanmi Keyat la
Trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Nèftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te soti pou branch fanmi Gèchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa
Konsa tou, douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon soti pou branch fanmi Merari yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa
Se konsa moun pèp Izrayèl yo bay moun Levi yo lavil sa yo pou yo rete ansanm ak tout savann pou bèt yo
Yo te tire osò tou pou yo ba yo lavil nan pòsyon tè branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen, jan nou sot nonmen yo a
Gen kèk fanmi nan branch Keyat la ki te jwenn lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim lan
Yo ba yo tou lavil Sichèm, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon an, ansanm ak tout savann pou bèt yo nan mòn Efrayim lan, Gezè ansanm ak tout savann pou bèt yo
Yokmeam ak tout savann pou bèt yo, Bètowon ak tout savann pou bèt yo
Ajalon ak tout savann pou bèt yo
Gat-Rimon ak tout savann pou bèt yo. Nan pòsyon tè ki pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, sou bò solèy kouche, yo ba yo Tanak ak tout savann pou bèt yo, Jibleam ak tout savann pou bèt yo. Tou sa pou rès fanmi nan branch Keyat la
Nan pòsyon tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a sou bò solèy leve, yo bay moun fanmi Gèchon yo lavil Golan nan peyi Bazan ak tout savann pou bèt yo, lavil Astawòt ak tout savann pou bèt yo
Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka a, yo ba yo Kadès ak tout savann pou bèt yo, Dobera ak tout savann pou bèt yo
Ramòt ak tout savann pou bèt yo, Anèm ak tout savann pou bèt yo
Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a, yo ba yo Machal ak tout savann pou bèt yo, Abdon ak tout savann pou bèt yo
Oukòk ak tout savann pou bèt yo, Reyòb ak tout savann pou bèt yo
Nan pòsyon tè pou branch fanmi Neftali a, yo ba yo Kadès nan peyi Galile ak tout savann pou bèt yo, Amon ak tout savann pou bèt yo, Kiriyatayim ak tout savann pou bèt yo
Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an, yo bay Rimono ak tout savann pou bèt yo, Tabò ak tout savann pou bèt yo pou rès moun nan branch fanmi Merari a
Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn lan, sou bò solèy leve larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezè nan dezè a ak tout savann pou bèt yo, Jaza ak tout savann pou bèt yo
Kedemòt ak tout savann pou bèt yo, Mefat ak tout savann pou bèt yo
Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la, yo ba yo Ramòt nan peyi Galarad ak tout savann pou bèt yo, Manayim ak tout savann pou bèt yo
Esbon ak tout savann pou bèt yo, Jazè ak tout savann pou bèt yo

7

Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, Yachoub ak Chimwon
Tola te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou rèy David te gen venndemil sisan (22.600) moun nan branch fanmi sa a
Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Joèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi
Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil (36.000)
Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil (87.000) gason antou, tout vanyan sòlda
Benjamen te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl
Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat (22.034) moun nan fanmi yo
Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elioenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda
Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan (20.200) gason antou sou zòd yo
Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka
Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (17.200) gason bon pou fè lagè
Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè
Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila
Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad
Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase
Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm
Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase
Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla
Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam
Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Tak
ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo
Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l' yo ki vin ba l' kouraj
Apre sa, li al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason, li rele l' Berya paske malè te tonbe sou kay la
Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou
Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan
Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elicham
ki te papa Noun. Noun te papa Jozye
Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo
Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv
Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera
Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit
Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa
Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat
Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram
Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal
Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra
Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera
Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara
Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya
Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (26.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè

8

Benjamen te gen senk pitit gason. Pi gran an te rele Bela, dezyèm lan Achbèl, twazyèm lan Akra
katriyèm lan Nora, senkyèm lan Rafa
Men non pitit Bela yo: Ada, Gera, Abiyoud
Abichwa, Naaman, Akora
Gera, Chefoufan ak Ouram
Men non pitit Eyoud yo: Naaman, Ajija ak Gera. Yo te chèf branch fanmi ki t'ap viv nan zòn Geba a. Apre sa, yo mete yo deyò, y' al rete Manarat. Se Gera, papa Ouza ak Akiyoud, ki te mennen yo al rete Manarat la
Charayim divòse ak de madanm li yo: Ouchim ak Bara. Apre sa, li al rete nan peyi Moab, li marye ak Odèch ki ba li sèt pitit gason: Jobab, Zibya, Mecha, Malkam
Jeou, Sakya, Mima. Tout pitit gason l' yo te chèf fanmi
Li te gen de lòt pitit gason Ouchim te fè pou li: Abitoub ak Elpal
Elpal te gen twa pitit gason: Ebè, Micham ak Chèmèd. Se Chèmèd sa a ki te bati lavil Ono ak lavil Lòd ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont li yo
Berya ak Chema te chèf fanmi moun ki te rete lavil Ajalon. Se yo ki te mete ansyen moun ki te rete lavil Gat yo deyò
Men pitit Berya yo: Akio, Chachak, Jeremòt
Zebadya, Arad, Edè
Michayèl, Ichpa ak Joa
Men non pitit Elpal yo: Zebadya, Mechoulam, Izki, Ebè
Ichmerayi, Izlija ak Jobab
Men pitit Chimèyi yo: Jakim, Zikri, Zabdi
Elyenayi, Ziltayi, Eliyèl
Adaja, Beraja ak Chimrat
Men pitit Chachak yo: Ichpan, Ebè, Eliyèl
Abdon, Zikri, Anan
Ananya, Elam, Antotija
Ifdeja ak Penwèl
Men pitit Jeworam yo: Chamcherayi, Chearya, Atalya
Jarechya, Elija ak Zikri
Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm
Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka
Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Nè, Nadab
Gedò, Akio, Zek
ak Miklòt ki te papa Chimea. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo
Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal
Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika
Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz
Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza
Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl
Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokwou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan
Echèk, frè Azèl la, te gen twa pitit gason: Oulam, Jeouch ak Elifelèt
Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant (150) pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an

9

Se konsa yo te make non tout moun pep Izrayèl yo dapre fanmi yo nan liv wa Izrayèl yo. Yo te depòte moun peyi Jida yo lavil Babilòn paske yo pa t' fè volonte Bondye
Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan
Se lavil Jerizalèm moun nan branch fanmi Jida, moun nan branch fanmi Benjamen, moun nan branch fanmi Efrayim ak moun nan branch fanmi Manase, yo tout al rete
Nan moun Jida yo te gen Outayi, pitit gason Amiyoud. Amiyoub sa a te pitit Omri, Omri te pitit Imri, Imri te pitit gason Bani, Bani te soti nan fanmi Perèz, pitit Jida
Nan fanmi Chela a te gen Asaja ki te chèf fanmi an
Nan fanmi Zerak la te gen Jeoujèl ki te chèf fanmi an. Sa te fè antou sisankatrevendis (690) moun nan fanmi Jida a ki te rete lavil Jerizalèm
Nan moun fanmi Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam, ki te pitit gason Odavya, ki li menm te pitit gason Asenwa
Te gen Jibneja, pitit gason Jeworam, Ela, pitit gason Ouzi, pitit pitit Mikri, ak Mechoulam, pitit Chepatya, ki te pitit Reouyèl, pitit pitit Jibniya
Sa te fè antou nèfsansenkannsis (956) moun nan fanmi Benjamen an ki te rete lavil Jerizalèm. Yo tout te chèf fanmi yo
Men prèt ki t'ap viv nan lavil la. Te gen Jedaja, Jeojarib, Jaken
Azarya, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Achitoub. Se li menm Achitoub sa a ki te chèf nan tanp Bondye a
Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime
Prèt sa yo ak fanmi yo te fè antou milsètsanswasant (1.760) moun ki te chèf fanmi, vanyan gason ki te bon pou sèvis kay Bondye a
Men moun Levi ki te rete nan lavil la. Te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, nan branch fanmi Merari a
Te gen Bakbaka, Erès, Galal ak Matanya. Matanya sa a te pitit Mika. Mika te pitit Zikri, Zikri li menm te pitit Asaf
Te gen Obadya, pitit Chemaya. Chemaya sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun. Pou fini, te gen Berekya, pitit Asa, ki te pitit Elkana ki te rete nan ti bouk moun Netofa yo
Men gad ki t'ap fè pòs nan pòtay Tanp lan. Se te Chaloum, Akoub, Talmon, Akiman ak lòt fanmi yo. Se Chaloum ki te chèf yo
Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo
Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l' anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Seyè a
Yon lè se Fineas, pitit Eleaza a, ki te chèf yo. Seyè a te toujou kanpe avè l'
Zakari, pitit Mechelemya, te gad nan pòtay Tant Randevou a tou
Antou te gen desandouz (212) gason yo te chwazi pou fè pòs nan pòtay tanp lan, dapre liv rejis fanmi yo nan ti bouk kote yo moun. Se wa David ak pwofèt Samyèl ki te bay zansèt yo reskonsablite sa a pou tout tan
Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a
Te gen kat pòtay ki te bay sou kat bòn direksyon yo: lès, lwès, nò ak sid. Pou chak pòtay te gen yon chèf gad
Fanmi yo ki te rete nan ti bouk yo te vin ede yo nan travay la pandan sèt jou, yonn apre lòt
Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan
Yo te rete pase nwit yo toupre Tanp lan, paske se yo ki te reskonsab veye l'. Lèfini, chak maten se yo ki pou te louvri pòtay yo
Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout veso yo sèvi pou fè seremoni yo. Se pou yo te kontwole yo ni anvan ni apre chak seremoni yo
Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout rès bagay ki te nan Tanp lan ansanm ak farin frans, diven, lwil oliv, lansan ak odè yo
Men, se prèt yo ki te reskonsab pare odè yo
Se yon moun Levi yo te rele Matitya, premye pitit Chaloum nan fanmi Kore a, ki te toujou reskonsab fè gato pou ofrann yo
Lòt moun Levi nan fanmi Keyat la te reskonsab pare pen pou yo te mete chak jou repo nan Tanp lan
Genyen nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t' gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t'ap fè travay yo
Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm
Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka
Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Baal, Nè, Nadak
Gedò, Akio, Zèkè ak Miklòt
Se Miklòt sa a ki te papa Chimeam. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo
Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal
Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika
Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz
Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza
Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl
Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokewou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan, Se non pitit gason Azèl yo sa

10

Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò
Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadab ak Malchichwa frèt
Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble
Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou yo pase m' nan betiz. Men, gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li
Lè gad kò a wè Sayil te mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe pa li a, li mouri ansanm ak Sayil
Se konsa, ni Sayil ni twa pitit gason l' yo te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri
Moun pèp Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri. Lè sa a, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo
Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a
Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la
Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l' nan tanp Dagon an
Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil
tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje
Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l'
pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a

11

Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou
Depi lontan, menm sou rèy wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' ale. Lèfini ankò, Seyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo
Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Seyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl
David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou
Moun Jebis yo te di David: Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Men David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la
David pou tèt pa l' te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l' chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l' lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf
Apre sa, David al rete nan fò a. Se poutèt sa yo rele l' lavil David la
Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Joab menm rebati rès lavil la
Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l'
Men non chèf vanyan sòlda David yo. Se yo ki te soutni gouvènman David la ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou l' te ka wa, jan Seyè a te pwomèt moun Izrayèl yo sa
Pou konmanse, te gen Jakobeyam ki soti nan branch fanmi Akmoni an. Se li menm ki te chèf twa pi vanyan yo. Pou kont li, li batay ak twasan (300) moun ak frenn li ase. Li touye yo tout yon sèl kou
Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit gason Dodo, pitit yon moun lavil Akwo. Se te yonn nan twa pi vanyan yo
Li te avèk David lè David t'ap goumen ak moun Filisti yo nan batay bò Pasdamen an. Li te nan yon jaden lòj lè sòlda pèp Izrayèl yo konmanse kouri devan moun Filisti yo
Se konsa, li menm ak sòlda li yo, yo tout rete kanpe nan mitan jaden lòj la, yo kenbe tèt ak moun Filisti yo, yo bat yo byen bat, yo kraze yo. Se konsa Seyè a te fè yo genyen batay la sou lènmi yo
Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup Trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn moun Refayim yo
Lè sa a, David te nan fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm
Yon sèl anvi pran David, li di konsa: -Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan
Lamenm twa mesye yo desann, yo fofile kò yo nan mitan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a
Li di konsa: -Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y' al chache l'. Se konsa, li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan gason sa yo te fè
Abichayi, frè Joab, te chèf trant vanyan yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant vanyan yo
Se li menm ki te resevwa plis lwanj nan Trant vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè
Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo al touye yon lyon
Li touye tou yon moun peyi Lejip, yon gwo potorik gason sèt pye sis pous wotè, ki te gen yon gwo frenn nan men li. Frenn lan te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo mach pilon. Benaja menm al atake li ak yon baton ase. Li wete lans lan nan men moun peyi Lejip la, epi li touye l' avè l'
Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant Vanyan yo
Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant Vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' nan gad kò li
Men non lòt vanyan sòlda yo: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm
Chamòt, moun lavil Awòd, Elèz, moun lavil Palon
Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, Abyezè, moun lavil Anatòt
Sibekayi, moun lavil Oucha, Ilayi, moun lavil Awoya
Marayi, moun lavil Netofa, Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Netofa
Itayi, pitit gason Ribayi, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo, Benaja, moun lavil Piraton
Ourayi, moun ravin Gach yo, Abiyèl, moun lavil Araba
Azmavèt, moun lavil Baawoum, Elyaba, moun lavil Chalbon
Pitit gason Achèm yo, moun lavil Gizon, Jonatan, pitit gason Chage, moun lavil Ara
Akiyam, pitit gason Saka, moun lavil Ara, Elifal, pitit gason Our
Efè, moun lavil Mekera, Akija, moun lavil Palon
Ezwo, moun lavil Kamèl, Narayi, pitit gason Esbayi
Joèl, frè Natan an, Mibka, pitit gason Agri
Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt. Se li menm ki te pote zam Joab, pitit gason Sewouya a
Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a
Ouri, moun lavil Et la, Zabad, pitit Aklayi
Adina, pitit Siza, yon chèf nan branch fanmi Woubenn lan, ak yon gwoup trant moun avè l'
Anan, pitit gason Maka, Jozafa, moun lavil Mitni
Ouzya, moun lavil Astawòt, Sama ak Jeyèl, pitit gason Otam, moun lavil Awoyè
Jedyayèl ak Joa, frè li, tou de pitit gason Chimri, moun lavil Tiz
Eliyèl, moun lavil Manayim, Jeribayi ak Josavya, pitit gason Elnam, Jitma, moun lavil Moab
Eliyèl, Obèd ak Jasiyèl, moun lavil Soba

12

Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a
Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrès pou voye wòch ak pou tire flèch ni ak men gòch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil
Alatèt yo te gen Akyezè ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatòt
Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera
Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf
Elkana, Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a
Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò
Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn
Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab
katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi
sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl
wityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad
dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi
Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (100) sòlda, pi gran an te vo mil (1000) sòlda
Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche
Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote l' te kache a
David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou
Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a
Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li
Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase
Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a
Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'
Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Seyè a te bay lòd la
Nan branch fanmi Jida a, similwisan (6.800) gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè
Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (7.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè
Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (4.600)
plis twamilsètsan (3.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo
Te gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lòt chèf nan fanmi li
Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (3.000) gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil
Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan (20.800) vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo
Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil (18.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la
Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo
Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (50.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo
Nan branch fanmi Neftali a, mil (1000) chèf ansanm ak trannsètmil (37.000) gason ak plak pwotèj ak frenn
Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (28.600) sòlda
Nan branch fanmi Asè a, karantmil (40.000) sòlda ki konn mache fè lagè
Lèfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil (120.000) gason ak tout kalite zam
Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa
Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo
Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a

13

David reyini tout chèf lamè a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (1000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo
Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou
pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rèy Sayil la
Tout pèp la te dakò pou yo te fè sa, paske yo wè se te yon bon lide
Se konsa, David reyini tout pèp Izrayèl la nan tout peyi a, depi kannal Sikò sou fwontyè ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim
Se konsa li pati avèk tout pèp Izrayèl la, pou lavil Kiriyat-Jarim yo te rele Baala tou, nan peyi Jida, pou y' al chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo
Lè yo rive kay Abinadab, yo pran Bwat la, yo mete l' sou yon kabwa tou nèf. Ouza ak Akijo t'ap mennen kabwa a
David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt
Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a
Men, Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt, paske li pa t' dwe manyen Bwat Kontra a. Bondye touye l', Ouza mouri la menm devan Bondye
David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a
Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a
Se konsa, li pran desizyon pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan lavil David. Li fè yo pote l' kay Obèd-Edon, yon moun lavil Gat
Bwat la pase twa mwa lakay Obèd-Edon, Seyè a te beni fanmi Obèd-Edon ak tout bagay ki te pou yo

14

Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li
Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la
Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi
Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon
Jibka, Elichwa, Elpelèt
Noga, Nefèg, Jafya
Elichama, Baalyada ak Elifelèt
Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo
Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan
David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou
David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim
Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife
Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay
David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo
Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo
David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè
Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li

15

David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li
Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan
Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a
Apre sa, li voye chache tout moun nan ras fanmi Arawon yo ansanm ak moun Levi yo
Nan branch fanmi Keyat la, te gen Ouryèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sanven (120)
Nan branch fanmi Merari a, te gen Asaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desanven (220)
Nan branch fanmi Gèchon an, te gen Joèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou santrant (130)
Nan branch fanmi Elizafan an, te gen Semaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desan (200)
Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Eliyèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou katreven
Nan branch fanmi Ouzyèl la te gen Aminadad, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sandouz (112)
David rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, ansanm ak sis moun Levi: Ouryèl, Asaja, Joèl, Chemaja, Eliyèl ak Aminadad
Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a
Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la
Se konsa, prèt yo ak moun Levi yo al mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, pou yo te ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la
Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l' mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre pawòl Seyè a
David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan
Moun Levi yo chwazi Eyman, pitit gason Joèl la, ansanm ak Asaf, pitit gason Berekya, yon fanmi Eyman, ak Etan, pitit gason Kouchaja nan branch fanmi Merari a, fanmi ak de lòt premye yo
Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl
Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik
Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Maseja ak Benaja t'ap jwe premye gita yo
Matitya, Elifeleou, Mikneja, Obèd-Edon, Jeyèl ak Azazya t'ap jwe gita bas. Se yo ki pou te bay kadans chante yo
Se Kenanya, chèf moun Levi ki te reskonsab pote Bwat la, ki t'ap dirije yo, paske li te fò nan fè travay konsa
Se Berekya ak Elkana ki t'ap pote Bwat Kontra a
Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou
Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan
Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a
David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li
Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la
Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a lavil Jerizalèm, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Bwat la. Li vin pa gen yon san pou li ankò

16

Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi
Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè a
Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen
David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l', pou di l' mèsi, pou fè lwanj li
Li mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fè gwo bri yo
Se Benaja ak Jaziyèl, prèt yo, ki te pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan
Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsablite pou yo fè lwanj Seyè a
Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè
Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo
Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt
Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li
Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li
Seyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè
Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan
Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la
Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan
Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon pa ou nan byen m' yo
Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil. Yo te sèlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a
Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt
Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo
Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen
Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou
Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo
Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo
Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la
Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l' ye lakay li a
Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen
Fè lwanj Seyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a
Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'
Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa
Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt
Lè Seyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè
Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou
Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou
Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a
Lèfini, David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avè l' yo devan Bwat Kontra Seyè a pou yo toujou reskonsab tout sèvis ki pou fèt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fè sèvis yo la chak jou san rete
Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo
Men David kite Zadòk, prèt la, ak moun Levi menm fanmi avè l' yo ki te prèt tou devan Tant Seyè a, nan kote yo te mete apa pou Seyè a lavil Gabawon
Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la
Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou
Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo
Apre sa, tout pèp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l' beni fanmi pa l' tou

17

Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye
Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l' paske Seyè a kanpe la avèk ou
Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l' konsa
-Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete
Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase, se anba yon tant twal mwen toujou ye
Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen
Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an
Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè
Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an
lè mwen te mete jij chèf yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit
Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm
Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan
M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan
M'ap mete l' chèf lakay mwen ak nan gouvènman mwen an pou tout tan. M'ap fè gouvènman fanmi li an kanpe fèm pou tout tan
Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an
Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou
Men, ou wè sa pa kont toujou, Bondye sèl Mèt la! Kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m' tankou yon grannèg, Seyè sèl Mèt la
Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa pou bèl bagay ou fè pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la
Se paske ou te fè pwomès la, paske ou te vle l' konsa, Seyè, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo
Seyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa
Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa! Toupatou sou latè y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò pou fè plas pou pèp ou a, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la
Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo
Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a
Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou
Se ou menm, Bondye mwen, ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou
Koulye a, Seyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo
Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen

18

Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, nan men moun Filisti yo
Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè
Apre sa, li bat Adadezè, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la
David pran mil (1.000) cha lagè, sèt mil (7.000) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (20.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san (100) cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo
Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (22.000) sòlda
Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase
David sezi tout gwo plak pwotèj an lò chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm
Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Tiba ak lavil Koun ki te pou Adadezè. Se ak kwiv sa yo Salomon te fè gwo basen lan, poto won yo ak lòt veso an kwiv pou Tanp lan
Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a
li voye pitit li, Adouram al wè David pou di l' bonjou, epi pou fe l' konpliman deske li te bat Adadezè, paske Towou te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Adouram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David
Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk
Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la
Li mete kèk ganizon sòlda nan teritwa Edon an. Tout moun Edon yo soumèt devan David. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase
David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout afè l' dwat
Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan chèf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo
Zadòk, pitit gason Akitoub, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Chaoucha te sekretè
Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chèf apre wa a

19

Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li
David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'
Men, chèf moun Amon yo di Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Wete sa nan tèt ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen sa k'ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou
Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen
Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò
Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo
Se konsa yo lwe sèvis tranndemil (32.000) cha lagè ki vin kanpe devan lavil Medeba ansanm ak wa lavil Maka a ak tout lame li a. Moun peyi Amon yo kite lavil yo, yo reyini ansanm pou pare pou batay la
David vin konnen sa. Li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo
Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil la. Wa ki te vin ede yo bò pa yo pran pozisyon nan plenn lan
Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan, ni sou dèyè. Sa l' fè, li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo
Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo
Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou
Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm
Joab ak sòlda ki te avè l' yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li
Lè moun peyi Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, frè Joab la, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab tounen tounen l' lavil Jerizalèm
Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo, yo voye yon mesaj bay moun Aram ki te lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou yo. Yo reyini lavil Elam. Se Chofak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo
Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li mache sou yo, li pran pozisyon devan yo. David ranje sòlda li yo pou li goumen ak moun Aram yo. Epi batay la konmanse
Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (7.000) cha lagè ak karantmil (40.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an
Lè moun ki te avek Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak David. Yo soumèt devan li. Se konsa, moun Aram yo pa t' vle vin pote moun Amon yo sekou ankò

20

Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'
Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la
Li pran moun ki te rete nan lavil la, li mete yo fè travay ak goyin, wou ak rach. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil peyi Amon an. Apre sa, David tounen lavil Jerizalèm ak tout moun li yo
Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo
Pandan yon lòt batay ak moun Filisti yo ankò, Elkanan, pitit gason Jayi, touye Lami, frè Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Lami an te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon
Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo
Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'
Kat sòlda peyi Filisti sa yo te soti nan ras moun Arafa yo, nan lavil Gat. David ak sòlda li yo touye yo

21

Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la
Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a
Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal
Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm
Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (1.100.000) gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil (470.000) nan peyi Jida a
Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm
Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la
Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou
Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa
-Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou
Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Kisa ou vle
Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan
David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè
Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la
Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la
David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè
David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini
Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a
David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyè a te ba li lòd la
Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache
Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè
David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann
Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo
Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a
Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a
Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la
Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò
Lè David wè Seyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la
Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a
Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a

22

Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la
David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a
Li fè pare fè an kantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare
Pou bwa sèd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fè David jwenn sa an kantite
David t'ap di nan kè l': Salomon, pitit gason m' lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l' bati pou Seyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m' pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa
Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l' lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la
Li di l' konsa: -Pitit mwen, mwen te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an
Men Seyè a fè m' konnen mwen touye twòp moun, mwen fè anpil lagè. Se poutèt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fè twòp san koule
Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè
Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvènen pèp Izrayèl la
Koulye a, pitit mwen, se pou Seyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa
Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la
Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè
Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan (3.300) tòn lò, tranntwamil (33.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou
Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay
Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou
Apre sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan
Li di yo konsa: -Seyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Seyè a ak devan pèp li a
Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'

23

David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lè li mete Salomon, pitit li a, wa sou pèp Izrayèl la
Li reyini tout chèf pèp Izrayèl yo, tout prèt yo ak tout moun Levi yo
Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (38.000) gason
David mete vennkatmil (24.000) pou dirije travay tanp lan, simil (6000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis
katmil (4000) pou fè pòs nan pòtay la ak katmil (4000) pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa
David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari
Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi
Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl
Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo
Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya
Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi
Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl
Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan
Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou
Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè
Premye pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl
Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit
Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit
Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam
Men pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan
Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich
Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo
Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt
Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo
David te di: -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te fè pèp li a viv ak kè poze. Li menm, Seyè a, l'ap toujou rete lavil Jerizalèm
Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò
Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo
Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan
Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan
Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li
Se pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sèvi Seyè a
Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan

24

Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama
Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon
Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo
Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo
Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun
Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama
Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm
Arim twazyèm, Seorim katriyèm
Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm
Akòz setyèm, Abija wityèm
Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm
Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm
Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm
Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm
Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm
Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm
Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm
Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm
Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay
Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl
Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran
Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt
Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan
Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche
Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija
Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari
Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri
Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason
ak Kich ki te papa Jerakmeyèl
Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo
Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri

25

Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak
Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'
Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi
Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt
Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo
Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a
Sa te fè antou desankatrevenwit (288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a
Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31
-(We vèsè 31)30 -(We vèsè 31)31 Desankatrevenwit (288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, wityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disetyèm lan Josbekacha, dizwityèm lan Anani, diznevyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyenyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Maziòt, vennkatryèm lan Womanti-Ezè
[
[

26

Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sèvi tankou gad nan pòtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf
Mechelemya te gen sèt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayèl dezyèm lan, Zebadya twazyèm lan, Jatniyèl katriyèm lan
Elam senkyèm lan, Joanan sizyèm lan ak Elioenayi setyèm lan
Te gen Obèd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyèm lan, Joa twazyèm lan, Saka katriyèm lan, Netaneyèl senkyèm lan
Amiyèl sizyèm lan, Isaka setyèm lan ak Peoultayi wityèm lan
Chemaja, premye pitit Obèd-Edon an, te gen sis pitit gason: Se yo ki te chèf nan branch fanmi yo paske yo te vanyan sòlda ak anpil ladrès
Men non pitit Chemaja yo: Otni, Refayèl, Obèd, Elzabad, Eliyou ak Semakya. De dènye yo te vanyan sòlda
Se tout fanmi Obèd-Edon an sa ansanm ak pitit yo ak frè yo. Yo tout te vanyan sòlda ak anpil ladrès pou fè travay yo. Te gen swasannde moun antou nan fanmi Obèd-Edon an
Nan fanmi Mechelemya a, te gen antou dizwit gason, tout vanyan sòlda
Nan branch fanmi Merari a te gen Oza ki te gen kat pitit gason: Se te Chimri ki te chèf fanmi an. Se pa li ki te premye pitit gason, men se papa l' ki te mete l' chèf fanmi an
Ilkija dezyèm lan, Tebalya twazyèm lan, Zakari katriyèm lan. Sa te fè antou trèz frè ak pitit gason nan fanmi Oza a
Travay gwoup moun sa yo se fè pòs nan pòtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sèvis Tanp lan, tankou yo te fè l' pou lòt moun Levi yo
Chak fanmi, gwo kou piti, piye pou yo konnen nan ki pòtay y'ap fè travay yo
Chelemya soti pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Pòtay nò a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsèy
Pòtay sid la soti pou Obèd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo
Pòtay solèy kouche a ak pòtay Chalechèt ki bay sou chemen ki moute a te sou kont Choupim ak Oza. Chak faksyonnè, yonn apre lòt, te gen lè sèvis pa yo
Chak jou, te gen sis gad pou pòtay bò solèy leve a, kat gad pou pòtay nò a, kat gad pou pòtay sid la ak de gad pou chak depo yo
Pou pòsyon kay ki bay sou solèy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pòsyon kay la menm
Men travay yo te bay moun fanmi Kore yo ak moun fanmi Merari yo
Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo
Layedan, yonn nan pitit Gèchon yo, te zansèt anpil fanmi. Yonn ladan yo te fanmi Jekiyèl yo
Pitit Jekiyèl yo ak pitit frè l' yo, Zetam ak Joèl, te reskonsab trezò Tanp Seyè a
Yo te bay pitit Amram yo, pitit Isa yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo travay pa yo tou
Chebwèl, yonn nan fanmi Gèchòm, pitit gason Moyiz la, te premye reskonsab trezò Tanp lan
Sou bò Elyezè, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezè a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit
Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a
Nan bagay yo te pran nan lagè, yo te mete kèk ladan yo apa pou fè Tanp lan pi bèl
Te gen bagay Samyèl, pwofèt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnè, pitit Nè a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sèvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo
Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fèt an deyò Tanp lan pou pèp Izrayèl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal
Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsètsan (1700) vanyan gason ki te reskonsab enspekte zòn peyi Izrayèl ki te sou bò solèy kouche larivyè Jouden an, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Seyè a ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen
David te gen karantan depi li te wa, lè yo mennen yon ankèt nan branch fanmi Ebwon an. Lè sa a, yo jwenn te gen anpil vanyan sòlda nan fanmi sa a ki t'ap viv lavil Jazè nan zòn Galarad. Chèf fanmi Ebwon an te rele Jerija
Nan fanmi an, te gen antou demilsètsan (2700) vanyan gason ki te chèf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy leve, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen

27

Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (24.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan
Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf
Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a
Pou gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen
Pou gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la
Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l', ki te pran kòmandman gwoup la
Pou gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an
Pou gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf
Pou gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf
Pou gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf
Pou gwoup wityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a
Pou gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf
Pou gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf
Pou gwoup onzyèm mwa a, se Benaja, moun lavil Piraton nan zòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, ki te chèf
Pou gwoup douzyèm mwa a, se Eldayi, moun fanmi Otnyèl nan lavil Netofa, ki te chèf
Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la: Pou branch fanmi Woubenn lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka
Pou branch fanmi Levi a, se te Asabya, pitit gason Kemwèl. Pou branch fanmi Arawon an, se te Zadòk
Pou branch fanmi Jida a, se te Eliyou, yonn nan frè David yo. Pou branch fanmi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl
Pou branch fanmi Zabilon an, se te Ismaja, pitit gason Obadya. Pou branch fanmi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl
Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Azazya. Pou mwatye branch fanmi Manase a, se te Joèl, pitit gason Pedaja
Pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, ki te rete nan peyi Galarad, se te Ido, pitit gason Zakari. Pou branch fanmi Benjamen an, se te Jasiyèl, pitit gason Abnè
Pou branch fanmi Dann lan, se te Azareyèl, pitit gason Jeworam lan. Se yo ki te chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo
David pa t' fè konte moun ki pa t' ankò gen ventan sou tèt yo, paske Seyè a te pwomèt li t'ap fè pèp Izrayèl la peple pou yo te rive menm kantite ak zetwal nan syèl la
Joab, pitit gason Sewouya a, te konmanse ap konte moun nan pèp la, men li pa t' fin fè l' paske sa te lakòz Bondye te fache sou pèp la. Se konsa yo pa mete nan liv Istwa wa David la kantite moun yo te jwenn
Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fwontyè yo
Se Ezri, pitit gason Keloub la, ki te reskonsab tout moun ki t'ap okipe jaden wa a
Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo
Se Baal anan, moun lavil Gedè, ki te reskonsab tout pye oliv ak pye sikomò ki te nan basrak yo. Se Joach ki te reskonsab depo lwil yo
Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo
Se Obil, moun fanmi Izmayèl yo, ki te reskonsab chamo yo. Se Jekdeja, moun lavil Mewonòt, ki te reskonsab fenmèl bourik yo
Se Jazis, moun peyi Aga, ki te reskonsab mouton ak kabrit yo. Se tout moun sa yo ki te jeran tout byen wa David yo
Jonatan, tonton David, te yon konseye. Se te yon moun lespri ki te fò anpil. Jekiyèl, pitit Akmoni, te reskonsab levasyon tout pitit gason wa a
Akitofèl te konseye wa a tou. Ouzayi, moun peyi Ak, te bon zanmi wa a
Lè Akitofèl mouri, se Abyata ak Jeojada, pitit Benaja, ki vin konseye wa a. Joab te kòmandan lame wa a

28

David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm
David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la
Men, Bondye te fè m' konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule
Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la
Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li
Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li
M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a
Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba
Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan
Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay
Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo
Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a
David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan
Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo
pou chak lanp, pou chak gwo lanp sèt branch an ajan osinon an lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo
pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Seyè a
Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak modèl lòt veso an ajan osinon an lò dapre pèz yo chak
Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a
David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè
Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini
Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt

29

Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a
Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite
Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil
sanmil (100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan
pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye
Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè
Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan
Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an
Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil
Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan
Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay
Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs
Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa
Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou
Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri
Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye
Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo
Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a
Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo
Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a
Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (1.000) ti towo bèf, mil (1.000) belye mouton, mil (1.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la
Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou
Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'
Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo
Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t' janm genyen anvan sa
David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la
Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm
Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li
Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri
Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l', tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou

License
CC-0
Link to license

Citation Suggestion for this Edition
TextGrid Repository (2025). Christos Christodoulopoulos. 1 Chronicles (Creole). Multilingual Parallel Bible Corpus. https://hdl.handle.net/21.11113/0000-0016-9036-8